Home page • Table of Contents • Send your writings and e-mail to: Editors@tanbou.com



Pwezi ann ayisyen

Powèm pa Patrick Louis

Pouvwa

Nan politik kwabosal
Mal maske chaloska
Candida ap fe grimas
Pou pran pouvwa

Pouvwa fè nèg siyen kontra
Nan fè nwa
Pouvwa fè nèg danse banda
Ak tyatya

Pouvwa fè nèg bwè pwa nwa
Nan paswa
Manje konfiti la lwa
Bwè kafe ak tou ma

Belijeran te nan maron
Swadizan pou dis zan
poutan se te majòjon
Nan taktik disparisyon

Toutwèl al nan gagè san zeponn
Li vle jwe foutbòl san kranpon
oblije voltije sou presyon
San fanmi, san direksyon

Tòti ap kouri maratonn
Vle fè bouyon eleksyon
Siye kontra sou nasyon
Fè kwè eleksyon se sèl solisyon

Manje fè chyen dou
Pouvwa fe nèg sou
Avèk bèl diskou
Tankou moun ki manje boukousou
Ak doukounou.

—Patrick Louis (ayzan2003)

Powèm ak esè pa Edner Saint-Amour

Pwezi kòm dyalòg

Pwezi se yon dyalòg avèk mèvèy ki nan lanati. Mèvèy sa yo se tankou yon balansin ki ap fè ale vini ak nanm nou, kote divès eleman kou dlo, solèy, lalin, zetwal, flè, pyebwa, lanmè, latè, lanèj, bèl plenn, siklòn, loray, zeklè, volkan, tranblemandetè, bote fanm… elatriye; ka sedui moun, atire moun, fè espantan elatriye. Ak pwezi nou kab kite kè nou pale jan li vle. Se yon veritab mòd kominikasyon ant de mond, nanm osinon kè moun ak lanati limenm.

Pwezi se yon selebrason tout mèvèy ki genyen nan lanati. Nou chante yo, amonize yo jouk nou transfòme yo sou yon ton atizay bèbèl. Pwezi se tout manifestasyon senk sans nou ak lespri nou. Yon atitid kapital tout powèt dwe genyen, se konsantre enèji yo sou bèlte, yo vle kreye a osinon yo prale kreye a. Nan yon pil fason pwezi se yon moso konpansasyon. Li bay powèt la yon sans ki domontre li li akonpli yon bèl aksyon. Kidonk bote nan atizay literè se yon ideyal tout powèt ta dwe rechèche.

Rechèch yon ekriven nan sa ki rele atizay bèbèl la, pi patikilyèman nan pwezi, se yon aksyon ki gen divès aspè. Li varye daprè tanperaman powèt yo, gou yo, lekòl panse yo ye a, jenerasyon yo ap viv la, elatriye. Nan yon travay powetik, kèk powèt andwa chèche bote apati de rim ki nan liy pwezi a, yon lòt menm andwa ap travay sou amoni ki genyen nan son yo nan divès ki genyen nan tèks la.

Antouka sa depann de sa ki atire powèt la. Anfen, nou kapab di kreyasyon powetik se yon mizanfòm tout aspè atizay-bèbèl ki atire powèt la.

Konsepsyon pwezi

Pwezi, lè nap konsidere li nan yon sans laj, se yon fòm ekriti ki chita sou twa sipò ki se: imaj, presizyon ak konfizyon.

Pwezi kòm imaj: Pwezi se yon langaj imaje nou itilize pou reprezante yon reyalite. Apeprè menm jan nan yon fenomèn optik, kote nou pale de yon objè ak imaj li, epitou dekri yon moun ak foto li.

Pwezi kòm presizyon: Si nou vle pou moun konprann imaj nou sèvi pou nou reprezante reyalite a, li dwe klè oubyen ankò li dwe gen anpil presizyon ladann. Mesaj nou voye apati de ekriti a pa dwe vag, paske si tout enfòmasyon ki pase nan yon pwezi fèt vaykevay, li ap enposib pou nou etabli yon kominikasyon ak moun ki ap li tèks la. Nan sans sa a pwezi a gen definisyon li ki chita sou: sijè, lide, tit, tèm, estròf. Se sitou itilizasyon règ gramè yo ak mannyè yo aplike règ sa yo, ki rann yon moso pwezi presi.

Pwezi kòm konfizyon: Tèks pwezi a pa dwe vaykevay, men se pa yon rezon nonplis pou li trò presi. Lè nou ap ekri yon pyès pwezi, li dwe gen kèk pati ki pou rete kache, oubyen ankò konfi. Sepandan, depi lektè a byen konprann pwezi a ti moso abatraksyon sa a pa pe anpeche li sezi mesaj la. Nou pa dwe janm bliye sa, se kote kache osinon konfi a, ki kapab fè tout richès yon pyès pwezi.

Pou tout rezon nou te nonmen pi wo a, degre konfizyon an oubyen aspè kache a pral depann de powèt la. Nou dwe kouri di tou yon pyès pwezi pa dwe genyen tròp konfizyon ladan, paske li ap vin enposib pou yon moun pran konpreyansyon tèks la.

Si nou rive suiv demach teorik nou sot li nan tèks sa a, nou ap rive ekri sipèb pwezi kreyòl ki ap rann powèt ki ekri nan lòt lang yo jalou, paske pwezi se pa yon travay pale anpil nan langay nou abitye sèvi chak jou a. Pwezi se kreyasyon. Pwezi se atizay-bèbèl. Se responsablite ekriven an pou li sèvi ak branch atistik sa a kòm sa dwa pou li emèveye lektè li yo.

Rwa kanibal

Volonte rwa se sèl boul ki pou fè dekabès
volonte pèp se yon wont ki chita nan basès
Foul se koulèv mabouya fanmiy reptil
ki pa gen diyite pou koumande yon vil

Depi se bagay ki soti nan mas
se yon sekrè ki pa gen modepas
Se tankou yon lang san règ gramè
yon senp lekti pouse rwa nan lagè
2
Pou yon pay ki fè laviray nan vil
rwa gen tan wè prizon ak lekzil
Tout sa ki bouje san zòd òdonans
gen tan merite pinisyon penitans
3
Rwa sa a se te sèl granmèt severite
ki pa konnen anyen nan sa yo rele pitye
Volonte rwa te tèlman gen pwisans
menm lajistis pa padone inosans
5
Rwa te renmen bwè san nan vè
tankou bèf kap bw è dlo larivyè
Pou yon senp ti erè ou defo
se te mare koupe tèt nan poto
6
Depi se moun ki rebèl menm an soudin
tonbe nan prizon pou tann giyotin
Si manman ou papa mande gras
pou tout fanmiy la se gwo disgras

Depi se sa ki rele feblès
fè wont pout tout lafanmiy altès
Moun dwe toujou rete fò
nan soufrans tankou lanmò
7
Tout bagay sa yo mennen nan yon tralye mo
ki se doulè, soufrans, zo, pousyè, tonbo
Epi wou wè, menm rwa ki te sevè
ogmante apeti pou tout vètè
8
Avèk rwa se yon reny dominasyon
ki ranpli chaje ak diskriminasyon
Avèk vètè diskriminasyon gen repo
paske li tabli yon rejim egalego
9
Nan tonbo yo kote mò kadav yo ye
kote moun sispan bouje ni panse
Vètè manje tout anba kout dan
milyonè tankou pòv endijan
10
Nan fòmasyon gouvènman anpi vètè
pa gen klas ni kas pou tabli fontyè
Li renmen lachè zo tankou san
ni kriminel, ni konplis, ni inosan
11
Anplis, pa gen ni relijyon ni sèk
pa genyen pyès diskriminasyon sèks
Pastè, ate, rwa, bòn ou prensès
li bwè san tout avèk menm soulès
12
Nan tonbo kote mò pran repo
kote moun fini ak doulè mo
Grandèt kon sòyèt, gwo kon piti
vètè manje tout avèk menm apeti

(octobre 2006)

Bay legen
Sajès malere

Dapre lang kreyòl gwo chabwak se Grandèt
pitit malere se Sòyèt dwe tout tan bese tèt
Se gwo chabwak ki genyen kontwòl
yo menm sèlman ki pou gen lapawòl
2
Gwo Chawak ki sou puvwa toupisan
bagay yo ale nan sans volonte yo sèlman
Tout fòm reyalizasyon se pòtrè dezi pa yo
daprè senaryo kap danse nan fon tèt yo
3
Wi yo genyen kontwòl sou tout bagay
sosyete, enfòmasyon, lajan, zam, batay
Pete deblozay pou reklame sa ki lejitim
se pitit malere Sòyèt kap tonbe viktim
4
Nan fab Lafontèn nou li byen klè
rezon sa ki pi fò toujou meyè
Menm nan lang kreyòl nou jwenn li tou
ravèt pa janm genyen rezon devan poul

Malere Pitit Sòyèt! Malere pitit Sòyèt
sispann viretounen sispann kraze tèt
Nou pa konn fè mirak dlo soti nan ròchpyè
dlo ki andedan nannan kokoye soti anba tè
5
Sa pa vle di nou dwe rete kanpe tankou zonbi
rete san fè anyen jouktan jounen an fini.
Sa vle di fè ti sa ou genyen pou fè san lahenn
kont pwòp tèt ou ni kont rwa ni kont renn

(novanm 2006)

Pwende

Nan chèche yon Granmèt Bondye
pou fè moun, moun san peche
moun tabli nan mitan yo baryè
ki kondui yo menm nan simetyè
2
Tout kote ki genyen dominasyon
genyen divizyon, gen diskriminasyon
moun pran youn pou sakreman
li pran lòt la pou aksidan.

Konsa moun kreye yon imajinè
avèk yon pwende ki sèvi repè
konsa Bondye ak Dyab ekziste
kwayans moun fè tradisyon pèsiste

Kreyasyon imajinè yon moun sèl
reyalite pou yon milyon moun mòtèl
konsa youn se pitit Bondye, Lapwovidans
lòt la menm se pitit Satan, rwa malfezans
4
Jezi Kri nan lanmou pou Bondye sèl rwa
te sakrifye tèt li nan penitans sou lakwa
nan chèche yon bòn vi
ki mennen nan paradi
5
Jida rete yon nanm damne sou latè
yon veritab trèt osinon yon mèsenè
paske li pa te vle suiv Jezi Kri
jouk nan dènye paj lavi li
7
Se konsa yon lit, yon kerèl
ki ta vle pèmanan, etènèl
nan mitan moun sou latè
ki kondui menm nan lagè
8
Se konsa nan chèche plis sekirite
moun konstui yon papa monstriyozite
ki kapab detui tout planèt la ansanm
avèk tout sa ki ekziste ladan n
9
Eske se pa menm rèv ideyal chimerik
ki pote Einstein envante bonm atomik
yon kapasite destriksyon san presandan
kap menase lavi moun tanzantan

Bliyesonje

Mwen pa gen memwa pou sonje
Lè de pye mwen te anpetre mare
Nan chenn tray kòve esklavay
Nan fè tout kalite vye travay
2
Mwen pa fout sonje kout baton
Nan men eksplwatè blan kolon
Mare nou kon krab nan sak pay
Pou vin fè travay tchoul esklavay
3
Mwen pa sonje lè kolon te mete an ronn
Pou bimen dèyè n ak kout frèt bayaronn
Ni mete de jenou atè devan blan kolon
Pou mande gras rele pitye mande padon
4
Mwen pa fout sonje pyès zile lagore
Kote yo te konn vann nou nan mache
Pou travèse lanmè vini sou tè lamerik
Fè vye kòve travay di kon mal bourik
5
Mwen genyen memwa pou mwen sonje
Lè m te rale fizi tankou sòlda andyable
Pou mwen te goumen kou michan toro
Avèk ti sòlda lame jeneral Rochanmbo
6
Mwen sonje jan m te konn fè lesefrape
Ak kolon, jan m te konbat goumen lite
Jouktan m te pran lendepandans libète
Libète chèmètchèmètrès pou tout etènite
7
Jan mwen te konn fè kolon vole gagè
Kouri tout boulin sove pran lanmè
Anba gwo michan kout fizi kanno
Ki sonnen reponn jouk nan syèl anro
8
Mwen fout sonje Kapwa Lamò
Lè li tap mache nan dan lanmò
Lè li te di: annavan boulèt se pousyè
Lè chwal ak chapo li te chavire atè
9
Mwen sonje Jan Jak Desalin
Lè li te kanpe djanm byen min
Li te di: si gen nèg ki pè mouri
Andedan fò a li mèt soti kouri
10
Paske jodi a nou fout jire
Paske jodi a nou sèmante
Se swa nou mouri antere
Osinon nou genyen libète
11
Mwen fout sonje Anri Kristòf
Kanpe rèd kou pye mango dòf
Lè li te di: map ba w vil la, se vre,
Men se lè li tounen sann dife
12
E menm sou sann dife byen cho
Nap goumen kou de michan toro
Mwen sonje lè m te move kou lyon
Nan tan lè m tap goumen kont kolon
13
Mwen sonje Peral Chalmay
Lè li te pran plenn lakanpay
Pou mennen gwo goumen
Kont lokipasyon blan meriken
14
Mwen pa sonje lè m tap mande padon
De jenou atè devan piyajè blan kolon
Mwen bliye jodi a tout imilyasyon
Nap bwè nan vè boutèy okipasyon
15
Mwen sonje moun kap lite yon fason
Pou peyi Ayiti sa genyen liberasyon
Mwen sonje jodi a tout moun kap lite
Tout moun kap lite san yo pa janm bouke
16
Pou nou rive genyen yon lane de mil kat
Ki sanble tèt koupe avèk milwisankat
Mwen sonje tout sa ki leve m byen m ro
Mete m chita kote yon bann gran ero
Ki te goumen pou fè solèy libète klere
Sou tout grandè lorizon chimen limanite.

(Premier janvye 2001)

—Edner Saint-Amour

Powèm pa Charlot Lucien

Mari-Jàn Lamatinyè nan Krèt-a-Pyero (vèsyon abreje)

Desalin te di yo: blan an vin atake nou maten an
Jodi a se gason vanyan sèlman m vle wè kanpe kote m!
Sak vle tounen esklav blan franse mèt soti kounye a!
Sak vle mouri gason vanyan,
Sak vle mouri nèg lib, kanpe avè m.
Tout te reponn ak yon sèl vwa:
Libète ou lanmo! Libète ou lanmo!
Li te rale yon bwa dife bò poud kanon yo li te di:
M ap fout fè nou tout sote si Franse a rantre nan fò a!
Se te yon 24 mas milwisande,
12 000 solda lame Napoleon Bonapat
Vlope anba fò Krèt-a-Pyero
Desalin, Lamatinyè ak mil de san solda endijèn!

La mitray tap fè raj, e blan franse ki te fin fou ap atake
Gade yo wè dèyè mi fò a, yon fanm,
Epe l nan ren l, fizil nan men,
L ap kouri nan mitan sòlda nwa yo,
L ap bay bal, l ap bay poud, l ap bay kouray:
Sòlda, ki sèman nou fè papa Tousen?
Libète ou lanmò! Libète ou lanmò!

Twa fwa, nwa yo soti nan fò a
Pote lestomak yo bay la mitray Rochambo
Konm si yo te vin pase jeneral lanmò nan rizib
Twa fwa lenmi franse plonje dèyè yo
Men se te pou yo te tonbe anba yon vole mitray!

Atak yo kontinye lajounen kou lannuit,
Kadav fè pil sou pil anndan kou deyò Krèt-a-Pyero
Anndan fò a, yo manje zèb, yo manje vyann chwal
Yo bwè dènye gout dlo yo, yon souse bal lè pa gen dlo.

Fanm nan parèt devan Desalin, li di, Jeneral, eskize m
Nou konnen n ap mouri pou la libète
Men ki moun ki di fòk nou mouri tankou yon bann rat
Tankou lè zansèt nou yo te fèmen nan bato negriye?
Jeneral la te gade Mari-Jàn,
Li te sekwe tèt li pou jan fanm nan te gen fanm sou li:
Li di l: Fanm, kote mari w?
Lamatinyè te parèt, inifòm li tranpe ak san,
Misye tap tranble, kè l tap sote,
Paske devan Desalin, gason te tranble.
Lamatinyè – Wi Jeneral – M ap soti nan fò a
Mwen pral chèche sekou nan men Papa Tousen.
M ap voye yon siyal pou ou si mwen pa jwenn
Lè sa a, pran tout sòlda vanyan ou yo
Pran kouraj ou, pran fanm ou, fonse sou yo
Degaje ou soti nan Krèt-a-Pyero.

Sekou yo pat janm rive, men yon ti granmoun
Te pote siyal la, bag Desalin nan.
Mari-Jàn te gentan nan baryè a
Louvè l pou bay eskelèt sòlda yo soti deyò,
Kote Rochambo, la Libète e lan mo tap tann yo.
Lamatinyè soti nan fò a
Ak lonbraj kèk 800 vanyan gason dèyè li
Li fonse sou blan franse yo!

Gen yon fanm yo te tande kap bay lòd nan fè nwa a
Yo di vwa l sèlman te bay sak te fèb kouray,
Vwa l sèlman te leve sòlda ki te konnen yo te mouri…
Se te vwa Mari-Jàn ki te soti ak mari li, Lamatinyè.

Nan fè nwa a, yo wè zeklè revolvè kap tire
San kap vole tou rouj anba lalin,
Epe kap frape,
Yo tande bri kadav kap tonbe nan fè nwa a…
San yo pa janm konnen ak ki lame laviktwa vle kanpe!

Lè vwal lannuit la leve nan maten
Twou je kanon yo ak je tout sòlda franse yo
Leve gade sou mi fò Krèt-a-Pyero a
Yap chèche lonbraj nwa yo te vin pou masakre.
Yo pa wè yo; Lè je yo bese a tè a
Lè yo gade konbyen jeneral yo ki blese,
Debèl, Bonè, menm Leklè
Lè yo gade kadav franse ki gaye nan plenn nan
San tout koulè, blan, rouj, blan ak nwa tranpe plenn nan,
Lè sa a yo reyalize vre
Ke Krèt-a-Pyero te vid tout bon vre
E li pat gen anyen pou li te bayo ankò:
Yo ta gendwa ranmase 200 ou 300 kadav,
Men ni nan Krèt-a-Pyero
Ni nan zile Sen Domeng
Pa tap janm gen okenn esklav ankò.

—Charlot Lucien jiyè 2005

Referans istorik sou chif ak dat nou site yo:
Mémoires de Saint Domingue, Thomas Madiou; Les Jacobins noirs, pa CRL James, sou teknik geriya Nwa yo; Written in Blood pa Robert, Nancy e Michael Heinl; This Guilded African, pa Wenda Parkinson; The Stone That the Builder Refused, pa Madison Smartt Bell (roman); e bibliografi pa Max Manigat

Powèm pa Emmanuel Védrine

Se do l mwen wè

Se do l mwen wè
Sa, se kado mwen
Sou pretèks li pa gen tan menm sèjousi,
Pa menm yon alo pou di bonjou cheri
Tandiske l toujou gen w bèl souri nan vizaj li
Lè l li mesaj mwen yo

Kèk mo pou pete yon ekla ri oubyen pou pouse katchil
Kreyòl sa a, pa gen dout ke l, reve touche m
Tout kote l ta renmen:
Nan lye sekrè yo
Kote n ka tande senfoni zwazo yo
Nan mitan forè kote dlo yo ap plenyen
Nan plaj, pandan n ap jwe sou sab la
Dèyè gwo pyebwa nan mitan jaden yo
Imajinasyon yon souwè
Melanj yon rèv mouye
Paròl dous
Paròl rèv
Paròl an pil

Mantalite lakay

Mantalite achte konsyans ak kèk grenn dola
Mantalite anpwazonnen lòt pou nèryen
Mantalite bay lòt kout poud pou ti krik ti krak
Mantalite blan ap vin chanje Ayiti
Mantalite blan yo pral pot sinistre pou ede Ayiti
Mantalite Bondye bon bagay yo va chanje
Mantalite chache moun pou parene ti nèg pou esplwate yo
Mantalite chen manje chen
Mantalite dechoukay la poko fini
Mantalite egoyis
Mantalite fè bèl diskou zewo fot an franse epi anyen
Mantalite fè jako repèt lekòl san aprann panse ni kritike
Mantalite fè lòt tounen zonbi pou travay kòm esklav
Mantalite JMM (jan l monte l monte)
Mantalite JPP (jan l pase l pase)
Mantalite kalewès epi epi ret tann chanjman
Mantalite ki bò ou rete nan Pòtoprens
Mantalite ki siyati w
Mantalite kibò ou te lekòl
Mantalite kilès ki fanmi w
Mantalite koudeta tout tan pou pran pouvwa
Mantalite kraze Ayisyen pou fè wout pou blan
Mantalite kraze pou reye
Mantalite lespri koridò
Mantalite m ap ba w kout lang pou m monte
Mantalite m ap rale w desann si w ap eseye monte
Mantalite m pa t nan men m lekòl ak ou
Mantalite m pase nan gran inivèsite lòtbò dlo
Mantalite mwen pa kanmarad ou
Mantalite mwen pa moun lamas
Mantalite mwen pa nan ran ou
Mantalite mwen se moun lelit
Mantalite ou pa gen diplòm donk ou nil
Mantalite ou pa konn pale franse
Mantalite ou pa moun lavil
Mantalite ou pa t fè gwo klas
Mantalite ou se moun andeyò
Mantalite pa m pi bon
Mantalite pale anpil epi, epi anyen
Mantalite pale franse vle di lespri
Mantalite plenyen pwoblèm tout tan men san fè efò
Mantalite pran fwomaj pou lanin
Mantalite pran kaka poul pou ze
Mantalite rayisab
Mantalite restavèk
Mantalite sa k sot aletranje pi bon
Mantalite sa w panse w te ye
Mantalite san diyite
Mantalite se konsa m leve m jwenn bagay yo
Mantalite se lè m sou a mwen te rankontre w
Mantalite soulye peyi chire chosèt
Mantalite tann blan vin fè
Mantalite tann kwi devan blan
Mantalite tchoul blan
Mantalite tout moun sou blòf
Mantalite tout voum se do
Mantalite vann frè ayisyen ak blan pou jèm pistach
Mantalite y ap voye ban mwen

—Emmanuel W. Védrine
Koleksyon: «Kri pou liberasyon» e
«Koze Lanmou II»

Powèm pa André Fouad

Ti kras pa ti kras

Rèv mwen neye
Nan jipon lakansyèl
Yon fanm lamatinik
Lavi pèdi branch
Tribòbabò,
Ti kras pa ti kras
M ap pèdi pye gwo dimanch

Kassa… Kassa

Kò w anvayi m
Nan mitan lannwit mwa desanm
Se plim je w ki tonbe
Fè m siyon
Se yon aksantegi m ap mete
Sou pwent zetwal marasa w

Tout pòt fèmen

Pòt fèmen
Tout rèv mele anba kout sizo lavi
Ti farinay lapli
Koumanse jwèt marèl li
Nan lari blèm blèm mwen
Pòt fèmen tout jou
Pawòl mwen son katedral doulè
Sou chak pòsyon chans mwen

M ap balanse

Lanmè a aswè a wete vwal li
Bay moso rèv mwen pase
Sou yon ti bout bwa
Yon ti bout bwa
Yon ti pikèt bwa

Yon ti bato Jekwazantwa
Yon ti bato Jekwazandye
Yon ti bato Lapennta
Yon ti bato Lanina
Yon ti bato Lasanntamariya
Yon ti bato bwat alimèt

Chante chante m
Se yon vibrasyon van peyi m
Sòti anwo
Sòti anba

Chante chante m
Se yon bèl
Se yon bèl istwa koulè ble
K ap jèmen anndan

Etensèl mo m yo

Se nan silans mo yo
Mwen grenpe al jwenn pawòl lannwit
Kite pou mwen

Flè bò chimen
Pran rakonte m sa yo ye
Tout mo yo sanble
Nan lakou rekreyasyon ekzistans mwen
Mizik mwen monte
Ak tout sa ki te rete
Chalè mo m yo monte
Nan plafon syèl la
Li kite bon jan flanm

Lòtrejou

Mwen pran lodè lapli
Nan divès koulè rèv mwen lòtrejou
Se te yon samdi
Samdi dlo benit
Si m pa twonpe m

Dlo-dlo
Kou-ri
Kou-ri
Kou-ri
Nan tout bon jaden m

Dlo dlo
Mezanmi
Se ti wout pou rèv mwen farinen
Fa-ri-nen

Lari m

Lari pa m layite zèl li
Angran angran
Se lanmò ki pran m daso
Daso!
Lari pa m
Se testaman lari zile yo
Mwen ranmase yo grenn pa grenn
Sou kaye dikte m

Lari son banbou rara k ap soufle
Lari pa m son lari
Ti lari k ap swiv mwen pye pou pye
Nan lonbray bri kanno fraz yo

—André Fouad (tire de rekèy Etensèl mo m yo, 2006)

Dizè, pawolye, jounalis kiltirèl, yon sanba: powèt André Fouad te fèt Pòtoprens, Ayiti. Li deja pibiye twa rekèy powèm, ladan yo Bri Lannwit tout moun te wete chapo pou salye. Li te pran pri dezyèm loreya nan konkou literè jounal Haiti-Tribune (Ayiti Tribin) nan peyi Lafrans nan kòmansman ane 2006. Nan aktivite jounalis kiltirèl li, li te konn anime yon emisyon kiltirèl sou televizyon Nasyonal Dayiti (TNH) epi kolabore ak jounal Nouvelis pi ansyen kotidyen nan peyi Dayiti.

Powèm pa Rodelaire Octavius

Viv tout nasyon ini!

Kite m pale tanpri
Kite m pale de sa m te soufri
Kite m pale de sa m te sibi
Kite m pale de diktati
Mwen ki grandi ann Ayiti
Mwen konnen byen sa sa vle di
Kite m pale tanpri

Kite m pale de Istwa
Yon nèg vanyan yo rele Mandela
Ki ann Afrikdisid te pase pou yon òlalwa
Paske li te vle egalite nan mitan blan ak nwa

Kite m pale pou sa ki pa ka pale yo
Kite m pale pou sa ki pa gen dwa pale yo
Kite m pale pou tout Frè m ak Sè m ki san papye yo
Ke yo fè tounen Zafra yo
Kite m pale pou tout militan dwa moun yo
Ke yo asasinen san lemonn pa menm gen tan konnen yo

Kite m mande jistis tanpri
Kite m mande jistis pou tout fanm nan lemonn
K ap sibi tout fòm imilyasyon
Tout kalite represyon
Kite m mande jistis tanpri
Kite m mande jistis pou tout timoun ki san fanmi
Kite m mande jistis pou tout timoun ki nan lari,
Ki nan grangou k ap mouri

Kite m pale de Gandhi
Ki san vyolans te defye diktati
Ki te vle yon Zend ini
Men yo te touye l menm jan ak King ak Kennedy
Ki mouri nan mitan gwo Etazini
Paske yo te vle hing-hang ant blan ak nwa fini

Kite m imajine tanpri
Kite m imajine lemonn san lagè ant Sèbi ak Bosni
San chirepit ant Izrayèl ak Palestin
Kite m imajine tanpri
Kite m imajine koupe fache ant Meriken ak Kiben fini
Kite m imajine lemonn san diskriminasyon ant gwo peyi ak ti peyi

Kite m imajine tanpri
Yon lemonn kote tout nasyon ini

—Rodelaire Octavius

Powèm pa Janvier Lesly Junior

Souf Koupe

Kadav lote sou do peyi a
Tankou mò ki pral jije douvan lannwit

Gade lanmò
Ki chita sou konsyans pèp la
K ap rele
Dodo zonbi
Dodo madodololo

Gade gade
Zonbi ki liyen louvri je l
Sou vye rèv nou

Konfyozo
Wòklò
Lakoz nou ponn
Vye lide
Nan listwa peyi a

Lang nou kondane rèv
Jouk anba letan
Kote simbi ap bat bravo
Lanvè landwat

Mizè
Grangou
Move vi
Vye pawòl
Vye lespwa pou demen
Vye fraz mal kanpe
Vye krache andikape
Tout fè n pentire avni peyi a
Sou tablo janmdebaliskad.

Nou bouke dòmi nan vye rèv
Nou bouke pran sant fènwa
Nou bouke bwè dlo anba ravi n pandye
Nou bouke tande vye vwa
K ap doumbala nan zòrèy zansèt yo
Nou bouke wè kadav k ap pran sant tè
Nou bouke wè moun sou moun
Nou bouke vale lang nou douvan midi
Nou bouke wè timoun k,ap pran so
Nan lari lamizè
Nou bouke fout!
M, fout bouke viv nan rèv somèy!

—Janvier Lesly Junior
(Pòtopwens, 2 Nov. 2006)

Powèm pa Tontongi

Jak Nwa ak Jak Lawouze
(dedikase pou Pòl Larak ak Jak Roumen)

Jak Nwa ak Jak Lawouze
Se bonè wouj ak bonè blan
Se lit pou pèp vanyan manje
Ak goumen pou fè lavi chanje
Se mande pou Frankoriken kraze rak
Oubyen pou pèp gen gouvènman li vle.

Jak Nwa ak Jak Lawouze
Se de bò menm meday
Se rele anmwe pou debwaze silans
Oubyen batay pou dwa pou malfrene pale.

«Se yon move lè pou l ale»
Konpè Le deklare lè nouvèl te voye
Zetwal Nwa ta vle fè movèz wout
Se yon move lè pou l ale
Paske l pat bay bonmas makiyaj
Li pa sere koze pou sove lajan kache
Devan pèdisyon move zak malapri
Li pat janm pran losti sou lotèl Ozanfè
Li pat di jekwazandye si pa gen manje
Li pat pale kou Voltè pou mare baboukèt.

Se yon move lè pou l ale
Paske se lè pou lòt kesyon poze
Pousa k rete se sa nou tout vle
Se lè pou chan ble libere peyizan andyable
Ouvriye kap bourike pou lamizè dechouke.

Jak Nwa ak Jak Lawouze
Se lespwa ak lajwa
Bonè nanm libere
Ki vle sove lavi.

Se fè nwa ki tounen bèlte jou leve
Pye bwa ki plante sou mòn po tèt kalbas
Konsyans ki pa janm fatige mande sa k mye.

Jak Nwa ak Jak Lawouze
Se sèman pou demen vin pi jis
Angrè ak je klere pou fè mayi pouse
Fanm ak tifi ki louvri orizon
Pou chanje parèyman destine tout vivan
Dwa travayè pou l jere faktori
Pou bourik vin gen menm dwa ak chwal
Pou tout koulè ka tounen akansyèl
Pou souri vin koule sou tout bouch
Pou bèlte rekreye e imajinasyon enganme.

Jak Nwa ak Jak Lawouze
Se temerè ki ka lanse pyè pou fè jou louvri
Voye espedisyon pou dekwape malè
Pou di gen lòt bagay k ekziste
Jak Nwa ak Jak Lawouze
Se kenbe djanm flanm lanmou
Pou lavi gen bon gou.

—Tontongi mas 2007

Katherine Dunham

Katherine Dunham, (22 June 1909–21 May 2006) photo by Brian Lanker from the book “I Dream a World”.

Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com