Aller au sommaire de ce numéro de Tanbou/Tambour, Printemps 2007

Page d’accueil  |   Sommaire de ce numéro  |   Contribution de Texte et de Courrier: Editeurs@tanbou.com



Siyifikasyon 17-Oktòb pou noumenm Ayisyen

—pa Nounous

17

oktòb: yon dat, de sinifikasyon pou chak Ayisyen, sitou sila yo move lavi ap pilonnen kèlkeswa kote yo ye sou latèbeni. Se dat yo te touye Anperè a, se dat tou yo chwazi pou selebre sa yo rele «Jounen entènasyonal pou lite kont lamizè». Kidonk de dat kè kase: youn, kote nou ta dwe goumen pou efase yon povrete moral, epi, lòt la, kote y ap seye konbat yon povrete fizik…

Men, si gen povrete fizik moun sètoblije batay kont li, èske gen yon bagay ki ka fèt pou anpeche mizèrere sa a trese riban l nan poto jefò nou? Fè rasanbleman, chak ane, pou konbat lamizè, si se ta sa sèlman ki fèt, sa pa ta fin sa nèt. Paske batay sa a, se yon batay manch long ki mande anpil envestisman, ki mande yon travay chak moun sou pwòp tèt li, anvan menm li panse potekole ak lòt pou ede yo chanje lavi, transfòme pratik yo, pou finalman nou ta rive chanje baton an bout, nan ide demen vin miyò pou yon bann ak yon pakèt moun.

Lè yon moun kwè, di kou wòch, li dwe bati bilding richès li sou anplasman yon kolonn malere li fin plati, ki sa l ap fè, si se pa mizè l ap kreye? Men, si moun sa a pran konsyans, si l rive fè solidarite ak lajistis tounen yon chenn l ap ofri chak de bra pandye yon kretyenvivan lonje ba li, gen espwa omwen yon moso pwasenkant lan ka koumanse tyoule kò l sou do malerèz ak malere. Lè sa a, zòt k ap gade li ka di: «Men youn k ap goumen toutbon vre pou elimine tèt chaje nan lavi a…»

Lite kont fòm povrete sa a, mande pou chak moun, kit li te kretyen, kit li te payen, pran mwayen nesesè pou soulaje soufrans yon lòt moun, san jijman, san l pa fè moun l ap sipòte a pèdi eskanp figi l. Si sila k ap ede a di li se kretyen menm, reskonsablite li pi rèd ankò nan sekou l ap pote a.

Lè nou gade byen, ki sa moun ki posede a jwenn an plis, lè li pase tan li ap fè medizans sou yon lòt ki pa genyen? Apa yon lespri deranje ki kwè li dwe jwenn kichòy, tout kretyenvivan ki gen bon jan lespri ka reponn: anyen! Paske sa ta dwe klè pou noutout: se pa sa ou genyen (sèlman) ki fè valè w, men se sa ou ye, se jan ou aji ak lòt moun nan antouray ou ki fè yo ka di si w se yon chòche, yon sèpida, osnon yon moun ki merite respè lòt.

Goumen kont povrete fizik sa a, nou wè li, se pa rete tann papa Leta, pè, pap, Bondye nan syèl, oubyen nenpòt ki lòt ankò, vin fè tout bagay nan plas nou: se travay pèsonèl nouchak, ann amoni ak tout sa ki vle kore nou, nan sa n ap fè, nan balize n ap balize teren difisil lavi a, pou fè jaden renmen lenzalòt la rive blayi danre l sou de ran pou tout sa ki gen souf yo byen vivan nan kò ak nan nam yo.

Pou konbat povrete fizik la, fòk ou pa wont di oubyen rekonèt sa ou ye, e ou pa rete nan ba tèt ou manti, plede ap pran pòz sa w pa ye. Si w konn sa w ye vrèman, petèt ou ka plis anmezi rive ri selon fòm bouch ou, non pa ri kare… lè bouch ou won kou yon boul. Petèt tou, lè sa a, ou ka rive evite anpil traka ki va penmèt ou rive jwenn pi plis limyè ki va retire w nan tenèb sikonstans lavi a lage w la.

Fòk ou pre, lè gen mouvman k ap fèt pou kònen lanbi mekontantman dèyè gwo pwopriyetè richès yo, pou ou manifeste solidarite w ak tout lòt yo ki kanpe, k ap revandike epitou ki vle chanjman.

Fòk ou sispann di: «Koze bèf pa koze kabrit», sinon sa p ap ka mache.

Ositou, ou riske wè bèf zòt k ap manje bon zèb vèt douvan je kabrit ou ki rete, limenm, bèkèkè ak ti kras ki rete a, lè zòt fin byen mennen opwen l ap riminen, nan fè koken, kote l pase.

Pou povrete moral la menm, depi ou anmezi poze keksyon sa a:«Kilès ki te touye Anperè a?», ou deja sou wout pou w wè se rayisman, yon manzè ki toujou koupe fache ak lanmou, ki refize ou ki pa ka konprann ki jan bon vivasyon se yon koze ki pèmèt anpil moun mache ansanm, san bri, san kont. Sou menm woulib la, nou ka di konbyen li nesesè gen bagay ki fèt pou elimine povrete sa a nan kè nou, panse, pawòl ak zak nou sitou. Sou pwen sa a, nou pa bezwen pale twò long. An n kite silans refleksyon an kase ti bwa nan zòrèy konsyans nou, pou ajisman nou sa marande kòl ak yon kalite renmen ki se va pi bon gid nou nan granchimen lavi.

Èske se viv n ap viv, lè se malè zòt ki fè bonè nou, lè se magouy ki se sèl fòs nou (menm lè nou gen, nan men nou, yon chaplè demokrasi, tankou yon sipètisyon, n ap woule toutan, yon fetich nou pandye nan chak rakwen vwa nou, alòs nou pa menm kwè sa pwòp tèt nou ap repete a)?

Èske yo rele sa viv, lè pouvwa se yon baton ki pèmèt nou, non pa eskive kou, men, bimen moun ki oze, pou pi piti, poze n de twa keksyon oubyen di nou se twòp atò?

Jan nou wè l la a, si n byen reflechi, nou ta dwe gen lakrentif pou konnen nou dwe konnen kouman mèt chen an, bò kote pa l, ap toujou ranje l pou pase n yon chitatann pou bat nou te bat chen li san gade dèyè. Èske n pa deja wè, nan kout kat sa a, se sèk vyolans lan k ap kontinye louvri pi laj toujou?

Èske se viv n ap viv, lè nou deside pa patisipe nan sa ki konsène n, pou nenpòt ki pretèks, lè nou toujou la pou konstate se fòt yon lòt, se pa janm fòt nou, lè yon bagay rive? Zwazo nou fè pitit nan nenpòt ki nich (paske ti zwazo, ti zwazo… se byen pòv vye zwezo, se sa n ap repete, tankou sila tan lontan yo, jouskaske gòj nou bouke), men, lè nou pa ka kenbe konpa yo, nou di se fòt sistèm nan ki lese yo vole devandèyè, se fòt mal yo ki twò antchoutchout, se fòt femèl yo ki derefize manje grenn bwa gate sa nan tan flerezon, alatriye.

Èske si nou, noumenm ki konsène, koumanse idantifye pwoblèm yo aklè, san kraponnay, pa ta gen ti moso repons ki koumanse vini jwenn nou? Èske nou pa ta petèt pi alèz nan travay ki dwe fèt pou bare wout povrete a k ap chache pase douvan papòt nou? An noutout di wi a tout entèwogasyon sa yo, an nou pran desizyon pou eseye wè ki jan n ap fè bouche kèk tou nan kò bato nou, pou move dlo pa neye richès nouchak pote nan kòtòf nou.

Kon sa, nou ka mache libelibè nan manifestasyon 17 oktòb la, pandan n ap sonje gwo reskonsablite nou gen sou zepòl nou, si vrèman vre nou vle chanje sitiyasyon noutout, si reyèlman vre nou vle etenn tout fòm pòvrete k ap woule kò yo de bò nan zekla je nou, pandan n ap selebre sakrifis san Anprè a te fè pou nou, menm si nou pa toujou pre pou sekoure vwa li k ap mande Chaloten nou, tanpri, kreye yon ti pasay pi nèf pou chwal monti li sou bitasyon an, tè eritay noutout la.

—Nounous oktòb 1999

Aller au sommaire de ce numéro de Tanbou/Tambour, Printemps 2007

Page d’accueil  |   Sommaire de ce numéro  |   Contribution de Texte et de Courrier: Editeurs@tanbou.com