Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com



Pale pale pèp

—pa Dimafis Lafontan

Entwodiksyon

Nan 202èm ane Bisantnè Ayiti, nou pran angajman douvan listwa pou elimine pwovete ann Ayiti, kolon te batize Ispanyola, oun tach pou konplete ki mande volonte jelatin.

Konsidere, pa egzanp, difikilte nou rankontre diran plizyè vizit ann Ayiti nou andwa mansyone rate elektrisite, mank e move wout, ensifizans telekominikasyon, elatriye. San ezajere li ap pran Ayisyen 1,000 an pou bati enfrastrikti apwopriye Bank Mondyal ak Fon Monetè Entènasyonal panse nesesè pou Ayiti atenn nivo devlopman e kwasans peyi devlope. Fraz anwo an se konklizyon nou tire diran 25 an patisipasyon nan aksyon chanje leta, chanje lavi ann Ayiti. Kididonk, nou gade Ayiti ak zye inosan, nou apreyande reyèl e sosyal peyi nou an ak oun sèvo timoun.

Laba lavi

Tout moun konnen son apriyori pawòl Lekòl Ayisyen rele Oralti. Pou nou presize Lekòl defini kòm sa ki fasonnen panse-espri pami moun. Tradisyon oral sa a se pale oun pratik; ki vle di, «pratik enplike pale.» Dayè, se konklizyon sa a Glissant tire. Ansanm tèks oral «ak siy ekriti kache1» te eksprime nan rityèl tankou dans e kont. Pi enpòtan puiske lanati te favorize Ayisyen plase li sou oun tè abondan, travay pat ni di, ni fatigan. Se sa istoryen tankou Beard rapòte. Epitou li di Ayisyen te pase plis tan ap fè syès, poze, elatriye. Lavi dous, fasil ak mwayen pwodiksyon atizay plastik, tankou potri, e kasav, se fas kache lavi tankou laba kay, lalin, solèy w pa wè ak je. Daprè Price-Mars, Diop elatriye, lavi di, manje nan syè fwon w nan lòd mekanik sa a te pran chè pami moun anviwonman an te mwen favorize. Kontinyite fonksyon verite de diferan monn: youn, monn ki vini pa bonè e lavi make pa don, avantay; e, de, monn ki vini pa malè e lavi make pa fot. Diferans lan pa rete la, pa egzanp, nan monn bonè se relasyon resipwòk tandiske monn fot se posesyon.

Èske nou dwe raple konklizyon Engels sou istwa? «Posesyon te rann endividi gaga.» Yo te tèlman egare bite Ayiti yo pèdi tout bon sans, e menm rive gen pretansyon posede moun!

Nijeryen e Beninwa ki te viv Travèse Mitan (Middle Passage) pat vwayaje senp. Yo te pote aspè kilti yo ki te siyifikatif, ki pat ka efase, e yo te chwazi, vle aji (testifye nan aksyon), pa bliye: ason, mit, kont, wayòm, e sèk. Pami mizik, mit, e sèk Esu Elegbara pou Yowuba e Legba pou Fon, te pi pwopaje, pa egzanp, Papa Legba pou Ayisyen, Laba pou Afriken-Ameriken, Exu pou Brezilyen, e Eshu-Elegua pou Kiben. Papa Legba louvri baryè linivè, oun milye revelasyon e don, moun Dafrik nan Nouvo Monn te kontinye sonje, pwopaje nan mizik e dans, enpwovize nan rit, sitou kont, e testifye bay pwòp jenerasyon ki tap vini apre, kòm chapant fèmen e kode pasasyon kilti. (Gates, 1988, paj 3)

Li parèt klè pakèt Nwit Twopikal nou pase ap tande kont nou te angaje nan «relasyon siyifikatif.» Kesyon istwa poze? Repons rakontè pote! Toude ansanm fòme sèk ale-retou kont esprime nan: «Se sa mwen t ale wè mwen retounen vini rakonte.» Koulyea, nou vini wè wayòm efè anglobe latè, lalin, zetwal, konsepsyon sibjektif (jan nou sijetize) patisipasyon nou nan linivè. Se diran sesyon Kont Nwit Twopikal Hurbon di: «W andwa pa pratike vodou w se vodouyizan.»

Nan seremoni lwa nou asiste nou remake pran lwa osnon mistè reprezante etadam w pa dekri ki andwa parèt tankou modèl kap fòme pou pi egzat moun w vini. An nou koute Hurbon: «Monn lespri ann efè makònen diferan domèn lanati. Li relye yo ant yo nan kosmos la.» Trans mistik andwa parèt tankou patisipasyon egzistans nan lanati ki vini kosmos. Kò ounsi tranfòme an tanp e fè kò ak tanp linivè. Kòmanse la, pawòl vodouyizan libere. Pawòl li se menm ak linivè ki oun jan vini avan li e li ale ladann.» (Hurbon, 1987, paj 141). Dapre Bohm, «oun lòt altènatif posib,» de preferans sèten. «Men okenn moun pa gen oun modèl chanjman.» «Kòmkwa w aplike li bagay yo chanje.» Voila! C’est comme ça. Dalò, ki sa oun nonm, oun fanm dwe fè?

Pou reponn kesyon anwo a nou ankouraje w imajine fè e pèsonaj kont chante-istwa Ayiti ki ilistre nan Konba Vètyè a. Jan Laroche di: «Si Hegel te nan paraj la, li tap wè lespri monn2 lan kap kouri ak Kapwa-di-lanmò.»

18 Novanm 1803, w wè Lame Endijèn kanpe douvan Okap. Desalin pami grenadye yo gen bichèt lajwa. Grenadye yo ap tann moman pou yo «brave lanmò.» Desalin pwente yo Okap, dènye refij mons, Espedisyon ki benyen nan san moun. Brav Klèvo, Gaba, Do, Tousen, elatriye pral eksite admirasyon nou. Avan grenadye ale alaso, Desalin plase Klèvo kòmandan epitou li pase Kapwa lòd atake Bit Charye san kanp kous li. Revenan espedisyon Bonaparte pou reyenpoze posesyon moun byen fòtifye. Boulèt lanmò espedisyonè tiye chwal san kavalye pa rete kous triyonf destine moun. (Laroche 1981, paj 55)

Lespri 1803 se oun fè tankou nenpòt fè nan kilti popilè Ayisyen. Nou raple sa gen kèk ane Heisenberg ekri: «Lespri oun tan pwobableman konkrè tankou nenpòt fè syans natirèl e lespri a pote kèk karakteristik monn lan ki menm endepandan de tan, nan sans sa a yo etènèl.» Lespri sa a kondwi moun bò estil atizay, e moun kap evolye nan atizay sa a rive esplike trè monn lan lespri pote.»

Se senp pou pansè Ayisyen atribye viktwa Revolisyon 1791 a fòs mistik, pou pi egzat mistifye, fè e pèsonaj yo. San dout se daprè oun bezwen senbòl pou pwopaje istwa sa a. Men pa reprezantasyon rityèl vodou yo mistifye moun, e andènye rezilta yo divinize tèt yo. Sou pwen sa a Nicholls fè oun bèl travay. Sepandan, nou pa gen dout konparezon ant Desalin, ki mete fen ak divizyon koulè pami Ayisyen, e Duvalier, ki pwone prejije koulè nwaris, pa posib. Daprè nou se pa chimen an sa puiske sou plan mistè, mistik, kolonis rivalize e depase Ayisyen byen fasil. Dayè, nan «Orphée noir,» Sartre raple avan lòd mekanik Ewòp tou te devlope fantom, elatriye; kididonk, se pou moun nwa ajiste yo. Daprè Sartre, Fannon di: «E menli se pa mwen ki kreye oun sans, sans lan te la, pre-ekziste, ap tann mwen. Se pa ak mizè move nèg mwen, dan move nèg mwen, grangou move nèg mwen, mwen taye oun flanbo pou mwen mete dife nan monn lan, men flanbo a te la, ap tann chans istorik la.» (Fannon, 1952, p 109)

Nou wè pansè nwaris, Negritid yo te pote kwa lafen, men puiske fòk Negritid te kontinye; yo plase espwa renesans nèg nan inite pwoletè mondyal. Gen zòt ki te tonbe nan pourisman, rakonte lejann nwa. Aaaa! Yo bliye leson filozofi pa verite absoli se mouvman an ki absoli.

Verite a sèke Ayisyen monte etaj siperyè sou chan batay, w pa ka nye jou sa chanje, e kolonis peye pou krim kont moun. Vle pa vle, wè pa wè nou se mèt tè Ayiti. Tankou Laroche di: «Desalin se ekselan pèsonaj pale ki reflete mouvman konkrè.» Pale konkrè sa a se oun premye etap. Koulyea, Laroche ankouraje w ale nan sosyete a; e, puiske w konnen lwa fondamantal Ayiti Desalin te dekouvri, w dwe aplike li nan tout domèn sosyete a3. Wa va wè sosyete a vini limenm.

Oun lòt fwa nou site Bohm: «Otan chanjman ap fèt w va gade kote li pa fè sans, kote li enkoyeran epi li va chanje nan kreyativite.» «Pa kapab gen chanjman nan laperèz.» Laperèz se despotis, li pote despot.

Pale pale pèp

Pou Ayisyen deyò ki gade, reflechi, e wè anyen pa kenbe Ayiti li endepandan, e Ayisyen pa anba kòd, retounen Ayiti se pi gwo danje yo fè fas. W andwa wè retou sa a tankou eprèv inisye lavi fè fas lè yo pral nan Ginen. Daprè Laroche, wout nan Ginen pase anba dlo. Analoji kwayans popilè pa vle di ankouraje vodou pito se pou anbrase eleman mèveye e lekòl mèveye pou pale menm pale ak pèp la.

Jodia, kad Ayiti ki deyò men ki vle ale Ayiti sikwi depa a pran fòm oun sèk. Sobo tankou vwayaj limyè Sagan dekri. Lè w ale li wouj e lè w ap retounen li ble. Note ble e wouj se blazon Ayiti. Anplis, de koulè ble e wouj pa defòme reyalite lè w ap gade li. De koulè, Laroche di: «se pris Ayisyen.» Kididonk, jeni Ayisyen gade sa kap fèt answit jeni Ayisyen tire konklizyon.

Depi jou sou Desalin laperèz pran wayòm lan, e se despotis kretyen kap mennen. Pa gen jistis, se rèy mal ki tabli, moun ap soufri yo gen lapenn, e pa gen relasyon resipwòk. Jodia, Ayisyen dwe rejete tankou potestan yo (Manno Chalmay) lwa sikonstans ki pote ideoloji libète e pwosesis separe pouvwa. Tandiske pou bay Ayiti demokrasi, Petion kopye, dekalke konstitisyon 1791 Lafrans Montesquieu te esprime nan L’esprit des Lois. Li twonpe; mwayen pwodiksyon pat chanje, e tout pitit Afrik te san tè.

Jan tout Ayisyen konnen pale franse pa vle di lespri. Se pou majorite moun, moun kapab, adopte Estanda Inivèsèl Moun. Nou wè moun Dafrik transpòte Ispanyola, te vle aji pou detèmine lavi yo yomenm. Premye aksyon yo se te libere yo de anviwonman Sen Domeng, koloni esklavajis la. Se sèlman istoryen ki nonmen volonte moun sa yo yo mawonnen. Yo ale nan mòn tabli kominote ki pat gen anyen pou wè ak kolonis e esklavajis. Tande byen, nèg andwa esklavajis tankou kolonis puiske afranchi te kapab posede esklav, men se sèl dezyèm gwoup lan: kolonis ki konpoze ak blan sèlman. Anfèt, jodia tou de gwoup yo, afranchi e kolonis, vin neokolonis.

Jefò pou chape anviwonman an depi Kasik Anri jouk Desalin se objektif orijinal ki pral vini sijetize (enfliyans entèn) nan tout moun koulè nan Sen Domeng. Pouswit libète pase etap anviwonman a etap entènn. Koute Boukman: «Bondye ki fè solèy, ki klere nou anwo, ki soulve lanmè, ki fè loraj gronde. Zòt koute, Bondye sila a kache nan nyaj. E la li gade nou, li wè tou sa blan fè. Bondye yo a mande krim. Pa nou vle byenfè, men Bondye, ki si bon, òdone nou Vanjans. Li va kondui nou. Li va ba nou asistans. Jete imaj dye blan ki swaf dlo nan je nou. Koute kè an nou ki rele libète.» (James, C.L.R. 1989, paj 87)

Oto-detèmine yo sèten se pou yo detwi, boule tout izin, plantasyon; ale viv nan mòn epi tabli echanj komèsyal nan pò. Malgre ensètitid chèf lame apre lanmò Boukman, «koupe tèt, boule kay» reflete lit endepandans nasyonal. Desalin te konnen afranchi pat wè tèt yo ki pral viv san kolonis nan oun peyi otonòm. Se poutètsa apre Lagè Endepandans, li di: «Mwen fè sa m te gen pou m fè. Ki mele m ak sa kontanpowen m pral di sou mwen.» (Carruthers, 1985, paj 81) E se pou Ayisyen pat demake pou pi egzak mawonnen pale konkrè ki fè ewo Bwaron Tonè te deklare: «Pou ekri ak endepandans nou nap bezwen po blan pou papye, zo tèt li pou ankriye, san li pou lank, e oun bayonèt pou plim. (Ak Endepandans 1e Janvye 1804)

Daprè Laroche: «Ak Endepandans Ayiti se premye zèv literè pèp Ayisyen.» E si w pouse odas pou w di se te erè, san dout w posede moun, oubyen ou se oun despot. Li klè si Sartre te li batistè Ayiti li tap konnen Ayisyen gouvène lòd mekanik lan. Kifè nou dezole pou li paske Ayiti pap janm lakou rekreyasyon pou kolonis banboche, e banbile. Tout jan Ayiti renèt li renèt nèt. Neokolonis andwa mete Ayiti anranka. Despot kretyen andwa vini okipe li. Yo pap janm, nou di w, yo pap jamè kapab nye sa nou fè e moun nou ye, doktrin pouvwa oto-detèmine, e teori sosyal ekilib e resipwosite.

Oun pase anrevi Oralti Ayisyen pwente diferan etap mistè. Premyeman, Papa Legba, ann Ayiti oun granmoun kò rèd ak rimatis, diran seremoni yo rele li an premye e li montre sa ki rive lè w ensèten. Pi kaptivan seremoni ewo lavi listwa rapòte te Mòn wouj, lwen tout je kirye, Boukman pase dènye enstriksyon Revòl Jeneral. Annapre revòlte yo manke boule Okap rapyetè. Moman apre Revòl Jeneral, chèf yo debouche nan chimen kwa ensèten. Oun bann lach yo trayi mouvman endepandans lan. Yo eseye negosye e mande kolonis pou afranchize 400 nan yo. Kolonis derefize, yo desann chif la a 40. Kolonis vekse, e di yo se pou yo retounen nan esklavaj. Moman apre Tousen Louvèti rantre ak ekla sou sèn politik Sen Domeng. Pandan dizan Tousen Louvèti domine Sen Domeng. Desalin atribye defèt Tousen Louvèti a fantom libète ajan Fransè te pandye douvan je Tousen. Dezyèmman, lespri 1803, diran Konba Vètyè Lame Endijèn sou chan batay brave lanmò. «Grenadye alaso sa ki mouri zafè a yo nanpwen manman, nanpwen papa.» Espedisyon Fransè tounen pousyè. Laperèz retounen nan kan li, Espedisyon. Laperèz pa gen plas nan mitan moun. Granmèsi ewo ayisyen yo, Revolisyon 1791 te mete fen a mal, krim posedè moun. Dapre Carruthers: «Jistis ranplase mal, balans retabli.» Nou li Kou Istwa Filozi Hegel ekri nou pa aprann okenn kalite pi konkrè pase ewo ayisyen ki bat bouda kolonis fout li deyò Sen Domeng. Ayiti tap vanse tankou limyè si ekriven ayisyen te esplike kalite monn lan lespri 1803 te pote olye defann dwa makrèl politik. Konesans siperyèy Ayisyen yo se sou chan batay yo pwouve l. Ayisyen se rezilta sikonstans istorik, nan pale syantifik yo di «seleksyon natirèl;» ki vle di, viktwa lit natirèl ant Natifnatal, Kolonis, ki entwodwi Moun Dafrik san nou pa bliye pitit deyò Kolonis. Obsèvasyon lavi dedouble nan Ayisyen pa pedan se pale natirèl konklizyon listwa.

Twazyèmman, jeni ayisyen reflete pa remak Desalin lè espedisyon fransè tap vanse: «Tandiske espedisyonè kretyen tap vanse jeni irite, agwe tawoyo, nan fon lanmè, parèt; figi li soulve vag, move tanpèt, e men pisan li kraze, epapiye bato; lwa natirèl obeyi vwa fòmidab li; maladi, plèg, famin, dife, pwazon se gadyen konstan li. Men poukisa mwen konte sou asistans klima e eleman yo? Èske m bliye mwen kòmande oun pèp san tonbe komen, grandi nan advèsite, kouraj fyète li dezapwouve obstak e ogmante douvan danje? Kite yo vini, kowòt kriminèl!… Li tap pi bon pou yo tonbe nan fon lanmè, olye pitit irite Ayiti devore yo.» (Carruthers, 1985, paj 85) Lespri libere emèt nan Konstitisyon 1805 lan. Desalin bay lwa sosyete a bezwen. Granmèsi Konstitisyon an nou aprann lwa fondamantal peyi nou4; istwa nou, orijin nou, relasyon ant nou, elatriye.

Katriyèmman, Aksyon Resipwòk nan pale òdinè prete-remèt (boukante). «Pi gran kapasite plastik moun nan milye anbyan li se defans kont fòs ekstèn ki kapab detwi li. Nan jefò sa a devlope oun balans, oun mimetis byolojik pou adaptasyon moun a anviwonman, moun a moun.» (Price-Mars, 1998, paj 54) Se konsa nou wè kolonis te bay zansèt yo defi likide esklavaj; e, jodia, neokolonis ban nou defi elimine povrete. Nou kapab di mouvman liberasyon nasyonal Ayiti konnen plizyè goumen, pa egzanp, goumen kont Rigo, goumen kont pati ès la, goumen kont Espedisyon Fransè; e, dènye goumen kont povrete se oun goumen nap genyen. Ewo Ayiti prete Ayisyen fyète orijin yo, savwa yo; depeyize, deimanize, yo mennen oun lit ewoyik pou libète; e, malgre tout chatiman, tòti, koupe janm, bra, zòrèy, echafo, dife, chyen kanivò, yo te sèten iltim triyonf desten moun. Ewo ayisyen ap tann pitit tè a remèt yo: fyète ayisyen, lite tankou ewo, e sètitid nap pote viktwa.

Kilès, mwen di Sobo, se kilès ki kapab wè Laba Vi? Se paske Ayisyen pa sèten ki fè yo san pouvwa. Lè oun moun sèten li posede fòs pou pouse mòn. Ayiti se reyalis mèveye li pat kreye li pap detwi. Oun jou se Lekòl Ayisyen kap fasonen sèvo e kè Ayisyen; jou kou jodia politik depase, listwa kaba, tout Ayisyen pale pale pèp.

—Dimafis Lafontan otè a se oun manb Asanble Atis Ayisyen nan Masachisèt ki ekri plizyè tèks kreyòl pifò pibliye sou tanbou.com, e kreyol.org

Bibliografi

Alexis. J.S., (1955) Compère Général Soleil. Gallimard. Paris, France

Aristide, J.B., (1987) In the Parish of the Poor, Maryknoll, New York, NY

Beard. J., (1991) Toussain Louverture: A Biography and Autobiograhy. Ayer Company, Publishers, Inc. Salem, NH

Bohm, D., (1985) Unfolding Meaning. Routlege, London, England

Carruthers, J., (1985) The irritated Genie. The Kemetic Institute, Chicago, Il

Césaire, A., (1983) Cahier d’un Retour au Pays Natal. Presence Africaine, Paris, France

Presence de Jacques Stephen Alexis, (1956). CRESFED, Port-au-Prince, Haiti

Diop, C.A., (1974) The African Origin of Civilization. Lawrence Hill Books, Chicago, IL

Fannon. F., (1988) Black Skin White Masks. Grove Press, New York, NY

Firmin, A., (2000) The Equality of the Races. Garland Publishing, New York, NY

Fouchard, J., (1988) Les Marrons de la Liberte. Henry Deschamps, Port-au-Prince, Haiti

Gates, H.L., (1988) The Signifying Monkey. Oxford, University Press. New York, NY

Glissant, E. (1981) Le Discours antillais. Editions du Seuil, Paris, France

Hegel, G.W.F. (2003) Introduction to the Lectures on the History of Philosophy. Oxford University Press, New York, NY

Heisenberg, W., (1999) Physics and Philosophy. Prometheus Books, Amherst, NY

Hurbon, L., (1987) Dieu dans le vaudou Haitien. Editions Deschamps, Port-au-Prince, Haiti

James, C.L.R., (1989) The Black Jacobins. Vintage Books Edition, New York, NY

Laroche, M., (1981) La Littérature Haïtienne. Editions Lemeac, Ottawa, Canada

Madiou, T., (1989) Histoire d’Haïti, Tome III, 1803-1807. Henri Deschamps, Port-au-Prince, Haiti

Mars, J.P., (1998) Ainsi parla l’oncle. Imprimeur 11, Port-au-Prince, Haïti

Marx, K., (1999) The Capital, A new abridgement. Oxford University Press, Oxford, NY

Nerestant, M., (1997) Anthropologie et sociologie à l’usage des jeunes chercheurs. Editions Karthala. Paris, France

Nicholls, D., (1979) From Dessalines to Duvalier. Cambridge University Press, New Brunswick, NJ

Roumain, J., (1975) Gouverneurs de la Rosée. Editions Fardin. Port-au-Prince, Haïti

Sagan, C., (1980) Cosmos. The Random House Publishing Group, New York, NY

Senghor, L. S., (1948) Anthologie de la nouvelle poésie nègre et malgache. Presses Universitaires de France. Paris, France

Vernet, P., (1980) Techniques d’écriture du créole haïtien. Le Natal, Port-au-Prince, Haïti

1. Edouard Glissant, otè le Discours Antillais, fè konnen siy ekri kache nan pale Kreyòl
2. «Nou te wè panse ki pran tèt li (limenm) parèt; li tante fè li konkrè. Premye aktivite li fòmèl; se sèlman Aristote ki pwoklame «Nous» tankou panse panse. Rezilta a se panse ki pou li, e ki, anmenm tan, anbrase linivè, li transfòme an monn entèlijan. Nan enteleksyon, linivè natirèl e spirityèl entèpenetre tankou linivè amoni…» Dènye filozofi se rezilta tout sa ki vini avan; anyen pa pèdi, tout prensip yo konsève. Lide konkrèt (l’hegelianisme, NDLR) se rezilta jefò lespri depi byento 2500 an. «Thades fèt 640 an avan Jezi Kri—travay pi serye li pou li objektif limenm e pou li konnen li: Tantae melis erat, se ipsan cognescere menten. Travay lespri pou li konnen limenm, aktivite sa a se lespri, lavi menm lespri. Rezilta li se konsèp li konsevwa pou limenm; istwa filozofi konnen klèman lespri te vle sa nan istwa li. Travay lespri moun nan panse entèn paralèl a tout degre reyalite. Okenn filozofi pa pran douvan epòk li. Istwa filozofi se eleman ki pi entèn istwa inivèsèl. (Alexis, 1956, paj 104)
3. Karl Marx, Capital, lè oun pèp dekouvri lwa natirèl sosyete li dwe aplike li sou sosyete a
4. Konsititsyon 1805, Atik 12: Blan okenn peyi pa kapab pran tit pwoprietè e mèt

Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com