Aller au sommaire de ce numéro de Tanbou/Tambour, Été 2005

Home page  |   Table of Contents  |   Send your writings and e-mail to: Editors@tanbou.com



Pwezi ann ayisyen

Powèm pa Edner Saint-Amour

Deus ex machina

Pawòl monte fè pil sou pil
Aksyon menm zerobare nil.
Yo chita tann avèk espwa
Yo kwè nan: Deus ex machina.

Pawòl monte ap fè bann
Aksyon pran rout desann.
Yo chita tann avèk espwa
Yo kwè nan: Deus ex machina.

Pawòl monte bit sou bit
Aksyon pran rout chire pit.
Yo chita ap tann avèk espwa
Yo kwè nan: Deus ex machina.

Pou viv moun dwe aji
Nan dlo moun naje pou soti.
Aide-toi le ciel t’aidera
Lavi chita nan men debouya.

Aksyon se motè yon peyi
Lalwa se volan yon peyi
Pou viv moun dwe aji
Nan dlo moun naje pou soti.

(20 fevriye 2004)

Chemen Delivrans

Pèdi nan pozisyon san bout limit
Ayiti fenk koumanse konte viktim
Konsa kwayans nou ap dòmi nan latèrè,
Pliske fè antant se pa lakay nou yon valè.

Nan moun nan nou te wè sovè lanasyon
Pa ka rete tren lanmò demolisyon
Nan tèt ansanm prezan jwenn pase
Pou di ansanm: anyen pa janm chanje.

Prezan ak pase sanble tèt koupe nan vyolans
Eskonbrit briganday fè konplo pou di
Pou lanasyon pou Ayiti pa gen lavni.

Lè nou mete tout bagay yo nan balans fè yon sòm
Nou wè tout chavire nan kil gran zòm.
Nou kwè nan yon profèt ki gen tout kapasite
Nou kwè lepèp se senbòl feblès fatalite.

Lèzòm fèt nan tout jenerasyon tout laj
Men listwa fè yo pa gen menm vizaj.
Solèy verite klere leve jodiya pou di
Delivrans chita nan aksyon ki fè moun grandi.

Lè lespri va tonbe sous gwo verite sila
Lè nanm nou va dijere gwo verite sila
Nan nwayad la na naje pou soti
Solèy progwè va klere lavi tankou lavni.

Lè Ayisyen reyisi konprann
Kòm yon prensip li vle defann
Aksyon se motè yon nasyon
Lalwa se volan yon nasyon.

Lè lespri va tonbe sou verite sila
Lè nanm va dijere verite sila
Nan nofraj la na naje pou soti
Solèy pwogrè va klere lavi kon lavni.

(6 fevriye 2004)

Toro

Mwen konnen ou se toro gason
Nan ranvèse pouvwa madichon
Mwen konnen ou se toro chanpyon
Nan dechouke pouvwa represyon.

Nou te dechouke blan kolon
Ki vole gaguè bout lòt kanton,
Ekri non nou nan kaye limanite an gran jan
Kòm premye repiblik nwa endepandan.

Mwen konnen ou se toro lanfè
Ki ranvèse dechouke rejim militè
Ki tap fè de bò bounda jwe jon
Anba koko makak kout baton.

Pouvwa monte pouvwa desann
Ayisyen toujou ap pran gagann
Pouvwa ale pouvwa vini
Vyolans represyon pa janm fini

Se lè pou chita fè yon ti refleksyon
Mete lespri nou nan lòt direksyon
Bwase kat pwoblèm yon lòt fason
Nan rout lojik pou jwenn solisyon

—Edner Saint-Amour

Powèm pa Elsie Suréna

Poukisa

Poukisa toutou m kontinye sonje w
Tankou tè sèk ki fann
Sonje lapli mwa jiyè?

Poukisa cheri m pa ka bliye w
Tankou yon papiyon bliye
Yon jou li te yon ti chini?
Poukisa choupit m toujou ap tann ou
Tankou prizonyè Lasnal
Ape tann jou liberasyon?

Poukisa dou m ap veye retounan w
Tankou pasajèz kanntè
Ap veye parèt limyè Mayami?

Poukisa chouchou lanmou tòde kè ran m
Tankou zòt tòde lè li pran kout rigwaz
Nan mitan rèl do nan kanaval?
Poukisa nèg malgre sa m renmen w toujou?

—Elsie Suréna

Powèm pa Doumafis Lafontan

Pwezi liberasyon

Ayisyen nanm nan boutèy
Kanzo flanm nan men

Depi nan mòn chèf defile flanm nan men
Limyè pou yo jwenn chimen nan monn lan
Dife pou yo sòti nan pè,
Lamizè, e
Kras

Jete dlo pou lespri
Rele lwa nan govi
Lwa pou frennen ensekirite
Lwa pou ponyade enpinite
Mistè danse nan tèt
Pou w sòti nan labou

Esklizyon,
Divizyon, e
Politik pa louvri baryè
Pawòl siperyè, enferyè pa fè kò ini

Tanbou etranje pa sonnen menm jan ak tanbou ginen
Rit etranje pa danse menm jan ak rit ginen
Kò ginen se oun tanp
Li fè youn ak tanp linivè

Pwezi liberasyon
Se aji menm jan ak kreyatè
Nan pratike aksyon
Wa va bati kay,
Kominote, e
Nanchon

Volonte se lafòs pou w pwodui
Wa va aji an mèt
Pwodui jan w vle
Fòme monn w vle
Patisipe nan kòmòs lan jan w vle

Kilès ki kapab blame moun lespri reklame?
Seta oun absidite pi mal pase vle vini fransè
Si nou pata itilize legasi nou,
Tradisyon nou
Pou leve diyite nou
Pou fè triyonfe destine nou.

Istwa Nanchon Ayisyen

M’ap chèche zanj oun pwezi liberasyon
Oun langaj ki esplike pozisyon Ayisyen
Dapre sa nou viv nan Ayiti cheri
M’ap chèche oun vokabilè antye
Oun sentaks ki makònen aksyon, aktè
Panche Ayiti bò majorite-absoli

Bomba
Samba
Sonnen lanbi
San manman, san papa
Youn rele lòt
Rasanble
Kouman sa ye?
Pa gen maladi ka a grav!

Tout moun konnen Istwa Nanchon Nwa Sendomeng
Ki kase chenn tirani
Bat bouda Kolon, komèsan esklav
Boule bitasyon, atelye Koloni Fransè
Rebati Wayòm Ayiti
Mete fen-sèk nan krim kont limanite
Jayi limyè kont manti Kolon bay sou limanite
Verite-jistis sanwete sanmete

Se Istwa Nanchon Nwa m ap rakonte
Diferan reyalite Pèp
Chemès, Arawak, Tayino
Ewopeyen, Panyòl, Fransè, Anglè
Afriken, Arada, Ibo, Kongo, Pel, Bambara, Mandeng
Nanchon Nwa pataje annefè
Yo makònen youn nan lòt nan Oralti
Pou lavi kontinye
Nouvo dimansyon

Se Istwa Nanchon Ayisyen nou pral rakonte
Tout moun konnen istwa Pèp Ayisyen ki te goumen kont kolonis
Rive sòti nan esklavaj
Pèp Ayisyen te jire Inyon fè la Fòs
Yo fòme oun Asanble pou fè pasasyon pouvwa
Koken fèt,
Deblozay pete, e
Goumen mare

Mwen mande poukisa de frè ap fè espektak piblik sa a?
Yo di mwen se depi yo fini tiye Anperè Janjak 1e
Youn ap dechire lòt, e
Pensonn pa rive mete ola,
Fè yo sispann goumen

Mwen pwoche pi pre
De frè yo di mwen
Wi
Se Zanmi Ayiti ki vini montre Ayisyen kouman pou yo gouvène
Yo ensiste fòk gen opozisyon
Atò premye frè a di pouvwa andwa pou sa ki gen plis moun
Tandiske dezyèm frè a panse pouvwa andwa pou moun ki pi kapab

Zòt koute
Ou pa sèten
Men ensètitid depann de sak fèt
Nan Nòd travo fòse
Nan Lwès lese grennen, wazivte, vagabondaj
Repibliken piye pwodiksyon kafe pou peye doub-dèt
Kou pou Leta
Repiblik kraze zo
Lidè popetwèl, diktatè

Ankò zòt koute
Ou toude nan erè
W’ap goumen pou sa ki deja pou w
Sonje w te adopte modèl sa a,
Lit politik pou pouvwa,
Nan Twazyèm Ane Endepandans
Ou dwe ale nan konsyans kolektif w,
Ranmase zanj ki te pèmèt aspirasyon komen w

Se pou w lese ide pouvwa popilè osnon pouvwa konesè
Se sèten w ap tonbe
Men w ap tonbe nan pwòp sèk w
Ki andwa fè w rejwenn ekilib w
Tankou planèt yo,
Chak nan pwòp sèk yo,
Ap fè wonn solèy la.

Rezistans

E! E! Espri
Espri louvèti
Louvri baryè pou Ayisyen
Pou Ayisyen kontinye chimen
Chimen yo abandone

Wout la long, Ooo
Eprèv yo anpil, Ooo
Tankou eklè yo va wè w tout kote
Tout kote ki gen pwoblèm w va la

Ou se Louvèti
Nou resi konnen w
Ou òdone jistis
Travay w sa
Tout moun fè youn
Lite pou ekite reye
Reye mèt e seyè

Espri louvèti ap tann tout moun
Anyen pap rete kous ou
Kous pou fè inite triyonfe
Desten w

Jodiya,
Poukisa rezistans?

Se nan lit kont zòt
Espri Tousen louvri
Se nan lit kont zòt
Desalin pini tout kriminèl
Se nan lit kont zòt
Tout nèg moun

Zòt ki pa rekonèt Ayisyen pou moun
Nan lòd kapital
Wa va fè li pote fado kanzo

Mete limyè nan dezòd kapital
Izin eksplwatasyon,
Jaden madoulè,
Anbasad asasen,
Kay vis peye

Pou rebati Ayiti
Pou zòt rekonèt moun nan Ayisyen
Wa va asiste defile Chèf
Boukan nan men
Kou youn tonbe
Oun bann parèt.

Veye priye

Nan non zansèt yo
N’ap priye pou tout moun ki nan vi nou
Sa ki pa kapab manje
Sa ki pa gen kote pou domi
Sa ki pap travay

Ou menm ki ap viv arebò lavi
Ou menm ki ap viv nan gran difikilte
Machann sirèt
Machann pistach,
Fresko,
Mango,
Twal
Nou konnen rezistans w pèmèt lavi fleri
Kouraj w pou reziste kreye espwa
Espwa nan travay pou oun demen miyò

Ou pa pwopriyetè
Men w posede inyon fondamantal
Pwòp detèminasyon w pou aji kont lavi chè

—Doumafis Lafontan

Powèm pa Johnny Bélizaire

Yon vil san eskiz

Toutes les rues de ma ville sont piégées
Yon vil lavi tchipe
Yon vil san eskiz
Yon vil chaje ak paspouki
La ville a-t-elle un centre?
Anba lavil moun sou moun
Bèt sou moun
Moun sou bèt
Machann manje kwit
Yon pil fatra
Yon kadav nan chak kwen.

Yon pèp ki pèdi gou lavi
Ki gen yon sèl priyè
Sen Washington resevwa m lakay ou.

Danmbala, Ogouferay, Agwètò
Senjak Majè, Vyèj Altagras, Pè Letènèl
Nou chak rele youn
Men FMI ap depatcha nou tout.

Yon peyi kote pèp la chita sou ti chèz ba l
Mizè l ap ogmante
Soufrans li ap miltipliye
Pandan tout moun ap plenn.

Atoufè, zenglendo, chimè fè mikalaw
Yon sistèm kou pou kou
Vyolans, vanjans.
Politisyen mande anraje.

Pòtoprens mache ou mache
Ou pran nan cho
Depi ou te la ou antò
Gad anwo gad anba lanmò pa nan patipri.

O patri! Konbyen ki tonbe nan non ou?
Ki jou jistis ap an vòg
Pou demokrasi jwenn plas li nan sosyete a?
M bouke tande aba
Paske depi dizuisan m bliye
Politisyen pa janm chanje sistèm nan.

Yon vil lavi tchipe
Yon vil san eskiz
Yon vil chaje ak paspouki
Retire kò w banm mete pa m.

Sò pèp la pa janm chanje
Ayiti fèk koumanse konte viktim
Ondirè pou Ayiti p ap gen landemen miyò.

Vil mwen tris
Dlo nan je l pa janm seche
Yon pouvwa ki konstwi sou san.

Gade m gade m nan je
Di m bay manti
Desan lane nou gaspiye
Nan wete mete
Enbesil pot labanyè.

Nèg yo gen ambisyon foli
Aba X viv Y menm kout baton
Ayiti pi danjere, vil mwen pi tris

Pòtoprens ou nan dòmi
Ayiti reveye ou
Yo pale twò mal de ou.

Yon vil lavi tchipe
Yon vil san eskiz
Yon vil chaje ak paspouki.

Pòtoprens vil pa m nan
Mwen vle rete fidèl a ou
Lè sa bon e lè sa pa bon
Pou lespri nasyonalis la briye
Nan mitan yon pèp ki vle chanje lavi l.

O lelit
Sispann kenbe pèp la nan lesklavaj
Ann resepekte La Dessalinienne nan
«Pour le pays et pour nos pères
Formons des fils libres forts et prospères.»

Toutes les rues de ma ville sont piégées
Yon elit ki betize
Rezilta Ayiti dlo nan je.

Aprè desan lanne
(powèm sa a dedye ak tout frè mwen yo, ki ap viv lakay ak sila yo ki ap viv sou tè letranje. Li lò pou yo konprann Ayiti pa kapab ankò, fòk sa chanje e se nou ki pou chanje l’ se pa blan letranje)

Aprè plis pase
Desan lanne distwa
Chimen nou toujou mangonmen
Ak zatrap ak pyèj
Ak trip foumi
Zantray zandolit
Lestomak marengwen.

Chimen nou nwè
Lavi nou son mistè
Lespwa nap drive
Move zè pase pye anwo l’
Lavi nou son zapzap
Lavi nou son grap touman
Lanmò se sèl zanmi n’
Grangou, lanfè se frè n’
Lamizè, fènwa se kouzen n.

Aprè desan lanne lendepandans
Nou pèdi memwa
Nou bliye lakwa
Nou pran nan twa wa
N’ap vwayaje sou bato detrès
Lò nou kite chaloup la a
Nou monte a bò kabwèt lanmò.

Yon lavi san ranfò
Yon lespwa barikade
Lavi ayisyen m yo nwa
Lavi yo pèl mèl.

Anmè kou fyèl
Nou pran plezi nan listwa
Mouche bouki ak tonton malis
Men podyab
Ayiti se li ki gwo bouki a.

Nan yon vye fèy kaye
Kote touman mare n’
N’ap eseye ekri doulè n’
Nou pè, nou kenbe on pakèt mo
Adye kouzen si ou pè pran lapawòl
Lè ou resi deside
Ou lage pawòl andaki
Pou ou evite legzil
Oswa gran simityè.

Desan lanne
Depi n ap grandi
Ak yon lelit toufouni
Yon jwèt rizèz
Ki lakòz nou tout koupab
Nou tout viktim
Mwen wè yon lavi
Yon lavi san vwa pou di ase
Mwen wè yon jenès
Yon jenès k’ap plonje nan koripsyon.

Aprè desan lanne distwa
Yon peyi ki ap viv nan dechoukay
Yon lelit ki te deja vann
Yon lespwa ki toufounnen
Yon jenès bèkèkè
Aprè desan lanne distwa
Yon lang meprize
Yon vag souvni ras nou ak idantite n.

Aprè desan lanne
Si zòt te di se Ayiti
M pa t’ap vle kwè
Se je m ki banm
Se zòrèy mwen k tande.

Se mwen ki pwononse diskou
Pouki se ou Ayiti
Pouki se ou manman libète
M poko ka kwè
Les barbares ont envahi la cité
Se nèg ak zam ki fè lalwa
Se dechoukè ki mèt peyi.

Yon anbisyon ki trennen nou lwen
Aprè desan lanne pouki se ou Ayiti
Kilès ki ka pale
Se on kesyon te rat pa kaka
Yon lòt bò se grenn nan bouda.

Ayiti tounen nan lesklavaj
Ayiti manman
Gade kijan sa fè mwen mal
Ou poko ka libere
Rèl, rèl gade yo pa tande
Aprè desan lanne lendepandans.

Ou sou wout yon twazyèm okipasyon
Grangou ap pete fyèl ou
Pwòp pitit ou rann ou san fyète
Yo di Ayiti se yon kochma.

Sa k ta di sa
Pou jan ou te bèl
Pou sa ou fè pou yo
Ou se yon rebèl.

Lakou ou se on gagè
Lavi ou tris
Podyab o Ayiti manman mwen!
Mwen prete ou vwa m
Pou plenyen mizè ou
Mwen ba ou kreyòl mwen.

Kreyòl ou te banm nan
Rèl, Ayiti se pou ou m ape kriye
Aprè desan lanne
Si Ayiti san fyète
Se bouch be n ap rete
Douvan blan franse.

Pradèl ou kanpe lòt bò riv

(Nan okazyon katriyèm anivèsè lanmò Pradèl Ponpilis, papa lèt ayisyèn yo.
27 fevriye 2000–27 fevriye 2004, katran deja depi ou pati)

Pradèl ou kanpe lòt bò riv
Ou koud bouch ou
Pandan y’ap toufouni
Jenès ou a.

Jenès ou te konn ekri ekzaltasyon l lan
Jenès ki t’ap viv
Anba kout plim ou
Nan chak liy ak entèliy
Paj kaye ou

Toukòm nan maj kaye ou.
Katran depi ou pati
Ondirè bèl lèt yo mouri
Entèlektyèl jounen jodi
Se lennmi leta,
Lennmi pouvwa
Yo trake nou
Bat nou
Maspinnen nou
Toufounen nou ak kout kòs fizi.

Padi m ou pap tande
Pa di m ou pa wè
Nan peyi kote ou ye a
Genlè se moun soud ki rete la
Mwen kwè ou tande rèl mwen
Kri pep mwen
Kri entèlektyèl yo
Kri inivèsitè yo.

Ou ki te mete sou pye
Lekòl Nòmal Siperyè
Se te pou ou fòme moun
Pwofesè, filozòf, nèg save
Ou pat travay pou yon peyi
Kote se chimè
K’ap fè e defè
Kote moun save ap viv nan kache
Pou evite lanmò
Gwo midi.

Pradèl kote ou ye
M kwè ou ap tande
Pradèl kote ou ye
M kwè ou wè sa k’ap pase
Ou genlè pa fè nouvèl
Pas ou pa di mo
Ou pa reponn

Kilès ki va ban nou fòs
Si nou pa tande yon vwa
Vwa pa ou
Ou ki se papa literati pa nou an
Ou ki se defansè jenès estidyantin lan

Sa ou di
Si chimè pran peyi a
Sa ou di
Si nèg save pa gen lavwa
Sa ou di
Si laperèz abite lespri nou
Sa ou di
Si pòt inivèsite yo fèmen

Venset fevriye demil
Ou mete levwal
Ou pat vle wè
Sa k’ap pase jodi a
Ou pat vle wè
Menm jan ak nou
Pòt ekòl nòmal ki fèmen
Pòt syens imèn ki fèmen

Ou pat vle viv moman sa yo
San di eskiz
Ou mete van nan vwèl ou
Ou ale na peyi san chapo
Ou kite yon jenès dlo nan je
Rèv ou tounen lafimen
Jenès o! u andèy
Maxim tonbe
Lopital kanapevè
Pa gen plas ankò
Tout se lespwa peyi a
Tout se jenès ou renmen anpil la.

Mwen sonje im a la jenès la
Si ou te la jounen jodi
Ou ta pran plim
Ou ta pran kaye
Ekri detwa bèl liy
Pou rekonfòte jenès la.

Tonton Pradèl
Si ou tande klòch legliz la
Ap sonnen se pa lamès
Son etidyan ki pral antere
Yon lespwa ki ale
Vil la timid
Gwo sizè diswa limyè etenn
Etidyan nan kache
Pwofesè pa gen la pawòl.

Tanpri souple
Kote ou ye a
Voye yon ti mesaj pou nou
Korije ti pwezi mwen an
Di m kote mwen fèb
E fè m konnen si m’ap rive.

Gen tout yon jenès
K’ap tann repons ou
Tout yon pèp
Ki lage nan lari a
Pa gen lekòl
Pa gen lamanjay
Bri zam anpeche nou dòmi
Men sa ki pi grav
Yon okipasyon ap pandye
Sou tèt nou aprè desan lanne endepandans.

Tout moun swaf pouvwa
Yo lage jenès la nan mera
Pa gen moun ki pou di ase
Zòrèy yo bouche
Ak gonm balèn
Pè Pradèl tande vwa m’
Tanpri souple vini ede m.

Ou ale se vre
Ou pati se vre
Men ou pa mouri
Ayè mwen t’ap li ou ankò
Ou kite mond sansib la
Ou ap jwe kòmante lavi
Ak zanmi ou yo
Nan mond entèlijb la
Yon ti repons
Sa pap nwi ou di tou
Reponn mwen
Reponn jenèws ou a.

Di mwen kisa ou wè ou pou nou
Pale ak papa Bondye
Di li nou pa kapab ankò
Twòp san deja koule
Pa kite lespwa antere.

Ki maladi m soufri

M gade lavi
M pa menm anvi tchipe l
M pa menm sou bò l
Kite l souri ban mwen
Si li vle
Jan li pito
Lò li bouke la rete.

Si ou wè kadav mwen
Ap flannen
Nan lari Pòtoprens
Se pa zak malonèt ki mete m la
Se paske lanmò se pi bon zanmi m.

Se sa m te di lò m te vivan
M konnnen byen lavi pa nan rans
Mwen tou m pa p ranse.

Lavi a gen lè li
Lavi a gen patnè pa l
Lanmò sèl jij
Nèg kou blan ou gen pou pase.

Jodi se mwen
Demen se ou
Lavi pa fè m grimas
Paske lanmò pa p rate
Souri si ou vle
Modi m jan ou pito
Lanmò yon jou gen pou bare m.

Lavi a tankou de gout dlo
Yon lè li pase swaf ou
Yon jou l’ap bote vye chomyè ou

Lavi tankou dife
Jodi li kwit manje ou
Demen l’ap boule batistè w.

Gade lavi pran men ou
Ret nan ròl ou
Kite m viv janm pito.

Ki moun ou te ye
Di m eske gen jou pou moun mouri
Lè lanmò vini maten
Eske ou va di l tounen pita.

M’anvi fè nèf «Ave Maria»
Dizwit «Je vous salue Marie»
Malgre tou m ap betize
Lè lanmò vini m pa p ka kraze rak.

Di m kilò li ap parèt
M’a al kache kay Mèt Peyi
Di m ki randevou li fikse avè ou
Mawon l ma wè si ou son grenn plen.

Ki moun ou te ye
Pou pase lanmò nan jwèt
Men m la pou m wè
Kilès ki ka di non lè li parèt
Se pa pwofesi
Se radote nou radote twòp
Solèy peyi m pa pi dous pi bon
Men mizè vil mwen
Pi rèd pi lèd.

Pa pèdi tan nou rele Danmbala
Li p ap reponn e li pa t janm konn reponn
Gade m nan je frè m
Di m ou renmen m se sèl chans nou genyen.

M pa fin al kwè twòp nan Bondye
Paske vwazen m gen pou deviz
«In God we trust»
Poutan l ap kreve je Irakyen yo.

Pa di m nou pa konprann
Nou rete bèkèkè
Je nou anlè n ap gade elikoptè
Blan meriken nan syèl
Yon pèp ki pèdi gou lavi l.

Tris gad jan sa tris
Ti Mari pa ka fè mache
Ti kòb la twò piti
Lwil pat tomat andui
Pa rete kòb ankò
Chabon poko menm ko achte.

Lavi monte bwa
Lavichè rantre nan kalson nou
Ayiti ki jou kilè
Limyè lavi va limen
Lavichè va tenyen.

M te reve yon jou m t ap viv ere
Men m pa t reve kenbe men frè m nan
M tande blan k’ap di m
“What’s your name”
M touse dyòl mwen
Se pa sa m te vle tande
Pouki li pa t di m
“Are you dirty?”
M ta p reponn li: mwen swaf libète.

Yenki yo tounen nan kòm ankò
Sa yo pote nan djakout yo
Phelps, nou fenk kare wè
Si Philoctète te la li ta di:

Chak dis lane
Yo ofri m blan etranje
Pou rezoud pwoblèm mwen
Poutan solisyon an nan men Ayisyen deja.

M al pou de
Philoctète te gentan pran de
Politisyen di m konbyen ki rete
Okipasyon pouki se mwen.

—Johnny Bélizaire

Powèm pa Patrick Sylvain

Mamour: Lanmou, Pèt e Memwa
(Pou Marcelle & Paul Laraque)

Se ou ki te powèm e pwoz mwem
Avèk kouplè e zès pou lavi
Nou travèse doulè nan plantasyon ekzil
Se sèl flè woz fanmte ou ki te nouri m.
Oumenm, konpayòn mwen, konpa m,
Transmisyon m ak enspirasyon mwen.

Se ou ki te soulajman peyi delabre n
Lanmou ou akoste m nan pwezi e pwezi m
Bati liy ki chouke nan sylabè kas-tèt peyi Dayiti.
Nan ekzil, blese, w’ap priye, m’ap feyite Marx,
Nou reveye ak menm rèv la. Yon Ayiti miyò.
Mamour, nou deplase lombraj e nou anbrase zetwal.

Se ou ki te powèm e pwoz mwem,
Avan oumenm, anvi fè libètinaj pat gen bout.
Rega manyetik ak asirans bouch ou kanpe sòlda
mawon m. Mwen tounen yon ouslanmè k’ap adore
solèy. Men, se te entèlijans ou, serenite ou ak konfyans
Kòde nan yon pasyon endoutab ki gadavou sòlda m.

Mamour, se ou ki te powèm e pwoz mwem,
Depi latè retounen an pousyè,
M’souvan konsidere depeyize m,
Kounyea ann ekzil lavi m gradoub e defleri.
Avèk rezèv tan ki rete m sou latè m powetize ou
Bay lemon pou m plante ou nan fondasyon m.

Se ou ki te soulajman peyi delabre n,
Anplis tout bèl memwa, gen foto chaman ou
Pou konble vid mwen. Tankou sa ki te pran pandan
Ou chita agoch dèyè machin lan, yon reyon solèy ap bwose
Jou ou. Elegan, poze, lisid, amitye ou toujou konpa m.
Mamour, ou se reyon lanmou grave sou estomak fatig mwen.

—Patrick Sylvain

Powèms pa Jean-Dany Joachim

De tak lank pou Gonayiv
(pou Gonayiv)

Tak tak tak
Gout lank degoute
Kou dlo je
Sou fèy papye…

Lapli tonbe
Van tanpèt vante
Lanati ofiske
Kretyenvivan ozabwa

Siklòn Ján pase
Gonayiv pèdi pye
Lavalas debòde

Pòtoprens sezi
Pòdepè latranblad
Jeremi sispèk
Okap met men nan tèt

Savann dezole
Rasin dechouke
Jansiv gaye

Savann dezole
Lafanmi kòd nan ren
Lavi sige nan labou

Lespwa monte bwa
Pyebwa pèdi fèy
Tout fèy pèd lapawòl

Lapli tonbe
Fèy tòl chante
Kabann sèvi kannòt

Simityè pisin granrivyè
Malèpandye de gidon
Lavi fè laplanch sou kadav

Tak tak tak
Lank tounen lapawòl
Make listwa lavi
Pou malè pa bay degi

Kouvrefe

Gagòt la kòmanse
Jou a potko leve,
Vil mwen an endispoze.
Machin malè an chalkali,
Fè dappiyanp sou wout yo,
Wòch yo pran houke,
Epitou
Tout kay,
Kabann,
Fenèt
Tab
Pran lafyèv frison.
Yo fennen-fennen.
Lannwit tounen ankò.
Respirasyon vil la koupe.

Senkyèm Avni
(pou Ika)

Nan papòt Senkyèm avni
Anba on ponp gazolin ‘Shell’
Si w pase ou wè on fanm andezaj
Tèt grizonnen, bra pandye
Si w wè je l ap chache lwen lwen
Tankou l anvi wè kot lavi fini
Si w wè popyè l anvi fèmen
Pòtre solèy k al kouche anvan lè l
Si bouch li bat ou pa tande anyen
Si w ta wè l pati
San l pa konn ki bò l ap fè
Enpi si w tande l pouse on rèl
Yon lòt rèl, ak yon lòt rèl
Pa prese detounen je w
Piga w kouri rele moun fou…
Nan Syenkyèm avni Bòlòs
Nan on ti kay ble kat pyès
Lavi pase l pa gad dèyè…

—Jean-Dany Joachim
(from Love and Other Poems by Haitians Youths, Trilingual Press, 2004)

Powèm pa Paul Germain

Pa kriye tifi

Pa kriye tifi
Lè ou sèl
Ou ka santi w dezespere
Men, pa lage kò w

Tifi,
Pa kriye, kenbe tèt ou
Kwè nan tèt ou
Epi pa lage kò w

Tifi, pa trakase
Paske moun pa konprann ou
Si yon moun ta desann ou
L ap sezi wè ou monte

Pa kriye tifi
Menmsi ou pa gen lespwa
Kontinye reve,
Men, pa lage kò w!

—Paul Germain
(from Love and Other Poems by Haitians Youths, Trilingual Press, 2004)

Powèm pa Tontongi

Dlo n’ap bwè k’ap nwaye n
(Eg la ak kòk la ap ponpe)*

Eg la deplwaye zèl li alavironnbadè, elegan, kè kontan;
Bèk li ba l anbisyon pou l konkeri latè san remò ni regrè.
Grandizè satisfè ki konn ki bezwen ki fè l pran gran chimen
Pèp la te asepte laperèz, malalèz, makakri kè tounen san koule
E menm malediksyon pou l te ka selebre yon sèl jou libere.

Peyi a te bèl ak koulè wouj pou san ak lespwa,
Ak koulè ble tristès, koulè konsyans lavi.
Peyi a te bèl tou ak ven mil ti lanj gadyen marin
Ki te pot pwoteksyon grann pwisans kontrolè.
Moun ak mòn yo te bèl, bèl te bèl baboukèt!

Prezidan an te tounen kè kontan selebre toupatou,
Se te demand pèp la sou yon rejim sanwont, kokinè
Ki t’ap dekonstonbre lavi e dechire lalin, bloke lapli,
Fanm ak fanmi vyole, timoun san manje, dlo nan je.
Veye yo! Veye yo! Ann kontinye baleye lakou a!

Vakabon ak makout se nich gèp ak dyondyon,
Yo leve toupatou, nan kazèn koulè jonn krazezo
Kou nan biwo klimatize zotobre eksplwatè.
Yo la tou nan rapò ak data fichye Depatman Deta
E sou yon tèt dola vèt kou yon medsin anmè.

Konpè m vin sèl bèt nan lakou k’ap chante bèl lomaj
Pou fòs batayon l yo ak bèl ti souri sou lèv li. Happy!
Zèv li tou vin yon lwanj pou l selebre viktwa inivèsèl
Nan yon mond zonbifye k ap chache goute sèl je klere!
Mond moun gounanbouch, moun vant plen ak lespwa.

Moun vivan jwenn grandè yo nan libète total.
Libète ak bèlte, jwisans lavi, lanmò, lanmou
Se sous desten tout moun k ap viv santiman yo
Nan yon teren pyeje, yon tèt-chaje kont-mal-taye,
Oh! Moun yo mande jistis yo fin ase soufwi!

Oh! Mwen pè pou yo pa tronpe w ankò, o gran pèp!
Gran vanyan lejandè ki te fann vant kolon atoufè;
Pèp ki te brile latè menm pou l refize desten bèkèkè,
Ki jodia ap vale yon remèd anmè pou zonbi desale.
Veye yo! Veye yo! siveye vòlè yo nan tamp la!

Sa fè m mal nan kè m e nan kò m pi mal ke oun maladi,
Sa fè mwen vle vomi, sa wonje sansiblite nanm mwen
Lè m pa ka selebre viktwa defèt peyi m bèl jounen sila a.
Jounen retou Titid, jounen krisifiksyon jounen 1804.
Ban n peyi a! Nou mande espas! An n kontinye bale!

Seremoni banbòch yo se lasi nan je depevi byen mennen
Ki maske zo pouri deyè bèlte kadav simityè rekonsilyan
Nan yon chapèl malsite bèl pawòl malandren FMI ak BM
Ap koule nan zòrèy malere dezostobre, zonbi nan mayi
K’ap di Ayi Bobo pou wonga zòt malis, majisyen mal gadò!

Pa ban m sannam ka Ozanfè pou chimen lespwa;
Pèp la ap chache lavi avèk rèv li anvi. Vi vivan selebran.
Li pap pran kaka poul pou bè, ni levanjil pou lajan kontan.
Moun yo vle diyite ak respè ak vant plen. Yo vle trankilite.
Yo pa vle bèl jansiv, kakabè, fatra, malafwa pou la fwa!

Kraze zo n se vre men nou pa san santiman;
Madichon kou magouy monnonk lòtbò dlo,
Plis malfetri putchis zenglendo ronronnaj
Nou kenbe la pi rèd, menmsi nou blayi tapi wouj
Pou marin meriken ka vin dodomeya doudouman!

Pèp vanyan pran libète l avèk fòs ponyèt pa l. Je klere.
Li pran l avèk rasin rezistans li li plante ak sakrifis
San koule l asepte pou l konbat laterè laperèz sèvitid!
Fòk nou pa ranplase kout kouto asasen pa lapè simityè;
Nou ka ankò kwè nan yon vi libere, ak solèy ak lanmè!

Menmsi kè m te kontan Kòk la te retounen,
Menmsi m te pataje lajwa pèp ginen lakay,
Mwen pat ka selebre defèt peyi an mwen
Nan yon viktwa Pyrrhus ki gen sant pwazon.
An n bale! An n bale! Chase tout vèmin sou tè a!

Dokiman biwokrat ranplase mechanste ogranjou,
Bèl pawòl ak priyè diskou bon santiman ranplase
Tout zaksyon pou moun vin tounen moun,
Moun k’ap dechifre mesaj sou tenèb san lojik.
Veye yo! Veye yo! Veyatif piyajè mizè pèp!

Kenbe fèm chè frè m ak chè sè m yo k akwoupi
Nan yon prizon lespri sou yon latè mazakwa;
Kenbe la pa lage! Demen n ap bwè dlo klè, kouwè
Je n ret louvwi, veyatif pou yon konsyans maltrete
Nan yon reyalite pyeje malfektè kou noumenm kreye.

Melodi rekonsilyasyon ant lèt ak sitwon
Nan yon kwelekwekwe banbòch ak kè mare
Sipòte pa monnonk plis benisman lepap
Se sèl konsekrasyon nan lamès bò lakay:
Veye yo! Veye yo! Siveye piyajè vandè mizè pèp!

Moun k’ap chache nanm yo
Pa kite teyat madigra lòlò je yo,
Yo ret toujou di non kont koze malvire;
Non kont opresyon, dominasyon, okipasyon
Ideyal yo pa de twa fèy gate nan tout forè a!

Moun k’ap gade lwen ka wè anpil bagay;
Y’ap toujou rete lib moun k’ap poze keksyon,
Moun ki ka navige nan lanmè move tan.
Wi n’ap libere yon jou! Nou pèp lib vwayajè esperans:
N’ap reprann gouvènay lawoze. N’ap refè lanati danse!

—Tontongi, Boston, 15 octobre 1994.

*Powèm sa a te pibliye poupremye fwa nan Haïti-Progrès oktòb 1994 (lisez la version française dans «Poésie en Français»)

by Jonas Exume
Fisherman of Hope, pa Jonas Exume
Aller au sommaire de ce numéro de Tanbou/Tambour, Été 2005

Page d’accueil  |   Sommaire de ce numéro  |   Contribution de Texte et de Courrier: Editeurs@tanbou.com