Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com



Anba bòt kwokodil (Chapit 4)

yon woman istorik fiktif de Patrick Sylvain

Aprè Meriken leve lank an 1934, Ezila marye ak Dèlfis. Yon nonm ki te ap file l depi lè li te jèn demwazèl. Yon nonm paran Ezila te refize paske li pa te gen grinbak. Ezila sonje trèbyen premye fwa Dèlfis te mande l renmen. Li sonje bèl mango ak kann anana byen sikre Dèlfis te konn pote pou li; li sonje pawòl siwolin Dèlfis te konn di l nan zòrèy li, e jiskaprezan, li toujou ka wè etensèl lanmou ki te konn sote ponpe nan fon je Dèlfis lè li te ap fè li lademann. Je Dèlfis te tankou yon lalin ki badijonnen ak zetwal tèlman lanmou te ap boujonnen nan fon kè l pou Ezila.

Pandan yo chita nan atelye an, yo tout rete an silans, istwa lavi ap kouri nan tèt Ezila tankou van k’ap pote touf nwaj tanpèt. Nan tèt chak moun, lavi ap fè laviwonn-dede. Paj ak chapit listwa ap feyite san rete. Pandan moman sa a, silans se te sèl wa. Aprè detwa minit, yon chen pran jape san rete. Menm moman an, Jozafa leve kanpe pou l gade dekiprevyen ki fè chen an pran jape konsa a.

– «Lamayòt k’ap sivage dèyè kay lan, bat zèl ou al fè yon lòt wout anvan nou dekanpe ou ak kout manch pilon.»

– «Jozafa,» Dèlfis tanmen, «Alè sa a, kijan ou fè panse gen lougawou k’ap vole?»

– «Mwen pa janm konnen chen te konn jape san rezon?»

– «Jozafa, si yon chen grangou l’ap jape, si l’ap fè move rèv li gen dwa jape.»

Apèn Dèlfis fin fèmen bouch li, Jozafa pran ri tankou yon moun y’ap satiyèt. Nan lespri Jozafa, lide pou yon chen ap reve a se yon lide ki rizib. Misye pa ka imajine yon chen k’ap fè move rèv. Kwak sa, ri Jozafa a te tèlman sansès, Dèlfis gade misye avèk degoutans.

Pandan tout pale anpil ak griyen dan k’ap fèt ant Dèlfis ak Jozafa a, Ezila rete byen trankil, l’ap kalkile, sèvo l ap fè replik ak tout kesyon imajinasyon l ap poze l; li lèse sèvo l demele li ak vizyon k’ap dewoule nan tèt li. Kwak Ezila chita nan atelye a, tèlman li te lwen, se kò l sèlman ki la. Li sanble yon moun k’ap naje nan lanmè refleksyon. Sanzatann, li briskeman retire kò l anndan kwoki sèvo l epi li mande Dèlfis:

– «Kite kantik pran priyè, Dèlfis. Èske ou sonje premye fwa nou te kòmanse koze? Premye fwa lè ou te vin fè m lademann, vin lage bèl ti pawòl wowoli nan zòrèy mwen. Èske ou sonje?»

Menm moman an, Jozafa sispann ri, trankilite retounen blayi nan atelye a. Dèlfis ki te lejèman etone, pran ekzamine bouch, nen ak je Ezila ki ret fikse nan direksyon l.

– «Zizi, aprè tout lane nou pase ansanm yo, poukisa se kounye a ou poze m kesyon sa a? Di m kisa k’ap domine ou?»

– «Papa, mwen kwè w’ap demake kesyon manman m lan. Poukisa ou pa reponn? Mwen ta renmen konnen bonjan pawòl womantik.»

– «Jozafa, tanpri, sispann fè rizib ak pawòl serye. Dayè, alaj ou ye la a, mwen pa kwè ou konnen kijan pou vrèman koze ak yon dam!»

– «Mwenmenm papa, mwen pa kwè genyen yon kòk ki konn beke mayi tankou m. Dayè, non sèlman mwen konn pale, men tou, mwen konnen kòman pou m trete medam yo avèk respè.»

Jozafa kanpe nan mitan sal la, li leve de pwent kole chemiz li, li touse manch ponyèt dwat li, li grate gòj li, epi li anvanse sou manman l, li di:

– «Bèl joumou mwen ta renmen genyen ou pou m fè yon bouyon. Ou sanble ou byen mi, ou jòn. Depi mwen gade ou, je m ak bouch mwen anvi lolo ou…»

Anvan menm Jozafa fin fè teyat li an devan manman l, papa l gentan fè misye degèpi l. Dèlfis leve kanpe, li gade Jozafa, li gade Ezila, epi li di:

– «Tèt mato vin pran leson; ou grizon anpil nan fason ou mande fi renmen. Si yon fi ta di m pitit gason m te pwopoze l nan fason ou sot montre nou la a, mwen t’ap di l se manti. Dayè, fi sa a sipoze ekspedye ou kòm gwayil. Vrèman, Jozafa, si ou pa kapab mande yon fi renmen, mwen pa wè ki jan ou pral fè pou aprann okenn metye. Epitou, se kounye a mwen wè rezon ki fè ou pa te kapab kenbe ak lekòl lan, ni fè yon bon kòdonye ak aprann ebenis. Se kounye a mwen wè rezon an…»

– «Papa,» Jozafa on ti jan jennen, li santi li oblije defann tèt li, «se pa kapab mwen pa kapab aprann lekòl, men se vle mwen pa vle tounen lekòl pou m aprann move koze misyonè ap mete nan tèt jenès lan pou nou sa rayi rasin ak zansèt nou yo. Bò isit, se kreyòl nou pale, e se li menm nou konprann; men, lè yon pwofesè kanpe devan yon klas epi l’ap voye fransè monte kòmsi nou tout se te yon bann ti fransè, enben papa gen yon pwoblèm nan sa. Anplis, yo vle pou m rayi kilti zansèt nou yo pou n adopte pa yo an. Poukisa yo pa vle respekte nou pou sa nou ye? Poukisa yo pa aprann kilti pa nou an? Poukisa yo pa chanje kilti pa yo an? Pouki se noumenm nèg ak nègèz ti zòrèy ki toujou ap soufri? Nan kondisyon sa a, mwen pito pa retounen lekòl. Franchman papa, m’ santi m dekouraje.»

Silans mòbid rerantre anndan atelye a: Dèlfis, Ezila ak Jozafa ret anplas, yo youn pa di anyen. Yo toulètwa sanble moun k’ap medite, k’ap fè yon vwayaj anndan konsyans yo pou yo wè si yo ka jwenn solisyon. Yo sanble moun ki rantre fon nan sèvo yo pou yo kapab netwaye tout panse bayawonn k’ap boujonnen. Kèk minit te gentan pase anvan Dèlfis te pwoche Jozafa avèk tandrès, li bat do l dousman tankou yon zanmi ki nan pwoblèm.

– «Fafa, mwen konnen m pikote ou; men, eseye konprann se ou ki sèl espwa nou e ou konnen edikasyon se yon bagay moun pa jwenn fasil, se sa ki fè anpil nan nou pa konn li ak ekri; mensi, sa pa vle di nou sòt pou sa. Nou konnen ou entelijan, nou konnen ou kapab bay bon randman, men se pè nou pè pou ou…»

Anvan pou Dèlfis ta ka fin pale ak Jozafa, Ezila leve kanpe avèk vanyans li, men dwat li sou ranch li, dwèt li lonje sou Dèlfis, epi l’ap sekwe endèks li tankou yon moun k’ap fè jijman.

– «Dèlfis, mwen pa konnen kote ou sòti aswè a, ou rantre nan kay la tankou yon chwal malen, ou pa janm di pèsonn kote ou sòti, nou pa konnen si ou te nan malè oubyen si se nan chat chawony ou sòti; kounye a gade ou, w’ap pran pòz kòk kreyòl ou la a, kòmsi se ou ki gen bon zepon pase tout kòk.»

Briskeman, Ezila pran ri tankou yon moun ki sonje yon blag li te tande lontan. Dèlfis ak Jozafa ret kanpe tou sezi, y’ap mande sa ki pase ki fè Ezila pran ri konsa a. Yo youn pa di anyen, paske se premye fwa yo wè Ezila aji konsa. Ezila kontinye ri, men tout tan pandan l’ap ri a, l’ap mamòte, pyès moun pa ka konprann mo kachotri l yo. Finalman, aprè detwa minit, Ezila sispann ri, li repran ton serye li te gen anvan an. Ni Dèlfis ni Jozafa, yo youn pa poze l okenn kesyon sou fason li sot enstale kò l nan brasay griyen dan li sot bay lan. Byen serye, Ezila repran konvèsasyon an.

– «Anvan m te kòmanse ri, mwen te poze yon kesyon ki poko jwenn repons. Pale m kare! Se demake w’ap demake m, oubyen se bliye ou bliye?»

Dèlfis grate mitan tèt li, epi li pwoche Ezila byen dousman :

– «Zizi, se pa vle mwen pa vle di ou, ni se pa demake m’ap demake ou; men, mwen santi m jennen pou m pale pawòl konsa devan Jozafa. Poukisa se kounye a ou poze m kesyon sa a?»

Ezila vire bay Dèlfis do epi li antrelase men l devan vant li, sèl pous yo ki rete lib. Byen dousman, pandan l’ap pale, manmzèl pran zongle pous yo youn ak lòt.

– «Dèlfis, pafwa m’ santi m poukont mwen, menmsi nou dòmi ansanm, nou viv ansanm, menmlè nou travay ansanm; mentou, mwen renmen tande lè ou di m pawòl dous. Franchman Dèlfis, mwen konnen ou pa renmen lè m’ap pale sou kozman ki pase deja; paske daprè ou menm, moun pa sipoze leve chat k’ap dòmi, moun pa sipoze detere zo ki fin antere; men gendelè, sa ki te pase pi rèd pase sa k’ap dewoule kounye a. Nou sètoblije detere move zo pou n’ gade pouki y’ap boulvèse n toujou.»

– «Zizi, mwen konprann, eskize m si m te ap fè rizib ak Jozafa, ou mèt pale kare m’ap tande ou.»

Anvan menm Ezila kontinye pale, de ran dlo file desann nan kwen je l. Dèlfis gentan wè ekzakteman sou ki pwen Ezila pral tonbe avè l, e li konnen koze sa a toujou mare trip Ezila, tèlman li mawonnen ak move kozman.

– «Tout sa mwen fè pou m bliye mwen pa kapab, tank mwen konbat se tank mwen sonje pi plis. Dèlfis, mwen konnen sa rèd pou ou tande m k’ap pale sou vi m ak yon lòt gason; men cheri franchman, sèjan an se tòtire l’ap tòtire sèvo m. Tout lè nou te ap viv ansanm li pa te janm te di m li renmen m, li pat janm montre m yon gout afeksyon. Mwen konnen ou pa tankou l, men pafwa mwen santi m poukont mwen. Se pa akize m’ap akize ou, ditou, se pa sa. Gendelè mwen ta renmen pou ou vlope m nan bra ou, pou ou dolote m, anbrase m, karese m, fè m santi m fanm, fè m santi m enpòtan. Vin jwenn ankò n’ap rantre nan laj. …Dèlfis, mwen konnen nan fon kè m pa gen yon gason mwen damou jan m damou ou lan, e pa gen yon gason ki gen konpreyansyon ou, ki janti, ki dous jan ou dous lan. Fanm nan peyi Ayiti se sibi y’ap sibi anba men gason. Yo pa gen dwa eksprime sa yo bezwen; men, avè ou Dèlfis mwen santi m egal ego. Se sa ki fè mwen damou ou jan mwen damou ou lan. Depi m konnen nou renmen, ou pa janm ensilte, maltrete, ni souflete m; franchman, mwenmenm ak Jozafa nou reyèlman gen chans pou n genyen ou kòm mari ak papa. Malerezman, lòt lan pa te kapab rekonèt sa, li te pito rantre nan lame. O Senyè! Gade jan mwen pa gen chans ak Kaki. Dèlfis, mwen konnen mwen pale anpil, men detanzantan mwen ta renmen pou ou grate tèt mwen, pase men ou nan kou m pou di m ou renmen m.»

Jozafa rete byen trankil, je misye tounen eponj k’ap absòbe emosyon ant manman l ak papa l ; se kòmsi, aprantisaj nonmte Jozafa te fèt la a nan atelye an. Ekspresyon figi misye pote mak reyalizasyon. Pandanstan, Dèlfis ki te deja gen Ezila nan bra li, met tèt li sou zepòl goch Ezila, li sentre men l nan ren Ezila epi li di nan yon ton byen dou:

– «Cheri, mwen renmen ou jouk mwen ta bay toude je nan tèt mwen yo pou ou. Ou pa bezwen pè, m’ap dòlote ou jouk mayi mi.»

—Patrick Sylvain
(li premye chapit woman sila a nan Achiv Tanbou)

Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com