Aller au sommaire de ce numéro de Tanbou/Tambour, Automne–Hiver 2011

Page d’accueil  |   Sommaire de ce numéro  |   Contribution de Texte et de Courrier: Editeurs@tanbou.com



Chatiman

—pa Patrick Sylvain

Ason Manbo —foto pa Patrick Sylvain, Ayiti, 2011
S

olèy la te fenk depase chaponèt chalè aprèmidi li, kote nan Pòtoprens moun blije mete chapo, tchap ak mouchwa pou evite bouldife sa a ki bay lavi, men tou ki ka kankannen potèt san pitye, kloure lamizè nan mwèl ki deja delala. Mwen te deja sot pase yon Nwèl blanch, yon Nwèl san myèl, yon Nwèl kote gèp chatiman te devore rèv mwen tèlman mwen te depann sou lespwa vandè-rèv ki eksplwate lamizè nègès nan yon bòl soupoudre, nan yon priz-tabak bonè, e menm yon laviwonn lanmou ki pote ou ale kote, avrèdi, nan bon moman lisidite ou, si lamizè pa t’ap pichkannen ou, dige ou pou chache wè wout lavi; yon bon grenn fanm pa t’ap janm livre l’ bay sanzave. Alò, men mwen ki chita sou yon galeri nan yon ti kay modèn ki fèt an beton, ki gen de chanm-a-kouche, salon ak salamanje, epi yon ti saldeben, menmsi dlo tiyo pa koule ladan l’ depi diktan, men ou jwenn ti bout privasyon ou. Mwen ka fè twalèt-de-ba m’ san ti vagabon pa al kache dèyè mi oubyen grenpe panno pou vin jofre. Anpasan, mwen rete nan mitan Bèlè. Bèl lè Bèlè adik-kadik depi lontan. Pa pito m’ ta rele l’ Lèbidon!

Chalè solèy la te rive jwenn nou jouk sou galri a. Mwen te chita ak yon moumou ble sou mwen. Mwen san soutyen epi m’ pase bout moumou an nan fant janm mwen pou m’ ka pi byen rafrechi kò m’ ; paske, pa gen yon pyebwa ki pou ta ban nou souf. Tèlman ti kay ak gwo kay fin anpile nan zòn lan. Mòso tòl, fil elektrik k’ap pran e bay priz kouran tounen filarenyen. Sakila ak Filomèn vin kenbe m’ konpayi anba bout galeri a, kote, sa sanble avanyè, nonm mwen an, Domenggo, te souflete m’ dèske mwen pa t’ prepare manje pou li avan li te pase wè m’ ; epi li te jwenn mwen ap pale ak de medam yo. Se kòmsi se te ayè tèlman frapman plamen l’, fòs pataswèl li yo toujou ap vonvonnen anba po machwè m’. Mentou, chans pou mwen, mwen te gen tout trannde m’, paske mwen te kole dan m’ sou lestomak li. M’ te bekle tankou yon towo bèf. Si se pa te pou medam yo ak pè-Leyo ki te rale m’ sot sou li, mwen t’ap dantle, wonje lestomak Domenggo tankou chemen rat. Tank li te ban m’ kalòt, se tank dan m’ t’ap rantre nan po kochon an, saltenbank lan ki te pran m’ kòm yon paswa, yon matla pou l’ vin kouche sou li chak de semèn.

Men mwen, a 23 zan (venntwazan) daj, yon pantouf ki fin devloupe nan pye m’, tèt mwen san penyen, mare ak yon mouchwa ble syèl epi menm vye moumou ble a ki toujou sou mwen. Mwen santi m’ lou — mwen santi m’ tankou yon chen malere fin kalonnen poutèt li pwoche yon asyèt manje ki fin dekrase — èske m’ se yon chyèn, sa fè katriyèm fwa Domenggo souflete m’? Men se premye fwa nou goumen ; se premye fwa mwen montre l’ longè repondong mwen. Mwen jèn, men boukliye mizè fè m’ privatize sèks mwen, fè m’ tounen yon jenès ke yon nonm marye abòne sou fòm lougal lanmou.

Men mwen, a venntwazan daj, kontantman m’ ak lavni m’ depann sou gazon. Fèt Nwèl mwen gètapan nan mizèrere lavi paske mwen te di sètase a souflèt, a tabòk nan men yon nonm ki madanm k’ap bere pen l’ nan chanmòt, yon nonm ki ta ka papa m’. Premye pitit gason li an gen venndezan, dezyèm la gen ventan e dènye a gen dizuit. Domenggo di m’ li gen twa pitit, twa gason, men tout lide m’ li gen plis. Dayè, yon machann zaboka te di m’ pou fè atansyon ak mesye sa a paske li gen yon pitit fi ki anbazaj. Sispisyon m’ ak pawòl machann lan te vin byen ranfòse lè mwen te wè yon sachè ranpli ak rad nèf pou yon fiyèt ; men, mwen pa janm te di l’ anyen ditou. Nan sitiyasyon pyese-kole mwen ye la a ak mouche marye a, pa gen anyen mwen pral gen diplis nan fè jalouzi rabi. Petèt, se pa mwenmenm sèlman li genyen kòm fanm sou kote, kòm yon boubout abòne. A karantsetan daj, li depase laj ideyal mwen pou m’ ta pran yon gason ; men, lamizè pistole bonèt lamoral depi dikdantan.

—Patrick Sylvain

Aller au sommaire de ce numéro de Tanbou/Tambour, Automne–Hiver 2011

Page d’accueil  |   Sommaire de ce numéro  |   Contribution de Texte et de Courrier: Editeurs@tanbou.com