Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com



An memwa viktim tranblemanntè ann Ayiti yo

Yon pwojè Asanble Atis Ayisyen nan Masachisèt an kolaborasyon avèk lòt zanmi Ayiti. (Penti yo ap disponib pou achte e resèt yo pral jwenn atis nan Jakmèl yo. Kontakte gbspa.homestead.com.)

«Untitled» pa Patrick Vernet, luil sou twal, 20x24, 2011.

«Untitled» pa Patrick Vernet, luil sou twal, 20x24, 2011.

Nesans anti-esklavaj Ayiti nan mitan yon pakèt peyi ki te gen esklav, ansanm ak pwisans kolonyal ki t’ap pran ekspansyon, te rann lit Ayiti pou otodetèminasyon difisil depi kòmansman l. Sepandan Ayiti vin tounen senbòl pou volonte ak libète nwa nan disnevyèm syèk la, e depi lè sa a, li jwi de enpati (senpati pwofon) ak lanmou de tout nan nou ki renmen libète ak jistis, malgre tout chay defi politik e ekonomik yo.

Diran tout istwa li, de fòs Ayiti yo ede l kenbe fèm e renouvle vizyon potansyèl li. Fòs sa yo se imajinasyon ak rezistans. Pandan sèt dekad, imajinasyon ak rezistans jwenn yon ekspresyon pwofon nan atizay vizyèl ayisyen yo. Atis Ayiti yo, avèk konbinezon aspè sireyalism ak reyalism «majik» pou kreye estil vizyonè chaje ak penetrasyon naratif ki karakteristikman pwòp pa yo, vin genyen yon plas apa nan modènism ventyèm syèk la.

Ann Ayiti, kominote vivas atis vizyèl pa pran tan pou fòme, yo travay sou miray ak penti sou chevalè ansanm ak tradisyon dekoratif espesyalize ki asosye avèk bezwen rityèl vodou yo. Eskiltè motif relyèf ki travay prensipalman ak asye e fè devlope yon pwodiksyon paralèl. Etandone dinamik li, atizay ayisyen devlope nan nouvo direksyon ki kouvri anpil sant rejyonal oubyen lekòl. Sant sa yo regwoupe ekspresyon imajinatif lokal yo avèk enfliyans ki soti nan dyaspora ayisyen ansanm ak lòt mouvman akademik e entènasyonal. Jakmèl, yon vil ki bay sou lanmè, se youn nan sant sa yo ki distenge akòz de anpil atis li genyen. Inisyativ sila a konsantre l sou bezwen l.

Yon enterè ki pa janm chanje nan atizay ayisyen se fasinasyon pou narasyon. Efektivman, narasyon oubyen tire-kont se yon bagay ki pèsistan nan atizay ayisyen kèlkeswa kalite estil travay la. Nan yon tèl kontèks, li pa siprenan ke Gran Tranblemanntè 2010 la vin tounen sijè pou yon nouvo mas travay ki ofri yon fason pou simonte doulè emosyonèl ak troma kokennchenn evenman sa a te koze. Atizay kenbe e kontwole memwa tranblemanntè a. Menmlèa tou, atizay se yon testaman pou pwisans imajinasyon ansanm ak fòs lespwa. Li dekri renesans e rebatisman ansanm ak volonte pou viv endestriktib pèp ayisyen an malgre tout advèsite li rankontre. Atizay konfime vitalite lespri pèp ayisyen an lè l’ap konfwonte kalamite. Abilite sila a pou fè fas a demen e pou nouri lespwa parèt klè nan koulè ak nan vivasite atizay Jakmèl la, paske kalite sa yo parèt menm kote ou ta ka espere wè koulè gri pousyè ak koulè sanglan sonb etandone trajedi objektif tranblemanntè a. Menmlè dezespwa ekzistansyèl pa totalman absan, li pa ton predominan de yon atizay ki gen yon estoyisism pozitif ki anime l. Atizay la afime volonte pou ale delavan, jou pa jou pandan rebatisman ap kontinye. Li reflekte finalman non pa reziyasyon, men de preferans fèmte despri. Atizay la dokimante demolisyon vil la ak kanpay la tankou yon fè listwa, men motè li ranfòse pa yon lafwa djanm ke yon fiti ka bati tanke moun ap pouse pou pi devan. Fondasyon kwayans sila a se pa yon optimism tètvire, men de preferans yon eksperyans istorik pèp ayisyen posede e apati de li yo tire fòs pou yo toujou ap imajine yon demen meyè.

—Edmund Barry Gaither Konsèvatè, Mize Sant Nasyonal Atis Afro-Ameriken
(Tradui de anglè pa Tontongi, 11 janvye 2011)

Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com