Aller au sommaire de ce numéro de Tanbou/Tambour, Hiver 2008

Page d’accueil  |   Sommaire de ce numéro  |   Contribution de Texte et de Courrier: Editeurs@tanbou.com



Viv Ayiti lib e endepandan

—pa Doumafis

Entwodiksyon

«O
L’Ange de la Libération, aluminium, verre, fer, miroir —par Lionel Saint-Éloi. Tirée du livre Haïti au toit de la Grande Arche, 1998.

un rezime istwa alavitvit montre Grèk yo, ki pat reyisi fè inyon sou tè yo tap viv la, bay mond lan oun kilti pèp; tandiske Ayisyen yo, ki te reyisi fè inyon, bay mond lan oun kilti nasyon» (Jacques Stephen Alexis, 1956). Daprè nou, se reyèl sosyal nasyon an nou dwe etidye e pratike kèlkilanswa nan pwodiksyon, lwa, medsin, elatriye. Poutètsa nou redije refleksyon tou kout sou konjonkti ann Ayiti a pou nou ankouraje deba pami rezo kreyolis yo, epitou blayi lespwa Ayisyen anndan e dewò ap reyisi bay karakteristik mond lan Lespri 1803 pote kò jiridik nan nouvo Konstitisyon an.

Anvan nou kòmanse pèmèt nou oun tidetou pou nou di diran Konferans Karayib an Jen 2007 nan Washington, DC nou te sezi moman gade Rene G. Preval, prezidan Repiblik Ayiti, nan je e nou wè fon kè li. Preval se oun nonm senp ki ta renmen pou jistis e entegrite blayi ann Ayiti, e «Rejyon bò Gòlf Meksik e Lanmè Karayib, yon vrè «Nouvo Mediterane» (Alexis, 1956).

Desalin e Preval

San dout Preval se prezidan majorite mas Ayisyen an pi pa konprann. Pa egzanp, popilasyon an twipe «Gade m nan je map gade w nan je.» Sepandan, pwen Preval fè ki pase pi inapèsi san sipò majorite mas Ayisyen se deklarasyon: «Tit pwoprietè ap pèmèt devlopman piske mèt tè ap kapab prete lajan.» Pwopozisyon an se oun premye etap ann akò ak fòmil «Libète Ekonomik» Anperè Jak 1e te atikile: «Kouman fè depi nou fini chase kolonis yo, milat yo reklame tè a nan non papa yo? Kidonk, zòt papa yo ki ann Afrik pap genyen tè. Pinga! Mwen konte separe tè a ak entegrite.» Anplis se faktè ’Tit Tè» ekonomis Hernandez de Soto ap pwone a (Jeffrey Sachs, 2005). Nou pa konnen pou lòt peyi, men kanta pou Ayiti sistèm rantye fewodal la retade devlopman Ayiti.

Nap souliyen prensip jistis e entegrite se baz pou tabli ekilib pami Ayisyen; ki vle di, nesesite libète e endepandans mele ak Konstitisyon. Dayè, li enpòtan pou n adopte nouvo lwa konsistan ak vize Karikòm pou yon Mache Komen e Ekonomik nan lane 2008. Nesisite mach aswiv dwe anpeche gouvènman ayisyen an fè otreman. Pawòl lagè Monseyè Poulard pa dwe souke Ekzekitif la ki pataje pouvwa souveren ak Palman an. Dayè, wòl apòt mondyalizasyon bay Legliz se sèlman fè pòv lacharite. Kanta pou misyon «sove lavi», nou kwè Legliz pifò nan sipòte vyolans sou moun pa filyè rezonnman «lagè jis».

Tandiske gran tole leve kont konklizyon Preval tire apre yon gwoup ekspè te evalye rezilta 20 an Konstitisyon 1987 1; ki se, «Konstitisyon se sous enstabilite.» Libète twò sakre pou nou vle mete baboukèt nan bouch moun, sepandan nap pwopoze se byolojis ki dwe prese prese estatitye sou mank ekilib ant moun ak moun e moun ak anvironman nan Kominote Ayisyen.

Toudabò ki sa oun Konstitisyon ye? Pou byen reponn kesyon an nap konpare Konstitisyon an a bati kay. «Tout moun dakò pou bati oun kay fòk li nivle, kare, epitou li bezwen siman pou kenbe blòk yo. Menmjan ak bati kay, Konstitisyon kenbe estabilite pami gwoup moun kap viv nan oun menm areya» (Sellassie I, 1997). Odela tout emosyon, konklizyon ekspè yo tire a merite analize. Kidonk, Legliz Ayiti dwe remete pòt li nan gon e «Zanmi Napoleon» dwe mete ba lèzam. San dout koutye kapitalis ki toujou ap foubi zam yo se sèl sektè ki konstitye yon menas pou Leta-Nasyon ayisyen.

Fè enpòtan nou note nan remak Preval diran komemorasyon Lavi e Karaktè Anperè Jak 1e a se presyon eleksyon egzije lajan, sekirite, elatriye. Preval kontinye pou li mande èske nap mande Misyon Estabilite Nasyonzini ann Ayiti (MINUSTAH) asire sekirite chak fwa gen eleksyon? Kidonk, Preval ak ekspè ki pase anrevi peryòd demokratik la note eleksyon pa pote avantaj pou Ayiti.

San dout avantaj eleksyon se endepandans Ayiti; ki vle di, endepandans siprèm a kerèl elektoral, goumen pou pouvwa, elatriye. «Endepandans osnon Lanmò», olye «Inyon Fè Fòs» deviz Alexandre Petion te fè mete sou drapo apre asasina Anperè Jak 1e, se yon aspè kalite mond lan Lespri 1803 pote. Endepandans se karakteristik lòt pèp imite, kopye. «Endepandans osnon Lanmò», olye «Inyon Fè Fòs,» se sèman ofisyèl zansèt yo te jire epi lòt pèp swiv.

Preval pat ka pale pi klè sou malè ki pandye sou tèt Ayisyen. An jeneral, nou dwe dakò ak konklizyon: «Ayisyen devye de objektif orijinal la.» Odela kou deta, rezilta Repiblik ki te vini tabli se:

  1. Ayiti fann an twa;
  2. Ayiti dwe Frans ak Etazini;
  3. Leta fè fayit finansye;
  4. Ayiti peyi pipòv;
  5. Ayiti vini egzanp lòt peyi pa dwe swiv.

Anfen, fòk li klè pou tout moun se pa Endepandans ki mete Ayisyen anreta, men se Lespri Lwa 1791 pwiske nou pase de peyi eklere ki trase chimen a peyi kap swiv. Kidonk, pou Preval, Moïse elatriye, se kerèl elektoral, goumen pou pouvwa ki akouche MINUSTAH, yon lòt afwon a endepandans Ayiti.

Preval, Moïse elatriye gen rezon lonje dwèt sou sous enstabilite ann Ayiti, e fòk majorite mas Ayisyen an mete kè li bò rezon sèten. Nou pral esplike toutalè.

Ale nan Kominote Ayisyen

Premye gade-nan-je montre jefò pou mete fen a enstabilite ki rwine finans e koze destriksyon anviwònman peyi Dayiti pa zafè ajan chanjman ki pa gen kè pwiske premye a branche dirèkteman sou Enstitisyon Finans Entènasyonal (EFE) metwopòl ewopeyen yo kontwole; e dezyèm lan lye ak mòd osnon règ pwodiksyon ki fè Ayiti yon rezèvwa travayè bon mache. Atò dezyèm sous enstabilite a nou pwopoze nan paragrap la vini devlope prensip separasyon pouvwa, tyèk e balans, ki konstitye diferan branch pouvwa repibliken ekzekitif, palman e jistis. Kidonk, prensip ki pran kò jiridik nan Konstitisyon 1806 la vini kreye yon dezekilib, oparavan pasyèl, ki pat jeneral. Dezekilib sila a, nap pwopoze, te debouche nan alyenasyon pa enpozisyon kilti twa pousan Ayisyen te resevwa edikasyon elitis nan men Frè Enstitisyon Kretyen.

Jodia, mwayen pou mete fen a dezekilib kòmanse pa «Ranvèsman langaj; ki vle di, pale lang ki makònen ak pratik majorite mas Ayisyen, epi kontinye ale nan kominote a» (Maximilien Laroche, 1981). E bay kominote a lwa ki apwopriye li bezwen. Menmjan sa te fè nan Konstitisyon 1805 lan.

Odela tout pwomès, chantay, manipilasyon diplomat, ofisyèl, ajan gouvènman peyi Ewopeyen, nou andwa chwazi, fè chwa valè entrensèk olye inivèsèl kap pouse nou konpare Ayisyen a Ewopeyen. Tandiske Ewopeyen ap rann Ayisyen sansouf ak bèl pawòl inivèsèl, kondisyon majorite mas la ap viv ap kontinye, ki se: esklizyon, eksplwatasyon, dominasyon, elatriye. Denye prensip entegrite politik, souverènte teritoryal, e jistis pou majorite mas la dwa gen rezon.

Nap pwente Ayisyen se yon Non istorik, ki fèt nan sikonstans total, e non patikilye jan François Duvalier e Lorimer Denis tap pwone a2, lit klas esklav kont mèt. Se paske zansèt yo te rive fè 18 Novanm 1803 nou kapab rele tèt nou Ayisyen. Anvan jou sila a menmsi zile a te rele Ayiti, popilasyon natifnatal la se te Tayino e Arawak e yo te pale lang Chemès; ki vle di, jan w wèl la se nan lit Ayisyen ekziste. Pèsonaj e fè Revolisyon 1791 lan ban nou dwa e devwa propoze Revolisyon 1791, osnon toubiyon Afriken lib, pote yon tewori e pratik3. Ou wè pou Ayisyen kontinye fè chimen li nan mond lan li pa gen chwa eksepte li viv selon tewori e pratik listwa e kolektivite a pase ba li.

Lektè atantif andwa panse li kòrèk pou montre nou debouche a sa ki parèt tankou paradòks pwiske nou te di oun Ayisyen andwa chwazi. Sepandan, nou pa gen dout kontradiksyon an se chwa lanmò san w pa angaje nan lit pou chanje lavi w. Lè sa a wap vini yon zonbi, yon kretyenvivan ki pa sipòte endepandans Ayiti e libète Ayisyen, epi ki aksepte viv nan sosyete Ewopeyen fasonnen pou Ayisyen, e travay nan mòd pwodiksyon yo enpoze a kòmsi Ayiti pa gen resous.4 Sitiyasyon sa a se «Mawonaj.» Èske li klè?

San dout se «rezon sèten» ki te kondwi foul ki te fè yo masakre yo pandan yo tap mache opa «Grenadye alaso sa ki mouri zafè a yo, nanpwen manman, nanpwen papa», rive jouk 18 novanm 1803, jou zansèt yo rete mèt tè Ayiti.

Dezyèm gade-nan-je montre «Desandans pa konfere avantaj» (Dawkins, 1976) pito se kominote ki seleksyone moun, pou pi egzak nesesite konnen milye wap viv la anpeche w aji otreman epitou fòk gen kad ki asime responsablite pou aprann w kouman w viv. Kouman w viv depann de kominote a, e lit wap mennen kont gwoup sosyal, klas minorite e lòt fòs ki kont ou. Pa egzanp, gen plizyè lane Fanon ekri: «W andwa fèmen nan kò kadav epi w pou lòt kichòy», tankou lespri. Chanjman kalitatif san lapewèz se pratik Afriken pase bay Ayisyen. Se Moreau De St Mery, yon kolon ki tap viv nan Sen Domeng, ki batize Dinamis Afriken an vodou; e apre, tout Ayisyen aksepte itilize mo vodou a.

Se senp, wap senpleman pase de nivo elemantè, rityèl, tire kont, elatriye, a estil atizay plastik Lespri 1803 pote. Jefò pou rive nan tewori konplè sila a egzije amelyorasyon eritaj istorik e tradisyon pa Lekòl Ayisyen. Etid di: «Dèke w pran sans lavi, kò w vini objektif e li fè kò ak objektif reyalite a. Esplikasyon sila a, ki se, entèkoneksyon lespri e kò osnon etènèl e kadav, ale nan fon siyifikasyon kreyativite. Kidonk, objektif ou se objektif reyèl, sosyal peyi w. «Kreyatè se moun kap viv, Ginenvivan, selon konesans pozitif mond lan; Ginenvivan kap fè sèlman sa tout moun kapab fè» (Alexis, 1956). Pou nou se sèl Konpè Jeneral Sole Alexis ki defini linivè.

Nou kontan wè jefò pou aplike tewori sosyal: «Pou tabli ekilib nan kominote Ayisyen jistis dwe ranplase mal» (Carruthers, 1985). Si non se kriminèl kap kontinye mennen menmjan nou wè sa konn abitye fèt.

Zansèt yo te kriye «Vanjans», jodiya Ayisyen dwe mande «Jistis ranplase mal». Zansèt yo te apreyande «Panse Pike-Douvan», jodiya Ayisyen dwe pwatike «Panse Pike-Douvan» kap vini objektif orijinal pou yon pi egzak reyèl objektif pou Ayisyen.

Sepandan, leson bioloji aprann nou: «Andwa gen yon gwoup ki ale alanvè presyon seleksyon» e pou yon tan yo gen avantaj epi pèp la swiv lanvè, depale vini vilgarize, alyenasyon layite pami mas majorite epi lanvè vini total. Èske se pa sitiyasyon Ayisyen? Keksyon an poze.

Sa ki esansyèl se pou majorite mas ayisyen an aji selon demand sosyal «Jistis ranplase mal» la. Se wout presyon pou jistis pou majorite mas ayisyen pran olye presyon po lanvè. Pou pi egzak, se presyon premye Nasyon Pos-Kolonyal pou majorite mas ayisyen pran olye presyon Demokrasi, Premye Repiblik Nwa, e lòt pawòl douvan dèyè ki fè Ayisyen mache tèt anba.

Pinga! Repiblik osnon Pouvwa Nwa otoritè, ekstèminatè Duvalier, Denis elatriye tap aplike a pa otantik. Dayè kou Dumezil Hurbon di: «Nosyon fòs yo te di ki chapant konsepsyon linivè moun Afrik se mantò.» Depreferans se pou Ayisyen swiv fanm ak gason Vètyè jouk nou rive retabli ekilib ant noumenm e peyi nou. Keksyon ki jan Ayisyen ap fè viv san Ewòpeyen initil. Gade! Diran plis pase karant lane Kiba reyisi viv san yo.

Analiz final

Kounyeya, Ayisyen nan mizè men kondisyon nou pa definitif. Se pou Ayisyen sezi «evolisyon ki pa chanjman yo rele revolisyon» an (Edouard Glissant, 1981); avantaj seleksyon ki pwouve sou chan batay. Konesans pozitif mond lan mele nan zaksyon pou enfliyanse e chanje kondisyon se verite pi konkrè. >Pa egzanp, risk zansèt Afriken yo te oze pran pou yo te freye chimen deyò mond Ewopeyen te mennen yo; yo te sètoblije «brave lanmò» pou remete vyolans nan sèk li. Lespri 1803 dwe pran kò jiridik nan nouvo Konstitisyon pou Ayiti pi gran.

Ayisyen wè klè; pwoteksyon nou se bravou fas a danje natirèl osnon lòm, e «pi gran kapasite plastik5 nou se tabli ekilib pami nou, e nan milye nou pou nou fè fas osnon tyeke fòs ki kapab detwi nou» (Jean Price-Mars, 1998). An konklizyon, ekilib sosyal se fonksyon lwa fondamantal Nasyon Ayiti. Nap di bravo san rezèv a Preval, Moïse elatriye ki pwente direksyon pou majorite mas ayisyen an ann Ayiti e nan Dyaspora.

—Doumafis (otè a se manm Près Kolektif Trileng, Rezo Kiltirèl Tanbou, Asanble Atis Ayisyen nan Massachusetts, Rezo Kreyolis Ayisyen, Asosyasyon Etid Ayisyen, & Pèspektif Pàn-Afrikanis, 2007)

Nòt

1 Dirije pa Claude Moïse, otè Repenser Haïti.

2 Lorimer Denis e Francois Duvalier Le Noirisme oun derive de Mouvman Endijenis.

3 Praksis se tèm syantifik la.

4 Selon teworisyen Ewopeyen sèl resous Ayiti se mendèv bon mache.

5 Abilite pou chanje fenotip pou jere chanjman anviwonman.

Bibliografi

Alexis. J.S., Compère Général Soleil. Gallimard, Paris, France, 1955.

Aristide, J.B., In the Parish of the Poor. Maryknoll. New York, NY 1987.

Beard. J., Toussaint Louverture: A Biography and Autobiograhy, Ayer Company, Publishers, Inc. Salem, NH, 1991.

Bohm, D., Unfolding Meaning. Routlege, London, England, 1985.

Carruthers, J., The irritated Genie. The Kemetic Institute. Chicago, Il, 1985.

Césaire, A., Cahier du retour au pays natal, Présence Africaine. Paris, France, 1983.

CRESFED, Présence de Jacques Stephen Alexis, CRESFED, Port-au-Prince, Haïti, 1956.

Dawkins, R., The Selfish Gene, Oxford University Press, New, NY 1976.

Diop, C.A., The African Origin of Civilization, Lawrence Hill Books. Chicago, IL, 1974.

Fanon. F., Black Skin White Masks, Grove Press. New York, NY, 1988.

Carolyn, F., The Making of Haiti, The University of Tennessee Press, Knoxville, TN, 1990.

Firmin, A., The Equality of the Races, Garland Publishing, New York, NY, 2000.

Fouchard, J., Les marrons de la liberté. Henry Deschamps, Port-au-Prince, Haïti, 1988.

Gates, H.L., The Signifying Monkey, Oxford, University Press. London, England, 1988.

Glissant, E., Le Discours antillais, Éditions du Seuil. Paris, France, 1981.

Hegel, G.W.F., Introduction to the Lectures on the History of Philosophy, Oxford University Press, London, England, 2003.

Heisenberg, W., Physics and Philosophy, Prometheus Books. Amherst, NY, 1999.

Hurbon, L., Dieu dans le vaudou haïtien, Éditions Deschamps. Port-au-Prince, Haïti, 1987.

James, C.L.R., The Black Jacobins, Vintage Books Edition, New York, NY, 1989.

Laroche, M., La littérature haïtienne, Éditions Lemeac. Ottawa, Canada, 1981.

Moïse, C., Ollivier, E., Repenser Haïti, CIDIHCA, Montréal, Québec, 1992.

Madiou, T., Histoire d’Haïti, Tome III, 1803-1807, Henri Deschamps. Port-au-Prince, Haïti, 1989.

Mars, J.P., Ainsi par la L’Oncle. Imprimeur 11. Port-au-Prince, Haïti, 1928.

Marx, K., Capital A new abridgement, Oxford University Press. Oxford, London, England, 1999.

Nerestant, M., Anthropologie et sociologie à l’usage des jeunes chercheurs, Éditions Karthala, Paris, France, 1997.

Nicholls, D., From Dessalines to Duvalier, Cambridge University Press. New Brunswick, NJ, 1979.

Roumain, J., Gouverneurs de la rosée, Éditions Fardin. Port-au-Prince, Haïti, 1975.

Sachs, J., The End of Poverty, Penguins Books. London, England, 2005.

Sagan, C., Cosmos, The Random House Publishing Group, New York, NY, 1980.

Selassie I, H. My life and Ethiopia’s Progress, Oxford University Press. London, England, 1976.

Senghor, L. S., Anthologie de la nouvelle poésie nègre et malgache, Presses Universitaires de France. Paris, France, 1948.

Vernet, P., Techniques d’écriture du créole haïtien, Le Natal, Port-au-Prince, Haïti, 1980.

Aller au sommaire de ce numéro de Tanbou/Tambour, automne 2008

Page d’accueil  |   Sommaire de ce numéro  |   Contribution de Texte et de Courrier: Editeurs@tanbou.com