Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com



Ti-moso souvnans ak obsèvans sou Kolòk entènasyonal
«Panse avèk Jak Roumen jounen jodia»

—pa Tontongi

Ti-Jean Lacroix, sculpture en fer-blanc —par Fontenelle Pointjour, 1995

Ane 2007 la fè san zane depi nesans Jak Roumen (Jacques Roumain) jou 4 jen 1907. Pandan tout ane a te gen anpil rankont, konferans, kolòk, atik jounal, emisyon radyo ak televevizyon elatriye ki te konsakre pou selebre memwa kokennchenn gason sila a. Roumen te gen sèlman 37 tan lè li te ale nan peyi san chapo jounen 18 dawout 1944, doktè di se siwoz fwa ki te lakoz. Menmsi l mouri nan flèdaj li, misye kite yon gran zèv pwetik, romansye e antropolojik ki boulvèse tan li e ki kontinye ap enfliyanse moun jouk jounen jodia.

Se nan kad selebrasyon sa yo Inivèsite Deta Dayiti te òganize yon gran kolòk entènasyonal de 28 novanm ak 9 desanm 2007 sou tèm «Panse avèk Jak Roumen jounen jodia». Te gen 46 envite-patisipan ki te sot nan plizyè peyi (Lafrans, Kiba, Kanada, Etazini, Repiblik Dominikèn, Bèljik, Ayiti) e prezantasyon yo te touche plizyè sou-tèm [tcheke gran pwen pwogram lan ki ajoute anba tèks sa a menmsi te gen chanjman ki te fèt ladann l]. Te gen chita-tende (tables rondes) ki te fèt nan nèf vil pwovens (Sen-Mak, Okap, Ench, Fò-Libète, Gonayiv, Okay, Vèrèt, Machan-Desalin e Jakmèl), de premye a 9 desanm 2007.

Sa te fè plezi pou wè asanblay kantite diferan tip pèsonalite ayisyen ak etranje sila yo ki te vin komemore yon menm senbòl, pou pote respè bay yon menm ekriven, menmlè senbòl la ak endividi a te siyifi diferan bagay pou chak grenn nan yo. Ojis, kou mwen di kèk patisipan kolòk la, paske Roumen pa la pou l defann tèt li, tout moun di sa yo vle sou li; koumanse avèk mwenmenm ki panse li tap ekri tou an kreyòl sil te viv pi lontan (se tit ak sibstans prezantasyon m lan). Mwen sonje reyaksyon dyektè Enstiti Franse a Paul-Elie Lévy ki te kowòdinatè yon panèl ki te gen Jacques Hirschman, Franck Laraque, Jean Michael Dash ak mwenmenm ladann l. Lè Frank Laraque ak mwen adrese piblik la alafwa an franse e an kreyòl, yon piblik ki konpoze de Ayisyen, e lè kèk manm piblik la reponn an kreyòl, Lévy di: «Tout moun gen dwa pale kreyòl si yo vle menmsi se nan Enstiti Franse a nou ye!» Piblik la te tonbe ri. Dashl panse Roumen tap vin «evolye» sil te viv pi lontan. Laraque reponn li si Roumen tap evolye li pa tap evolye «nan sans kapitalis» men nan sans plis jistis sosyal, nan sans pou konbat kont globalism ak neo-kolonyalism yo.

Jack Hirschmann, yon powèt etazinyen, te fè vwayaj la de Sann Fransisko; li li tradiksyon powèm Roumen ak Pòl Larak li fè ann angle (mwen li vèsyon kreyòl ak franse yo). Lè l te etidyan nan Inivèsite nan Kalifòni, yo ekspilse pou aktivite anti-lagè Vyetnam la. Nan ane swasanndis yo Hirschmann te manm fondatè «Brigad Jak Roumen», yon gwoup politiko-literè entelektyèl etazinyen ak Ayisyen te met sou pye pou alafwa selebre travay Jak Roumen e kontinye lit pou chanjman li tap mennen a. Misye te kontan li te gen chans vin ann Ayiti; plizyè fwa anvan l al nan reyinyon plenyè kolòk la, li kouri al zòn lavil la pou lal wè «vrè Ayiti e vrè pèp la». Nan prezantasyon piblik li fè yo li di li pote solidarite pèp etazinyen an bay pèp ayisyen an, yon pèp etazinyen gwo kòporasyon yo ak dirijan defandè predatè yo ap toupizi. Li repete solidarite l ak remèsiman l nan seremoni vodou a kote asistans la te byen reponn a li. Nan yon powèm li ekri apre kolòk la men ki te enspire pa li, li di: «Mwen te la e mwen te wè l. Ankenn moun pap ka soti kite l san yon santiman dwe gen yon revolisyon ann Ayiti.»

Malgre yon pakèt prezantasyon ki ta vle montre Roumen kou senpleman yon «jeni literè», anpil lòt te chita sou kontribisyon li nan lit kont okipasyon meriken an e nan fondasyon Pati kominis la avèk objektif pou chanje estrikti sosyal ak politik peyi a, nan sans revolisyonè, nan sans defans enterè pèp, peyizan, ouvriye ak tout pòv yo klas dominan yo ap domine e eksplwate depi 1806. Yon lòt keksyon ki te repete anpil nan mitan kolòk la se sa Roumen tap fè oubyen prekonize sil tap viv jounen jodia. Gen anpil moun ki di li tap denonse okipasyon meriken-onizyen ak sistèm globalizasyon kapitalis la e milite pou yon gouvènman ki tabli jistis sosyal, edikasyon pou tout moun, manje, kay pou rete e lasante pou tout moun.

Gen yon prezantatè ki te siyale kouraj (ak odas) misye te montre lè li te fonde Pati kominis ayisyen a laj 27 tan, ki te fè li pi jèn fondatè Pati kominis nan lemond. Apre Janjak Desalin, Jisten Lerison, Antenò Fimen, esè politik li yo se posib ka pi gran analiz politik ki fèt sou Ayiti e sou kouman ak ki sa pou ouvriye ak peyizan yo fè, ki sa pou oprime yo fè pou yo kase chenn eksplwatasyon an e libere tèt yo. Nan Gouvènè lawouze douvanjou (pou reprann tit Clothaire Saint-Natus bay yon tradiksyon kreyòl Gouverneurs de la rosée li fèk sòti), Roumen montre kouman solidarite ak zaksyon koumbit ka pote laviktwa sou magouyay gwo zotobre ak malfreze yo. Powèm li yo denonse rasism ak opresyon peyi kolonyalis yo ak klas dominan peyi pòv yo ap fè pèp yo sibi; yo siyale oryantasyon yon literati angaje anvan menm Jean-Paul Sartre vin pale sou sa nan Qu’est-ce que la littérature? (menmsi Sartre fè erè li pa konsidere pwezi tou ka angaje, kouwè Pablo Neruda vin montre ansanm avèk tout tradisyon pwetik ayisyen an).

Zèv antropolojik Roumen yo te pliske etnografi yon relijyon, men pito afimasyon yon idantite; e defans li kont kriminilizasyon alterite (sa yon lòt moun ye) Legliz Katolik te lanse lè l tap pèsekite relijyon vodou a, te siyale respè pou dwa yon pèp genyen pou l kwè nan relijyon li vle e pou l pratike kilti li ak fason li viv lavi li selon jan li vle. Nan pèsekisyon kilti vodou a Roumen wè lapat yon kolonyalism kiltirèl anvan menm konsèp la vin fòmile pa Claude Levi-Strauss ak Frantz Fanon.

An rezime, lavi ak zèv Jak Roumen se siyalizasyon yon pakèt opsyon oubyen posibilite. Nan fondasyon Pati kominis la, li siyale opsyon/posibilite revolisyon politik nan ranvèsman rapò de fòs ant klas ak fòs politik an konfli yo. Nan Gouverneurs de la rosée, li siyale non sèlman yon lòt mwayen pou rezoud konfli entè-klas yo, men l bay tou ekleraj sou kouman pou afronte advèsite natirèl yo ansanm ak mistifikasyon kiltirèl e entèlektyèl yo. Li montre tou, sou yon plan pèsonèl, kouraj devan yon anvironnman politik e epistemik ki te opresan e totalitè, kote ou te ka kondane nan prizon oubyen nan malsite e pafwa menm nan lanmò pou sa ou te kwè, pou ideyal ou tap pouswiv.

Lavi Jak Roumen pèsonifye makonnaj ak tansyon ki genyen ant divès eleman ki fòme vi li: manm klas dominan privilejye milat la, men patriyòt kap goumen kont okipasyon meriken an, teorisyen yon revolisyon sosyalis, gran ekriven de renon e defandè koz ouvriye ak peyizan oprime yo. Li pase anpil tan nan sèk entèlektyèl ann Ewòp yo (Bèljik, Lafrans, Espayn, Lasuis, Lalmay, elatriye), men l rete lye ak anpil entèlektyèl nan Amerik latin e Etazini. Li pa sèlman defann vodou kont jenosid kiltirèl, li fonde yon Biwo etnoloji pou prezève patrimwàn li. Akoz de pozisyon politik li, grann boujwazi ayisyen an te wè nan misye alafwa yon danje e yon anmèdeman e yo pat nan ankenn chire pit avè l. Men li te gen tou sipòtè, menm nan gouvènman Vincent ak Lescot yo, ki te la pou pote l sekou chak fwa yo kapab. Konpozisyon divèsite moun ki te patisipe nan kolòk la te fè repondonng ak varyete richès kiltirèl e solidarite entè-pèp lavi Roumen limenm te pote temwayaj.

Genyen anpil siyifyan (siy ki gen sans enpòtan) ak souvenans espesyal mwen tire de rankont lan. Tou dabò se chalè imen ak jantiyès òganizatè yo ansanm ak fason serye e disipline yo mennen kolòk la ak pwogranm yo, de koumansman jiska lafen, e lese anpil pwendvi diferan konfronte youn ak lòt. Te gen plas pou sa yo ki admire estetik romansye, bèlte kont mèveye nan ekriti Roumen ansanm ak sa yo ki vle prezève memwa li kòm konbatan kont eksplwatasyon pèp ayisyen an pa boujwazi depredatè dominan an, memwa lit li kont okipasyon an e enperyalism meriken ann Ayiti e nan tyèsmond lan, konba li kont agresyon fachis ann Ewòp, e dominasyon kolonyalo-enperyalis peyi oksidantal yo an jeneral sou pèp non-ewopeyen yo.

Mwenmenm pèsonèlman, mwen te admire lakay Roumen fason li jwe avèk mo, ekspresyon, tonalite e sentaks kreyòl la. Mwen li Gouverneurs de la rosée lè mwen te gen apeprè 16 zan, ekriti li te parèt revolisyonè pou mwen paske li te alè andeyò konvansyon literè ki te alamòd yo. Li makonnen metafò pwovèb ak toudefraz kreyòl nan preske tout zèv la, li klè li pat bay klasisism literè boujwa a regle anyen pou li.

Youn nan gwo moman siyifyan nan kolòk la se aktivism politik Franck Laraque ki, a 86 rekòlt kafe, rete youn nan manm pi aktif goch ayisyen an. Li baze prezantasyon l lan sou «Poésie révolutionnaire dans le contexte de l’héritage Jacques Roumain», kote li defini pwezi Roumen tankou yon ekwasyon: «Kontni de klas = bèlte fòm powèm lan = pwezi imen e revolisyonè.» Laraque montre «enfliyans Roumen pa limite sou nonsèlman gran powèt jenerasyon li kouwè Jean F. Brierre ak Anthony Lespès; li layite zèl li tou sou plizyè lòt powèt kòk kalite kouwè René Bélance, Paul Laraque, Guy Laraque, René Depestre, Anthony Phelps, Frankétienne, Jean Métellus, elatriye». Franck Laraque te pi enterese sou kisa ki ka fèt jounen jodia pou onore memwa Roumen. Dabò Roumen tap pran pozisyon kont okipasyon an, li tap denonse privatizasyon ak globalizasyon peyi enperyslis yo vle enpoze sou peyi a; li tap pran pozisyon pou peyizana a kont gran don yo: «Selon opinyon pa nou, se sèl yon Leta ayisyen ki vle e kapab mobilize pèp la pou met sou pye, nan lespri eritaj Jak Roumen, yon pwogram devlopman altènatif sou long tèm ki gen tou pwogram sekou imedya sou tèm prese, ki ka vin pote lespwa pou peyi nou an yo ap senyen a vif.» Kouwè frè li Paul Laraque, yon gran powèt revolisyonè ki te prekonize enplwa pwezi kou yon «zam pou konba» nan lit kont enperyalism e pou jistis sosyal, Franck Laraque wè nan tout zèv Roumen yo, pwezi, roman kou ese, yon jefò pou louvri je moun e tabli libète ak jistis sosyal.

Te gen tou moman-siyifyan rankont Gérald Bloncourt; li antre sitèlman nan nannan listwa «revolisyon 1946» lan ke m pat menm konnen si li tap viv toujou. Avèk laj 81 nan li ekzibe yon jenès ak yon bonjannri ki atire tout moun. Se te enteresan pou te wè kontras ki diferansye l de René Depestre, ki vin lese lanmou li pou Lafrans vin pèdi nanm li. Mwen pwovoke sijè a e mande Bloncourt sa l panse de «rekolonizasyon» Dayiti Depestre pwomote nan dènye liv ak ekri li yo. Misye reponn pou l di li pa pataje analiz Depestre sou sitiyasyon Ayiti a, men li pa di plis, ou santi li gen plis bagay li ta vle di sou bagay la si li pat nan pami yon pakèt etranje. Li klè Bloncourt toujou ret djanm nan lit kont fòs estriktirèl yo kap depalfini lavi keseswa ann Ayiti, Ozetazini oubyen an Frans kote misye ap viv. Prezans li sèlman pami nou te temwaye yon pwezi vivan nan kalvè lit pou chanjman nan peyi a. Li temwaye kontinwite lespwa nan yon lit pou chanjman ki pa lese l dekouraje pa movèz pas ni trayizon, ni menm distans ak tan.

Te gen prezantasyon pwofesè Yves Dorestal sou «le marxisme de Jacques Roumain» kote misye montre entèpretasyon Roumen fè sou Marx, Engels, Lenin, Stalin, Rosa Luxembourg, Trotski, elatriye. Dorestal ankre Roumen nan tradisyon marxis peyi latinoameriken, nan ran pansè kouwè Jose Carlos Mariategui, Anibal Pouce, Julio Antonio Melka e anpil lòt ankò. Dorestal di yon moun dwe antre nan Roumen tankou wap antre nan yon labirent paske gen sitèlman jan pou w antre anndann l. Men misye sijere ou pa ka konprann Roumen si ou pa swiv gid ak praksis marxis Roumen te adopte. Ou santi misye pran gran plezi pou li pale sou keksyon an. Mwen toujou apresye lè moun montre fouyaliz entèlektyèl (eridisyon) yo sou marxism lan. Marxism lan se youn nan pi gran epistèm entelektyèl tan modèn lan. Malgre sa anpil tiran fè onon li, malgre tout bann kondanasyon ak koutlang peyi enperyslis yo ak klas dominan nan lemond yo voye sou li, marxism lan rete yon analiz politik e ekonomik sou eksplwatasyon, chozifikasyon ak alyenasyon ki poko janm ratrape, ranplase oubyen depase pa yon lòt (sou plan refleksyon teorik byennantandi, pa sou plan demagojik anpil moun anplwaye l).

Ogoun Balagè, sculpture en fer-blanc —par Fontenelle Pointjour, 1995.

Te gen moman-siyifyan seremoni vodou a nan perestil Max Beauvoir a nan Maryani, kote yon delegasyon patisipan ak òganizatè kolòk la te ale pou klotire premye faz kolòk la, nan yon seremoni Tanbou Asòtò, fason Roumen limenm tap apresye. Seremoni an, kou tout seremoni vodou, louvri avèk Legba, mèt baryè. Hounsi yo te bèl, resplandisan nan jan yo layite dans, chante, teyat nan yon ben tout koulè, pou yo onore lwa yo. Yon sèl bagay ki te parèt yon tijan dwòl: ou ta di seremoni a ta vle fèt an franse, anlonè kèk vizitè e boujwa ayisyen ki frankofòn. Mwen mande pou m entèprete pou yo. De franse a kreyòl. Anpil moun nan asistans lan di yo pa bezwen moun pou entèprete, tout moun konprann franse. Mwen retòke e di non, se yon «komedi» ki vle fè moun panse tout Ayisyen pale franse. Mwen di asistans la, ki te konpoze an majorite de Ayisyen, anpil nan yo ka konn pale franse, men grann majorite a se kreyolofòn yo ye. Epitou, nan yon seremoni vodou li pa fè sans pou se franse sèlman kap pale. Mwen di mwen pap ensiste si yo pa vle m tradui an kreyòl, men mwen panse ke se sa ki korèk. Pandan map vire pou m ale, Gérald Bloncourt, Clotaite Saint-Natus e anpil lòt moun di m non pa ale: «Lese Tontongi tradui an kreyòl!», Bloncourt rele byen fò, vwa li sonnen tankou yon ekzòtasyon. Se konsa mwen kontinye tradui.

Max Beauvoir gade pandan tout echanj yo yon konpòtman ki parèt netr, men ou santi sentipati li ale bò kote lese entèpretasyon an fèt an kreyòl. Rachelle Beauvoir, ki oparavan te pami moun ki te di tradiksyon an kreyòl pat nesèsè, vin chanje pozisyon; a mon grann etonnman e kontantman, manmzèl pran rèyn entèpretasyon kreyòl la, li fè li an pati pou l ede m tradui lè oratè yo pale twò long. Ou santi li pran plezi pou l tradui an kreyòl, e sa fè li fè yon trè bon travay. Tradiksyon/entèpretasyon an kreyòl la kontinye avèk Gaston Saint-Fleur menmlè Yolanda Wood e Lidoly Chavez, de patisipan kolòk la ki te soti Kiba, te pran lapawòl ann espayòl pou yo pote solidarite pèp kiben an bay Ayiti. Nan fen seremoni a, pandan m pral antre nan otobis la pou m retounen nan otèl la, Rachelle Beauvoir rele m e ban m yon kopi liv li a Savaloue, ki te pran Pri Casa de las Americas an 1989. Mwen renmen liv li a imedyatman, li nonsèlman pote limyè sou anpil rityèl vodou anpil moun pat konprann, men li montre tou respè Rachelle Beauvoir pou lang peyi a: li ekri liv la antyèman an kreyòl. Nan dedikas li ekri pou mwen nan liv la, li di: «An respè nan lespri Jak Woumen. Pou pi devan!»

Menmsi te gen sèlman yon ka fanm nan kantite moun ki prezante yo, reprezantasyon yo te djanm nan komite òganizatè kolòk la. Fanm yo pat la pou te bay gason «sipò», men kou patnè egalego nan yon antrepriz koumbit kolektif. Anpil nan yo, pwofesè, ekriven e aktivis kiltirèl, fanm yo te potomitan, cheville ouvrière, kolòk la. Yaïssa Arnaud-Bolivar te sou de pye l depi grann maten rive ta nan lannwit; li jwe yon wòl kle nan mentni lojistik kolòk la. «Komite Pilotaj» la, sou direksyon Fritz Deshommes e James Darbouze (avèk tou Emmelie Prophète, Michaëlle Saint-Natus, Michelle Pierre-Louis-FOKAL), fè yon bon travay, sitou lè w konsidere kantite moun ak aktivite kolòk la te kouvri. Mwen te admire an patikilye fason jantiyès òganizatè yo te aji avèk tout patisipan yo, san favoritism anvè youn kont lòt.

Mwen te kontan rankontre Suze Mathieu ki gen lontan lap goumen pou valorizasyon lang kreyòl la. Mathieu ban m yon kopi dènye liv li a, Depi nan Ginen nèg renmen nèg, ke l ekri toutantye an kreyòl, kote li montre pa ka gen vrè demokrasi ann Ayiti si kreyòl la rete yon lang an mawonnaj: «Lè yon moun wont lang li pale a, li wont tèt li. Lè li wont tèt li, li konplekse, li vin pa gen konfyans nan tèt li. (…) Revandike dwa nou pou nou sèvi ak lang nou, kenpòt kote nan peyi nou an san konplèks, se dwa nou.» Tit liv Mathieu a fè repondong ak yon tit yon tèks Jean Saint-Vil te met deyò pou met aksan sou solidarite ant Ayisyen, olye de divizyon ak chen-manje-chen ant yo.

Mwen te gen chans tou rankontre Myrtha Gilbert, yon chèchez sou zafè politiko-sosyal. Mwenmenm avè l pase yon bon ti tan ap pale sou «finalite moral» praksis politik. Anfèt, Gilbert ekri tout yon liv, La crise des valeurs dans la société haïtienne, pou l tabli pètinans teorik «valè tradisyonèl» yo nan politik. Tèz esansyèl liv la se degradasyon ak anpirisman moral Leta depredatè a ansanm ak klas dirijan-dominan devègonde yo, plis makoutizasyon divalyeris la, vin koze nan karaktè e «valè tradisyonèl ayisyen» yo. Manmzèl fè yon kritik sevè sou pourisman jeneral sosyete ayisyen an sibi anba divalyerism lan. Malgre aksan li sou «valè» moral yo, liv la se yon gran akizasyon ak denonsyasyon kont travay dejenerasyon enstitisyon nasyonal yo pa alafwa enperyalism meriken an ak klas politisyen pouri ki pran pouvwa a depi Endepandans. Sèl bagay mwen pat dakò avèk Gilbert se lè li pale, nan yon konvèsasyon avè m, de enpòtans yon lelit pwogresis nan pwosesis chanjman an. Mwen di li se la pwoblèm lan ye, e konseye li pou l chanje nosyon «lelit pwogresis» a pa yon «avangad revolisyonè», selon preskripsyon marxis la. Nan liv li a manmzèl fè yon bèl analiz sou rezistans kont sèten konpòtman sosyete tolere onon modènite, men ki ranfòse malsite ak saloprete kondisyon degradan sosyoekonomik yo koze: «pratik sosyal ki kouran nan milye nou an kouwè timoun ki nan pwotistisyon ak timoun yo vann pa mwayen degize, banalizasyon krim, desakralizasyon senbòl yo, pratik trete moun ak mechanste, anplwa trik, eskam kiltirèl ki alyenan e degradan, anvayisman pònografi nan espas piblik e medyatik yo elatriye». Ou ta ka di panse Myrtha Gilbert oryante l sou kote yon neo-rousseauism, an koulè ayisyen, dirije pa yon lelit pwogresis (men avèk objektif revolisyonè).

Mwen te admire tou kritik kategorik li montre kont richès atifisyèl sosyete konsomasyon de klas la enpoze kòm finalite sosyal e ekzistansyèl. Konsènan eta dekonstonbrasyon sosyete a tonbe a, Myrtha Gilbert konkli: «Lè w konstate pourisman sosyal e moral enkyetan yo, chanjman brital nan jan nou fonksyone, kokennchenn atak outraje kont diyite moun, siy relachman e menm demolisyon lyen sosyal yo, li lejitim pou nou keksyone koz yon mal ak dezas nan yon sosyete ki si pwofon, pou nou ka dabò konprann e answit aji.»

Pami òganizatè kolòk la, yon felisitasyon espesyal dwe voye bay Fritz Deshommes ak James Darbouze pou travay vizyon ak gidaj yo deplwaye pou fè komemorasyon an yon siksè; ou ta ka di yo mete konsèp «koumbit» Roumen an ann aplikasyon. Deshommes te toupatou, ou ta di misye te pran pwen dedouble. Li «mikromanaje» kolòk la san li pa montre l; limenm avèk James Darbouze e Yaïssa Arnaud-Bolivar te jwe wòl yon triumvirat ekzekitif ki mennen kòlòk la de konseksyon, jèminasyon ak ekzekisyon. Nan yon entwodiksyon Deshommes, ki se tou vis-rektè Inivèsite a, ekri nan livrè-pwogram kolòk la, misye pale de «moman Roumen» nan istwa peyi Dayiti: «Yo te met moman sila a sou anbago pandan senkant tan. Trant tan diktati, ven tan kakofoni». Misye souliye enpòtans Roumen sou plizyè aspè: «kreyatè roman peyizan ayisyen, fondatè Pati kominis ayisyen, enspiratè mouvman 1929 la ki pral sonnen klòch pou choute dèyè okipasyon meriken an, premye etnològ ayisyen, premye moun ki defann e valorize peyizànri an antanke klas ki pote flanbo valè fondamantal yon peyi ki voye fas li vè lavni…». Nan sèlman kèk mo, misye devwale tout sans kolòk la: «Retire Roumen nan oubli ak nan silans, rejwenn li, revizite zèv li, zaksyon li e panse li, se reatrape yon pati enpòtan nan noumenm, nan istwa nou, nan kilti nou, nan idantite nou, yon pati enpòtan nan imanite.»

Lè ou di «Maximilien» fòk ou te presize si w tap pale de Guy Maximilien, espesyalis vodou, redaktè an chèf revi Conjonction, ki soti yon nimewo espesyal pou okazyon santenè Roumen an, ki bay chak patisipan kolòk la yon kopi gratis, e ki akse prezantasyon l lan sou «Roumain et la question du vodou», oubyen Maximilyen Laroche, otè plizyè liv remakab sou literati konpare. Laroche panse, nan yon liv li pibliye an 1981, ke gen yon devyasyon panse Desalin ki te rive lè Bwaron Tonè te ekri/resite Ak Endepandans lan an franse touswit apre diskou an kreyòl Desalin lan. Mwen pat ka asiste prezantasyon l lan, men prezans li nan gwoup envite ki sot aletranje yo te trè remake.

Yon lòt prezans ki te remake se prezans Léon-François Hoffmann pami envite yo; misye sòti an 2003 yon kokennchenn biografi e bibliografi enpòtan e enpozan sou Jak Roumen Oeuvres complètes de Jacques Roumain. Hoffmann enterese sou tout literati nan tyèsmond lan, men ou santi li gen yon lanmou espesyal pou Ayiti. Gen bagay mwen pa dakò avè l, paekzanp lè li te deklare yon jou seremoni Boukmann lan nan Bwa-Kayiman se yon «mit». Nan sans sa a, ou ta ka di istwa tout pèp sou latè se yon mit lejandè, e yo tout bezwen mit lejandè sa a pou konsolide e valorize fondasyon yo. Men mwen respekte kiryozite ak enterè Hoffmann montre pou literati ayisyen, menm literati kreyòl la (kontrèman ak anpil lòt kritik frankofòn yo, lè l pale de literati ayisyen, li mete l opliryèl pou l enkli literati kreyòl la tou).

Ideolojikman akòdeyon mwen pat akòde avèk gita Gary Klang, yon ekriven ayisyen kap viv Okanada, menmsi san nou ale ak lòt sou yon plan pèsonèl. Nan prezantasyon l lan li mande pou yon «relekti kritik» Gouverneurs de la rosée, ke l konsidere «kou yon kont e non kou yon roman». Li konpare roman Roumen an avèk Le petit prince, yon nouvèl Saint-Exupéry pibliye an 1943. Epitou misye mande tèt li: «Eske nou ka wè ladann l yon tèks angaje nan yon ideoloji ki pa alamòd ankò? Ki sa l pote ban nou an 2007?» Misye di gen anpil enkoreksyon nan franse Roumen itilize nan Gouverneurs de la rosée. Li pran pou ekzanp ekspresyon «Fermez vos dents» ki itilize nan liv la men ke l di moun pa anplwaye ann Ayiti. Franck Laraque, ki te nan asistans lan, mande lapawòl pou l di li pa dakò avèk sa Klang di yo, paske moun di «Fèmen dan ou» pou siyifi «Fèmen bouch ou». Epitou, Laraque kontinye, tout lang vivan sibi transfòmasyon nan diferan rejyon moun pale l. Laraque keksyone tantativ Klang ap fè pou li detache ideoloji politik Roumen de zèv romansye li: «Le petit prince pa gen anyen awè avèk Gouverneurs de la rosée; pou Roumen se reyalite peyi a, kondisyon lit moun yo, ki enterese l. Se pa ti nyans estilistik.» Nan fen echanj lan, toulède pale ak lòk kòdyalman, san rankin, yo toulède dakò yon kolòk dwe gen deba entèlektyèl serye ladann l.

Men sa k te pi mal la, se lè Klang itilize yon alizyon kote li mete eksperyans peyi kominis yo nan menm sak avèk nazism hitleryen an paske tou de systèm ideolojik sa yo tiye anpil moun. Mwen mande misye sil pa ta jije krisyanism lan avèk menm kritè sa a tou etandone Enkizisyon an ak kwazad kretyen yo te koze lanmò anpil moun. Misye trete m de «malonèt» ki mal repòte pozisyon li. Pou yon ti tan nou eseye transande dezakò yo e fè antant sou yon plan pèsonèl kote nou bay blag youn ak lòt. Dezakò nou, yon dènye fwa sou keksyon kreyòl la nan seremoni vodou Maryani an, vin deraye jefò sa a. Klang ban m enpresyon yon bon imanis ki bezwen dekwape pre-ide reyaksyonè milye antikominis nan lemond yo kontinye ap pwopaje.

Li difisil pou m kapte tout moun e tout sa k pase nan yon gwo kolòk entènasyonal, men gen kèk moun ki rete nan memwa mwen, kouwè paekzanp Frantz Leconte ke m te rankontre dènye fwa nan antèman Paul Laraque nan Nouyòk, ki prezante etid li sou «Jacques Roumain: Les héros de la vacuité». Misye fèk sòti yon liv sou Roumen: Haïti et littérature: Jacques Roumain au pluriel. Te gen tou Daniel Michaud ki pale de «Analiz Chematik 32–32» ki li di «se yon enstriman pou lit kont opòtinis e ideoloji ak pratik reyaksyonè yo nan moman a. Analiz chematik yo te chita sou rapò objektif pratik yon konbatan revolisyonè tap enonse nan yon peryòd konjonktirèl fas a diferan diskou reyaksyonè ki te pwodui ideoloji dominan reyaksyonè yo». Michaud, ki akse kolòk la nan kad militantism kominis, pro-ouvriye, pro-peyizan Jak Roumen te pratike a, di li pi enterese nan zaksyon pratik kap fèt pou tabli jistis sosyal ann Ayiti ke nan divès nyans ki genyen nan pozisyon anti-enperyalis chak gwoup pwogresis kap goumen pou chanjman. Misye te youn nan dezoutwa patisipan kolòk la ki te fè prezantasyon yo an kreyòl.

Yon lòt prezantasyon mwen te twouve ki djanm se pa Camille Charlmers la. Apre prezantasyon an, mwen apwoche Charlmers e remesyè l pou yon analiz ke m te twouve ekselan sou globalizasyon e sou ideoloji dominasyon ki dirije zaksyon kòporasyon transnasyonal yo ansanm ak peyi enperyalis yo. Pandan l sèvi ak Roumen kòm pretèks, refleksyon Charlmers sou pwojè politik sa Antonio Negri e Michael Hardt rele «Enpi» a, ede revele estrateji de kontwòl transnasyonal, a-nasyonal, anti-nasyonal e ki aji sou tou fron Enpi a (sou presyon enterè kòporasyon transnasyonal yo) met sou pye. Natirèlman tout chanjman serye enplike yon lòt fason daji politikman ki rejte premis fondamantal globalizasyon an: eksplwatasyon san limit pèp yo ak peyi domine yo.

Genyen souvenans Rodney Saint-Eloi, ki soti Okanada. Li pa gen lontan li vini nan Kanada, men li deja etabli nan peyi a dezyèm pi gran mezondedisyon ayisyen, Mémoire d’Encrier. Misye te alèz kouwè pwason nan dlo nan kolòk la; lè ou wè entèraksyon l avèk lòt patisipan kolòk la, ou santi literati pou limenm se pa sèlman liv ak ak editè ak libreri, men tou eksperyanse lavi, eksperyanse plezi senp lavi ofri, viv an bon vivan nan sans pozitif, andeyò tout kritik initil ki pa fè avanse yon pwojè espesifik jije valab. Nòt nan livrè kolòk la di de Saint-Eloi «son oeuvre est une longue traversée des villes, des fleuves et des visages». Mwenmenm ak misye nou gen anpil zanmi ankomen, men ankenn nan nou pat montre enterè pouse zanmitay nou two lwen.

Te gen tou Kathleen Gyssels ke m te byen byen kontan fè konenans apre anpil ane nap koresponn nan imèl. Li sòti depi Bèljik pou l patisipe nan kolòk la. Li voye plizyè kontribisyon pou revi Tanbou ki ekselan e byen rechèchè, pami yo youn sou Madison Smartt-Bell e yon lòt sou Edwidge Danticat. Li anseye nan Inivèsite Antwerpen, nan Bèljik, kote li espesyalize nan literati pèp tyèsmond yo. Li te fè prezantasyon l lan sou «Elégie pour Roumain: Damas, Guillen, Maximin». Sa te fè m plezi wè li nan Pòtoprens kote ou santi l apresye eksperyans la. Mwen te kontan fè konesans Marie José Nadal ki pale m de rankont li avèk Jak Estefèn Aleksi ke l te konnen depi l te ti jèn fi. Mwen ta renmen te gen plis tan pou m te pale avè l.

Robert Arisma patisipe aktivman nan kolòk la; ou pat konnen sil te la ankalite repòtè, anseyan nan FLA (faculté de la linguistique appliquée) oubyen aktivis kiltirèl. Nan fen premye pati kolòk la li sikile yon keksyonè ki mande santiman patisipan yo sou kolòk la, (apre kolòk la li pibliye yon bèl repòtaj nan Le Nouvelliste ak Le Matin kote li di kolòk la «konte pami zaksyon ki pi enpòtan Rektora a reyalize depi manda dirijan yo te koumanse sa gen kat tran. Se yon kokennchenn evenman pou yon bon okazyon».

Mwen fèk tande pale de Pierre Vernet nan yon atik ki soti sou li ou pa li nan Haïti-Progrès nan zòn fen ane 1980 yo. Sa m sonje de atik sa a se lefètke misye te pran pozisyon tranche pou valorizasyon lang kreyòl la ann Ayiti. Mwen pat ka al nan panèl li a kote li tap pale jisteman de «Langue et combat politique dans l’oeuvre de Jacques Roumain». Sa te fè m plezi lè mwen te wè misye nan sal mwen tap al prezante a, nan fen prezantasyon pa l la.

Mwen regrèt mwen pat wè Laennec Hurbon, Frankétienne ak Yves Dejean nan kolòk la. Nan dènye liv mwen an mwen felisite Hurbon pou travay dezonbifikasyon ak valorizasyon lap fè sou kilti ak lang fondalnatal pèp ayisyen an (kreyòl ak vodou)—menmlè m te kritike pozisyon non-kritik li te pran sou koudefòs Lafrans ak Etazini te deklennche a pou ranvèse yon gouvènman konstitisyonèl ann Ayiti (29 fevriye 2004). Men mwen toujou respekte travay penetrasyon li fè nan sosyoloji ayisyen an pou konprann alterite, sètadi sa nou zòt, yon pov, yon oprime, yon lòt ras oubyen etnisite ye parapò ak fòs sosyo-politik e enstitisyon kiltirèl dominan yo.

Mwen regrèt mwen pat wè Frankétienne, sitou nan yon kolòk entènasyonal sou Jak Roumen. Mwen te kontan fè konesans misye nan okazyon yon pyès teyat misye te vin jwe nan Boston. Mwen tande pale de li lè m te tijènjan tankou yon «pwofesè lekòl kominis» ki te gen konpòtman ak pozisyon antikonfòmis anplen pouvwa krazezo Papa Dòk. Liv Frankétienne sou espiralism lan, Ultravocal, vin pwouve tandans antikonfòmis sa a; men sa ki te pi enpresyone m se lefètke misye ekri yon roman ak anpil pyès teyat antyèman an kreyòl. Pou yon entelektyèl ki te sot nan tradisyon «frankolonize» ayisyen a, selon bonmo Idi a, misye te fè yon gran pa bò kote dezonbifikasyon.

Mwen te espere wè Yves Dejean (oubyen Iv Dejan) nan kolòk la. Yon espesyalis lang, Dejean se yon kokennchenn gason vanyan kap travay depi kat dekad pou mete kreyòl nonsèlman lang nasyonal sou papye, men sitou yon enstwiman itil, operatif pou devlopman Ayiti, patikilyèman pou valorizasyon idantite afro-kreyòl pèp ayisyen an. Dejean panse enstwisksyon nan yon lang etranje jwe yon wòl negatif fondamantal nan devlopman yon endividi oubyen yon peyi. Misye mande pou yo anplwaye kreyòl nan ansèyman, nan administrasyon e nan tout lòt echanj enpòtan nan vi nasyonal ayisyen an. Franse pap elimine, men lap vin yon lang segondè ki ranfòse objektif bileng peyi a, men ki ap pèdi wòl elitis e wetiratis yo asiye l nan sosyete a antanke lang e kilti ejemonik inik depi 1804.

Natirèlman, pi gwo kontras, siy depaman mwen te wè diran sejou mwen an ann Ayiti, se grann diferan ant, yon kote, jandevi patisipan kolòk yo, ki te benefisye de lajès gouvènman an ansanm ak kontribisyon sektè prive e ONG yo, e ki te loje nan otèl deliks, manje ak tout frè peye, e, yon lòt kote, jandevi grann majorite pèp ayisyen an kap viv nan yon kondisyon sosyoekonomik ki kritik. Pa two lwen pezibilite otèl la, nan kwen toutakote a, mwen te wè anpil moun kap mande oubyen kap ofri pou lavant pwodui anpil moun pat vrèman enterese achte: savon, telefòn, pyès òdinatè, estereo, an rezime pwodui deliks ki pa rezoud ekzijans bezwen imedya moun pòv yo. Pa two lwen fakilte rankont yo ta fèt la, mwen te wè eta vyolans yon lanfè sosyoekonomik e sosyopolitik ki tap gripe moun yo, yon vyolans ki nonsèlman sosyal, politik e ekonomik, men ki tou kiltirèl, ekolojik, ekzistansyèl.

Nan kad yon sitiyasyon si malouk, prezantasyon Alain Deneault a «Penser l’adversité: de Marx à Roumain» te parèt enteresan, espesyalman lè misye mansyone, nan entwodiksyon prezantasyon l lan nan livrè kolòk la, “konsepsyon popilè twoub” ki dèyè La Montagne ensorcelée, lòt roman Roumen an: “Elaborasyon yon panse ‘kominis’ ayisyen ap vin okazyon pou panse advèsite a an fonksyon kritè istorik presi… e mezire tout limitasyon panse Marx la pou reponn ak kontenjans ayisyen nan ventyèm syèk la”. Yon espesyalis sou dwa e finans entènasyonal, travay filozofik Alain Deneault akse l sou kritik enfliyans koripsyon nan pèvèsyon ak vyolasyon dwa e lalwa: paradi fiskal entènasyonal, trafik enfliyans, pouvwa malefik lajan nan sosyete oksidantal yo.Malerezman mwen pat tande tou sa misye te di paske li pale ba e rapid diran prezantasyon an. Mwen ap kontan li l nan Ak ekri kolòk la. Sa m ka di sou “limitasyon” panse Marx nan kontèks lit yon pèp, se lefètke li nesesèman limite lè yo mete l nan yon aplikasyon kote yo vle l fè yon travay menm Marx ak Engels limenm pat entansyone: sèvi kòm preskripsyon pwogramatik paspatou olyede gid teorik. Se yon lòt sijè kolòk! M’ ka senpleman di marxism lan rete yon zouti teorik enpòtan pou konprann mekanism eksplwatasyon nan sosyete de klas yo. Obsèvasyon Marx fè yo ak solisyon li sijere yo, menmlè yo pa aplikad otomatikman nan tout sitiyasyon, toujou kenbe yon pètinans epistemolojik ki poko janm depase.

James Darbouze pa nonsèlman youn nan moun kle ki ede met kolòk la sou pye, de konsepsyon a ekzekisyon, li angaje tèt li tou, ansanm avèk Deshommes, pou kontinye travay-ansanm ak pèspektiv pou lavni anpil prezantatè yo te sijere. Nan fen kolòk la, misye òganize nan biwo li yon rankont avèk Franck Laraque, Antoine Samy Hertho Janvier (ARAKA), Jean Eddy Menard (CLE), Wilson Dorlus (BVRR) pou tabli gwo pwen yon travay kontini ant kèk patisipan ki sot nan dyaspora a ak Inivèsite Deta Dayiti, yon kolaborasyon kap layite sou yon tan kout, mwayen e long. Pami pwen ki mansyone yo, genyen yon pwogram patenarya sou baz òganizasyon regilye konferans ak seminè, sant dakèy pou sila yo ki sot aletranje, ranfòsman fòmasyon Inivèsite a bay, patikilyèman nan syans imen e syans sosyal, elatriye. Franck Laraque panse san travay kontinwite ak ranfò baz solidarite ant Dyaspora a ak Ayiti, lespwa kolòk la soulve a ap vin yon rèv anven. Mwen jwenn vwa m avèk Franck e lòt patisipan yo pou n salye oryantasyon pwogresis Inivèsite Deta Dayiti a, kouwè òganizasyon ak siksè kolòk la montre l la, e nou espere travay koumbit ant kreyatè, enseyan ak aktivis kiltirèl yo, an solidarite avèk mas pèp ayisyen an, ap kontinye jiskaske lawoze douvanjou vin layi l zèl frechè li.

—Tontongi

Note byen: Nou pale sèlman de premye pati kolòk la ki te fèt nan Pòtoprens de 28 a 30 novanm 2007. Dezyèm pati a kontinye nan plizyè vil (Jakmèl, Sen-Mak, Okap, Ench, Fò-Libète, Gonayiv, Okay, Vèrèt e Machan-Desalin), li dire de premye a 9 desanm 2007. Gen anpil patisipan enpòtan nan kolòk la ki pa site nan esè sa tankou paekzanp Katell Coli, Joel Desrosiers, Jean Filsaimé, Marie Meudec, Fritz Calixte, Jean André Victor, Nixon Calixte, Alix Emera, Michel Acacia, Victor Benoît, Antoine Samy Hertho-Janvier, Claude Pierre, Nicholas Alrich, Hérold Toussaint, Vertus Saint-Louis, elatriye. Nou senpleman pat ka pale de tout moun nan yon memwa sikonstansyèl.

Pou plis enfòmasyon sou pwogram kolòk la, tcheke sit «Potomitan» an: http://www.potomitan.info/colloques/roumain3.php

Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com