Aller au sommaire de ce numéro de Tanbou/Tambour, Été 2006

Home page  |   Table of Contents  |   Send your writings and e-mail to: Editors@tanbou.com



Pwezi ann ayisyen

Powèm pa Gary Daniel

Dappiyanp

Ak youn gwo tètgridap
nan men mwen
oun ti godèt kafe
bò tichèz ba mwen
m’chita ap souse kòzman
moun nan lakou lakay lage
nan monn lan pou zòt tankou m
kab jwi
Mwen souse tout klate limyè
ki ta soti awoze lespwa k’blayi nan nanm mwen
demen Ayiti gen pou l miyò
kanmenm, kanmenm

Anpil kesyon poze sou zak
kap fèt nan peyi a:
zak politik, dappiyanp ekonomik,
zak byennèt sosyal.
Pa janmen gen repons ki pi klè pase
repons reyalite lavi a bannou.

Depi m’te ti katkat se goumen m’ap aprann
nou, Ayisyen konn goumen. Depi m’te ti katkat
se trayizon n’ap aprann kòman
pou nou pote labanyè ladann.

Jodi a nan lekòl lavi peyi nou an
youn degre dòktora
fè renk tanmen resevwa moun ki vle
aprann pou demen piske
ka bouki pa ka malis
ni li pa ka sòyèt.

Bacha chita ak bacha men
pitit sòyèt detui pitit sòyèt.
Pitit sòyèt aprann byen kouman
tab se kay bacha sa rete.
Pitit sòyèt se lan men
l’kenbe kwiy li pou li manje.

Moriso te di: blan pa pran pòtre m
m’di blan kite m mouri grangou
Wa Kreyon wè malè
Tirezyas ret bèbè
lajan gen koulè blan.
Ti difevole anba linèt nwè
makout,
janklodis
tren chouchou
kòk savann
bò tab twa pye
lavalas debò
teknokrat malpwòp
poli tichien zòt mete
eskize m!
politisyen mil po
mil koulè.

Jodi a nan lekòl lavi peyi nou an
youn degre dòktora inivèsite leta
fè renk tanmen resevwa moun ki vle
aprann kouman pou yo di:
blan kite m mouri grangou

kwiy la koule
savon lave pa pwazon
se vant mennen sa bay

Jodi a nan lekòl lavi peyi nou an
youn degre dòktora inivèsite leta
fè renk tanmen resevwa mounn ki vle
aprann jodi pou moutre timounn repete demen
blan kite m mouri grangou
konsa m’a aprann separe
si se Ayisyen mwen ye
si se moun mwen ye
m’a separe sa m’gen
pa sa m’pa genyen

Jodi a nan lekòl lavi peyi nou an
youn degre dòktora inivèsite leta
fè renk tanmen resevwa mounn ki vle
aprann konnen di
blan pa di ou vin ride m
pou lè w pran
pou sa pa deranje m
m’a konnen se sòt mwen sòt

demen n’pap ekri ni rele bondye
bondye katolik
bondye pwotestan
bondye mizilman
bondye bouda bèltèt
bondye vodouyizan
ki chita ap gade masak sitesolèy
siteboston
sitekaton
sitetach
sitelento
lafòsèt
sitelesko
raboto
kasolèy
lòtbò kanal
kaytikam
nanbwochèt
solino
lakoufoumi
koridòbastya
siteletènèl

Men Pèletènèl Bondyemalere!
Blan kite m mouri grangou!

Ayè m’ te gen lendepandans
Ayè m’te pran lendepandans nan lans
Ayè ankò anba boulèt san lèt
Tipè a te kraze ze san jòn lan
Dekilakyèl! San labsolisyon
Henben! Blan kite m mouri grangou!
Jezikri pye poudre se pou w sèlman l
te mache!
Blan kite m mouri grangou
Desalin roule nan sèkèy li
Se Tousen k’ap touse ak chagren
Mwen di blan kite m mouri grangou

Drapo n ble ak rouj
Ak osnon san bone frijyen
Vanyan palmis titèt nen pwenti
Mèt fèy fin tete pòsyon
Anrikristòf papa!
Rim sèvo koupe souf Ayisyen.

Grangou mouri kite m
Blan di mwen
M’a pibon pase drapo flote.

M’a pi ganm san pye
San tèt,
M’a vejetab,
Ala youn bon manje!
Dappiyanp lan va fèt pi byen
Poulepeyi, Poulèsantèt.

Vwal

Zye lespri fèmen
bandwòl lanwasè mare
lakontantman san ne dri
rip! rip! dechire limyè
flap!flap! trennen sèvèl
nan boulva kanaval mil koulè
zobop sèvo pichon
kat mi san fenèt san pye wo
pran l jan w vle
grenpe monte glise desann
vlap! vlap! kale l
lanbe l, klere l, sire l
miwa kat je kontre
pèse tiyoup! tiyoup!
vwal po zye lespri fimen
pouf! pouf! lafimen kite tras
prent lanjelis nan fant ayè
ak jodi.
Nou younn pa wè.

—Gary S. Daniel / Nèg Gonbolyen

Powèm pa Johnny Bélizaire

Lavironn dede

Èske m gen chans
flote drapo m
yon dènye fwa
èske ble e rouj
la pa detènn
di m kilè
bikolò m ap rejwenn valè l

Drapo m vle pale
e kisa l di:
“Pa pran m pou dekore lari
Pa pran m pou dekore riyèl
Piga w mete m nan tèt jenn fanm
Pa fè m sèvi riban timoun jadendanfan
E pa menm mete m bare blad tete w
Nan fon kè w
Ou konnen byen ou pa renmen w

Se chak jou ou ap gade m
Sire kon peiny ti dan
Chifonnen kou soupyè ki sou bourik
Epi jodi diswi me
Ou te gentan pi bon zanmi m
Ou se sèl patriyòt
Vouzan pou ou mouche
Lavoum pou ou madanm

Bisantnè lendepandans
Drapo blan etranje
Flote sou zile a
Jouk jounen jodi
Dirijan m son w bak kennedi
Lame m se yon pwazon pèpè
Sekirite m son “tout par et pour la métropole”

Tipinèz kote w
Sikonstans lavi ki rann ou 'hors la loi'
Mwen menm se dilè politik
Ki rann mwen restavèk
Se yo ki lakòz
Jodi diswi me
Drapo m neye
Ak rèv mwen
Nan lanmè san bout
Ble e rouj mwen
Fè nofraj
Nan oseyan lavironn dede

—Johnny Bélizaire (Amiens, jou ki te 16 me 2005; Non à la guerre! Bas les armes!)

Powèm pa André Fouad

Se zetwal Ayiti mwen ye

Ti gout pa ti gout chagren
chagren ti gout pa ti gout
peyi ti gout pa ti gout
ti gout pa ti gout peyi
zile ti gout pa ti gout
ti gout pa ti gout zile
ou ta di ti gout lenk
ki tonbe sou fle

vwa lonbray
kou vwa zandolit
vlope rèv yon peyi

yon peyi potre danfans mwen
potre ralemennenvini m
potre limyè m potre demen m
potre kilti m potre potomitan libete m

Zetwal li briye
mwen damoul

lan nwit li senyen tanzantan
mwen damoul tanzantan

rèv li rete nan wout
lespwa li kangoule
mwen damoul tanzantan

lan nwit li ka bèl

mwen vle ba li tout koulè kè m genyen

AYITI, AYITI CHERI se yon djakout zetwal
andann kè m ki plen ti flè lanmou.

—André Fouad (powèm sa a te pran dezyèm pri nan konkou powèm Haiti Tribune te òganize pou Jounen Mondyal Kreyòl 28 oktòb 2005)

Powèm pa Denizé Lauture

(sans tit)

Dyòl mwen krache san
Ak chak son li pouse.
Mwen sòti nan zantray yon nasyon
Ki genyen nanm li kloure
Tèt anba
Sou yon kwa malediksyon

(tire de «The Black Warrior And Other Poems», Subpress, New York, 2006)

Pye plan lanmou an

Pou kapab gen lapè nan makòn simityè
Nou fouye depi janvye dizwisan kat lo
Pou kap gen yon bon kabann
Pou granmoun nou kouche fèmen
Vye popyè je lou yo
Annou chache flè pye plan lanmou
Pou nou simen nan demanbre nou an.

Pou granmoun cheve blanch nou
Kap fè dènye somèy yo
San kout kanno nan tèt yo
Pou nou kab jwenn men san rankin
Pou okipe nou lè nou tonbe malad
Annou bouske branch pye plan lanmou
Pou nou pare solèy nan demanbre nou an.

Pou nou kapab jwenn yon moun kènanmen
Pou panse maleng nou
Pou nou kapab jwenn yon moun bonkè
Pou mare fèy kafe sou tètfèmal nou
Annou penpennen grennbwa pye plan lanmou
Pou nou plante nan demanbre nou an.

Pou nou kapab genyen yon sous dlo pwòp
Pou pase swaf anpil nou
Pou nou kapab genyen yon jaden donnen
Pou pase grangou anpil nou
Annou chache yon rasin pye plan lanmou
Pou nou plante nan demanbre nou an.

Pou tijenndyan nou ak ti jennfi nou
Kap chante sèlman chante lanmou
Pou kapab genyen limyè nan tèt pitit nou
Tankou boul lò nannan
Annou bouske yon tiboujon plan lanmou
Pou nou plante nan demanbre nou an…

—Denizé Lauture (tire de Madichon sanba dlo sensè a, Edisyon Tanbou liberasyon, 2003)

Powèm pa Doumafis Lafontan

Lavi a gen oun vize komen

Pwokonsil Repiblik etwale e kannay òganizasyon sanrapò envite politisyen
malad pouvwa nan komiz yo:
Machann peyi;
Plannè resous;
Sipèvizè mendèv bon mache;
Sousou pedan;
Enfòmatè tankou Conze; e
Tout reskiyèz

Pou vini prezidan fòk Foley monte w. Tankou oun bèt mal-Foley lanse w dwat
nan fènwa. Nan moman sa a w vini oun popetwèl kap defann enterè Repiblik
etwale. Vokabilè w se pa lwa Konstitisyon 1987, entitisyon konstitisyon bay
devwa pou estabilize sosyete Ayisyen. W mete ak repibliken pou reprime dwa
sivil, w lese yo mennen w nan goumen pou plas. Devwa e responsablite w se
goumen kont teworis:
Kidnapeng e depòtasyon;
Arestasyon san manda e ilegal;
Detansyon pwolonje san chaj;
Rakle;
Tòti;
Masak; e
Ekzekisyon somè.

W konn pale francais, w konnen Montesquieu, men w pa okipe espri e w meprize
lèt lwa yo.
Oligach w pran tè peyizan;
Komèsan w se koutye ekplwatasyon travayè; e
Elit w enpoze mas pòv yo oun kilti etranje.

W ap depale sou demokrasi ki kapab parèt tankou patisipasyon nan vyolans ki
vini mondyalizasyon.

Pou oun moman, mas pòv yo ki viv kòt a kòt avèk vyolan yo kontinye vi yo nan
lapè. Mas la te eseye pwoteje tèt li, li òganize brigad vijilans, komite
katye, elatriye. Li mande eleksyon popilè, dirèk patisipasyon li, e kontwòl
tè li. Men depale lelit la vini popilè. Depale vini mele avèk reklamasyon
sosyal. Kididonk demokrasi vini pawòl mas pòv la. Depale vini jeneralize.

Sa map di la a?

Depale preside zafè leta-nasyon an prezidan popetwèl, premye minis sousou
pedan. Demokrasi monopolize tout bagay e li vini debouche nan oun kous
mal-Foley eleksyon.

Tout moun nan eleksyon!

Mèd.

Demokrasi, sèl solisyon Ayisyen, depreferans mond lan, an reyalite:
Eta-nasyon echwe;
Gouvènman pwoteje;
Enstitisyon leta kontwole;
Sosyete sivil siveye, otowout bloke, fouye chofè; e
Avilisman moun.

Tout moun kap mande jistis yo reponn tann eleksyon;
Tout moun ki vle jwenn ekite yo reponn tann eleksyon; e
Tout moun ki ta renmen genyen lapè yo reponn tann eleksyon.

W di pa gen altènatif. Enben, di nou ki ès kap asire pwosesis eleksyon yo
enpasyèl lè Nasyon Zini konplis nan masakre Ayisyen? Nou wè tip ki rele Kofi
Annan ki te denonse ilegalite lagè Iraq sèvi kouvèti pou sipòte asasina ann
Ayiti. Oun vi se oun vi kèlkilanswa Ayisyen, Arab osnon Ewopeyen.

Dènye kri!

Yo vle dyaloge.

Se tap oun pale ant lou ak mouton.

Mas pòv Ayisyen yo aprann byen leson rezon moun ki pi fò toujou pi bon; yo
pap pran nan menm pyèj la de fwa tankou apre eleksyon lane 2000.

Kanmèm yo komik move moun konsèy transnasyonal yo.

Konsa koken eleksyon yo sòti anwo paske mal-Foley e kannay entènasyonal yo
konnen politisyen malad eleksyon ap fonse toudwat nan azil kominal piske yo
pa kapab plen oun makyèt. Yo kroupi nan liy pi mal pase mandyan. Se si Swat
Team lan la pou pa kite okenn moun transfòme Repiblik kraze zo.

W sonje ansyen prezidan Dayiti ki tap fè plis si entènasyonal la te dekese
fon.

Fon.

W ta di oun twou sanfon kote chèf Lavalas la lese lale jouk li tonbe deyò
peyi a, men kap tann toujou pou li retounen fwa sa a de Lafrik Disid.

Fon.

Oun sòm won plis pase oun milya ansispan. Represyon an poko acheve bit li
swa pasifye majorite opozisyon avèk kout zam; oun bann moun mouri. Msye
Kaskèt Ble yo pi lèd, pi lèd anpil, pase tonton makout Divalye yo.

W se apot, w pote libète, byen. Ale, prese prese leve twòkèt mizè sou tèt
majorite mas pòv yo.

Tande rezonman yo: «Yo rayi nou paske nou rich.» O! W pè pèdi richès w. W pè
menm moun kap viv kòt a kòt avèk w. Piske w pè w deplwaye gwo zam fann fwa
youn pi lou pase lòt pou w kapab fè tout moun pè menm jan avèk w.

Pwoblèm w se laperèz konprann sa. E fason w ap aji esplike konsepsyon w de
lavi.

Eske gen oun sèl jis pami konbatan lib echanj sa yo?

Se oun wont kanmèm.

Sosyalis Entènasyonal la ap kondui vyolans kapitalis la. Nan premye ranje,
sak rele Lula ki te mennen lit ouvriye Brezilyen.

A! Reyèlman se rabachè Marxism konpè solèy, Jacques Stephen Alexis, te
denonse.

E Depestre.

Pa oun mo.

Nenpòt ki ès ki fè silans ap kache.

Gade!

Tankou yo tap gade chèf ki te bay peyi a endepandans zye mond lan fikse sou
Ayisyen, jodiya mòd pwodiksyon an bay fòs travay yo oun pri; tankou chèf ki
te bay peyi a endepandans, jodiya istwa mete oun tach sou chimen Ayisyen; e
tankou chèf ki te bay peyi a endepandans, jodiya pami moun yo mwen soupsone
lavi ap fè konnen li. Inifye nou. Lavi a gen oun vize komen.

Gade!

Emmanuel Wilme, Dread Wilme, prezans li nan Site Solèy li pa pè anyen. Oun
lòt fwa, Dread Wilme, vizaj briyan li avan lale nan lodela, oun vrè zanj ak
kreyatè.

Dread Wilme, ale nan lodela se pa anyen. Se pa kòmsi apre pa gen anyen. Se
pa sa ditou. Gen zak yo, fè yo, Dread Wilme, oun aksyon nan lit kont povrete
ki kreye nan oun nouvo pèsepsyon de oun nouvo siyifikasyon.

Pa fè mastibasyon entelektyèl.

Tande!

Nasyon Ayisyen ap dekouvri grandè li pa pitit gason, fiy li ki angaje nan
lit jis; pa pitit gason, fiy li kap dekouvri sa ki rele ewoyis; e pa sètitid
yap pote laviktwa.

Oun lòt fwa; Nasyon Ayisyen, plase ann avan lit liberasyon, va kouvri avèk
glwa.

—Doumafis 2005

Powèm pa Jean André Constant

Bri Sapat

Mwen tande on bri
kap fè zi kap zi kap sou memwa m
se tankou yon move zangi
kap chipote jamèdodo anbal lavil
ganlè se twa degout la mizè
ki pa vle m sonje
jan farinay lespwa
te konn chavire lannwit
sou lestomak madan bwa dòm

Lè m mete zorèy mwen pi pre
M tande yon tanbou tout longè
Kap kwape laperèz mwen
Se ou cheri ?
Vin non, vin non cheri
Vin fè de pa nan pelerinay mwen

—Jean André Constant 6 oktòb 2005

Powèm pa Fred Edson Lafortune

Pwenvigil

Chante ki pote koulè lanmou n
soutni chak batman kè
k'ap mouye anba lapli
pawòl ki pote plezi lang nou
trenen twa pwen sispansyon
nan kaye memwa n

men dèyè do lanmè
yon kannòt chavire

lè tout lanp etenn
lè tout limyè tenyen
fè nwa taye banda
nan nannan enspirasyon m
dousè w satiyèt rèv mwen
cheve w antòtche nan lonbrit mwen

lè tout lanp etenn
lè tout limyè tenyen
souf ou melanje ak souf mwen
tete w danse sou lang mwen

lè tout lanp etenn
lè tout limyè tenyen
ason lanmou an sonnen
lwa alsiyis danse nan tèt mwen
mwen tire lobe
nan sous plezi w

se nan blakawout la mwen santi m avè w
tanpri cheri
pa limen limyè

—Fred Edson Lafortune ekstrè rekèy aparèt sou menm non an Pwenvigil

Powèm pa Jean-Dany Joachim

Lamitye

Tankou pye choublak,
ak pye lorye, osnon
tankou flè solèy
ki grandi, ki fè flè
enpi ki fennen,
lamitye tou kèk fwa
suiv menm wout la…

Tankou limyè zetwal
ak lalin osnon
tankou limyè solèy
lamitye klere lavi pou lavi…

De Tak Lank Pou Gonayiv

(pou Gonayiv)

Tak tak tak
Gout lank degoute
Kou dlo je
Sou fèy papye…

Lapli tonbe
Van tanpèt vante
Lanati ofiske
Kretyenvivan ozabwa

Siklòn ján pase
Gonayiv pèdi pye
Lavalas debòde

Pòtoprens sezi
Pòdepè latranblad
Jeremi sispèk
Okap met men nan tèt

Savann dezole
Rasin dechouke
Jansiv gaye

Savann dezole
Lafanmi kòd nan ren
Lavi sige nan labou

Lespwa monte bwa
Pyebwa pèdi fèy
Tout fèy pèd lapawòl

Lapli tonbe
Fèy tòl chante
Kabann sèvi kannòt

Simityè pisin granrivyè
Malèpandye de gidon
Lavi fè laplanch sou kadav

Tak tak tak
Lank tounen lapawòl
Make listwa lavi
Pou malè pa bay degi

Kouvrefe

Gagòt la kòmanse
Jou a potko leve,
Vil mwen an endispoze.
Machin malè an chalkali,
Fè dappiyanp sou wout yo,
Wòch yo pran houke,
Enpitou
Tout kay,
Kabann,
Fenèt
Tab
Pran lafyèv frison.
Yo fennen-fennen.
Lannwit tounen ankò.
Respirasyon vil la koupe.

Testaman

Poukisa moun ap pase mizè?
Poukisa tout moun pa egalego?
M pap janm sispann poze kesyon.

—Jean-Dany Joachim

Powèm pa Tontongi

Requiem Koudeta

(pou batay demokrasi)

Koudeta kout baton
Lamizè dlo nan je
Se menm kwelekwekwe
Lè yon pèp gen patron

Sil desann nan lari
Rele pou boule kay
Kouwè tonè lakay
L’ap vin reprann lavi

Koudeta kout baton
Lekzil nan kè mare
Toupizi makakre masakre
Bay yon pèp repondonng

Si vin gen jou bèl solèy
Tanbou rara andyable
Timoun kontan ap jwe
Se gras nwit san somèy

Yon pèp ki viv 1804
Imilyasyon yanki je vèt
Menm lè yo di l analfabèt
Pap janm vin bliye Peralt

Ni zenglendo ak militè
Malgre konplisite laboujwazi
Pap ka bloke demokrasi
Yon si bèl ti rèv san fontyè

(Vermont, oktòb 1991)

Pèp mirak

Menm senk san zan apre
Lè sole fin kouche, releve, rekouche;
Apre zwazo chante, rechante, trepase
E apre yo te fè lavi depafini
Nou kenbe n’ap lite,
Nou kenbe n’ap reve.

Se mirak yon pèp lib
Ki pa vle bay legen
Lanmò sou Koudjak
Kout baton ou lanmò
Vin yon selebrasyon
Yon flè ki vle fleri
Yon limyè lavi nan tinèl.

San fizi Uzi pèp la voye wòch
San wòch pou l voye li rele anmwe
Lè l pa rele anmwe li pran bato l ale
Pou l desan Washington pou l di Alelouya!

Se yon pèp je klere ki gen yon fason
Pou l mande libète tout kote l meprize;
Libète! Libète!
Se yon pèp mirak.

Sa m ye

Mwen se lavi ak pousyè
e matyè ki solid
mwen se dlo k’ap koule
frechè van kap vante
nan fèy pye kokoye.

Mwen se zonbi ki vle goute sèl
travayè ki vle pou yo peye l sa l vo
kokobe ki mande pou sove diyite l.

Vi m se yon reyon ki gen tout dimansyon
yon dyalektik ant nesesite ak malchans,
ak ògèy temerè ki mande lòt Osmos
yon chwa pou m libere.

Mwen se kòk kalite ki chante anvan solèy leve
e anvan lannwit vini rive
yon mato yon plim ou yon fizi ou ta vle
anvan maldyòk ta fin dechalbore w.

Mwen se solèy anvan lalin
lanmò ki je klere e ki pa finalite
lavi ki kontinye
konba ki vin gaye
bèlte ki vin tabli
menm nan lanfè malapri.

—Tontongi

Powèm pa Jamie Moon

levanjil lari

(pou Tontongi)

Timoun bondye malefase
(ri san non kay kraze de pil fatra)
leche maleng dlo sal dèyè paj listwa!

—Jamie Moon

Powèm pa Pierre-Roland Bain

Wood sculpture from Bidjogo, Guinea-Bissau (S. Burney, London, 1946 / From the book “Art/Artifact” 1989).

Aba tout jeton

Deplimen
Toufounen
Krabinen
Kankannen
Pyetinen tout jeton
Ki lage m nan won
Libète voye nouvèl
Ki sòti nan sitadèl
Jeton ak kreyasyon
Se lèt ak sitwon
Libète voye nouvèl
Li mande tout rebèl
Defalke
Detripe
Dekonstonbre
Dechouke
Dechalbore
Demanbre
Demachwele

Ekstèmine tout jeton
Libète poze kesyon
Ki bay frison
Poukisa pitit dyòl alèlè
Twouve l bèbè
Devan yon ti po silabè
Libète voye nouvèl
Li mande tout azizwèl
Fann fwa
Depatya
Retyatya tout jeton

Jeton kay frè
Jeton kay pè
Jeton kay mè
Jeton kay mèt Pyè
Jeton nan tout lekòl
K ap mete baboukèt panyòl
Kole ak lakòl
Nan bouch ti Anatòl

Nan lekòl riral
Nan lekòl nasyonal
Nan lekòl anba tonèl
Kay madan Masèl
Aba tout jeton
Jeton mèt madichon
Jeton pwofesè defas
Jeton pwofesè move ras
Jeton pwofesè mètdàm
Ki pran pòz jandàm

Jeton pwofesè lespri kolonize
Ki merite remize nan mize
Pwofesè kalèd kòk pou po
Ki pèdi dwa kriye ayibobo

Pwofesè vòlò dwa moun
Diplome nan bat timoun
Libète voye nouvèl
Pou tout pwofesè poupetwèl
M se timoun lekòl
M pa esklav lametwopòl
M pa moun Daviyon

M pa konn danse anwon
M fèt nan lakou plètil
M pa zanmi ensiswatil
M pa kouto debò
Ou mèt pran wout lòtbò
M pa tyoul
Menmsi m konn choute boul

M pa restavèk
Se flè zetwal mwen ki poko rèk
M pa espyon
M se zanmi linyon
Pa ban m misyon
M pa sèvis sekrè
Ou fè yon gwo erè
Pa vide pwazon zenglen

Nan nannan sèvo mwen
Kite m fout trankil mwen
Ak lang mwen
Kite m pale lang mwen
Ak vwazen mwen

Ak zanmi mwen
Ak ti kamarad mwen
Nan klas mwen
Nan lakou lekòl mwen

Nan legliz mwen
Nan biwo leta mwen
Ou mèt disparèt

Tankou mayi pèpèt
Ou mèt kraze rak
Menmsi ou se yon nèg ki tyak
Libète voye nouvèl
Ki sòti nan sitadèl
Jeton ak kreyasyon
Se lèt ak sitwon

—Pierre-Roland Bain jou ki 26 janvye 2002

Powèm pa Patrick Sylvain

Pou Lanmou ak Lavi

A Kuba woman’s wrapper, a Zande hunting net and a metal currency from Zairein the “Art Gallery Display” (from the book “Art/Artifact” 1989).

(pou Edwige ak Fedo)

Nan defilman lane,
Kwak langaj ak peyi
Simante n’,
Zanmitay nou vin deboutonnen
E nou parade nan vi pèsonèl lòt
Ak kè kontan, kriye, rèv e konfyans.
Mo mouvmante m’,
Pote m’ ale nan solèy kouche
Souri ou kote yon vwa hap ki t’ap dòmi
Pandan lontan fè tande l’ lè Fedo trankilman
Tonbe sou nòt ekzat lan.

Haiti holds surprises.
Although hate is rampant,
Love quietly shelters in the boondocks.

Anpil kle, anpil akò.
Hap lan, menmjan ak yon akolit,
Se yon enstriman difisil pou metrize.
Fil redi, son apezan.
Fòm elegan epi senp tounen konpleksite l’.
Enstrimantalis sa a dwe pasyan
Avèk dwèt li byen donte.

At the crossroad’s center, love opens like a petal.
One arrives from Miami, the other from New York.
Entertwined roots, a melody ascends.
Angels, spirits, ancestors, all gather
To stitch this love that started
With a simple smile and then a burst of laughter.
Haiti holds surprises,
Even after your departure,
It has your gift reserved.

Avèk tan, Fedo metrize hap lan
Epi kòmanse tradui sekans kè l’
Sou chak kle. Egu, pla, dou.
Minè ak majè.
Chak son ondile rapwoche
Hap la ak hapis lan.

On the emotional terrain,
Love is a collision of souls
That drifts one like waves
And where tears and laughter mesh.
You are no longer at a juncture,
Love’s melody is at your hearts’ crevices.
I hope each hour will be an hour of enjoyment
Even when teeth may grind,
Or the conjugal bond feels tectonic,
Reminisce about your simple pleasantries,
And recall us who fêted your love’s coronation.

Maryaj se pa zèl klanpse,
Ni yon toutrèl ki pandye fas-anba.
Maryaj se yon akonpayman:
Dwèt ak kòd gita,
Bwòs ak twal penti.

Immerse in each other’s terrain
As to become each one’s spring
So the glutton of bachelorhood
Will not dip in your marital well.

Lanmou se metafò yon mond
Kote emosyon blèz ak bèl rèv chita.
Konsatou, lanmou se yon lokatè
Pou fristrasyon ak movesan.
Kòm achitèk mo, youn se tradiktè
Lòt la ekriven, sonje pou n’ chwazi
Mo inofansif, mo envitan
Pou navige langaj nou.

Flowers must be planted with care
And in your affective’s garden,
Include your soul so that each flower blossomed
Will be one of hope.

Sere moman sa a nan malèt devosyon n’,
Epi kite dousè nou te resanti
Lè nou te fèk touche fondasyon lòt.
Sonje premye anbrasad, timid men dyanm.
M’ swete beyatitid zanj nan zile n’
Pral kloche kontantman pa n’
Epi vag son hap la kreye an, pral bèse n’
Nan yon oseyan plezi misikal.

(Tr. 12 Novanm 2004)

Ozabwa

Gen yon sèkèy nan pòmdadan m’,
Èv mouri nan rèv mwen
Kounyen an, m’ bezwen yon zetwal dezirab
Pou m’ kriye doulè sou zorye tete l’.
Pa gen lèt, pa gen Èv, pa gen rèv.
Tout rèn ozabwa,
Freda anba dra,
Fanm lafrechè anba-zaj fè mikalaw
Nan yon lawonn pou grinbak,
Choublak sou pwatrin
Kache sant latrin lavi.
Zye m’ dekòlte pou m’ gade
Yon pwosesyon foumi
Nan lari pokann abiye,
Pyeton zonbifye trebiche,
Memwa mò tache sou miray Sakrekè.
M’ anvi kriye men swafte lavi
Petri blad dlo m’. Yon fiyèt kilbite
Anba yon bokit dlo pandan
De tigason pran pise sou yon lame-foumi.
Mwen ta ri, men kann rasi mazora m’.

(Dec. 13, 2005)

Pòtoprens

Vil san prens, ni pò
Pou akoste yon milyon abitan
K’ap kannale nan Atlantik
Pou bouske lavi nan Atlantis.
Vil Agwe, vil nofraje, vil mistik.
Pòtoprens, vil san prens,
Vil pousyè ki akouche bidonvil,
Vil mitrayèt touse katouch
Nan kòtòf lespwa.
Pòtoprens, vil site vale solèy
Vil san prensip, vil kidnaping,
Lanmò oubyen greenback,
Vil boulsuif kifè zanmitay
Monte masuife.
Vil politik tik-tak-to,
Bòdwo wo, pa gen dlo,
Lawouze kriye pou fiyèt
Ki foule anba bokit,
Lamas pran zèl nan janbe limon
Moustik tounen lopital malarya.
Kat-kat klimatize gonfle ego,
Pousyè fè replik ak nen,
Menm pyebwa touse koklich.
Peyi m’ bato,
Pa gen ni van, ni dlo.
Tout zye brake sou Atlantik.
Pòtoprens, vil san prens
Ni pò pou akoste lespwa.

Yon Moman Refleksyon

Limyè lalin mwa dawout nan Cape Cod
Akonpaye m’ nan pwomnad solitè m’
Ki mande poze yon kè chevalye ki fatige.
Vag lanmè yo dewoule youn aprè lòt
Nan yon resital ki chichote laperèz.

Pye mouye, san poze mwen deboukle
Sandal an kui mawonnat mwen yo,
Sab dous e tanpere satiyèt pla pye m’.
Mwen frennen mach mwen pou m’ admire
Zetwal yo k’ap briyonnen.

Ki limyè mwen diminye nan kè m’?
Mwen santi m’ lou nan yon sakit koupab.
Mwen konnen lajenès pa pèmanan,
Menm goyelan ki akwobatik e san perèz
Sipoze bat zèl yo epi tonbe mouri arebò lanmè.

Nan nwasite lanmè, kèk limyè vasiye
Pandan kim blanch vag yo vin mouri bò pye m’.
M’ pwomennen ak zye m’ fikse sou fimaman an,
Mwen pile zèb-lanmè ak kokiyaj fele.
Zetwal yo doleyanse angwas mwen an silans.

(Tr. Septanm 2004)

—Patrick Sylvain parèt nan Lanmou, Anvi ak Pèdans, Edisyon Mémoire d’Encrier, 2005

Aller au sommaire de ce numéro de Tanbou/Tambour, Été 2006

Page d’accueil  |   Sommaire de ce numéro  |   Contribution de Texte et de Courrier: Editeurs@tanbou.com