Aller au sommaire de ce numéro de Tanbou/Tambour, Été 2006

Page d’accueil  |   Sommaire de ce numéro  |   Contribution de Texte et de Courrier: Editeurs@tanbou.com



Anba bòt kwokodil

(estrè de yon roman istorik pa Patrick Sylvain / Chapit 1)

—Patrick Sylvain

A

nba yon solèy cho nan mwa jiyè 1957, yon mwa aprè Prezidan Fignole te pran koudeta, Jozafa Bwanèt, dekouraje, byen estomake, t’ap travèse yon sous dlo ki sòti nan bouch rivyè Rouyòn nan Leyogàn. Misye te fèk sòti lavil Leyogàn, nan boutik Jera Mak-Antwàn kote li gen abònman pou li vann soulye an gwo li te fabrike. Josafa, anvan li te pran desizyon pou li te abandone komès sa a, misye te konsidere tèt li yon kòdonye feray ki te pwodui soulye pou mache lokal la sèlman. Akoz move eksplwatasyon Jozafa santi li sibi nan men Mak-Antwàn, misye sètoblije, jou 14 jiyè sa a, abandone metye kòdonye a ki te kòmanse boulvèse sante l’.

Li te prèske inè nan aprèmidi lè Jozafa t’ap kannale monte wout Nò pou l’ retounen lakay li nan Difò. Anvan menm li te fin travèse rivyè Rouyòn, li te fè yon ti kanpo pou li rafrechi figi l’ ki te gentan tranpe ak swe. Pye misye, kwak yo te nan sandal, te gentan poudre ak pousyè. Li bese do l’, touse janm pantalon li, deboukle youn nan sandal li te fè yo, depoze yo sou tèt yon wòch ki te tache ak digo, epi li pran dlo ak men l’ pou li lave janm li. Jarèt misye sanble yon foutbolè ki nan bon swenyay. Aprè, li retire chemiz Delon ki te sou li, yon chemiz kòl-lase manch kout blesyèl. Pandan Jozafa ap lave anba bra l’, li tou pwofite pase men dwat sou zepòl goch lan pou l’ tatonnen yon sikatris rigwaz Mèt Adèlfen te ba li avan li te desann Sètifika. Chak fwa misye manyen sikatris sa a, li sonje hèn k’ap ponpe nan kè l’ pou Mèt Adèlfen ki te konn aji tankou yon bouwo nan lekòl Frè Salezyen yo ki te vin evanjelize Ayisyen.

Pou jou 14 jiyè sa a, sikatris lan te gen doub-sans pou Jozafa. Li fè misye sonje rezon li te lèse lekòl byen bonè epi eksplwatasyon Jera Mak-Antwàn yo te vin mete absè sou klou.

Lè Jozafa fin rafrechi kò l’, li respire afon pou li retire nan sèvo l’ dènye imaj Mak-Antwàn ki t’ap eseye fè yon doub-koutay sou li avèk yon touris blan Ameriken ki te renmen kout sizo sandal li yo. Jozafa kontinye respire afon, epi li bride pa l’ pou li gade yon gwoup medam ak batwèl nan men ki t’ap bat, lave, blayi rad sou gwo bit wòch pou seche. Anpil nan medàm yo te tòsni—sa ki te gen tete ki fèk ap pouse, rive nan sa ki te gen tete lage—sa pat anyen pou Jozafa, paske li abitye wè moun toutouni. Li souri lè li sonje jan Pè Salomon abitye di: «on dwa kache le sèks.»

Lè misye fin travèse dlo a, li mete chemiz ak sandal li pou li kontinye wout lan. Kèk 800 mèt pi devan, li pase bò yon chan kann kote yon trantèn moun do koube, manchèt nan men, t’ap voye monte pou rakle kann jouk nan bout. Gen enpe nan yo ki t’ap defèyte kann, epi voye yo nan yon charyo bèf ki ta pral mennen yo nan HASCO (Haitian American Sugar Company). Solèy lan plake sou do yo, gason yo do touni, rigòl swe ap glise desann sou yo pou rive jouk nan ren yo kote senti pantalon yo t’ap bwè tout swe.

Pandan yo t’ap koupe kann, yo te tanmen yon chante lakou ki te rantre nan zòrèy Jozafa avèk yon dousè makòs ki melanje ak yon tristès fyèl bèf: «Lakou an pou nou de. Gade lavi pa m’! Oo lakou an pou nou de. Lakou papa m’ pou mwen men; yo pa vle m’ pase ladan li. Elanyee!» Sèvo li bat bravo pou li wè jan konsyans ak kilti peyizan yo pa janm chanje malgre Prezidan Lesko, epi Maglwa, te manche yon kanpay pou detwi sistèm lakou relijyon Vodou an. Lè reyalite an frape kòtòf konsyans li, souf Jozafa ogmante; li sere dan l’, flanm dife nan je l’ vòltije epi li souke tèt li tankou yon moun ki gen yon pawòl k’ap sifoke l’ tèlman kè li t’ap rache pou fason li t’ap gade jèn gason, jèn fi ak timoun ki ta sipoze lekòl, t’ap ede manman ak papa yo travay nan chan kann pou Ameriken ak gwo chabrak nan Pòtoprens.

Briskeman, Jozafa pote atansyon l’ sou yon ti gwoup twa gason ki t’ap defeyite kann pandan yo t’ap takle pawoli politik sou zafè arestasyon Fignole an, ak sou kanpay prezidansyèl ki te gentan deklannche. Josafa te fè pati yon jenès ki te fèt apèn yon jenerasyon aprè lokipasyon; jenerasyon sa a te vin devlope yon kwayans nan yon ayisyanite ki dyanm. Se konsa, depi aprè lademanm ekriven Jean-Price Mars la pou ranmase kilti nasyonal la ak fyète, vin gen yon pimba anbrasman kilti kreyòl pami jèn yo pou yo te ka elimine maleng disnèf lane okipasyon Ameriken an; epitou, takle yon peryòd laperèz ak pèsekisyon vodou ki te tabli pandan gouvènman Lesko an. Kidonk, chante lakou a te byen klase nan zòrèy Jozafa ki t’ap wose drapo lakilti pa l’ nan konba lajenès kont tilititi sosyal.

Jis arebò chan kann lan, Jozafa t’ap travèse yon santye ki te koube nan yon pati nan plantasyon Roumain an. La, jis nan koub santye an, te gen twa mesye ki te kanpe devan yon pil kann anana pou yo defeyite epi voye kann nan yon charyo kat wou yon towo bèf mawon t’ap mennen. Pami twa mesye ki t’ap pale yo, Jozafa te pote atansyon li sou youn nan travayè yo ki t’ap pale avèk anpil emosyon. Jozafa te anrejistre mouvman veyatif jye l’ ak jès eksitasyon men l’ ki te prèt pou vide ponyèt. Travayè sa a, Jozafa remake, an konparezon ak de lòt mesye yo, kò misye te pi dyanm e lejèman pi foule; alòske lòt mesye yo te wo, lejèman miskle, e kò yo te mwen konpak, plis elastik. Jozafa ralanti sou pis li pou l’ te ka tande pawoli travayè sa a ki gen yon gwo pati nan zèpòl goch ak bibit li ki sikatrize tankou yon chwal ki te mal tanponnen. Kwak Jozafa eseye fokalize sou sikatris lan, se mo ki t’ap sòti nan bouch travayè a ki te arive sezi atansyon Jozafa.

Avèk yon ton fèm, fò e rapid, Jozafa tande misye di: «Mwen gen 42 zan sou tèt mwen, chak lane mwen respire se yon lane brimad. Lè m’ di nou brimad lan, bonjan brimad. Brimad nan men paran, brimad nan men blan meriken, brimad nan men chabrak, brimad nan men leta. Mwen menm manje brimad nan men madanm. Alòs, koudeta Fignole sot pran la, mwen jire—vyèj pete je m’—sa pral make koumansman yon pimba represyon nan kòtòf ti nèg. Lavi chè pra l’ fè n’ wouke, se sèl lajenès sa a ki ka…». Kòm Jozafa pat vle parèt twò sispèk, misye sètoblije fofile kòmsi ryennetè.

Jozafa kontinye wout li, yon sak kui koulè mawon jonat pase antravè nan do l’. Se avèk sak sa a li te konn ale lekòl, kounyea li mete zouti ak papye ladan l’. Olye pou l’ te pase sou gran wout lan, Wout Nasyonal Nimewo 2 a, li te prefere fè wout dekoupe pou l’ te kapab admire peyizaj Leyogàn lan. Li suiv liy kòt lanmè Gòlf Lagonav lan ki fè yon sèl avèk syèl la. Li pran sant bannann ki fèk koupe, zèb ki fèk sekle, misye respire afon pandan pawòl travayè HASCO an fè woulawoup nan tèt li.

Kote l’ap mache a, se yon ti chemen kwense ki file tankou yon koulèv nan mitan yon pakèt pye palmis ak pye kokoye ki ansèkle ak pye mango. Lanmè a sou bò dwat li, mòn yo sou bò goch li, limenm li nan mitan yon chan pye bwa kote plantasyon te chita nan tan lontan, nan epòk lakoloni lè Afriken te tounen esklav Panyòl, anvan yo te tonbe anba men Fransè. Pou yon rezon Jozafa pa ka fin twò konprann, jounen 14 jiyè sa a anpare lespri li ak yon seri imaj ak emosyon misye pat janm viv. Kòmsidire, chak pa Jozafa pran, li santi prezans yon kolòn lòt moun ki dèyè l’ k’ap eseye kache pou mèt plantasyon pa filange yo poutèt y’ap mawonnen. Nan touf pye kokoye ak chan kann, Jozafa wè fanm ak gason k’ap kouri afon ak manchèt nan men. Misye santi souf li k’ap ogmante, kè l’ pran bat tankou yon moun ki sot kouri. Jozafa pa ka konprann sa k’ap pase l’. Li mande tèt li èske se pawòl travayè a oubyen se gwo sikatris misye a ki te transpòte l’ nan yon mond kraze-zo ki sanble ak reyalite peyi a kote kounyea Ayisyen ki libenlibè sèvi kòm restavèk-travayè. Sistèm plantasyon an sede plas bay sistèm demwatye k’ap rale nan chalimo mwèl peyizan. Jozafa pase men l’ nan figi li epi li souke tèt li pou li verifye si li pa t’ap reve. Misye sonje li te fache kont Jera Mak-Antwàn, li sonje tou li te estomake pou kondisyon timoun yo nan chan kann lan. Jozafa, sonje tout sa, men li pa ka rive konprann imaj tan lontan sa yo ki te galope nan lekran memwa l’.

Pandan li sou wout la, li fè yon ti kanpe pou l’ keyi kèk mango Fransik. Li mete de nan valiz li, epi li bat lòt lan jiskaske li vin mou pou fè tòtòt. Pandan Jozafa t’ap petri mango a, li vin sonje kout pwen ak kout igwaz elèv kay Frè Salezyen yo te konn pran nan men pwofesè. Ankò, misye soupire epi li mande tèt li si li te rete lekòl toujou èske nèg tankou Jera ta ka rive eskplwate l’ nan eta sa a. Li reflechi sou diferan posibilite lavi te ka ofri l’ si li te kontinye klas li. Petèt li ta ka yon administratè, oubyen yon pwofesè lekòl. Lè misye vin sonje jan peyi a gen anpil chomè li vin twò kontan difè li se pwòp bòs li.

Jozafa te kite lekòl yon lane aprè frè l’ lan, Rafayèl, te bay fanmi an do lè li te deside rantre nan akademi militè. Nan mwa jen 1954, lè Jozafa te anonse desizyon l’ pou l’ pa t’al fè senkyèm segondè. Ezila ak Dèlfis te fache anpil, men yo te arive konprann desizyon Jozafa pou l’ pat kontinye fè etid segondè li nan yon kondisyon kraze-zo. Kay Frè Salezyen yo, pinisyon kòporèl te soupye jouk nan katriyèm ane segondè.

Pandan tout moman Jozafa t’ap fè tòtòt lan, l’ap sonje jan frè l’ la te fè manman l’ lapèn lè misye te rantre nan lame; alò, se youn nan rezon sa yo ki fè Jozafa pat janm konsidere rantre nan lame. Misye amize l’ ak mango an, li prije l’ jiskaske dènyè gout sòs ji mango an monte nan ti pwent tèt lan kote li te koupe ak dan l’. Kwak Jozafa te gen disètan daj, fè tòt se youn nan plezi misye te toujou twò kantan pou l’ pran.

Nan peze souse mango, Jozafa fè vizyon manman l’ ak papa l’ ki chita anba yon pye baldaken ki se yon repozwa frechè menmlè solèy la fese kòlè l’ sou latè. La, Ezila chita sou yon ti ban epi Dèlfis chita sou yon dodin, yon bòl mango sou kuis Ezila; manmzèl ap tranche lèz pou l’ mete nan bouch Dèlfis k’ap dodine ak zye l’ fèmen. Jozafa souri, epi li panse a Malèn Senpyè, yon bèl kreyòl po karamelize k’ap fè piwèt nan rèv li. Jozafa mande tèt li si yon jou la rive pataje siwolin lavi ak Malèn.

—Patrick Sylvain li tou chapit 25 nan Tanbou edisyon otòn 2002, e chapit 4, edisyon ete 2005

Aller au sommaire de ce numéro de Tanbou/Tambour, Été 2006

Page d’accueil  |   Sommaire de ce numéro  |   Contribution de Texte et de Courrier: Editeurs@tanbou.com