Tanbou logo

Page d’accueil  |   Sommaire de ce numéro  |   Contribution de texte et Courrier: Redaksyon@tanbou.com



 Literati/Littérature

Yon pri nobèl pou yon nègès ginen

—pa Takodo

T

oni Morrison, yon nègès ginen ameriken ki ekri plizyè liv ki trete keksyon dram familyal nan kominote nwa ameriken yo, resevwa mwa dawout ki sot pase a Pri Nobèl pou literati pou lane 1993 la. Madanm Morrison gen 62 zan, li anseye literati ak angle nan plizyè inivèsite ameriken; manmzèl marye e li genyen de pitit. Se te yon sipriz pou kelke moun e yon kontantman, mele avèk fyète, nan kominote nwa ameriken an lè nouvèl la sòti ke se Morrison ki pran Pri Nobèl literati an.

Avrèdi se pat yon sipriz pou moun ki konnen travay literè nègès sa a. Plizyè liv roman ak ekri kritik li pibliye te deja resevwa yon seri de pri prestijye nan sèk literè ak atistik ameriken yo; pa ekzanp, liv li ki titre Beloved la («Byeneme») te resevwa Pri Pulitzer a an 1988, yon pri ki se pi gwo pri literè nan Etazini. Twa lòt liv li, The bluest eye / Songs of Solomon / Jazz («Zye ki pi ble a», «Melodi Rwa Salomom» ak «Jazz») te resevwa anpil bèl konpliman pou kalite jan Toni Morrison devlope listwa ki nan liv sa yo. Nou te mande pwofesè Jill Netchinsky, yon espesyalis nan literati latino-ameriken, nò-ameriken e karayibeyen, ki sa l panse de Morrison, men sa li te reponn:

«Toni Morrison travèse plizyè mond keseswa nan vi li oubyen nan ekri l. Li konnen tou pawòl ka mete oun moun nan esklavay, ka tiye l oubyen libere l. Fanm ki li manmzèl jwenn nan liv li yo anpil santiman ak eksperyans pesonèl pa yo ke yomenm yo pat ka eksprime; menm gason tou jwenn nan li anpil senpati pou alyenasyon yo. An brèf, you moun ka di ke travay Morrison se yon rasanblay pèsonalite istorik dyaspora Afriken-Ameriken yo, ansanm ak kilti e idyom yo. Pri Nobèl la onore nan Morisson tout moun kouwè Zora Neale Hurston, Nella Larsen, Gwendolyn Brooks oubyen John Oliver Killens, ansanm avèk tout granmè ak granpè ansyen eksklav ki te konn rakonte istwa e tire kont pou nouvèl jenerasyon yo.»

Menmsi Toni Morrison fè pati, nan Etazini, de yon sektè entelektyèl nwa ameriken k ap fè jefò pou yo fè moun louvwi je yo sou eksperyans pratik e sosyo-istorik pèp oprime ameriken yo. Malerezman jefò sa yo fèt nan sèk moun k ap li, k ap reflechi, k ap gouvène, sètadi nan sen sa yo rele Establishment entelektyèl la, poto-mitan strikti politiko-entelektyèl lelit ameriken an. Sepandan menmsi manmzèl gen plas li nan sen savan yo, sa pa fè li fèmen je li sou pwoblèm yo: li refize vin yon jakorepèt ki sèlman la pou kontribye nan repwodiksyon sistèm opresyon ki la a. Pwofesè Morrison toujou fè sòti nan liv li yo sa ki fondamantal nan sen sosyete nwa ameriken an: lit pou sivivans, dram sosyo-istorik, debouyay ekzistansyèl jeneral nan yon kad sosyo-politik opresif. Yon anvironman ki fè moun ap fè yon seri de zak malonnèt ki nan lòt sikonstans yo pa tap fè. Pa ekzanp: yon manman esklav ki nan mawon e ki koupe gòj yon tibebe l genyen paske li pa vle pou l vin elve nan lesklavaj; jèn fi nwa ki pèdi idantite yo e ki rayi tèt yo paske yo montre yo ke se fanm blanch ak zye ble ki bèl e ki enpòtan nan sosyete a; oubyen nonm alyene ki pa konnen ki jan de vi yo ta renmen viv; fanm boujwa ki pa ka deside si yo vle kontinye ap viv nan liks ak nan richès materyèl ki san feeling, oubyen senpleman pase bon tan romantik, nan bèl frechè bò lanmè avèk yon kriminèl bèl gason ki pa montre ankenn enterè nan etikèt konfòmis sosyete a…

An rezime, menm lè sa fè nou yon grap plezi ke se yon gwo nègès ginen ki pran Pri Nobèl pou literati a, sa pa anpeche nou sonje ke Pri Nobèl la, istorikman, se yon chapo-ba ansanm ak yon modèl elevasyon ke ethno-centrisme ewopeyen a bay tèt li (nan kad «dwa» ak «misyon sivilizatè» ke gwo potanta oksidantal yo dedye pou tèt yo) pou ke se li ki deside ki sa ki valab nan domèn syans, literati, ekonomi ak aktivite sivik. Keksyon ki dwe poze se: Kilès ki bay moun sa yo dwa pou yo deside ki endividi ki pi bon, ki pi fò, ki merite onè? Ki kritè valab ki deside de valè travay yon nonm oubyen yon fanm nan sosyete a? Lè yo te chwazi li pou Pri Nobèl literati a an 1965, Jean-Paul Sartre, yon filozòf e romansye fransè, refize l kategorikman. Rezonman li te fè alepòk la, li te di ke pri sa a, se yon pri pyeje e ipokrit ke jiri aristokrat e konsèvatè nan peyi ewopeyen yo itilize anpil, avèk konsiderasyon politik ankatimini, pou defann pozisyon yo nan kad lagè idewolojik yo te rele «lagè frèt» la. Li te demontre ke alepòk la yo pat janm bay yon reprezantan peyi kominis yo Pri Nobèl la. Epi tou, Sartre rezone: «Siyen liv mwen yo «Jean-Paul Sartre» tou kou oswa «Jean-Paul Sartre/Prix Nobèl» se pa menm bagay. Nan dezyèm ka a, se yon sòt de presyon nou fè sou lektè yo pou yo valorize liv san ke yo poko li l.»1

Selon liy ide sa yo, li klè ke Pri Nobèl la se yon «pri politik» ki tre souvan pa gen anyen awè avèk ni literati, ni syans, ni lapè. Epitou, ki sa ki eksplike ke yo bay, an 1973, Henry Kissinger, Sekretè Deta administrasyon Nixon lan, ansanm avèk Duc Tho, yon diplomat vyetnamyen, menm Pri Nobèl pou lapè a? Kouman ou ka fè menm lonè a ak reprezantan yon gwo peyi k ap bonbade e masakre yon ti peyi ansanm avèk reprezantan peyi viktim lan? Menm jan nou ka wè yo bay Nelson Mandela ansanm avèk F.W. de Klerk Pri Nobèl pou lapè 1993 la, Pri sa ka yon aberasyon, yon pri ki ap konpanse bouwo ansanm ak viktim, idyo ansanm ak moun save, pretansyon gran blan oksidantal ansanm avèk aspirasyon lòt pèp yo pou bati destin yo.

Fòk nou di tou ke gen ka kote moun ki resevwa Pri Nobèl la itilize onè a bò kote pa yo tankou yon zam pou enterè koz y ap defann yo. Pa ekzanp lè yo te bay Pablo Neruda, Gabriel Garcia Marquez, monseyè Desmond Tutu e Rigoberta Menchù Pri Nobèl la, nan diferan okazyon, yo te remèsye Jiri prestijye nan non rezistans pèp yo an kont opresyon politik. Yo te itilize podium lan pou fè apèl a tout moun pou yo vin sipòte lit pou lavi chanje. Nou espere Pri Nobèl Toni Morrison resevwa a ap sèvi koz libète ak egalite pèp oprime yo. An reyalite, Pri Nobèl ou pa, Morrison se yon gran ekriven ki te deja fè onè tout moun ki kwè nan yon literati ki gen konsyans.

—Takodo

1. Konsilte Les Écrits de Sartre, Michel Contat avèk Michel Rybalka; Éditions Gallimard, 1970.

Tanbou logo

Page d’accueil  |   Sommaire de ce numéro  | Écrivez-nous à: Redaksyon@tanbou.com