Tanbou logo

Page d’accueil  |   Sommaire de ce numéro  |   Contribution de texte et Courrier: Redaksyon@tanbou.com


Dans ce numéro: La lutte du héros contre sa victimisation  |  Quelle voie à suivre, autre que l’endettement?  |  Haïti: entre le macoutisme, l’impérialisme et la libération  |  Les forces progressistes face au nouvel ordre international  |  Sitiyasyon peyi Dayiti: Istwa tankou doulè, peripesi ak rezistans  |  Yon pri nobèl pou yon nègès ginen, Toni Morrison  |  Hommage à Jean Métellus  |  Un text de Gaston Bachelard  |  Paul Laraque: Powèt e militan pye nan dlo  |  Éditorial  |  Lettres  |  Acte de naissance: Lettre des rédacteurs  |  Estilistik: Osijè tradiksyon òganik la  |  Poésie en français  |  Pwezi Kreyòl  |  Ale nan nouvo nimewo a  |  Rechercher  |

Maximilien Laroche:

«Lit yon ewo kont viktimizasyon li»

N

an liv roman Jacques Roumain an ke nou ta tradwi pwetikman an kreyòl sou tit, «Gouvènè pou lavi fleri» (Les Gouverneurs de la rosée), ewo prensipal la, Manuèl, fèk retounen sot Kiba, kote li te ekzile, pou l vin travay avèk pèp li an Ayiti. Apre l fin ede devlope yon sistèm awozaj ki tap nan enterè tout moun nan zòn lan, yo tiye li, li tonbe viktim enmitay ant de fanmi ki tap rivalize pou kontwòl zòn lan. Nan yon refleksyon literè Maximilien Laroche ekri sou «lit yon ewo kont viktimizasyon li» (La lutte du héros contre sa victimisation), li fè alizyon ak listwa sila a ansanm avèk lanmò Dessalines, ki te tonbe viktim apre gran konba ewoyik pou Lendepandans peyi a, pou l montre ke tre souvan «ewo a se yon anti-ewo ki deside pou l lese yo zonbifye li («entreprise de zombification personnelle») yon fason pou l dinamize [kondisyon sosyal yo], pou l asepte lanmò jiska rezireksyon.»

Sepandan, byenke nou rekonnèt ke tradisyon «ewo-viktim» la fè vrèman pati de eritaj atistik, sikolojik ak istorik pèp la, nou pa wè bezwen pou nou ideyalize li kòmkwa li ta yon bagay nou ka glorifye; paske ideyalizasyon sa a, jisteman, ka tounen, ka ede yon destinizasyon kondisyon viktimizasyon yo, sètadi yon mantalite defetis ki antrave konbativite pou depasman kondisyon zonbifikasyon yo. Epitou, menmsi li toujou bon pou nou gen inivèsite k ap analize kondisyon zonbifikasyon-viktimizasyon pèp la, nou pa ka anpeche nou regrete ke grandizè-analizè yo lese yo barikade yo dèyè gwo miray biwo klimatize inivèsite yo pou yo pale de kondisyon pèdisyon pèp la. Se pou rezon sila yo ke menm lè nou ta ka apresye bèl diskou ak analiz mesye-medam yo rele «lelit entelektyèl» ayisyen an, nou twouve moun sa yo manke sa nou ta rele yon «apwòch rasin-ginen» sou keksyon viktimizasyon an. Nou ta renmen ke kouwè Jacques Roumain, Jacques Stephen Alexis oubyen Paul Laraque, pou mesye—medam sa yo ta mete men yo ak konviksyon yo nan menm dlo k ap koule fre pou bèl ekriti yo an.

Natirèlman nou gen konpliman tou pou pwofesè Laroche. Nan liv tèks la soti a, L’image comme écho («Imaj kou eko»), gen yon konpilasyon lòt etid ki montre konpleksite konesans ekriven an sou literati ak imajri ayisyen an. Analiz ak kritik misye sou plizye kouran ak figi literè ayisyen, patikilyèman sou Magloire Saint-Aude, Jacques Stephen Alexis, Jacques Lenoir, montre tou sansiblite pwogresis otè a; san konte yon metriz lang franse a ki retransmèt san l pa pèdi bèlte li, tout imajri atistik ayisyen an.

Tanbou logo

Page d’accueil  |   Sommaire de ce numéro  | Écrivez-nous à: Redaksyon@tanbou.com


Dans ce numéro: La lutte du héros contre sa victimisation  |  Quelle voie à suivre, autre que l’endettement?  |  Haïti: entre le macoutisme, l’impérialisme et la libération  |  Les forces progressistes face au nouvel ordre international  |  Sitiyasyon peyi Dayiti: Istwa tankou doulè, peripesi ak rezistans  |  Yon pri nobèl pou yon nègès ginen, Toni Morrison  |  Hommage à Jean Métellus  |  Un text de Gaston Bachelard  |  Paul Laraque: Powèt e militan pye nan dlo  |  Éditorial  |  Lettres  |  Acte de naissance: Lettre des rédacteurs  |  Estilistik: Osijè tradiksyon òganik la  |  Poésie en français  |  Pwezi Kreyòl  |  Ale nan nouvo nimewo a  |