Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com



De chapit tire de roman Anba Bòt Kwokodil, pa Patrick Sylvain

Chapit 1

La couverture de Anba Bòt Kwokodil.

Anba yon solèy cho nan mwa Jiyè 1957, yon mwa aprè Prezidan Fignole te pran koudeta, Jozafa Bwanèt, dekouraje, byen estomake, t’ap travèse yon sous dlo ki sòti nan bouch rivyè Rouyòn nan Leyogàn. Misye te fèk sòti lavil Leyogàn, nan boutik Jera Mak-Antwàn kote li gen abònman pou li vann soulye an gwo li te fabrike. Jozafa, anvan li te pran desizyon pou li te abandone komès sa a, misye te konsidere tèt li yon kòdonye feray ki te pwodui soulye pou mache lokal la sèlman. Akoz move eksplwatazyon Jozafa santi li sibi nan men Mak-Antwàn, misye sètoblije, jou 14 Jiyè sa a, abandone metye kòdonye a ki te kòmanse boulvèse sante l’.

Li te prèske inè nan aprèmidi lè Jozafa t’ap kannale monte wout Nò a pou li retounen lakay li nan Difò. Anvan menm li te fin travèse rivyè Rouyòn, li te fè yon ti kanpo pou li rafrechi figi l’ ki te gentan tranpe ak swe. Pye misye, kwak yo te nan sandal, te gentan poudre ak pousyè. Li bese do l’, touse janm pantalon li, deboukle youn nan sandal li te fè yo, depoze yo sou tèt yon wòch ki te tache ak digo, epi li pran dlo ak men l’ pou li lave janm li. Jarèt misye sanble yon foutbolè ki nan bon swenyay. Aprè, li retire chemiz Delon ki te sou li a, yon chemiz kòl-lase manch kout blesyèl. Pandan Jozafa ap lave anba bra l’, li tou pwofite pase men dwat sou zepòl goch lan pou l’ tatonnen yon sikatris rigwaz Mèt Adèlfen te ba li avan li te desann Sètifika. Chak fwa misye manyen sikatris sa a, li sonje hèn k’ap ponpe nan kè l’ pou Mèt Adèlfen ki te konn aji tankou yon bouwo nan lekòl Frè Salezyen yo ki te vin evanjelize Ayisyen.

Pou jou 14 Jiyè sa a, sikatris lan te gen doub-sans pou Jozafa. Li fè misye sonje rezon li te lèse lekòl byen bonè epi eksplwatasyon Jera Mak-Antwàn yo te vin mete absè sou klou.

Lè Jozafa te fin rafrechi kò l’, li respire afon pou li retire nan sèvo l’ dènye imaj Mak-Antwàn ki t’ap eseye fè yon doub-koutay sou li avèk yon touris blan Ameriken ki te renmen kout sizo sandal li yo. Jozafa kontinye respire afon, epi li bride pa l’ pou li gade yon gwoup medam ak batwèl nan men ki t’ap bat, epi blayi rad sou gwo bit wòch pou seche. Anpil nan medàm yo te tòsni… sa ki te gen tete ki fèk ap pouse, rive nan sa ki te gen tete lage… sa pa te anyen pou Jozafa, paske li abitye wè moun toutouni. Li souri lè li sonje jan Pè Salomon abitye di: “on dwa kache le sèks.”

Lè misye fin travèse dlo a, li mete chemiz ak sandal li pou li kontinye wout lan. Kèk 800 mèt pi devan, li pase bò yon chan kann kote yon trantèn moun do koube, manchèt nan men, t’ap voye monte pou rakle kann jouk nan bout. Gen enpe nan yo ki t’ap defèyte kann, epi voye yo nan yon charyo bèf ki ta pral mennen yo nan HASCO (Haitian American Sugar Company). Solèy lan plake sou do yo, gason yo do touni, rigòl swe ap glise desann sou yo pou rive jouk nan ren yo kote senti pantalon yo t’ap bwè tout sye.

Pandan yo t’ap koupe kann, yo te tanmen yon chante lakou ki te rantre nan zòrèy Jozafa avèk yon dousè makòs ki melanje ak yon tristès fyèl bèf: “Lakou an pou nou de. Gade lavi pa m’! Oo lakou an pou nou de. Lakou papa m’ pou mwen men; yo pa vle m’ pase ladan li. Elanyee!” Sèvo li bat bravo pou li wè jan konsyans ak kilti peyizan yo pa janm chanje malgre Prezidan Lescot, epi Magloire, te manche yon kanpay pou detwi sistèm lakou relijyon Vodou an. Lè reyalite an frape kòtòf konsyans li, souf Jozafa ogmante; li sere dan l’, flanm dife nan je l’ vòltije epi li souke tèt li tankou yon moun ki gen yon pawòl k’ap sifoke l’ tèlman kè li t’ap rache pou fason li t’ap gade jèn gason, jèn fi ak timoun ki ta sipoze lekòl, t’ap ede manman ak papa yo travay nan chan kann pou Ameriken ak gwo chabrak nan Pòtoprens.

Briskeman, Jozafa pote atansyon l’ sou yon ti gwoup, twa gason ki t’ap defeyite kann pandan yo t’ap takle pawoli politik sou zafè arestasyon Fignole an, ak sou kanpay prezidansyèl ki te gentan deklannche. Jozafa te fè pati yon jenès ki te fèt apèn yon jenerasyon aprè lokipasyon; jenerasyon sa a te vin devlope yon kwayans nan yon ayisyanite ki dyanm. Se konsa, depi aprè lademanm ekriven Jean-Price Mars la pou ranmase kilti nasyonal la ak fyète; vin gen yon pimba anbrasman kilti kreyòl pami jèn yo pou yo te ka elimine maleng disnèf lane okipasyon Ameriken an; epitou, takle yon peryòd laperèz ak pèsekisyon vodou ki te tabli pandan gouvènman Lesko an. Kidonk, chante lakou a te byen klase nan zòrèy Jozafa ki t’ap wose drapo lakilti pa l’ nan konba lajenès kont tilititi sosyal.

Jis arebò chan kann lan, Jozafa t’ap travèse yon santye ki te koube nan yon pati nan plantasyon Roumain an. La, jis nan koub santye a, te gen twa mesye ki te kanpe devan yon pil kann Anana pou yo defeyite epi voye kann nan yon charyo kat wou yon towo bèf mawon t’ap mennen. Pami twa mesye ki t’ap pale yo, Jozafa te pote atansyon li sou youn nan travayè yo ki t’ap pale avèk anpil emosyon. Jozafa te anrejistre mouvman veyatif jye l’ ak jès eksitasyon men l’ ki te prèt pou vide ponyèt. Travayè sa a, Jozafa remake, an konparezon ak de lòt mesye yo, kò misye te pi dyanm e lejèman pi foule; alòske lòt mesye yo te wo, lejèman miskle, e kò yo te mwen konpak, plis elastik. Jozafa ralanti sou pis li pou l’ te ka tande pawoli travayè sa a ki gen yon gwo pati nan zèpòl goch ak bibit li ki sikatrize tankou yon chwal ki te mal tanponnen. Kwak Jozafa eseye fokalize sou sikatris lan, se mo ki t’ap sòti nan bouch travayè a ki te arive sezi atansyon Jozafa.

Avèk yon ton fèm, fò e rapid, Jozafa tande misye di: “Mwen gen karanndezan sou tèt mwen, chak lane mwen respire se yon lane brimad. Lè m’ di nou brimad lan, bonjan brimad. Brimad nan men paran, brimad nan men blan meriken, brimad nan men chabrak, brimad nan men leta. Mwen menm manje brimad nan men madanm. Alòs, koudeta Fignole sot pran la a, mwen jire… vyèj pete je m’… sa pral make koumansman yon pimba represyon nan kòtòf ti nèg. Lavi chè pra l’ fè n’ wouke, se sèl lajenès sa a ki ka…” Kòm Jozafa pa te vle parèt twò sispèk, misye sètoblije fofile kòmsi ryennetè.

Jozafa kontinye wout li, yon sak kui koulè mawon jonat pase antravè nan do l’. Se avèk sak sa a li te konn ale lekòl, kounye a li mete zouti ak papye ladan l’. Olye pou l’ te pase sou gran wout lan, Wout Nasyonal Nimewo 2 a, li te prefere fè wout dekoupe pou l’ te kapab admire peyizaj Leyogàn lan. Li suiv liy kòt lanmè Gòlf Lagonav la ki fè yon sèl avèk syèl la. Li pran sant bannann ki fèk koupe, zèb ki fèk sekle, misye respire afon pandan pawòl travayè HASCO an fè woulawoup nan tèt li.

Kote l’ap mache a, se yon ti chemen kwense ki file tankou yon koulèv nan mitan yon pakèt pye palmis ak pye kokoye ki ansèkle ak pye mango. Lanmè a sou bò dwat li, mòn yo sou bò goch li, limenm li nan mitan yon chan pye bwa kote plantasyon te chita nan tan lontan, nan epòk lakoloni lè Afriken te tounen esklav panyòl, anvan yo te tonbe anba men fransè. Pou yon rezon Jozafa pa ka fin twò konprann, jounen 14 Jiyè sa a anpare lespri li ak yon seri imaj ak emosyon misye pa t’ janm viv. Kòmsidire, chak pa Jozafa pran, li te santi prezans yon kolòn lòt moun ki dèyè l’ k’ap eseye kache pou mèt plantasyon pa filange yo poutèt y’ap mawonnen. Nan touf pye kokoye ak chan kann, Jozafa wè fanm ak gason k’ap kouri afon ak manchèt nan men. Misye santi souf li k’ap ogmante, kè l’ pran bat tankou yon moun ki sot kouri. Jozafa pa ka konprann sa k’ap pase l’. Li mande tèt li èske se pawòl travayè a oubyen se gwo sikatris misye a ki te transpòte l’ nan yon mond kraze zo ki sanble ak reyalite peyi a kote kounye a, ayisyen ki libenlibè sèvi kòm restavèk-travayè. Sistèm plantasyon an sede plas bay sistèm demwatye k’ap rale nan chalimo mwèl peyizan. Jozafa pase men l’ nan figi li epi li souke tèt li pou li verifye si li pa t’ap reve. Misye sonje li te fache kont Jera Mak-Antwàn, li sonje tou li te estomake pou kondisyon timoun yo nan chan kann lan. Jozafa, sonje tout sa, men li pa ka rive konprann imaj tan lontan sa yo ki te galope nan ekran memwa l’.

Pandan li sou wout la, li fè yon ti kanpe pou l’ keyi kèk mango Fransik. Li mete de nan valiz li, epi li bat lòt la jiskaske li vin mou pou fè tòtòt. Pandan Jozafa t’ap petri mango a, li vin sonje kout pwen ak kout igwaz elèv kay Frè Salezyen yo te konn pran nan men pwofesè. Ankò, misye soupire epi li mande tèt li si li te rete lekòl toujou èske nèg tankou Jera ta ka rive eskplwate l’ nan eta sa a. Li reflechi sou diferan posibilite lavi te ka ofri l’ si li te kontinye klas li. Petèt li ta ka yon administratè, oubyen yon pwofesè lekòl. Lè misye vin sonje kantite moun ki nan chomaj, li vin twò kontan difè li se pwòp bòs li.

Jozafa te kite lekòl yon lane aprè frè l’ lan, Rafayèl, te bay fanmi an do lè li te deside rantre nan Akademi Militè. Nan mwa Jen 1954, lè Jozafa te anonse desiyon l’ pou li pa t’al fè Senkyèm Sekondè. Èzila ak Dèlfis te fache anpil, men yo te arive konprann desizyon Jozafa pou l’ pa te kontinye fè etid segondè li nan yon kondisyon kraze zo. Kay Frè Salezyen yo, pinisyon kòporèl te soupye jouk nan katriyèm ane segondè.

Pandan tout moman Jozafa t’ap fè tòtòt lan, li t’ap sonje jan frè l’ la te fè manman l’ lapèn lè misye te rantre nan lame; alò, se youn nan rezon sa yo ki fè Jozafa pa te janm konsidere rantre nan lame. Misye amize l’ ak mango an, li prije l’ jiskaske dènyè gout sòs ji mango an monte nan ti pwent tèt lan kote li te koupe ak dan l’. Kwak Jozafa te gen disètan daj, fè tòt se youn nan pi gwo plezi misye.

Nan peze-souse mango, Jozafa fè vizyon manman l’ ak papa l’ ki chita anba yon pye baldaken ki se yon repozwa frechè menmlè solèy la fese kòlè l’ sou latè. La, Èzila chita sou yon ti ban epi Dèlfis chita sou yon dodin, yon bòl mango sou kuis Èzila; manmzèl ap tranche lèz pou l’ mete nan bouch Dèlfis k’ap dodine ak zye l’ fèmen. Jozafa souri, epi li panse a Malèn Senpyè, yon bèl Ayisyèn po karamelize k’ap fè piwèt nan rèv li. Jozafa mande tèt li si yon jou l’ap rive pataje siwolin lavi ak Malèn.

Chapit 4

Chapit 4 sa a te deja pibliye nan edisyon ete 2005 jounal la. Nou repibliye l jodia nan vèsyon final liv la.

Aprè meriken te leve lank an 1934, Èzila te marye ak Dèlfis. Yon nonm ki t’ap file l’ depi lè li te jèn demwazèl. Manman Èzila te refize paske li pa te gen grinbak. Èzila sonje trèbyen premye fwa Dèlfis te mande l’ renmen. Manmzèl te gen disètan lè Dèlfis te kòmanse pote bèl mango ak kann anana sikre pou li. Èzila sonje pawòl siwolin Dèlfis te konn di l’, e jiskaprezan, Èzila toujou ka wè etensèl lanmou ki te konn sote ponpe nan fon je Dèlfis lè li t’ap fè l’ lademann. Je Dèlfis te tankou yon lalin ki te badijonnen ak zetwal tèlman lanmou t’ap boujonnen nan fon kè l’ pou Èzila.

La quatrième de couverture de Anba Bòt Kwokodil.

Pandan yo chita nan atelye a, yo tout te rete an silans, istwa lavi t’ap kouri nan tèt Èzila tankou van k’ap pote touf nwaj tanpèt. Nan tèt chak moun, lavi t’ap fè laviwonn-dede; se tankou paj ak chapit listwa t’ap feyite san rete. Silans te monte twòn li pou lavi te ka rantre an revizyon. Aprè detwa minit, yon chyen pran jape san rete. Menm moman an, Jozafa leve kanpe pou l’ te gade dekiprevyen chyen an te pran jape konsa a.

“Lamayòt k’ap sivage dèyè kay lan, bat zèl ou al fè yon lòt wout anvan nou dekanpe ou ak kout manch pilon.”

“Jozafa”, Dèlfis tanmen, “alè sa a, kijan ou fè panse gen lougawou k’ap vole?”

“Mwen pa janm konnen chyen te konn jape san rezon!”

“Jozafa, si yon chyen grangou l’ap jape, si l’ap fè move rèv li gen dwa jape.”

Apèn Dèlfis fin fèmen bouch li, Jozafa pran ri tankou yon moun yo t’ap satiyèt. Nan lespri Jozafa, lide pou yon chen t’ap reve a se yon lide ki rizib. Misye pa t’ ka imajine yon chen k’ap fè move rèv. Kwaksa, ri Jozafa a te tèlman sansès, Dèlfis te ret gade misye avèk degoutans.

Pandan tout pale anpil ak griyen dan t’ap fèt ant Dèlfis ak Jozafa, Èzila rete byen trankil; sèvo l’ t’ap fè replik ak tout kesyon imajinasyon t’ap poze l’. Li te lèse sèvo l’ demele l’ ak vizyon k’ap dewoule. Kwak Èzila chita nan atelye a, tèlman li te lwen, se kò l’ sèlman ki te la. Sèvo l’ t’ ap fè laplanch nan yon lanmè refleksyon l’. Sanzatann, li briskeman retire kò l’ anndan kwoki panse l’ epi li mande Dèlfis:

“Kite kantik pran priyè, Dèlfis. Èske ou sonje premye fwa nou te kòmanse koze? Premye fwa lè ou te vin fè m’ lademann, vin lage bèl ti pawòl wowoli nan zòrèy mwen. Èske ou sonje?”

Menm moman an, Jozafa sispann ri, trankilite retounen blayi nan atelye a. Dèlfis ki te lejèman etone, pran ekzamine bouch, nen ak je Èzila ki ret fikse nan direksyon l’.

“Zizi, aprè tout lane nou pase ansanm yo, poukisa se kounye a ou poze m’ kesyon sa a? Di m’ kisa k’ap domine ou?”

“Papa, mwen kwè w’ap demake kesyon manman m’ lan. Poukisa ou pa reponn? Mwen ta renmen konnen bonjan pawòl romantik.”

“Jozafa, tanpri, sispann fè rizib ak pawòl serye. Dayè, alaj ou ye la a, mwen pa kwè ou konnen kijan pou vrèman koze ak yon dam!”

“Mwenmenm papa! Mwen pa kwè genyen yon kòk ki konn beke mayi tankou m’. Dayè, non sèlman mwen konn pale, men tou, mwen konnen kòman pou m’ trete medam yo avèk respè.”

Jozafa kanpe nan mitan sal la, li leve de pwent kole chemiz li, li touse manch ponyèt dwat li, li grate gòj li, epi li avanse sou manman l’, li di:

“Bèl joumou mwen ta renmen genyen ou pou m’ fè yon bouyon. Ou sanble ou byen mi, ou jòn. Depi mwen gade ou, je m’ ak bouch mwen anvi lolo ou…”

Anvan menm Jozafa fin fè teyat li a devan manman l’, papa l’ te gentan fè misye degèpi l’. Dèlfis leve kanpe, li gade Jozafa, li gade Èzila, epi li di:

“Tèt mato vin pran leson. Ou grizon anpil nan fason ou mande fi renmen. Si yon fi ta di m’ pitit gason m’ te koze avè l’ nan fason ou sot montre nou la a, mwen t’ap di l’ manti. Dayè, fi sa a ta sipoze ekspedye ou kòm gwayil. Vrèman, Jozafa, si ou pa kapab mande yon fi renmen, mwen pa wè ki jan ou pral fè pou aprann okenn metye. Epitou, se kounye a mwen wè rezon ki fè ou pa te kapab kenbe ak lekòl la, ni fè yon bon kòdonye ak aprann ebenis. Se kounye a mwen wè rezon an…”

“Papa”, Jozafa on ti jan jennen, li te santi l’ oblije defann tèt li, “se pa kapab mwen pa kapab aprann lekòl, men se vle mwen pa te vle tounen lekòl pou m’ aprann move koze misyonè t’ap mete nan tèt jenès la pou n’ sa rayi rasin. Bò isit, se kreyòl nou pale, e se li menm nou konprann; men, lè yon pwofesè kanpe devan yon klas epi l’ap voye fransè monte kòmsi nou tout se yon bann ti fransè, enben papa gen yon pwoblèm nan sa. Anplis, yo vle pou m’ rayi kilti zansèt nou yo pou n’ adopte pa yo. Pouki yo pa respekte n’ pou sa nou ye? Pouki se noumenm nèg ak nègèz ki toujou ap soufri? Nan kondisyon sa a, mwen pito pa retounen lekòl. Franchman papa, m’ santi m’ dekouraje.”

Silans mòbid rerantre anndan atelye a. Dèlfis, Èzila ak Jozafa ret anplas, yo youn pa di anyen. Yo toulètwa sanble moun k’ap medite, k’ap fè yon vwayaj anndan lespri yo pou yo wè si yo te ka jwenn yon solisyon. Yo rantre fon nan sèvo yo pou yo te kapab netwaye tout panse bayawonn ki t’ap boujonnen. Kèk minit te gentan pase anvan Dèlfis te pwoche Jozafa avèk tandrès, li bat do l’ dousman tankou yon zanmi ki nan pwoblèm.

“Fafa, mwen konnen pawòl mwen yo pikote ou; men, eseye konprann se ou ki sèl espwa nou. Ou konnen edikasyon se yon bagay moun pa jwenn fasil, gade kounyen an se sa ki fè anpil moun nou konnen pa konn li ak ekri. Sa pa vle di yo sòt pou sa. Nou konnen ou entèlijan, epi ou kapab bay bon randman, men se pè nou pè pou ou sèlman…”

Anvan pou Dèlfis ta ka fin pale ak Jozafa, Èzila leve kanpe avèk vanyans li, men dwat li sou ranch li, dwèt li lonje sou Dèlfis, epi l’ap sekwe endèks li tankou yon moun k’ap fè jijman.

“Dèlfis, mwen pa konnen kote ou sòti aswè a, ou rantre nan kay la tankou yon chwal malen, ou pa janm di pèsonn kote ou sòti, nou pa konnen si ou te nan malè oubyen si se nan chat chawony ou sòti; kounye a gade ou, w’ap pran pòz kòk kreyòl ou la a, kòmsi se ou ki gen bon zepon pase tout kòk.”

Briskeman, Èzila pran ri tankou yon moun ki sonje yon blag li te tande lontan. Dèlfis ak Jozafa ret kanpe tou sezi, y’ap mande sa ki pase ki fè Èzila pran ri konsa a. Yo youn pa di anyen, paske se premye fwa yo wè Èzila aji konsa. Èzila kontinye ri, men tout tan pandan l’ap ri a, l’ap mamòte, pyès moun pa ka konprann mo kachotri li yo. Finalman, aprè detwa minit, Èzila sispann ri, li repran ton serye l’. Ni Dèlfis ni Jozafa, yo youn pa poze l’ okenn kesyon sou fason li sot enstale kò l’ nan brasay griyen dan li sot bay lan. Byen serye, Èzila repran konvèsasyon an.

“Mwen te poze yon kesyon ki poko jwenn repons. Pale m’ kare! Se demake w’ap demake m’, oubyen se bliye ou bliye?”

Dèlfis grate mitan tèt li, epi li pwoche Èzila byen dousman

“Zizi, se pa vle mwen pa vle di ou, ni se pa demake m’ap demake ou; men, mwen santi m’ jennen pou m’ pale pawòl konsa devan Jozafa. Poukisa se kounye a ou poze m’ kesyon sa a?”

Èzila vire bay Dèlfis do, epi li antrelase men l’ devan vant li, tankou yon moun k’ap eseye soulaje yon doulè. Byen dousman, pandan l’ap pale, manmzèl pran zongle pous yo youn ak lòt.

“Dèlfis, pafwa m’ santi m’ poukont mwen, menmsi nou viv, travay epi dòmi ansanm; mentou, mwen renmen tande lè ou di m’ pawòl dous. Franchman Dèlfis, mwen konnen ou pa renmen lè m’ap pale sou kozman ki pase deja paske, daprè oumenm, moun pa sipoze leve chat k’ap dòmi. Moun pa sipoze detere zo ki fin antere; men gendelè, sa ki te pase pi rèd pase sa k’ap dewoule kounye a. Nou sètoblije detere move zo pou n’ gade pouki y’ap boulvèse n’ toujou.”

“Zizi, mwen konprann, eskize m’. Mwen t’ap fè rizib ak Jozafa, ou mèt pale kare m’ap tande ou.”

Anvan menm Èzila kontinye pale, de ran dlo file desann nan kwen je l’. Dèlfis gentan wè ekzakteman sou ki pwen Èzila pral tonbe avè l’, epitou li konnen koze sa a toujou mare trip Èzila, tèlman li te makònen ak move kozman.

“Tout sa mwen fè pou m’ bliye mwen pa kapab, tank mwen konbat se tank mwen sonje pi plis. Dèlfis, mwen konnen sa rèd pou ou tande m’ k’ap pale sou vi m’ ak yon lòt gason; men cheri franchman, sèjan an se tòtire l’ap tòtire sèvo m’. Tout lè nou t’ap viv ansanm li pa t’ janm te di m’ li renmen m’, li pa t’ janm montre m’ yon gout afeksyon. Mwen konnen ou pa tankou l’, men pafwa mwen santi m’ poukont mwen. Se pa akize m’ap akize ou, ditou, se pa sa. Gendelè mwen ta renmen pou vlope m’ nan bra ou, pou dolote m’, anbrase m’, karese m’, fè m’ santi m’ fanm, fè m’ santi m’ enpòtan. Vin jwenn ankò n’ap rantre nan laj. …Fifis, nan rasin kè m’ pa gen yon gason mwen damou jan m’ damou ou lan, e pa gen yon gason ki gen konpreyansyon ou, ki janti, ki dous jan ou dous lan. Soufrans pa dous. Avè ou Dèlfis, kwak mwen santi m’ egal-ego, mwen pa sètoblije di n’ sa mwen bezwen. Mwen konnen ou damou m’ menmjan mwen damou ou lan. Depi m’ konnen nou renmen, ou pa janm ensilte. Franchman, mwen menm ak Jozafa nou reyèlman gen chans pou n’ genyen ou nan vi n’. Malerezman, sa ki bay pou Rafayèl la pa t’ kapab rekonèt sa, li te pito rantre nan lame. O Senyè! Gade jan mwen pa gen chans ak Kaki. Dèlfis, mwen konnen mwen pale anpil, men detan-zantan mwen ta renmen pou grate tèt mwen, pase men ou nan kou m’ pou di m’ ou renmen m’.”

Jozafa te ret byen trankil, pou li te ka absòbe tankou eponj emosyon ant manman l’ ak papa l’. Se kòmsi, aprantisaj nonmte Jozafa te fèt la a nan atelye a. Briyans zye Jozafa te komike glasiyad santiman l’. Anvi kriye, anvi souri t’ap fè piwèt nan menm laye emosyon ki te fè ti gonfleman kriye pandye nan zye l’ tèlman lanmou manman l’ ak papa l’ te akasan-siwo. Pandanstan, Dèlfis ki te deja gen Èzila nan bra l’, met tèt li sou zepòl goch Èzila, sentre men l’ nan ren manmzèl epi li di nan yon ton byen dou:

“Cheri, mwen renmen ou jouk mwen ta bay vi m’ pou ou. Ou pa bezwen pè Zizi, m’ap dòlote ou, m’ap damou ou jouk mayi mi.”

—Patrick Sylvain tire de roman Anba bòt Kwokodil, ed. Trilingual Press, 2015

Liv la ka kòmande sou sit Amazon oubyen sou sit Près Trileng/Trilingual Press ak Tanbou.

A collective publication and collective publishing house, to buy books, click here:
pour acheter des livres, cliquer ici:
pou achte liv, klike la a:

Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com