Aller au sommaire de ce numéro de Tanbou/Tambour, Spring 2015

Page d’accueil  |   Sommaire de ce numéro  |   Contribution de Texte et de Courrier: Editeurs@tanbou.com



Premye selebrasyon anyèl mwa Kreyòl Ayisyen nan Masachisèt :

Kreyòl kou atou estratejik pou devlopman Ayiti

Premye Selebrasyon Anyèl Mwa Kreyòl Ayisyen nan Eta Masachisèt ki te rive jounen 25 oktòb 2014 la nan lokal branch prensipal Bibliyotèk Vil Kambridj (Cambridge), te yon gran siksè. Te gen yon senkantèn moun ki fè akdeprezans e prezantasyon yo te ekselan.

An n rezime yo :

Selebrasyon an ouvri avèk Tontongi ki, onon komite ki òganize l la, remesyè Bibliyotèk Vil Kambridj ak prezantatè yo pou èd yo nan materyalizasyon evennman an. Li prezante lòt manm òganizatè yo, ki se Jean-Dany Joachim (City Nights Poetry), Charlot Lucien (Asanble Atis Ayisyen nan Masachisèt), Roosevelt Desronville (Edisyon JEBCA) ak Fred Edson Lafortune (EchoCulture). Li poze keksyon : Poukisa n’ap selebre Mwa Kreyòl Ayisyen ? Li reponn pou l endike kondisyon enferyorize lelit frankofil la kenbe lang kreyòl ayisyen ann Ayiti se yon enjistis ki dire two lontan e ki mande reparasyon. Li rann tou omaj ak tout aktivite k’ap fèt nan sans valorizasyon lang lan kou paekzanp ekriven k’ap ekri ladann ak fondasyon Akademi Kreyòl Ayisyen an ann Ayiti.

Tontongi te pran okazyon an pou l rann omaj ak Pierre-Roland Bain, manm fondatè KEPKAA, ki te fè vwayaj la de Monreyal, Kanada, pou l te vin patisipe nan selebrasyon an. Tontongi raple piblik la ke KEPKAA te premye òganizasyon ki lanse komemorasyon Mwa Kreyòl Ayisyen an nan Monreyal sèz zan desla. Pierre-Roland Bain di kèk mo a piblik la kote l te felisite òganizatè yo pou lefètke y’ap mentni tradisyon selebrasyon ak valorizasyon lang ayisyen an.

Michel Degraff te envite e asepte pou l patisipe nan selebrasyon an, men malerezman lòt angajman te anpeche l vini lè nou finalman deside jou ekzat selebrasyon an. Li voye yon tinòt solidarite ba nou, ki te li pa Tontongi e ki di pami lòt bagay : « Mwen se moun Boston tou, mwen renmen Boston, e mwen renmen kominote sa a nan Boston ki toujou ap selebre Ayisyènte nou. Epi mwen rete Cambridge, tou pre la a, a 4 blòk de bibliyotèk la. Ki fè mwen regrèt mwen pa ka la avè nou jodi a, pou mwen selebre avè nou nan Boston—nan yon bèl selebrasyon lang nou, kilti nou, idantite nou. Men, anvan mwen te moun Boston, mwen te moun Ayiti, e se Ayiti ki se bèso lang kreyòl la. Ki fè mwen kontan ke se ann Ayiti mwen ye jodi a pou mwen kole zepòl ak konpatriyòt nou yo k ap travay pou lang kreyòl la kòm zouti pou devlòpman peyi a. Se yon gwo konbit k ap fèt, tou patou ann Ayiti ak lòt bò dlo, pou fè lang kreyòl la sèvi, kòm sa dwa, pou kreye Ayiti nou vle a—yon Ayiti k ap bèl pou tout pitit li yo. Vreman vre, Akademi Kreyòl la gen yon gwo wòl pou li jwe nan rechèch k ap fèt sou devlòpman ak estrikti lang kreyòl la. Sou bò m kòm lengwis k ap travay nan MIT e k ap dirije Inisyativ MIT-Ayiti a, mwen panse ke Akademi a pral pouse itilizasyon lang lan nan devlòpman nouvo resous, nouvo zouti, nouvo metòd—metòd ki pi adapte ak anviwonnman peyi a—pou timoun lekòl ak etidyan nan inivèsite ka vin pi djanm, pi kreyatif. E se pou sa ke mwen kontan e mwen fyè pou mwen travay kòm Akademisyen pou mwen mete tout konesans mwen ak tout esperyans mwen nan sèvis peyi m. Rèv mwen se pou mwen kolabore ak lòt Akademisyen yo e ak tout lòt Ayisyen otantik pou nou rive devlope yon kominote lengwistik san fòs kote pou Ayiti ka dekole. An nou tout pote kole nan kokennchenn travay sa a ke Akademi an pral fè pou bati Ayiti cheri nou vle a. M ap swete nou yon bèl selebrasyon nan Boston pou lang kreyòl la ka bay fwi tout kote nan lemonn kote gen pitit Ayiti yo ap viv. »

Apresa, manm òganizatè Jean-Dany Joachim prezante moderatris konferans lan Sophia Cantave, ki prezante de manm panèl konferans lan Marky Jean-Pierre ak Merites Abelard. Pwofesè Jean-Pierre montre degre iyorans anpil moun genyen de kreyòl ayisyen an e kouman, an reyalite, anpil etid ak estatistik demontre benefis ki genyen si nou anplwaye lang ayisyen an kou yon vrè lang nasyonal nan edikasyon.

Merites Abelard limenm fè istorik lang ayisyen an e montre evolisyon l ki, de « pidgin », vin tounen yon lang totalkapital. Byenke genyen moun ki pat renmen deziyasyon lang kreyòl ayisyen kou yon « baby language », yon lang tibebe (yon ekspresyon n’a espere misye ap vin sispann itilize), prezantasyon Pwofesè Abelard la pote anpil eklerasyon sou kondisyon zonbifikasyon yo kenbe lang ayisyen an ann Ayiti e li bay apui li ak yon politik edikasyon ki sipòte valorizasyon li.

Pwofesè Cantave, ki te sèvi kòm moderatris, fè yon bèl travay moderasyon pou konferans lan, e li te enpresyonan fason li te rann ann anglè, nan yon rezime detaye, pratikman tout sa Abelard te di nan prezantasyon li an, ke l te fè ann kreyòl ayisyen.

Pati kiltirèl selebrasyon an te swiv pati konferans lan kote Tontongi te layite plizyè otè ak entelektyèl piblik lokal ki ekri an kreyòl ayisyen e ki pibliye lakay Près Trileng/Trilingual Press, pami yo Nicole Titus, Charlot Lucien, Doumafis Lafontant, Patrick Sylvain, Ewald Delva ak Fred Edson Lafontant.

Pati kiltirèl la te divize pa plizyè lòt panèl ki gen chak de ou twa manm e ki te modere pa Pwofesè Lunine Pierre-Jerome, ki fè yon travay ekselan. Nou remake li achte yon chay liv pou l ka ede edisyon liv ayisyen ki te reprezante pa de mezondedisyon lokal. Premye panèl la te genyen Nicole Titus, Carey Dardompré ak Patrick Sylvain. Titus prezante nouvo zèv li Hamlèt (Prens Dànmak), yon tradiksyon ann ayisyen pyèsteyat Wilyam Chekspi ki pi long lan. Anfèt, zèv la se plis yon « adaptasyon » paske Titus transkri nan reyalite ayisyen yon zèv ki lokalize nan peyi Dànmak, nan XIIIèm syèk ewopeyen an, sètadi nan yon epòk ni Ayiti, ni menm Etazini potko ekziste. Travay Titus la dekwape iyorans ki fè moun di lang kreyòl ayisyen an limite nan sa li ka eksprime.

Dezyèm manm panèl sa a, Carey Dardompré, te pale de lodyans nan literati ak kilti ayisyen, li site Maurice Sixto nan oralite ak Georges Anglade nan ekritoryalite kòm ekzanp moun ki te pratike lodyans la. Patrick Sylvain limenm deplore mank de lektè pou zèv ki pibliye an kreyòl ayisyen yo, li di se tankou li komèt « suisid » lè l ekri ann ayisyen.

Panèl Frantz Jean-Baptiste ak Frantz Lebeau a, de otè ki pibliye lakay Edisyon JEBCA, kontinye menm ekzòtasyon an pou Ayisyen asime lang natifnatal yo a. Lebeau te li yon powèm dramatik ki te byen apresye pa piblik la. Doumafis Lafontant te li powèm nan zèv li Krik ! Krak ! Dèyè Mòn Genyen Mòn, yon zèv ki ekspoze e kritike zak enperyalis peyi dominan yo.

Charlot Lucien te nan menm panèl avèk Doumafis Lafontant e Ewald Delva. Lucien te resite yon pati nan plak kont li Ti-Oma. Piblik la abitye ak zèv lodyans sa a e li te aplodi Charlot ak kè kontan. Ewald Delva li timoso pati nan zèv li Adelina, yon roman ayisyen chaje ak entrig e kontmaltaye ; zèv la montre matonnri Delva nan ekriti an kreyòl ayisyen.

Pati kiltirèl la te gen mizik, avèk Gifrants ki, kòm toujou, serenade moun yo avèk melodi afro-jazz à la Ti-Paris li yo.

Byen malerezman, akoz de twòp konsiderasyon pou lè ekzat pou n te kite lèlye, Fred Edson Lafortune pat prezante selon jan yo te anonse a, men misye di li satisfè li te ede antanke youn nan manm òganizatè yo, fè evennman an yon reyalite (e li te pwomote l nan radyo ak nan entènèt).

Pou yon premye selebrasyon anyèl, evennman sa a te yon gwo siksè, te gen ekspozisyon liv pa twa mezondedisyon ayisyen, Trilingual Press/Près Trileng, JEBCA Edisyon ak Educa Vision (ki te reprezante pa liv Max Manigat yo).

Poukisa n’ap selebre Mwa Kreyòl Ayisyen ?

Paske pou pliske twa san zane yo di nou lang n’ap pale a se pa yon lang li ye ; pou pliske twa san zane yo mete baboukèt nan bouch nou e, menm pliske de syèk apre Ayiti vin pran endepandans li, yo kontinye bay timoun « jeton », sètadi yon pinisyon, nan klas lekòl e menm nan lakou rekreyasyon, lè yo ap pale lang manman yo ak papa yo te aprann yo. Se yon fason yo kriminalize izaj lang lan e fè timoun ki pale l yo gen yon santiman lawont devan pwòp tèt yo.

Lè nou konprann istorik kondisyon enferyorizasyon ak esklizyon yo mentni lang kreyòl ayisyen an parapò ak lang fransè, yon lang nouvo klas dirijan ayisyen yo vin adopte apre endepandans kòm lang e kilti prensipal peyi a, yon fason pou yo te montre, fas a yon ewòp e Etazini rasis, ke yo te « sivilize ». Lè nou konprann kantite mistifikasyon entelektyèl ki fèt nan pwoblematik kreyòl-fransè a ann Ayiti, selebrasyon kreyòl ayisyen an kou yon lang idantitè lejitim se yon zak revolisyonè.

Epitou, se pa sèlman yon zak revolisyonè, se yon atou estratejik paske kouwè edikatè kou Iv Dejan, Caroline Hudicourt oubyen Michel Degraff di, timoun yo anseye konesans nan lang manman yo ak papa yo asimile li pi byen ke si yo aprann li nan yon lang sekonn oubyen etranje. Esperyans istorik e anpirik montre nou chwa lafransite kòm lang ak kilti dominan prensipal ann Ayiti se yon echèk kapital. Jodia gen rechèch ki montre, kouwè pa Pwofesè Jean-Pierre Marky yo, yon ansèyman an kreyòl ayisyen ogmante plizyè degre kapasite konpreyansyon elèv la sou sijè y’ap anseye l la.

Chwa lafransite kòm lang ak kilti dominan se yon chwa volontaris e politik delapa nouvo dirijan ayisyen yo ansanm ak klas dominan yo (nouvo pwopyetè, klas pwofesyonèl, klèje katolik, elatriye). Chwa sila a vin pita ranfòse avèk Konkòda Leta Ayisyen siyen avèk Legliz Katolik la an 1860 kote Leta ba li monopòl edikasyon ann Ayiti. Premye desizyon pè ak sè katolik yo pran se entèdi elèv yo pale kreyòl ayisyen an kit nan klas, kit nan lakou lekòl la.

Li pa difisil tou pou konprann ke menmlè Ayiti vin endepandan de Lafrans politikman, dominasyon kiltirèl Lafrans sou Ayiti pat janm sispann, anfèt dominasyon kiltirèl la vin ranfòse avèk Konkòda 1860 la. Jodia, avèk eklèsisman laboratwa istorik fasilite nou, nou ka konkli pou n di ke yon rapò kolonyalis oubyen neo-kolonyalis ki baze sou lojik dominasyon—ke l politik, ekonomik ouswa lengwistiko-kiltirèl—toujou mennen nan yon enpas depandans, soudevlopman, povrete, lawont pou pwòp tèt ou ak dominasyon etranje.

Nan menm sans lan tou, nou ka konprann ke yon politik liberasyon nasyonal ki baze sou apwopriyasyon domine a de pwòp desten pa li ap fè li renmen tèt li, renmen lang li pale a e revandike yon ideyal ki ekzije chanjman radikal nan kondisyon malouk yo, kidonk, rekreye yon lòt vizyon sou lavi li, sou sa li vle pou li ak pou fanmi li, pou kominote li.

Wi, yon politik valorizasyon lang pèp ayisyen an, si l rive nan yon kontèks konsa, yon kontèks ki parye sou dwa moun e sou egalite ant tout kretyenvivan, ap vin yon atou estratejik enpòtan pou devlopman sosyo-ekonomik Ayiti. Vizyon sa a se te tèm Premye Selebrasyon Anyèl Mwa Kreyòl Ayisyen Nan Masachisèt lan.

Lè nou wè kantite ekriven k’ap ekri deplizanpli an kreyòl ayisyen, ansanm ak prezans grandisan kreyòl ayisyen an nan medya ayisyen yo ann Ayiti ak nan Dyaspora, san wetire fondasyon Akademi Kreyòl Ayisyen an, sa fè kè nou kontan e djanmen lespwa nou ke pwoblematik soudevlopman, mizè andemik, opresyon politik ak dominasyon enperyalis Ayiti ap viv yo yon jou ka chanje, e chwa lang ak idantite etniko-kiltirèl ka jwe yon wòl majè, fondamantal ladann.

Asanblay pwa dominasyon kolonyalis la, sitou lè l kore pa yon dominasyon lengwistiko-kiltirèl, kenbe oprime yo nan yon desounman ekzistansyèl ki ankouraje depandans e ki nan tou pa l ankouraje soudevlopman. Se yon sèk visye, yon angrenaj. Pou soti nan angrenaj la, fòk oprime a ka anvizaje lòt posiblite, lòt orizon. Ayiti gen chans li gen yon lang nasyonal ki pale sou totalite kwen latè peyi a. Se yon gran avantaj ; se yon enfraestrikti sou ki nou ka bati.

Kou nou konnen, genyen anpil eleman nan milye enfliyan yo ki pa two renmen keksyon lang kreyòl ayisyen an vin lang prensipal devlopman, abitye kou yo ye ak yon epistemè dominan ki fosman panse lang ak kilti fransè ka fè avanse devlopman Ayiti, malgre de syèk fayit.

Genyen yon revolisyon kiltirèl andousè k’ap rive koulyea ann Ayiti. Malgre opozisyon anpil eleman milye enfliyan yo, yon pakèt entelektyèl ayisyen ak aktivis kiltirèl jwenn ansanm pou fòme yon Komite ki sot ede fonde Akademi Kreyòl Ayisyen an ke Konstitisyon 1987 la mande a. Palman ayisyen an vote e ratifye lalwa a sou Akademi kreyòl Ayisyen an, e malgre kèt chirepit, Ekzekitif la pibliye lalwa a nan jounal ofisyèl Le Moniteur, kou lalwa mande. Komite a nonmen nan fen ete 2014 premye 33 manm avi Akademi an, sou yon total de 55 manm previ pa lalwa sou Akademi an. Jounen 4 desanm 2014 la, Komite Ekzekitif Akademi en enstale enstitisyonèlman premye 33 manm Akademi Kreyòl Ayisyen an. Se yon pwogrès ekstrawòdinè pou yon lang, pou lontan, yo te fè timoun lekòl ansanm ak tout pèp la wont pou yo pale. Akademi an gen anpil defi pou l leve ak yon chay travay devan pou l vin akonpli anvan nou deklare laviktwa, men premye gwo pa sa yo endike revolisyon kiltirèl la sou bòn vwa.

Natirèlman, menmlè jodia yon gran pati klas entelektyèl tradisyonèl pòtoprensyen an anbrase yon vizyon pou enpozisyon kreyòl ayisyen an kou lang nasyonal prensipal, genyen toujou anpil obstak ak reflèks frankofil ki vle bare li.

Erezman, avèk travay prizdekonsyans k’ap fèt deplizanpli nan sen pèp la e nan sen kominote ayisyen yo nan Dyaspora (paekzanp Ozetazini kote lang kreyòl ayisyen konsidere nan edikasyon ak nan medsin kòm lang prensipal), jefò kolektif pou chanje sistèm lengwistiko-edikatif ayisyen an ap fè pwogrè.

Selebrasyon Mwa Kreyòl Ayisyen nan Masachisèt se yon siy pozitif revandikasyon idantitè a kanale sou bon pò. Kou nou te di yon lòt kote, nou dwe kontinye goumen pou yon jou pèp ayisyen an ansanm ak ekriven, atis, pwofesyonèl, edikatè an jeneral, vin pale lang lan san lawont ; vin ekri nan li, pibliye nan li, anseye nan li, voye depèch nan li, ekri trete filozofik e syantifik nan li, konsakre evennman enpòtan kouwè maryaj ak antèman nan li. Kidonk, pa limite ankenn kote li ka anplwaye—e sitou fè sa avèk fyète w’ap itilize yon lang lejitim. Yon lang rich ann istwa, ekspresyon e posiblite.

—Tontongi novanm 2014

Galerie photo :

De goch a dwat : Pierre-Roland Bain, Charlot Lucien ak Tontongi.
Yon vi antre sal konferans lan. Lionel Bissereth ak Fred Edson Lafortune nan papòt foto a.
Jean-Dany Joachim ap adrese konferans lan.
De goch a dwat : Sophia Cantave, Marky Jean-Pierre ak Merites Abelard.
Yon vi pasyèl asistans lan.
Gifrants k’ap adrese konferans lan.
Yon vi pasyèl asistans lan.
De goch a dwat : Carey Dardompre, Nicole Titus ak Patrick Sylvain.
De goch a dwat : Roosevelt Desronville, Tontongi ak Pierre-Roland Bain.
Aller au sommaire de ce numéro de Tanbou/Tambour, Spring 2015

Page d’accueil  |   Sommaire de ce numéro  |   Contribution de Texte et de Courrier: Editeurs@tanbou.com