Aller au sommaire de ce numéro de Tanbou/Tambour, Spring 2015

Page d’accueil  |   Sommaire de ce numéro  |   Contribution de Texte et de Courrier: Editeurs@tanbou.com



Kèk mo sou enstalasyon Akademi Kreyòl Ayisyen an

—pa Tontongi

O non revi Tanbou e onon pèsònèl pa m, mwen ta renmen rann omaj e felisite Komite Pou Tabli Akademi Kreyòl Ayisyen an pou dabò wòl gidans remakab li jwe nan kreyasyon Akademi Kreyòl Ayisyen an, epi pou pèsistans li nan enstalasyon premye 33 manm Akademi Kreyòl Ayisyen an jounen 4 desanm 2014 lan, nan otèl Kinam nan Petyonvil.

Nou voye yon chapo-ba espesyal bay Fritz Deshommes ki, ankalite vis-rektè Inivèsite Leta Ayisyen, e avèk tout ekip li an, jwe yon wòl kle nan alafwa pwomosyon kreyasyon Akademi Kreyòl Ayisyen an, ak nan òganizasyon estrikti pratik pou materyalize l. Kèlkeswa rezèv yon moun ta genyen sou pwosesis la, nou dwe rekonèt sila a se yon aki ekstraòdinè sitou lè nou konnen l rive anba bab yon gouvènman ki pa two renmen kesyon pwomosyon lang kreyòl ayisyen an kòm lang prensipal peyi a. Evennman an gen anpil enpòtans e li make yon moman istorik eksepsyonèl nan istwa politik lang ann Ayiti.

Sepandan, se byen regretab akozde de sousi òganizatè yo pou yo akomode prezans prezidan Martelly nan seremoni enstalasyon an, yon okazyon ki ta ka yon grann evennman pou layite fyète nasyonal pèp la devan pwogrè travay valorizasyon lang li an—yon lang lelit frankofil yo te toujou enferyorize—, vin tounen yon rankont prive ant akademisyen ak akademik.

Komite Pou Tabli Akademi Kreyòl Ayisyen an te envite m pèsonèlman pou m te vin asiste seremoni enstalasyon an, e se te avèk gran plezi mwen te asepte pou m ale. Men lè m aprann te gen posiblite enstalasyon an ka fèt tou nan Palè Nasyonal, mwen voye yon tinòt bay òganizatè yo pou m konseye yo pou yo pa lese Ezekitif la itilize okazyon enstalasyon an pou poli imajdemak li nan kontèks yon kriz politik kote fòs polis gouvènman an ap reprime moun k’ap manifeste kont li. Malgre plizyè imèl mwen voye pou mande esplikasyon, pèsonn pa janm reponn mwen. Mwen finalman anile rèzèvasyon tikèdavyon m pou Ayiti.

Nan yon resan opinyon ekriven Jafrikayiti pibliye, li kesyone byenfonde yon seremoni enstalasyon avèk Martelly, li panse prezidan an pa t dwe menm envite ! Misye di nouvèl la ba l kè sere : « Mesyedam, franchman, si se konsa n ap bwete, nou mal pati ! Akademi Kreyòl la ta dwe yon enstitisyon nasyonal ki tabli granmounalite li depi nan vant ! Vwalatilpa, nou chwazi lage destine nou nan men yon plezidan ki bay 33 fanm ak gason poto, dekwa pou li te ale frite ann Ewòp, kote li pran san li, li avili tout pèp Ayisyen an, an bon franse mawon. Non mesyedam, nou po ko menm estat machin nan, nou gen tan kolboso li. Zòt ta di : « vous commettez dega »—gwo dega ! Èske gen yon lwa ki di se yon « Prezidan Repiblik » ki sètoblije inogire Akademi Kreyòl la ? Antouka, si « prensip » osnon « pwotokòl » sa yo ekziste kèk kote, li ta bon pou Akademi Kreyòl la pibliye yon tèks kote li montre sa aklè. Epitou, se pa yon ti plenyen nan mouchwa an lang franse pou Akademi an ta fè nan jounal Alterpresse. M pa ta vle kwè Akademi Kreyòl Ayisyen an se franse ki lang fonksyonman li tou ? »1

An repons ak Jafrikayiti, Fritz Deshommes, ki te sèvi kòm pòtpawòl prensipal KPTAKA, poze tèt li kesyon : « Pou ki sa se Prezidan an ? Pou ki sa nou vle mete Prezidan an nan tout bagay ? Èske pa gen yon danje nan sa ? Èske sa pa bay Prezidan an yon okazyon anplis pou l bloke Akademi an ? Sitou lè nou sonje jan l te fè objeksyon sou lwa a epi pakèt tan l te pran pou l te voye pibliye l nan jounal ofisyèl « Le Moniteur » ? » Misye reponn anpati pou l di se pa yon senp kesyon pwotokòl, men yon kesyon ki « envite n reflechi sou chapant Leta a li menm, sou wòl ak estati Akademi an. Li ta menm mande n pou n rantre pi fon nan rezon ki fè manman lwa peyi a kreye enstitisyon endepandan yo epi ba yo anpil konsiderasyon. »2

Se byen ironik malgre tout bèl elokans Deshommes deplwaye pou l jistifye patisipasyon Martelly, prezidan an pat bay tèt li ankenn jèn pou l imilye, ankò yon lòt fwa, Akademi an. Sèlman lavèy enstalasyon an, li wetire tèt li nan pwogram lan. Konpòtman sa a pat dwe siprann ankenn moun, li konfime meprizasyon Martelly toujou montre vizavi lang kreyòl la. Menm lè l itilize kreyòl la avèk matonnri yon pèfòmè pou l eksite fanatik mizikal li yo, e pita, fanatik politik li yo, li panse lang ayisyen an se yon lang enferyè ki pa gen dwa reprezantasyon nan « bagay serye » ni nan enstitisyon entènasyonal yo. Se sa ki esplike se lang fransè li chwazi pou Ayiti sèvi nan Loni ak nan Caricom. Nou sèlman regrèt òganizatè yo pat pi mefyan vizavi karakteristik Martelly sila yo.

Anreyalite prezans prezidan an ou pa pa fè ankenn diferans, paske li pa afekte ekzistans jiridik Akademi an, kouwè yon seremoni batèm (ke kire anchèf pawas la ou pa), pa afekte ekzistans biolojik yon tibebe. Ranvwaye enstalasyon an pou yon lòt lè pou mentni endepandans Akademi an, oubyen pou bay asedtan pou mobilize antousyasm pèp la, pa tap yon gwo pwoblèm.

Nan de atik lengwis Robert Berrouët-Oriol pibliye resamman, misye kesyone reprezantavite ak lejitimite Komite Pou Tabli Akademi Kreyòl Ayisyen an, nan youn ladan yo li mande tèt li si Akademi an pa pito yon « lobby » oubyen yon « NGO ».3

Nou pa dakò avèk Berrouët-Oriol sou pwen sa a, paske nou panse antanke gwoup sitwayen ayisyen ki soti nan divès sektè sosyete a, manm KPTAKA yo pafètman gen dwa pou yo pran inisyativ pou fonde yon Akademi Kreyòl Ayisyen, dotanpli yo plase inisyativ la devan jijman ak desizyon Palman Nasyonal Ayisyen an ki vote l an grann majorite kòm lalwa. E dotanpli tou tout Akademisyen yo se yon bann pèsonalite ki fè prèv yo nan defans lang ak kilti pèp la, kouwè Jafrikayiti di de yo « se moun ki gen dikdantan depi y ap feraye pou byennèt Ayisyen, kilti Ayisyen, lang Kreyòl Ayisyen an ».

Men nou dakò pafètman avèk gran pwen yon dezyèm atik Berrouët-Oriol ekri sou menm kesyon an ki titre « Pour une académie créole régie par une loi fondatrice d’aménagement linguistique », ki soti kòmansman desanm sou sit li Berrouet-oriol.com, kote misye mande pou lalwa sou kreyasyon Akademi Kreyòl Ayisyen tonbe anba parapli yon lwa sou amenajman lengwistik ki limenm kouvri politik lang ann Ayiti nan tout fasad li : « Vizyon pwoblematik lengwistik ayisyen an, ke m pataje avèk lòt kolèg, se yon vizyon sitwayen ki vle anbrase chan lengwistik la nan globalite li. Vizyon sa a fonde sou efektivite « dwa lengwistik » yo ak « dwa lang ». « [Konsèp] dwa lang » lan, ki vle di e ki konsakre rekonesans ak primote lang matènèl la—kreyòl—, se yon dwa èt-imen fondamantal pou tout Ayisyen. Akozdesa, rekonesans dwa lang matènèl la dwe kore avèk lòt dwa fondamantal yo ki konsiye nan Konstitisyon 1987 lan. « Dwa lang » bay Leta ayisyen obligasyon pou li mete lwa ki ale nan sans politik lengwistik li alafwa nan espas piblik la ak nan chan edikasyon. Se sèl garanti legal e enstitisyonèl yo, konsiye okòmansman nan kad yon lwa amenajman lengwistik ki oblijan, ki kapab rasanble monokreyòl ayisyen yo alantou yon revandikasyon pou yo fè respekte dwa lang matènèl yo e fè li rekonèt e pwomote alafwa nan espas piblik la e nan chan edikasyon. »

Nou dakò enfiniman avèk vizyon sa a, paske li rekonèt pwoblematik lengwistik ayisyen an gen plizyè fasad ki makonnen youn nan lòt, eke li enpòtan pou gen ann Ayiti yon nouvo lwa amenajman lengwistik ki òdone yon nouvo politik sou lang e ki korije enjistis lengwistik k’ap dire depi pliske de syèk la.

Berrouët-Oriol fè byen lè l kesyone otorite ak mwayen Akademi Kreyòl Ayisyen an genyen pou l ekzekite objektif li bay tèt li yo. Kòm ekzanp Berrouët-Oriol site de alinea nan atik 6 lwa sou Akademi Kreyòl la : 1) « [AKA ap] pran tout dispozisyon pou tout enstitisyon leta kou prive fonksyone nan lang kreyòl la selon prensip, regleman ak devlopman lang nan ; 2) « [AKA ap] pran tout dispozisyon pou ede popilasyon ayisyen an jwenn tout sèvis li bezwen nan lang kreyòl la. »

Berrouët-Oriol di objektif sa yo se majè, michan objektif yo ye, e li mande si yo « deklaratif, eksitatif ouswa obligatwa ? Ak ki mwayen konkrè Akademi Kreyòl la pral fè aplike jan dispozisyon sila yo epi verifye si yo efikas ? Èske l pral konte sou bòn volonte enstitisyon yo pou obligasyon nou prezime pou itilize lang ki ini tout Ayisyen an, kreyòl la, vin respekte toupatou nan Administrasyon piblik ak sektè prive yo ? » Misye reponn pou l di : « Tip vizyon sa a sou pwoblematik lengwistik ayisyen an mande èd Leta paske amenajman lengwistik la se dabò e avan tou zafè Leta. (...) Selon vizyon sa a, se wòl Leta ayisyen an pou l lejisfere yon lwa lengwistik espesyal ki estipile yon manyè ase laj dwa ak obligasyon lengwistik yo. »4

Nou dakò absoliman avèk rekòmandasyon sa yo, e konsèy misye yo enpòtan si nou vle kesyon dwa lang lan apwoche avèg rigè ak nan yon kad legal. Sepandan nou pa wè genyen ankenn kontradiksyon ant kreyasyon Akademi Kreyòl Ayisyen an, ki deja yon fè istorik, ak rekòmandasyon Berrouët-Oriol yo pou yon lwa amenajman lengwistik ki kouvri dwa lang pèp ayisyen an ansanm ak rapò lengwistik yo ann Ayiti. Toulède ka mennen sou de ray paralèl men avèk yon destinasyon komen (yon destinasyon ki trase, eklere e enfòme pa lwa amenajman lengwistik la).

Kreyasyon Akademi Kreyòl Ayisyen an se yon fè istorik nou pa dwe chèche ni denye, ni revèse si nou vle pwogrè kontinye fèt nan sans vizyon pou tabli respè dwa lang lan. Natirèlman, kenbe yon rega kritik sou Akademi an se yon dwa, e menm yon obligasyon, men nou ka sipòte l pandan n’ap sipòte adopsyon ak ekzekisyon yon lwa amenajman lengwistik ki kouvri tout dwa lang ak rapò lang ann Ayiti.

—Tontongi editè revi Tanbou

Nòt

1. Tcheke Jafrikayiti : « Akademi Kreyòl : Felisitasyon men atansyon » : http://www.forumhaiti.com/t16258-akademi-kreyol-felisitasyon-men-atansyon

2. Tcheke Fritz Deshommes : « Èske se Prezidan Repiblik la ki dwe enstale Premye Akademisyen Lang Kreyòl Peyi d Ayiti yo ? » : http://www.alterpresse.org/spip.php?article17352

3. Tcheke Robert Berrouët-Oriol : « L’Académie Créole : « Lobby », « ONG » ou institution d’État sous mandat d’aménagement linguistique ? », Alter Press : http://www.alterpresse.org/spip.php?article17317

4. Sitasyon sa yo soti nan atik Robert Berrouët-Oriol la : « Pour une académie créole régie par une loi fondatrice d’aménagement linguistique » : http://www.berrouet-oriol.com/linguistique/academie-du-creole-haitien. [Tradiksyon kreyòl pa nou de fransè. Italik la nan tèks orijinal la].

Aller au sommaire de ce numéro de Tanbou/Tambour, Spring 2015

Page d’accueil  |   Sommaire de ce numéro  |   Contribution de Texte et de Courrier: Editeurs@tanbou.com