Aller au sommaire de ce numéro de Tanbou/Tambour, Automne 2013–Printemps 2014

Page d’accueil  |   Sommaire de ce numéro  |   Contribution de Texte et de Courrier: Editeurs@tanbou.com



Pwezi ann ayisyen

Powèm pa Gary S. Daniel

Two Good Friends, 16x20 Acrylic on Canvas by Isaac Pierre, Boston
Two Good Friends 16x20 Acrylic on Canvas by Isaac Pierre, Boston.

Absan !

Zaka kouzen
pa fasil pou n wete
men nou men
lonje dwèt lan mitan
lonje kwi n
mande kondane
nan basès anvi n
pou defrichay lanng lanvè
nan anwoulay wòzeblan
blanzewo lanng pimante
pèdisyon limanite
men lan vè pòch malè.

Pelep-pepe

sa k pa konprann
pap janm konprann
sa k konprann
neye nan aprann
san konprann
lyann pwa tann
sou bann
san fil zòt pran n
tanbou batan n

Lamayòt

mantalite restavèk
pi rèd pase
retamounn pou senk
ni kanpe devan sent
Antwàn
Josèf
Imakile
ap mande nan kwi
la a pa gen wont jòn
men restavèk pou manje
bwè, danse ak lamyòt
nan kanaval san kilòt chèf
nan tyouboum nou pike
san peye dwàn
pouletènite @ lenfini

Sevre-n

tete manman n te kò
ak nanm ayè ban n
elas!
jodi a kiyè an bwa
malman n kenbe w
Ashtag!
Gonboli kilè zanmi w
va sispann fè w lamayòt
nan bèl bwat plen kras?

Manmimoz

bèlte labote
pa janmen pèdi pye
lagras manman miwa lafi trennen
ayè kon Jodi toujou sanble demen
O! lanmou kasdad sous lasajès
atizay granparan pou lajenès
souse konsa swèl nou va grandi
nan tablo enfini lavi.

Deyès ou pa

zèklè nan zye-m syèl lavi
klere douzè lannuit lekzistans
nan boulvès malvèsite Jodi
san rete men ak kè poze
payèt lajwa lespwa se kadans
trèdinyon lanmour-anm
sere nan fetay kontantman pitit-anm
avemaria limanite

malèmalere

politik pa polijwèt
ni mistik fòs inijwèt
dwèt lonje an pyafan
men anlè sou prezan
kle fyèl nanm malè klan
goudougoudou tan
zonbifyaj kwi lan men
nan peyi gonbolyen

—Gary S. Daniel Nèg Gonbolyen

Powèm pa Edner Saint-Amour

Decheyans

Koulyeya jodiya
tout bagay tèt anba
zenglendo
mèt tonbo

Koulyeya jodiya
tout bagay tèt anba
grenn chimè
mèt kalvè

koulyeya jodiya
tout bagay tèt anba
kidnapin
gwo vèmin

Tout moun bliye
gran rèv libète
ki fè nou sanble
pitit limanite

Tout moun bliye
gran rèv egalite
ki fè nous sanble
pitit limanite

Tout moun bliye
gran rèv fratènité
ki fè nou sanble
pitit limanite

Linyon fè lafòs
antere nan fòs
rèv endepandans
pran rout decheyans

èske genyen chèf nan ròl
pou mete bagay sou kontròl
nou fatigue anba vèvin
chimè zenglendo kidnapin

(Novanm 2012)

Èske

Poukisa gen zenglendo
kap voye moun nan tonbo
eske nou bliye rèv libète
papa Desalin te adopte

Poukisa genyen chimè
kap fè moun monte kalvè
èske nou bliye rèv egalite
papa Petyon te adopte

Poukisa gen kidnapin
pou tout se gwo vèmin
èske nou bliye rèv fratènite
Papa Kristof te adote

Poukisa genyen devyans
ki mete peyi nan decheyans
èske nou bliye kapte pòs
deviz linyon fè lafòs

Sonje rèv libète egalite fratènite
ki fè nou sanble pitit limanite
sonje deviz linyon fè lafòs
ki ban nou kouraj ak fòs

(4 novanm 2012)

Kote

Kote ki genyen vis
Kap kale enjistis
Sosyete anvayi anba krim
Ki rann vis lejitim

Kote ki genyen vis
Kap kale enjistis
Sosyete plonje nan vyolans
Ki rebondi nan vanjans

Kote ki genyen vis
Kap kale enjistis
Sosyete tonbe nan devyans
Ki rekòlte decheyans

Kote vis pran ekzistans
Krim vin lejitim defans
Devyans touenen rejim
Ki lejitime krim

Nou vle pale de zenglendo
Kap mennen moun nan tonbo
Nou vle pale de chimè
Kap fè moun monte kalvè
Nou vle pale de kidnapin
Qui demere yon gwo vèmin

(11 novanm 2012)

—Edner Saint-Amour

Powèm pa Lenous Suprice

Rekonesans

Jodi a kè m ap pedale machinakoud rekonesans li
pou fè yon wayabèl remèsiman
pou ou
ki te lave rad sal mwen ak syè nan fwon w.

Pandan m ap di sa
ou ta di m tande
jouk kou n ye a
kout batwèl ponyèt ou k ap frape
sou dra lavi a ki te vle pachiman.

Jodi a kè m ap mete zegui ak fil nan twal
pou l bwode yon ti mouchwa
pou ou
ti pye
ki te chose soulye desanlye
sou wout bajou kase.

Pandan m ap di sa
ou ta di m tande
jouk kou n ye a
bri pye w k ap fè lagokache ak lavi a.

Jodi a kè m ap layite flè jasmen ak flè gayak
pou fè yon tonnèl repozwa
pou vwa chen michan w
ki te pase anpil tan ap kwape malfini
nan lakou manman poul mwen.

Pandan m ap pale la a
ou ta di m tande
jouk jodi a
vwa w k ap wouke solèy
ki potko vle leve
nan jounen lavi a.

Jodi a kè m ap koule yon ti sous dlo fre
ki pral simen losyon l anba zèsèl plan men w
pou dans pay ak alimèt ou te danse san tanbou
nan rara bò lakay.

Etan m ap di sa la a
ou ta di m pran sant lafimen w
jouk kou n ye a
k ap chache siwo myèl
nan barik pwennfèpa lavi a.

—Lenous Suprice

Powèm pa Kwitoya

Ochan Manman

Gen souvni ki fò pase lodè jaden mi solèy ap lanbe. Gen dizon k mate parèy pledman labrenn pou travayè konte bèl rèv nan koton somèy. Gen non anonim ki sonnen long tankou non Jislènjòj ! Non sa ki ban m defi bliye l menm jan m pa ka pa sonje vwa tifi nan rèv mwen ki t ap chante ti zwazo ki kote w prale… mwen prale kay fiyètlalo… fiyètlalo konn manje timoun… si w ale l ap manje w tou… brikolobri brikolobri wosiyòl manje kowosol… woule woule woule…

Sou bèlè nan Pòtoprens gen non ki fè kriye, genyen ki fè ri—zwazo sou flèch palmis kopye tenkanntenk fonèm galan kretyenvivan. Konpoz pipirit koule swa kon dlo dousman menm sou blayi galèt nan savann.

Imajine jan sa te bèl lè pipirit t ap chare deklarasyon lanmou Sonson te fè Mantoun! Mwen m sonje kijan m te ranmase chèlbè m pou m te di Jislèn : mademwazèl voulevoudanse ?… Yon min souri dyandyan miyanmiyan figi l. Tèlman l te bèl li siprann mwen… li friz mwen… m pèdi kontwòl tèt mwen rawplaw. Bonjon vizaj li se yon kanpman majorèt an ponpon marabou k ap aspire yon maten an plèn jenès. Devan mèvèy dosil sila kè m bat ak kadans nwit lan. Fanm lan te plis pase wololoy jou sa. Premye jou nou te rankontre pou zafè sansib koze kè deklamasyon powèm enpwovize ki bade ak mabi atraksyon santimantal. Souf li bò figi m pase swa kon yon plimo vlou k plen pafen. Prelid yon lanmou tètsyèl rich an koulè e vibrasyon. Dan l nan espas sonb nou te okipe a se ekla plènlin. Nou te danse ploge. Pa t gen lapli pou efase chemen nou ta pral pase ni desten nou ta pral konnen. Men nan men nou ta pral renmen pou limanite rekondi lanmou nan sous kote li pa t peche mòtèl. M te reponn tout keksyon li te gen pou mwen. Mani vòlè bèl tan pa t nesesè epi sa pa nan pratik jenerasyon nou sou bèlè. Epòk m ap pale a ou te mande ak tout kè w ou te jwenn ak volonte. Peyi a te pataje eko vwa moun ki damou menm nan sekrè silans yon nwit apre lapli. Jislèn ak mwen nou vin renmen fò nou vin damou fou. De moun ki toujou fè menm rèv tank yo dòmi kole. Lòlòj Jislèn tache nan fon bèlè. Bonnanj mwen chita nan fondè sibtilite ak kourandè tou de sezon katye sa : sezon sèch ak sezon lapli. Kòd lonbrik nou asire anba pyechèn mòn lavwa a ki te konn fè n dòmi gwo midi nan frechè.

Pyechèn sa te mare lalo ak anfans mwen nan gete bote ak fòs pouvwa konpoz madansara yo. Sosyete zwazo sa te konn kite pyechèn lan bonè nan maten pou l al pike mango laplèn kannale monte rive mònkabrit. Aprèmidi anvan labrenndiswa sosyete a tounen an dodomeya kon kap mwen an lè m ba l filmòl. Madansara kouvri pyechèn lan klaw. Y ap jwe tirekont fè lanmou chante. Ou ta di pyechèn lan an pwezi ak zwazo sa. Epi tout pwetik la nan espas mòn lavwa a te fè kò ak boulay loulouz lanm lanmè van t ap farinen. Avèk yo m te konn rete nan kalfou a jis labrenndiswa kouvri n. Nou danse pale koze. M te tou piti ! Anverite pòtoprens anfans mwen t ap viv la te dous. Bèlè te cho pou vi m te plante ladan l. Menm si m ale peple lòt kote m pa fouti bliye bèlè katye cheri vil pòtoprens kapital Ayiti. Katye glise ! Katye wololoy ! Katye kwèdèk !

Pou lòbèy ou ka wè epi tande sou bèlè si tèt ou pa fò ou ka pèdi l lamenm. Pòtoprens manman l gen chandmas tou! De bèl platfòm cho pase de bèl kreyè bouzen. Tout jès yo se wanga. Ralemennenvini okenn jenngason pa ka voye nan kwen. Bèlè ak plas sa te pran lòlòj mwen.

Chandmas li se yon cham yon tablo koulè ak vibrasyon. Bèl moun bèl flè te fè kenken la. Pijon tout plimaj ap bat zèl yo taye banda roukoule. Konsè mizik ! Defile fanfa ! Fanm gran kreyè ! Kokobe ap vann grimas ! Machann move lavant anba farinay lapli k ap chante pou andyoze lavi ! Dyandyan limyè ! Flach wayalach fè plidetwal sou tout kò tinèg. Timoun ap kouri kabrèt roule bisiklèt. Ekolye ap detaye jeografi ak lesondechoz. Liseyen ap bat pakè literati chimi fizyoloji e latriye. Yon mouvman pliryèl byen sengilye. Yon gouyav fòlklorik imans. Yon melanj silans ak chichotaj dyab ak madigra. Yon tanboula espant swing: vwa moun k ap pale chante koze priye joure ranse sou podyòm gratis chandmas. Galri piblik ! Sou chandmas moun ale moun vini. Lavi te sanble brase tèt li la ak tout sa ki te ka fè sans pou moun renmen pòtoprens menm sèlman pou plezi chandmas.

Malgre traka mizè plas sa a te toujou fre. Nenpòt kwen w te parèt pou salye chandmas yon bon van te gentan ba w respè kidedwa. Farinay jèdlo melanje ak pafen divès kalte pyeflè losyonnen w. Depi w te rive sou plas sa a ou te jwenn zepolèt. Donk se tout jistis pou Desalin ak Petion te monte lagad la sou cheval yo pa twò lwen palènasyonal kazèndesalin katyejeneral sine otèl galrida mize elatriye… tout bon bagay ki te konn lemante kiryozite etranje ak abitan lakay. Vantezon atis penyen pyeflè. Mannouba gratwa glas machann fresko—m te renmen fresko pa m lan ak siwo kokoye plis yon mezi pistach griye. Chandmas ap fè laloz yon bò bèlè ap demelejanm li yon lòt bò.

Kay sou bèlè te ba. An bwa epi kouvri ak tòl nan yon premye tan. Pita blòk kòmanse ranplase mazi. Kay an blòk ap vale teren. Mete blòk kanpe tounen levanjil. Moun konstwi jan l vle. Leta peyi sa se pi move tyoul ! Li pa itil anyen kidonk li pa ka gen je l louvri sou moun k ap chèche pare lapli. Lib e libè ! Menm pou ranmase lajan Leta sa m ap pale la pa konnen fò l tabli lojistik pou sa. Se sa k fè najepousoti vin deklarasyon ofisyèl. Youn de twa chanmòt te kenbe eskanp achitekti lakoloni. Gran ri yo paralèl. Sèvis vwari sanitè travopiblik te kenbe vil la pwòp nan yon premye tan. Janklodism pita vin alamòd. Bagay yo gaye pou toutbon ! Antouka koridò toujou fofile bèlè an vètikal an orizontal an oval an trese e detravè… Koridò yo ede flannè kouvri anpil kote san riske mache long sou lari. Sa evite machin k ap kouri tout boulin kraze w farin. Evite pibon pase kriye soufri rele mande prete pou lopital oswa antèman. Epi mò kraze nan nannan sèvèl kwayan peyi sa pa fin twò byenvini nan syèl. Bèlè se yon kòbèy bouch. Bouch k ap pale anpil ranse tyanse. Bouch k ap joure babye plenyen kriye rele. Bouch k ap manje bwè souse mwèl kraze zo. Bouch granmoun. Bouch timoun. Bouch moun fou. Bouch vyegranmoun. Bouch toufè tradisyon dèyè valkanday pwogrè. Konfli natirèl jenerasyon andekan. Pwotagonism sèk moun anwo moun nan ren ak lagranvout lan anba. Antagonism malelve ki prezan nan tout plamen tankou siy men nan lekti divinò. Sosyete an talismann ! Pou konprann rèv ak souf moso zile yo rele Repiblik Ayiti an. Farinay savwa sou cheve tan mawon tan pedi tan retrouve. Bri nan lari silans nan kay. Enkyetid. Kouwòn marabou tete kanpe fanm seksi fanm mi. Chichotaj dyab madigra ak bonmas. Manyè sibtil. Awogans gratis. Tout antwopoloji ayisyen an sanble chita la ! Se regretan sosyograf ayisyen sanble pèdi lavwa devan grosè madriye sila ki chita nan Pòtoprens ak tout sa li pote kòm swif souf prejije sansiblite lanmou raj klivaj ak charabya…

Mwen ka di m toujou te konn tande: platonbèlè (anwobèlè) se pis kabrit. Yo di li pa sanble ni ren ni anbabèlè. Movelang souvan di : anbabèlè pa bèlè paske li dòmi kole ak kwabosal e li flannen ak lasalin. Pawòlitik mabouya nan savann dèyè Brant ! Kakarat dèyè kès nan depo kilti lakay politisyen ap kajole miyonnen touye resisite lè yo vle. Koze tyaw ki sanble tètkoupe ak anpil lòt vye klivaj vèbal Ayisyen ap kouve san konnen pouki. Poutan entèlijans kèk matifnatal ak etranje konvwate anbabèlè. Di m sa w vle li leve mayòl : pliske se la komès Pòtoprens lan te fè tiyon. Renbèlè menm ap toufe ak yon pretansyon kabrit. Kòmkwa li pote Ayiti sou do l : se la yon flonn ekreyandwa maton nan zafè politik ak zouti entèlektyèl chita kalejilbrèt. Pananpwèl te konn di : si se vre vye katye sa te gen ren, rive jodi a li pa gen sentiwon. L ap mache ak kanson l kenbe ak men l. Apre sa si w ta ajoute de zèl yo : blòk senmaten rive sou dèlma ak bout dèyèlise al tonbe ri pave nan lo a ou t ap bezwen yon manman penba inivèsite pou idantifye dokimante obsève analize modelize prefere pwopoze deside pwojè apre pwojè sou mozayik bèlè. Sansiblite ak frajilite wouj lavi moun katye sa. Anverite m pa kwè gen yon sikoloji yon sosyoloji yon syans kominakasyon ansyen kon modèn ki bay zouti entèlektyèl pou te idantifye san mank Dyovolsi se nègbèlè.

Pou te wè Dyokrab Dyokleren Dyobawozi Dyogong epi w te tou konnen yo se nègbèlè. Lè w te wè Lwijanboje ou te kareman di li se nègbèlè . Ou te wè yon michan fanm tankou Madanbatay Madansonsonlatè Mafiz Anavolsi Janètbawozi se pou te ranje kanson w oswa pliye jipon w paske ou te devan yon fanmbèlè. Lè mèt Sibyenvrè t ap pale se pou te tou di misye se nègbèlè. Lè Libyen kanpe se pou di sila se yon nègbèlè ! Lè Bòszèb nan estad silvyokatò kanpe epi l rele kaseee l Tonpous se pou te deja di wifout sila se yon nègbèlè !

Nanpwen lekòl siperyè ki ko sènen fondamantal zak nèg ak nègèsbèlè. Men yon lòt defi : di m ki mikwo ekonomik inivèsite te bay Ivònpananradòt prensip ak ladrès byen konte pou l fè levasyon gason ak yon mamit poud kafegriye. Komès pou demake move mès k ap tante malerèz. Komès pou kwape parès k ap tizonnen jennfanm. Komès pou manmanpitit papapitit lage de bra pandye ka jwenn prete. Komès pou fanmkouraj kenbe diyite l : sèl richès Yvònpananradòt yo genyen grandon ak rafinè tilolit lokal kon finansye entènasyonal etranje pa ka dappiyanp ni eskanmòte nan ajisteman estriktirèl kaminizyepatravay. Ki lekòl ki te bay Madanyanyan prensip pratik ak kapasite syantifik pou l fè jou leve san solèy. Yon jan pou l gentan demele pye l nan mache pwovens ak senkant goud. Nan ekonomi ayisyen an lavi pratik moun sa yo tèlman fè mirak ekonomis yo jebede.

Sanble tout sa k ap fèt nan peyi sa a gen dwèt mirak ladan l ! Mwen m mache sou sèt pou m pa pile katòz. Paske kèlkanswa sa w wè oswa tande ki parèt nòmal oubyen anòmal nan peyi sa merite respè.

Sou bèlè m te wè manman ki fè laye pistachgriye rann avoka doktè ebenis agwonòm enjenyè komèsan atis kontab elektrisyen chapant mason pwofesè… Donk tande moun tounen kodenn se krèktibèt an rapò ak degre enpòtans savwapratik sitwayen sa yo nan bak sosyete a. Sou bèlè m te tande jou bare Grannfiyòl sou do kay Metilyen an… Kouzen ZakaTinènè pèdi nan prizon. Menm si Legba pa nesesè pou konprann sa k fè sans epi jete nan boukan dife betiz santi ou oblije plen bouch ou dlo devan tout sa w wè epi tande nan pòtoprens. Sitou sou bèlè. Se la nan kalfou lavwa a m te tande : yon machann dlo kole nan fè bagay. Se la nan sanfil ri timas m te wè Maryela grenpe wapwap potosanfil la. Kilè l te desann ? Sa rete yon brikòl pou mwen. Jis jodi a m pa tande syantifik yo pote eksplikasyon sou Maryela. Fanm ki t ap danse nan tèt potosanfil la. Mwen m kite pawòl ak bagay sa yo nan plas yo. Pwiske se pa nan tout koze bèl oswa santi Bondye ak Lasyans nesesè ! Daprè kourandyòl Ezili fè yo kenbe madan Atyaka toutouni nan chanm yon lòt gason… yo pran Mayimoulen nan vòlè : kèk moun te kontan lawont t ap touye lòt. Bann masisi an pou premye fwa al danse kay Kore wounouwounou vonvonnen tou ba nan tout zòrèy. Schwischwischwi satouyèt vwazinay. Poutan se menm katye sa bravo kouri tout koridò ak tout lari lè rezilta sètifika bakaloreya nan radyo.

Toubiyon lajwa bwote chay lou al jete pou kèk tan. Savwa lespri lasyans danse anba tonèl anndan chapèl nan laboratwa nan mozole. Yo fè konsè entèlijans ak kontestatè etènèl depi Madankolo rive Vèsay pase Afrik tonbe an Amerik. Nouvèl viktwa lage mizè atè menm pou yon sezon. Bon rezilta fè doulè vole. Tout moun kontan pou tout timoun ak jennjan. Bal salon. Fèt chanpèt devan Pèpetyèl. Tedyòm nan Katedral. Bouyon banbòch nan chak baz… Lavi Lajwa ak Lanmò sou bèlè se yon trinite konplike…!

Se vre mizè fè kòn nan fon malere sou bèlè men li pa t gen priz pou l te kanpe plezi popilè. Reyisit elèv lekòl jèminen lespwa nan lafanmi. Li bobomasouri doulè. Li leve nen manmankakasansavon devan manmanbebesantibon. Li ogmante kouraj papa k ap trennen sapat dèyè edikasyon pitit li. Se vre lavi di t ap manje zo jenngason ak jennfanm sou bèlè men yo te refize bay legen. Yo te desann kwabosal epi yo fè chay pou yo te travèse move tan. A kote sa gen faz moudong moun sa yo. Sitou jennfanm.

Si w te gen okazyon tande yon natifnatal fanmbèlè k ap tope ak yon machannkwabosal ou te jwenn pou defann tèt ou lè moman an vini kont demeplè ! Si yon jou ou te tande sou bèlè bouzen ak vagabon k ap tope kaka ou te jwenn pou tire revanj sou flòtdegè alman ki te vin imilye n lakay nou. Vyèjtimenn mwen nevèn betiz revandèz kwabosal k ap ranvwaye frazeyèz move pri se yon mès long. Gedelasalin pa t ka parèt. Libète totalkapital sa t ap byen chita nan ploton defans nou kòm pèp kont awogan ak eskanmòtè. Men podyab ! Podyab domaje pwiske se nan lari rezistans ak atak lib sa yo manifeste. Ka ki kote w te ka wè e tande yon jennfanm retire pantalèt li mete l sou yon wòch epi li di lòt jennfanm l ap salande an : retire pa w la pou n wè ki wout mouch yo ap pran. Sa w tande a eskandal pete. Gratis nan lari pòtoprens sou bèlè. Anverite bèlè asosye ak kwabosal plis chandmas se tout pòtoprens ! Youn lòt pa ka kite memwa m. Dayè m konnen yo byen. Paske m mache flannen la lajounen kon lannwit. Èske sa ban m otorite pou m lonje dwèt sou kèk tripchat ni tate grennvant rat ? M pa konnen. Ni tou m pa kwè m kalifye pou sa. Ke mesye sosyograf apantè topograf antwopològ antwopometrisyen sosyològ yo pyete pòtoprens pou mwen. Sitou bèlè. Men anverite gen yon pakèt koze m ap tande sou peyi sa m ka di tout se koze tètbèf.

M ka di Pòtoprens pa t konn dòmi. Malgre tout koze satan etranje pote ba nou. Tout istwa dyab fenyan relijye depoze nan sèvo n jis satan ak dyab fè pye n vin lou dyòl nou plen dlo. Yo eli domisil nan pratik lavi n m pa t konn wè blanbablong zonbi chanpwèl bizango manmanranyon bwapiwo grennpwomennen lòmsantèt kimawoyo baka bleng bendeng etsetera etsetera… Lajounen timoun te konn rapouswiv lakobat papiyon keyi flèlorye kouve ze zandolit jwe ak lonbray li a miditapan. Timoun piye sou syèl nan marèl istwa dèyè kay Bòskadè a. Desine bèl peyizaj titonton timadanm sou adwaz sosyete. Lannwit jenngason nan tout rakwen ap tyeke fanm chelèn. Lavi pa t bèl menm jan ak akansyèl nan syèl an desanm men tèlman te gen kèk bon van rat te mèt mòde w ou pa t santi sa. Sou bèlè devan pèpetyèl al kanpe la pou di m sa w wè : yon mouvman manifès lanmè pòtoprens lan ki charye pèlmèl bodmè an nan yon melodi bon van plis sipriz ak fantezi chak jou genyen pou kò l ki diferan lòt. W ap aspire viv tout sa andirèk. Al kanpe la pou gade anwo nan aswè : tèt boutilye a ak tout lòt fanal tilanpjòn klere…! di m sa w vle se te peyepote nan laj jenès mwen. Menm chalè solèy 29 jiye te gen cham ak dousè pa l. Pòtoprens te dous e cho tankou tout bèl kreyè bouzen ladan l ki te manke fè m fou.

Lapli te mèt pare m ap pran lari dèyè yon grenn. Pandan vakans youn de twa nay nan Pòtoprens se waw ! Pòtoprens peyi machacha! Peyi koridò ! Peyi petidemele fyawfyaw flapflap. Menm lò malis kolektiv t ap kònen Ayiti se tè tif mwen m te wè timoun kouri bisiklèt anba gwo lapli. Yo te woule kabrèt manje mayilò ak chanmchanm souse piwouli bwè fresko moulen chiklèt sote kòd epi teke nan wonn depi opa san mòrèd. Koze ak bèl flè aliyen lafrans sou kanivo pou jouda santimantal li akwostich solèy trese bay papiyon. Jwe pench flay avyon pètpèt fyaw fedatifis chare vonvon bay zanmi kouran dèyè papiyonlasenjan.

Menm lò rekòt pa t bon travayèlatè pa t jwenn prete mòn lakay te kòmanse griyen fatra te kòmanse pran adrès li nan rivyè danre t ap pèdi peyizan ayisyen te ka fè pwovizyon pou elèv oswa etidyan li gen pòtoprens (kèk fwa m te konn pale ak tèt mwen) : pito manman ak papa te rete andeyò. Pito se te mwen ! Men pou jan te gen solidarite sou bèlè nan manje ak bwè anbisyon pèsonèl si mesken konsa pa t nesesè. Epi se te lawonte. Majorite jenn epòk sa te sa !

Pòtoprens pa t dòmi san soupe. Sou bèlè nwèl pa t pase san reveyon. Fanmi ak etranje manje diri kole ak pwa wouj souse zo poul kraze kòt kabrit moulen pogriyo ak bannann peze bwè likè kremas kola koka. Timoun tire revolvè kapsil san pwoblèm ak lapolis tontonmakout oswa jandam. Sonsonlebatè kage yon gwòg sèk dèyè tèt li apre yon zagatay sòs chatmawon byen pike ! Menm lò lavi pa t swa nou menm sou bèlè nou pa t grandi nan fènwa ! Anba limyè kalfou lavwa a katrè maten Mòtèl ak mwen Janèt ak Jinèt nou t ap kraze istwadimond plen tèt nou bèt san priyè. Dimanch swa nan balsalon kay Madan Era Tipyè ak Titant ploge swa. Jislèn ak mwen, nou te danse kole. Nou te gouye jous san n cho, kò n vin dous. Nan kominyon Tifris nou chante ke latère toutantyère sekonsakre a letènèl… Kèlechante… Pandan vakans jennjan kon jennfi lage nan konkou chansonèt. Nan bibliyotèk dèyè bèt pou anime jekorespondans. Men kèlkanswa bote fizik ou longè savwa w depi w te gen dwèt long oswa masisi ou te bwèpwa : pa t gen mennaj serye pou ou—se te yon esklizyon nou t ap fè san konnen e san konprann danje sa te genyen. Tèlman moveje te pi pike pase rigwèz. Tèlman movelang te konn detounen timoun ! Lè kèk nan nou t al fè vakans andeyò youn te vin rakonte lòt jan l te benyen nan sous manje tisavyen ak zaboka bwè ji fwi ak dlokokoye jwe foutbòl kouri bourik oswa cheval mennen bèt bwè dlo ale nan jaden ak papa. Akonpaye manman lakay nan mache nan jaden. Aprèmidi li pran lari byen bòsò san kèsote ni kèplen. Vakans sou bèlè Sonson ap jwe domino Andriyèz ap jwe pench. Janèt tanzantan fè Mòtèl jedou. Madanjan pote kafe bay Misyejan la bò tab la. Wayal ak kreson pita katpouzenk ak zaboka pa t ban m dyare ni vomisman. Peyi an t ap trese riban danse konpadirèk kadansranpa tropikana ak septan. Pita anbasadè lounwa fantezis rodrig totonesesite koupekloure. Selon nivo ren w dapre gou dyòl ou san prejije mabouya. Jennjan ak jennfi tirekont nan lakou… kaptenn dèyè pòt pa t ni bòz ni krak touwonsanfon pa t ni amèn ni ensiswatil ayibobo espesyalman. Anba tonèl sou bèlè se la Nègmawon te boule zètòk kolon blan.

Sou bèlè m te viv trinite nan mwèl : manbre ak laplas ki t ap dedouble kriye ayibobo. Levanjil ki t ap manifeste papa m teke m frape amèn sou tout panno. Katolik ki t ap miyen ensiswatil woule chaple siydelakwa… Yon flonn moun zannana kon pengwen k ap tate lafwa sou wout lavi pou asire aprelanmò—chemen pèdi kanal touying— dèyè limyè etènèl. Paske nan koulwa makawon lavi makaw isiba yo pa wè klè. Men yo tout te anbake nan yon sèl kannòt. Sa a te prèske sèten ! Yon sèl kouran anba yon sèl drapo ! Donk plizyè bokit ak anpil priyè nesesè sitou lè bato nasyon an ap dangoye nan lanmè danjere. Alò pasaje maren ap retire dlo jete. Kit ou vle fè sa ak amèn ayibobo ensiswatil se biznis w. Li vle fè sa san yon mo nan non okenn bowòm se angajman pa l. Anpil men pa fè malè ni simaye latwoublay nan fon lanmè. Epi se pa nen ki jamè di dlo lanmè sale ! Devan pèpetyèl timoun te konn fè lagokache aswè. Yo te konn louvri silabè sou paj mitan l tank yo te swaf tope modpas ak solèy epi langaye ak lalin. Lapli te toujou jwenn respè chak fwa li te di onè. Peyi m te konn rele lapli epi lapli vini timoun benyen toutouni. Manmanpitit ranmase dlo pou l lave inifòm elèv lekòl ak varèz papa. Plis ranyon san konte batrikwizin. Menm lò Ayisyen pa t gen ase bonbon pou l te peye reverans li te bay lapli respè. Li te bay lavi chapo. Solidarite ak lanmou te makfabrik nou kòm pèp. Rivyè te gen wout ! Lanati te ka mire solèy pou bontan ta peple menm lò solèy kèk kote te deregle.

Nan plamen prentan jodi a n ap vantaye boukan ala lanjelis deja sifoke. Tank sanba ap fwote dan l kont jansiv li lang li filange miyèt moso. Konpoz la senyen. Elèv lekòl boule nan jwe ak dife timtim bwa sèch… konbyen kou ? Anba tonèl la jodi a anpil nan nou fin zonbi tank n ap grennen jilbrèt pran kaka poul pou jòn ze. Nou pote kòd bay fèzè zonbi mare n. Zopope griyen zo kòt li pou grenn zaboka. Ren Banda pèdi woulawoup. Andriyèz pa ka yanvalouye tank li fin legede. Mafiz pèdi vwa l nan kriye mizè grangou endiyasyon ak imilyasyon. Timoun pedevi ap rele manman imouch ka manje ledada e kite la tèt. Plis kouri (…) tanzantan. La a pa twò lontan (30 septanm 1991) lame te fè desandelye sou bèlè. Militè touye granmoun kon timoun. Enganm kon kokobe. Militè asasen detripe yon manman. Rafal mitrayèt depatya yon chelèn fanm kouray. Yon nègèskayimit. Li mouri kite timoun piti : youn te gen senk ane lòt lan te gen twa. Jis jodia y ap chèche afeksyon yon manman ki te konn fè kat sezon kontre nan yon jounen pou yo pa t dòmi grangou. Bèlè pèdi yon kreyè fanm. Modèl fanm chèvrèt ! Nan veye lame kraze chèz choute bonm te. Vapè te tou fè kò ak lafimen yo chape ak dizonlavi. Nan mouchwa moun kriye pou kriminèl ankaki atache zenglendo pa tande. Lanmò nan peyi sa gen enpòtans alevwa lavi. Konpèkabrit te konprann sa li begle : « deeeeevni lame sa deja konte deeeeepi bèlènasis rive simityè pòtoprens ». Fèybwa pa t ankò pouri nan kanal bri te kouri « bètakòn sa se divinò ».

Jodi a soufrans vwazen an pa sifi. Doulè manmanpitit ki pè pran lari dèyè chenjanbe pou pitit li pa dòmi grangou pa sifi. Lòt lan ratpakaka ap dechire nan kalfou an pa sifi. Ayisyen arab k ap mennen operasyon bagdad sou bèlè san fwa ni lwa pa sifi. Tout moun pè tout moun sou bèlè sa pa sifi. Lavi bese tèt li lanmou kaba valè nou depatya tablo lekòl fè labanyè nan bann rara tout sa pa sifi. Jenngason ap boze sou plaspiblik kokayin fè fling san nan je Makoul sa pa sifi. Timoun kwatyòkò ap rale kachimbo prize lodè siman kòdonye dèyè yon koulè sa pa sifi. Nou pèdi ason nou pèdi chaplè nou bliye priyè nou pèdi lanmou pou lavi sa toujou pa sifi. Sa pa sifi ! Sa toujou pa sifi pou yo. Yo k ap tann nou tout gaga. Yo k ap tann nou fin zonbi. Yo k ap tann nou pil sou pil nan fatra. Yo k ap tann yon marinay zosman kadav nan chanwan vè kalanderik kalfou apre kalfou lavil kon pwovens. Eskandal lanmò tout yon pèp. Eskandal efasman yon nasyon. Eskandal dènye kras moun ki vle kwè peyi sa pa ka fini… pèp ayisyen pa ka mouri. Y ap tann eskandal la rive. Y ap tann moun ap manje moun sikilasyon menm timoun piti nan koridò enposib zam ap tire moun ap kouri anba kon anwo pwatrinè blese domaje mò kadav santi nan tou de kan yo ap monte move bakteri chenmanjechen egoyis tikoulout eksplwatè tankou kolera elatriye ap konte pil kadav sou pil kadav pou yo konprann sa pa t bezwen rive la.

Pou peyi sa m pa vle souri dou. Pou Jislènjòj m vle ise drapo jongle chapo latanye m roule tanbou soufle kone. M vle taye frètkach ranvwa mazanza kont enjistis manti ak dejeneretit ki anvayi Ayiti. Kont degrengolad lanmou k te grandi m lan m vle rele m vle ranni m vle krache kolè. Men tou e an premye m ap rele pou tout valè ak fantezi ki te fè Ayisyen solidè youn ak lòt. Menm lè batay pou kole tout bon rezon lavi ansanm pa kakakòk m ap liminen pou konsyans mwen rete entak. Menm jan pa Lèlèn lan kanpe fèm nan memwa kamarad ak zanmi l. Kont maspinaj lespri ak rezistans fizik ayisyen m ap rele frape m atè fò. Pou Lèlèn ki te ban m yon rezon anplis pou m te viv ak tout sa ki te konn fè n kriye tout sa k te konn fe n ri m vle grave sou fon orizon ochan sa :

Jislèn se yon woulawoup sipriz
yon kolye cham ak bonte
lamò pa ka kase
tout vi l fè rezon ak pouvwa
ochan Manman ochan !

—Kwitoya

Powèm pa Charlot Lucien

Kè m nan plat men w

Cheri, mwen kwè se kè m wi,
Ki tou tou wouj, ki tou cho,
K ap bat konsa nan mitan dwèt ou k ap tranble
Kòm si li te twò cho nan plat men w
Et si ou pa fè atansyon
Li ka glise nan mitan dwèt ou, tonbe atè…
Ou te vle li, ou mèt kenbe l,
Paske mwen menm,
Mwen pa vle yon kè ankò.
Menm lè mwen pa konnen pou konbyen tan
Mwen ka siviv,
San yon kè,
Menm lè mwen pa konnen pou koubyen tan
Mwen ka siviv
San kè mwen…

Enfinitesimalite

Mwen te tou piti
Mwen te tou foumi
Pandan mwen ta p trennen frajilite m
M al tonbe pa aksidan
Nan soulye yon gwo potanta
Ki te konn fèt e defèt nan leta
Li achte li revann bank
Fè travayè monte masuife pa do
Bati kokennchenn chato pou madanm ak mètrès
Peye fè chapèl òfelina ak koudeta
Monte sou fanm, sou timoun kou gason lè lide l di l
Epi gagare bon jan chanpay milezime
Pandan l ap manke dega san krenn san pè,
Pèletènèl
Fanm ak gwo otorite.
Gwo potanta a t ap vwayaje
E pou jan mwen t ap frisonnen
Nan fredi machin klimatize a
Mwen te fofile pi fon anndan soulye li
Mwen te jwenn yon twou nan chosèt
E mwen ta l fè nich mwen nan mitan zòtèy li.
Machin gwo potanta a te prese,
Li devore rout la
Li voye pousyè bay foul la,
Voye dlo ak labou sou rad dimanch pyeton ;
Li teke yon ensèk
Ki pa t dwe vole nan mitan rout la ;
Li pase kawotchou
Sou yon chat ki te pèdi rout li
Epi sou yon chen ki t ap boloze ;
Epi pi lwen
Epi pi lwen

Machin pase demantibile yon timoun avèg
Yon ti fi ki te kanpe twò pre rout la…
E gwo potanta a te manke toufe
Lè san pitit la te voltije
Al rouji kawosri ak vit yon machin
Li te konn fè lave ak dlo trete !
Yon papa kouri pwoche,
Endiyasyon, dlo ak pousyè nan je li
Li voye yon madichon
Ak de bra li anlè
Men san nanm…
Ki bò l li t ap janm jwenn kriminèl la ?
Mons la pouswiv rout li
Ak desten li,
Sa te sou ak pwisans
Ak ensousyans…
Mwen mwen foumi, prizonye
Mwen pou kont mwen
Mwen kwense
Anba zòtèy pye potanta a
M ap toufe ak doulè,
Ak chalè, ak lodè ;
Lè mwen pa kapab ankò
Mwen itilize sèl sa Bondye te kite pou mwen
Pou mwen defann tou piti mwen tou piti a :
Mwen foure pens dan mwen
Nan kote fant zòtèy la te pi mou a…
Mwen santi pye potanta a sote
Tankou li t ap choute yon boul
Epi l al tonbe sanzatann sou pedal akseleratè a ;
Machin nan li menm sote devan
L ap kòlte defans li
Ak yon pye mapou

Desten te mete sou wout ap tann yo.
Lè tèt gwopotanta a te plati fè labouyi sou vit la
Li tou pete li
San nan fron li
Te swente nan yon fant
L al melanje ak san rouj kokeliko
Timoun avèg la
Ki te rete kaye sou vit la.
Papa a ki pa t twò lwen
Te gade, li wè, li kwè.
Li tonbe sou de jenou li
L ap begeye « mèsi papa Bondye »
L ap pote temwanyaj,
San li pa rekonèt,
Enfinitesimalite m…
Mwenmenm, tifoumi
Mwen file pitipiti mwen tou dousman
Mwen soti anndan tribilasyon prizon an
—Chalè ak odè kwui ak pye—
Epi mwen monte desann sou kadav la
Joukaske mwen desann atè
Mwen glise nan yon raje ki pa t twò lwen,
Kote m al fè yon respire
Yon pi bon lè
Pandan m ap reflechi
Sou desten sa ki panse yo pi gran pase nou
Ak ròl desten kite pou noumenm ki panse
Se noumenm ki pipiti
Nan gagè yo rele lavi a…

Lè flanbo lalibète Christophe te touche syèl la

Nan landegras 1801
Napoléon Bonaparte, Premye konsil franse,
Voye je l lòtbò dlo sou koloni Saint Domingue,
Li gade li wè kontinan ameriken pi dèyè ;
Li rele bòfrè li, jeneral Leclerc, li di li :
Leclerc, debake nan Saint Domingue
Arete, depòte, frape bòt ou sou zile
Pou tout moun, blan kou nwa, tande w ;
Mete Toussaint Louverture anba fè
Ki pèmèt li derespekte Napoléon Bonaparte !
Anchene bann sovaj afriken l yo sou bitasyon yo ;
Lè ou rive Cap-Haïtien,
Kajole, menase, flate Jeneral Christophe ;
Mwen tande li fin gen foli grandè.
Fevriye 1802 nan rad Cap-Haïtien
Lè flòt franse a te pwoche,
Yo di tèlman li te lou
Li te fè lanmè a monte ;
Non, se pa t pwa mas sòlda ki te nan vant bato yo
Non se pa t pwa kanno ki te vin bonbade lalibète
Non se pa t pwa mèb Pauline Bonaparte te anbake
Pou te vin prelase l Saint Domingue ;
Non, se te pwa chenn ak feray yo te pote
Pou anchene
Nèg vanyan ki te fin goute libète
Nèg vanyan ki te kite mak tout pye yo
Ak mak lalibète
Nan tout mòn, nan tout chan kann koloni a…
Leclerc te voye emisè Lubin kote Christophe
Al pote pawòl donè ak pawòl pèfidi…
«Premye konsil Bonaparte voye konplimante
Christophe kòm vanyan gason,
E li mande ou, an bon sòlda la France
Pou remèt kle vil bay jeneral Leclerc. »

Christophe to voye Lubin tounen ak yon repons brital :
« Si m pa gen zòd jeneral Toussaint,
Pèsonn p ap rantre nan vil Au Cap ;
E si jeneral Leclerc ta debake san otorizasyon
Se nan lafimen ak sou sann l ap debake,
E menm sou sann sa yo
M ap fout kwaze fè avèk li. »
Vil Cap-Haïtien te pran yon sezisman
Lè jeyan an, jeneral Christophe, te plonje soti,
Bra li leve, prèske touche syèl la,
Epe vanjans nan yon men,
Flanbo libète nan yon lòt.
Yo di gen yon vwa k te rele :
« Jeneral, Jeneral veye pou pa mete dife nan syèl la. »
Men nan moman sa yo,
Christophe pat pè ni lanfè, ni lesyèl ;
Li mache sou bitasyon yo,
Sou kazèn, sou tout gwo moniman lavil la,
Li flanbe yo san bra li pa tranble !
Popilasyon an sezi : « Mon général, votre palais !
Palè w la ap boule ! »
« Mwen se Christophe le Bâtisseur !
Se pa palè m nan sèlman,
Se tout zile a k ap fout boule,
Si etranje pile tè sa a pou vin manke lalibète dega !
Sòlda ! Rale zam nou ! Limen flanbo nou !
N a fout rebati ! »
Men Christophe tout kò li tounen yon poto chabon dife
K ap rouji nan fè nwa a,
Chak pawòl nan bouch li soti ak lafimen ak flanm,
Men Christophe k ap ensandye vil Au Cap,
Napoléon te fin pwomèt Pauline
Kòm ti Versailles nan zile yo.

Leclerc sou lanmè a pat vle ni wè, ni kwè :
Quel est ce fou furieux ? Quelle est cette race démente ?
Kote Toussaint, ban m Toussaint ?
Fè Toussaint mete lòd nan zile Napoléon an !
Leclerc ak sòlda li yo debake nan yon lanfè,
Kote se la fimen, sann ak fantòm ki t ap tann yo ;
Men yo pa t kapab pase ni fè, ni chenn,
Nan pye fantòm.
Apre prèske 2 lane,
Lè kadav plis pase 40,000 anvayisè
Te fin mele sann yo ak sann nan tè boule Saint Domingue
Lè van lalibète te fin pouse lwen zile a
Vapè foli konkèt nan tèt konsil Bonaparte…
Christophe nan rèv grandè pa li
Te fè bati sou tèt Bonnet à l’Évêque
3 mil pye anlè tèt mòn Plaine du Nord
Sitadèl Henri Christophe
Yon manman moniman pou te defann manman Libèté
E pwoklame nèg pa tap janm esklav ankò
Nan premye repiblik nèg listwa limanite,
Ayiti.

—Charlot Lucien Nou rale ti lougal sa a nan rekèy powèm bileng La tentation de l’autre rive / Tantasyon latravèse, ed. Trilingual Press (Près Trileng), 2013.

Powèm pa Doumafis Lafontan

Nan Ginen

Ayiti kouche ant Oseyan Atlantik e Pasifik
Se trèdinyon ansyen monn e nouvo monn,
Li konstitye espas kote valè Natifnatal,
Tayino—Afriken—Ewopeyen rankontre.

Pifò moun di popilasyon Ayiti san pousan Ayisyen.
Eskize mwen si m pa si sa ki fè m Ayisyen.
Se sèten se pa san,
Ni teritwa mwen fèt la.
Idantite mwen on jan flou
Pito li se konstriksyon sosyal.
Li kòmanse Premye Janvye 1804.

Si ou dakò e
Pa gen dout se sa li ye,
San mwen Afriken.
Natifnatal Ayiti se Tayino, Arawak, e
Non Ayisyen.

Mwen pa fè erè
Konkli on pèp pifò kapab chanje mwen.
Menm jan sa fèt Ozetazini
Ak minorite yo bay pote plizyè non
Negro, Nwa, Afriken-Ameriken.

Ozetazini, opresyon tèlman rantre fon,
Anndan endividi a,
Kèk Afriken rele tèt yo Nigger,
Niggah.

Tout diferan idantite sila yo bon pou kilti bouyi vide.
Nan mòd vi sila a,
Minorite se pitimi san gadò.
Diferans koulè rann vi nèg san valè.

Jay-Z pa premye nèg loksidan rekonpanse,
Prezante kòm modèl.
Podyab msye, li pa konnen,
Cesaire, Senghor devanse li.
Inyorans Jay-Z rive nan paroksi,
Li deklare Hip Hop mete fen a rasis.

Mwen ankouraje msye li Howard Zinn.
Depi omwen lane 1960,
Sanba ap fè moun tout koulè danse.

Nan monn lòd sosyal ap dirije,
Ayiti pa egzanp.
Kèlkilanswa Nwaris,
Negritid,
Toude aksepte enferyorite nèg e
Rekonèt siperyorite blan.
Yon kontradiksyon nèg eseye rezoud pa inyon tout travayè.

Nan on monn pi fò moun iletre, nan chomaj
Se kilè m ap wè klas pwoletè sila a,
Ki pral mete fen a alyenasyon?

Yon lòt fwa, menm jan ak tan zansèt yo,
Zòt vle fè nou vini yon wou adapte nan yon machin,
K ap byen mache nan monn,
Konstwi pa Kolonis.

Byen konte, mal kalkile,
Mwen konnen eksplwa zansèt yo
Ki tabli kominote lib,
Ki pa t gen anyen pou wè ak esklavaj.

Zòt koute!
Mwen Ginen,
Panafriken k ap travay pou Inyon Afriken.

Lafrik

Lafrik, O! O! O!
Ginen voye pale ou.
Li voye di ou:
Bout tè Ayiti tranble,
Moun a jenou.

Lafrik, souple
Pa pran twòp tan
Lè ou rive,
Pou pa regrèt
Antere premye pitit fi ou.

Ayiti, swadizan, Premye Repiblik Nwa,
Li dwe rebati nan Inyon Afriken.
Kididonk, wè pa wè,
Vle pa vle,
Se pou goumen youn kont lòt sispann.
Fè pa annavan, pou lavi fleri,
Depann de tèt ansanm.

Ansanm ansanm, nou se pitit Lafrik,
On kontinan ak zile toupatou,
Moun toupatou ki dakò viv ini;
Pou sove lavi dezas menase.

Aya, Afriken!
Kolongèt moun ki dezini
Nan moman danje sila a.

Lespri 1803

Gade li menm nan panse,
On jan, etranj, se inyon orijinèl.
Diferans pa egziste.
Mwen nan li menm fè yon sèl.

Kòt a kòt gen tèt ansanm.
Menm lè moun pa wè objektif reyalite,
Jan ou viv kapab reflete li.

Fason esplike sila a
Se enèji menm jan ak brenn,
Kapasite moun pou esplike ekilib
Ak milye l ap viv la.

Li konn rive kèk fwa ou pa kapab jwe
Epi nouvo esplikasyon ba ou fòs,
Tankou dyab,
Baka,
Ou vin aktif e
Rekòmanse kreye.

Men kreyasyon pa inivèsèl.
Valè anndan tout moun posede.
Se esans, orijinalite,
Pito kalite ki konte.

Derape premye pas dlo memwa sonje,
Afriken rekreye objektif orijinèl
Pa pwosesis kache sèvo, e
Istwa kolektif.

Ou pa dwe bay lwa krizokal legen,
Tankou popriyete entelektyèl.
Ou pa dwe aksepte kenbe sekrè.
Pawòl modi kraze rak.
Di sa k ap fèt:
Revi endijèn,
Konsa tonton pale,
Gouvènè lawouze,
Zetwal pou womansye.

Sosyete a vin li menm.
Se kominikasyon ki asire sa.
Menmsi nou pa pale menm lang,
Anndan nou youn.

Ou pa mare tankou krab ou kapab aji.
Pa bliye ekilibre tè a.
Panse sila a kontinye atizay,
Idantite,
Reyalite,
Pwodiksyon atistik asire relasyon anndan e deyò.

Gade!
Mèveye nan Literati vle di mitoloji Afriken.
Valè ki nan Lekòl Ayisyen ale fon,
Lòt bò Repiblik Ayiti,
Nan panse otonòm
Tankou kont moun,
Pou pi egzak Ayisyen,
Jodiya Ginen.

Nan Ginen, mistè reparèt,
Moun se sèl sa ki sakre,
Linivè redekouvri.
Chak kichòy nan lòd
Ak siyifikasyon li.

Ou dwe ale nan Karayib la
Pou wè reyalis mèveye sila.
Nan klète lalin, yo rasanble.
Syèl yo sanble.
Youn ap pale,
Zòt ap koute ak atansyon.

Ki sa ou prefere?
Lannuit pou repoze,
Osnon lajounen travay di,
Pote kwa lou, e
San fen.

Anba je vijilan Orion.
Reyèl la ajite,
Sosyal la plezan.
Moun pi prefere lannwit,
Swa, e
Dous.

On bò, yo an ran, fas a fas,
On lòt bò, yo fè on sèk,
Pi lwen, yo chita tande,
Zòt ap kouri lago delivrans.

Anfen, y ap sote kòd rèd kondisyon limanite,
Lavi yo rele egzistans listwa blanchi,
Vin pi pal pase nèj ki tonbe.
Malè a Enperyalis blan an ki tonbe.
Nan moman danje sila a,
Ginen monte Imamou
Plonje nan dlo ble tèt wo.

San manman!
San papa!
Yo pran chante.

Aya, Sanba!
Byen mennen!
Moun lanati mete viv sou tè abondan,
San travay di, e
Fatigan.

Byen mennen!
Moun k ap montre peyi mèveye,
Ar reyèl, e
Sosyal.

Byen mennen!
Moun ki ale tèt dlo,
Ki pa konnen ni enjistis,
Ni mal.

Byen mennen!
Moun panse ale devan,
Lòt bò kòmansman, e
Lafen.

Byen mennen!
Moun ki wè e
Ki vini Kanzo e
Ginen.

Aya Sanba!
Byen mennen!
Zansèt Afriken,
Brav lanmò.
Yo pran lavi sou chan batay.
Lè yo resi rive fè youn tonbe,
On pakèt brav ranpli ran yo.
Dèmilye defile tòch nan men.
Flanbo pou klere chemen nan monn,
Yo pa t kreye.
Pèsonn pa kapab detwi sa ki nouvo yo fè.

Aya Sanba!
Byen mennen!
Zansèt Afriken
San fot,
San repwòch.

Aya Sanba!
Byen mennen!
Moun ki pale fran,
Ayiti Cheri,
Peyi pi abondan pase ou
Pa genyen.
Fòk nou t ale,
Pou nou te sonje valè ou.
Fòk nou retounen,
Pou nou rebati ou.

Lòt bò dlo, nan zòn Vètyè lespri parèt,
Verite ou pa bezwen verifye.
Chak bagay nan tan pa yo se mantò.
Karakteristik tè a etènèl, e
Figi yo nan nou enfini.

Istwa nasyon nwa

M ap chèche zanj pwezi liberasyon,
Langaj ki esplike pozisyon Ayisyen,
Dapre sa nou viv Ayiti Cheri.

M ap chèche vokabilè tout antye,
Sentaks ki makònen aksyon, aktè,
Pou panche Ayiti bò majorite absoli.

Bonba,
Sanba,
Sonnen lanbi.
San manman, san papa,
Youn rele lòt,
Rasanble.
Kouman sa ye?
Pa gen maladi, ka a grav!

Tout moun konnen Istwa nanchon nwa nan Sendomeng,
Ki kase chenn tirani;
Bat bounda Kolon, komèsan esklav;
Boule bitasyon, atelye Koloni Fransè;
Rebati Wayòm Ayiti;
Mete fen sèk nan krim kont limanite;
Jayi limyè kont manti Kolon bay sou limanite.
Verite, jistis san wete, san mete.

Se istwa nanchon nwa m ap rakonte.
Diferan reyalite Pèp,
Chemès, Arawak, Tayino;
Ewopeyen, Panyòl, Fransè, Anglè;
Afriken, Arada, Ibo, Congo, Peul, Bambara, Mandeng;
Nanchon Ayiti pataje annefè,
Yo makònen youn nan lòt nan oralti,
Pou lavi kontinye,
Nan nivo nouvo dimansyon.

Se istwa nanchon Ayisyen m pral rakonte.
Tout moun konnen istwa pèp Ayisyen ki te goumen kont kolonis,
Rive sòti nan esklavaj.

Pèp Ayisyen te jire “Inyon fè lafòs.”
Yo fòme on Asanble pou fè pasasyon pouvwa.
Koken fèt,
Deblozay pete, epi
Goumen mare.

Mwen mande pou kisa de frè ap fè espektak piblik sa a?
Yo di mwen se depi jou yo fin tiye Anperè Jean-Jacques Premye,
Youn ap dechire lòt, e
Pèsonn pa rive mete ola,
Fè yo sispann goumen.

Mwen pwoche pi pre.
De frè yo di mwen.
Wi, se zanmi Ayiti ki vin montre Ayisyen
Kkouman pou yo balanse pouvwa,
Yo ensiste fòk gen opozisyon.
Atò premye frè a di:
“Pouvwa pou sa ki gen plis moun.”
Tandiske dezyèm frè a pwopoze,
“Pouvwa pou sa ki pi kapab.”

Zòt koute!
Ou pa sèten
Men ensètitid depann de sa k fèt.
Nan Nò, travo fòse,
Nan Lwès, “lese grennen, wazivte, vagabondaj.”
Repibliken piye pwodiksyon kafe pou peye doub-dèt.
Kou pou Leta,
Repiblik kraze zo,
Lidè popetwèl, diktatè.

Yon lòt fwa zòt koute.
Ou nan erè.
Ou ap goumen pou sa ki deja pou ou.
Sonje ou te adopte modèl repibliken,
Lit politik pou pouvwa,
Nan Twazyèm Ane Endepandans.
Ou dwe ale nan konsyans kolektif ou,
Ranmase zanj ki te pèmèt aspirasyon komen ou.

Se pou lese ide pouvwa popilè osnon pouvwa konesè.
Se sèten ou ap tonbe
Men ou prale nan sa ki pou ou,
Osnon pwóp pa ou.
Ki dwe fè ou rejwenn ekilib ou,
Tankou planèt yo,
Chak nan pwòp sèk yo,
Ap fè wonn solèy la.

Do Miwa

Apati Mòn Wouj lavi kontinye,
Ayiti renèt,
Ayisyen fèt,
Ras la vanje,
Sèk la fèmen.

Nou pa sèlman Afriken.
Se pou zòt rekonèt sa.
Yo te domine paske moun Lafrik pa t gen chwa.
Jodi a, non sèlman nou chwazi,
Nou ankouraje ou gade valè chwa nou yo,
Valè pa nou,
Anfen, sa ki pou nou.

Objektif orijinèl,
Rakonte, chante, pentire e
Pwopaje, nan kont istwa e chante,
Pale Ayisyen.
Kont e pale klè,
Tankou “koupe tèt, boule kay”,
Lidè Ayiti rakonte montre jeni Afriken.

Sa ki fèt dapre lwa,
Gen karaktè endepandan dire e milye,
Nou wè yo etènèl.

M ap mande ki travay Ayisyen?

Esplike jaden senbolik:
Lespri, mèt tèt, kò kadav,
Bay Ayisyen enèji.
Tank ou ap danse nan estil at sila a.
Se tank ou ap travay.
Lespri kondui ou nan estil travay la.

Lespri avèk ou m ap mache,
Pale klè.
Langaj matematik pa klè,
Y ap pale sèlman de posiblite.
E puiske yo pa ladann,
Yo pa kapab di sa k ap fèt.
Savan yo konnen sa.

Gade!
Ayisyen kondui retou lespri pami moun.
Se pa maji se don.
Patisipasyon Nan Ginen enfini.

—Doumafis Lafontan Nou rale ti lougal sa a nan liv Krik! Krak! Dèyè gen mòn / Krik! Krak! Mountains Behind Mountains, ed. Trilingual Press (Près Trileng), 2012).

Powèm pa Patrick Sylvain

Mazimaza

M’ rele Mousa Nsugle Ogidi,
isiba yo rele m’ Jean-Paul.

M’ bite isit kèk karantan avan larevolisyon,
Wa Agadja te vann mwen bay Franse.

Yon bann mazimaza ki azikrekre pou lajan.
Nou tounen ranyon sou agbètò.

Terè tanpèt lakataw awoyo sou agbètò
nou anba kal batiman k’ap feraye jouk aziboutou.

Twòp ganga mouri nan dlo, agwètawoyo padone
mazimaza a yo ki vann Ginen pou karabin ak gwòg.

Yon travèse sifokan, yon travèse kouto nan flan.
Nan flan batiman an, moukmouk pafimen ekzistans

kwense nou. Nou se afiba yon mond an kawo,
yon mond apoura pou san bòkòvi.

(Me 2011)

Isiba

Bouwo resevwa n’ ak frètkach
pou yo trennen n’ nan chan kann.

Sa fè douz mwa depi m’ debake
sou zile adjipopo sa a.

Kinanm mwen rete paweze nan Ginen
pandan rèv mwen ap sifoke isiba.

Nou bat ka, nou bat hountò
Pou nou kandyole ak lavi

K’ap woulawoup salamaza
Nan mwèl nou depi nan douvan jou.

Isiba, towo tounen ti maymay
Nan angrenay moulen kanasik.

Lavi n’ brak, menmlè Olohoun
Siwote espwa n’ pou n’ pa kanyik.

(Me 2011)

Agwe Rele

Mounans nou te mouri
depi nou te fisle tankou krab

pimpe anba kal santi wenk,
ki swente fondanman tèlman

pwòpte ak malpwòpte te marasa
nan lavi ak lanmò n’ nan toufounay

nanm pou kann, fòs nou te rann.
Ban m’ nanm nan koupe kann.

Lanmè ak syèl chanje koulè
pou antèman libète n’

Non nou te deja antere depi nan Gore,
Batèm kretyen sefwe idantite n’.

Nou te mare fyèl pou n’ pa te yenyen,
men, menm Agwe rele lè ayovi rache nan tete.

(Avril 2011)

Agawou Gwonde

Pran zam avan Bizango marye ak
Sanpwèl pou yo krabinnen listwa.

Tout bitasyon tande wounou-wounou
mekontantman listwa k’ap bougonnen

Agawou fè Ourakann gwonde loraj nan mounda
Ponyèt nou pou Goubasa Ogoun ede n’ koupe tèt kann.

Tout malandouran mande zòtolan pou yo sispann
woukoule, rad blan pral bade ak san.

Frètkach siyen non l’ nan flan sou po kongo,
Dawonmen ak Igbo rele Mondong pou kriye nan zo.

Alkòl pa gen dan pou l’ koud maleng
se sitwon ak sèl ki sizonnen epi geri vyann.

Mondong rele Igbo, Igbo soufle Dawonmen
Agawou gwonde nan mounda ponyèt nou.

(Me 2011)

Bazoudi

M’ap chache mo avan memwa m’ kanni
pou rakonte lemond ekzistans rabyay mwen.
an 1921, se sou nat manman m’ te kase
lèzo nan Sayira, Leyogàn. Yo rele m’ Bazil.

Mwen te aprann ekri nan ta,
pawòl fè lago-kache nan sèvo m’,
men pafwa yo anvayi m’ tankou gwo vag
lanmè epi dyayi nan sèvèl mwen.

Mwen renmen mo, m’ renmen pawoli
men sa ki ekri van pa ka pote ale,
alò m’ eseye naje nan fon ekrito, fè lank
degize paj pou yon kanaval istwa defile.

Defile se te non madanm mwen, men
li pa te fòl. Foli pa l’ se te viv yon vi
ki pa t’ rabi. Yon vi san gètapan, san wistiti,
yon vi san mizèrere pa pandye nan fetay lavi.

M’ap chache mo avan memwa m’ kanni
pou m’ enstale ekzistans mwen sou chemen lavi m’.
Lavi degrabya m’, lavi matrake jenès mwen, e si
se pa t’ pou lanmou Defile, lavi t’ap kontinye bazoudi m’.

(Janvye 2011)

1935

Jewografi fanmi m’ se trip foumi,
manman m’ se te tout avwa m’.
Tantin, tonton, papa, parenn
se nan vwazinaj m’ te konn tande sa.

“Yon sèl pitit, yon sèl badjo”
se te lapriyè manman m’ lè m’ te konn
pleyen doulè longè rasin kòd lonbrik mwen.
“Yon sèl pitit, yon sèl badjo”.

Se jouk kòve te fin depeyize manman m’,
Grann Siya te gen koze pou li te kase.
Lakay, sèl Grann Siya ki te gen lese-pase,
Sèl Grann Siya ki te konn pwofondè rasin mwen.

Mwen pa t’ fèt nan alsiyis chaman,
ni akoz siwo-dòja, osnon poud wanganès.
Chalè yon foubi-bouk, yon rabòday kout fouk
ki te fè yon ti sòlda pyafe manman m’

Nan yon chan bannann. Lawont fè l’ bwachat,
paran l’ ki te fèk rantre nan advantis ba li non
azizwèl, Jezibèl akoz yon sòlda foban te madrinen
ekzistans li nan yon mayilò lawont.

Milnèfsantrannsenk, ane lanmò manman m’,
ane kadav verite dezantere pou souflete
mounans mwen ki te kore nan “yon sèl pitit,
yon sèl badjo”. M’ san jewografi, san trip fanmi.

(Avril 2011)

Epe Se Leta

Mwen pa ta renmen deranje sabo chwal,
men zago listwa soude ak sabo sanglante.
Menm zefele onore Jal pou premye jalon libète.
Libète se yon palmis kanpe ki bay zèklè defi
pou li derasinen epe l’ nan demanbre l’.
Alada n’ delala nan demanbre n’ tank nou
dangoye avanmenm Lèlè desounen n’ pou Ife.

Defile, fanm dyanm ki te ranmase kadav
tyake Jal-Anperè ki te detwone nan pyèj
nan douvanjou libète n’. Mwen pa ta renmen
sabo chwal, men pousyè vanjans poudre
yon nasyon jouk li rasasye pwòp nanm li.

Kat leta sanpwèl fòme pou yo kabòdja sou tonb libète.
Lanasyon toufe nan chodyè divizyon, zòt kalinda.

Nasyon divize dezan douvan, desan zan dèyè 1804.
Konplo tounen kòd pou fè anbake Jal Louvèti.
Pyèj ansent pyèj, lanasyon pyeje pou epolèt.
Anbakman yon Jal, matrakay yon lòt, epe se leta.
Kat leta sanpwèl fòme pou yo kabòdja sou tonb libète.

Libète se te yon palmis kanpe ki te bay zèklè defi.
Pa gen rasin, pa gen demanbre. Epe tyake memwa.

Mwen pa ta renmen deranje sabo chwal,
men zago listwa soude ak sabo sanglante.
Leta se epe, verite boukliye. Bayonèt kanpe,
Tout paj konstitisyon chire avan lank seche.

Lanasyon toufe nan chodyè divizyon, zòt kalinda.

Nou tòchonnen sou tonb libète, zòt pote ranyon
pou kouvri mera ki delala l’ kòmsi nou se jòkma.

(30 me 2011)

—Patrick Sylvain

Nou rale ti lougal sa a nan rekèy powèm Patrick Sylvain an Masuife, ed. Trilingual Press/Près Trileng, 2013.

Aller au sommaire de ce numéro de Tanbou/Tambour, Automne 2013–Printemps 2014

Page d’accueil  |   Sommaire de ce numéro  |   Contribution de Texte et de Courrier: Editeurs@tanbou.com