Aller au sommaire de ce numéro de Tanbou/Tambour, Automne 2013

Page d’accueil  |   Sommaire de ce numéro  |   Contribution de Texte et de Courrier: Editeurs@tanbou.com



Entwodiksyon Akademi Kreyòl Ayisyen an :

Pou kreyòl la jwenn plas li nan peyi a

—pa Renauld Govain

Nan yon kominote plirileng, rapò lang yo genyen youn avèk lòt konn mennen Leta devlope yon pwosesis regilasyon nou rele politik lengwistik ki pèmèt nou chèche ekilibre pratik sosyal ki genyen rapò avèk pratik lengwistik yo. Desizyon Konstitisyon 1987 la ki kreye Akademi kreyòl ayisyen an enskri nan kad politik lengwistik sa a. Nou va defini konsèp sa a pi devan. Atik 213 Konstitisyon 1987 la yo kenbe nan vèsyon amande a endike : « Yo mete yon Akademi ayisyen pou li fikse lang kreyòl la e pou li fè l kapab devlope anfòm, ann òd epi selon prensip lasyans ». E nan kad demach pou tabli enstitisyon sa a pou bay fonksyònman kreyòl ayisyen an jarèt, Inivèsite Leta Ayiti òganize yon kòlòk sou tèm Akademi Kreyòl Ayisyen : ki pwoblèm ? Ki avantaj ? Ki defi ? Ki avni ?. Kòlòk la te fèt soti 26 rive 29 oktòb 2011 nan Pòtoprens.

Kòlòk sa a se te yon okazyon pou divès kòlèg nan divès disiplin syantifik (lengwistik, literati, tradiksyon, sosyoloji, filozofi, syans, edikasyon, relasyon entènasyonal, antwopoloji, jesyon, teyoloji, alfabetizasyon, elatriye) prezante kominikasyon sou rechèch yo ap mennen sou lang kreyòl la epi sou jan yo swete Akademi an fonksyone. Liv sa a ba nou okazyon konsidere ak tèt poze anpil nan refleksyon ekspè te prezante nan gran manifestasyon syantifik sa a. Nou va gen okazyon li plizyè pozisyon diferan sou tablisman enstitisyon an, sou jan li dwe fonksyone, sou oryantasyon jeneral yo dwe ba li. Nou pral dekouvri yon deba entelektyèl kote kèk lide ki ale nan menm sans mele avèk kèk ki ale nan yon sans diferan pou diskite sou yon menm sijè. Yon sijè ki ta dwe enterese tout Ayisyen paske sa konsène lang natifnatal peyi a, lang kreyòl la tout popilasyon nasyonal la pratike nan tout kalite kontèks ak sitiyasyon kominikasyon.

Enpòtans yon enstitisyon tankou Akademi pou kreyòl ayisyen an mennen nou poze yon seri kesyon ki ale nan sans idantite : ki enpòtans yon enstitisyon kon sa kapab genyen pou pratik lengwistik jeneral kominote lengwistik ayisyen an ? Ki enfliyans pozitif li kapab genyen sou fonksyònman lang kreyòl la oubyen ki wòl li kapab jwe nan fonksyònman lang nan ? Ki mòd gouvènans yo ta dwe bay yon enstitisyon kon sa ? Ki sèvis esperyans akademi ki egziste deja (pou yon seri lang tankou franse, espànyòl ak italyen) rann fonksyònman lang ewopeyen sa yo ? E ki jan Akademi kreyòl ayisyen an ta kapab tire leson nan esperyans sa yo ? Men, chak esperyans akademi sa yo gen feblès pa yo nou pa dwe imite ! Sa se yon bann kesyon nou kapab jwenn repons pou yo nan tèks nou rasanble nan volim sa a. Se yon seri enfòmasyon ki nesesè pou klarifye paske si nou pa byen defini ki sa nou vle nan Akademi pa nou an, ki jan li dwe fonksyone, ki jan pou li ta aji sou pratik lang nan, ki mwayen li dwe bay tèt li pou li byen ranpli gwo misyon li genyen nan sosyete a, enstitisyon an gen dwa fè plis mal (oubyen plis tò) pase byen si nou pa jwenn bon jan repons klè pou kesyon sa yo ! Nou pati sou lide yon akademi pa la pou endike popilasyon an ki jan pou li pale. Li pa la nonplis tankou lapolis ki pou fòse moun adopte yon seri fòm pale espesifik. Menm jan an tou, li pa la pou envante yon lang yon popilasyon ap pratike depi anviwon twa syèk…

Jan Dictionnaire de didactique du français langue étrangère et seconde (2003 : 196–197) presize sa, politik lengwistik se yon seri chwa yon Leta elabore sou baz pratik lengwistik kominote li avèk lakilti ki marye ak pratik lengwistik sa yo. Politik lengwistik la defini objektif jeneral (plas ak fonksyon lang yo, wòl zouti yo nan domèn edikasyon, fòmasyon, enfòmasyon ak kominikasyon, ets.). San nou pa pran desizyon Leta yo an konsiderasyon, tout politik lengwistik dwe pran rasin nan yon analiz serye diferan sitiyasyon (sosyolengwistik, sosyopolitik, sosyo-ekonomik ak sosyokiltirèl) anmenmtan li sèvi ak yon apwòch ki vize avni lang nan nan sosyete a. Li dwe konsidere pratik lengwistik ki gen rapò avèk tout kalite lang yo pratike nan peyi a kit se lang natifnatal kit se lang etranje. Louis Porcher et Violette Faro-Hanoun (2000 : 6) « Yon politik lengwistik se aksyon yon kominote mennen pou byen devlope difizyon lang li yo selon objektif li fikse pou sa ». Pou otè sa yo, Leta dwe defini yon politik lengwistik, sètadi yon objektif li vize pou lang nasyonal li yo ak lang etranje ki prezan nan kominote… Nan dwat liy objektif sa yo, Leta devlope yon seri mwayen ofisyèl li mete an plas oswa li enpoze, yon seri mwayen li ankouraje oubyen li pwopoze pou li rive kote li swete rive a. Anfen, menm Leta sa a dwe devlope yon seri mwayen pou li kapab evalye aksyon li ak desizyon li ap pran yo.

Politik lengwistik la se yon mwayen ki pèmèt Leta jere sitiyasyon plirileng yo. Men genyen yon faz ki pi enpòtan toujou yo rele planifikasyon lengwistik. Nan sans sa a, L.-J. Calvet (1998 : 111) ekri : « politik lengwistik la se yon ansanm chwa konsyan ki konsène rapò ant lang yo avèk lavi sosyal la epi planifikasyon lengwistik la se faz konkrè ki pèmèt yo mete politik lengwistik la an aksyon ». Otè a raple nou nan yon domèn ki sitèlman enpòtan tankou rapò ant lang yo avèk lavi sosyal, sèl Leta gen pouvwa pou pase nan estad planifikasyon lengwistik, sètadi pou mete an pratik chwa politik lengwistik la endike yo. Pou definisyon planifikasyon lengwistik, Henri Boyer (1991 : 101) pwopoze youn ki ale nan menm sans ak pa Louis-Jean Calvet a (op. cit.) : « pasaj nan aksyon jiridik, konkretizasyon sou plan enstitisyon yo ki kapab genyen yon valè etatik, rejyonal oubyen entènasyonal ki konsène konsiderasyon, chwa, pèspektiv yo defini nan kad yon politik lengwistik ».

Prensipal aksyon politik lengwistik Leta poze ki konsène kreyòl la

Soti nan premye konstitisyon Ayiti a—pa Tousen Louvèti a (1801)—rive nan konstitisyon 1957 yo te vote sou Franswa Divalye, (yon ventèn konstitisyon) okenn vèsyon manman lwa peyi a pa sonje kreyòl la. Pa egzanp, Konstitisyon 1843 a nan atik 29 li ak konstitisyon 1867 la nan atik 34 li ekri menm bagay la konsènan lang yo pratike nan peyi a san yo pa nonmen yo : « Les langues usitées dans le pays seront enseignées dans les écoles ». Yo kontante yo endike lang yo pratike nan peyi a san yo pa ba yo okenn non. Se apati konstitisyon 1957 la, lalwa pral vrèman rekonèt egzistans kreyòl la. Menm pou fransè a, nou te dwe tann konstitisyon 1918 yo te vote nan peryòd Okipasyon amerikèn (sa ki ta ka etone moun) pou yo site mo lang fransè a nan konstitisyon peyi a. Men anvan sa, lwa peyi a pa di anyen sou kesyon lang peyi a yo.

Atik 62 konstitisyon 1983 a rekonèt kreyòl la kòm « lang nasyonal » : « Les langues nationales sont le français et le créole. Le français est la langue officielle de la République » (Yo pa te ni ekri li ni tradui li an kreyòl). Se jis nan konstitisyon 29 mas 1987 la, yo vin presize wòl ak plas kreyòl la. Atik 5 la endike : « Sèl lang ki simante tout Ayisyen ansanm, se lang kreyòl. Kreyòl ak franse se lang ofisyèl Repiblik d Ayiti ». Epi nan atik 213 la, li prevwa : « Yo mete yon Akademi ayisyen pou li fikse lang kreyòl la epi pou fè l kapab devlope anfòm, ann òd epi selon prensip lasyans ». Konstitisyon 1964 la yo te vote sou Franswa Divalye endike, nan atik 35 li : « Le français est la langue officielle de la République. Son emploi est obligatoire dans les services publics. Néanmoins, la loi détermine les cas et conditions dans lesquels l’usage du créole est permis et même recommandé pour la sauvegarde des intérêts matériels et moraux des citoyens qui ne connaissent pas suffisamment la langue française ». Atik sa a montre Leta dakò politik mete sou kote, kòm si li ta nòmal pou yon ti ponyen sitwayen pale fransè akote kreyòl la epi ki genyen yon pakèt privilèj sa ba yo alòske yon lòt bò ou jwenn yon majorite ki pale kreyòl sèlman epi se ti mezi sou kote yo va pran pou ede yo konsève ti enterè materyèl ak moral yo genyen nan kad sèvis yo dwe benefisye.

Jou 28 septanm 1979, Leta pibliye yon lwa kote yo entwodui kreyòl nan lekòl paske jis nan tan sa a, se te fransè sèlman yo te konn itilize ofisyèlman nan lekòl. Nan atik premye lwa sa a, yo ekri : « L’usage du créole, en tant que langue commune parlée par les 90 % de la population haïtienne est permis dans les Écoles comme langue instrument et objet d’enseignement ». Nan menm ane sa a, yo adopte yon refòm edikatif—Refòm Bèna—paske Minis edikasyon nasyonal nan epòk sa a te rele Joseph Bernard kote yo ofisyalize entwodiksyon kreyòl nan lekòl kòm lang ansèyman, kidonk, kreyòl dwe sèvi kòm zouti lengwistik pou anseye elèv nan lekòl primè. Pou soutni fòs lwa 1979 sou itilizasyon kreyòl la nan lekòl, ministè edikasyon nasyonal pran yon lòt dekrè le 30 mas 1982 ki site lwa 1979 la ki pwopoze modèl òganizasyon lengwistik sistèm edikatif ayisyen an : « le créole est langue d’enseignement et langue enseignée tout au long de l’École fondamentale », que « le français est langue enseignée tout au long de l’École Fondamentale, et langue d’enseignement à partir de la 6e année » et qu’« en 5e année de l’Enseignement Fondamental, l’enseignement du français est renforcé en vue de son utilisation comme langue d’enseignement en 6e année ».

Deba sou itilizasyon kreyòl nan edikasyon ann Ayiti kòmanse anvan 1979. Georges Sylvain, an 1898, te panse si yo entwodui kreyòl la nan lekòl nan peyi a, sistèm nan t ap fè yon gran pa. Kon sa, li deklare : « Le jour où (…) le créole aura droit de cité dans nos écoles primaires, rurales et urbaines, le problème de l’organisation de notre enseignement populaire sera près d’être résolu… (se Duraciné Vaval, 1911, ki site li). Depi peryòd sa a, kreyòl la te deja genyen ase jèvrin pou yo anseye li lekòl oubyen pou yo ta sèvi avèk li pou anseye lòt matyè. Nan menm lide sa a Ioana Vintila-Radulescu (1979 : 95) ekri konsènan kreyòl la : « Du reste le créole haïtien semble avoir acquis un certain “prestige” bien avant les autres variétés du créole français. Au début xixè siècle, on le jugeait même digne d’être utilisé dans la vie publique…».

Jou 31 janvye 1980, yon dekrè prezidansyèl fikse yon òtograf ofisyèl pou tout moun ki vle ekri nan kreyòl ayisyen an sèvi. Nan menm dat sa a Ministè edikasyon nasyonal pibliye yon papye sikilè kote li mande pou tout manm sistèm edikasyon an ki ap ekri kreyòl pou sèvi avèk sistèm òtograf ofisyèl la. 27–29 oktòb 2011, Inivèsite Leta Ayiti òganize yon kòlòk sou planifikasyon kreyasyon Akademi pou kreyòl ayisyen an. Men, li enpòtan pou nou souliye se pa Leta ki pran desizyon òganize aktivite syantifik sa a. Men se Inivèsite Leta Ayiti a ki ranmase wòl Konstitisyon an ba li pou li egzekite manda sa a. Se yon gwo pa nan refleksyon pou tablisman Akademi an. Refleksyon yo pa rete ak finisman kòlòk la. Se kon sa, yon komite suivi kontinye travay epi pwopoze yon pwojè-lwa bay Palman ayisyen an sou kreyasyon ak òganizasyon Akademi kreyòl ayisyen an pou li analize epi adopte. Nan sans sa a, Sena Larepiblik la vote li nan dat lendi 10 desanm 2012. Nan epòk sa a Chanm depite yo te an vakans. Yo fè rantre palmantè a le 14 janvye 2013. E depite yo dwe resevwa epi analize pwojè a senatè yo deja vote. Ann Ayiti, pou yon pwojè-lwa tounen yon lwa, fòk toulede branch Palman an—Sena a ak Chanm depite a—vote li epi, apre sa, pou Pouvwa egzekitif la fè pibliye li nan Jounal ofisyèl peyi a yo rele Le Moniteur.

Anvan esperyans sa yo, pi fò majorite aksyon politik lengwistik Leta te pran an favè kreyòl la te plis konsène kesyon alfabetizasyon. Depi nan premye kanpay fòmèl alfabetizasyon nan ane 1940 yo, yo te toujou sèvi avèk kreyòl la. Kon sa, Leta kreye yon seri enstitisyon ki te la pou bay kreyòl la jarèt men sitou pou fè pwomosyon pou li epi devlope li nan domèn alfabetizasyon an patikilye. Nou kapab plase mezi sa yo nan yon kad aksyon politik lengwistik. Men kèk nan aksyon sa yo nou prezante nan lòd kwonolojik yo te adopte yo. Nou fè chwa pa tradui yo an kreyòl. Nou kenbe yo nan non « orijinèl » Leta te ba yo lè li te kreye yo :

  • 1941 : Comité de littérature et d’alphabétisation (cla)
  • 1943 : Bureau haïtien de l’éducation des adultes (bhea)
  • 1947 : Direction générale de l’éducation des adultes (dgea)
  • 1948 : Programme d’Éducation Ouvrière (peo) développé par le Département des Affaires sociales et qui tentait d’alphabétiser en français les ouvriers de Port-au-Prince et des villes de province.
  • 1957 : Office National de Développement Communautaire (ondc)
  • 1961 : Office National d’Éducation Communautaire (onec)
  • 1969 : Office National d’Alphabétisation et d’Action Communautaire (onaac) en remplacement de l’onec
  • 1975 : Groupe de Recherches et d’Expérimentation en Alphabétisation (gral)
  • 1986 : Office National de Participation et d’Éducation Populaire (onpep)
  • 1989 : Office National d’Éducation Communautaire et d’Alphabétisation (oneca)
  • 1995 : Secrétairerie d’État d’Alphabétisation (sea)

Nan fen ane 70 yo, yo kreye yon pwogram yo te rele lè sa a alfalit. Men sa pa te yon inisyativ Leta. Se te yon inisyativ sektè pwotestan pou aprann moun li ak ekri. Li enpòtan pou siyale kèk eleman istorik enpòtan konsènan batay pou rekonesans kreyòl la nan sosyete a. Evènman sosyopolitik ane 1980 yo ki debouche sou dechoukay prezidan diktatè avi Jan Klod Divalye sou pouvwa a le 7 fevriye 1986 mennen Ayiti nan sa yo te rele nan epòk la « libersayon lapawòl » ki te mache avèk eslogan « baboukèt la tonbe ». Sa vle di egzil prezidan an te fasilite Ayisyen rejwenn libète lapawòl kote yo te kapab esprime panse yo jan yo vle sou nenpòt ki sijè lavi politik peyi a. Men tou, espresyon « libète lapawòl » la te konsène lang kreyòl la tou ki te vin jwenn tout dwa granmoun li paske moun te kòmanse pran dwa pale kreyòl kote yo vle. Sa fè lang nan te vin jwenn yon gwo kout pous pou li layite kò li nan divès domèn kote anvan sa se fransè sèlman ou te rankontre menmsi moun yo pa te toujou metrize fransè a vre.

Kon sa, Fakilte Lengwistik Aplike vin kreye andedan Inivèsite Leta Ayiti a an 1978 kote yo kòmanse fè kou sou kreyòl, mete sou Lekòl Nòmal Siperyè ki te konn fè kou sou lang nan tou. Men, an 1986, lè li tounen soti nan egzil nan peyi Etazini, pwofesè Yves Dejean, non sèlman fè kou sou kreyòl men fè yo an kreyòl tou. Sa se te yon gwo pa pou kreyòl anpil moun te konsidere kòm « tèt kanna » sètadi yon pwodui ki pa sosyab, ki pa monte tab. Sa te etone kèk Ayisyen ki pa te panse kreyòl ta kapab sèvi pou anseye nan Inivèsite. Anpil etidyan nan epòk la te konn ap suiv pwofesè Dejean nan fenèt fakilte a epi, kèk fwa, yo youn te konn ap wounou wounou nan zòrèy lòt : « O o ! Mèt la gen lè pa fò, apa se an kreyòl sèlman li ap fè kou ! »

Pandan tout tan sa yo, mouvman revandikasyon pou rekonesans ak valorizasyon kreyòl la pa janm tenyen. Li toujou chofe nan lespri ak aksyon moun yo. Se sa ki pral pouse Asanble konstitiyant ki elabore Konstitisyon 1987 la pwopoze yon atik ki tabli yon Akademi pou veye sou bon fonksyònman lang kreyòl ayisyen an (atik 213 la). Men, deba sou fondasyon akademi an kòmanse pran chè nan 2008 bò kote plizyè sektè, anpatikilye nan Inivèsite Leta Ayiti a. Nan ouvèti xiiyèm kòlòk asosyasyon syantifik «Etid kreyòl» te fè ann Ayiti (Klèb Endigo) 25–29 novanm 2008, vis rektè pou rechèch nan Inivèsite Leta Ayiti a, Fritz Deshommes deklare : « Au moment où vont débuter les travaux de ce xiiè Colloque, historique par le lieu de son déroulement, je lance un appel solennel aux chercheurs, aux officiels et à tous ceux ici présents pour que l’Académie de la langue créole, prévue par la Constitution 1987, puisse voir le jour prochainement ». Depi lè sa a, refleksyon pou rive tabli yon akademi pou travay epi veye sou bon fonksyònman kreyòl la nan kominote a pa janm sispann. Se kon sa, soti 26 pou rive 29 oktòb 2011, Inivèsite Leta Ayiti a, òganize nan Pòtoprens kòlòk sa a pou fòme baz refleksyon sou kreyasyon Akademi kreyòl ayisyen an.

Anpil espesyalis nan divès domèn syans lòm ak sosyete avèk lòt aktivite entelektyèl te patisipe nan aktivite syantifik sa a. Liv sa a nou ap prezante la a rasanble sèten nan kominikasyon kòlèg yo te prezante nan kòlòk la ki te sèvi tou pou oryante deba yo nan divès atelye refleksyon sou kesyon sa yo : Ki modèl akademi nou ta dwe devlope ? epi ki wòl li ta dwe genyen parapò a fonksyònman lang nan ?

Divizyon liv la

Liv la prezante an twa (3) pati. Premye a rasanble tèks ki detaye wòl ak aktivite enstitisyon an dwe genyen nan sosyete a. Nou rele li « Wòl ak fonksyon akademi an ». Dezyèm nan chita sou deskripsyon kreyòl la avèk aplikasyon lang nan nan kèk domèn espesifik tankou lasyans, teknoloji, ets. Kon sa, nou ba li pote tit « Deskripsyon, aplikasyon kreyòl la nan divès domèn ak politik lengwistik ». Twazyèm nan trete kesyon itilizasyon lang nan nan edikasyon anmenmtan li abòde rapò lang nan genyen avèk literati ak idantite. Li ranmase refleksyon sou relasyon ant kreyòl la avèk monn entènasyonal la. Pati sa a rele « Kreyòl, literati ayisyen, idantite ak relasyon entènasyonal ».

Premyè pati

Nan ouvèti kòlòk la, pwofesè Yves Dejean pwononse yon konferans inogiral—Diskou pou louvri seremoni an—ki demontre enpòtans lang kreyòl kòm « mwayen konesans » nan lavi Ayisyen. Li raple nou sou 10.000.000 moun kon sa k ap viv nan peyi a, kantite moun ki konprann e pale franse a san difikilte pa ta depase 300.000. Yves Dejean ensiste sou pi gwo pwopozisyon li deja fè nan liv li ki rele Yon lekòl tèt anba nan yon peyi tèt anba (2006) ki se fè lekòl pou moun nan lang yo metrize ki se kreyòl pandan li raple lekòl te toujou fèt an franse men rezilta yo mèg anpil.

Nan yon dezyèm moman, Yves Dejean fè nou vizite konstitisyon 1987 la sou dispozisyon li pran konsènan lang kreyòl la. Li raple Ayiti bezwen bon jan rechèch sou divès varyete kreyòl yo pratike tou patou nan peyi a. Li kwè yon gwoup rechèch solid kapab fè kalte travay sa yo, men fòk se pa ta yon akademi nan menm sans ak Akademi franse anpil save tankou lengwis André Martinet rekonèt ki pa fè yon travay ki ta dwe devlope « potansyèl lengwistik» lang nan. Nan yon twazyèm moman, konferansye a repwodui de (2) seri egzanp pratik pou li montre pwofondè travay ki enpòtan pou reyalize nan/sou lang nan. Premye seri egzanp lan chita sou fòm avèk plas atik defini sengilye nan gwoup nominal yo ki varye suivan kalite son ki fini non li sèvi pou determine a. An menmtan, yo chita sou lojik natirèl ki genyen nan jan moun òganize enfòmasyon nan yon diskou pou kominike mesaj bay lòt moun ki dwe kapte yo, analize yo, konprann yo epi reyaji selon sa yo konprann. Dezyèm seri egzanp lan chita sou pwoblèm nan kesyon fonoloji nan rapò son genyen youn ak lòt, nan jan youn kapab enfliyanse lòt. Konferansye a fini sou yon seri konsèy sou wòl akademi an ta dwe jwe nan sosyete a ak sou jan li ta dwe fonksyone.

Bò kote pa li, Vinesh Y. Hookoomsing pale sou Akademi Kreyòl Ayisyen an nan yon prezantasyon jeneral sou evolisyon kreyòl la nan zile Oseyan Endyen yo anpatikilye nan Moris (ak Wodrig) ak Sechèl sou plan politik lengwistik, nòmalizasyon (pwosesis deziyasyon yon seri pwopozisyon mo espesifik pou ranplase tèm yo ta jije ki pa fin mache selon prensip lengwistik lang nan) ak estandadizasyon (dispozisyon ki pran pou fasilite pwomosyon yon fòm lengwistik pami 2 ou plizyè posiblite nan pratik lengwistik nan yon menm kominote. Estandadizasyon an fèt sou divès nivo espesifisite diferan nan pratik lang nan). Li pale de Akademi Kreyòl Morisyen (akm) nou ta kapab prezante kòm premye akademi pou lang kreyòl. Men, nan konklizyon li a lektè a kapab konprann akm nan sanble pa ann aktivite. Enfòmasyon sa a deja prezan nan tit tèks la si nou eseye byen konprann li. Epi andedan tèks la, otè a montre kòman nan Sechèl genyen kèk jan yo sèvi avèk mo « akademi » an ki pa toujou gen sans yon enstitisyon ki la pou veye sou fonksyònman yon lang. Men yon lekti konparatif kapab montre nou sou plan demografi lokitè ki pratike lang kreyòl la ann Ayiti avèk nan Zile Moris, diferans lan pa gran : tout Ayisyen pale kreyòl, prèske tout Morisyen pale kreyòl. Kote sa diferan nèt, se nan kantite lang ki ap viv ansanm andedan kominote lengwistik yo : 2 ann Ayiti epi plis pase yon dizèn nan zile Moris.

Rachelle Charlier Doucet montre jan yon enstitisyon tankou akademi an nesesè pa rapò a yon seri pwoblèm li konstate nan fason moun pratike kreyòl la. Li pati sou lide akademi an kapab konsyantize moun sou yon pwoblèm li rele tout voum se do, kote anpil moun kwè yo kapab sèvi avèk lang nan jan yo pi pito. Akademi an gen pou li fè rechèch avèk pwopozisyon pou atire atansyon lokitè yo pou yo konprann sa ka debouche sou yon apovrisman estilistik lang nan, lè yo di nenpòt bagay, nenpòt jan, nenpòt ki kote. Lokitè sa yo va konprann pratike lang nan san respè pou règ ak prensip fonksyònman li pa bon ni pou lang nan, ni pou soysete a. Pafwa, yo pa respekte règ lizay yo : yo pa toujou sèvi avèk rejis lang yo selon kontèks sosyal ki karakterize sitiyasyon kominikasyon yo. Doucet fè plizyè konsta : yon seri moun otorize tèt yo sèvi avèk varyete rejyonal kreyòl la yo pou pase moun ki pratike yo nan rizib. Yo sèvi ak varyete sa yo nan radyo ak televizyon pou fè komik. Yon seri lòt pran plezi melanje kreyòl ak fransè lè yo ap pale kreyòl tankou yon pratik ki danjere pou fonksyònman kreyòl la epi ki pa rann li okenn sèvis. Sa fè yo pwopaje vye lide tankou « kreyòl pa gen gramè ». Anplis, malgre genyen yon òtograf ki ofisyèl depi 1980, anpil moun ekri lang nan jan yo vle. Li kwè akademi an kapab fè anpil travay nan sans sa a. Men, sa pa vle di pou enstitisyon an tonbe nan vyole libète tout moun genyen pou yo pratike lang nan depi yo respekte prensip gramè li.

Bénédique Paul konsidere kreyòl la tankou yon gran enstitisyon men ki manke jèvrin epi ki poko fin konplè nèt paske li pa benefisye yon sitiyasyon ofisyèl pou yo sèvi avèk li nan tout sikonstans pou esprime tout kalite esperyans nan domèn literè, teknik, syantifik, ets. Li pati sou lide lang se premye enstitisyon nan nenpòt sosyete, yon lide anpil otè devlope. Yon dezyèm lide : si lang nan se règ ak nòm ki fè li, li fonksyone kòm yon enstitisyon paske eleman sa yo se kritè ki defini enstitisyon yo tou. Pou li montre sa, Paul sèvi avèk teyori sosyolojik, ekonomik ak enstitisyonèl. Li poze pwoblèm wòl sosyal ak enstitisyonèl lang nan tankou yon glas ki kapab reflete imaj fonksyònman sosyete a ak moun ki ap viv ladan li yo. Li kwè se yon defisi enstitisyonèl lè Ayisyen pa toujou chache ini yo sou kreyòl la ki se « siman ki ini tout Ayisyen ». Defisi enstitisyonèl sa a se rezilta absans oswa mank kodifikasyon ak estandadizasyon lang nan. Bénédique Paul fè kèk rekòmandasyon ak pwopozisyon pou gouvènans Akademi Kreyòl Ayisyen an. Li kwè akademi an ta dwe konpòte tèt li tankou yon enstitisyon ki la pou « regile », « nòmalize » fonksyònman kreyòl la. Se poutèt sa li sèvi avèk espresyon 20 franse « tiers institué » pou pale de yon enstitisyon ki la pou bay oryantasyon sou fonksyònman kèk lòt enstitisyon. Men nan ka ki konsène nou la a, wòl li se veye sou bon fonksyònman lang kreyòl la dapre fonksyònman syantifik li. Konsa, akademi an gen misyon pou li asire « transmisiblite » lang nan yon jan ki konfòm avèk nòm syantifik fonksyònman li. Transmisiblite a konsène ansèyman ak aprantisaj lang nan, preparasyon divès materyèl didaktik, espresyon literè, ets.

Marsha Hinds-Layne mete aksan sou sa akademi an ta dwe fè kòm aktivite pou pèmèt kreyòl la byen jwe wòl li dwe jwe kòm premye lang peyi a. Li prezante refleksyon li a sou 10 pwen sou fòm rekòmandasyon. Li endike diskisyon kòlòk sou akademi an montre genyen kèk pwoblèm lengwistik ann Ayiti ki poko rezoud. Li ensiste sou respè dwa pou chak Ayisyen pou jwenn sèvis nan lang yo pratike a, pou yo resevwa edikasyon ladan menmsi lè yo fin alfabetize nèt yo gen dwa aprann nan lòt lang. Li swete Ayiti pwopoze pou kreyòl la tounen lang ofisyèl pou travay nan caricom, kreye yon òtograf ki menm pou tout peyi kote yo pratike diferan varyete kreyòl franse yo. Li pwopoze pou Akademi an evite repete erè lòt akademi yo fè pou amelyore fonksyònman pa li. Sa va ede chanje pratik fè edikasyon nan yon lang « pòskolonyal » ki se fransè, yon sitiyasyon ki pa twò diferan ak sa lekòl Babad oubyen Jamayik ap viv.

Nan istwa lang yo, yo fonde plizyè akademi deja, sitou pou fonksyònman yon seri nan lang endo-ewopeyèn yo. Yon koutje sou istwa fonksyònman akademi yo fonde nan xvièm ak xviièm syèk sou kontinan ewopeyen an dwe pèmèt nou wè pi klè nan jan nou ta dwe oryante Akademi kreyòl ayisyen an si nou rive mete li anplas. Se youn nan liy refleksyon Lemète Zéphyr nan kòlòk la. Men, refleksyon sa a gade yon sèl bò : li plis chèche sa ki pa fonksyone byen nan jan enstitisyon sa yo evolye parapò a fonksyònman lang ki konsène yo. Sa ba nou yon lide sou pozisyon otè a sou kesyon akademi an. Men, tout lang pa gen menm istwa, yo pa fonksyone menm jan, ni yo pa evolye nan menm anviwònman etno-sosyolengwistik. Kon sa, nan fondasyon yon akademi pou lang kreyòl la, li pa enteresan pou kopye esperyans yon lòt akademi ki fonksyone nan yon lòt kontèks. Tan an tou, avèk leson li pote pèmèt moun pran distans sou esperyans yo pote. Reyaksyon nenpòt obsèvatè jodi a parapò a akademi franse a, pa egzanp, pa t ap menm ak sa li t ap genyen si li te la lè, an 1635, Kadinal Richelieu t ap fonde enstitisyon an. Sa pa vle di Akademi kreyòl ayisyen an se yon enstitisyon ki endispansab pou bon fonksyònman kreyòl la.

Pou otè a, lide Akademi kreyòl la pase mòd dapre devlopman syans konesans yo, lengwistik espesyalman, epi pa gen okenn relasyon ant akademi lang ak pwodiksyon syantifik. Li konsidere volonte pou respekte atik 213 konstitisyon 1987 la ki prevwa kreyasyon Akademi an se yon erè paske yo abitye fè yon seri previzyon nan konstitisyon nou yo ki pa toujou fè peyi a byen. Li kwè gen kèk aksyon ki pi ijan epi ki ta genyen kèk rezilta ki pi dirèk sou popilasyon an tankou respekte lide konstitisyon an ki swete pou dokiman serye nou yo ekri nan toulede lang ofisyèl yo. Apre seri kritik sa yo, Lemète Zéphyr pwopoze pou inivèsitè yo oryante rechèch yo sou pwodiksyon syantifik an kreyòl ki suiv yon demach ki gen twa dimansyon pou pi piti : valorizasyon kreyòl kòm lang ansèyman/aprantisaj, yon pedagoji ki chita sou devlopman konpetans ak devlopman abitid/kilti fè rechèch. Li pwopoze yon doub refòm (pami lòt pwopozisyon) : refòm enstitisyon leta yo kreye pou regle pi fò vrè pwoblèm defansè akademi yo pran kòm agiman yo ; refòm sistèm edikatif la, ak lang kreyòl la kòm lang ansèyman nan tout nivo, etan yo ap montre elèv yo franse ak lòt lang etranje selon apwòch didaktik lang ki alawotè, pou sistèm nan ka bay bon jan rezilta.

Dezyèm pati

Nicolas André fè yon Pledman pou yon nòmalizasyon lang kreyòl nan kad amenajman lengwistik. Li kòmanse avèk yon seri obsèvasyon moun kapab fè sou mesaj yo mete nan afich, bandwòl, postè, anons… kote moun ekri jeneralman jan yo vle, kòm si pa te genyen okenn prensip andedan kreyòl la. Obsèvasyon sa yo mennen li reflechi sou kesyon regilarite nan sistèm òtograf ak sentaks kreyòl la. Li montre difikilte ki genyen nan ekri yon seri espresyon kote abitid fransè a fè souvan nou fè lyezon. Apati yon seri done anpirik, li fè nou pran konsyans sou pwonfondè difikilte sa yo. Sou plan sentaks, menm nan yon seri liv anpil otè ak ekriven ekri nou konstate yon seri erè ki pa kadre avèk jan kànva jeneral sentaks kreyòl la fonksyone. Varyant fonolojik yo tou, se youn nan eleman ki konn bay pwoblèm nan ekriti kreyòl la. Pa egzanp, pou endike kote yo antere yon moun ki mouri, nou abitye tande moun di : simityè, semityè, sèmityè, senmityè, simetyè, sèmetyè, senmetyè, simitchè, semitchè, sèmitchè, senmitchè, simetchè, sèmetchè, senmetchè… Youn nan fason otè a kwè Akademi an kapab ede rezoud kèk nan pwoblèm sa yo fonksyònman, se entegre moun ki genyen divès kalite konpetans ladan li, moun ki kapab kontribye nan tradiksyon oubyen adaptasyon, pa egzanp, yon seri tèks espesyalize nan diferan domèn. Pami wòl akademi an ta dwe genyen, li mansyone pwodiksyon yon diksyonè ak lòt zouti ki montre rezilta obsèvasyon pale reyèl popilasyon an. Li fini sou yon seri pwopozisyon. Pami yo, preparasyon yon baz done ki gen pawòl yo pale an kreyòl nan tout rakwen peyi a, rasanblay konesans kiltirèl, edikasyon familyal ayisyen, edikasyon moral, respè pou lasosyete, eksetera, epi mete yo nan liv.

Renauld Govain analize fenomèn pretay mo kreyòl la fè nan anglè avèk espànyòl. Li prezante pretay mo a tankou rezilta kontak lang, yon fenomèn ki genyen rapò avèk esperyans mondyalizasyon an. Li klase mo prete yo an kategori semantik e li etidye konpòtman leksiko-semantik ak fonolojik yo. Sou plan leksikosemantik, fenomèn pretay mo a plis konsène seri ouvè yo, sètadi domèn leksikal, mo nou kapab jwenn nan disksyonè. Yo pa tèlman konsène domèn gramatikal : domèn leksikal la pi fasil pou sibi enfliyans lòt lang. Rezilta travay sa a montre kreyòl ayisyen an ap naje nan sa nou ta kapab rele yon peryòd « neyolojizasyon » kote yon seri mo nouvo ap fòme nan lang nan anmenmtan lang nan ap prete mo nan lòt lang. Sou plan fonolojik, li parèt klè pretay mo a se pa yon senp kesyon adopsyon mo soti nan yon lang rive nan yon lòt. Se yon pwosesis adopsyon ak adaptasyon eleman etranje yo nan sistèm fonolojik li. Lang nan pase fòm mo prete yo nan « krib fonolojik » (Troubetzkoy, 1986) li anvan li fè yo antre nan sistèm li. Kon sa, nou konstate yon seri fenomèn mòfonolojik tankou apokòp, aferèz, twonkasyon, senkòp. Rezilta yo montre tou lang yo pratike nan ti peyi ki plis konsome divès kalite pwodui yo fabrike nan peyi kote yo pratike yon « gran lang yo sèvi pou difizyon lakonesans ak lasyans » se lang ki la pou « konsome lòt lang ». Tèks la fini sou twa esperyans ki favorize enfliyans lang anglè a sou kreyòl ayisyen an : 1) esperyans konsomasyon zouti nouvèl teknoloji avèk enfòmatik nan tout peyi ki pa pwodui eleman sa yo ; 2) kesyon migrasyon Ayisyen nan peyi anglofòn yo, Etazini anpatikilye ; 3) esperyans mondyalizasyon an kote anglè a jwenn yon seri òganizasyon oswa asosyasyon rejyonal ak entènasyonal ki adopte li kòm lang travay. Nan sans sa a, devlopman mondyalizasyon an sèvi boustè pou difizyon ak enpozisyon anglè. Pou enfliyans espànyòl la sou kreyòl la nou kenbe 2 esperyans : 1) kontak jewografik ant Ayiti avèk Repiblik Dominikèn ; 2) kesyon migrasyon ayisyen nan peyi ispànofòn tankou Kiba ak Repiblik Dominikèn.

Monseyè Pierre-Antoine Paulo retrase esperyans ak difikilte yo rankontre nan tradiksyon Bib la an kreyòl. Li espoze divès teknik yo itilize pou detounen difikilte ak pwoblèm sa yo. Pami teknik sa yo nou kapab kenbe : tradiksyon literal, tradiksyon mo prete, transliterasyon, perifraz, tradiksyon adisyonèl. Li prezante sa tradiksyon sa a fè yo « dekouvri nan lang kreyòl la » : kreyòl la avèk franse a pa gen menm estilistik, sètadi yo pa genyen menm teknik pou yo fè bèbèl nan pratik kominikatif yo. Li pran kèk egzanp pou montre kreyòl la pwòch lang ebre a epi sa ki fasilite tradiksyon yon seri fòm lengwistik kèk lòt lang ta gen dwa gen difikilte pou tradui. Li konsidere kèk egzanp avèk yon seri doublay mo, sa yo rele « rediplikasyon » an. Li souliye tradiksyon Bib la montre limit avèk valè kreyòl la. Li fè konprann se nan domèn teyoloji avèk domèn filozofi kreyòl la gen plis limit. Paske de domèn sa yo plis abstrè alòske, selon li, lang kreyòl la, menm jan avèk lang ebre a ki se premye lang ekriti Bib la, se lang ki plis esprime reyalite konkrè. Sa pa vle di lang nan pa gen bèlte estilistik pa li. Li pran kèk egzanp nan Bib la pou montre bèlte avèk presizyon lang kreyòl la ofri nan esprime yon seri reyalite.

Nan menm fil lide Monseyè Paulo a, Pè William Smarth fè yon entèvansyon sou Travay Legliz katolik nan batay pou pwogrè lang kreyòl la, kote li retrase pakou batay sa a suiv sou peryòd diktati politik Divalye yo (papa ak pitit). Angajman, volonte ak detèminasyon jèn pè legliz nan epòk la te rankontre difikilte tou nan kominote legliz la kote anpil nan yo te rekalsitran devan anplwa kreyòl la nan aktivite litijik yo. Malgre sa, gen kèk fidèl sa te fè plezi epi ki te konn manifeste kontantman yo, sa te ba yo boustè pou vanse nan pwojè pou kreyòl la antre nan aktivite yo. Men, yo te kenbe tennfas, yo te kwè nan lide si yo fè aktivite litijik yo an kreyòl sa ta pèmèt kretyen yo pi konprann sa ki ap fèt yo. Tout sa pase nan mitan ane 1960 yo anpatikilye soti 1963 pou rive 1965. Yo rive tabli kreyòl la nan legliz malgre difikilte yo. Yo itilize divès mwanyen pou sa : konferans, diskisyon avèk lajenès kretyen, ets. Yo anrejistre yon plak chanson an kreyòl 33 tou, sa te manke mete yo nan kont ak prezidan François Duvalier ki te egzile 9 nan yo an 1969. Pi fò nan yo te nan ekip litiji ak ekip tradiksyon an. An 1972, egzile sa yo kreye Jounal Sèl pou kontinye difizyon kreyòl nan Etazini. Yo fè lamès an kreyòl nan legliz ayisyen kote yo ki te abitye sèvi avèk fransè melanje ak anglè. Otè a kwè batay pou pwogrè kreyòl la se yon batay kont moun ki pa vle lang nan devlope, moun ki ap pale kreyòl mawon nan radyo, nan televizyon, nan prèch, nan palman, nan lekòl.

Frenand Léger abòde pwoblèm disponiblite dokimantasyon nan literati yo devlope nan lang kreyòl sou esperyans tranblemanntè 12 janvye 2010 la, nan kad rekonstriksyon peyi a. Li pati sou lide se nan domèn ekri a kreyòl la plis bezwen jarèt. Li apiye sou de travay pou chita demach teyorik ak metodolojik li a. Li klase dokiman yo pibliye li analize yo an de kategori : 1. tèks ofisyèl ki konsène dokiman administratif tankou rapò, bilan ak dokiman pwojè ; 2. tèks ki pa ofisyèl ki konsène diferan kalite dokiman ki sòti nan sektè prive a, ong lokal ak entènasyonal yo, ak lòt gwoup patikilye. Nan kategori sa a otè a konsidere tèks syantifik, jounalistik, administratif, literè, ets. Li fè remake se nan anglè ak franse jeneralman yo ekri tèks sa yo. Anpil nan yo parèt sou entènèt. Nan yon dezyèm pati, konferansye a poze pwoblèm suivi nan kesyon alfabetizasyon an.

Li kwè yo plis sèvi ak franse ak angle pou ekri tout kalite dokiman nan peyi a e sa pa fasilite antrènman moun ki alfabetize nan lang kreyòl la pou yo ta vin pi maton nan lekti ak ekriti an kreyòl. Li etabli yon lyen ant bès nivo edikasyon nan peyi a avèk lang franse nou sèvi pou fè edikasyon ti moun alòske yo pa metrize lang sa a. Itilizasyon franse kòm lang ansèyman nan peyi a genyen yon enpak negatif sou sistèm edikatif ak sou ekonomi peyi a. Anplis plizyè rezon istorik ak sosyokiltirèl otè a avanse nan tèks la, li mansyone twa rezon ki fè nou ta dwe ekri tout tèks ofisyèl nan lang kreyòl. Li fini konferans lan pandan li pwopoze kreyasyon twa enstitisyon : 1) yon konsèy nasyonal pou pwomosyon liv kreyòl k ap reflechi sou yon plan nasyonal pou yon politik liv kreyòl ; 2) yon mezon edisyon ak enprimri nasyonal ki privilejye tèks kreyòl ; 3) plizyè pri literè ak pri syantifik pou rekonpanse moun ki ekri bon jan dokiman valab an kreyòl.

Jean-Marie Raymond Noël touche pwoblematik entèraksyon kreyòl ak Teknoloji Enfòmasyon ak Kominikasyon (te nk). Rezilta etid sa a montre popilasyon ayisyen an, anpatikilye jèn yo, depi byen bonè kòmanse itilize zouti teknolojik pou telekominikasyon yo. Se nan sans sa a sibèkafe yo te souvan plen kliyan ki frekante yo. Majorite nan yo se jèn ki ale sou entènèt pou divès rezon : kominike adistans, fè rechèch, ets. Telefòn selilè otè a prezante kòm yon veritab revolisyon sosyolojik se domèn kote te nk yo pi kouran. Depi kèk lane, konpayi yo «otomatize» vant minit telefòn epi yo sèvi avèk yon seri non kreyòl pou rele chak pwodui sa yo : Dirèk dirèk, Pappadap, Plopplop, Tchotcho mobil, Tikach kon sa tou. Etid la endike yon seri mo angle ki soti nan metalangaj tenk yo sèvi nan kreyòl la : tèks, tchat, mel, bibiyèm, dawonnlod, et èsèmès… Enterè Ayisyen pou tenk yo mennen peyi a kreye epi jere pwòp domèn pa li, « domèn ht ». Sa pèmèt 1) peyi a ofri tèt li plis viziblite sou entènèt la ; 2) entènèt plis devlope sou plan nasyonal ; 3) antrepriz yo kapab anrejistre non domèn yo san yo pa achte li aletranje. Sa fasilite kreyòl la gen plis posiblite pou li layite kò li sou «twal piblik» la. Kreyòl la prezan nan te nk yo nan itilizasyon telefòn epi sou rezo sosyal yo tankou Hi5, Facebook, Twitter… Li prezan nan plis pase 10 % nan mesaj jèn yo pataje sou telefòn epi 20 % sou sa yo chanje sou rezo sosyal yo. Sa montre kreyòl la gen avni sou twal la. Prezantasyon Jean-Marie Raymond Noël la touche menm domèn avèk pa Pascal ak Lionel Audant an ki genyen tit Kreyòl ayisyen an ak U|slic Inima Lojisyèl. Inima Lojisyèl se yon lojisyèl aprantisaj dirije ak òdinatè ki chita sou de baz travay : youn pou aprenan an, lòt la pou moun k ap kreye modil aprantisaj la. Se yon lojisyèl kote pwofesè lang kapab elabore modil ansèyman pou lekòl ak lòt enstitisyon pou moun anseye / aprann. Nan konsepsyon modil la, elaboratè a kapab chwazi anime aktivite yo avèk yon seri imaj yon fason pou rann aprantisaj la pi vivan, pi enteresan. Pwosede sa a depase modèl tradisyonèl la. Otè yo kwè lojisyèl sa a ka pèmèt kreyòl la layite kò li nan mond entènasyonal la tou.

Pierre Michel Chéry pwopoze yon demach «modelizasyon» pou devlope yon langaj matematik an kreyòl. Li pati sou ipotèz anpil ti Ayisyen pa ka fè matematik paske yo pa metrize lang yo sèvi pou fè yo aprann matematik nan lekòl yo (kit se franse kit se kreyòl). Nan ka kreyòl la, yo plis sèvi avèk yon kreyòl swa ki pa rann sèvis nan sans sa a. Li pwopoze yon apwòch matematik ki chita sou sa li rele « kreyòl bazik la », sètadi yon fòm kreyòl ki pa melanje avèk lòt lang. Dezyèm ipotèz otè a, lakilti se youn nan domèn kote yo kapab jwenn eleman pou devlope langaj matematik la. Travay modelizasyon sa a chita sou esperyans òdinè nou ap viv chak jou. Yon seri tèm ak espresyon tankou : grenn senk, chif no, pè zo, marasa, dosou, twa wòch dife… kapab sèvi nan devlopman langaj sa a. Tout egzanp yo marye avèk esperyans kiltirèl nou jwenn nan fonksyònman kominotè ak sosyo-etnik popilasyon ayisyen an. Pa egzanp, pou chita esplikasyon sou nosyon « enèji » ak « ekilib », otè a endike fòk nou genyen twa eleman olye de (2), kontrèman ak sa nou ta ka kwè. Kon sa, nosyon marasa a pa sifi pou esplike nosyon ekilib la. Lide «wòch dife» a plis kapab sèvi nan kad sa a. Oubyen, si nou kenbe nosyon marasa a, nou oblije fè antre yon lòt eleman yo rele « dosou », premye ti moun ki vin apre marasa yo. Lide marasa ak dosou a mennen nou nan domèn vodou kote nou jwenn yon desen ki gen anpil valè matematik yo rele «vèvè» ki genyen anpil enpòtans nan domèn enèji ak ekilib nan kesyon matematik. Apre konsiderasyon teyorik avèk anpil egzanp ki endike klèman nan ki sans kreyòl swa a kapab dewoute elèv yo, otè a fè kèk demonstrasyon sou langaj matematik la kote li devlope kèk teyori ki ap pèmèt nou byen konprann fenomèn matematik yo. Li devlope tout yon tèminoloji nan langaj matematik li swete etabli a : « espas eklid (espas eklidyen), espas plat ak espas koub, vektè nivo baz, ang (kwen) dwat, kwen dwat, kwen ekè, kalkil entegral ak diferansyèl, nonb derive, fonksyon derive, amati aljebrik…

Rochambeau Lainy touche pwoblematik anrichisman leksikal kreyòl la. Li konstate pwogrè kreyòl la fè men li endike li toujou devan defi pou li sèvi pou espresyon yon seri reyalite teknik ak syantifik. Li chita metodoloji li a sou teyori lengwistik kòpis epi li pran api sou twa lokitè li konsidere kòm « passeurs de langues et passeurs de mots » : Frankétienne (nan woman Dezafi ki edite an 1975 epi ki reyedite an 2002), Jesifra Lestomak ak richès done ki nan pyès teyat li yo, ak Tonton Bicha. Sa ki distenge yo avèk lòt lokitè yo se nan fason yo sèvi ak lang nan pou kominike, jan yo chwazi transmèt enfòmasyon, kanal yo chwazi a. Nan sans sa a, pasè lang yo se yon seri pwofesyonèl ki rann lang nan sèvis. Demach sa a pouse li travay sou mo prete li mete anfas mo yo konstwi dirèkteman nan lang nan. Li montre tou fransè a se pi gwo pretè mo pou kreyòl la, men li prete nan lòt lang tankou anglè avèk espànyòl tou. Li travay sou neyolojis epi li fè yon pase sou pwosede fòmasyon mo an kreyòl tou. Men, sèten nan tèm otè a sèvi nan kòpis li a tankou mo prete se yon seri « defòmasyon » ki pa rann lang nan sèvis. Se ka kèk egzanp nan tablo 4 la : « masisur », « krezur », « diskitman », « filozofur », ets. Li rekonèt fenomèn « defòmasyon » sa a lè li ekri : « Jesifra Lestomak ak Tonton Bicha defòme mo ak espresyon franse ak angle nan pale yo men yo pa pwopoze yon tèminoloji ki kapab pèmèt ranfòse otonomi leksikal kreyòl la ». Sou wòl akademi an ta kapab jwe devan esperyans sa a, li kwè enstitisyon an ta kapab travay sou anrichisman leksikal ak tèminolojik nan domèn teknik ak syantifik patikilyèman.

Michel-Ange Hyppolite poze pwoblèm limit anpil moun kwè lang nan genyen ki fè li ka senpman fè pwezi men li pa ta ka esprime yon seri reyalite tankou nan domèn syantifik kou byoloji, chimi, fizik… Li konsidere konsepsyon sa yo kòm yon seri prejije negatif. Se sa ki fè li titre entèvansyon li a Lang Kreyòl la pa gen limit. Li kwè genyen yon diferans ant sa lang nan kapab fè avèk sa yo fè li fè. Li kwè si kreyòl la ta gen limit se limit entelektyèl ayisyen yo yo menm paske yo pa travay pou devlope konesans nan lang nan. Li demanti pawòl ki vle fè konprann pa gen mo syantifik pou simaye konesans syantifik an kreyòl. Li kwè konsèp yo sèvi pou esprime lasyans nan kèlkeswa lang nan pa te toujou egziste. Se tout tan lasyans ap devlope, syantifik yo ap kreye mo nèf. Pa egzanp, yon peyi ki fè envansyon tou pwopoze mo nan lang li pou nonmen li e lòt peyi prete mo sa yo pou nonmen menm objè ou esperyans lan oubyen yo gen dwa sèvi avèk mo ki deja egziste nan lang pa yo. Sa fè souvan konsèp syantifik yo sanble nan divès lang. Pa egzanp, pi fò nan syans yo soti nan laten ak grèk, oubyen ankò, se non moun ki fè envansyon an ki sèvi pou bay twouvay li fè a yon non. Otè a founi plizyè egzanp nan yon seri vokabilè syantifik espesifik pou li layite agiman sa yo. Nan konklizyon an, li montre sa yo konsidere tankou limit kreyòl la se rezilta santiman anti-kreyòl yon seri moun kiltive, ajoute sou limit ekonomik peyi a avèk prejije kèk entelektyèl ayisyen ki toujou vle pran distans yo ak mas pèp la. Li kwè entèvansyon yon akademi nan sans pou korije defisi sa yo parèt enkontestab.

Twazyèm pati

Apati yon apwòch « sosyo-istorik », istoryen Michel Hector trete Pwoblèm lang kreyòl ayisyen an nan kesyon entegrasyon nasyonal la. Li poze pwoblèm valorizasyon kreyòl la nan sistèm edikatif ayisyen an pou yon entegrasyon nasyonal reyisi. Li konsidere plizyè evènman istorik pou li byen dewoule agimantasyon li a. Li pran sipò sou konsekans tranblemanntè 12 janvye 2010 la avèk mezi sa enpoze pou poze pwoblèm entegrasyon nasyonal an rapò avèk konsèp rekonstriksyon oubyen refondasyon nasyonal Ayisyen ap repete depi tranblemanntè sa a. Li envite tout Ayisyen mete jefò yo ansanm pou reyisi yon entegrasyon sosyal ak yon entegrasyon nasyonal san fòskote : se konjigezon de (2) fòm entegrasyon sa yo ki va fè nou konstwi yon sosyete modèn ki chita sou jistis sosyal nan yon Letanasyon solid. Li raple yon seri evènman ak angajman istorik pèp la deja pran epi ki pèmèt nou rive fonde Letanasyon an. E sa te pèmèt yo rive simante relasyon idantitè ak « sosyo-kominotè » nan mitan manm pèp la. Michel Hector swete pou Leta defini yon politik lengwistik marye ak yon politik nasyonal edikatif ki respekte tout kalite dwa moun genyen, pou politik lekòl pou tout ti moun nan vini yon reyalite tout moun kapab rekonèt epi apresye. Li plede pou yon politik lengwistik ki ale pi lwen pase previzyon refòm edikatf 1979 la. Se vre depi dat sa a, pase pran mouvman sosyal 1986 yo, rive sou Konstitisyon 1987 la, kòz kreyòl la avanse anpil ; men sa pa sifi : kreyòl la poko rive kote nou ta swete li ye a. Li estime yon twazyèm kalite politik enpòtan pou rive nan entegrasyon nasyonal la : politik agrè ki chita sou bonjan Refòm agrè jan Konstitisyon peyi a mande sa. Lekòl gratis e obligatwa a ap rann tout lòt kalite sektè yo sèvis. Li mete aksan sou wòl akademi an dwe jwe nan mete entegrasyon sosyal sa a an plas nan lavi kominotè sitwayen yo.

Pami lòt aktivite, Akademi an va fè travay rechèch, vilgarizasyon rezilta rechèch sa yo, kontribye nan alfabetizasyon, popilarize ekriti nan kreyòl nan tout kalite domèn lakonesans teknik ak syantifik. Marky Jean-Pierre poze Pwoblèm lang enstriksyon ann Ayiti atravè « yon etid etnografik sou lang ak edikasyon ann Ayiyi ». Li pati sou ipotèz genyen yon pwoblèm lengwistik nan sistèm edikatif ayisyen an kote elèv yo ap aprann nan yon lang yo pa metrize ase, ki se franse alòske yo metrize yon lòt ki se kreyòl, men yo pa sèvi avèk li pou anseye yo. Li chita kad teyorik li a sou teyori sosyokiltirèl yon seri otè tankou Vygotsky (1978) ak Bakhtine (1986) devlope. Kòm otè a enskri demach li a nan domèn etnografi, li itilize apwòch obsèvasyon natirèl ak obsèvasyon patisipan pou kolekte done nan yon lekòl leta ak yon lekòl prive tou pre Pòtoprens. Li obsève dewoulman klas yo, anrejistre, konte epi analize diferan tou pawòl (tp) elèv yo pwodui. Li remake lè se an kreyòl diskisyon yo fèt, elèv yo pale anpil tandiske lè se an franse, yo gen anpil difikilte pou pran lapawòl. Sa ki vle di yo pwodui plis tp lè diskisyon an fèt an kreyòl alòske yo pwodui mwens tp lè se an franse. Kalite repons yo pi konsekan lè se an kreyòl diskisyon yo fèt. Kòm konsekans, elèv yo pa devlope kapasite dyalojik yo lè yo devan yon sitiyasyon pou yo esprime panse ak opinyon yo nan lang franse. Li endike se pa franse a ki pwoblèm nan men se wòl li nan sistèm edikatif ayisyen an ki mal defini oubyen ki pa defini ditou. Nan sans sa a, li fè yon seri pwopozisyon ki konsène politik lengwistik ak edikatif. Li swete pou Leta pran bon jan mezi pedagojik sou pye pou pèmèt elèv yo konpetan nan kreyòl lè yo fini klas segondè, epi pou yo gen bon jan konpetans nan fransè kòm dezyèm lang ak nan anglè ak espayòl kòm lang etranje.

Michel DeGraff fè yon pledwaye pou sèvi ak lang kreyòl la pou bon jan edikasyon ak rechèch ann Ayiti. Lang nan dwe sispann yon mwayen pou divize popilasyon an kote yon bò ou jwenn mas pèp la ki pale kreyòl sèlman epi yon lòt bò yon ti ponyen moun ki nan lelit la ki pale fransè tou : kesyon lang nan mete moun anwo kont moun anba. Li sèvi ak kèk done istorik pou oryante agiman ki pèmèt li konstwi refleksyon li a. Otè a resanse yon seri pawòl anpil chèchè repete—e souvan yo pa fè sa ak movèz fwa—ki kontinye pwolonje lide kolonizasyon an. Li apiye demach teyorik li a sou travay sosyològ tankou Pierre Bourdieu ak Michel Foucault ki pale sou rapò lengwistik ak aktivite sosyal nan yon kominote. Li pran anpil egzanp nan esperyans reyèl Ayisyen fè chak jou nan lavi yo pou chita agiman li yo. Li endike ki jan li enpòtan pou yo sèvi avèk lang tout Ayisyen metrize a, lang kreyòl la, nan lekòl tou patou nan peyi a. Lè elèv yo fin konn li epi kapab egzekite tout kalite aksyon yo prevwa pou yo egzekite nan pwogram Ministè Edikasyon nasyonal yo, yo gen dwa pase nan lòt lang tankou fransè avèk lòt ankò. DeGraff prezante rezilta yon esperyans li menm avèk yon ekip reyalize nan yon lekòl fondamantal nan zile Lagonav, nan kominote Matènwa. Rezilta yo montre sèvi ak kreyòl pou anseye ti Ayisyen pote gwo benefis pou tout peyi a. Rezilta yo founi prèv Ministè Edikasyon nasyonal fè fo pa, nan mwayen li mete an plas pou mennen elèv ayisyen yo nan yon « bilengwis ekilibre », pou yo rive devlope yon konpetans ki egal nan pratike kreyòl avèk franse ki se 2 lang ofisyèl peyi a. Otè a montre « Plan Operasyonèl 2010–2015 » Ministè sa a manke operasyonèl, sa ki fè li pa kapab opere chanjman yo ba li objektif pou li opere nan sistèm edikasyon an. Rezilta esperyans Matènwa a mennen DeGraff planifye yon lòt pwojè ki pi gran epi ki enplike chèchè nan mit ak chèchè ayisyen : Inisyativ mit-Ayiti pou ogmante kapasite ansèyman ann Ayiti. Yo deja òganize 2 seminè fòmasyon pratik pou inisye pwofesè nan itilizasyon zouti teknolojik sa yo ki pou fasilite ansèyman nan peyi a. Se yon pwojè ki tabli bon jan materyèl pedagojik ak didaktik pou pèmèt elèv yo rive aprann matyè syantifik yo pi byen paske yo elabore nan lang yo, nan yon langaj yo abitye avèk li. Se sa otè a rele yon « Plan Operasyonèl ki deja gen bon metòd ak bon zouti pou anseye syans ak matematik ». Youn nan objektif pwojè sa a se entwodui nouvo teknoloji ak nouvo metòd nan ansèyman nan lekòl ak inivèsite pou fasilite ansèyman matematik ak syans.

Kesyon lang yon peyi toujou okipe yon plas enpòtan nan relasyon peyi sa a devlope avèk lòt peyi. Jan Leta oryante politik lengwistik li detèmine konsekans sa va genyen sou kalite relasyon entènasyonal peyi a genyen avèk lòt peyi. Analiz istorik Wien Weibert Arthus a fè nou konprann ki kalite konsekans valorizasyon kreyòl nan relasyon entènasyonal Ayiti soti peryòd soti 1940 rive 1960 genyen sou fonksyònman peyi a. Li apiye sou twa inisyativ patikilye yo te pran nan peryòd sa a. Vrè batay revandikasyon pou valorizasyon kreyòl la kòmanse avèk okipasyon amerikèn, nan lane 1915 menmsi entelektyèl ki t ap ekri nan peryòd sa a pou denonse okipasyon an te fè sa an fransè men pa an kreyòl. Se vre, entelektyèl sa yo pa te mete kreyòl la andedan revandikasyon yo men otè a kwè si yo te poze pwoblèm valorizasyon kilti natifnatal peyi a sa sipoze kreyòl la pa te kapab rete dèyè. Sa ta pral debouche sou tandans jeneral pou bay kreyòl la plis valè pase anvan. Li souliye sa te okazyone konsekans ki pa te pozitif pou peyi a. Pami konsekans pozitif yo nou ta kapab souliye Nasyonzini te toujou enterese nan tout esperyans pou alfabetize Ayisyen, anpatikilye atravè ajans unesco. Men tou, apre Okipasyon amerikèn nan, Etazini te enplike nan aktivite alfabetizasyon ann Ayiti ki fè pwomosyon pou lang kreyòl la. Men, Lafrans, bò kote pa li, pa te byen wè kanpay alfabetizasyon yo. Plizyè dokiman kominikasyon diplomatik ofisyèl fransè ki te an pòs ann Ayiti nan peryòd sa a konfime sa. Sa vle di yo te pran pozisyon kont sa. Yo te panse valorize kreyòl t ap fè franse a pèdi pye nan peyi a. Lafrans bay presyon bò kote unesco pou kanpe esperyans Mabyal la. Men fwa sa a, Leta ayisyen pa te batba. Li kenbe tèt devan presyon Lafrans.

Literati se youn nan domèn kote plas lang nan pa diskitab menm. Yon lang san literati se yon lang ki plis chita sou tradisyon oral, ki pa tèlman kite tras ekri pou temwaye sou bèlte li, jan li evolye avèk tan an, jan yo te konn pratike li soti nan yon epòk rive nan yon lòt nan mitan yon kominote espesifik. Sa vle di literati genyen yon gwo plas nan fonksyònman yon pèp, yon kominote oswa yon nasyon. Se nan kad sa a nou ta dwe plase tèks Manno Ejèn nan ki pran tit Ki plas yon literati dwe jwe nan devlopman pèp ayisen an ? Literati yon pèp ranseye sou pase li, li pase nan yon langaj tradisyonèl, kote fòm, koulè, sant, odè, sa ki mobil oubyen imobil, sa ki anvi ak sa ki pa anvi ap anwoule ansanm. Li chita sou esperyans senbolik sosyal kominotè ak yon imajinè kolektif tout manm sosyete a retwouve yo ladan. Manno Ejèn enskri demach li a nan kad literati ayisyen yo ekri an kreyòl epi ki gen rapò avèk peyi Ayiti. Apre li fin fè yon seri pwopozisyon tankou elaborasyon liv gramè jeneral ak divès kalite diksyonè, definisyon yon politik lengwistik klè, tabli yon pwogram ansèyman literati nan lekòl ak mezi pou ankouraje epi ede yon pwodiksyon literè ayisyen, ets., Manno Ejèn pwopoze pou literati ayisyen an repoze sou senk faz : pwodiksyon, akseptasyon, transmisyon, konsèvasyon ak resepsyon li va genyen alavni. Kesyon idantite ki te poze nan prezantasyon Manno Ejèn nan retounen nan tit kominikasyon Jean-Robert Placide la : Kominote, idantite ak dwa lengwistik kolektif kreyòl. Objektif prezantasyon sa a se distenge idantite lengwistik kreyòl la epi revandike dwa lengwistik kolektif ki ratache ak kominote lengwistik sa a. Pou pale sou dwa lengwistik Ayisyen yo, otè a apiye li sou Déclaration universelle des droits de l’homme (dudl), yon dokiman kote yo konsiyen dwa yo rekonèt moun ak kominote lengwistik yo genyen pou pratike lang lavi a ba yo pou yo pale. Plizyè peyi, pami yo Ayiti, asepte, adopte deklarasyon sa a. Jean Robert Placide panse dudl la kapab sèvi « kòm temwen pou nou idantifye kominote ak gwoup lengwistik ki ta gen dwa lengwistik yo (pèsonèl ou kolektif) ». Pandan li fonde fil refleksyon li a sou dudl la, otè a prezante yon seri dwa lengwistik ki konsène lokitè yo tankou grenn moun ki ap viv nan yon kominote lengwistik ak yon seri lòt ki konsène kominote a limenm : se dwa kolektif yo rele dènye kategori sa a.

Tontongi abòde kesyon idantite a tou men nan domèn ekriti literè. Li poze nesesite pou chèche yon idantite pèdi pou lang nan anpil moun kwè ki ta enferyè parapò ak lòt lang, yon lang yo meprize epi yo panse ki pa ka layite kò li. Youn nan mwayen li kwè ki ka pèmèt nou rejwenn idantite sa se « kreyasyon/tablisman enfrastrikti lengwistik e entelektyèl nesesè yo pou andjanmen lang lan. Sa mande pou yo ta aji sou twa plan : 1) plan lengwistik/ entelektyèl (Pou enfliyanse jan sosyete ayisyen an trete e valorize lang ayisyen an, ekriven, pwodiktè entelektyèl, syantifik ak edikatè ayisyen yo dwe ekri e pwodui zèv nan lang ayisyen) ; 2) plan politik/ praksis volontaris (kreyasyon literè ansanm ak piblikasyon/pwodiksyon bibliyografik, kreyasyon baz enstitisyonèl pou konsolide degre prestij lokitè yo bay lang yo pale a mete sou fyète idantitè li fè palan-lokitè yo santi…) ; 3) plan enfrastriktirèl/medyatik (nesesite pou devlopman e simayennasyon enfrastrikti entelektyèl e enstititisyonèl yo (ekriti ann ayisyen, kreyasyon ann ayisyen, tablisman mezondedisyon pou devlopman zèv ayisyen, fondasyon yon Akademi Ayisyen, kreyasyon medya k ap pwomouvwa lang ayisyen kouwè radyo, televizyon, sit entènèt ann ayisyen, elatriye) ». Li pati sou lide pou valorize kreyòl ayisyen an se pou administrasyon Leta yo ak lekòl fonksyone ladan epi pou ekriven pa kontinye « itilize lang ayisyen an antanke matyè premyè oubyen talisman fòlklorik ». Tèks sa a montre oralite a toujou sèvi pou espresyon literati kreyòl depi anvan endepandans peyi a, gen anpil esperyans ekriti literè yo te deja fè tankou pyès teyat, powèm, kont, lèt, ets. Depi xviiièm syèk literati ayisyen an te kòmanse taye yon idantite pou tèt li. Men, apre endepandans, yo te fè chwa franse kòm lang administrasyon ak tout domèn ofisyèl yo.

Isabel Martínez Gordo dekri esperyans kreyòl ayisyen an nan peyi Kiba depi finisman xviiièm syèk. Li kwè prezans imigran ayisyen yo nan Kiba se youn nan eleman kiltirèl ki make tout Karayib la. Desandan ayisyen sa yo mennen koutim yo, lang yo, dans yo, chan popilè ak fòklorik yo nan nouvèl kominote ki akeyi yo a. Pou kòmanse, se kolon fransè avèk kèk kreyòl, metis oubyen nwa lib melanje avèk kèk esklav ki pote kreyòl la Kiba. Ale gwoup sa yo nan zile a pa rete san konsekans sou sosyete kiben an. Pa egzanp, se nan esperyans sa a menm tradisyon sosyokiltirèl yo rele « tumba francesa » a soti. Se yon aktivite ki raple tradisyon « nwa fransè » ki te konn mete fòs travay yo ansanm nan sans pou youn ede lòt reyalize sa li pa ka reyalize poukont li.

Yon rechèch yo fè nan inivèsite Kiba enpòtan anpil pou konesans sou fonksyònman « tumba francesa » a te parèt nan kat kaye. Li montre kreyòl ayisyen an trè prezan nan chante yo, menm si gen anpil entèferans avèk espànyòl. Men, chante yo ekri ann espànyòl avèk yon seri eleman leksikal kreyòl yo mete kèk kote ladan yo. Rezilta rechèch sa a montre pratik kreyòl nan kiba pa fasilite kreyasyon yon varyete kiben lang kreyòl la. Rezon an se plis paske imigran sa yo te oblije aprann espànyòl pou yo te kapab entegre epi fonksyone nan sosyete kiben an. Ayisyen zafè pa te bon te mare sosis yo avèk Kiben ki nan menm kategori sosyal avèk yo epi yo tou aprann lang kiben an. Jouk jodi a nou kapab jwenn kèk tras lengwistik premye jenerasyon an nan leksik espànyòl kiba a : « cocoyé, congrí, griyé, prú ». Nan kòmansman xxèm syèk la, yon dezyèm jenerasyon imigran ayisyen rive Kiba. Men, kondisyon yo te pi mal pase sa yo te espere. Yo te viktim diskriminasyon kote yo te oblije rete nan ti kounouk epi kote anpil moun peyi a te wè yo tankou bèt oubyen moun ki pa sivilize. Lang yo te pratike a, kreyòl la, Kiben yo te rele li yon « patwa », « lang nèg », « lang dejenere », yon fason pou devalorize li. Yo te rasis avèk yo. Yo te sibi tretman kon sa jis rive nan peryòd revolisyon kiben an ki kòmanse nan lane 1959. Yo pral pwofite de kanpay alfabetizasyon 1960 lan pou yo aprann espànyòl la, sa ki pral diminye diskriminasyon ki te mare avèk pratik kreyòl la nan sosyete kiben an. Jodi a, sitiyasyon an chanje. Depi plizyè lane, Leta kiben mete mwayen pou yo anseye varyete kreyòl sa a epi fè etid ak rechèch sou li. Yo kreye nan mitan ane 1980 yo, yon direksyon nan Enstiti Literati ak Lengwistik Kiba. Kounye a, yo anseye kreyòl la Kiba e sa resevwa bon akèy bò kote kreyolofòn yo. Yo kontan pou aprann li ak ekri lang nan yo te konn pratike nan pale sèlman.

Remak

Piblikasyon sa a se yon gwo pa kreyòl la fè nan kad obligasyon nou tout genyen pou nou envesti lang nan nan espresyon tout kalite esperyans nan domèn lakonesans ak lasyans. Travay manm komite lekti a sou tèks yo pa te yon aktivite fasil. Nou kapab konstate nan liv la gen kèk fwa nou adopte de (2) fason pou nou ekri yon menm mo. Gen kèk otè ki pa dakò nou chanje jan yo chwazi ekri kèk mo e nou blije asepte. Sa se egzanp travay nou genyen pou nou fè nan kesyon nòmalizasyon ak estandadizasyon kreyòl la. Se pou kòlòk sou Akademi kreyòl ayisyen sa a, avèk tout suivi li trennen dèyè li, sèvi pou soude tout kòlèg yo epi fè yo pouse rechèch yo nan sans lasyans.

—Renauld Govain Pwofesè Inivèsite Leta dAyiti rgovain@yahoo.fr

Enfòmasyon : Tèks sa a pibliye nan Ak Kolòk la ki titre Akademi Kreyòl Ayisyen : Ki pwoblèm ? Ki avantaj ? Ki defi ? Ki avni ? Ou ka achte l lakay Éditions de l’Université d’État d’Haïti: 18, rue Cheriez, HT 2115, Port-au-Prince, Haïti (tél. 22.27.79.49/50/54). Adrès sou Facebook: EdUEH: https://www.facebook.com/pages/Editions-de-lUniversite-dEtat-dHaiti-EdUEH/350165535000429?id=350165535000429&sk=info

Aller au sommaire de ce numéro de Tanbou/Tambour, Automne 2013

Page d’accueil  |   Sommaire de ce numéro  |   Contribution de Texte et de Courrier: Editeurs@tanbou.com