Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com



Li Crossroads and Unholy Water

(«Kalfou ak Dlo ki pa Beni»), premye rekèy Marilène Phipps ki parèt nan Edisyon Southern Illinois University Press, ane 2000

Kouwè nou ka wè nan powèm ak foto penti-tablo Marilène yo ki sòti nan edisyon Tanbou janvye 2000 lan, manmzèl ka fè bagay ki pi «monden» nan lavi, tankou paekzanp yon lapli kap tonbe, vin tounen bagay enpòtan oubyen bagay ou oblije obsève, oblije sonje, yon «eksperyans powetik». Tankou lè lap pale de matant li nan powèm «Aunt Frances the Pianist /Tant Frances Pianis la»:

«Lè lap naje nan rivyè kap gronde
tant Frances renmen repoze
yon men li sou wòch rivyè a, epi lonje
yon salitasyon bay noumenm timoun yo
ki gwoupe arebò rivyè a.
Dlo a ponpe e li souse
pati nan kò nou ki pat pwoteje.»

     (tradiksyon de angle pa nou)

Nan powèm «The Bull at Nan Souvnans / Toro Nan Souvnans la», lè ou ap tann yon reyaksyon vyolan tankou reyaksyon toro nan powèm «Viva El Toro» Jean-Claude Martineau a (lè toro a vin pran konsyans genyen yon men moun kap manipile vwal k’ap sekwe devan zye l la), Marilène, li, fè sèlman montre sa ki rive toro a, san li pa menm di ki sa li ye. Men ou wè gen yon bagay ki pa nòmal, yon bagay ou ta prefere ki te diferan; ou santi w mal sou po ou, kou yo di:

«[…] Dènye bagay toro a wè,
se pat yon ble imateryèl,
ni syèl tropikal jou Dimanch Pak,
men pwòp marekaj san pa li.
Epi asistans lan aplodi».

Nou ta espere powèm sa a fè anpil moun vin wè obligasyon yo pou pwoteje tout kreyasyon ak abitan nan sistèm ekolojik sila a ki nouri lavi nou tout.

Marilène Phipps ak Brother Blue

Marilène Phipps ak Brother Blue

Youn nan bagay nou remake ka Marilène Phipps, se enfliyans dlo nan pwezi li; ou wè dlo toupatou, dlo ravin, dlo rivyè an toubiyon, dlo kap nwaye moun, dlo pou bwè. Nan powèm «Rain / Lapli» a, manmzèl rememore l ankò tant Frances nan yon sitiyasyon ki prezante dlo tankou yon pwoblèm: «Tant Frances aprann mwen kouman pou m sekoure gason kap nwaye». Pi devan nan gwoup vè sa yo, li site ankò tant Frances, tankou yon konfidant plen sajès, ki konseye l: «Genyen lè gason k’ap nwaye ap atake / ou dwe frape yo jiskaske yo fayi».

Genyen tou yon «rekirans», yon imaj-repetisyon sou lanmò ki nan tout paj rekèy la. Ou wè lanmò sitèlman toupatou ke Marilène titre yon powèm «Caribbean Corpses / Pil Kadav Nan Karayib». Tankou powèt la di limenm, pil kadav nan powèm sa a senbolize chay kontenjans nan lavi chak jou, kouwè marengwen k’ap nouris, divòs, sexyalite, elatriye: «Emmanuel kontinye ap fè laponyèt a katrevenyuit tan / se fòt li sil mouri. Wi manman, ti-gason l di.»

Nan powèm «Elzir’s Advice / Konsèy Elzir», ki plase anvan «Pil Kadav Nan Karayib» la, Marilène pale nan vwa pèsonaj tit powèm lan ki voye yon grap konsèy bay yon konvèsan ki pa defini. Nou tradui powèm sa a ann antye:

«Sito mari ou mouri, souflete l
e janbe kadav li twa fwa!
Se yon fason pou w fè l konnen
nou pa zanmi ankò. Lè l kouche nan sèkèy la
simayen grenn sezam sou kò a
atache yon grap zepeng sou fas chemiz li.
Jete plis grenn sezam sou tonb li melanje ak zegwi kase.
Sa ap konble l ak okipasyon
lè lap eseye file ti grenn nan zegwi kase
—epitou sa ap kenbe lespri l lwen ou.

Mete pantalèt wouj lannwit
—yap sèvi kou limyè wouj,
sa ap anpeche li janbe ou lannwit
(M’pa kwè ou ta renmen sa rive?)
Tout moun konnen mò gen pouvwa.
L’ap dwe sonje ou anpil,
ou te ba l abitid konpayi ou
l’ap vle vin vizite w.
Satanjerenòs la ap vle pran ou avè l!
Nan antèman an ou dwe rele klè e fò!
Pa chache imilye l—fè tout moun konnen
nan mannyè jan w kriye li te yon bon gason
respektab ke tout moun te renmen. Se sèl rezon
nou fè si tèlman bwi nan antèman!
Pa pou mò yo. Pouki pa gen anyen
nou regrete osijè vi sou tè sa a!»

     (tradiksyon pa nou)

Konsèy sila yo, se pa konsèy sinik yo ye malgre ton «matter-of-fact», kru, sanfwa Elzir enonse yo. Yo se konsèy sajès pou detounen movè zespri ki fè pati alterite lanmò. An kontrepati ak powèm «Konsèy Elzir» a, genyen bèl powèm «Cousin Thérèse / Kouzin Thérèse» ki montre grandè dam Thérèse «ki ede vyeya yo mouri nan hospis «. Pi lwen li ekri, palan de kouzin Thérèse : «Konbyen men ki mennen nan tonb yo / bèl sant pafen ki sot nan zong li?»

Lè mwen te mande Marilène kouman fè powèm li yo genyen yon si grann kantite alizyon sou lanmò, li pat etone de keksyon an paske li di gen moun ki te poze l li anvan. Rezon an, li di, se paske «chak moun gen yon simityè nan limenm». Men se pa sèlman yon latriye lapenn, paske lavi ak lanmò ale ansanm-ansanm. «Se pa ni yon bagay makab», Marilène eksplike, «se yon relasyon kreyasyon e rekreyasyon avèk lanmò».

Nan powèm «Haitian Masks / Bonmas Ayisyen», Marilène di de granpè matènèl li

«Mwen te panse lanmò te rann li arogan.
Manman m te plase mas lanmò papa l
nan yon etalaj kote m te oblije gad anlè
pou m te wè tèt chòv doubl ajil blan an;
se sèl imaj vizaj li ki sanble l te vrè,
zye bouche, lèv mens, sere».

Ton «dezafekte» powèm sa a pakouri tout rekèy la; men san bezwen mande yon psikoterapis ki sekrè ki represe, ou santi pat gen twòp amou ant otè a ak granpè matènèl li. Oubyen sa ka sèlman tou fason Marilène genyen pou li fè w dekouvri yon detay san ke li pa di ou ki sa li ye. Gen lè tou li fè ou ret devine jiskaske ou etoudi.

Yon lòt karakteristik espesyal lakay manmzèl, se lefètke li se non sèlman yon powèt akonpli, men tou yon pent akonpli. Pou konprann rezondèt powèm li yo, ou dwe konprann tablo penti li yo; toulède se etalaj yon ja richès detay ki rekreye yon moman, yon sitiyasyon, yon ti pasaj enstan oubyen yon santiman nan yon moman, men ki konstitye keksyon fondamantal moun t’ap poze depi koumansman tan.

Nou rekòmande bèl rekèy sa a bay tout lektè nou yo pou yo li. Estil ekriti a ansanm ak pwofondè santiman e keksyonnman rekèy la fè l deja vin yon klasik bèl lèt pwezi ayisyen.

—Takodo mas 2001. Li ekstrè an angle, rekèy Marilène la nan pati «Powem an angle» jounal la.

Carribean Collage, oil on canvas, by Marilène Phipps

Carribean Collage, by Marilène Phipps

Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com