Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et courrier: Redaksyon@tanbou.com



Commémoration…

Tanbou/Tambour entend commémorer les quatre-vingt-dix ans de naissance de Jean-Paul Sartre (1905–1995), ce philosophe français dont Herbert Marcuse a dit qu’il fut la «conscience du vingtième siècle», en présentant à nos lecteurs et lectrices non seulement des extraits de la fameuse préface de Sartre au «Damnés de la Terre» de Frantz Fanon, et une réminiscence personnelle du professeur Claire Schub sur la tombe de Simone de Beauvoir et Sartre, mais aussi—et surtout—une introduction en créole de leurs œuvres et leur vie, une grande première dans la littérature haïtienne.

Chapo-Ba pou 90 zan nesans Jean-Paul Sartre (1905–1995) E Esè sou yon entwodiksyon kreyòl zèv li ak zèv Simone de Beauvoir

—pa TontonGuy

Lè yon jèn tifi etidyan blanch te aproche Malcolm X e mande li ki sa li ka fè pou l ede koz pèp nwa ameriken an, misye te reponn li li ta preferab pou etidyan an ale nan «milye blan yo» pou li ede chanje sistèm enjistis ke blan yo tabli a. Presèp dizon sila a pa gen ankenn moun ki pi aplike li ke Jean-Paul Sartre ak Simone de Beauvoir, yon kouplay de de nan pi gran filozòf Lafrans akouche depi tout listwa li. Sa Malcolm X te vle di nan parabòl sa a se: se pa patènalism ak charite kretyen kap kapab demantibile sistèm opresyon ki ekziste a; sa ap rive sèlman lè klas ak pèp domine yo yomenm òganize pou yo goumen e chanje sitiyasyon an, epitou lè moun ak sektè pwogresis ki sòti nan milye sa yo yomenm pran konsyans e goumen pou chanje pwòp sistèm ke yomenm tou ka privilejye andann lan.

Jean-Paul Sartre (1905–1980) te yon loraj kale depi li te toupiti. Misye te gen sèlman douz zan lè li te ekri premye liv li, de ti roman, Pour un Papillon, Le Marchand de braises, kote li dekri (e kritike antreliy) milye sosyal e familyal li tap viv la. An 1943, nan tyouboum peryòd fachis e Dezyèm gè mondyal nan Ewòp, Sartre pibliye yon trete filozofik, L’Être et le Néant, ki rejte tout ide otorite, tout sistèm alyenasyon ak dominasyon, e tout baryè, strikti sosyal, politik e entelektyèl ki ekziste pou anpeche moun «viv libète yo». Liv la te fè yon pakèt bri nan lemond e li vin pwopaje mouvman filozofik yo rele «Ekzistansyalism» la.

Tèz fondamantal ekzistansyalism la se deklarasyon li ke «ekzistans presede (vin anvan) esans» yon pozisyon ki ranvèse radikalman kwayans filozofik tradisyonèl la depi tan Platon (427–347 anvan tan Jezikri) ki te toujou mete «esans», sètadi yon swadizan karaktè ideyal, predetèmine, pèmanan, nati moun, ki kòmkwa kondisyone definitivman kondwit lavi yo. Sartre pat dakò ak tèz sa a, li refite li pou l deklare ke okontrè ekzistans, sètadi kondisyon pratik moun ap viv, vin anvan esans yo, otreman di, kondisyon pratik lavi yon moun vin anvan sipozisyon karaktè ideyal, predetèmine nati moun lan. Pozisyon filozofik sa a te deja mete misye nan preske menm dyeksyon avèk Karl Marx, ki li te di filozòf yo te pase twòp tan ap divage sou «esans» mond la: li lè pou yo chanje li!

Sartre itilize (e metrize) plizyè fòm, medyòm e disiplin entelektyèl pou li pwopaje zèv li: roman, teyat, kritik literè, biografi literè, otobiografi, esè (etid) politik, jounalism, filozofi, elatriye. E misye te maton e konesè nan tout nan yo. Paekzanp, byenke plis moun te konnen misye akoz pyès teyat li (pami yo Les Mains sales, Le Diable et le Bon Dieu, Les Séquestrés d’Altona) e zèv politiko-filozofik li (L’Être et le Néant, Critique de la Raison Dialectique, Les Situations, elatriye), misye te resevwa Pri Nobèl la an 1964 pou zèv literati li, patikilyèman pou roman La Nausée, Les Chemins de la liberté, e pou sitou Les Mots, yon otobiografi ki sèlman kouvri douz premye ane lavi Sartre, e ke tout moun konsidere kou yon chef d’œuvre, yon chelèn literè klasik. Li deklare nan liv sa a ke li te deside pou l pa kwè nan Bondye ak relijyon depi lè li te toupiti: Granmè li ak granpè l konn pase tout tan yo sou tab dine lakay yo ap fè diskisyon sou kilès nan relijyon yo a (youn te katolik, lòt la te pwotestan) ki pi bon. Tibonòm Sartre konkli si y ap diskite konsa a sou kilès ki pi bon, tou de dwe pa bon!

Kòm nou konnen, Sartre refize asepte Pri Nobèl la; e sa sèlman nan limenm te fè yon gwo eskandal nan milye literè nan lemond antye, paske se te yon bagay ra pou yon moun refize Pri Nobèl la, yon konsekrasyon prestijye ke tout moun ta renmen resevwa! Sartre jistifye rejetasyon li de Pri Nobèl la pa fason klas dirijan entelektyèl ewopeyen yo itilize li pou yo fè pwopagann kont peyi sosyalis yo; li kritike lefètke yo pa janm bay yon ekriven ki sot nan rejim kominis yo Pri a. Epitou Sartre mande komite jij nan Stockholm yo «kilès ki bay yo dwa ak otorite pou yo deside de valè ak enpòtans lòt ekriven?». Misye panse ke sa tou se yon lòt fòm kolonyalism kiltirèl. Finalman, Sartre di li konsidere tit Pri Nobèl la limenm, dèyè non yon ekriven, yon pretansyon movèz fwa, yon operasyon piblisite ki «fè presyon» sou lektè yo pou yo bay liv la ak otè a enpòtans menm lè tou lè de ka medyòk.

Youn nan bagay ki te remakab ka Jean-Peaul Sartre, sèke menm lè tout moun te konsidere l kou nonsèlman youn nan pi gwo pansè ewopeyen, men tou kou «konsyans ventyèm syèk» la, daprè dizon Herbert Marcuse, limenm tou yon lòt gwo filozòf ventyèm syèk la, Sartre te fè jwenn tou zaksyon l avèk lapawòl nan pwojè libète li te kwè ladann lan. Paekzanp, nonsèlman misye te patisipe nan gran mouvman rezistans kont okipasyon nazi a sou Lafrans, men li kontinye mennen zaksyon militan kont sistèm enjistis, rasis ak opresyon klas dominan fransè e oksidantal yo jiska lanmò li an 1980. Twa semèn sèlman anvan l mouri, nan yon entèvyou 3-pati nan revi Le Nouvel Observateur, lè Benny Levy te mande Sartre ki sa li panse de boujwazi fransè a, misye te reponn ke youn nan konviksyon jenès li li vle mouri avè l se rayisman li te toujou genyen pou boujwazi dominan, ipokrit e pretansye ki ekziste nan lemond yo. Diran tout vi li, Sartre patisipe, rele, joure, bay kout men, angaje l, kontribye nan preske tout lit liberasyon non sèlman travayè, imigre e klas oprime an Frans e nan lòt peyi oksidantal yo, men tou nan lit liberasyon pèp ak peyi tyèsmond yo kont dominasyon boujwazi neo-kolonyalis oksidantal yo.

Chimen angajman politik Sartre kannale l tou nan kan opozisyon kont lagè gouvènman meriken an kont pèp Vyetnam lan: diran lagè a Sartre ak filozòf angle a, Bertrand Russell, prezide yon tribinal entènasyonal politiko-senbolik, rele Tribinal Russell, ki jije e kondane krim kont limanite fòs militè meriken yo tap koze ka pèp vyetnamyen an. Pandan menm tan an li denonse tou lòt lagè enperyalis ki tap mennen kont aspirasyon liberasyon pèp afriken yo e kon politik dominasyon gouvènman meriken an an Amerik latin, patikilyèman nan Kiba kote Sartre ak de Beauvoir ale vizite Castro ak Che Guevara (1961) pou yo pote solidarite yo ak lit anti-enperyalis kiben an.

Sa yo te rele Lagè Aljeri a (1945–1962) vin youn nan gwo koz Sartre angaje l tout antye. Li nonsèlman ekri prefas liv tètchaje, labib antikolonyalis Frantz Fanon an, Les Damnés de la Terre, yon liv e prefas ki fè Ewòp reyaksyonè tranble e ki fè anpil moun pran konsyans sou malveyans gouvènman enperyalis oksidantal yo, men tou Sartre patisipe aktivman nan rezistans kont lagè a, li denonse koupab yo e rele pou tout moun vin bay solidarite yo nan rezistans lit liberasyon pèp aljeryen an. Eleman makouto-fachis milye entèvansyonis anti-aljeryen klas politik fransè yo jete bonm sou kay misye plizyè fwa akoz de aktivite militan l; e se pa chans li te sove.

Nou vle souliye tou konsèp nèf, orijinal, Fanon devlope sou vyolans nan liv sa a, kote li di ke vyolans kolon yo ap maspinen sou kolonize yo se yon mwayen sistematik pou eseye rive dezimanize yo, pou fè yo pèdi nanm moun yo; li kontinye pou l di ke, nan yon tèl kondisyon, kont-vyolans oubyen vyolans anti-vyolans bò kote kolonize yo kont vyolans kolonizatè yo, vin tounen yon zaksyon ki «re-imanize» kolonize yo, ki rebay yo plas yo pami moun. Sartre ba l repondonn e ajoute ke vyolans sila a, se yon «vyolans liberatè», yon vyolans kreyatif, nan menm sans Malcolm X te rele kont-vyolans nwa oprime yo, yon «vyolans moun entelijan».

Relasyon ant «Libète total» sartriyen an e Praxis marxis

Apre Sartre fè parèt roman La Nausée a (1938), teknik ekri roman vin boulvèse pa nonsèlman kalite istil Sartre anplwaye nan jan l ekri l, men tou paske karaktè santral liv la, yon nonm yo rele Roquentin, se yon figi ki si konpleks, si temerè, ke lè l ap pale e dekri sitiyasyon «alyenasyon», dezesperasyon, absidite, «kontenjans» (santiman vid, anyen-anyen, santiman bagay san zenpòtans, ki pa nesesè), li t ap viv e obsève yo, li fè l avèk yon lisidite e sans kritik ekstraòdinè, trè pafè, ki fè ankenn moun pa ka deside si misye se yon fou lage oubyen sil se yon devinè k ap dezabiye salte, opresyon ak absidite yo rele lavi a. Anpil moun tou te ka panse ke Roquentin se yon revolisyonè revè ki tap sèlman radote sou ideyal libète e sou absidite, sou«angoisse», kè-mare, nilite lavi. Sartre kontinye fè menm obsèvasyon sa yo nan L’Être et le Néant (1943), men li rive pi lwen nan liv sa a pou li montre ke konsèp «libète total» la se posiblite moun toujou genyen, nan kelkeswa sitiyasyon trajik yo ladann lan, pou yo revandike libète yo. Misye di «yon moun ka toujou fè yon bagay valab, pou tèt li oubyen pou lòt moun, nan kelkeswa sitiyasyon tyouboum li ladann lan».

Men lè Sartre reyalize ke «libète total» moun lan ap revandike a ka vin pawòl nan van nan yon sosyete kote machin politiko-ekonomik la la pou oprime endividi ak gwoup moun, misye ajoute, nan yon dezyèm gwo tèks filozofik ki rele Critique de la Raison Dialectique («Kritik Rezon Dyalektik», 1960), ke konsèp ak ideyal libète a dwe toujou akonpaye pa yon «angajman pratik», yon praxis revolisyonè, ki alafwa endividyèl e kolektif, e ki rekonèt ke moun pa pèdi libète yo paske yon lòt gwoup moun pa renmen bobin tèt endividyèl yo: Moun pèdi libète yo paske yo fè pati de yon gwoup osnon klas sosyal ki ap ranpli yon fonksyon pitimi-san-gadò nan sistèm eksplwatasyon politik, ekonomik, sosyal e ideolojik ki ekziste a. Se nan liv «Kritik Rezon Dyalektik» la ke Sartre vin jwenn men nan lamen avèk filozofi marxis la; li anplwaye li kou sa li rele a yon «zouti endispansab pou chanjman istorik». Anbisyon misye pou liv sa a, se te pou l eseye mete sou pye yon «fondasyon solid pou yon antwopoloji sistèm sosyal e istorik yo». Kouwè Karl Marx anvan li te devwale tout kamouflaj, mekanis pwodiksyon ak eksplwatasyon sistèm kapitalis la e te mande pou tout travayè ak oprime òganize e ini yo pou kraze sistèm opresyon an, Sartre montre pakèt posiblite revolisyonè ki ekziste pou gwoup ak klas oprime yo depase limitasyon alyenasyon an; li montre kouman yon bon sistèm solidarite ka fè devlope mwayen endispansab yo pou demantibile sistèm opresyon/alyenasyon an.

Menmsi premis (batis teorik) ideyalis «libète total» filozofi ekzistansyalis la pat two diferan de premis-batis marxis la, ki li plase rèv li nan yon sosyete kominis ideyal, kote endividi ak gwoup oprime yo vin libere tèt yo de yon kondisyon chozifye, yon kondisyon «machandiz nan mache» (reifye, objektifye) klas opresè yo te plase yo, e vin tabli nan plas li yon sosyete re-imanize, otantikman libere, kote pwodiktè yo gen kontròl sou pwòp destine yo. Men kote ekstravagans teorik ekzistansyalism la vin pwogrese e vin vrèman jwenn praxis marxis la, se lè Sartre vin asepte priyorite zaksyon kolektif revandikatif, òganize, gwoup oubyen klas oprime yo genyen parapò ak «zak lib» yon endividi. Sartre ekri plizyè liv ak etid pou l te montre evolisyon panse ekzistansyalis la bò dyeksyon yon refleksyon ak zaksyon politik òganize, pami yo, L’Existentialisme est un humanisme, e Qu’est-ce-que la littérature? Nan denye liv site la a, Sartre denonse ekriven japrouv, lach e dekoratè tradisyonèl yo ki fèmen zye yo sou enjistis sosyal yo; li mande pou entelektyèl yo angaje yo politikman paske se sèl fason zèv yo ka gen ankenn valè!

«Kritik Rezon Dyalektik» la se youn nan pi gwo labib filozofik ki ekziste e ki montre kouman gwoupman moun ki an rebelyon ka «fè listwa» e chanje anviwonnman yo oubyen chanje pa anviwonnman yo. Nan liv sa a, Sartre jwenn konplètman dyalektik libète total ekzistansyalism lan avèk dyalektik jistis pwoblematik marxis la nan yon sentèz (men-kontre) ki louvri chan posiblite ak pèspektiv tou de filozofi yo. Malgre ke liv la se yon etid filozofik sou listwa ki konsidere sijè pase oubyen abstrè, Sartre debat e predi nan li de nan gwo evenman politik (e istorik) ane 1950–1960 yo: Revolisyon kiben an (oubyen sèten pratik guerillero-konbatan castris yo) e mouvman revolisyonè etidyan inivèsite an Frans yo, ke moun plis konnen sou non Me-68. Sartre montre konpreyansyon, risk, kouraj, solidarite ak fratènite, e santiman kreyasyon ki genyen e ki endispansab pou fè «yon gwoup ki ap pran dife revolisyonè» («un groupe révolutionnaire en fusion») vin kreye rapò sere ak detèminasyon ki fè lit la konsolide. Revolisyon kiben an ilistre tèz sa nan fason pwosesis revolisyonè a dewoule depi nan koumansman l. Men yon lòt fenomèn politik e istorik Sartre preske pwofetize nan liv sa a, se desounman ak vole-gagè ki te fin pran gouvènman santral Lafrans la devan rebelyon ak tibilans gwoup anraje etidyan yo an me 1968. Lè Cohn-Bendit rele e di ke «tout bagay posib» e ke se imajinasyon menm ki vin opouvwa, Sartre ba l repondonn paske li te deja di sa nan liv sa a ke tout zaksyon revolisyonè, kelkeswa lokalize li ka lokalize, rann nan limenm tout bagay posib pa «posiblite konsyantizasyon e re-kreyasyon» zaksyon an ka debranle; li louvri yon «chan posiblite». Byenke Me-68 vin revele l yon rebelyon tiboujwa ki vin finalman konfòme l avèk establishment dominan franse a, rebelyon an nan limenm te louvri yon «chan posiblite» ki pat ase eksplwate pa gwoupman sosyal oprime sosyete fransè a. Se posiblite, potansyèl sa a ki fè anpil moun te rele mouvman revolt istorik etidyan me-68 an, yon «revolisyon sartriyen».

An n fè remake tou de lòt liv Sartre ki revolisyone jan moun te konn ekri biografi literè: Saint Genet, Comédien et Martyr (1952) e L’Idiot de la famille/Gustave Flaubert (1972). Nan premye a Sartre devwale powèt rebèl Jean Genet (1910–1986) bay piblik la avèk si tèlman pwofondè ke Genet pase plis ke dis ane ak yon «blokaj mantal» ki anpeche l ekri. Genet tou pat nenpòte ki: yon omoseksyèl, ansyen prizonye pou vòl e vakabon ki pa janm gen yon kay pou l rete, li ekri sepandan yon zèv powetik e teyatral ki ranvèse e demantibile fason moun wè pretansyon boujwa sosyete boujwa franse a. Pami liv misye ekri genyen, roman powetik Notre Dame des Fleurs ouswa Miracle de la Rose, epitou yon grann kantite zèv teyatral kouwè Les Bonnes, Haute Surveillance, Le Balcon, elatriye. Olyeke misye gen lawont pou eksperyans ak kondisyon lavi li, li asime, asepte, glorifye kondisyon an nan tout liv li pibliye. Anplis, tout ewo liv misye yo se yon bann moun degrade oubyen sosyete a degrade (vòlè, masisi, blofè, prizonye, lwijanboje, pwostitye, elatriye) ke misye prezante tankou moun ki gen «lagras, esplandè, siblimite», moun ki gen yon valè moral siperyè ki dwe respekte!

Lòt liv nou dwe remake a, se biografi literè Sartre ekri sou ekriven Gustave Flaubert a (1821–1880), L’Idiot de la famille, ki li tou se yon chelèn literè. Nan liv sa a Sartre kontinye e devlope pi lwen envansyon metodolojik li te koumanse nan liv sou Genet a: kote li vle tabli karaktè yon nonm pa mwayen sa li rele a yon «psikanaliz ekzistansyèl» ki analize e chache konprann «tout dimansyon» endividi a. Sartre montre tou nan liv sa a tout meprizman li pou Flaubert: li di li rann Flaubert reskonsab de represyon ak masak kont revolisyonè mouvman yo rele Lakomin Pari a (1871), yon rebelyon ki te deklennche pou chanje lavi, paske Flaubert pat leve yon dwèt li pou l defann travayè an revolt yo. Li kalifye Flaubert de «boujwa gwo kòlèt lach e satisfè».

Pou plizyè zane anvan lanmò Sartre an avril 1980, anpil pwomès revolisyonè li te toujou kwè nan yo te vin yon ti jan fane, akoz nonsèlman rezilta politik travay boulon-sere, politik andigman (endiguement) fòs oksidantal reyaksyonè yo kont eksperyans revolisyonè nan lemond yo, men tou akoz de enpas, echèk, anboujwazman e limitasyon kay anpil mouvman revolisyonè ki te ekziste yo. Linyon Sovyetik limenm te vin tounen yon sistèm biwokratik, «totalitè», fatige e san zavni ki vin diskredite, avili, pwojè liberasyon orijinèl ki te fonde Leta sovyetik la. Sepandan, menm lè li kontinye denonse fayit Linyon Sovyetik vizavi pwomès revolisyon bolchevik la, Sartre te toujou defann li kont zak movèz fwa kan enperyalis oksidantal la, ki li se kont rèv, ideyal ak fondasyon revolisyonè istorik sosyete sovyetik la yomenm li tap goumen pou l kontrekare e defèt.

Sèl kritik serye nou ka fè sou Sartre vizavi denonsman li de mankman rejim biwokratize nan Lewòp-de-Lès yo, se lefètke li pat fè yon gran diferans ant sitiyasyon peyi sila yo e sitiyasyon peyi Kiba. Menmsi nou rekonèt valè sipò Sartre bay revolisyon kiben nan yon moman enpòtan kote enperyalism meriken an te vle toufe li nan ze, nou twouve ke kritik sevè Sartre fè sou Kiba yo alafen, paekzanp lè l vin asepte kritik alamòd tiboujwa parizyen yo ki te vle asimile Kiba ak rejim totalitè ewòp-de-lès yo, wi nou twouve li te yon ti jan pèdi kap li. Paske, kontrèman ak rejim sosyalis Ewòp-de-Lès yo, revolisyon kiben an se te yon revolisyon popilè otantik ki fè yon pakèt mirak chanjman pozitif pou pèp kiben an, e ke pwoblèm prensipal li se lefètke enperyalism meriken pat janm asepte pèdi privilèj li e kontinye ane apre ane, jiska jounen jodia, ap sabote eksperyans liberasyonèl pèp kiben an.

Men, malgre konsta negatif Sartre vin fè sou feblès pèfòmans rejim etabli nan kan yo te rele «kan sosyalis» la pou met sou pye yon vrè sosyete sosyalis, li pat janm pèdi konfyans li nan posiblite ak nesesite pou eleman alyene e oprime yo, nan tout sosyete, òganize yo pou demantibile sistèm opresè a. Li mouri ret kwè ke endividi ak gwoup sosyal yo toujou gen dwa, nesesite, posiblite e mwayen pou yo goumen pou chanje lavi, kouwè Rimbaud ta di.

Yon fanm vanyan total-kapital

Simone de Beauvoir (1908–1986) te konpayèl Sartre pou plis ke senkant tan, depi lè yo te premye rankontre, an 1929, kan yo te jèn etidyan nan inivèsite Pari, jiska lanmò Sartre an 1980. Manmzèl se yon fanm vanyan ki te fè pwòp non pa l ak zèv pa l nan relasyon l avèk Sartre. Kouwè Sartre, de Beauvoir te eksele nan plizyè fòm literè e entelektyèl: roman, esè (etid) filozofik, teyat, kritik literè, esè politik, memwa, elatriye. Roman li yo (paekzanp L’Invitée oubyen Les Mandarins) te fè yon pakèt bri nan lemond literè a. Yo konsidere de Beauvoir tou kou youn nan pi gran memoryalis epòk apre Dezyèm lagè mondyal la an Frans. Twa memwa (mémoires) mamzèl ekri, Mémoires d’une jeune fille rangée, La Fleur de l’âge e La Force des choses, konsidere jounen jodia kou twa zèv klasik, san konte yon esè obsèvasyon sou Lachin, La Longue marche, ki te louvri konpreyansyon anpil moun sou pwoblematik revolisyonè a nan Lachin. Men zèv manmzèl ki te yon gwo zen nan listwa politiko-filozik epòk la, se definitivman Le Deuxième Sexe, yon liv tèt-chaje ki demanbre tout vye konsepsyon moun te genyen sou sa yo rele «kondisyon feminin» la, sètadi fason dominasyon, derespektasyon, eksplwatasyon e meprizman sosyete patriyakal (gason-se-mèt) la tabli pou l kenbe fanm sou kontròl depi koumansman listwa lavi moun.

Efektivman liv Le Deuxième Sexe la pa yon liv kouwè tout lòt liv. Malgre plizyè diskisyon, deba, etid ki fèt, e plizyè lòt liv e etid liv la enfliyanse e ki sòti depi lè l te sòti (1949), «Dezyèm Sèks» (oubyen «Keksyon Fanm»), rete kritik ki pi radikal ki fèt sou eksplwatasyon fi pa gason e pa sosyete. Nan liv la Simone de Beauvoir nonsèlman montre kouman konsepsyon (e kondisyon feminin la limenm) se yon «envansyon kiltirèl», men tou li dekri e devwale pratik tradisyonèl sosyal, relijye, politik e mekanis sosyo-ekonomiko-kiltirèl yo ki konbine pou pwodwi «envansyon» sila a. An gwo, de Beauvoir montre ke sistèm politiko-sivilizasyonèl klas eksplwatè yo (ki kontrole pa gason) met sou pye a pou yo domine lemond fè yo rive, sinikman, defè lòd natirèl la yon fason ki refasone wòl, aktivite, dwa e desten fanm, nan mannyè pou yo vin jwe yon wòl enferyè, pou yo sèvi senpleman kou «sipò», kou objè seksyèl oubyen kou bijou ankadreman pou satisfaksyon bezwen egoyis, pwisans pèsonèl ak dwa providansyèl gason chwazi pou tèt pa yo. De Beauvoir montre ke lanmou menm se yon pwodwi eksplwatasyon, youn nan «atifis», pyèj, magouy gason klas dominan yo envante pou garanti pwojè kontròl ak eksplwatasyon yo genyen pou rès limanite. An gwo, lanmou vin tounen yon kategori politik. Fò n di tou ke liv «Dezyèm Sèks» la te gen yon enfliyans sou non sèlman devlopman lide sou fanm, men tou sou yon seri de revandikasyon e zaksyon pratik ki ede chanje anpil pratik diskriminasyon kont fanm.

Relasyon mennaj e otonomi pèsonèl

Youn nan aspè ki te trè enpresyonan lakay de filozòf sa yo, se kouman yon rive konfòme vi prive, piblik e pèsonèl yo avèk filozofi politik yo tap prekonize a. Konsepsyon yo sou lanmou oubyen relasyon mennaj, paekzanp, gen yon nouvote parapò ak sa lòt moun te toujou kwè, esepte petèt filozofi Fourrier a osnon sa ki te rele spiralism la, diran XVIII-èm ak XIX-èm syèk ewopeyen an, ki li te mande pou yon liberasyon total de lanmou, de seksyalite e de obligasyon parantal. Konsepsyon Sartre ak de Beauvoir la gen yon dyalektik avèk de mouda: premye a di ke lanmou se yon ipokrizi sosyal ki baze sou yon relasyon e ideoloji de «posesyon», de pwopriyete, kote bèl vizyon romantik e fantastik sou mèvèyman lanmou kache dèyè li yon itilizasyon «machandiz-nan-mache», yon pratik twokay, kote lanmou limenm vin tounen yon komodite, yon «mwayen echanj» nan sistèm kapitalis alyenasyon an. Dezyèm mouda dyalektik la se kwayans pwofon Sartre ak de Beauvoir genyen nan lanmou, santiman yo pou bèlte, atachman yo pou ideyal e kapasite jenewozite lanmou, sètadi sans solidarite òganik, men nan lamen, san nan san, respè ak respè, libète ak libète, ki ka ekziste nan relasyon fanm ak nonm oubyen tout lòt relasyon moun ak moun. Lè yo denonse sa yo rele a «simagri boujwa» nan fason klas dominan yo òganize (e beni) eksplwatasyon e objektifikasyon fanm pa gason, yomenm yo chache viv pwòp vi mennaj ant yomenm nan respè prensip sa yo te rele a «diferans ant lanmou kontenjant, sipèfisyèl, konsa-konsa, non-nesesè, e lanmou otantik», sètadi eleman fondamantal ki genyen nan yon relasyon ant de moun ki tout bon renmen e respekte lòt.

Sartre ak de Beauvoir kwè nan tout nanm yo ke san libète pa ka gen lanmou, e ke lanmou dwe repoze sou yon libète mityèl, youn parapò ak lòt, ki respekte libète ak otonomi dwa kretyen-vivan chak pati nan inyon an. Sispektasyon yo ke modèl vi fanmi, pratik seksyèl e mannyè relasyon fanm ak nonm ki enpoze sou moun jodia, se yon pyèj pou klas dirijan yo ka kontinye kontrole lavi moun pa «lòt atifis», fè yo konfòme vi mennaj yo nan respè prensip filozofik yo. Yo pa janm marye, ni fè pitit, ni abite ansanm; men yo toujou rete fidèl youn anvè lòt sou sa yo rele a «aspè fondamantal, otantik» relasyon anmourez yo an. Kouwè lavi entelektyèl yo, ki toujou bati sou yon melanj solidarite, onètete, kouraj, jenewozite e respè pou lektè a, vi cheri-cheri ant Sartre ak de Beauvoir ret jiskalafen yon modèl onètete e yon mèvèyman relasyon nonm ak fanm. Natirèlman inyon sa a, kouwè tout lòt inyon, pat pafè, e li te menm genyen pwòp tèt-chaje pa li: Simone de Beauvoir limenm pale de «dout» li pafwa genyen sou byen-fonde filozofi l la lè santiman li ap boulvèse li, paekzanp diran yon sitiyasyon kote li tap panse Sartre ta pral kite li pou yon lòt fi. E Sartre limenm tou endike plizyè fwa ke li pa tap ka apresye e konplete vi li san prezans, bò kote l, de Simone de Beauvoir. Yo pase plis ke senkant ane ansanm, jiskaske youn antere lòt: Simone de Beauvoir te enkonsolab diran antèman Sartre an avril 1980, menmsi lemond antye te voye reprezantan ak kondoleyans yo ba li.

An n di an pasan ke antèman Sartre te youn nan pi gwo antèman ki te janm chante nan tout listwa politiko-literè pèp franse a. Moun te sot toupatou, jenès kou vyeyès, gason kou fi, pou te vin pote omaj bay Jean-Paul Sartre. Se kouwè w ta di tout moun te koudenkou reyalize ke nonm sa a, gason vanyan sila a, «konsyans lemond» lan pap la ankò pou defye ipokrizi ak lachte entelektyèl ki anpare tout latè a e ke y ap chache enpoze sou nou kou sèl reyalite politik e afektif ki posib. E se pa pa aza ke jodia an Ewòp, apre Sartre, ideyal libète inivèsèl e absolu a, ideyal egalite total la, kouraj entelektyèl (e pèsonèl) pou lite kont yon bagay ke yon moun konnen ki pa bon, vin pèdi tout enpòtans li nan yon Ewòp ki jodia sèlman enterese nan objektifikasyon, nan machandizasyon kalite lavi moun, kote libète vin egal sekirite, bouzennaj vin tounen «lobbying» e kapitalism limenm vin idantifye ak demokrasi! Yon mond kote libète vin vle di libète pou yon moun oubyen yon klas dominan eksplwatè kontinye eksplwate e deside de desten tout lòt moun.

Konklizyon: Lespwa nan yon mond ki ka e dwe chanje

Jounen jodia, plis ankò ke yè oubyen anvanyè, e lè nou wè grandisman karaktè sinik, imoral e san-kè opinyon mondyal la ap montre devan tribilasyon ak trajedi k ap boulvèse kondisyon lavi moun lakay majorite pèp nan lemond yo, wi jounen jodia, nou bezwen ankò lafyèv rebèl, lafyèv pasyon pou moun ak lavi, nou bezwen ankò entegrite, revolt e jenewozite entelektyèl Sartre ak de Beauvoir te montre nan vi yo. Devan galopay rasism, iyorans e malveyans ki ap anpare sosyete oksidantal yo; devan zonbifikasyon entelektyèl e parès moral ki pran tèt konsyans moun e ki fè yo ap jodia asepte, kouwè paekzanp kounyea an Ayiti, pou moun di yo ke okipasyon egal byenveyans, ke kout-ba, kout ponya ak kout zam se konpayèl demokrasi, e ke mistifikasyon, blòfay, magouyay, ekplwatasyon ak opresyon ka vin rele «èd pou devlopman», «pwoteksyon dwa moun» oubyen swadizan «defans demokrasi ak libète». Wi, devan yon «lòd mondyal» ki jodia wè l nòmal pou milyon timoun ap mouri chak jou paske paran yo pa gen manje pou bay yo, paske yo pa gen aksè ak swen lasante; nan yon mond kote tout moun rayi tout moun, kote moun ap toufounen, eksplwate, alyene, degrade, imilye e oprime lòt moun, paske yo kwè ke se sèl fason yo ka jwi lavi privilejye ak dwa sou lòt moun yo deklare pou tèt yo. Nan yon mond ki jodia ap pwouve verite konsèp «alyenasyon ak absidite» Sartre ak de Beauvoir te devlope a pou demontre tyouboum emosyonèl, vid espirityèl al retadasyon moral ki pran tèt dirijan yo e ki fè yo kreye plis pwoblèm ak dezesperasyon nan zafè lavi moun, li klè ke nou manke e sonje anpil prezans despri de filozòf temerè sila yo. Nou sonje e bezwen klèvwayans yo, lisidite yo, je-klere kouplaj nonm ak fanm vanyan sila yo nan keksyonnman nou sou kontenjans, sou malsite, sou malvi e sou trajedi ki jodia ap dekonstonbre kalite lavi nou.

Simone de Beauvoir ak Jean-Paul Sartre gen yon enfliyans imòtèl, enperisab, inoubliyab sou alafwa konsyans mond la e epistemoloji (kalite e kantite konesans) politik mond la genyen sou limenm. Yo gen yon konpreyansyon trè apwofondi sou relasyon ant lavi e politik, e sou lyen kòd sere ki mare lonbrit yo. Se pa pa chans ke nan zèv de ekriven-filozòf tèt-chaje sila yo, lide libète, jistis ak revolisyon an ret yon lide nèf e yon ideyal ki vo lapenn pou moun defann jiska lanmò.

Lè yo te mande Charles de Gaulle, diran lagè Aljeri a, pou l fè arete Sartre, yon nonm ki tap kreye pwoblèm nan tout jefò politik gouvènman de Gaulle la tap mennen pou l manipile opinyon pèp franse a, misye deklare, avèk yon santiman reziyasyon, «yo pa ka arete Voltaire!» Sa sèlman te montre enfliyans Sartre non sèlman nan kan popilè a men tou nan kan dirijan franse yo. Sepandan, konparezon ki ta pi bon, se pa avèk Voltaire, ki te chache sove tèt li lè bagay yo pat mache byen pou li, se de preferans avèk Jean-Jacques Rousseau ansanm ak Arthur Rimbaud, yon filozòf e yon powèt ki te gen preske menm pasyon avèk Sartre: libète jijman e sansiblite anti-konfòmis. Apre eritaj katastwofik, apre maspinaj ak deblozay klas dominan eksplwatè yo nan kondisyon kalite lavi moun, nou dwe dakò avèk Sartre e de Beauvoir ke ideyal liberasyon an paka vrèman reyalize si nou pa wetire nan tèt nou konsepsyon tèt-gridap ak abitid ensekirite boujwazi dominan yo enpoze sou sivilizasyon nou an e ki anpwazone dwa tout moun genyen nan lavi.

Natirèlman si nou gade keksyon an sou yon plan senpleman fenomenolojik (verite kache nan bagay chak jou, nan imedyatete lavi), nou ka di pa gen ankenn rapò pratik ant, yon kote, deklarasyon libètin filozòf ekzistansyalis yo, patikilyèman Sartre, de Beauvoir, Camus, Merleau-Ponty, Nietzsche, Husserl, Heidegger, e yon lòt kote, kondisyon lavi konkrèt, pratik, reyèl, yon peyizan ayisyen, yon chomè endyen oubyen yon moun ki pa gen kote pou l dòmi ap andire. Men si filozofi sila yo ka devwale kouman pouvwa, pwisans, atifisyalite, santiman gwokòlèt e alyenasyon fonksyone, yo te deja montre anpil bagay ki ka pote limyè sou kouman e sa ki fè ke sèten moun ap viv nan lajwa dousè lavi kan gen lòt kap viv li kou yon lavi lanfè. Revolisyon posib lè konsyans moun detekte verite sa a e chache ale jouk nan bout «chan posiblite» lavi bay tout moun pou chanje lavi.

—TontonGuy Boston, 1995

Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Écrivez-nous à: Redaksyon@tanbou.com