Tanbou logo

Page d’accueil  |   Sommaire de ce numéro  | Contribution de texte et Courrier: Redaksyon@tanbou.com



Pwezi Kreyòl

Powèm pa Emmanuel W. Védrine

Pèp Ayisyen an 1990

Apre trantan tèt chaje
Sankatrevensis rekòt kafe
Bourik travay bay chwal galonnen
Abraram di sètase
Pèp la panse klòch libète
Te sonnen
Li te gen yon bèl espwa
Nan fèy papye listwa
Li panse tout panzouyis yo te konvèti
Li panse lavalas
Te netwaye tout kras
Sèz desanm te plante lajwa nan kè l
Li te fete yon bèl Nwèl
Li te pran sant yon demokrasi
Yo tout te ini
Pou netwaye
Fè pwòpte
Tout kote
Zòt de di: «apre dans tanbou lou»
Men pèp la te di: «men anpil chay pa lou»
Malgre tout difikilte
Li te leve kanpe
Magouyè te boude
Lè yo wè pèp konn sa yo vle
O, o jwèt mele
Tout bon vre!
Kandida magouyè tap eseye achte
konsyans pèp ak lajan
Jan sa te konn fèt avan
Tout magouyè te pè
Tèlman pè a te popilè
Pèp la bay ekzamen final la
Jou sèz desanm nan peyi a
Yon sèl elèv pase
Tout lòt yo koule.

Sezon wouj

Sezon sa a sot ravaje pèp mwen an
Yon pèp kap karese espwa yon
Demokrasi apre plis ke trantan anprizone
Sezon sa a ki eseye touye espwa 16 desanm nan
Frape tout moun ki reve yon demokrasi tou nèf
Men sezon sa a pa la pou lontan
Sezon wouj se yon sezon kote magouyè gen pouvwa a
Men yo pa gen otorite.
Wi, yon pouvwa tanporè kote yap rejwi
Yo gen pouvwa pou touye inosan
Pou fabrike ak men wouj yo yon fòm de demokrasi
Yon demokrasi ki pa gen okenn rapò
Ak demokrasi 7 fevriye 91 lan
Van sa a ki sot soufle a paralize
Anpil aktivite;
Li pouse pèp la pou l al viv nan kache
E li pa ka esprime panse l
Nan tout peyi a, ou ka wè yon larivyè san
Ke sezon sa a kite
Poukisa?
Se jis pou yon chwa,
Wi, chwa 16 desanm 90!
Sezon sa a pèmèt pèp Ayisyen an pou l demaske
Tout madigra ki bloke wout demokrasi a
Li pèmèt li wè tou vrè patriyòt kap lite
Pou yon lòt Ayiti.

Zwazo ak prentan

Bon zwazo m nan, m santi
Ou kòmanse respire lè yon prentan
Oumenm ki esperyanse moman nwa
Ou pa lwen sezon sa a
Ke ou reve toutan
Bon zwazo prefere m nan!
Talè wap jwenn libète ou
Oumenm kap vole sou latè
Pou pote yon branch ramo
Bay frè ou yo
Ou pa bezwen pè bonm
Kap tonbe
Ni loray kap gwonde
Fèmen nan yon kalòj pa chasè yo
Mwen konprann doulè ou
Talè ou pral libere
Pou vole
Kote ou vle.

Le voyageur

Vwayajè

Il y a beaucoup de raisons Gen anpil rezon
Qui poussent les gens à voyager:          Ki fè moun vwayaje:
Il y a le voyage d’affaires, Gen vwayaj biznis,
Il y a le voyage de plaisir Gen vwayaj plezi elatriye…
On fait la connaissance Ou fè konesans
D’une autre culture. Yon lòt kilti.
Le comportement des gens Konpòtman moun yo
Est bien différent. Byen diferan.
Ils sont contents Yo kontan
De voir d’autres gens. Pou wè lòt moun.
On apprend d’une autre culture; Ou aprann de yon lòt kilti;
Les gens sont contents bien sûr. Moun yo byen kontan.

Les gens sont prêts à vous aider

Moun yo prè pou ede ou
Parce que vous êtes étranger. Paske ou se etranje
Ils sont curieux Yo kirye
Mais un peu taiseux. Men yo pa janm fache.

Tande kri peyizan yo

Grangou pa dous
Grangou ap touye nou
Yo vòlè tè nou
Pri manje monte bwa
Lapli pa tonbe
Nou bezwen ponp dlo
Pou wouze tè yo
Peyizan yo ap pati
Pral lòt peyi
Yo kouri dèyè yo lòt bò dlo
Epi yo kontinye ap pran dlo
Men se pa fòt yo
Krim tribòbabò
Nan yon peyi
Fòk nou rebati Ayiti
Fòk mizè ak krim
Fini
Ayiti!

—Emmanuel Védrine

Powèm pa TontonGuy

Neve Moyiz

Ti bonnanj neve a te kenbe kou yon defi,
Tennfas pou l te di sa li kwè ki te vre.
Neve Moyiz te nonm je klere, pikwatè lavi,
Grenpè mabouya maswife ki te konn sa li vle:
Yo te ekzekite l yon lannwit fè nwa—jou bese.

Nan Machan kou Okap, Pòtoprens kou nan Sid
Vwal l kreye deblozay ka mawon malmennen;
Li di sa k pa te bon san mete-wetire yon vigil,
Li di bonjou libète, bonjou bontan, bonjou vwa lavi
Tout kote konsyans li t ap respire, t ap kriye Olala!

Tousen nan Fò-de-Jou te fè la repantans
Lè l pat ka jwenn rezon li te detwi Moyiz;
Magouyay kolon blan, movèz zanmitay malfini
Vin desounen misye pou fè l pèdi gad li:
Neve Moyiz te mouri pou lòt moun ret anvi!

Bourik te ranni, chwal te galonnen jou sakrifis sila a,
Tronk pye bwa te pèdi rasin yo, boujon yo detounen
Pa vye koze malvire kolon tap simaye nan bouk la.
Lè jou konpè m te rive pou l ale, konpè Moyiz malè!
Misye te refize asepte pou pèp li te mouri akwoupi!

Neve a te yon jaden fleri, yon esperans lespri
Ki te la toupatou kote y ap malmennen lavi
Pou l te di yon pawòl ki te yon verite san malis;
Li te rele Anmwe! Li kriye, li joure, li pran zam
Pou l te tabli jistis ka vivi chay nan do andòmi.

Li mouri yon jou konsa kò l pyese ak kout zam,
Tonbe nan finisman malfezans pwòp tonton l
Ki pèdi konviksyon l san l pat kenbe pouvwa a:
Madichon lanmò te fè san senyen san. Alyene.
Neve a te mouri yon jou paske li te anvi e lib.

Prezidan, gouvènè, kandida, jeneral konson fè
Se pa Papabondye ni pèpetyèl sekou kè nan men
Ki la pou fè ti nonm san nanm santi l sa l pa ye:
Se moun gwo kòlèt k ap dikte sa gozye w dwe vale!
Neve Moyiz mouri pou l te fè nou konnen sa sa ye.

Neve a trepase ak kouraj Mèt Lakwa ba l drese
Kou yon bwa banbou rèd ki sekwe san tonbe.
Li te refize simagri tete lang ak kolon fèdizè
Ki te vle anpeche Vètyè vin yon selebrasyon,
Selebrasyon viktwa konsyans kont malfezans.

De san zan vin pase nan zile debwaze soleye,
Vag lanmè an demon, bouzennaj an penpan,
Pè bon kè retounen nan yon kalòj vitre pou jako:
Peyi a te libere avèk men li mare, lespri l sele-soule,
Fyèl li revann bay bakoulou espekilatè zantray pèp!

Lespri neve Moyiz vin reprann mawonnay,
Yo kwape l tankou yon baklanklan ankonbran,
Li tounen revenan anmèdman nan lakou aganman.
Men n di non! Non nou di noumenm nan gran bwa,
Nou yo Makandal batayè senk san zan madichon!

Nan chak espedisyon toujou gen yon pèdan,
Sil pa Kaonabo li ka neve Moyiz, Lamèsi ak Sedye
Osnon tout jeklere k ap goumen pou lavi libere:
Jounen desandelye monnonk Sam lòtbò dlo
Ta vle pase bote lespwa ladelivrans pèp vanyan.
Yo ba li bwat konsèv, lèt gate nan poubèl
Pou dejene diswa anlonè bon papa. Ayayay!
Diskou demokrasi ak kout ponya bankye, priyè
Sakristen, rizèzri vòlò tè kou pwoteksyon mafya
Te wonga retchita yo te ansezonnen machwè l.

Non, nou pa ti-sale pou degi! Jete dlo! Jete dlo!
Balewouze malfra k ap kenbe nèg Ginen nan fatra!
O! Apre yo depiye tout sak ki nan kwen kay
Yo ban n eleksyon, dans rara, kout kleren
Vant nou plen ak pwomès, san respè n pa sove!

Lavi libète se lavi libere nan rankont moun ak moun,
Rankont pèp ak pèp, konsyans ak konsyans revolte
Ki pa koze krapo nan kanpay magouyè kap fè wè!
Lavi libète se lavi chèmètchèmètrès mèt ounfò,
Se lavi moun vanyan tèt drese ki vle chanje lavi.

Neve a remouri lè monnonk deblayi
Pou l di ti nèg rabi lenmi l se Ezili
K ap fè l wè kakarèl Vive la France éternelle!
K ap fè l wè kenedi ak diri Miyami se adore rigwaz
Makakri koloni malfini toupizi malere bra mare.

Lè tonton w ap fete avèk anpwazonè lavi w
Nan yon anbyans trenkay chanpay ak Beethoven;
Lè ou wè vye zanmi kanmarad militan koz lepèp
Ap fè jekwazandye bò lakay bon papa ak Madsèn,
Ou dwe di w, monkonpè, gen yon koze k mal jwe!

Neve a temouri kan lenmi fo zanmi malfini malapri
Te fè Tousen lwanj sou zafè lòd respè ak lonè lwayote
Li te manifeste pou senbòl piratè dominalè mèt bè!
Neve a te mouri paske li te anvi nan lavi libere:
Neve a te mouri pou rèv nou ret briye e reviv!

—Tontonguy Boston, me 1995

Powèm pa Pòl Larak

grafiti

(pou jack Hirschman)
sou tout mi
sou tout mi Ayiti
yon kòk ap chante
pou solèy leve
fòk li chante nan lavi
pou sa chanje

sou

tout mi
sou tout mi Ayiti
yon sèl mo ekri
JISTIS
fòk yon lòt lapolis
pou sa chanje
nou pa vle lame
nou pa vle makout
nou pa vle lokipasyon
lavi twò kout
nou vle libète
nou vle revolisyon

sou

tout mi Sannfransisko
lan tout sòbwe Nouyòksiti
lan tout rezèv lan tout geto
tout kote Ozetazini
tankou ann Ayiti
yon lòt lang ap ekri
kont mizè ak eksplwatasyon
pou òmlès e kont diskriminasyon
yon lòt lang ap ekri
yo rele l grafiti
malere vle libète
pou lavi ka chanje

Nouyòk, 10/3/95
 

kanapal 94

n ap      manje mizè
n ap      pote yon kwa
n ap      bwè tafya
pou n      sa bliye

n ap      chante doulè
n ap      danse lespwa
bat      tanbou lwa
pou n      sa sonje

manje mizè
pote kwa
chante doulè
danse lespwa

yon lame chaloska
mele ak bann baka
bal ap tire
n ap tonbe

makout ak zenglendo
pi rèd pase anbago
pa gen mas madigra
pou kache verite

—Pòl Larak 25 fevriye 1994

Powèm pa Orèsjozèf

agawou

Mwen se lavi w
Se mwen k lespri w.
Tout kote w ale,
Se mwen k vle.
Mwen louvri baryè,
Ou pap kè annaryè.
Menm lè w mouri,
Lespri w pa fini,
Lannwit kou lajounen,
Jodiya tankou demen.
Tout kote m pase,
M renmen kòmande,
Epitou fò ou tande.
M pap voye w touye,
Map voye w sove,
Nenpòt moun an danje.
M montre travay,
Pou w pa pase tray,
M ba w pwoteksyon,
Ak tout benediksyon.
Map ba ou limyè,
Men pa mete malè,
Adore m.
Renmen m.
Mwen se lavi w.
Menm lespri w.

—Orèsjozèf

Powèm pa Jean Armoce Dugé

Chan Pou Tout Tan

(Pou Jean Palhème Mathurin)

Dyaspora’p toujou desann
Litèl Ayiti
Nan Mayami
L ap toujou reyini nan Bwouklin
La kontinye rasanble
Downtown Boston
La leve bariskad douvan
Mezon Blanch
La bloke kèk ri Monreyal
Zafra yo Dominikani ap leve kanpe
Nan Batey
Pou tout moun ansanm di
MAKOUT PA LADAN L

Pòtoprens
Ti machann anba lavil
Ap kontinye pran yon jou konje
Yon lè
Yon minit
Yon segonn
Pou yo rele
Yon fwa
De fwa
Twa fwa
Kòtakòt
Bradsou-bradsa
MAKOUT PA LADAN L

Peyizan nan Latibonit
Peyizan Papay sa k pa pay
Peyizan bò Ti Tanyen
Ki pa pouryen
Ki leswa
Konn wè
Konn tande
Peyizan toupatou
lè n ap plante sekle rekòlte
Ak fif banbou tanbou tchacha
Rara
Dwe chante
MAKOUT PA LADAN L

Tout timoun
Moun Danyèl Izaak ak Janwobè
Nan Gonayiv
Timoun lekòl ak timoun ki poko lekòl
Tout jenn moun
Moun Jan Klod Mizo
Nan Okay
Inivèsitè kou kiltivatè
Men nan men
Vwa nan vwa
Kòm yon konbit-kanaval-koral
Dwe rele
MAKOUT PA LADAN L

Pou lavalas moun
Krisifye
Sakrifye
Pou ba Ayiti lavi
Manman yo papa yo pitit yo
Fanmi yo vwazen yo
Zanmi yo
Tout moun ki te konnen yo
Ki te tande koze a
Lavalas moun 16 Desanm
Lavalas moun 7 Fevriye
Lavalas moun tout tan
Tout tan dwe rele
MAKOUT PA LADAN L

Nan non
Tout ti fi
Tout fanm
Tout madanm
Yo vyole
Nan tout dra
Sou tout kabann
Sou tout pantalèt
Nan tout jipon
Se pou medam yo
Ekri
Pou yo pa janm sispann repete
MAKOUT PA LADAN L

Pou jounalis
Pa sou lis tren lanmò
Pout tout moun ka pwoteste
Di sa yo kwè
Sa k nan panse yo
Jan yo konprann lasosyete
Yo menm kon lèzòt
Pou listwa sispann fèt nan san
Pou jistis ka souri
Pou linosan viv nan lapè
Pou chak jou Malari pa mouri
Se pou n ak konviksyon di
MAKOUT PA LADAN L

Pou Ayiti pa toufe
Pou timoun souri ere
Pou yo jwenn lèt ak manje
Pou elèv al lekòl lib e libè
Pou inivèsite pa gen kè sote
Pou lajenès defoule
Pou granmoun soupire
Pou solèy leve tou fre
Pou touris vin chofe
Pou lavi ri nèt ale
Pou leta tout bon ekziste
Se tout moun ki dwe rele
MAKOUT PA LADAN L

Pou leswa timoun
Ka fòme wonn
Ka fè lago
Chante san rete
Pou lajenès ka chita
Sou plas piblik
Lajounen kou lannwit
San ezite
San kè sote
San tande tire
Se pou tout moun
Ansanm ansanm kriye
MAKOUT PA LADAN L

Pou tout timoun k fèk wè solèy
Pandan y ap souri
Ka tou aprann melodi a
Pou tout jenn moun pòtan
Toupatou yo prale ka chante l
Pou tout granmoun k fin viv
Anvan y al repoze sonje fredone l
Gouvènman dwe monte
Gouvènman dwe desann
Gouvènman pa dwe janm met
Baboukèt
Pou anpeche pèp di
MAKOUT PA LADAN L

Pou moun kreye tèt ansanm
Se pou nou tout ansanm
Dyaspora kon lakay
Vizitè kon natal
Men nan men
Nan tout lari
Nan tout jaden
Nan tout lye sen
Nan tout peyi
Toujou sonje repete
Resite rakonte chante
Tout tan
MAKOUT PA LADAN L

—Jean Armoce Dugé Tribò Babò

*Nòt: Jean Armoce Dugé se youn nan powèt Ayisyen kap viv toujou. Dugé fèt Okay. Nan ane 1984, li pibliye yon rekèy powèm an fransè ki rele Mélancolie. Depi an 1986 lap feraye nan lansèyman kòm pwofesè literati nan peyi Dayiti. Lòt èv literè ke powèt la pwodui, se Demaske ki premye pyès teyat ke l ekri. Yo te jwe pyès sa a nan Audio Vision nan vil Okay nan dat 5 desanm 1986. Se yon èv ki te gen anpil siksè. Dugé pran yon ti kanpo apre de èv sa yo anvan l te pote ban nou Tribò Babò (yon rekèy powèm nan lang manman nou). Nan dènye èv sa a, powèt la fè yon ranmasay nan plizyè kouch sosyal sosyete Ayisyèn lan. Nan anpil nan powèm yo, nou kapab wè pwen otè a voye sou legliz, laboujwazi, lachanm. Li montre tou nayivte peyizan an. Tribò Babò se yon voye-monte tout kote, pèsonn pa ekzante. Otè a dekri an patikilye vyolans ke l wè nan Pòtoprens, sa ke l viv e ki sèvi an menm tan kòm yon echantiyon vyolans nan peyi a. Li montre tou silans pèp la, yon silans ki pa pou toutan. Yon lòt pa, powèt la dekri frechè kanpay kote l te leve. Ak anpil sansiblite, li fè n reviv reyalite timoun nou te ye, jenn moun granmoun toupatou nan peyi Dayiti. Pwezi Dugé ofri n nan liv sa a se yon melanj mikiz, kadans ak revandikasyon.

—Emmanuel W. Védrine, kritik literè

Tanbou logo

Page d’accueil  |   Sommaire de ce numéro  | Écrivez-nous à: Redaksyon@tanbou.com