Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et courrier: Redaksyon@tanbou.com




Ayiti ak
Etazini

 

Repwodiksyon tèks konferans Paul Laraque te fè pou «Lafanmi Selavi» nan Nouyòk, an septanm 1994

Si n vle konprann sa k ap pase kounyea, se pou n keksyone istwa Ayiti. Li kab divize an 6 gran peryòd: peryòd endyen (anvan 1492); peryòd panyòl (1492–1697); peryòd Trete Rizwik-franse (1697–1804); peryòd ayisyen (1804–1915); peryòd ameriken (1915–1934); e peryòd neo-kolonyal (1934–1994).

An 1992, nou te komemore 500 zan rezistans pèp Lamerik yo kont jenosid ak esklavay. Rezistans sa a te koumanse ak Kaonabo e Anakaona depi Panyòl debake; li kontinye ak mawonnaj kasik Anri, revòlt Makandal, enzireksyon jeneral esklav yo ak Boukmann an 1791, abolisyon esklavaj nan Sendomeng an 1793, reyinifikasyon tout peyi a an 1795 sou kòmandman Tousen Louvèti ki, kòm gouvènè-jeneral, mennen batay kont retablisman lesklavaj nan koloni an, anfen Endepandans Ayiti an 1804 ak Desalin. Apre Lendepandans, lòt mèt—gwo militè milat ak gran nèg nwa—ranplase kolon yo. An 1843–1844, peyizan pòv yo revòlte paske yo pat gen tè chèf yo, Akao, poze 4 prensip ki toujou valab pou yon revolisyon demokratik an Ayiti: 1) Se travayè tè a ki pou mèt tè a (refòm agrè); 2) Se pou n pwodui sa n bezwen pou viv anvan n pwodui pou ekspòte (sifizans alimantè); 3) «Nèg rich se milat, milat pòv se nèg» (priyorite klas sou ras ou koulè); 4) Se sèl yon lame popilè ki kabab defann revandikasyon mas yo ak enterè peyi a (sou baz strikti ak enterè ekonomik ki la kounyea, klas rich e dominant yo met anplas yon leta, yon lame ak yon polis pou pwoteje lòd sosyal etabli a kont klas domine yo, klas pòv yo, klas travayè yo, sètadi kont enterè pèp la ak peyi a).

Nou konprann ke prensip sa yo sanble kou de gout dlo ak prensip kominis yo, men revolisyon peyizan yo te fèt an 1944 alòske Manifès Pati Kominis la parèt an Ewòp an 1947… An Ayiti, klas posedan yo, milat ak nwa, ki tap bat pou pouvwa a ak privilèj ekonomik yo, met tèt yo ansanm pou kraze «Lame Soufran» Akao a. Yo kontinye briganday yo jouk Okipasyon Militè Amerikèn an an 1915.

Premye bagay «Marin» yo te fè, se dezame pèp la e kreye yon «jandamri» oubyen yon twoup okipasyon endijèn pou ede yo kraze geriya Chalmay Peralt ak Benwa Batravil tap mennen kont Ameriken yo. Lè yo fin «pasifye» peyi a, y ale, men yo kite yon leta neo-kolonyal ak pro-enperyalis pou kontinye fè travay yo san yo pa bezwen la ankò.

Depi anvan 1804, John Adams, prezidan ameriken, te di se ta yon move bagay pou Etazini si koloni franse nan Karayib la ta vin endepandan. Diferans esansyèl la, sèke endepandans Etazini te fèt pa kolon yo ki te mentni lesklavay kòm mwayen pwodiksyon richès peyi a, alòske endepandans Ayiti te fèt pa esklav yo menm. Pandan lontan, Etazini refize rekonnèt endepandans nou e se sou enfliyans li Ayiti pat envite nan premye konferans peyi endepandan Lamerik yo, malgre zansèt nou yo te batay nan Savana, malgre Desalin te ede Miranda, malgre Petyon te ede Boliva… Pita, Etazini fè sa l te kapab pou met men sou Mòl-Sen-Nikola kòm baz naval; anvan menm Okipasyon Militè a, li te voye yon Kòmando sezi rezèv lò Ayiti nan labak santral Pòtoprens—lajan li pa janm renmèt nou. Se ak konplisite l, diktatè Trujillo touye yon bann travayè ayisyen an Dominikani an 1937. Etazini soutni rejim militè Maglwa a; li soutni dinasti makout Divalye yo kont pèp ayisyen an. An 1986, li voye avyon chèche Janklod Divalye pou mennen l nan ekzil dore ak lajan pèp la. Li fè lame divalyeris pran pouvwa a ak Nanfi pou frennen mouvman demokratik ayisyen an e anpeche l devlope an yon revolisyon ki ta kab met an kòz rejim kraze-brize opresyon politik la, ki limenm fè pati sistèm eksplwatasyon ekonomik kapitalis la. Se ak konplisite l ankò lame masakre pèp la pou anpeche eleksyon 1987 yo. Se ak konplisite l e konplisite lame ke Lafontan ak makout li yo tap pran pouvwa a an janvye 1991, si pèp la pat leve-kanpe. Se ak konplisite l, lame fè koudeta septanm 1991 lan. Se sou zòd li, OEA ak LONI fè dilatwa depi 3 zan pou penmèt Sedras, Byanbi, Michèl Franswa ak gang atache yo toufonnen mas ayisyen yo e anpeche prezidan Aristid tounen an Ayiti.

Jodia, Ayiti ap travèse youn nan pi gwo kriz istwa l. Ameriken fout nou nan yon enpas, nan yon nas: swa diktati militè-makout la avi, swa yon okipasyon miltinasyonal. Men, m pap tonbe nan pyèj yo. M pou restorasyon «pwosesis» demokratik la an Ayiti; li pa kab fèt, si Aristid pa tounen, paske, kounyea, kòd lonbrik demokrasi a mare ak «Lavalas». Men mwen kont tout entèvansyon militè etranje, kit li ameriken kit li miltinasyonal, paske enterè Etazini ak lòt gwo peyi kapitalis yo an kontradiksyon avèk enterè pèp ayisyen: Y ap chache «maksimòm pwofi» ak travay pi bon mache, alòske mas yo bezwen travay byen peye pou chanje lavi yo. Se lespwa sa a Aristid te reprezante pou yo.

Mwen se youn nan premye ekriven ayisyen ki te rekonnèt Pè Aristid kòm entèprèt aspirasyon mas yo e defansè enterè peyi a. Men, lè l te vin kandida kòm prezidan, m te fè yon deklarasyon pou di mwen regrèt m pat kab swiv li sou teren eleksyon an pou kat rezon: 1) m pa fè lame Dayiti konfyans; 2) m pa fè Washington konfyans; 3) m pa kwè mas ayisyen yo te òganize ase pou pran pouvwa a, e si jamè yo te pran l, pou yo ta kab kenbe l; e 4) gwo feblès mouvman demokratik ayisyen an, sèke li pa ede mas yo prepare tèt yo pou yon lit ame, pou yon lejitim defans, devan yon mons ki pare pou devore yo. Men pèp la tounen zam eleksyon an kont klas dominan yo e kont enperyalis la. Li chwazi Aristid prezidan ak yon majorite 67%. Ayisyen tankou etranje, tout moun gen pou respekte volonte pèp la. Men lè w pa gen fòs ame popilè, lè lame tradisyonèl ak lapolis makout kraze menm brigad vijilans, ou oblije konte sou solidarite entènasyonal sèlman…

Nou pa dwe konfonn pèp ak gouvènman. Washington, pa ekzanp, pa reprezante enterè mas pèp ameriken an, li pa reprezante mas nwa ameriken yo kap viv nan «geto» ni Endyen natif-natal kap viv nan rezèv yo; li reprezante klas rich yo ak gwo konpayi kapitalis yo; se nan enterè moun sa yo Pantagòn ak CIA ap boule ni Ozetazini ni an Ayiti ni nan tout lòt peyi sou latè. Yo pap fè envazyon pou Aristid ou pou pèp ayisyen an, men pou pwoteje konplis yo: boujwazi konpradò a ki te bay kòb pou koudeta a, epi lame okipasyon endijèn la ki fè koudeta a. Gen yon gwo alyans, yon gwo konplo ant oligachi ayisyen an ak enperyalis yo. Lame ak makout yo, zenglendo, atache, FRAPH, elatriye… ap fè pwovokasyon sou pwovokasyon pou Ameriken fè envazyon vin pwoteje yo paske yo konnen sa yo fè, e yo pè jistis pèp la. Ameriken vle rekonsilyasyon: se politik jeneral yo. Nikaragwa, Elsalvadò, Mwayen-Oryan oubyen Afrikdisid montre toujou genyen de kan ame. Men, an Ayiti, pa kab gen rekonsilyasyon ant bouwo ak viktim. Fòk gen jistis anvan. Rekonsilyasyon a vin apre. Desten Ayiti pa lan men l ankò: li lan men Ameriken. Wè pa wè, avèk ou san envazyon, ap gen okipasyon. Fò nou pare pou konbat li an Ayiti, Ozetazini, o Kanada, an Frans, tout kote nou.

Jodia, batay pou demokrasi a pase nesesèman pa «Lavalas» ak yon mouvman pasifik, paske nou poko pare pou lit ame, e lit ame pa fèt konsa, san òganizasyon, san preparasyon revolisyonè. Men fòk nou aprann lè n fè erè nou pap mache kont «Lavalas» men fòk n ale pi lwen ke «Lavalas». Fòk nou sonje «Chiapas». Fòk pèp la òganize pou l fè fas ak tout sitiyasyon, fòk li ka anplwaye tout mwayen pou defann tèt li e defann peyi a: pasifikman lè l posib, ak zam lè l nesesè. Se sa nèg yo konnen ki fè yo soti pou kraze tout rezistans anvan menm li òganize. Men listwa montre n ni Panyòl, ni Franse, ni Ameriken, ni militè, ni makout pa kab kraze kouraj ak rezistans pèp ayisyen. Te gen Kaonabo, te gen Makandal, te gen Boukmann, te gen Tousen, te gen Desalin, te gen Akao, te gen Chalmay Peral ak Benwa Batravil, te gen Jak Aleksi ak Jeral Brison, men sitou te gen e gen toujou pèp la, mas yo ki te aboli lesklavay, ki te ban nou 1804 e ki va ban nou dezyèm endepandans lan.

Ayiti pap mouri
si nou mouri pou li.

—Pòl Larak Tèks konferans pou «Lafanmi Selavi», Nouyòk, 11 septanm 1994.

N.B.: Dezyèm Okipasyon Militè Ayiti vin fèmen peryòd neo-kolonyal la. Lè fòs okipasyon endijèn yo tonbe nan yon eta dekonpozisyon ki pa penmèt gouvènen ankò, kolonyalism lan, ak Ameriken an tèt, oblije rantre dirèkteman an aksyon pou l regle pwoblèm yo nan sans enterè enperyalis la. Malgre kèk aparans ki kab twonpe moun, kapalis pa chanje: limenm ak eksplwatasyon se kif-kif-bouriko. Enperyalis, ki dènye louragan kapitalis la, pa kab chanje nonplis, se dominasyon etranje li ye: dominasyon ekonomik, politik, kiltirèl. Kolonyalis te konn pran tè w, apre li pran lespri w; enperyalis pran lespri w anvan l pran tè w. Se sak pase Larisi ak Lewòp Oryantal; se sa kap pase an Ayiti. M pat kwè m ta janm wè yon dezyèm okipasyon peyi m, men m pa pèdi lespwa nan pèp ayisyen. Batay dezyèm endepandans lan fèk koumanse.

—Paul Laraque Nouyòk, 4 òktòb 1994

Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Écrivez-nous à: Redaksyon@tanbou.com