Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et courrier: Redaksyon@tanbou.com



Yon liv pa Mumia Abu-Jamal

«Live from Death Row» / Rèl nan Chanm Ekzekisyon

Mumia Abu-Jamal se yon militan nwa-ameriken ki nan chanm ekzekisyon depi plis ke trèz ane, apre tribinal Pennsilvanya te kondane li, an 1982, pou lanmò yon polisye ke yo te mitraye apre li estope Abu-Jamal pou yon vyolasyon limyè wouj. Byenke te gen anpil prèv ki montre ke Abu-Jamal pa ta ka asasen an paske bal revolvè ki te sou li a (pou pwoteksyon djòb taxi li t ap fè) pat koresponn avèk bal ki te antre nan zantray polisye a, tribinal la kondane li sou sèlman temwayaj de-grenn-goch kèk repri de jistis ki t ap chache favè otorite yo. Nan liv «Live from Death Row» (Rèl nan Chanm Ekzekisyon) a, Mumia Abu-Jamal pale de eksperyans li nan prizon e denonse rasism sistèm jidisyè meriken an. Yo te plase dat ekzekisyon misye pou 17 dawout ki sot pase a, men akoz de mobilizasyon dyanm yon mas moun Ozetazini e aletranje, presyon an te fè jij Albert Sabo sispann ekzekisyon an, men li refize òdone yon lòt jijman pou Abu-Jamal. Jounen jodia ka a toujou devan Tribinal Siprèm Pennsilvanya pou apèl. Natirèlman, akoz de travay militan Abu-Jamal pou defans dwa kominote nwa yo e kont eksplwatasyon travayè yo, sistèm lan vle fè tout sa l kapab pou li ekzekite Abu-Jamal. Mobilizasyon an dwe kontinye pou anpeche rasis Pennsilvanya yo asasine Mumia Abu-Jamal.

Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Écrivez-nous à: Redaksyon@tanbou.com