Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et courrier: Redaksyon@tanbou.com



Haiti’s Roots and Freedom Songs

Boston has been host, this year alone, to about five appearances by Haiti’s two prominent pop groups, Boukman Eksperyans and Boukan Ginen, principals in the Haitian musical renewal known as “Sanmba-Rasin-Ginen,” a movement that has changed very deeply Haiti’s appreciation of its traditional African inspired music. In reaction to the Haitian ruling class’ two-century old imposition of the European cultural dogmas as the only reference in the judgement of cultural taste, value, quality and worth, the “Sanmba-Rasin-Ginen” movement takes great pride in its African and Creole roots, claiming them as the most authentic expression of Haitian identity. Boukman Eksperyans emerged about six years ago as the first group of the kind with star quality and worldwide acclaim. Due to an internal split, some of the musicians left and formed Boukan Ginen, who soon reached the same level of appeal and popularity as Boukman; they’ve been touring in Europe, in Canada and the US since the summer of 1995. Today, the two groups have taken Haiti’s traditional music to the forefront of musical respectability, with pride in its authenticity, and hope that it can function as an agent for both cultural and social change. In parallel to Haiti, several “Sanmba-Ginen” groups are being created in the Haitian Diaspora, mainly in New York, Miami and Boston. Batwèl and Tchovi Ginen are two Boston grown groups influenced by the “Rasin-Ginen” phenomenon.

Tchovi Ginen

Tchovi Ginen se youn nan de bann ayisyen nan Boston ki non sèlman aliye mizisyen plen talan, men tou ki gen yon «konsyans sosyal» ak yon ideyal liberasyon pou aktivite mizikal la. Manm «apa-antyè» mouvman samba-rasin-ginen an, avèk yon aksan sou istwa ak politik, Tchovi Ginen genyen karaktè pa li, paekzanp non sèlman mwatye mizisyen bann lan se Blan ameriken, men epitou yo entegre akoustik ak son tronbonn tradisyon Rock-and-Roll ameriken an avèk yon sansiblite ayisyen ki penetre tout bann lan, paske baz, rit ak «santiman» bann lan ret fidèl avèk lespri mouvman Samba-rasin-ginen an. Kouwè Boukan Ginen ki soti de Boukman Eksperyans, Tchovi Ginen soti de Batwèl, ki te originèlman fòme de Idi Jawar Akim, Max Lynce, Smith Nazaire, Daniel Laurent, Jean-Marc X, Jean-Michel Clermont ak [etc. etc.]. Apre yon dezakò pèsonèl ant manm dirijan bann lan (e nan yon moman kote bann lan te koumanse ap fè moun pale de li e swiv li toupatou), Daniel Laurent ak Smith Nazaire kite e fòme pwòp bann pa yo. Jounen jodia tou de bann yo ap fè yon travay serye nan mizik e nan kominote a. Avèk anpil atis konsekan, kou paekzanp gitarist-chantè solis la Max Lyncé ouswa yon dansez kouwè Nathalie Delsouin, oubyen tou tanbouyè Joujou, Batwèl kontinye ap simayen mizik je-klere liberasyon. Se pa yon aza ke tou de bann yo ap prepare yon CD tètchaje ki pral fè anpil bwi, e se pa yon aza tou y ap kontinye mouvman rasin-ginen an, mouvman «zonbi goute sèl» la pandan ke y ap fè moun danse, ponpe, rele, joure, pran plezi yo e chante lavi.

Boukan Ginen nan Boston

Koudèy sou renesans mouvman Sanmba-rasin-ginen an Ayiti e nan Dyaspora

Gwoup mizikal Boukan Ginen, youn nan bann tètchaje k ap simayen mizik yo rele rasin-ginen an, te fè yon ti re-pase nan Boston, presizeman nan John Hanckok Hall nan Boston, jou dimanch 22 oktòb ki sot pase a. Bann lan te nan twazyèm pase li nan zòn lan nan sèlman yon ane, kote anvan-dènye fwa a, nan jounen 24 ak 25 jiyè pase, li te jwe nan klib “House of Blues”, nan Harvard Square, nan Cambridge. Tounen sa a se te pwolonjman yon tounen kote yo te jwe nan anpil peyi Ewòp (Lasuèd, Itali, Almay, Lafrans etc.), epi nan Kanada, plis plizyè vil nan Etazini, pami yo Nouyòk ak Boston.

Nan tout pèfòmans bann Boukan Ginen an, piblik la danse, ponpe, tranble sou yon melodi dous e enganm, nan yon maryaj tanbou, banbou, tchyatchya ak bèl pawòl mizik ki enspire pa eritaj «Sanmba-Ginen» pèp ayisyen an; e li pa enpòtan ke yo Blan ouswa Nwa, Alman oubyen Ayisyen ou Ameriken: tout moun ap voye kò yo nan yon anbyans «perestil», yon anbyans moun k ap viv lavi, k ap danse lavi. Boukan Ginen sòti direkteman de Boukman Esperyans, ki te premye gwoup «rasin samba-ginen» yon ekip mizisyen premye klas te met sou pye pou ekzije respè pou mizik rara/perestil popilè a, e ki desizivman enfliyanse nouvèl vag renesans mizik rasin-ginen jounen jodia.

Boukman Esperyans kontinye ap kalonnen mizik ginen «je-klere» a sou yon plan egal-ego avèk Boukan Ginen, ansanm avèk tou anpil lòt gwoup mizik ginen avangad, kouwè nan Boston Batwèl e Tchovi Ginen, oubyen Chanpèch. Mizik gwoup sa yo ap jwe a jodia, se yon mizik ki revolisyone tradisyon mizikal ayisyen an, e pandan an menm tan «reprann nanm yo» kont travay desounman pwopagann sistèm rasis, patènalis e degradan eksplwatè anti-imen yo simayen nan peyi a.; reprann nanm yo kont yon pwosesis zonbifikasyon ki koumanse depi premye debakman kolon enperyalis nan kontinan Nouvo mond la e ki ap kontinye jodia sou dezyèm okipasyon meriken an.

Sa mouvan Rasin Samba-Ginen an di, se senpleman koze sila a: Lè lelit malapri nan yon peyi desandan Endyen viktim jenosid ak Afriken viktim eksklavaj, yon peyi peyizan rebèl mèt gran bwa, vin adopte e enpoze mizik Verdi, Bethoveen, Tino Rossi, Elvis Presley, Frank Sinatra ouswa Miguel Medillo kou pi gwo mistè lwa patron nan perestil sansiblite mizikal yo, pandan ke menm lè y ap dezapresye kalite valè pwòp richès mizikal pa yo, ou dwe di w gen yon bagay ki pa drèt. Se bagay sa a, yon bagay nou ta rele desounman ideolojik pèp ayisyen an, ke Boukan Ginen ansanm avèk tout lòt bann mouvman rasin-ginen an, vle korije. Yo vle yon de-desounman nanm zonbifye yon sektè pretansye fè soufle sou peyi a; yo vle mande ki sa peyi a ouswa pèp la ye; yo vle reprann tibonnanj yo; yo di ki sa yo vle e ki sa ki dwe fè.

Lè ou tande mizik rasin-ginen sila a, lè w wè mizisyen yo ap jwe, ap rele, ap joure, ap danse e ap «chante lanmou», kouwè Eddy François, yon lidè bann Koukan Ginen an di, se mouvman rasin-ginen menm ou wè an aksyon, an aksyon nan misyon yo bay tèt yo pou «fè zonbi a goute sèl», pou fè moun renmen moun, e pou sitou fè oprime yo renmen tèt yo. Paske yon moun pa ka reprann nanm li sil pa renmen tèt li; e li pa ka renmen ni ede lòt moun sil pa gen sans ki kote li sòti e ki kote li prale.

Eddy «Ginen» François di li te koumanse ekri mizik «diferan» depi lè li te toupiti, kote li te konn ap eksperyanse nan pwòp sen fanmi li (esepte pou manman li ki te toujou sipòte li), menm alyenasyon sosyal ak zonbifikasyon espirityèl ki te anpare tout peyi a. Pou l te ka kenbe lespri enganm, e pou l te ka chache nanm li e renmen tèt li, li te sètoblije rejte tout «salopri mizik» li te konn tande yo; epi ale nan «sous mizikal-kiltirèl bò lakay», nan lakou perestil lespri yo, pou ansanm-ansanm adopte l e anmenm tan «re-envante yon mizik ki fondamantal e ki ka eksprime nanm ak idantite pèp la.»

Diran twa ane rejim koudeta a, Boukan Ginen te pase anpil tribilasyon anba men malfektè putchis yo. Anpil manm bann lan, kouwè pa ekzanp Eddy François, Zaka, Matisou oubyen Tontonnwèl, te viktim arestasyon, kout-baton ak entimidasyon pa rejim poutchis makoutik la; gen ka menm, kouwè nan ka Zaka, se entèvansyon yon «gwo-ponyèt» yon konnen ki sove lavi yo.

Boukan Ginen gen yon karaktè espesyal nan mouvman rasin-ginen an, paske yo aproche eksperyans mizikal la tankou yon relijyon, tankou yon mode de vie, tankou sitou «anvwaye» yon misyon, kouwè Matisou di, desten depeche yo pou yo akonpli. Sou gouvènman Marc Bazin, diran rejim putchis la, kan Bazin te pwopoze Boukan Ginen yon òf senkant mil dola pou yo jwe nan yon «aktivite kiltirèl» sou kondisyon pou yo wetire yon refren ki te kontredi pwopagann Bazin sou swadizan «pwojè devlopman» li te gen pou peyi a, mesye yo nonsèlman kategorikman refize wetire kouplè a, men yo refize jwe tou pou Bazin paske sa te ale kont prensip politik yo. Refren an te di:

Ou di ou gen remèd ki ka geri maladi, O!
Ou di konbyen moun ou trete nan peyi a, O!
Magouyè, O!
Ou mèt vole-ponpe:
Vole w a vole!

Mesye Boukan Ginen yo kwè ke se yon eksplwatasyon pou tiboujwa yo ap jwe mizik rasin-ginen san yo pa «remèt-bay» peyizan ayisyen yo pwofi ekonomik yo tire nan itilizasyon mizik tradisyonèl peyizan yo. Ansanm lan peye tout mizisyen yo menm valè lajan, apre yo wetire frè ak depans. Kounyea, Eddy «Ginen», Zaka ak [Marousi], ki konsidere tèt yo kou «manm mistik» mouvman rasin-ginen an, ap devlope pwojè pou yo fè «lakou lwa» yo patisipe pli entegralman nan mouvman an e pou fè yo benefisye ekonomikman de renome mondyal mizik rasin-ginen an. Kouwè yon repòtaj trè lwanjè New York Times 25 jiyè pase a te di, menm move-tan pa anpeche mizisyen Boukan yo chofe: se te anba van, labou ak lapli yo te fè yon gwo piblik mele ant Ayisyen, Ameriken ak lòt nasyonalite vole-ponpe, nan ete dènye, nan Central Park nan Nou Yòk, sou rit samba ak Nibo. Kouwè tou yon fanatik te di: «mizik sa a se yon mizik ki soule w pandan ke l ap fè konnen e renmen tèt ou».

Fenomèn mizikal k ap dewoule nan mouvman rasin-ginen an, patikilyèman nan sa nou rele «revolisyon mizikal ak konsyantizasyon kiltirèl» ki idantifye otantisite, kòlèk zantray «rasin» mouvman an, gen lyen dirèk avèk aspirasyon istorik pèp la pou liberasyon. Avrèdi mizik ginen gen anpil «précurseurs», sètadi anpil lòt moun ak gwoup ki te koumanse jefò renesans la pandan tout rès peyi a t ap dodomeya sou enfliyans mizik «san koneksyon».

Pami zansèt mizik pyone je-klere sa a, genyen plizyè moun, gwoup oubyen ekspresyon kiltirèl ki vin nan lespri nou. Nan dènye senkant ane ki sot pase yo, te gen dabò fenomèn bann madigra nan Potoprens yo ke nou ta ka rele «madigra lwijanboje» yo, ki te reprezante pa de bann prensipal: «Otofonik» e «Lagrannpwisans», nan ane 1950–1960 yo. Nonsèlman bann sa yo te jwe yon mizik sou yon rit ki te pi pre «rasin» mizikal pèp la, men yo te devlope tou yon «kilti lwijanboje» patikilye, kote si ou pat gen fanm oubyen gason sou ou pat ka antre nan bann lan. Anbyans madigra bann sa yo te sèvi tou tankou yon sòt «lakou lagè kòk kalite» kote tout kont-mal-taye vin regle: gagann, kout pwen, kout wonga, kout kouto ak kout zam te pami «rityèl» bann sa yo. Natirèlman te gen anpil moun tou ki te apresye bann sa yo pou anbyans «kominyon popilè» yo te ofri a, men sa pat anpeche dabò diktati Paul Magloire a, e pi ta, gouvènman sanginè Papa-Doc la rekrite nan bann madigra sa yo eleman «lwijanboje-makoutik» yo pou yo ede tabli yon sistèm vyolans pi sistematik e òganize.

Apre yon peryòd nou ta ka rele «peryòd Compas-Direct» la (ki te bay Jazz-des-Jeunes, Nemours Jean-Baptiste, Webert Sicot, “Mini-Jazz” yo, elatriye), te vin pran pye, nan yon peryòd trè brèf, apeprè ant 1972 ak 1980, sa yo te rele «mouvman rabòday» la: yon mouvman espontane, non-òganize, kote gwoupman moun, nan nivo katye ak zòn lokal, met sou pye rapido-expreso, bann mizikal sou modèl rara, nan nonsèlman Pòtoprens, men tou nan milye kelke lòt gran vil Ayiti yo. Oganize mizikalman daprè modèl rara a (batman tanbou, son feray, grondman banbou, refren, kadans, elatriye), ki te sèvi l enspirasyon, mouvman rabòday la, ki reprezante presipalman pa gwoup kouwè «Lepèpsamiz» oubyen «Lobodja», te devlope yon rityèl dans vire-won an patikilye, dans «kout pa Nago», ansanm ak yon talan espesyal pou fè makonnen mizik ansanm ak «voye-pwen politik» nan yon lespri pou sansibilize konsyans liberasyon pèp la. Sou preske diran tout tan rejim janklodis la (byen anvan, oubyen dimwen «an paralèl» avèk mouvman ki te rele «près endepandan» an), rabòday la te pratikman sèl ògan politik revandikatif rezistans ayisyen an te genyen (e anplwaye) kont babari divalyeris la. Endividi militan kouwè frè Gônail yo, Konpè Filo, ouswa Jean-Robert Hérard, te jwe yon wòl aktif nan pwomosyon politik mouvman labòday la.

Apre mouvman rabòday la te vin genyen tou Manno Charlemagne ki vin premye mizisyen ayisyen, nan tan modèn mizik revandikatif la, ki non sèlman fè jwenn mizik ak politik sou yon plan egal-ego, men tou ki devlope «konsepsyon mizik» la pou l fè l di e akonpli anpil lòt pawòl ak fonksyon ki ale nan sans «liberasyon» endividi ouswa gwoup oprime a—san wetire itilizasyon sous mizikal ak eritaj kiltirèl vodou a kou yon referans lijitim pou karaktè ak kalite mizik la.

Ansanm ak mouvman rabòday ouswa Manno Charlemagne, genyen tou anpil lòt gwoup kouwè Pikoanaya ouswa Sa, oubyen mizisyen endividyèl kouwè Anayika, Farah Juste oubyen Sò Ann, oubyen tou gwoup ayisyen kou etranje ki te enfliyanse mouvman rasin-ginen, kou paekzanp Atis Endepandan nan Nouyòk, e mouvman radikal mizik revolisyonè “reggae” a, avèk patikilyèman Bob Merley, Steel Pulse, Mutaburuka, elatriye; san konte tou pwòp «négritid» militan istorik pèp ayisyen an. Se tradisyon mizikal, kiltirèl, kontestatè, rebel e liberatè sila a mouvman samba-rasin-ginen an vle kontinye pou chache tabli «otantisite» ak idantite pèp la, sètadi nonsèlman montre sa li ye e vle, men tou reflekte yon «reyalite reyèl» ki reyalite pa li. An rezime, mizik rasin-ginen an se yon mizik-konsyans, yon mizik liberasyon, ki redefini wòl sosyal tout aktivite atistik pandan ke l ap selebre bèlte lanati, kalite lavi ak richès eritaj kiltirèl pèp «ginen» yo.

—Tanbou novanm 1995

Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Écrivez-nous à: Redaksyon@tanbou.com