Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com



Pwezi ann ayisyen

Powèm pa Roseny Blanca

Jounen Mondyal Dlo

Yon ti gout dlo, li tou piti
Ki sa n ap fè avè li ?
De ti gout dlo,

Yo pa menm gran
Ki lè n ap gen tan ?
Twa ti gout dlo se lasisin
E powèm sa a fini

Egzanp

Bayakou se yon fyète
Pou tout moun yo gen respè
Nou rele yo pou afè dlo sal ak lasante
E tout kote yo pase, yo fè pwòpte

Bayakou se yon kado
Lò nou reflechi, nou tout bezwen yo !
Pa gen pèsonn ki pa fè poupou,

Ki pa fè popo
Oswa nou t a tout fè vwèl pou peyi san chapo.

Bayakou se yon sous lò
Yo jwèn plis pase lòtbò
Pitit yo pa rete andeyò
Men aprann lekòl pou yo vin fò

Bayakou pa souse dwèt yo jis aprè travay
Pran plezi, fè kòb, gen yon tan pou tout bagay.

Chita pa bay : ou aranje kay w,

Anvan gen loray.
Yo pa rantre nan tripotay,

Nan lavil tankou a lakanpay
Yo fè anpil pou nou,

Men twòp yo twòp rete nan lonbray.

Bayakou se yon egzanp
Yo fè kòb, yo swe, yo gen tranp
se pa sèl «bwè, manje, jete» : yo fè rant
Lavi a rèd, e lavni yo gen bon sant.

Bayakou se proteksyon
Yon travay pou ajoute nan dividal anbisyon n
Ekonomi bag, plantasyon, anviwonnman, pwogrè lanasyon
Nan men bayakou gen bèl orizon

Bò kote m

Pou dat yo konnen,
Li di l :
«Wi doudou !
Ou damou, ou fou pou mwen
Lanmou w sere m, antòtye m
Ou damou, ou fou pou mwen
Wi doudou !

Cheri doudou : sanble ou timid ?
Ou pa yon vye gason fwonte
K ap simen pitit li tout kote
Ou pran tan w
Lè ti twou a pare pou ou :
Ou plante nan mwen.

Anne yo ap pase,
Ou pa mande rete :
Ou fouye m, lannuit kou lajounen
Ou fouye m.
Nannan mwen, ou pouse
Tankou se fon zantray mwen ou chache.
Pa gen sezon,
Ou fouye m, lannuit kou lajounen
Ou fouye m.
Nannan mwen, ou pouse
Tankou se fon zantray mwen w ap chache

Ou pa menm di ditou !

Pa gen okèn kay, ou paka bite m pi rèd ankò
Ou t a fè menaj avè m tout kote !

Cheri Papa : pitit nou yo pouse, yo grandi
Tim-Tim !
An n al chache ti Pyè !
…Pitit sa sanble rive avan nou !

M renmen ti lodè w
M ap swiv ou, k ap swiv mwen
Ou rete avè m, menm lè m ap glise
Avè w m santi konfyans ak lasante
E tout vye ravèt yo fini danse
Ou gen lespri, ou pa nan pale franse
M gen chans krontre ou : se verite !

Lavalas mèt tonbe, mwen konnen ti vetivè m
Ap toujou veye sou mwen menm : ti tè li a, li renmen
Vètivè gen anpil gwo kalite :
An nou sèvi avè l tout kote !

Lavni beni

Kreyòl pale, kreyòl konprann
Vin eseye : n ap vin pi fò ansanm

Pa janm sispann pran plezi
Pa janm sispann pale an daki
Pa janm sispann reve je louvri
Pa janm sispann renmen lavi
Pa janm sispann aprann ak li
Pa janm sispann koute e ri
Pa janm sispann chante,

Danse tankou yon kabrit

Kreyòl pale, kreyòl konprann
Vin eseye : n ap vin pi fò ansanm

Pa janm sispann proteje lanati
Pa janm sispann dekouvri lòt mèzi, lòt kilti
Pa janm sispann kontre vrè zanmi
Ansanm, ou mèt chita, oswa mache nan lari
Pa janm sispann pran nouvèl fanmi
Pa janm sispann kwè nan agrikilti
Pa janm sispann dekouvri lòt kilti, lòt peyi
Pa janm bliye Ayiti.

(2017)

—Roseny Blanca 2017

Powèm pa Tontongi

Mizikal pou tinèg Mirabo

Yon mirak negatif kont pwòp enterè pa l
Ansanm ak enjistis nan peyi blan rasis
Vin fè Mirabo tonbe nan koze degenngoch.
Kondisyon malmennen vin fè l yon move save
Nan demele pou viv san w pa gen tout zouti.
Kondisyon viktim li tounen obsesyon pou revanj
Revanj kont marengwen k ap souse san po li,
Revanj kont matla sou beton ki fè l bliye dòmi.
Li reve laglwa, lajwa, lavi bon vivan sou pouvwa,
Pouvwa ! Menmsi se pouvwa kont limenm,
Pouvwa kont kwayans li,
Pouvwa kont klate vizyon li,
Pouvwa kont inosans lavi,
Pouvwa kont sa ki bèl, ki resplendi !

Apre l bat madanm li, timoun li ak bòn li
Lapolis pran Mirabo nan gran midi sonnen
Nan Jòj Wachinntonn Istrit nan sen dawountawoun
Lè l te al pran yon gòg nan yon klib nan Boston.
Yo vòltije l jete nan yon kwen nan Kafou
Kou yon vye sak fatra Lakomin refize !

Nan yon mizansèn lamizè toupatou
Militè k ap tiye, masakre, ekzile, kraze yo
Ak pèp k ap reziste kankannen nan lafamin
Mirabo vin deside pou li pa pèdi lespwa menm lè
Pou li pa pèdi lafòs, pou l kontinye goumen
Pou sa l te toujou vle, pou sa l te toujou kwè
Menm lè tounen kou yon pye bwa bati sou beton !

Men Mirabo te viv nan labirent alyenasyon
Li vin sikonbe anba ezans dekourajman.
Mirabo vin bliye kriye, li vin bliye jwe,
Menm yon bèl tèt mouda ak yon plat mayimoulen
Ak sòs pwa nwa benyen nan aransò sou zonyon
Pa t reyisi mete yon souri sou bouch li,
Tout bagay pou li vin tounen yon gwo sò
Li vin pèdi lespwa nan sò kretyenvivan.

Jounen 30 septanm nan lane 1991
Lè panzouyis yo deklennche gwo tank
Nan lari Potoprens pou masakre tinèg
Lapawòl vin tounen dizon zonbi nan govi
E non pa bèl zouti pou chanje lavi,
Li vin tounen voyemonte pou magouyè
Diskou pou mistifye nanm vanyan.

Apre plizyè milye moun vin deperi
Tout bagay vin tounen miraj, ilizyon
Revelasyon desten sa a koze yon gwo detrès
Menm bèl ti chòbòlòt madanm misye
Vin pa atire santiman gason konpè mwen
Mizè moral la vin yon eta nòmal ki ba l
Chagren ki fè l rayi pwòp tèt li
Se konsa Mirabo vin trayi zanmi li ak tèt li.
Yon gwoup dechoukè reyini sou Pòtay
Premye non sou lis yo se te non Mirabo
Men gen yon nonm nan gwoup la ki rekonèt
Misye se menm moun ki te sove yon sè l
Lè kantè l t ap nwaye sou wout lanmè Florid
Li mande onon Bondye pou yo sove lavi Mirabo.

Misye pran chans yo ba l la tankou mirak Lesyèl
E li fin sèman mande fòk sa chanje.
Li refize asepte pou l fè sa konsyans li pa vle,
Li deside pou l travay pou bagay chanje.

(2017)

—Tontongi

Powèm pa Patrick Sylvain

Zanmi Manno

I

ka monte tab sou fòm lakòl pou maymay ka al lekòl
Gen dis dwèt k’ap graje kokoye pou kòk-graje
pou flann sou ray pa tounen opa nan Lamanten.

Gen dis dwèt k’ap graje kòd pou monte Senròk
ak lespwa nan vwa pou toutrèl Simalo pa nan rèl
lè Gwo Jowèl vin komokyèl depi nan fòfyèl.

Gen dis dwèt k’ap graje ak tout fyèl pou lajenès
pa rantre nan bavòtay Laklas ’71 pou tache lespwa
pi fonse sou ble dakwonn ki fè toutrèl pa ka wè syèl.

Veye non, veye non! Menmlè ou gen yon kòd
ki manke mi. Veye non, veye non!

Gen dis dwèt k’ap graje kòd pou fa pa re mi sou do
lè grangou fè sè n’ dodo san mezi ki bay tyovi san papa
pa pè Pap, pap-pa-da kote papa. Nou baskile dis pa.

Gen dis dwèt k’ap graje san graj, san cha-blennde
sèlman yon vwa ak yon gita ki salanbe tout dra
ki vlope malpwòpte kay gwo mouche. Nou pa ti sale.

Gen dis dwèt k’ap eseye lote, gen dis dwèt k’ap graje
kwak gen anpil kòd ki kase, lòt ki mal akòde ; men ou,
Santinèl lakonsyans, vwa ou deja grave plizyè jenerasyon.

II

Manno, ou te di zanmi an pou li abandone
Ti kivèt kleren an, paske li twonpe l’ de lye,
Li twonpe l’ dane, li menm bliye mwa Novanm
Se mwa Gede, se mwa revòlte. Men,
Devan ti bivèt kleren an lakonsyans
Pa ka mache anndan yon pyès teyat ki derefize
Mal dewoule. Pandanstan antèman chante
Nan banbou. Manno, ou te gen rezon,
Nou gen mès matlòt. Nou derefize konprann
Malè zòt pote nan ganmèl sinistre se manje gate.

Veye non, veye non ! Menmlè ou gen yon kòd
ki manke mi. Veye non, veye non !

Mwen sonje sa Bawon te di ou: «simityè plen moun,
Men se pa Bondye ki touye yo. Se kretyen vivan
Ki touye yo.» Se pè-ditè ki detripe lavi san yo pa bay
Lavi k’ap eseye fleri depi lendepans. Di m’ Zanmi
Manno, ki lè n’ap desann masuife san nou pa di
Bondye bon ou byen rete tann tankou zonbi
k’ap tann sèl. Ou gen dis dwèt k’ap graje sis kòd
Gita pou demare lakonsyans, fè lajenès bandaye
Tankou papiyon nan chan flè twonpèt ak choublak.
Ou gen dis dwèt ki pafwa tranpe nan yon vè tafya
Tèlman lamizè manje zong, pachiman konsyans.

Veye non, veye non ! Menmlè ou gen yon kòd
ki manke mi. Veye non, veye non ! Si yo kwè
nou se flè, keyi n’ pou n’ wè. Veye non !

Zanmi, m’ap prete lavwa pou m’ demaske mèt lavi
Ki fè kontra ak zagribay pou kontinye kouche
Ti maymay sou pay pou de-twa krizokal. Zanmi,
M’ap prete lavwa pou m’ pote plent kont asasen
Ak zye louvri pou m’ louvri dyòl zonbi ak sitwon
Pou rezoud pwoblèm lan anndan. Ou temwen,
Ou konnen anba pye mapou tout zye ki pran
Nan piman ka jwenn tretman. E se la tou
Pou n’ pa tralala, pou n’ demare kòd sal depi
Diktan. Lamitye, se ak dis dwèt ou demare kòd,
Se ak dis dwèt ou graje kòd sou yon gita pou
Lakonsyans pa kloure tèt anba sou kwa mazaka.

(Janvye 2010–Janvye 2018)

—Patrick Sylvain

Powèm pa André Fritz Dossous Papados

Orevwa Manno !

li ale, ale, ale
nan wout ale nèt
pa janm tounen
n’ap wè li sèlman
nan somèy nou

(refren)

ooo n’ap wè li
n’ap wè li
n’ap wè li nan rèv
rèv lespwa nou
ap chante pou mizerab
nan peyi dayiti yon jou
goute moso lajwa, lagete !

n’ap wè atis pwogresis la
n’ap wè li ak gita li
ap akòde do, re, mi, fa
lavi si di pou ti ayisyen n yo

ooo n’ap wè li nan rèv nou
ak gita li kòm sèl zam
ap fredone, bougonnen
kalonnen abizè, eksplwatè
pou lavi miyò fleri
nan lanjelis diswa pita
pou ti tchovi, tout timoun
k’ap grandi nan peyi dayiti

(refren)

(13 desanm 2017)

—Profesè André Fritz Dossous Papados

Powèm pa André Fouad

Misye Prezidan DÉ «TRUMP»EZ-VOUS

(An repons ak deklarasyon prezidan ameriken an Donald Trump)

Peyi m se on boul dife
pyès kanno
son istwa wololoy
gen lè ou manje manje bliye.

peyi m se on chay nanm lespwa
chay nanm rezistans
se on bèl chante lakou soukri
se on chay zetwal anpenpan
pou lavi pa mouri.

—André Fouad

Haitians and supporters protesting in Boston City Hall Plaza on January 25th 2018, against the Trump administration’s suspension of the Temporary Protected Status or TPS program for Haitians and others.

Haitians and supporters protesting in Boston City Hall Plaza on January 25th 2018, against the Trump administration’s suspension of the Temporary Protected Status or TPS program for Haitians and others.

Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com