Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com



Nou sonje Manno Charlemagne (1948–2017)

—pa Tontongi

Mwen konnen Manno Charlemagne depi nan adolesans mwen nan Kafou (komin zòn sid Pòtoprens), lè m te gen 15 zan. Se te epòk lè mini-djaz Les Fantaisistes te fèk fòme nan Kafou. Nou te gen yon sòt de gwoup mizikal altènatif nan katye a, zòn Kotplaj, ki te rele Les Remarquables. Manno te chantè nan djaz sa a.

Misye te gen yon pwojeksyon ak yon sonorite vwa remakab ki vin rapidman popilè pami nou nan katye a. Mwen tande nan zòrèy mwen ankò baritòn vwa Manno lè l t ap chante nan Les Remarquables, swa nan repetisyon, oswa nan yon fèt lakay youn nan mizisyen yo, oswa lakay yon fanatik djaz la. Youn nan mizik nou te renmen tande Manno ak egzekite se te yon mizik The Beatles ki te rele « Yesterday », ki gen premye liy yo ki di : « Yesterday / All my troubles seemed so far away / Now it looks as though they’re here to stay / Oh, I believe in yesterday » (« Yè / Sanble tout pwoblèm mwen yo te ale lwen / Kounye a sanble yo isit la pou yo rete / O, mwen kwè nan yè »). Nan katye a nou te rennen vèsyon entèpretasyon Manno a plis ke pa Paul McCartney a.

Gen yon dezyèm konfigirasyon Manno ki vin parèt vè fen premye diktati divalyeris la rive vinisman Jean-Claude Duvalier o pouvwa an 1971. Dezyèm konfigirasyon Manno sa a vin yon sòt revelasyon pou anpil nan nou nan zòn lan. Si n konsidere epòk la, li te menm parèt kou sa Freud rele a yon « dezi lanmò » : mizik li yo vin kareman politik, menmsi avèk flavè atistik e referans kiltirèl, fasilman dekriptab pa rejim lan. Mizik Manno yo vin, avèk letan, kreye yon travay desap, yon ewozyon iretounab ki kontamine diktati divalyeris yo.

Nouvo faz Manno sa a—sètadi mizik kòm angajman politik—te enterese mwen anpil paske, mwen tou bò kote pa m, mwen te vin entelektyèlman trè kirye, e politikman trè dispoze pou m opoze rejim politik nan anviwonnman an. Donk, li pa t pran lontan pou noumenm jèn nan Kafou, pou nou atire pa mizik Manno yo, dotanplis yo gen kalite atistik e mizikal ki te patikilyèman rejwisan. Kontrèman ak sa nou te ekspoze e konn tande nan mizik alepòk la—mini djaz, chansonèt fransèz, ranchera espayòl, elatriye—, mizik Manno yo parèt « diferan » sou plizyè ang : yo senp, klè, melodye, entelektyèlman konplèks, kritik kont reyalite politik e ekonomik malouk nan tan an, e eksprime a wòt vwa, nan chanson, kesyonnman anpil moun te genyen.

Angajman politik mizik Manno yo gen plizyè volè. Dabò, akoz de konesans entim li genyen de relijyon vodou a (li pase tan nan perestil vodou nan Kafou), li pwize prèske majorite melodi mizik li yo de melodi mizik lakou vodou yo. Ou wè nan mizik Manno yo yon jefò konsyan pou entegre listwa, kilti, tradisyon, eksperyans, trajedi ak lespwa pèp la nan zaksyon konkrè pou chanje reyalite politik oswa sosyal mizik la ekspoze, denonse a.

Li pa t pran lontan pou mizik Manno yo vin kreye yon gwoup disip nan zòn Kotplaj lan, yon gwoup ki sèvi pi souvan kòm koral ad hoc. Anpil nan premye mizik Manno yo koumanse oswa devlope pandan l ap fè yon serenad avèk nou nan katye a, kèk ladan yo anba galri lakay mwen nan 84 riyèl Palma ; gen lè li konn di m : « Eddy, oswa, mesye, tande mizik sa a », epi li chante premye kouplè, epi lòt, anpil ladan yo li enpwovize pandan l ap serenade a. Anpil nan nou nan zòn Kotplaj la—moun kouwè Tiden, Kòdò, Michel Gilles, Ti-Jacques, Yvon Lamour, Jean-Robert Boisrond, Jean-Robert Souffrant, Serge Lamarre, mwenmenm, elatriye—, vin patisipe nan serenad Manno yo paske anpil nan chante l yo te trè reseptif a patisipasyon gwoup moun k ap fè kè. Nou te atire a miziz la tou, patikilyèman e sitou, pou lespwa chanjman li te ekzòte moun antreprann.

Natirèlman, kòm tout serenad ki respekte tèt li, wonm ak kleren te gen plas predileksyon. Se konsa, kou wè yon bann zobop, ou ka wè, « bann Manno a » (gen moun ki rele l an kachèt « bann kamoken Manno a ») ap jwe nan yon kwen lari nan mitan lannwit. « Serenad » Manno yo te alafwa reyinyon politik, diskisyon asanble filozofik ak banbòch chanpèt kote nou debat konsèp demokrasi parapò ak diktati, sosyalism, kominism parapò ak kapitalism, ke nou denonse kòm kontrè a enterè e ideyal imanite. Menmlè se te yon gwo risk pou sekirite nou ak sekirite fanmi nou, nou kritike ouvètman rejim Papadòk la, e pi ta, rejim Janklod la ki siksede l la. Nou te wè toulè de kòm yon rejim asasen e anti-pèp k ap mennen Ayiti nan dezas. E, deja, nou te gen konfyans ke se sèl pèp la ak klas pwoletè e peyizan yo ki ka di yon mo nan sa e mete fen nan malè Ayiti ap viv la.

Manno, mwenmenm, Yvon Lamour, Jean-Robert Boisrond e kèk lòt nan gwoup lan te gen kèk nosyon de Jean-Jacques Rousseau, Karl Marx, Jak Roumen, Jean-Paul Sartre, Simone de Beauvoir, elatriye. Se de Manno m aprann egzistans Antonio Gramsci, e se de li tou m aprann de Nicola Sacco e Bartolomeo Vanzetti, de imigran e anachis Italyen gouvènman meriken te egzekite an 1920 sou baz fos akizasyon akoz de konviksyon politik yo. A yon sèten moman « bann Manno a » vin pran abitid pou n al bò lanmè Kotplaj la, nan mitan lannwit e rete la jiska senk, sis zè dimaten, grize kou pipirit. Alepòk sa a deja, nou tout nan gwoup la te konnen byen, nan mizik Manno yo, nou te gen devan yon fenomèn ki enpòtan e ki gen potansyèl pou l anvayi konsyans nasyon an.

Mwen kite Ayiti pou Lafrans an 1975, e m pa t etone lè m vin aprann rankont Manno avèk mouvman demokratik ayisyen an ki vin jèminen avèk entelektyèl e jounalis kouwè Jean Dominique, Konpè Filo, Marcus Garcia, Pierre Clitandre, Lilianne Pierre-Paul, Dany Laferrière, Richard Brisson, Pierre Fardin, elatriye. Asasinasyon Gasner Raymond an 1976 anba men asasen Janklod yo, olye l dekouraje mouvman demokratik la, kouwè asasen yo te espere a, li vin enpilse l, ba li plis ponyèt. Rankont Manno avèk mouvman demokratik ayisyen an se yon evolisyon natirèl mizik Manno yo, men, nan yon sans, mizik Manno yo depase kad etwa mouvman demokratik la. Kouwè mwen di nan yon omaj mwen ekri sou mizik Manno yo an 1981, mizik li yo se eko yon pwofondè malè pèp la ak peyi a. Li se « yon chanson san lajwa, san dans, ki chante laperèz nou, malè e angwas nou, li se kri yon zwazo ki vle vole, yon timoun ki vle ri e yon nonm ki vle yon mòso pen. Yon chanson ki di ansòm yon pwaye pye bwa pa dwe reye nan enpinite sou forè imans la ».

Si rankont Manno avèk mouvman demokratik la avanse li nan yon dimansyon nasyonal, se legzil Manno an 1980 ki fin fè l pran pozisyon definitif pou enstwimantizasyon mizik li yo osèvis ranvèsman Janklod e pou avènman yon rejim politik revolisyonè, popilè e sosyalis ann Ayiti.

Konsènan konviksyon antidivalyeris e sosyalis Manno, depi m te konnen l kou ti jènjan nan fen ane 1960 yo rive jiska lanmò li an 2017, santiman l pa janm chanje an tèm de idewoloji li adopte. Byenke li regretab li vin anbrase Michel Martelly, jwe avèk li sou sèn e menm asepte pou l vin travay nan administrasyon l lan, mwen konprann Manno fè sa plis pa lwayote e rapò pèsonèl li genyen ak Martelly ke pa koripsyon konviksyon politik li. Gen yon kote nan Manno ki te toujou ouvè ak lòt eksperyans ; li te pran plezi aprann ke gen tonton makout ki renmen mizik li, e gen ka kote tonton makout entèvni pou sove lavi li.

Palan de ouvèti Manno ak lòt eksperyans, lè m te pale de enterè Paul Farmer, yon doktè etazinyen pwogresis, te montre pou l rankontre l e travay avèk li, li te montre anpil enterè pou l te rankontre Paul. E li pa t pran lontan pou yo te vin pwòch e kolabore nan kèk pwojè ponktyèl, patikilyèman lit kont estigma sida nan fen ane 1980 yo.

Mwen toujou santi yon atachman pèsonèl ak mizik Manno yo e ak eklozyon yo nan imajinè kiltirèl ayisyen an kòm fenomèn rezistans kont opresyon, kont eksplwatasyon èt imen pa lòt èt imen, kont tout valè boujwa ki eskli lòt moun, ki eskli bòn ak jeran lakou, ki eskli pwoletè ak peyizan, ki eskli moun ki pa pale franse. Palan de pale franse, yon lòt karakteristik mizik Manno yo, se anbrasad lang kreyòl la kòm ekspresyon prensipal layitasyon chante l yo kòm langaj atistik, kòm langaj pwetik. Manno jwenn yon fason patikilye—yon estil—pou l rann melodi mizik li yo senp san yo pa senplis, refleksyonik san yo pa prechi-precha, angaje san yo pa didaktik, ni lang de bwa.

Etan limenm pèsonèlman viktim, ak laj 15 zan, de abitrè rejim divalyeris la e de agresyon tonton makout yo, Manno devlope yon layèn prèske òganik anvè fatra makoutik yo. Mwen te santi santiman sa a lakay li depi premye fwa mwen te rankontre l. Santiman antidivalyeris pwofon sa a fè li te natirèlman byen dispoze pou l vin kolabore ak mouvman e opozisyon demokratik la. Li demontre nan mizik li e nan aktivism politik li, yon elan vitalite eksepsyonèl alafwa kont sistèm malouk e represif divalyeris la e kont sistèm eksplwatasyon sosyoekonomik ayisyen an an jeneral ; yon aktivism li deplwaye non sèlman diran ane ki presede represyon mouvman demokratik la ann Ayiti, men tou nan premye legzil li ann ete 1980, epi sitou sou rejim militè Konsèy Nasyonal Gouvènman an (KNG), yon gouvènman divalyeris san Divalye yo, kote plizyè fwa Manno mete lavi li an danje nan militantism li, vwa menm nan afwontman li montre anvè rejim KNG a. Peryòd sa a se te moman laglwa Manno. Travay mizikal e militantis li nan moman sa a, ansanm ak aktivite revandikasyon opozisyon demokratik la an jeneral, ann Ayiti kou nan dyaspora, vin kontribye nan batisman teren ki abouti nan kandidati, epi eleksyon Jan-Bètran Aristid nan eleksyon prezidansyèl desanm 1990 la.

Viktwa Aristid nan eleksyon sa a—ki te vin posib akoz de kowalisyon yon grann pati opozisyon demokratik la, espesyalman goch e sant-goch la, avèk mouvman Ti-legliz yo e aktivism politiko-moral Aristid, daprè prensip tewoloji liberasyon an—, vin montre pèp la enpòtans e potansyèl inite kòm faktè chanjman ; e sa te ouvè tout yon nouvo chan posiblite a mouvman demokratik ayisyen an, e mouvman revolisyonè ayisyen an tou nan yon sèten mezi. Men, malerezman, fòs antichanjman yo, sou enpilsyon aktif milye reyaksyonè etazinyen yo, ki ankouraje pa pozisyon anti-Aristid gouvènman premye George Bush la, lanse yon koudeta kont gouvènman Aristid la, sèlman sèt mwa apre l vin o pouvwa. Menm kowalisyon ki te met Aristid o pouvwa a, goumen pou l retounen o pouvwa. Men dezagreman koumanse parèt lè Aristid dakò pou l reprann pouvwa a avèk èd marin Etazini yo.

Diran jenès nou, byenke m te admire charism li antanke ene mwen de kat tran, nou konn gen diskisyon anfyevre ki abouti a dispit. Yon ane anvan m kite Ayiti an 1975, nou fè yon gwo kont yon dimanch aprèmidi pandan youn nan pèfòmans gwoup ad hoc nou an ; kont sa a fè anpil nan manm gwoup la mal paske li te anpeche m patisipe nan serenad yo jiskaske m kite Ayiti, menmsi lè nou kwaze lòt nan yon lòt veni, nou salye youn ak lòt kòdyalman. Mwen vin reyini ak Manno nan Boston, nan Masachisèt, ann ete 1981, diran premye egzil li o Zetazini.

Noumenm zanmi Manno yo nan Boston alepòk la—an patikilye Jean-Robert Boisrond, Yvon Lamour e mwenmenm—, nou te antiche de nouvo e premye albòm Manno te sòti avèk Marco a. Albòm sa a, ki repwodui anpil nan chante nou te konn chante nan Kafou nan gwoup nou an, vin ranfòse nostalji n de Kafou, e reyanime kolaborasyon nou ak Manno.

Touswit apre rekoneksyon nou ak Manno, nou òganize yon konsè avèk li nan Strand Theatre nan Boston, avèk koutmen radyojounalis Frantz Minuty, kote 400 imigran ayisyen nan Boston vin tande Manno ap jwe an konpayi de Anaïka, Marie-Carmelle ak Yolande Boisrond. An n remake tou Richard Brisson—gran powèt e dramatij rejim divalye a te egzile nan kad represyon novanm 1980 yo—te la avèk Manno nan konsè sa a.

Natirèlman, menmlè nou admire kontribisyon Manno nan avansman lit liberasyon pèp ayisyen an sou plizyè ang, nou konnen tou, kouwè tout èt imen, misye pa t pafè e te pran sèten desizyon kèk nan nou pa t dakò avèk li pafwa.

Mwen ta renmen relve toudemèm yon kalite nan Manno ki eksepsyonèl e ke w jwenn nan espès ra nan sosyete èt imen : yon endiferans fonsye, pwofon, radikal vizavi enpòtans byen materyèl endispansab ki sipote lavi moun. Kanta pou objè de liks yo, ou ta di misye gen yon antipati prèske maladif anvè yo ! Malgre tout opsyon ak opòtinite ki te ofwi ak li antanke mizisyen de renon, li mouri pratikman nan semi-povrete, san pwosesyon prèske anyen de valè. Ou ta di li te enpèmeyab a avaris lèzòm, e brandi yon defi kristik devan alyenasyon lèzòm pa fetich yomenm menm envante.

Èske Manno toujou mann goch la ?

Gen anpil moun ki mande tèt yo èske distans Manno te pran de Aristid e anbrasad li ak rejim Michel Martelly a diskalifye li kòm yon mizisyen angaje ki rete nan goch la. Jounalis Julio Midy te poze m kesyon sa a nan yon emisyon televizyon. Repons mwen se te : yon endividi antanke èt imen pa pafè eke desizyon li pran nan lavi l ka detèmine pa kontenjans lavi, pa difikilte ak obstak ki anpeche l viv lavi li. Endividi sila a ka pran desizyon ki parèt, selon yon moun ki jije l, an dezakò avèk sa li di li ye oswa preche ak lòt moun. Repons pi kout mwen te bay Midy se te apeprè : Manno rete yon mann apaantyè mouvman sosyalis de goch mondyal la eke mizik li yo toujou eksprime avèk otantisite e senpati santiman moun k ap viv nan kondisyon konkrè yon reyalite sosyopolitik e ekonomik malouk.

Manno, lavi li, ane anvan lanmò li epi lanmò li, se yon trajedi sou yon long dire. Kouwè anpil malere ak malerèz ayisyen ki blije kite peyi yo pou ale chache mwayen pou amelyore lavi yo, manman Manno te sètoblije emigre al nan Florid, nan Etazini, e lese Manno dèyè—ansanm ak ti frè li Jan-Robè—ap viv ak matant matènèl li pou yon bon titan nan levasyon li. Kanta papa l, misye pa t nan tablo a ; Manno di se alaj 37 tan li vin fè konesans li.

Nan yon sans, ou ta di, pou yon grann pati nan levasyon li, li te pratikman poukont li, san gidans parantal, poukont li fas ak yon mond ostil, makoutik, opak, rijid e san ouvèti sistèm politik divalyeris la te ofwi.

Mwen pa kwè Manno te jwenn li avèk gouvènman Martelly li paske li pa t kwè ankò nan ideyal revolisyonè goch ayisyen an. Pa ditou. Antan ke yon moun ki genyen yon relasyon zanmitay pèsonèl ak Martelly—kou mizisyen e kou objè admirasyon tijèn Martelly—, li te panse, posibleman sensèman, li te ka itilize resous kolaborasyon l ak li ka ba li pou l kontinye mennen lit la. Se yon fòm de koripsyon, men pa onivo eksplatasyon pèp la oswa vann peyi a bay enperyalis e neo-kolonyalis yo, men pito koripsyon an tèm de kondisyon batay pou pouvwa ki nouri pa lit entestin nan sen goch la e pa lòt antrekwazman nan relasyon entèpèsonèl nan ekwasyon politik ayisyen an. Mwen gen lòt zanmi ak moun mwen konnen ki te lese yo tonbe nan fenomèn kote yo panse li posib yo te ka kolabore avèk gouvènman neo-makoutik Martelly a san yo pa renonse konviksyon sosyalis oswa de goch yo. Li posib sèlman, mwen panse, nan ka kote anbrasad ak Martelly a te fèt onivo afektif, antanke lyen privilejye ant mizisyen yo genyen ant youn ak lòt, men pa onivo pataj konviksyon idewolojik divalyeris Martelly yo. Opòtinism ? Sètennman, men pa renonsyasyon konviksyon idewolojik yo genyen sou sosyete a. Donk, mwen t a mete l plis nan domèn afektif ke nan domèn trayizon politik oswa idewolojik. Apretou, Manno mouri nan semi-povrete nan Florid, alòske gouvènman neo-divalyeris siksesè Martelly a—gouvènman Jovenel Moïse la—, ap byen mennen ann Ayiti.

Distans mwen ak Manno

Mwen divize relasyon mwen ak Manno an twa volè : pèsonèl, atistik e politik. Pèsonèl se evidamman relasyon zanmitay, endividyèl, mwen genyen avèk li ; atistik gen awè ak lanmou mwen genyen pou zèv mizikal li ; politik la refere a jan nou wè politik e administrasyon politik ann Ayiti. Dezakò m ak Manno gen plis awè ak administrasyon politik ke ak politik limenm, byenke mwen te kont akomodasyon l ak rejim Martelly a.

Apre echèk yon pwojè pou n bati yon lekòl popilè nan Kafou an 1989, mwen deside, apati de tan sa a, pou m viv relasyon m ak Manno nan yon dimansyon estrikman pèsonèl, ki favorize alafwa admirasyon m pou atis la, respè pou memwa tan pase yo, e ase espas ak distans pou asouvi desepsyon mwen de misye an tèm de mank de swivism metodolojik e sistematik nan praksis politik atis Manno.

Avrèdi, menm defo ki ka fè yon moun desi de ajisman Manno ka se li ki fè li eksepsyonèl an tèm de kouraj pou l pa swiv chemen ki deja trase e ki fè li kesyone lòd nòmalite sistèm sosyopolitik ki alantou li a.

Akoz de separasyon nou nan lespas, mwen pa jwenn anpil okazyon pou m te rekonsilye avèk Manno anvan lanmò li. Dènye fwa mwen te gen okazyon pou m te rekonsilye avè l, se te nan yon reyinyon prive lakay Jean-Robert Boisrond nan Brockton, pre Boston, an 2015 ; men akoz de santiman negatif mwen te gen toujou de li ki te relate a dènye bouch-mare nou, mwen deside pou m pa t ale nan reyinyon an. De preferans m ale wè li nan yon vant-siyati dènye plak li a ki t ap fèt nan restoran Tamboo nan Brockton, le lendmen. Nan fen resital la, mwen ret nan liy pou m al salye l, avèk yon nouvo albòm li a nan men mwen pou l siyen. Nan yon sans, mwen te antisipe li ta pral akeyi mwen avèk plis chalè, etandone nou te gen plis pase de dekad nou pa t wè. Konnen misye, se posib li te pran nòt difètke mwen pa t fè ak de prezans nan reyinyon prive ki te fèt lavèy la. M aprann pita ke Yvon Lamour, youn nan kanmarad adolesans nou, ki te nan reyinyon prive lakay Jean-Robert a, te fè yon kont ak misye osijè kesyon anbrasad Martelly a. Sa pa t ap etone m ke Manno te ka enfere mwen te pran pozisyon pou Yvon nan dispit yo a. Se sèl eksplikasyon mwen gen de fwadè relatif li montre anvè m lan, dotanplis ke m te gen plis bagay pou m repwoche l ke limenm. Natirèlman ti kont la pa t anpeche Yvon al wè li nan Miyami lè l te sou kabann lopital, kote yo fè reminisans sou lè yo t ap leve nan Kafou. Yvon di m li te pase yon trè bon ti tan ak li.

Manno al nan peyi san chapo

Mwen aprann nouvèl maladi e entènman Manno nan lopital depi li te fèk antre nan lopital la pou sentòm toudisman, men m pa t gen ankenn lòt detay. Se yon foto misye sou kabann lopital yon moun te poste sou Facebook ki fè m te konnen li malad. Vè zòn oktòb 2017, gen bri ki kouri misye te mouri. Se pa t vre, men rimè kontinye ap sikile li malad grav. Malgre anbivalans mwen anvè li, mwen panse al wè li apre yon sèten tan apre m aprann li toujou lopital, men lè m mande yon zanmi komen nou ki te wè li nan Florid, misye di m : « O, Manno ap boule trè byen, misye pa pi grav kou moun di a ! » Apeprè yon mwa apre, m aprann li mouri, jounen samdi 10 desanm, 2017, nan lopital Miami Beach, nan Florid.

Lanmò pa yon fenomèn etranje ni endisosyab de èt imen ; kidonk, nou konnen chak grenn nan nou gen tan pa l pou l ale. Se yon kesyon de aboutisman natirèl pwosesis lavi. Men, m pa t atann mwen Manno t ap ale kite nou bonè konsa. Se vre l te viv jiska laj 69 van, men sè jou si, 69 van se yon laj jèn pou yon moun ki gen aksè ak bon swen lasante kouwè Manno te genyen. Mwen ta di jenès relatif, lanmò prematire Manno a gen tou awè ak yon sòt de dezi lanmò freudyen ke w te ka wè nan plizyè aksyon misye, keseswa lè l te konn fè deblozay ak tonton makout nan Kafou lè l te ti jèn jan, oswa lè l konpoze e chante tout vi li mizik li konnen byen ki ka koze l tò ak gouvènman oswa menm koze l lanmò l. Ou te gen enpresyon, lè w te konnen l, li pa t destine pou l te viv two lontan ; se yon mirak menm li viv si lontan. Mwen pase anpil tan nan vi m ap enkyete pou li, enkyete pou tonton makout oswa militè neodivalyeris pa tiye l, enkyete pou mank estabilite fonksyonnman kotidyen lavi li.

Mwen te toujou wè rankont mwen ak Manno kou pati non pa yon mouvman, men pito yon elan konsyantizasyon, yon ripti (rupture), yon depasman, yon detachman de yon atitid fatalis, vwa menm defetis an fas enpas e danje fachis divalyeris la, an favè yon pari sou lavni.

Pa gen ankenn sipèlatif ki egziste ki ka rann kont korèkteman de enpòtans e enfliyans Manno Charlemagne nan antandman, nan gwobonnanj politik pèp ayisyen, espesyalman diran peryòd touswit avan e touswit apre lafen rejim divalyeris la. Li te toujou ban m enpresyon ke se tan an ki reklame l, men menmsi tan an reklame l, se limenm ki chwazi wout li pran an. Mwen apresye lavi Manno avèk pa m te jwenn nan yon tan, e nan plizyè okazyon nan le tan, men sa pa vle di nou dwe san-pou-san jwenn nan tout move koub lavi. Mwen sèlman santi m privilejye vi nou te kwaze e m te gen okazyon pou m apresye l.

Reyaksyon sou lanmò Manno

Diran tan legzil li yo, Manno te viv nan plizyè rejyon nan Etazini, san retire yon sejou o Kanada. Apa Ayiti ki akable pa lanmò « anfan terib » li a, gen konpatriyòt toupatou ki eksprime chagren yo e voye kondoleyans yo bay fanmi ak zanmi l. Ann Ayiti, pami moun ki te konnen l ki reyaji, genyen Michel Soukar, ki leve avèk li nan Kafou. Kòm omaj, Webert Lahens pale avèk admirasyon nan Le Nouvelliste de liv Soukar ekri sou Manno a : Manno Charlemagne : Pou lavi fleri, kote li di « zèv Soukar sa a, se yon resital li ofwi ak moun ki renmen bèlte atizay pou nouri nan tèt ak nan kè yo mizik atis la, avèk kote wo e kote ba li » 1.

Dyektè Le Nouvelliste la, Frantz Duval, ki konn Manno pou prè de twa dekad, lamante lefè ke Manno « disparèt nan dat selebrasyon Jounen Entènasyonal Dwa Moun. Chantè a pase tout vi li ap kondane grann òganizasyon mondyal yo ak ipokrizi yo ». Li kontinye pou l di : « Tande Manno e Marco se yon chòk pou tout moun ki, alepòk la, te gen chans wè yo nan konsè prive. De konpè yo pa t gwo bacha, men yo te deja gen yon bèl repitasyon ki te benefisye de pawòl bouch a zòrèy si efikas pandan tan diktati divalye yo. Nan peyi kote konpa rwa, nan peyi Ti-Paris ak lòt chantè yo k ap pale de lanmou ak lavi bèl, Manno Charlemagne e Marco Jeanty remakad. » Lè l reyalize enplikasyon pèt Manno a nan kontèks aktyèl la, li a joute pi ba nan tèks la : « Manno te ka chante kont koripsyon, kont retou lame, kont vàn ouvwi peyi a k ap debarase l de lajenès li. Ii pa fè sa. Li pa t gen tan fè sa. » Li fini omaj la apre l site Beethova Obas ki di de lanmò Manno « Mwen swete depa Manno reveye Manno k ap dòmi nan chak grenn nan nou paske yon zetwal kou misye pa ka mouri, l ap eksploze pou l ka akouche plizyè lòt ankò. »2

Eseyis e kritik Alain Saint-Victor k ap vin o Kanada, kote Manno te viv yon ti tan anvan l retounen ann Ayiti apre dezyèm egzil li a, di nan yon omaj li rann a Manno : « Gran talan chantè ak mizisyen Manno pran sous li nan jeni kiltirèl pèp ayisyen an. Bèse depi l piti nan mizik fòlklorik la, nan fresko mèvèyman vodou a, misye vin reyisi konpoze yon repètwa ki osi rich nan fòm estetik li ke nan varyete ekspresyon li. Men Manno pa rete la, se sa petèt ki fè orijinalite li parapò ak lòt chantè de talan jenerasyon li yo. Si travay estetik la enpòtan, sepandan li pa reyini tout dimansyon zèv la. Genyen tou nan chalè bouyisman chan popilè yo, ranpli de sonorite pafwa ouvè, pafwa timid, penetran, sibtil, yon dimansyon ki fonde espas revòlt. Manno reyisi tire ladan li venn yon pawòl kontestasyon. »3

Nan youn nan plizyè rayaksyon ki swiv lanmò Manno Charlemagne la, genyen pa Pascal Adrien an ki mande : « Quel Manno pleurez-vous ? » (« Kiyès nan Manno yo w ap kriye ? »), epi li bay tout yon lis de diferan Manno yon moun te ka adopte. Manno pa l la, li di, se « Manno ki chante doulè nou yo, Manno samba a, ki ba nou chan esperans ki soulaje fado lou diktatè ki nye limanite. Se Manno ki fè nou ri a. Manno chagren nou. Manno rezistans nou. An brèf, Manno ki fè nou santi tout bagay, konprann tout bagay, aji sou tout bagay e konbat tout bagay. »

Pascal Adrien kontinye pou l di : « Mwenmenm, m ap kriye ewo anti-enperyalism ameriken an. Vwazen blan l lan ki te vote pou George Bush nan eleksyon prezidansyèl 2000 lan ap kriye pwobableman yon sitwayen ameriken pezib ki salye l toujou avèk anpil koutwazi. Michel Martelly yo rele Sweet Micky, ansyen sipòte poutchis ane 90 yo, ap kriye pwobableman Manno ki vin pran distans li avèk Jean-Bertrand Aristide la. Evans Paul ap kriye pwobableman kamarad li ki, kouwè limenm, te goumen ak kouraj kont lannwit diktatoryal divalyeris la. Chak moun gen Manno pa yo. Chak moun ap kriye Manno pa yo. Manno se yon sèl Manno, men li divize an plizyè pati ki pa egal avèk sòm total la. »4

Genyen tou reyaksyon Charlot Lucien, yon lodansyè e powèt ki konn Manno depi l te jèn etidyan nan Inivèsite INAGHEI e te gen okazyon entèvyouve misye pou jounal etidyan INAGHEI-Actuel nan fèn an 1987 la. Lucien pale de souvnans li de Manno alepòk la, an patikilye de pwosesis demach ki mennen ak entèvyou a. Kouwè yon pèsonaj Maurice Sixto, lè l al nan Kafou pou l jwenn kay Manno kote l t ap al fè entèvyou a, moun li mande enfòmasyon sou lokalite kay la woule li kou yon boul foutbòl ; finalman, lè l fin jwenn Manno, misye di li li t ap swiv tout pa misye depi premye moun li mande pou kay la !5

An n remake yon elòj anba plim Eric Faustin nan jounal Haïti-Progrès ki, pami lòt felisitasyon, di de Manno : « Li pa t yon sen, ni sitou pa enfayib. Men li te reyèl, li te otantik. Nan eskalye long lavi li te grenpe a, li te rate sètennman kèk mach, kouwè laplipa de nou. Li rekonèt sa limenm avèk imilite. Men se sèl sila yo ki pa janm oze anyen nan lavi ki pa janm rate anyen. »

Kim Ives youn nan fondatè jounal Haïti-Liberté nan Nouyòk, ki gen yon long pase kolobarasyon ak Manno depi ane 1980 yo atravè travay li nan jounal Haïti-Progrès, rann yon omaj « ekilibre » ak Manno, kote li layite tout pakou Manno depi o kòmansman rive ak lanmò li an pasan a plizyè moman laglwa ak moman pi ba l yo : « Vwa baritòn rich li a, lirik tranchan li yo ak melodi chaje gras li yo enspire jenerasyon Ayisyen ki soulve an 1986 kont twa dekad diktati Divalye yo. Pafwa yo rele l Bob Marley ayisyen oswa Bob Dylan ayisyen, dal popilarite Manno a ede l genyen biwo majistra Pòtoprens an 1995 ; men ideyalism lirikal li a pa pran lontan pou l vin kraze kont gwo woch difikilte reyalite politik Ayiti yo, e finalman yo chase l de biwo majistra a. »

Apre l mansyone zigzag Manno apre koudeta kont Aristid la an 2004, Kim Ives souliye ke anpil remak piblik Manno fè nan ane ki swiv yo « kontribye nan majinalizasyon » li. Ives kontinye : « Men se te vini o pouvwa politisyen neo-Divalyeris Michel Martelly ki fè plis domaj a repitasyon Manno. Byenke li te yon manm fòs paramilitè divalyeris yo rele tonton makout la, Martelly, ki grandi nan Kafou, te konnen e admire Manno lè l te jèn. Lè li vin prezidan Ayiti [an 2011], Martelly koutize Manno, li ba li yon biwo ak yon salè nan Palè Nasyonal la kòm “konseye”. Apre l site koripsyon chokan, Manno kite djòb la evantyèlman, men li rete an tèm kòdyal avèk “zanmi” li “Sweet Micky” Martelly, menm lè raj popilè kont Martelly a t ap gwosi. »

Kim Ives bay plis detay sou dènye mwa Manno viv yo nan Little Haiti, nan Miyami, kote l te fèk santi tèt vire ak difikilte pou l pale an jiyè 2017. Fanmi l te panse ke se te yon aksidan vaskilè serebral ; men lè yo kouri avè l nan lopital Mont Sinai nan Miami Beach, doktè jwenn li gen yon kansè nan sèvo ki mestasize (pwopaje) nan sèvo l. « Nan dènye jou lavi li, Kim Ives di, antoure pa yon sè li, ansyen madanm li, de pitit gason li ak yon pitit fi, e kèk vizitè okazyonèl Tap Tap, Manno ale e soti nan konesans. (...) Li finalman mouri kèk minit apre 4 trè nan dimanch 10 desanm. Byenke moun te atann yo de sa, nouvèl lanmò li koze yon ond chokan atravè tout kominote ayisyen yo paske Manno te yon senbòl rezistans kont diktati Divalyeris yo, e li te yon otantik reprezantatif kilti popilè ayisyen an, yon vwa kritik kont enperyalism e mefè etazinyen alafwa ann Ayiti e nan lemond antye. »6

Bò kote pa m, otè nòt sila a, fason m te rann Manno omaj, se repibliye yon temwayaj mwen te ekri sou li an 1981, yon ane apre premye legzil li, pou m te pataje ak posterite nan ki kontèks istorik mizik Manno yo te pran nesans, ki sa yo te reprezante pou noumenm jèn yo ki t ap evolye avèk li, ki espwa rezistans li te ofwi. Sa te fè m plezi akèy temwayaj sa a te resevwa pami lektè jodi a yo. Mwen repwodui l isit la ann antye.

Nòt

1. Webert Lahens, « Michel Soukar revisite Manno Charlemagne », Le Nouvelliste, 8 desanm 2017. Tradiksyon pa nou de franse. Tcheke liv-albòm li site a tou : Michel Soukar, Manno Charlemagne : Pou lavi fleri. Ed. C3 éditions, Port-au-Prince, 2016, 109 p.
2. Frantz Duval, « Manno Charlemagne meurt et rejoint la lumière », Le Nouvelliste du 11 desanm 2017. Tradiksyon pa nou de franse. Duval felisite videyo Frantz Voltaire ak Jean-François Chalut te soyi sou Manno a ki rele « Konviksyon » ke nou ka wè sou Youtube.
3. Alain Saint-Victor, « Pour saluer la mémoire du chanteur progressiste Manno Charlemagne », Potomitan 13 desanm, 2017. Tradiksyon pa nou de franse.
4. Paskal Adrien, « Quel Manno pleurez-vous ? », radiotelevisioncaraibes.com, 13 desanm 2017. Tradiksyon pa nou de franse.
5. Charlot Lucien, « Quand Manno refusa d’accepter son tableau portrait ». Le Nouvelliste, 19 desanm 2017.
6. Kim Ives, « Manno Charlemagne, Haiti’s Iconic Troubadour: 1948–2017 », Haïti-Liberté, 13 desanm 2017.
Raymond Justin, Yvon Lamour, Patrick Sylvain, Tontongi, Jean-Robert Boisrond, Charlot Lucien and Lunine Pierre-Jerôme at a commemoration ceremony for Manno Charlemagne.

De dwat a goch : Raymond Justin, Yvon Lamour, Patrick Sylvain, Tontongi, Jean-Robert Boisrond, Charlot Lucien e Lunine Pierre-Jerôme nan aktivite Chiktay Literè ki rann omaj ak Manno Charlemagne samdi 20 janvye 2018. —foto pa Black Fefe.

Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com