Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com



Zanmi Manno

—pa Patrick Sylvain

I

Gen dis dwèt k’ap graje kokoye pou kòk-graje
ka monte tab sou fòm lakòl pou maymay ka al lekòl
pou flann sou ray pa tounen opa nan Lamanten.

Gen dis dwèt k’ap graje kòd pou monte Senròk
ak lespwa nan vwa pou toutrèl Simalo pa nan rèl
lè Gwo Jowèl vin komokyèl depi nan fòfyèl.

Gen dis dwèt k’ap graje ak tout fyèl pou lajenès
pa rantre nan bavòtay Laklas ’71 pou tache lespwa
pi fonse sou ble dakwonn ki fè toutrèl pa ka wè syèl.

Veye non, veye non! Menmlè ou gen yon kòd
ki manke mi. Veye non, veye non!

Gen dis dwèt k’ap graje kòd pou fa pa re mi sou do
lè grangou fè sè n’ dodo san mezi ki bay tyovi san papa
pa pè Pap, pap-pa-da kote papa. Nou baskile dis pa.

Gen dis dwèt k’ap graje san graj, san cha-blennde
sèlman yon vwa ak yon gita ki salanbe tout dra
ki vlope malpwòpte kay gwo mouche. Nou pa ti sale.

Gen dis dwèt k’ap eseye lote, gen dis dwèt k’ap graje
kwak gen anpil kòd ki kase, lòt ki mal akòde ; men ou,
Santinèl lakonsyans, vwa ou deja grave plizyè jenerasyon.

II

Manno, ou te di zanmi an pou li abandone
Ti kivèt kleren an, paske li twonpe l’ de lye,
Li twonpe l’ dane, li menm bliye mwa Novanm
Se mwa Gede, se mwa revòlte. Men,
Devan ti bivèt kleren an lakonsyans
Pa ka mache anndan yon pyès teyat ki derefize
Mal dewoule. Pandanstan antèman chante
Nan banbou. Manno, ou te gen rezon,
Nou gen mès matlòt. Nou derefize konprann
Malè zòt pote nan ganmèl sinistre se manje gate.

Veye non, veye non ! Menmlè ou gen yon kòd
ki manke mi. Veye non, veye non !

Mwen sonje sa Bawon te di ou: “simityè plen moun,
Men se pa Bondye ki touye yo. Se kretyen vivan
Ki touye yo.” Se pè-ditè ki detripe lavi san yo pa bay
Lavi k’ap eseye fleri depi lendepans. Di m’ Zanmi
Manno, ki lè n’ap desann masuife san nou pa di
Bondye bon ou byen rete tann tankou zonbi
k’ap tann sèl. Ou gen dis dwèt k’ap graje sis kòd
Gita pou demare lakonsyans, fè lajenès bandaye
Tankou papiyon nan chan flè twonpèt ak choublak.
Ou gen dis dwèt ki pafwa tranpe nan yon vè tafya
Tèlman lamizè manje zong, pachiman konsyans.

Veye non, veye non ! Menmlè ou gen yon kòd
ki manke mi. Veye non, veye non ! Si yo kwè
nou se flè, keyi n’ pou n’ wè. Veye non !

Zanmi, m’ap prete lavwa pou m’ demaske mèt lavi
Ki fè kontra ak zagribay pou kontinye kouche
Ti maymay sou pay pou de-twa krizokal. Zanmi,
M’ap prete lavwa pou m’ pote plent kont asasen
Ak zye louvri pou m’ louvri dyòl zonbi ak sitwon
Pou rezoud pwoblèm lan anndan. Ou temwen,
Ou konnen anba pye mapou tout zye ki pran
Nan piman ka jwenn tretman. E se la tou
Pou n’ pa tralala, pou n’ demare kòd sal depi
Diktan. Lamitye, se ak dis dwèt ou demare kòd,
Se ak dis dwèt ou graje kòd sou yon gita pou
Lakonsyans pa kloure tèt anba sou kwa mazaka.

—Patrick Sylvain, janvye 2010 & janvye 2018

Jean-Robert Boisrond, Carline Désiré, Patrick Sylvain and Tontongi at a commemoration ceremony for Manno Charlemagne.

De dwat a goch : Jean-Robert Boisrond, Carline Désiré, Patrick Sylvain (devan) e Tontongi nan aktivite Chiktay Literè ki rannomaj ak Manno Charlemagne samdi 20 janvye 2018.

Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com