Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com



Editoryal

Ayibobo pou Samba ki ale yo

(Pou onore memwa Robert-Josaphat Large, Flore Zéphir, Boulo Valcourt, Manno Charlemagne, Joseph Wilfrid Daleus, Rachel Beauvoir-Dominique, Emérante de Pradines, Gérard Daniel, Claude Pierre, Serge Legagneur, Jean-Claude Fignolé, Maximilien Laroche, Pierre Toussaint Delva, Albert Jean-Pierre, Lucien Lambert)

Sektè kiltirèl ayisyen an sot pèdi sè dènye tan (2017–2018) yon grap grann figi ki te fè onè nan travay pou fè vanse atizay, literati ak konesans ayisyen. Nou vle pale pi patikilyèman de lanmò, youn apre lòt, Robert-Josaphat Large, Flore Zéphir, Boulo Valcourt, Manno Charlemagne, Joseph Wilfrid Daleus, Rachel Beauvoir-Dominique, e Emérante de Pradines. Kat lòt gran powèt ak pansè ayisyen ale kite nou nan ane 2017 la. Kouwè Manno Ejèn di : « Yon sèl kou yo pase pran Claude Pierre, Serge Legagneur, Jean-Claude Fignolé. Epi, pou fini, se sou zanmi, kanmarad nou Maximilien Laroche yo fè ladènye. » Gen sètennman lòt non onorab nou pa konnen ki ale kite nou tou pandan ane sa a.

A painting by Blondel Joseph.

“Untitled” painting by / «Penti san tit» pa Blondel Joseph, 2018. Look him up on Facebook / Tcheke ak misye sou Facebook.

Dènye kout ponya a, se nouvèl lanmò Gérard Daniel. Lè m te vin rewè li nan Brooklyn, Nouyòk, an 1977, mwen te kontan wè Gérard Daniel te deja yon vedèt nan zòn lan. Apre reyonnmam Shleu-Shleu ak Skah-Shah nan Nouyòk, Djet-X vin gwoup mizikal predileksyon jèn Ayisyen nan dyaspora an o Zetazini. Albòm yo « Expressions », pa t pran lontan pou l vin popilè nan tout zond radyo, sal dans oswa fèt lakay. Lè m kite Brooklyn pou m vin nan Boston, mwen pa janm manke reviv moman premye mwa yo mwen te pase nan Brooklyn lè m tande JetDX ; non sèlman amoni mizikal melodi yo te jenyal, men envansyon saksofonik Gérard Daniel yo te anrichi mizik ayisyen. Lè m tande sonifikasyon, elaborasyon ritmik e womantik melodi saksofòn Gérard Daniel yo nan Djet-X, se kòmsi mwen retounen nan Brooklyn e reviv moman sa yo, kote bon zanmi mwen defen Robert Jean-Noel te la avèk nou.

Mouvman pou valorizasyon lang ak kilti kreyòl ayisyen an pèdi nan disparisyon Manno Charlemagne, Rachel Beauvoir-Dominique ak Flore Zéphyr, twa vwa respekte ki te fè yo chanpyon koz revandikasyon dwa lengwistik ak dwa levasyon kiltirèl pèp ayisyen an. Yo tou lè twa te gen kouraj kanpe devan fòs reyaksyonè yo ki te toujou kenbe peyi a nan iyorans, pou di yo, wi, nou gen yon kilti chèmètchèmètrès ki soti depi Lafrik Ginen ki te ede zansèt nou yo konbat e reziste zaksyon malefik kolon yo ansanm ak konplis lokal li yo. Apre etid li nan michan inivèsite nan Etazini, Rachel Beauvoir-Dominique rantre ann Ayiti pou l patisipe nan mouvman levasyon kiltirèl pou fè vanse antwopoloji ayisyen nan nivo pratik, nan travay chak jou li : antanke manbo e asistan prensipal papa li, defen Ati Nasyonal Max Beauvoir.

Nan liv Savalou E, ke l ekri avèk mari li Didier Dominique, Rachel Beauvoir-Dominique pale de diferan tip manifestasyon ak rityèl relijyon vodou a, an plis, yo ekri liv la antyèman an kreyòl ayisyen ; li pran gran Pri Casa de las Americas nan Kiba pou esè. Lanmò Rachel Beauvoir-Dominique vin ajoute sou pa yon layite gwo patriyòt ki pase dènye kèk mwa yo ki vin anvan lanmò pa li. Li te yon manbo ak antwopològ de premye klas ki te gen kouraj defann kilti vodou a ak lang kreyòl ayisyen an. Jwenn avèk lanmò papa l Max Beauvoir ki mouri sèlman twa ane anvan, se yon kokennchenn lapenn pou fanmi an e pou tout sektè kiltirèl e antwopolojik ayisyen an an jeneral.

Manno Charlemagne te trè familye ak milye vodou ayisyen yo nan Kafou e majorite mizik li yo enfliyanse pa metafò, imajri e melodi ki soti nan repètwa chan perestil vodou yo, avèk byen antandi pwòp ajoutasyon atistik pa li. Manno ekri e konpoze majorite mizik li yo an kreyòl ayisyen, eksepte sa yo ki soti nan sejou li o Kanada, nan Monreyal. An fèt, premye bagay yon moun ki ap tande mizik Manno yo ka remake, se yon ezans avèk lang kreyòl la ki fè li di plis bagay an pe de mo.

Akoz alafwa enfliyans li nan mizik e sou ki wòl mizik ka jwe nan sosyete, e byen antandi lyen afektif ki mare kòd vant nou ak Manno, lektè yo ka konprann poukisa nou ba li tout espas sa a nan edisyon prezan jounal la.

Menmlè se franse li t ap anseye nan Inivèsite Missouri-Columbia, Flore Zéphir te etidye tou lengwistik, pi espesyalman etid kreyòl ayisyen. Li te gen konesans tou nan antwopoloji ak vodou. Antanke kritik literè, yon wòl li jwe detanzantan, pwofesè Zéphir te konsakre de revi sou de nan liv mwen yo (Critique de la francophonie haïtienne ak La Parole indomptée/Memwa Baboukèt), kote l te kaptire pou lektè yo nannan tematik esansyèl tou lè de liv yo. Se yon madanm ki te trè janti e jenere ak tan li. Li te yon manm aktif Asosyasyon Etid Ayisyen, ki te fonde nan Boston.

Mizik Boulo Valcourt yo montre w divèsite ak konpleksite mizik ayisyen nan yon dimansyon ki vle kreye pwòp espas pa li. Lè w tande misye, ou apresye pwofondè kreyativite mizikal ayisyen an. Dènye fwa m te wè l nan Boston, mwen te santi m t ap viv yon eksperyans mizikal espesyal.

Sa avèk anpil lapenn mwen te pran nouvèl lanmò Josaphat-Robert Large, youn nan pi gran powèt ayisyen kontanporen. Se Paul Laraque, yon zanmi komen nou, ki te entwodui a misye nan mitan ane 1990 yo. Lè w ap pale ak Paul, gen de non powèt ki toujou sou bouch li : Hamilton Garoute ak Josaphat-Robert Large. Lè m finalman vin rankontre Josaphat, w a di nou te zanmi lontan paske Paul te toujou ap pale de li, de avanti yo ansanm, de kesyonnman egzistansyèl yo, de deba politik yo, elatriye. Trepasay Josaphat-Robert Large se yon gran pèt pou literati ayisyen. Erezman, bèl chelèn zèv literè misye ap ret avèk nou pou toujou.

Mwen te deja familye ak zèv Maximilien Laroche lè m te rankontre li an 2007 nan kad komemorasyon Santyèm Anivèsè nesans Jak Roumen. Limenm avè m pa t pale twòp youn ak lòt, men m te apresye chak ti echanj mwen te gen ak li pandan nou te nan bis pou n al nan konferans yo. Li te ban m enpresyon yon nonm poze, yon vrè filològ ki renmen fouye konesans e ki pa t pè di laverite lè l wè li. Se avèk yon dal plezi nou repibliye atik-elòj Manno Ejèn konsakre ak Maximilien Laroche la nan edisyon Tanbou sila a.

Mwen santi m privilejye e onore palefèt ke chimen lavi m te kwaze avèk anpil nan kokennchenn konpatriyòt nou site nan editoryal sa a e ki pa la ankò avèk nou. Nou konnen chak grenn nan nou gen tan pa li pou l ale e nou pa dwe wè lanmò kou yon fenomèn etranje. Men konsta sila a pa rann lapenn nou mwen sevè pou otan.

Mwen te gen chans fè konesans Emérante de Pradines an 1997 nan kad yon seremoni lwa Gede Asanble Atis Ayisyen nan Massachusetts te òganize nan Boston Center for the Arts, yon sant atistik nan Boston. Prezans Emérante nan aktivite a te fè noumenm òganizatè yo yon pakèt plezi. Manmzèl te ban m enpresyon li alimante nan limenm sajès tradisyonèl zansèt Ginen yo. Pami envite seremoni Gede a te gen tou Paula Péan, Guerdès Fleurant, Kiki Wainwright, defen Pierre Vernet te la tou.

Kanta pou atispent Joseph Wilfrid Daleus, se byen domaj mwen pa t konn misye. Men selon repòtaj ki soti sou li, sanble li te vle layite bèlte pèp li ak kominote li nan mitan Florid. Men yo di li mouri nan chagren paske fòs enperatif kapitalis yo ak kontenjans lavi te defèt vizyon l lan.

M ap pwofite de espas sila a pou m rann yon omaj espesyal ak de pilye kominote ayisyen an nan Boston ki te ale kite nou nan ane 2017 la. Youn se Pierre-Toussaint Delva, yon aktivis kominotè e radyojounalis ki jwe yon wòl enpòtan nan konsolidasyon kominote ayisyen an, e Albert Jean-Pierre, yon lòt pilye kominote ayisyen an nan Boston, yon nonm ekzanplè mwen te konnen lè m te ti jèn jan nan Kafou. Lè m t ap rememore ak zanmi m Jean-Robert Boisrond sou relasyon Albert avèk nou ti jèn jan nan katye a, li raple mwen konbyen Albert te trete nou avèk respè, e menm egalite, menm si l te gen prè d trant tan diferans avèk nou. Li toujou tande agiman literè, politk oswa filozofik nou avanse avèk enterè, e li pa janm chache enpoze lide pa l sou pèsonn, e li toujou la pou l ba nou sipò li.

Nou voye tou tout senpati ak solidarite nou bay Nirvah Lambert pou lanmò papa li Lucien Lambert, yon potorik gason, ki ale kite nou nan menm ane sila a.

Nou pwofondeman chagrennnen pa lapenn pèt michan fanm ak gason nou mansyone nan editoryal sa a koze. Yo tout, chak grenn nan yo, te goumen, fason pa yo, pou fè levasyon grandèt peyi d Ayiti ak pèp ayisyen an nan sa yo kontribye nan alafwa listwa modènite mondyal la, rezistans pratik kont opresyon e kont dezimanizasyon yon èt imen pa yon lòt èt imen, oubyen senpleman pou anbeli lavi chak jou. Nan nouvèl nan jounal, nan mas medya a an jeneral, gen plis aksan ki poze sou aspè negatif Ayiti e non pa sou sa ki fè Ayiti bèl e eksepsyonèl. Chank grenn nan gran ekriven, powèt, atis, pansè, mizisyen, entelektyèl, pwofesè, imanis, nou mansyone la yo, chak grenn nan yo fè reyonnman grandèt ak bèlte Ayiti. Nou di Ayibobo pou yo tout ! Memwa yo ap ret etènèl nan admirasyon nou.

—Tontongi pou revi Tanbou, fevriye 2018

Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com