Aller au sommaire de ce numéro de Tanbou/Tambour, Automne 2012–Hiver 2013

Page d’accueil  |   Sommaire de ce numéro  |   Contribution de Texte et de Courrier: Editeurs@tanbou.com



Pwezi ann ayisyen

Powèm pa Kwitoya

Li pa koze bòz !

nan fetay kay machwè gonfle
move nèg blanchi panno
kokoye pèpè n ap graje
mayi sinistre n ap bouyi

lang nou myankmyank
nou pèdi gou mousa
fatra konble rivyè
abitan gonfle Pòtoprens

kreyòl defaze nan bwouya
miksaj dijital toufe tanbou
sanba ap rape longpleyíng
Asefi pa ka laye banda

move lespri sènen n
timoun gaga nan kokayin
flingsan filange je Asefi
tank grandèt lote tenten

ou ka di pawolitik sa pèdi kòz
men anverite li pa koze bòz.

Yon krèy manti

Nou se yon boul manti. Yon boul malis kristal k ap toupiye sou zèb. Manti ante vi n, depi nan bèso n ap ri kriye jwe ak manti : ti manti gwo manti, vye manti bèl manti  manti k fen manti k santi. Koulèv lolo Èv ! Èv li menm bobo Adan, yo de a damou fou, pou sa Lanmò fè plongaye. Zandolit bourik pipirit mapotyo krab zwit zèb choublak pyebwa, mwèl tè fyèl dlo zanana kou pengwen pa chape

Lakay, Bwapiwo fè n pise, kofre kò n anba kabann. Yon chat nwa pase tout san n tresayi … Yon krèy manti tout sant plen dyòl nou dlo, fè cheve n kanpe, limen dife nan kè n. Tank n ap kwape manti, tank manti ap fleri barikade sèvo n (…)
Men si vye manti fè tèt nou gwo, pye n vín lou  bèl manti ede n viv menm nan manti. Kont desandelye manti, manti fè rezistans natirèl, travèse katye pèsonèl dèyè vèvenn ak medsiyen rèd sèch san pran souf

Nan mond egoyis sa, anverite, manti kèk fwa chouke lavi anpil Ayisyen lakay kou sila yo k ap chache siyaj lavimiyò lòt bò rivyè.

Mwen sonje

gen yon tan m sonje
lizay popilè te konn devèni
panama akansyèl

gen yon tan m sonje
ti fi zege te senkiple oslè
nan kabare tabèno
ti gason teke mankelegen
kont manti ak enjistis

gen yon tan m sonje
solèy desann lanmè monte
chen kònen ribanbèl
kabrit antre epi l begle

gen yon tan m sonje…
pito latè te rete la !

Li pa moun

fanm lan

pase la fre

kon yon maten

seksi

li lolo bonnanj mwen

nanpwem wanga pase

kreyè nègès sila

fanm kou gason di

li pa moun.

Boulinen desann

fanm lan

pase la fre

kon yon maten

seksi

li lolo bonnanj mwen

nanpwem wanga pase

kreyè nègès sila

fanm kou gason di

li pa moun.

Si n oblije

si n oblije ri

an n fè l bèl

san dansere ni zwilit

si n oblije pale

an n kite mo yo koule

san fèy san galèt

si n oblije danse

an n fè pa yo satouyèt

lonbrik monte latè

si n oblije kriye

an n fè l vit san grimas

anvan lapli vare sou nou

lanmè se simityè san kavo

l ap kopye tengplaw

ekriti sipriz syèl la.

Kole nan pye m

Tout kote m pase lonbray mwen kole nan pye m. Distans koulè langay van pa ka dekole n. Li antyoutyout nan pye m, yo menm yo drivayè. Mwen posede pale koze sèmante ak li depi toudebabèl.

Tank li fidèl m pa ka bliye l. M mache anba solèy, benyen nan lapli, lonbray la kole nan pye m. M fè sans avè l. M ekri pou li, pale sou li  mwen pa ka bliye kote m soti. Lajounen kou aswè, devan m kou dèyè m li la pou l fè m konnen lè solèy chanje pozisyon  lè tan an razwa, lè latè blese.

Lonbray avèk mwen se tout yon gewografi, se tout yon filozofi. Mizè chagren laperèz lamò pyebwa zoklimo zwazo pati m ap kriye  li kouvri pou mwen. Move jou move nouvèl, timoun pye atè solèy cho se te reyalite pa m.

Lakay m mache ak solèy, benyen nan lapli san m cho mwen swa. Tanbou frape m leve pwa lou, bobomasouri malè pou m fè sans ak egzistans mapyang se reyalite pa m. M ekri pou m sispann soufri, kriye. M di l pou m antililit lagrèl, toubiyon, tranbleman tè. Li gen fyèl li gen myèl m pran kè pou l gen nanm. Avèk li m pa ka pran latoudlin !

Sa ki bèl rete la

pami tout sa k ap viv
nou pran non nan chache

gade nonmen sere

pami tout sa k ap viv

ou menm avè m nou fè chimi

lanp bòbèch ak vèvè

fèybwa kopye langay wosiyòl

vi n fè laloz dèyè pwezi

ak wowoli anvan l midi

nou pantan devan sa ki bèl

nou pè l nou rele tank li bèl

laperèz friz nou bèl

sa ki bèl rete la

nou menm nou pèdi tank

bèlte san katye fè n gaga.

San redi

lapli katalye
fè do kay la pran lwa
zòrèy mwen anpent
m ap langaye ak lapli

tout kò m monte atantif
lespri m degonfle
bagèt dlo sou tòl tèlman dous
timoun janbe nwit san redi.

Si n

M pa t plante malè
ni ante jaden
m sèlman fò e dous
tou konsa

M renmen bon tan
solidarite lanmou
pou lavi boujonnen
epi donnen

M pa t salange istwa a
donk se pa fòt mwen
si pati gate
lavi vin gen bout

Cheri ou pa ka wè ankò
jan m renmen w
si n pa tounen ansanm
reklame libète.

—Kwitoya

Powèm pa Tontongi

Pèp la pat ret tann Godot
(anlonè yon anivèsè doulè, neglijans, solidarite, rezistans ak lespwa)

Pèp la pat ret tann Godot
ni jiskaske w mare rad la
e fèmen ayewopò yo
pou li ka jwenn sekou.

Yo pat ka tann
jiskaske bayèdefon antann yo
sou ki bon jan pou debouse lajan
yo pwomèt pa gen lontan de sa
avèk men dwat plase sou kè yo.

Yo pat ka tann
jiskaske w atenn ajanda pa w
sou latriye karodetè soufrans ;
yo pa ka tann
jiskaske biwokrat konfòtab
ak bèl done grandyòzman layite
pou yo jwenn premye tant yo bezwen.

Yo pat ka tann
jiskaske zwazo yo retounen
soti nan yon long vwayaj absans
ni jiskaske lapli vin ansente
lak la pa vwa twou sou tè a.

Wi, vrèman moun yo pat tann,
yo te pote manje ak dlo
bay frè ak sè yo nan bouk lwen ;
yo pat tann pou Godot te rive ;
vrèman vre yo te sèl sekouris
dèmwa apre masak goudougoudou
avèk epidemi kolera kou desè
e retou Bebe Dòk kou kochma.

Yo pat tann pou yo te la
menmlè avèk tout kè louvri yo bay
labyenveni ak anbrasman imen
pou sove lavi e onore vivan yo,
onore aspirasyon inivèsèl
pou met tout malsite limanite
devan kout je klere konsyans
souri sivivan yo vin zam estratejik yo.

Pèp la pat ka ret tann Godot
pou l drese bèlte nan mitan debri
pa mwayen koulè ak temwayaj
pa mwayen pwezi solidarite
pa mwayen atistikalizasyon eksperyans
pa mwayen reimajine e redi listwa moun
e rebyenkonprann pati ki pèdi nan fos komin yo,
yon dimansyon ekstra,
pou rebyenkonprann senpati tou sans yo,
yon gwo vòltijman
pou reprann posesyon nanm nou
pou reenvante degre gwosè lespwa
e wè kouman pasyans andire.

Moun yo te reprann posesyon
pa mwayen koulè ak temwayaj
de entegrite diyite yo ;
yo fè soufrans ak kriye nan twou
tounen yon gwo pwojè imen anmoule
nan laglwa inivèsèl,
fizyon ak Zòt
e ak tout lòt yo, espas, latè
ki vin renouvle nan koulè,
wi, koulè, koulè mons la,
koulè goudougoudou,
koulè Jakmèl,
koulè montay li yo,
koulè kotplaj li yo.

Ayiti se lafanmi
l’ap soufri jodia ak kouraj
nan silans sèl briz van deranje ;
Ayiti se lafanmi,
manman Lamerik Latin,
fondatris majik modènite nou an,
vwa alterite,
vwa dènye tribi ki pèdi a,
reaparisyon kreyasyon bèlte nwa,
zile kote sireyalism te marye
ak reyalism majik anba yon pye kokoye.

Ayiti, pechrès bèl dekoròm Oksidan
ak pou Ladwat Kretyèn,
dans, limyè, mizik nan antèman !

Ayiti se fantasm ou
zile ki fè lanmou avèk dye l yo
yon pwojè imen inivèsèl
kote yo te batize lagoumandiz
e mande yon kontra imen pou sove desans,
tandans inivèsèl pou alyenasyon, poutan
li pa medyatize pa laperèz
ni tou pa avaris.

Pèp la pat ret tann Godot, nou di,
yo se apot sa ki la isit la koulyea,
yo jwenn ansanm pou estope larivyè kriye a.

Yon nouvo ogranjou te ranplase debri yo,
dèmilye koulè limyè, renouvo lavi,
te vin ranplase foli masak lanati,
konpayon ki sot nan mistè konsyans latè
jwenn avèk grann konstelasyon bèlte,
pèp la te siviv, yon pèp fyè,
yo te siviv pou yon lòt etènite.

(2012)

—Tontongi

Powèm pa Bobby Paul

(dedikas pou tout powèt kreolofòn)

Tout bon

kouzen
se vre powèt
pa ka bondye
enben
san mezire pye
powèt ka pwofèt

(2012)

Dlo zo m

depi w
ban m do a
je m
se zonyon yap kale
zonyon yap koupe

rivyè chagren
lapenn ak doulè
nan nanm mwen
pran kouri desann
pou rive jouk nan kè w

depi w
ban m do a
je m
se zonyon yap kale
zonyon yap koupe

(2012)

Wi fout

mizisyen
ayisyen
bon chantè
pa mantè
esplwatè
ni blofè
se kretyen
byen benyen
ak konsyans
e pasyans
ki travay
ak kouray
pou Ayiti
pa mouri

jou eleksyon
san presyon
pou chanje
andanje
kayiman
aganman
sendenden
ak reken
kou li jou
douvanjou
m sèmante
map vote
san danje
yon DJ

(2012)

Jwèt mo rèd

aganman
sanmanman
kè kontan
plen lajan
dan griyen
bèl mwayen
fèl toutan
kou lontan
aloumandya
ap kaladya
san mezire
penn malere
bèl bonjou
douvanjou
bèl pwojè
pou grajè
gwo diskou
toupatou
men tande
an n mande
tout sòyèt
sa kap fèt ?

(2012)

Goudougoudou

douz janvye demildis
Pòtoprens gen malkadi
woule pyafe kimen
pi mal ke kochon lasalin

dlo nan je
kretyen vivan
sou latè beni
kouri desann
desann
desann
desaaaaaaaan
al ranpli lanmè

aprè kèk segond
pi long ke 365 jou
nan ou ane san pitye
nan fon zantray
Pòtoprens
tout sak te chape
te de men sou tèt
yo di senpman
yo tande pifò ke loraj
vwa tè a ki tap rele kriye
GOUDOUGOUDOUGOUDOUOOOOOOOOOOOOOOOOOOOOOU
pi tris ke lè chen
wè mèt minwi a midi

douz janvye
Pòtoprens
tonbe malkadi
Pòtoprens
dyaye pyafe kimen
kou kochon lasalin

tout manman pitit
sou tout latè beni
pat jwen ase bra
pou mezire kòd
pou mare vant...

(2012)

Muah !
(pou Regine)

muah !
muah !
muah !
enben
muah pa w

(2012)

Zoup toup !

ti mo chwazi
sa yo zanmi
ka fè w awoyo
kou bon matchyo
e sispann plenyen
pou fanm toulimen

ti mo chwazi
sa yo zanmi
chita trè byen
kou vèb ansyen
nan priyè litani
poul kont malfini

(2012)

—Bobby Paul

The Bronx, NY —photo by Tom Phillips
Aller au sommaire de ce numéro de Tanbou/Tambour, Automne 2012–Hiver 2013

Page d’accueil  |   Sommaire de ce numéro  |   Contribution de Texte et de Courrier: Editeurs@tanbou.com