Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com



Fowòm solidarite nan Boston pou pote-kole ak kolòk entènasyonal sou Akademi Ayisyen an

—Kowòdinasyon ak repòtay pa Tontongi (Eddy Toussaint)

Nan sware 29 oktòb 2011, de 6 zè rive 9 vè, yon gwoup ekriven, atis, pwofesè ak aktivis kominotè ayisyen te reyini nan lokal Kafanm, yon sant kominotè pou dwa fi, refijye ak imigran, ki chita nan Dòchestè, Boston, nan Eta Masachisèt, Ozetazini, pou fòme yon Fowòm Pou Pote-Kole Ak Kolòk Entènasyonal Sou Akademi Ayisyen.1 Malgre yon tanpèt nèj ak lapli meteolojis te anonse ak panik e laperèz e ki louvri zèl li depi koumansman jounen an, yon kantite apresyab moun—yon trantèn—te vin patisipe nan fowòm lan.

Yon ti louga sou asistans la kote ou ka wè, apati devan dwat, Sebastien Lucien, Marie Evangéline Roussel, Charlot Lucien, Leslie René ak pitit fi li, Jean Adam, Brutus, Danielle Legros Georges, Karl Monestant, etc. —foto Doumafis

Anpil pèsonalite nan kominote ayisyen an nan Boston, moun ki ap travay depi plizyè dekad pou vansman lang kreyòl ayisyen an, te andose e sipòte Fowòm lan. Pami moun ki te prezan yo e ki te prezante doleyans ak refleksyon nou te gen Carline Désiré, Patrick Sylvain, Danielle Georges, Lesly René, Charlot Lucien, Sebastien Lucien, Doumafis Lafontan, Yvon Lamour, Idi Jawarakim, Jean Hosler Delcy ak otè repòtay sila a, Tontongi.

Nou te fè sware Fowòm lan koennside avèk dènye sware Kolòk la. Mwenmenm, mwen te pale sou enpòtans Kolòk Entènasyonal Sou Akademi Ayisyen an genyen—ki reyini nan Pòtoprens, de 26 a 29 oktòb 2011—, patikilyèman sou fòs senbolik solidarite Dyaspora ayisyen an ka genyen nan rapòdefòs lengwistik e politik ann Ayiti yo. Puiske langaj oubyen pi presizeman lapawòl pa inonan eke chwa lang se yon chwa politik—kouwè sa te rive apre 1804 lè nouvo dirijan ak klas dominan ayisyen yo te fè chwa lang fransè ak kilti fransè kou lang ak kilti de valè odepan de lang ak kilti kreyòl ayisyen an—, travay Kolòk Sou Akademi Ayisyen an, ansanm ak sipò Fowòm Boston an, se zak politik ki gen yon pakèt valè ak enpòtans senbolik. Mwen raple yo ke Fritz Deshommes, youn nan òganizatè Kolòk nan Pòtoprens lan, te pale avèk admirasyon de solidarite kanmarad Boston yo te pote bay patisipan Kolòk Pòtoprens yo.

Chak nan prezantè oubyen entèvenan yo te eksprime sipò yo pou pwojè Akademi Ayisyen an. Men rezime piba a sa yo te di:

Carline Désiré (asistan sosyal, edikatè, aktivis kominotè, dyektris Kafanm ak AFAB, Asosyasyon Fanm Ayisyen nan Boston):

Apre kèk mo labyenveni, kote li souliye enpòtans reyinyon an, Carline salye prezans anpil jènjan ak jènfi nan Fowòm lan; li endike yon Akademi Ayisyen ap yon pa pozitif pou yon lang ki bezwen bon enstitisyon. Li envite patisipan yo pou yo pataje eksperyans yo nan «espas enfòmèl» Fowòm lan ofri a.

Patrick Sylvain (ekriven, enstriktè kreyòl nan Inivèsite Brown Ozetanini):

Yon ekriven ki antre Ozetazini nan adolesans li e ki ap ekri powèm ann ayisyen depi l te ti elèv nan lise, high-school, nan Kambridj, Masachisèt, Patrick te pale de foste nonmen lang ayisyen an «kreyòl» olyede «ayisyen». Etandone anpil diferans ki genyen ant kreyòl ayisyen an ak lòt lang yo nonmen kreyòl nan lemonn yo; etandone sitou orijin kolonyalis apelasyon kreyòl la—ki soti de mo panyòl Criollo—misye ensiste pou nou rele lang ayisyen an senpman ayisyen.

Yon vi asistans lan, nan fon goch adwat ou ka wè Tontongi, Yvon Lamour, ak Doumafis Lafontan. —foto Doumafis

Li pale de analoji ak korelasyon negatif kolon yo te bay mo kreyòl la, ki te vle di bagay ki pa toutafè rafine, bagay ki pa ase sivilize kouwè bagay ewopeyen. Li raple ke tèm kreyòl la vin refere kou tèm lengwistik sèlman vè ane 1910–1915 yo, men, anvan, referan kreyòl se te plis kou yon adjektif: «kann kreyòl», «kochon kreyòl», elatriye. Li mansyone anplwayaj kiltirèl popilasyon ayisyen an ansanm ak lelit yo fè de lang ak imajri kreyòl la nan dyalite ant Bouki ak Malis nan tikont ayisyen yo: «Bouki se Kongo, Malis se yon kreyòl. Nan foto ak desen yo fè de yo, Malis gen ti brezo, li gen ti nen, tèt li byen penyen. Bouki limenm gen gwo dyòl, li nwa, cheve l pa byen penyen, trè souvan li pye atè. Malis toujou ap pran plezi sou li paske li [sipoze] sòt, li pa pale lang lan byen.»

Sylvain raple asistans lan pa gen ankenn lang ki estatik: «Lang fèt, evolye e mouri. (…) Leta italyen an te vin adopte yon idantite italyen apati de lang italyen an. Pou yon Akademi pran, fòk gen moun k’ap panse pou fè lang lan vanse, e fòk gen moun ki ap pwodui ladann. M’a swete tou nan kesyon Akademi an se pa voye-monte moun yo ap voye-monte. Fòk li gen bwa dèyè bannann. Fòk li gen lajan, li pa ka fèt avèk emosyon. Fòk li gen moun k’ap panse nan diferan sans; se pa senpman pwezi oubyen literati, men diferan sans pou pouse lang lan monte, pou kreye yon idantite, pou kreye yon baz kote jèn yo pral vin antre nan kesyon an, pou pi devan pa genyen 75 pousan moun ki analfabèt, pou pa gen preske 4 milyon moun ann Ayiti ki pa gen yon idantite.»2

Jean Hosler Delcy (anseyan Anglè Kou Dezyèm Lang nan AFAB):

Misye souliye ke ann Ewòp, ann Afrik, ann Azi e ann Amerik gen plizyè lang, eke «sa ki enpòtan se ki sa k fèt pou yon moun metrize lang kreyòl la e rann li vin yon lang ki eksprime idantite pèp ayisyen an». Li mande patisipan yo pou yo defini «ki sa yon Akademi ye. Èske gen lòt esè ki te fèt pou enplante yon Akademi ann Ayiti ki pat reyisi? Si l pat reyisi poukisa—eki sa nou ka aprann de eksperyans sa a? Ki apò moun k’ap viv aletranje yo ka pote pou li?»

Danielle Georges (ekriven, pwofesè literati nan Lesly Inivèsite):

Yon pwofesè literati e powèt, manmzèl ekri ann anglè difètke li te vin Ozetazini depi l te toupi, men depè-e-demè ayisyen, li toujou kenbe idantite ayisyen li e ret yon manm solid nan kominote ayisyen nan Boston an (menmsi l pase yon tan egalman enpòtan avèk anglofòn etazinyen). Danielle se pitit Rodney Georges, yon entèlektyèl, atispent e aktivis politik ayisyen ki alekite nou nan jènnaj li; li se tou nyès gran powèt Ayisyen Jean-Claude Martineau, youn nan ra ekriven e teyatmann ayisyen ki ekri an kreyòl ayisyen. Manmzèl di li twouve li absid pou elèv ayisyen ap aprann an fransè, yon lang etranjè pou majorite nan yo; li di menmlè l’ap swiv deba kreyòl-fransè a de lwen, li rekonèt ke gen yon pwoblèm fondamantal ki bezwen yon solisyon kòrèk.

Carline Désiré ak Tontongi. —foto Doumafis

Li obsève ke 99 pousan Ayisyen pale kreyòl e sèlman 25 pousan pou plis ki ka pale franse, li mande: «Poukisa gen yon sistèm enstwiksyon nan yon lang etranje? Se kouwè pou w ale nan Inivèsite Ozetazini, kote majorite moun pale angle, ou ta oblije pale chinwa.» Li adrese objeksyon ki di si yo enstwi Ayisyen an kreyòl peyi a ap izole paske se sèl Ayisyen ki pale kreyòl ayisyen eke pa gen lòt peyi ki pale l. Pou kontrekare opinyon sa a, li bay ekzanp Itali: «Italyen aprann nan lang italyen , e se sèl kote yo pale italyen. (…) Ki sa yon Akademi ye? Ki sa yon Akademi Ayisyen ka aprann moun? Ide yon Akademi Ayisyen se yon bagay ki trè enpòtan. L’ap vin valide e valorize sa gwoup itilizatè yo dakò pou yo fè. Harvard pat sèlman vin Harvard konsa. Li pase yon pwosesis long pou l vin sa l ye a. (…) Lang kreyòl la gen nan limenm yon sansiblite ki trè sibvèsif e revolisyonè.» Li bay ekzanp mo kreyòl ayisyen «nèg» ki siyifi «moun», blan oubyen nwa [P. Sylvain kontredi l pou l «nègès» siyifi sèlman «fanm nwa», yon opinyon otè sila a pa dakò avè l paske «nègès» ka refere tou ak tout fanm, nwa oubyen blanch.] Danielle Georges konkli pou l di otorite Akademi an ka vin deside de tip de deba ak kesyon sa yo. Li di li twouve li «eksitan» yon Akademi Ayisyen ap vin pran pye.

Doumafis Lafontan (entelektyèl piblik, eseyis e aktivis kominotè):

Misye poze kesyon an antèm rapòdefòs politik kote sa yo ki gen pouvwa ekonomik e politik yo enpoze yon sistèm lengwistik ki defavorize pèp la—se menm liy sa a mwen te souliye nan remak mwen anvan yo, men Doumafis ba li agiman apui konplemantè ki kore l. Doumafis pale de eksperyans pèsonèl li lè l te fèk antre Ozetazini alaj 17 tan kote li fè fas ak yon lang etranje, ki rann li pè ekri an kreyòl ayisyen: «Men, otomatikman mwen koumanse ekri an kreyòl tout bagay vin pi klè pou mwen.» Akoz de asirans pratik ekriti an kreyòl vin ba li, misye di, sa ba l fòs pou l ekri ann anglè e pibliye nan plizyè gran revi nan Dyaspora a.

Charlot Lucien (kontè, powèt, atispent, aktivis kiltirèl):

Misye louvri prezantasyon l lan avèk yon omaj pou Pierre Vernet, ki mouri nan tranblemanntè a; yon nonm ki jwe yon wòl santral nan devlopman ak valorizasyon lang kreyòl ayisyen an. Lucien regrèt misye pat la pou l patisipe nan Kolòk entènasyonal la.

Lucien pale de eksperyans li, an 1986, lè li t’ap travay kòm enstriktè nan l’École Nouvelle, yon lekòl pou timoun ki te gen pwoblèm disiplin ak akademik. Li bay ekzanp Gérard M. Gardieu ki vin ak ide pou fè klas lekòl yo an kreyòl. Paran timoun yo, ki majorite nan yo te manm boujwazi kòmèsyal la, leve kanpay nan telefòn kont zafè klas kreyòl sila a. Men akoz de pèsistans anseyan yo, pwojè a kontinye.

Sito l chanje langaj e anseye elèv yo règ gramatikal kreyòl e ba yo fè disètasyon an kreyòl, misye remake mwayèn anpil timoun yo—ki te konn fè yon pakèt fot nan disètasyon an fransè, kote l te konn souliye nan 4 paj 35 ak 40 fot—, vin ogmante; yo koumanse af fè mwens fòt, e yo vin ap pran plis grad: «Elèv yo reyalize lè yo gen pou ekri son “en” an kouwè nan “men”, yo pa gen pou yo reflechi si pou yo ekri “eim”, “ain”, “in” oubyen “hein”; son “en” an ret yon sèl an kreyòl. Timoun yo ap remèt devwa disètasyon, miltiplikasyon ak syans sosyal ki de 60-65 vin monte 89-92 pwen. (…) Se paske yo te konprann sa k t’ap di a. Volonte politik dirijan lekòl la te pouse yo adopte yon estrateji pou fè timoun yo aprann.»

Lesly René (tinonjwèt Konpè Le, anseyan kreyòl ayisyen, teorisyen ak kòmantatè politik):

Konpè Le di li vle pran yon opsyon optimis sou kesyon kreyòl la menmlè genyen refleksyon ki parèt pesimis sou kesyon an. «Gen evolisyon ki fèt nan kreyòl la ki fèt natirèlman, sètadi se sosyete a, popilasyon an ki favorize l», li di. Li raple travay Christian Beaulieu, ko-fondatè avèk Jacques Roumain Pati Kominis Ayisyen an, ki te remake si l pou l politize mas la nan kesyon revolisyon, fòk li itilize lang li pale a «kesyon politik la te klè nan tèt li menmlè li te wè enpòtans lang kreyòl la antèm devlopman kilti popilè a». Konpè Le souliye tou wòl Legliz Pwotestan ki te wè yon twou vid li ka eksplwate nan dekoròm elitis Legliz Katolik ki te toujou ap itilize franse ak laten nan lamès: «Legliz Pwotestan yo di yo pral pran yon estrateji ki baze sou anplwa lang kreyòl a nan sèvis yo. Yo vin poze kèk fondman ki trè enpòtan nan devlopman lang lan. Yo chache aprivwaze pèp la atravè lang kreyòl la.» Li pale de sistèm ekriti kreyòl yo rele Faublas-Pressoir a (daprè Charles-Fernand Pressoir e Lélio Faublas) «ki pwopoze lòt fason pou ekri kreyòl atravè lengwistik fòmèl». Li di rivalite ant enperyalism kiltirèl fransè ak enperyalism kiltirèl meriken an te antre nan politik lang ann Ayiti, men an rezime se objektif politik yo genyen.

Konpè Le raple «Refòm Bernard la ki te fèt nan yon kontèks diktati ki t’ap chache yon ouvèti, te gen yon pretansyon inivèsalite. Echèk fransè a se lefètke li pat kapab entegre majorite pèp la nan sen l». Misye di li pa yon «puris» nan kesyon kreyòl-fransè a. Li di li panse popilasyon ayisyen an konprann anpil fransè «paekzanp Jean Dominique, ki te pale esansyèlman an fransè, pèp la te konprann sa l’ap di—pwoblèm lan se pa enposiblite pou fè edikasyon an fransè».

Li mansyonè wòl enpòtan yon chedèv kou Dezafi jwe nan literati kreyòl ayisyen, men li ajoute ke menmlè travay Frankétienne sa a enpòtan, pou li chedèv an kreyòl ki pi detèminan se tèks Michel-Rolph Trouillot pibliye an 1974 la, Tidife vole nan istwa Ayiti, «ki te eleman ki pi enpòtan paske li fè yon coupure ki di n’ap fè lòt bagay avèk lang kreyòl la. (…) Li devlope tout yon sòt de enstriman konseptyèl, de zoutiyaj konseptyèl pou l pèmèt li itilize anndan tèks la san l pa tonbe nan yon bann istwa de fòlklorism, men anmenmtan tou itilize dèzeleman ki natirèlman kiltirèl anndan sosyete a deja.»

Misye konkli prezantasyon l lan pou l di: «Jeneralman popilasyon yo enterese ak lang pou kòb, kòb nan aspè pwodiksyon, yon enterè pratik, pou yo ka ogmante pwodiksyon, pou yo ka viv pi byen. (…) Donk se yon enstwiman pou yo kontinye viv youn ak lòt… yon eleman de byennèt. Yon lang pa yon bagay inosan, yon bagay nayif; li se yon zouti batay nan lavi, e se yon zouti tou ki kontan li se yon zouti batay paske se sa l ye; se kontradiksyon an paske otan l se yon zouti batay, otan l se yon zouti opresyon oubyen represyon endividi nan sosyete a. [Kesyon an] se kiyès ki apwopriye lang lan? Kiyès ki fè sa l’ap fè avèk lang lan? Si lang lan pa ka jistifye tèt li kou yon eleman de pwogrè li pèdi kredibilite nan sen mas la.»

Yvon Lamour (enstriktè kreyòl ayisyen, konseye edikasyon):

Misye se enfòman mwen site nan liv mwen an, Critique de la francophonie haïtienne, nan listwa antanke parenn yon maryaj nan Kambridj, nan Eta Masachisèt, lè lè rive pou li li diskou donè parenn lan, misye tire nan pòch levit li fèy papye yon diskou li ekri e li li antyèman an kreyòl ayisyen. Asistans lan te sezi, men yo te apresye kouraj ak enpètinans Yvon pou li fè sa l te fè a.

Yvon te plonje vin nan Fowòm lan dirèkteman de Monreyal, Okanada, kote li te al patisipe nan komemorasyon Mwa Kreyòl Ayisyen òganize chak ane depi 2001 pa KEPKAA (Komite entènasyonal pou pwomosyon kreyòl ak alfabetizasyon).

Misye li pou Fowòm lan yon doleyans Michel-Ange Hyppolite (konnen tou sou non ekriven Kaptenn Koukourouj) te ekri pou Fowòm lan kote li eksprime lide yon akademi dwe yon «ekip travay» k’ap ka kreye «youn espas santral pou evite travay tout voum se do ki gen tandans enstale kò li nan devlopman lanng kreyòl Ayiti a».

Nan tèks li an Michel-Ange Hyppolite bay sipò l ak kreyasyon yon Akademi ayisyen: «Se pa senpman Akademi franse ki anpeche moùn ekri lanng franse a jan yo vle. Se pa senpman akademi franse ki fè moùn suiv regleman ki genyen nan lanng franse a; annatandan, kèlkeswa gwoup òganize ki ekziste pou kontwole epi oryante materyèl ki ap pibliye an kreyòl yo, nou bezwen yoùn an Ayiti a. Lanng angle pa gen akademi, poutan pyèsmounn pa ekri angle nan lib. San dout genyen youn ekip moùn ki ap travay pou reglemante chanjman ki ap fèt nan lanng lan, paske tout lanng ap evolye ane apre ane, epi fèt pou genyen youn biwo pou kodifye nouvote yo. Se espas sa a nou bezwen pou kreyòl Ayiti a. Nan Kebèk, genyen Office de la langue française ki la pou reglemante aktivite lenguistik nan pwovens Kebèk la epi asire yo, lanng franse a rete ak diyite li nan mitan tout pwovens ki pale angle yo. An Ayiti nou bezwen youn ekip moùn ki pou ap veye dezòd ki ap fèt sou teren kreyòl la. (…) Jodi a, mwen chwazi santre mesaj mwen an sou mo ki ap rantre nan lanng kreyòl la pou agrandi li. Konsa, mwen kab di nan travay elajisman chan mo kreyòl yo nan divès domèn lakonesans, genyen plizyè filyè posib. Filyè sa yo genyen lontan yo ap manifeste anndan lanng kreyòl la. Se kouran angle ak vwayaj ale-vini Ayisyen nan peyi Etazini ansanm ak vivasyon Ayisyen nan peyi Etazini, ki yomenm ap fwote ak youn seri reyalite ki pa te ekziste nan lavi yo. Moùn sa yo rantre mo sa yo nan pale kreyòl la.»

Michel-Ange tèmine papye l la avèk kèk konsèy pratik e kèk bon swetay: «Prensip kle, epi ki klè tou, se rasanble tout ekspè nou yo, nan divès branch, suivan enterè yo, pou yo travay ansanm. Ekip moùn sa yo dwe mete tout prejije ewosantrik yo sou kote pou yo santre yo sou mo nou genyen nan peyi a dabò, epi apre sa pou yo ale chèche deyò. Nou oblije al chèche deyò, paske menm lè pèp la genyen pwòp mo teknik pa li nan domèn lavi chak jou li, konesans li nan domèn lan rete limite parapò ak divès rechèch entènasyonal ki ap fèt nan menm domèn lan. (…) Vrè wòl akademi /ofis lanng / biwo lanng lan (rele li jan nou vle) se va elimine prejije negatif kont mo ki soti nan ran pèp la, epi kreye youn metòd travay pou pèmèt espesyalis ki ap viv nan dyaspora a pote koutmen pa yo nan domèn ki enterese yo san yo pa oblije rantre Ayiti si li pa obligatwa.»3

Nan prezantasyon pa l la, Yvon Lamour te pale sou diferans ak resanblans ak kominalite nan fason plizyè rejyon ann Ayiti eksprime yo nan lang ayisyen an; li panse yon Akademi Ayisyen ka ede alafwa ranfòse imaj enstitisyonèl lang lan, men tou disipline nan regilarizasyon règ gramatikal ak òtografik yo.

Nan yon tèks majistral Yvon ekri dirèkteman pou Fowòm lan li titre «Lakontantman ak Laperèz nan Bouyon Lengwistik Remontan: Ti Koze Sou Akademi Ayisyen» (pibliye nan edisyon Tanbou sa a), misye elabore dabò sou manda konstitisyonèl ki tabli lejitimite demand pou Akademi an: «Atik 213 Manman Lwa peyi a deklare, “Yo mete yon Akademi Ayisyen pou li fikse lang kreyòl la e pou li fè l kapab devlope anfòm, ann òd epi selon prensip lasyans.” Se [donk] vre, Atik 213 Konstitisyon Ayisyen 1987 la mande klè kou dlo kòkoye pou nou mete yon Akademi ayisyen pou vansman lang lan.» Men, misye kontinye: «Lontan anvan ane Konstitisyon 1987 la te pral parèt tèt li, lengwis ak kreyolis toupatou te konn ap mande pou tout Ayisyen chache pran kreyòl la, lang manman ak papa yo, oserye; lèfini, pou yo ta mete enstitisyon tout kalite ki soti nan leta ak nan sosyete-sivil k’ap bay lang lan jarèt. Nan moman sa a, n’ap fè rimay Pastè Ormonde McConnell ak Edikatè Frank Laubach, 2 meriken ki te bay kreyòl anpil gwo bout tonton bourad nan ane 1940-1950 yo, avèk premye òtograf (sistèm ekriti) yo te tabli a. Filològ Charles-Fernand Pressoir ak Lelio Faublas merite gwo plas nan fèy memwa nou tou, poutèt yo te kreye yon dezyèm sistèm ekriti yo te kwè ki te pi natif-natal pase sa McConnell ak Laubach te gentan tabli anvan an. Konsa, soti sou tout mouvman ki te fèt nan lepase sa yo vin tonbe sou Dekrè-Lwa 1979-sou sistèm òtograf IPN nan, nou mèt di demach pran kreyòl la oserye a te tanmen, san nou pa bliye anpil gwo jefò pou antre kreyòl lekòl Minis Edikasyon Jozèf Bèna, avèk menm dekrè a anba bra li, te fè nan epòk sa a. Se te yon michan vansman pou kreyòl la. Kòm enstitisyon, se te Enstiti Pedagojik Nasyonal /Institut Pédagogique National (IPN) ki te pote labanyè pou devlope materyèl epi pouse lang kreyòl la vanse devan. [Donk] te vin genyen twa sistèm pou ekri kreyòl ayisyen ki te nan sikilasyon: òtograf McConnell-Laubach, òtograf Pressoir-Faublas, epi òtograf-IPN. Pami yo se òtograf-IPN nan sèl lalwa te mande pou moun k’ap ekri sèvi. Atousa, anpil kreyolofòn pa te vle suiv regleman yo. Men pou di vre, jouk jounen jodi a, nou kontre moun ki vle kenbe tandans pa suiv regleman ak lalwa sou sistèm ekriti ofisyèl la. Gen moun se eskiz syantifik, gen lòt se enkredil yo enkredil, gen lòt toujou se eseye yo poko eseye aprann li ak ekri kreyòl ditou. Sanble Akademi Ayisyen pral vin louvri je moun sa yo, pou montre yo nesesite pou tout moun respekte règ ki tabli pou kouche lang manman ak papa yo sou papye. Mwa oktòb 2011 nou ye la a, nou mèt di karebare kolòk sou Akademi Ayisyen ki sòt fèt la se yon lòt gwo bout jefò tou pou fè lang kreyòl nou an pwogrese.»

Misye di alafwa lakontantman ak laperèz te pran l lè l te tande kesyon Akademi Ayisyen an: «Lakontantman poutèt kolòk la ap fèt, epi poutèt mwen konnen degre konviksyon kèk moun ki pral patisipe ladan li. Mwen kontan poutèt ekzistans AA pral lakòz kakas ak nannan lengwistik kreyòl ayisyen resevwa tretman natif natal, ki pral bòde lang lan selon kòporans, konpòtman, ak abitid ki rele li chèmèt chèmètrès. Tout moso zo, tras, wonf, mwèl latriye lang zansèt te konn pale nan Lafrik pral pase anba mikwoskòp ak paswa AA. Mwen anba lapèrèz pou enstitisyon AA sa a pa ta tounen yon ti Lafrans, tèlman manm li yo ta vle imite Akademi Fransèz. Mwen pè pou nèg ak nègès ayisyen pa ta vle pou se “40 imòtèl”, kidonk 40 manm ki la pou toutan gen tan, ki ta dwe mennen enstitisyon an, tankou sa sanble li ye nan Akademi Fransèz. Dènye lapèrèz sa a te disparèt nèt, lè m vin konnen kijan Atik 214 Manman Lwa peyi a klè sou kozman tit manm yo anndan AA. Lapèrèz anvayi m poutèt AA kòm enstitisyon ka vin bay Ayisyen yon teren anplis pou pil dilatwa ak dekalyon lòt okazyon pou yo ka kwape lòd, regleman, oswa disiplin. Lapèrèz nwaye m nèt poutèt mwen te vle ale nan kolòk la, men mwen pa te ka ale. Ositou, poutèt tout sa m pral rakonte la yo, mwen santi se nan kolòk la li-menm menm mwen ta vle al rakonte yo. (…) Yon akademi bezwen ekspè, ekspè bezwen fè rechèch, rechèch mande resous, resous mande ekipman, lèfini ekipman mande lajan. Desizyon ki pran jodi a dwe vin tabli règ, prensip ak machasuiv pou sa k’ap vini demen ka suiv. AA dwe pran abitid kite tras konsekan ki pou mennen kreyòl sou chimen pwogrè ak depasman. Lè AA fin trase yon gwo tras pwès, sa k’ap vini ta dwe ale bay tras sa plizyè vizit, sonde li, pran pèz li, anvan pou yo ta depatcha tras sa a.»

Nou ta mande lektè yo pou yo tcheke totalite atik Yvon an paske l diskite sou plizyè aspè pwoblematik kreyòl la ansanm ak wòl pozitif yon Akademi Ayisyen ka jwe nan eklerasyon li. Ann site l yon tijan plis: «N’ap resevwa AA avèk tout kè, sèvo, ak lespri nou: kè nou ap fè nou renmen travay enstitisyon an pral fè yo patriyotikman; sèvo nou pral fè nou valorize tout sa lang lan kannale kòm kilti ak idantite nou; alafendèfen, lespri nou pral tanmen ede nou metba yon latriye zèv pou pote bay AA mete nan achiv ak dokimantasyon li. (…) N’ap pwofite mande lafanmi, lèzami, lepèp, lekòl, lasosyete, laboujwazi, lapolis, leta, legliz, levodoun, lelit, lamas, lasyans, lafrik, loksidan, lemond, ak lèzentèlèktyèl pou yo kanpe fèm fè yon sèl avèk AA pou ede enstitisyon an pouse lang lan pi devan. Pinga vin kontrarye li, okontrè gide li, ba li lebra ak jarèt pou li ka pare tout lakilbit ak fopa li pral kontre yo. Nou espere, nan bouyon lengwistik gou rekonfòtan sa a, nou te rive esplike ti kras tout lakontantman ak lapèrèz ki te anpare nou yo. Nou pa te gen posiblite ale nan kolòk la, men si nou te ale, tout sa nou sot di la a se sa nou tava di frè ak sè nou yo.»4

Dènye entèvansyon apre Yvon Lamour te entèvansyon mizikal pa Sebastien Lucien, yon ti jènjan 12 zan daj, ki se tou yon aktè teyat akonpli; li sirenade asistans lan avèk yon bèl melodi fòlklorik ayisyen sou gita. Idi Jawarakim, yon gran mizisyen ayisyen e ekselan entèprèt-tradiktè ann ayisyen, te amize asistans lan avèk yon bèl mizik sou gita.

Tout patisipan yo te kite Fowòm lan avèk grann emosyon e avèk konviksyon yon gwo pa vin franchi nan pwosesis valorizasyon lang ayisyen an.

—Tontongi

Nòt

1. Fowòm lan te anonse nan Radyo Anba Tonèl Lakay ak Radyo Focus, ki te fè 2 emisyon avèk diskisyon sou Kolòk la ak sou keksyon lang ayisyen an an jeneral.
2. Tcheke tèks P. Sylvain an nan nimewo ivè 2011 jounal Tanbou (www.tanbou.com)
3. Tcheke totalite tèks sila a nan edisyon Tanbou koulyea. Nou pa chanje diferan òtograj kèk mo M.-A. Hyppolite anplwaye, tèlke paekzanp «lanng» olye «lang».
4. Tcheke totalite tèks sila a nan nimewo Tanbou koulyea.

Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com