“Sèl lang ki simante tout ayisyen ansanm, se lang kreyòl. Kreyòl ak franse, se lang ofisyèl Repiblik d’Ayiti.” Se pawòl sa a nou jwenn nan Atik 5 Konstitisyon 1987 la. Manman Lwa peyi a rekonèt kijan lang kreyòl la soude nou-menm Ayisyen.
Atik 213 Manman Lwa peyi a deklare: “Yo mete yon Akademi Ayisyen pou li fikse lang kreyòl la e pou li fè l kapab devlope anfòm, ann òd epi selon prensip lasyans.” Se vre, Atik 213 Konstitisyon Ayisyen 1987 la mande klè kou dlo kokoye pou nou mete yon Akademi ayisyen pou vansman lang lan.
Nan Atik 213 la, Manman Lwa peyi a deklare tou: “Yo kapab mete lòt akademi toujou.” Kidonk, depi nasyon an bezwen akademi, nou gen dwa tabli yo jan nou pito.
Konstitisyon 1987 la kontinye pou li di nan Atik 214 la li-menm: “Pote non: manm akademi, se yon dekorasyon”, dizondi se pou lonè ak laglwa. Sou menm ti tèks la, Atik 214-1 roule konsa: “Lalwa deside kouman pou akademi yo òganize ak kouman pou yo mache.” Fwa sa a, se Atik 213 la menm ki pral gid nou nan ti rale n’ap fè la a.
Lontan anvan ane Konstitisyon 1987 la te pral parèt tèt li, lengwis ak kreyolis toupatou te konn ap mande pou tout Ayisyen chache pran kreyòl la, lang manman ak papa yo, oserye; lèfini, pou yo ta mete enstitisyon tout kalite ki soti nan leta ak nan sosyete sivil k’ap bay lang lan jarèt. Nan moman sa a, n’ap fè rimay Pastè Ormonde McConnell ak Edikatè Frank Laubach, 2 meriken ki te bay kreyòl anpil gwo bout tonton bourad nan ane 1940–1950 yo, avèk premye òtograf (sistèm ekriti) yo te tabli a. Filològ Charles-Fernand Pressoir ak Lelio Faublas merite gwo plas nan fèy memwa nou tou, poutèt yo te kreye yon dezyèm sistèm ekriti yo te kwè ki te pi natif-natal pase sa McConnell ak Laubach te gentan tabli anvan an.
Konsa, soti sou tout mouvman ki te fèt nan lepase sa yo vin tonbe sou Dekrè-Lwa 1979-sou sistèm òtograf IPN nan, nou mèt di demach pran kreyòl la oserye a te tanmen, san nou pa bliye anpil gwo jefò pou antre kreyòl lekòl Minis Edikasyon Jozèf Bèna, avèk menm dekrè a anba bra li, te fè nan epòk sa a. Se te yon michan vansman pou kreyòl la. Kòm enstitisyon, se te Enstiti Pedagojik Nasyonal/Institut Pédagogique National (IPN) ki te pote labanyè pou devlope materyèl epi pouse lang kreyòl la vanse devan.
Rive la, te vin genyen twa sistèm pou ekri kreyòl ayisyen ki te nan sikilasyon: òtograf McConnell-Laubach, òtograf Pressoir-Faublas, epi òtograf IPN. Pami yo se òtograf IPN nan sèl lalwa te mande pou moun k’ap ekri sèvi. Atousa, anpil kreyolofòn pa te vle suiv regleman yo. Men pou di vre, jouk jounen jodi a, nou kontre moun ki vle kenbe tandans pa suiv regleman ak lalwa sou sistèm ekriti ofisyèl la. Gen moun se eskiz syantifik, gen lòt se enkredil yo enkredil, gen lòt toujou se eseye yo poko eseye aprann li ak ekri kreyòl ditou. Sanble Akademi ayisyen an pral vin louvri je moun sa yo, pou montre yo nesesite pou tout moun respekte règ ki tabli pou kouche lang manman ak papa yo sou papye.
Mwa oktòb 2011 nou ye la a [dat ekriti tèks la], nou mèt di karebare kolòk sou Akademi ayisyen ki sòt fèt la se yon lòt gwo bout jefò tou pou fè lang kreyòl nou an pwogrese. Nou espere òganizatè kolòk la ava ban nou yon rapò fètefouni sou tout desizyon yo te rive pran pou nou konnen kilè Akademi a pral louvri pòt li.
Apa nan atik 213 la ki mete kreyòl la kanpe kin nan katdidantite peyi a, Konstitisyon 1987 la rekonèt lang lan kòm siman k’ap simante tout Ayisyen, yonn ak lòt. Konstitisyon 1987 la deklare karebare kreyòl ak franse se 2 lang ofisyèl Ayiti. Yon bò nou pral layite koze a tout longè sou kreyòl la; yon lòt bò, nan lespri nou sitou pou jodi a, nou pa pe bliye obligasyon pou nou tabli edikasyon bileng ekzistans 2 lang ofisyèl konstitisyon an vin swente sou tablati politik lengwistik nasyon an. Se nan yon lòt rale n’ap vin chita sou kozman amenajman lengwistik sa a.
Nan sans sa a, Konstitisyon 1987 la trase vèvè misyon ak bivize Akademi ayisyen an. Konstitisyon 1987 la pi klè toujou sou kozman siyifikasyon tit manm nan Akademi yo. Egal, mwen sispèk pòsyon nan atik la ki pale de kozman “prensip lasyans” lan sanble ban nou yon ti lòsye sou ki kalib nèg ak nègès ki pou vin manm Akademi sa a.
Atout se jouk nan lane 1982 mwen te pral patisipe nan Haitian Creole Institute, nan Inivèsite Indiana, Eta Indiana, peyi Etazini, kote Dr. Albert Valdman (Bòs Albè) te pral byen degoche mwen nan lengwistik kreyòl ayisyen, anvan sa mwen te gentan asiste yon latriye konferans sou tout sijè an kreyòl avèk The Haitian Fathers nan Nouyòk, epi sou kreyòl avèk Pwofesè Iv Dejan, ki te fin kanzo m nètale nan fè m rekonèt enpòtans devlopman lang manman ak papa mwen. Antansa, fòmasyon pwofesyonèl mwen nan literati angle ak ansèyman angle kòm dezyèm lang vin montre m kijan pou m etidye, konpare, konprann epi anseye kreyòl, angle ak franse nan bon ti mamit. Digdal atelye ak kou kreyòl mwen konn òganize nan Boston depi ane 1983 yo, materyèl mwen rive devlope yo, mete sou seminè fòmasyon pou mèt ak madmwazèl lekòl m’ap fè toupatou Ayiti depi 1997 yo vin tanpe konviksyon m sou enpòtans devlopman lang lan pi rèd. Rankont mwen ak mesye Sosyete Koukouy Kanada yo pral laji aktivite mwen nèt kòm kreyolis. Menm jan ak pifò Ayisyen jenerasyon mwen ki te gen chans rive nan gwo klas lekòl anvan yo te kite lakay Ayiti, mwen pa te konnen “a” nan fèy patat òtograf oswa lengwistik kreyòl. Se sèl nan lang franse mwen te aprann epi konnen tout konesans nan liv.
Antan m’ap mande lapèmisyon, nan tout rès ti rale m’ap fè la a, pou m rele Akademi ayisyen an AA, kite m repete ankò ki gwo wòl Atik 213 Konstitisyon 1987 la mande pou AA jwe yo: “fikse kreyòl, fè kreyòl kapab devlope anfòm, fè kreyòl mache ann òd, epi fè kreyòl suiv prensip lasyans.”
Lakontantman ak Lapèrèz
Menm kote mwen te tande kozman kolòk sou AA a, lakontantman ak lapèrèz te anpare m lapoula. Lakontantman poutèt kolòk la ap fèt, epi poutèt mwen konnen degre konviksyon kèk moun ki pral patisipe ladan li. Mwen kontan poutèt ekzistans AA pral lakòz kakas ak nannan lengwistik kreyòl ayisyen resevwa tretman natif natal, ki pral bòde lang lan selon kòporans, konpòtman, ak abitid ki rele li chèmèt chèmètrès. Tout moso zo, tras, wonf, mwèl latriye lang zansèt te konn pale nan Lafrik pral pase anba mikwoskòp ak paswa AA.
Mwen anba lapèrèz pou enstitisyon AA sa a pa ta tounen yon ti Lafrans, tèlman manm li yo ta vle imite Akademi Fransèz. Mwen pè pou nèg ak nègès ayisyen pa ta vle pou se “40 imòtèl”, kidonk 40 manm ki la pou toutan gen tan, ki ta dwe mennen enstitisyon an, tankou sa sanble li ye nan Akademi Fransèz. Dènye lapèrèz sa a te disparèt nèt, lè m vin konnen kijan Atik 214 Manman Lwa peyi a klè sou kozman tit manm yo anndan AA.
Lapèrèz anvayi m poutèt AA kòm enstitisyon ka vin bay Ayisyen yon teren anplis pou pil dilatwa ak dekalyon lòt okazyon pou yo ka kwape lòd, regleman, oswa disiplin. Lapèrèz nwaye m nèt poutèt mwen te vle ale nan kolòk la, men mwen pa te ka ale. Ositou, poutèt tout sa m pral rakonte la yo, mwen santi se nan kolòk la li-menm menm mwen ta vle al rakonte yo.
AA nan mitan Sosyete Ayisyen an
Yon akademi bezwen ekspè, ekspè bezwen fè rechèch, rechèch mande resous, resous mande ekipman, lèfini ekipman mande lajan. Desizyon ki pran jodi dwe vin tabli règ, prensip ak machasuiv pou sa k’ap vini demen ka suiv. AA dwe pran abitid kite tras konsekan ki pou mennen kreyòl sou chimen pwogrè ak depasman. Lè AA fin trase yon gwo tras pwès, sa k’ap vini ta dwe ale bay tras sa plizyè vizit, sonde li, pran pèz li, anvan pou yo ta depatcha tras sa a.
Pou valè move kreyòl k’ap soti toulejou anba bouch, sou papye, nan radyo ak Entènèt, AA pral blije kreye mwayen ak lonn pou lonnen kijan moun pale, tande, li, epi ekri kreyòl. AA pral bezwen mete sou pye yon sit Entènèt ak lòt mwayen manbre pou ede kreyolofòn sèvi ak lang lan nan bon ti mamit. Tout kreyolofòn, lengwis ak kreyolis pral gen adrès AA nan fèy memwa yo, nan kalpen yo, oswa nan selilè yo, pa pou bay nuizans, men pou ede AA nan travay ak responsablite li.
Règ pou pale, li, lèfini ekri lang lan pral kouche sou papye. AA pral enspire Ayisyen suiv regleman ki fè lang lan rete granmoun tèt li. Èske lang ayisyen pale a pral rele Kreyòl oswa Ayisyen?
Nouvo non lang lan pral jwenn nan ta dwe rete konfòm ak istwa, kilti, epi eksperyans nou kòm pèp. Mwen pè pou nou pa ta chanje non lang lan sèlman poutèt kèk pami nou oswa zòt ap denigre non an, paske pi devan nou ka vin kontre avèk menm denigreman yo pou nenpòt lòt non nou ta bay lang lan, espesyalman si non sa a se ta “ayisyen”. Li ta sanble pwoblèm zòt genyen avèk nou an pi pwofon pase kijan nou rele lang nou, kilti nou, peyi nou, oswa pwòp tèt nou. Nou dwe laji rèldo nou pou nou pran responsablite nou, chak fwa nou rele zafè nou jan nou vle. Pou jan 2 mo sa yo “Ayiti ak Ayisyen” pran pataswèl anba bouch, koutplim, kamera, videyo, fim ak movezak zòt, mwen pa panse nou ta dwe sispann rele peyi nou “Ayiti” oswa tèt nou “Ayisyen” pou sa. Paske zòt fò nan bay kout fo mamit lasyans, nou blije pwoche tout koze zòt rele lasyans ak pensèt je-klere nou anba gwo pous nou. Nou pa ta dwe sispann rele peyi nou “Ayiti”, oswa rele kreyòl ayisyen “kreyòl”, poutèt zòt ta konsidere mo Ayiti a modi, oswa mo kreyòl la pa ta lengwistikman djanm ase pou nou rele lang nou konsa. `Èske poutèt filozòf Syèk Limyè tankou Monteskye, Rouso ak Vòltè, epi pi devan ankò gwosave tankou Igo pa te konsidere zansèt nou kòm moun, epi pou nou di nou pap rele tèt nou “moun” paske gwosave ak kolon esklavajis te deside nou pa ranpli definisyon moun? Si nou ta sispann rele tèt nou moun pou rezon dwòl sa a, Antenò Fimen (1885) ta pe tounen vin danse nan tèt manm AA yo pou li ta manyè refoubi bonnanj yo.
Menm kote m’ap soutni pozisyon rèd m’ap soutni la a, si AA pran desizyon rele kreyòl ayisyen an “Ayisyen,” oswa nenpòt ki lòt non, mwen se premye moun ki pral suiv desizyon an. Mwen pa kwè gen anyen ki sakre nan yon non, sitou nan yon peyi kote non chak grenn sitwayen se senbòl veksasyon yon eritaj kolonyal malouk. Agiman an se bezwen nou bezwen laji sèvo ak do nou tankou laye pou nou rive bay tout zafè nou non nou pito, san se pa zòt k’ap ban nou chenn, oswa san se pa nou-menm ankò k’ap teke pwòp kòd sansib pa nou. Nou dwe rete otantik ak tèt nou, devan pwòp tèt nou kòm grenn endividi, devan nasyon nou an, epitou devan lemond antye. Nan makònen jefò ak travay, AA pral ede nou mete pwòp tèt nou ak tout lòt moun nan wòl yo sou tout sa ki konsène lang lan. AA planifye pou l’al simen etimoloji (rasin, orijin ak istwa mo) nan mitan popilasyon an. Kreyolis pral degaje yo tankou Mèt Janjak pou tounen detektif dèyè dekiprevyen kèk mo kreyòl ki merite nou fè envestigasyon sou yo, atout mwen sonje dèfen Doktè Pyè Vènè te dekonseye nou, anvan Manzè Goudougoudou te lakòz zetwal msye file, pou nou pa rapousuiv kozman etimoloji sa a.
Ki pi rèd, se pa pi bon do mo “ayisyen” an li-menm genyen pase sa devan zòt ak nou-menm Ayisyen. Si mwen ta vle tounen ti landeng, mwen ta ka pran yon ekzanp nou konn tande nan milye Ayisyen andedan tankou deyò, yon ekzanp dwòl sou yon definisyon dwòl zòt abitye bay sou kisa Ayisyen ye. Koze dwòlman dwòl sa a pati konsa: “Ayisyen vle di, haïr les siens”, egal, mo ayisyen an vle di, yonn rayi lòt. Sa zòt genyen avèk nou an se anba bafon orijin nou kòm moun, kòm sosyete, kòm nasyon n’ap jwenn li. Èske definisyon dwòl sa a ta dwe efreye m jouk pou mwen ta demake ayisyènte m, sa mwen ye kòm ayisyen? Se pa ni definisyon dwòl konsa, ni lòt koze dwòl konsa k’ap rive fè m chanje non mwen. Se twòp atò! Dayè menm, prèske pifò nan nou, si se pa nou tout, pa menm gen non ak siyati bon zansèt nou. Zansèt yo se Baka, Kongo, Lenglesou, Maferima, Mobutu, ak Zili ki te non yo, menm jan non Ayiti vle di tè ki gen anpil mòn, non Desalin te chwazi poutèt Ayiti ak Ayisyen te vin vle di peyi ak non sitwayen yon peyi nèf pou byennèt tout pitit peyi a. Pandan nou ta vle chanje non lang kreyòl la, pa bliye pou n’al chache bon non orijinal, otantik zansèt yo te debake avèk yo a, lè yo te rive nan sistèm toupizi esklavaj la. Menm yon nonm tankou Aleksann Petyon, afranchi dizuikara devan listwa, sanble se nan dappiyanp msye te rive rache siyiti papa li. Papa msye pa te janm ba li batistè, menm jan sa te ye pou bonkou afranchi parèy msye. Pou simen plis limyè sou konpòtman tout mo kreyolofòn sèvi pou yo bay chak bagay non, AA pral bezwen fè anpil seminè sou pati diskou ki rele “non” an, sou leksik lang lan.
Si se ekzanp Paolo Freire nou pral suiv, lè n’ap chanje non lang lan, se bèl bagay nou pral fè, paske defen an te toujou fè nou sonje pou nou pran responsablite rele zafè nou jan nou vle, ba yo non nou pi pito, paske, wè pa wè, eksperyans n’ap fè yo se reyalite pa nou yo ye, n’ap toujou ka ba yo non ki kòdyòm epi ki apwopriye.
Se pou AA voye je sou tout rechèch ki deja fèt, k’ap fèt, epi ki pral fèt selon valè yo, selon merit yo, san patipri, san prejije. Lè nou rive pase plis tan sou travay Serge Fuertes yo, si nou ta chwazi rele lang kreyòl ayisyen an Ayisyen olyede Kreyòl, anpil nan nou pral vin pi alèz avèk non natif-natal tankou Mastèbrenn (pale moun nan Lwès), Kannistè (pale moun Nòdwès), Mpe (pale moun Grandans, Nip, Sid, ak Sidès), Kinay (pale moun nan Nò), Gwayamennto (pale moun Plato Santral ak Nòdès) pou idantifye 5 gran dyalèk Ayisyen pale nan 5 gran rejyon andedan peyi a. Seri non natif-natal konsa pa ta fè nou pè, okontrè se pouse yo ta pouse nou al chache konprann jan mo sa yo fonn nan bafon lavi ak basen veki moun rejyon yo, kijan chèchè natif-natal nou yo rive tòtòt esans lengwistik mo yo, epi vin rann yo ban nou anba non ki abiye ak rad lokal total. Paske nou pral vin konnen epi fin alèz avèk tout fasad lang kreyòl nou an, li pral pi fasil pou nou dijere konsèp desantralizasyon ki mande respè ak valorizasyon tout detay ak patikilarite chak dyalèk nou yo pote nan pwòp djakout kilti lokal ak lengwistik pa yo.
Nan sans sa a, AA pral ka ede nou voye je pi fon sou tout dyalèk lang kreyòl pa nou an pote nan kòtòf li. Sou menm woulib la toujou, nou pral vin reyalize kijan zèv Serge Fuertes yo deja trase chimen an pou nou deja, sitou nan jan zèv la rive lote tout senk gran dyalèk nou yo.
Nou sot obsève dyalèk yo se varyete nan aksan, nan kadans, ritm fraz, ak pwononsyasyon kèk mo vokabilè lokal, ki soti nan rejyon kote lòt Ayisyen parèy nou ap viv andedan peyi a. Men yo tout se menm lang kreyòl ayisyen an yo pale. Yon Ayisyen gen dwa soti nan tèt anbouchi Rivyè Masak nan Depatman Nòdès, epi li desann al koze ak yon lòt Ayisyen nan kwen Lèziwa nan Depatman Grandans. Yon jennonm ki vle soti Mòl Sennikola nan Depatman Nòdwès gen dwa desann Ansapit nan Depatman Sidès al file yon jennfi nan zòn sa a. Se san traka yonn ap konprann lòt. Yonn pa pe gen pyès pwoblèm pou li konprann lòt la, se kreyòl pale kreyòl konprann nètalkole. Yon fenomèn sosyolengwistik zèv Serge Fuertes yo ensiste sou li, mwen-menm tou mwen remake li nan lokalite kote m pase yo, se kozman tout moun nan bouk, santrevil, ak gwo vil toupatou nan peyi a konn pale dyalèk Mastèbrenn nan, apa pwòp dyalèk nan rejyon kote yo abite yo. Se nan founi je gade epi mete zòrèy an tronpèt pandan jou mache nan mitan yon mache lokal kote machann ak pratik ap fè machanday pou yon moun suiv kijan diferan dyalèk lang kreyòl ap kalonnen, epi kijan dyalèk Mastèbrenn ap fè antresoti nan tranzaksyon yo. Sa, se mèvèy kilti ak lengwistik!
Si Repiblik d’Ayiti gen lang kreyòl ayisyen ki pote 5 gran dyalèk nan kannkès li, Lafrans li-menm se 7 lòt lang ki diferan yonn ak lòt nèt lengwis yo jwenn sou teritwa Repiblik li a. Sou kote lang franse, peyi Lafrans gen omwen 7 lòt lang ki simaye nan plizyè rejyon. Lang alzasyen, lang bask, lang breton, lang katalan, lang kòsikan, lang oksitan, lèfini lang frankopwovensal se latriye lang franse pale nan plizyè rejyon nan peyi Lafrans. Nan mwa jen 2008, Akademi Fransèz te kwape Palman Franse poutèt palmantè yo te rive bay lang rejyonal sa yo batistè. Grenmezi zansèt nou yo lakay Ayiti, nou pa gen pou nou boule ak pyès traka konsa. AA ka vin ede nou konprann kijan nou ka fasilman vanse ak Kreyòl ak Franse kòm lang ofisyèl nou, si Lafrans nan mitan tout lang sa yo rive pwogrese konsa kòm peyi, jan li pwogrese a.
AA pral chache konprann pwogram bileng, kijan pwogram sa a mache nan kèk peyi ki sèvi ak li deja, kijan metòd ansèyman sa a ka benefisye tout Ayisyen fè yo resevwa enstriksyon ni an franse ni an kreyòl. Mètòd lage liv gramè nan men elèv lekòl depi derape nan klas dezyèm ak twazyèm ane a, olye se pou lè nou aprann franse, nou va suiv li pou nou aprann li ak ekri kreyòl dabò. Paske nou deja konn tande, pale, epi konprann kreyòl, liv gramè kreyòl pral aprann nou mòfoloji, leksik, sentaks, elatriye. Franse li-menm, nou pral aprann li tankou yo montre moun lang etranje, anba metòd ak teknik modèn. AA ka jwe gwo wòl nan kozman ansèyman bileng sa a. AA pral sèvi ak konesans sou pedagoji pou pwofesè epi aprantisaj pou elèv, pou li kore desizyon ak pozisyon li nan domèn nan. Kijan AA pral fè amenajman pou kreyòl ak franse nan peyi a, se yon kozman kapital.
AA pral ankouraje tradiksyon ak adaptasyon anpil zèv konsekan. AA dwe antre nan travay tradiksyon, adaptasyon ak natiralizasyon zèv ekriven ayisyen tankou zèv lòt ekriven lòt peyi, lòt epòk pou ede lang lan twoke kòn ak bèl lide inivèsèl. AA ka voye Ayisyen al fouye zèv gwo mesyedam nan Lafrik, Mwayènoryan, Lazi yo pou yo ka jwenn kichòy pou yo pote bay sèvo ayisyen ki tèlman swaf kozman pozitif. Nan sans sa a, demach AA yo ka chita nan bay Pri Literè ak lòt kalite dekorasyon pou zèv kreyasyon tankou zèv tradiksyon, adaptasyon ak natiralizasyon. Liv Antenò Fimen tankou De l’égalité des races humaines (1885) ak Les Lettres de Saint Thomas (1910), se ekzanp 2 liv ayisyen ka tradui, pou jan nannan liv sa yo rete aktyèl. Nou ka tradui zèv Paolo Freire tankou Pedagogy of the Oppressed, san mwen pa dwe bliye pil liv lekòl pou elèv ak pou anseyan nan domèn pedagoji, aprantisaj, korikouloum ak devlopman materyèl. Andedan imajinasyon mwen, m’ap fè vizyon mesyedam nan domèn agrikilti, lamedsin, lasante, jeni, komès, biznis ak maketing ki dwe deja kanpe tennfas pou yo kreye, tradui, adapte, oswa natiralize kozman nan domèn yo a, epitou kijan AA pral bezwen tabli seksyon espesyal ki pou okipe zèv ki soti nan domèn lasyans, teknik ak teknoloji.
AA ta dwe louvri lebra li bay Mouvman Kreyòl Ayisyen ak Sosyete Koukouy k’ap feraye depi plis pase 46 làne pou vansman kreyòl. Tankou nou te di sa deja, paske AA pral rasanble tout travay ki te gentan fèt, k’ap fèt, epi ki pral fèt sou kreyòl ayisyen, l’ap bezwen tabli rapò travay epitou kolabore ak Sosyete Koukouy. Pi rouye pi koupe, apre depase 46 ane sou tèt li, epi sou teren lang kreyòl nou an, Sosyete Koukouy rive antipile anpil eksperyans ak konesans, san nou pa bliye latriye zèv ak rechèch manm enstitisyon literè sa a deja pibliye yo ka separe avèk AA. Mete sou sa, dwe gen pakèt lòt grenn endividi ak gwoup k’ap travay pou vansman lang lan, AA pral bezwen soutni relasyon travay epi kolabore ak yo tou. AA pa pral fè metye valorize zèv literè sèlman.
Yon fwa AA fin tanmen bay lesepase pou zèv kreyòl tout kalite, nan tout domèn, nan tout konesans, diferans ant kreyòl rèk ak kreyòl swa pral tabli firamezi. Mo rèk ak mo swa pa gen yon prèlyèm diferans devan lengwistik, atout moun ki sèvi ak swadizan mo swa kwè abitid pale li pi evolye, pi akseptab pase pa moun ki sèvi ak swadizan mo rèk. Nou pa pe gentan chita twòp jodi a sou fenomèn sa a; tansèlman, kite nou di sosyolengwistik etidye kijan moun sèvi ak lang pou yo afiche konpòtman sosyal. AA ka gide kreyolofòn sou kisa yo dwe ekri, lè yo devan dilèm mo rèk ak mo swa. Pètèt, lè kreyòl ayisyen fin antre nan tout kwen lekòl ayisyen tout bon vre, kote tout elèv pral aprann manman lide tankou fonoloji, mòfoloji, leksik, pragmatik ak semantik, yo pral vin pi maton nan jan mo yo sonnen, apresa yo ka tou bandonen anpil prejije yo genyen jodi a sou mo rèk ak mo swa. Eseye fè detwa ti ekzèsis sa yo, ki sou mo rèk ak mo swa mwen konn tande nan bouch kèk kreyolofòn:
Rèk / Swa
1. chabon / charbon: Vann mwen yon sak chabon / charbon, madanm.
2. dezè / deuzeù: Randevou kase pou dezè / deuzeù apremidi.
3. elatriye / eksetera: Nègès la achte fig, mango, zaboka elatriye / eksetera.
4. fanm / fi: Mesye a vini ak yon fanm / fi nan fèt la.
5. latriye / plizyè: Jak gen latriye / plizyè liv sou lengwistik lakay li.
6. panyen / panye: Dam nan gen yon panyen / panye anba bra li.
7. tigason / tigarson: Tigason / tigarson sa a pa manke dezagreyab.
Kilès nan mo yo ou chwazi pou rèk, oswa pou swa? Al diskite repons ou yo avèk fanmi oswa zanmi ou.
Bouyon lengwistik
Pou nou kontinye, kite mwen kòmanse sèvi nou bouyon lengwistik mwen te pwomèt nou an. Mwen gentan ka santi kijan ekzistans AA sa a pral simayen limyè sou konsèp lengwistik ki nesesè pou chak kreyolofòn konprann. Mwen sèvi ak mo “konsèp” nan menm sans ak manman-lide, lè m’ap ekri tèks an kreyòl. Tout manman-lide gen kapasite pou yo pouse lòt lide soti nan vant yo, nan menm sans manman konn akouche timoun, epi timoun ka vin fè pitit pa yo. Epitou, konsèp gen tandans boule ak koze ki inivèsèl moun tout ras, tout peyi, tout ran sosyal ap viv. Annou pran latriye konsèp tankou fonetik, fonoloji, mòfoloji, leksik, etimoloji, sentaks, semantik, pragmatik, semyoloji, ak analiz diskou, nan pwen konsèp kreyòl ayisyen boule byen ak yo konsa. Nou pral wè sa pi devan, lè m kòmanse deplòtonnen sans ak konpòtman yo chak ban nou.
Lasyans lengwistik etidye tout lang moun pale sou latè. Travay AA sou lengwistik ayisyen pral fè tout Ayisyen konprann kijan kreyòl ayisyen se yon lang ki gen pwòp eskelèt oswa chapant pa li, kidonk pwòp gramè li. Se konesans gramè sa a ki lakòz tout moun ki pale oswa tande lang lan, yonn rive konprann lòt. Kote mòfoloji ede nou fòme ak konpoze mo kreyòl, kote sentaks ede nou sèvi ak mo sa yo pou nou rive fòme epi konpoze ekspresyon ak fraz, se fonoloji sou bò kote pa li ki ede nou rekonèt son ki siyifyan nan kadav kò lang lan. Lengwis rele son sa yo: fonèm, grameryen rele yo grafèm, elèv lekòl rele yo lèt alfabè.
Kite m tou blayi alfabè kreyòl ayisyen an ban nou pou ede m klèsi kozman sistèm son an: a, an, b, ch, d, e, è, en, f, g, h, i, j, k, l, m, n, ng, o, ò, on, ou, oun, p, r, s. t, ui, v, w, y, z. Se tout son siyifyan sa yo ki andedan kalbas tèt ak sèvo moun ki pale, li, ak ekri kreyòl ayisyen ki fè yonn rive konprann lòt, lè y’ap simen kreyòl aloral oswa alekri. Se foto son yo ye, lè yo kouche sou papye. Poutèt sa, mwen rele yo fotoson, annatandan AA bay mo sa a lesepase.
Anpasan, ta sanble kreyolofòn alèkile pa fin sèvi twòp twòp ak grafèm /oun/ nou jwenn nan mo tankou bounda, chouchounn, ounfò, oungan, ak ounsi a. Nou jwenn menm fonèm /oun/ sa a ki vini sou fòm konplè atik endefini “youn “, epi ki konn tounen yon, you, oun, on, oswa ou, lè li vini sou fòm kout li nan dyalèk Mastèbrenn ak Mpe. Manm Sosyete Koukouy ekri yon latriye atik sou fonèm sa a. Paekzanp, gen kreyolofòn ki di: youn nèg; gen sa ki di: yon nèg; lòt di: you nèg; lòt ankò di: on nèg; sa ki di oun nèg; epi lòt toujou di: ou nèg. Premye fòm nan se fòm konplè atik la, apresa toulesenk rès yo se fòm kout menm atik la toujou yo ye. Kit se sou fòm konplè, kit se sou fòm kout, sans atik la pa chanje, epi li gen menm fòs. Kisa AA pral di nan koze sa a, se lè lè a rive pou yo pale sou koze a, n’a konnen. Si nou suiv mwen nan tèks sa a, n’ap wè mwen sèvi ak fòm kout “yon” an.
Se fonoloji (sistèm son) ak mòfoloji (sistèm fòm mo) ki ede nou rekonèt mo ki deja fè pati leksik (chan mo vokabilè) lang lan. Sa pa rete la sèlman, paske leksik la se tout mo ki poko epi ki gen pou yo antre nan chan vokabilè lang lan. Chak fwa yon kreyolofòn bezwen mo pou li di sa li santi nan kè li, sa li santi nan nen li, sa li wè, sa li tande, ak sa li manyen, lapoula l’al chache jwenn mo pou di li oswa ekri li. Si mo a deja ekziste l’ap sèvi ak li, si mo a pa la l’ap chanje sans yon mo ki deja la pou ba li sans nouvo li bezwen an, alafendèfen li pral prete mo a nan yon lòt lang kèlkonk. Demach sa a, se li-menm tou lang kreyòl la suiv pou li laji leksik li, apre li fin pase chak mo nan founo fonoloji ak moul mòfoloji li. Doktè Pradèl Ponpilis benyen nou ak yon lanmè ekzanp. Nan founo fonoloji ak moul mòfoloji, kreyòl pran mo franse tankou le bain, le peigne, descendre ak rendre, li fè yo tounen /beny lan/, /peny lan/, /desann/, ak /rann/. Kreyòl pran mo ak ekspresyon angle tankou call in sick, child support, fulltime, parttime ak overtime, li pase yo chak nan founo fonoloji ak moul mòfoloji li, epi li fè yo tounen /kòlsik = telefone travay ou, fè konnen ou malad ou pa ka vini/, /tchaylsipòt = peye lajan pou mandanm okipe timoun yo, atout nou kite oswa nou divòse/, /foultay = yon djòb 8 èdtan omwen pa jou /, /patay = yon djòb 4, 5 èdtan pa jou/, ak /overtay = lè siplemantè nan travay ou touche yon fwa edmi lavalè pou yo/.
Bout pou bout, jan kreyòl ayisyen sèvi ak lojik pou li kannale reyalite, charye sans epi evite latwoublay se anba zèsèl semantik (sistèm sans mo) tout sa chita. Kijan sans travèse mo ak konsèp pou fè yo ponpe konprann, se toujou nan domèn semantik sa rete, epi kijan sans fofile nan kòtòf kontèks pou vide konprann se nan kanton pragmatk (sistèm konprann san latwoublay) sa blayi tou dwat.
Paekzanp, menmsi fraz sa a ka ti kras chokan, tout kreyolofòn ayisyen ap konprann sans li trapde: Tèt bonda Dada pi banda pase bonda tèt li.
Lè nou brase fraz sa a nan yon chodyè lengwistik dèyè fon, nou rive jwenn yon bouyon tout konesans lengwistik tout kreyolofòn genyen sou kreyòl ayisyen, lang manman, papa ak peyi yo. Konesans fonoloji (sistèm son) kreyòl fè nou rekonèt fonèm “t,” fonèm “è,” ak fonèm “t” nan mo tèt; nou rive rekonèt fonèm “b,” fonèm “on,” fonèm “d,” ak fonèm “a” nan mo bonda. Nou ka suiv menm metòd la pou chak grenn mo nan fraz la; dizondi, nou ka eple mo yo, degrennen lèt yo yonn apre lòt, nan fraz la pou ede nou konprann ekzèsis la pi byen toujou. Se menm jan pou “bonda” ak “banda,” kote kreyolofòn fè diferans ant fonèm “on” ak fonèm “an” pou rekonèt chak mo yo poukont yo, selon òtograf epi selon sans yo chak tou.
Gen son nou jwenn nan sistèm yon lang, epi nou pa jwenn yo nan sistèm son pa yon lòt lang. Annou pran ekzanp tankou “on” pou kreyòl, “th” pou angle, “j” pou panyòl, “u” pou franse. Lè m’ap fè kou kreyòl ayisyen pou meriken ki travay avèk Ayisyen nan peyi Etazini, mwen fè yo fè anpil ekzèsis pou yo ka rive repete fonèm tankou “an”, “en”, “on”. Se konsa twaka nan yo gen traka pou yo pwononse non gason ki rele “Ivon”. Olye pou yo di “Ivon”, se “Ivonn” yo di pito. Kote pou yo di “pon”, yo repete “ponn”. Rezon an senp: se paske lang ak zòrèy yo pa abitye ak fonèm “on” sa a. Egal, yo pa ka pwononse li menm jan ak yon kreyolofòn natif-natal. Ayisyen k’ap aprann angle pase kont pay yo pou pwononse son oswa fonèm /th/ ki nan sistèm son lang angle a. Lè m’ap fè kou angle pou Ayisyen, mwen toujou remake kijan li pran yo anpil tan ak jefò pou yo rive pwononse fonèm angle /th/ sa a. Se yon fonèm ki bay yon son ki nan mitan son /f/ ak son /s/, fonèm /th/ la ye; konsa, gen fason espesyal pou Ayisyen tòde lang li pou li ka pwononse son an byen, sitou lè l’ap di mo tankou: “thanks”, “everything”, epi “Judith”. Si nou ta mete twa dènye mo angle sa yo nan yon fraz angle tankou “Thanks for everything, Judith”, nou ta mèt parye je fèmen, Ayisyen ki fèk kòmanse pran kou angle pral bezwen fè anpil ekzèsis repetisyon ak pwononsyasyon. An kreyòl, fraz angle sa a vle di: “Mèsi pou tout bagay, Jidit.”
Mezanmi! Se pa ni yonn ni de grenn Ayisyen (yo di se te 30 mil) ki te pèdi lavi yo anba masak nan peyi Dominikani, poutèt jan lèt “j” sonnen nan panyòl se pa konsa li sonnen nan kreyòl. Otorite Dominiken te bay Ayisyen pwononse yon mo ki rele “perejil” nan panyòl pou yo te ka idantifye si yo se Dominiken oswa si se Ayisyen yo te ye. Pifò nan Ayisyen yo te touye yo pa te rive pase tès sa a. Natif-natal Dominiken pa te gen pyès dram pwononse mo a; mèzalò, Ayisyen ki pa te fèt nan peyi a pa te ka pwononse li. “Perejil” vle di pèsi an kreyòl. Yo te touye yo tankou mouch. Se te gwo enjistis tou pi. Atò a, pou valè manje Ayisyen konn manje pèsi, pou valè repete Ayisyen pase lavi yo ap repete mo pèsi, enpi se initilman konsa yon pakèt rive pèdi lavi yo poutèt yo pa te ka pwononse ekivalan mo a nan lang panyòl! Tout sa pou di nou kijan sistèm son yon lang kapab tounen yon kozman lavi ou lanmò. Moun ki konn labib konnen yon ekzanp konsa ki te pase nan ansyen testaman. Pa twò lontan, la a nan lakou lakay, se pa de baton, wont, ak veksasyon anpil ti nèg ak nègès te pran sou ban lekòl, lè yo pa te rive pwenti bouch yo ase pou yo remèt son “u” sa a ki se yon fonèm apa nan fonoloji kreyòl ayisyen.
Konesans mòfoloji (sistèm fòm mo) fè nou rekonèt lè yon seri fonèm makònen ak yon lòt seri fonèm, yo ban nou silab, silab yo vin ban nou mo, epi nou sèvi ak mo pou nou ekri fraz, tankou fraz n’ap etidye la a. Konesans sentaks (sistèm plas mo) fè nou rekonèt lè mo “tèt” vini anvan mo “bonda” a, ansanm yo bay yon definisyon ki diferan de sans yo bay lè nou vire yo plas, kidonk lè nou ekri «bonda tèt».
Konesans semantik fè kreyolofòn pa twouble, lè yo kontre 2 ekspresyon tankou “tèt bonda” ak “bonda tèt”, paske semantik mande pou moun konn fè lojik epi rekonèt reyalite ki devan yo. Bonda tèt se dèyè tèt yon moun, alòske tèt bonda se pati anlè dèyè moun nan. Kanta pisans, se pa ti pisans zengredyan lengwistik ki rele semantik sa a, pote nan trip li! Kreyolis Serge Fuertes fè rechèch, epi li jwenn se nan lang zanzèt bwote soti Lafrik Ginen eritaj fòm metafò fò sa yo soti. Ant parantèz, “tèt kale” vizavi “kale tèt” se 2 ekspresyon ki tonbe anba fanmi mo sa yo Serge Fuertes bay kòm ekzanp yo.
Vire pou tounen, si semantik chita sou konn fè lojik ak rekonèt reyalite, pragmatik li-menm se sou blayi konprann li louvri kò li. Pragmatik pa vle wè latwoublay ak konfizyon. Konesans pragmatik ede kreyolofòn jwenn sans yon koze apre yo fin makònen koze a avèk kijan, ki jès, ki bri, kikote, epi kilè moun ki te di koze sa a te di li.
Annou voye je sou yon ekzanp ki ka ede nou klarifye definisyon pragmatik: “Jak pa piti.” Si nou pa konnen nan ki sikonstans, kimoun k’ap pale, ki entansyon li, nou pa ka jwenn bon sans fraz la toutbonvre. Menm fraz la ka vle di:
1. Jak pa piti. = Jak literalman gen ti fizik.
2. Jak pa piti. = Jak kapab defann tèt li.
3. Jak pa piti. = Jak gen bwa dèyè bannann li.
4. Jak pa piti. = Jak se grannèg.
5. Jak pa piti. = Jak gen pouvwa mistik.
6. Jak pa piti. = Jak se nèg ki kabouyatif anpil.
Nou-menm k’ap li tèks la, nou gen dwa chwazi nenpòt pami 6 sans yo pou nou bay fraz la nou sot li yo, san nou pa konte pil lòt sans ki posib toujou.
Annou kontinye esplike konsèp pragmatik la ankò ak yon lòt fraz tankou: “Bagay yo cho.” Fraz la ka vle di:
1. Bagay yo cho. = Bagay ak chalè dife k’ap boule moun ki manyen oswa rete pre yo.
2. Bagay yo cho. = Bagay nan sans sitiyasyon ki di nan lari / lavi a.
3. Bagay yo cho. = Bagay nan sans yon koze dous ki enterese epi amize moun.
4. Bagay yo cho. = Bagay nan sans yon sitiyasyon ki anbarase moun.
5. Bagay yo cho. = Bagay nan sans yon tripotaj cho k’ap bouyi sou do yon moun.
6. Bagay yo cho. = Bagay nan sans pran pasyans sitiyasyon an pral chanje an byen.
Se nan kontèks sans Nimewo 3 a moun ki tap edite atik sa a te sèvi ak fraz la. Men anvan li te esplike m sa, mwen pat fin konprann nèt ki sans li te bay fraz la. Se pa tout lè n’ap bezwen moun n’ap pale avèk yo esplike nou sa yo vle di, paske lòt koze k’ap di toutotou pale a ka sèvi gid pou dirije konpreyansyon nou tou.
Se poutèt sa, si nou vle fè yon ti bakannaryè tounen sou fraz chokan nou kòmanse travay sou li depi nan kòmansman rale a, “Tèt bonda Dada pi banda pase bonda tèt li”, nou konnen pou n’al retounen nan kontèks kote pawòl sa a te repete pou nou ka jwenn sans kòrèk li.
Selon prèske tout lengwis, kit se kapasite pou moun aprann mache, kit se kapasite pou moun aprann lang, se avèk toulede moun vini sou tè a depi lè moun nan fèt, toulede prezan nan kòd jenetik moun nan. Depi yon moun grandi epi li pase timoun li yon kote, se san traka epi san aksan l’ap aprann pale nenpòt ki lang lòt moun kote l’ap leve a pale. Pwofesè Iv Dejan di: “Se benyen moun nan benyen nan lang lan.” Se vre, lè yon timoun oswa yon granmoun ap evolye kote lòt moun ap pale yon lang devan li toupatou, lakay li, nan lari, nan lekòl, nan legliz, nan mache, nan radyo, nan televizyon, nan katye lakay li, kay zanmi ak fanmi li, nan sinema, se benyen moun sa a ap benyen nan lang sa a. Kidonk, nanpwen pa pale lang sa a tankou rat pou moun sa a. Se vre tou, pa gen pyès bèt ki rive aprann lang menm jan nou-menm nou fè sa kòm moun.
Ala pakèt konesans lengwistik AA pral genyen pou li simaye nan mitan nasyon an!
Rechèch AA
Rechèch AA yo pral aprann nou kijan lang kreyòl ayisyen an te derape, ki wout li fè, ki kote li ye jodi a, ki chanjman li sibi, epitou ki kote li prale. Kote sosyolengwis yo pral fè nou wè ki valè varyete kreyòl pote andedan vant li, epi ki rapò tout varyete sa yo genyen ak fenomèn sosyal, sikolengwis yo pral dirije bonnanj nou sou kijan kreyòl parèt epi sou kijan li fonksyonen nan sèvo ak lespri nou. Travay mesyedam newolengwis yo se pral klere je nou sou kijan sèvo nou trete lang kreyòl la. Sèvo moun fè gwo mèvèy, lè depase 100 milyon selil li yo ap trese, kominike yonn ak lòt pou fè nou aprann kreyòl, kit nan tikatkat nou, kit nan granmoun nou. Kijan timoun rive aprann kreyòl depi yo ti maymay epi kijan granmoun kontinye ap aprann lang lan, se domèn akizisyon lang. Apresa, nou mèt di analiz diskou ap voye nou al plonje nan achiv tout sa ki ekri sou papye san nou pa bliye tout sa moun di nan konvèsayon kreyòl yo, nan telefòn, nan diskou, ak nan radyo.
Tout sa n’ap di la a pou lang kreyòl nou an, li vre tou pou tout lang sou latè. Se sa ki fè nou pa pe bliye kijan Konstitisyon 1987 la deklare se kreyòl ak franse ki lang ofisyèl nou. Konsa, AA pral aprann nou kijan pou nou boule ak prezans 2 lang ofisyèl sa yo, pandan l’ap travay sou “fikse lang kreyòl, fè li kapab devlope anfòm, ann òd epi selon prensip lasyans”.
Gen yon latriye lòt domèn konesans ki kwaze ak lengwistik sou chemen yo. Semyoloji (sistèm senbòl ak koze andaki) etidye tout siy, tout senbòl, tout souzantandi ki anba vant lang kreyòl la. Nou jwenn anpil ekzanp semyoloji nan zèv ekriven tankou Jak Roumen ak Jak Estefèn Aleksi. Roumen makònen ni non ni aksyon Byenneme ak Delira fè yo pote makfabrik politik, sosyete, ak kilti lakay tou pi. Sou menm glisad la, Aleksi chwazi non pèsonaj tankou Hilarion Hilarius ak Frère Gerald Ti Mouche pou li voye yon seri mesaj politik, sosyal, epi kiltirèl byen santre. Kwake se pa nan lang kreyòl li pibliye liv li a, ekriven Iv Antwàn (1993) ekri yon liv sou zèv Jak Estefèn Aleksi, kote msye bòde kozman semyoloji a nan bon ti mamit. Ekriven Antwàn fè anpil rale sou senbòl ak sans kache Aleksi tache anba zèsèl non chak pèsonaj nan zèv li yo. Tout langay ekriven sèvi pou kreye, kritike, oswa analize zèv literati tonbe sou do lengwistik tou.
Motivasyon AA pral ankouraje Ayisyen sispann mande lòt Ayisyen eksprime yo, lè yonn ap sèvi ak kreyòl pou li eseye esplike lòt la yon sitiyasyon, lè l’ap file yon fi, lè l’ap di yon nèg oswa yon nègès li renmen li an kreyòl, lè li antre nan yon biwo pou li peye pou yon sèvis, lè li antre nan yon magazen pou l’achte yon pwodui.
Konklizyon
Kote nou rive la a, annou di karebare, nan lakou kreyòl-pale kreyòl-konprann, fonoloji se repozwa tout son kreyòl ki siyifyan; fonetik se repozwa kijan kreyolofòn repete, transmèt, epi tande son kreyòl; mòfoloji se repozwa fòm tout mo kreyòl; leksik se repozwa tout mo ki ekziste nan kreyòl; etimoloji se repozwa rasin, orijin ak istwa tout mo kreyòl; semantik se repozwa sans tout mo kreyòl; sentaks se repozwa plas chak mo nan fraz kreyòl; pragmatik se repozwa konprann kreyòl san latwoublay; semyoloji se repozwa senbòl ak sans andaki an kreyòl; analiz diskou se repozwa analiz tout konvèsasyon, tout diskou ak tout sa ki ekri sou papye an kreyòl; epitou, akizisyon lang se repozwa tout jan moun rive aprann kreyòl kit lè yo tikatkat, kit lè yo se grandèt.
Dwat ak labanyè konesans, rechèch, pratik oswa eksperyans nan men li, AA pral pran swen tout repozwa lengwistik kreyòl ayisyen yo nèt. Yo menm sou bò pa yo tou, repozwa lengwistik sa yo pral sèvi kòm rezèvwa pou ede kreyolòn bati fondasyon yo bezwen pou yo pale, koute, li, epi ekri kreyòl tankou rat.
Pou nou fini, n’ap resevwa AA avèk tout kè, sèvo, ak lespri nou: kè nou ap fè nou renmen travay enstitisyon an pral fè yo patriyotikman; sèvo nou pral fè nou valorize tout sa lang lan kannale kòm kilti ak idantite nou; alafendèfen, lespri nou pral tanmen ede nou metba yon latriye zèv pou pote bay AA mete nan achiv ak dokimantasyon li.
Antan n’ap fini, n’ap pwofite mande lafanmi, lèzami, lepèp, lekòl, lasosyete, laboujwazi, lapolis, leta, legliz, levodoun, lelit, lamas, lasyans, lafrik, loksidan, lemond, ak lèzentèlèktyèl pou yo kanpe fèm fè yon sèl avèk AA pou ede enstitisyon an pouse lang lan pi devan. Pinga vin kontrarye li, okontrè gide li, ba li lebra ak jarèt pou li ka pare tout lakilbit ak fopa li pral kontre yo. Nou espere, nan bouyon lengwistik gou rekonfòtan sa a, nou te rive esplike ti kras tout lakontantman ak lapèrèz ki te anpare nou yo.
Nou pa te gen posiblite ale nan kolòk la, men si nou te ale, tout sa nou sot di la a se sa nou tava di frè ak sè nou yo.
Bibliyografi
Allen, Peter (16 August 2008). “France’s L’Académie française upset by rule to recognize regional tongues”.
Antoine, Yves, Sémiologie et personage romanesque chez Jacques Setephen Alexis, Les Editions Balzac 1993.
Dejean, Yves, Ann Aprann Otograf Kreyòl, 1986.
Firmin, Anténor, De l’égalité des races humaines, 1885.
Freire, Paolo, Pedagogy of the Oppressed, 1989.
Fuertes, Serge, Morphologie et syntaxe du créole Haitien, 1997.
Hughes, John P. The Science of Language, An Introduction to Linguistics, 1962.
Konstitisyon Ayisyen 1987.
Milfort de Ariza, Mireille, Le créole haïtien: variation et prosodie, 1991, CIDIHCA.
Pompilus, Pradel, Morphologie et Syntaxe du Créole.
Roumain, Jacques, Les Gouverneurs de la rosée.
Vernet, Pierre, Techniques d’écriture du créole haitien, 1980.
Nòt
Mèsi pou Jounal kreyòl-franse Tanbou / Tambour nan Boston ki te ankouraje nou ekri atik sa a, epitou pou Kaptenn Koukourouj ak Jean Robert Placide nan Sosyete Koukouy Seksyon Kanada poutèt tout kòmantè yo te fè pou ede nou manbre atik la, lè nou tap ekri li obouyon.
Ivon Lamou se Pwofesè Angle Kòm Dezyèm Lang, epitou li se Dirèktè Sant Entènasyonal Pou Elèv ak Paran Bileng nan Lise Cambridge Rindge and Latin School, Cambridge, Massachusetts, peyi Etazini. Depi menm kote li fin fonde SDKA-Sant Devlòpman Kreyòl Ayisyen nan lane 1983, pwofesè Lamou tanmen fè kou Kreyòl pou Ayisyen ak lòt nasyon, pou pwofesè lekòl, pou etidyan inivèsite ak lòt pwofesyonèl tout branch; li òganize seminè pou ayisyen, epitou li fè konferans sou kilti ayisyen ak lang kreyòl. Nan mwa Jiyè 1997, li te derape yon seri seminè fòmasyon anseyan ki fè li desann chak ane nan mwa jiyè ak out al fè seminè toupatou Ayiti. Men kouryèl oswa adrès imèl msye: yylamour@yahoo.com.