Aller au sommaire de ce numéro de Tanbou/Tambour, Automne 2012–Hiver 2013

Page d’accueil  |   Sommaire de ce numéro  |   Contribution de Texte et de Courrier: Editeurs@tanbou.com



Kòlòk entènasyonal
Akademi Kreyòl Ayisyen : Ki pwoblèm ? Ki avantaj ? Ki defi ? Ki avni ?

Rapò Atelye Kolòk Entènasyonal la

Inivèsite Leta Ayiti
Pòtoprens, 27–29 oktòb 2011

Rapò atelye yo samdi 29 oktòb la

Rapò Tab I

Patisipan

  1. Me Heltin Harold Desinor
  2. Oltin Viergela
  3. Janvier Maxin
  4. Ronald Pierre
  5. Calixte Jean Gregory
  6. Jean-Philippe Gaston
  7. Barbara Jean-Paul
  8. Marie Laurene Velerie Francois

Kesyon 3 e 4

  1. Ki estrikti poul genyen pou li ka pèmanan. Epi rasanble tout richès ak konpetans aktè (moun ak enstitisyon) ki pou bali otorite syantifik li bezwen ?
    • Repons : kòm estrikti pou l genyen fòk li gen yon kad legal sètadi pwojè yo ap pase devan palman an e fòk li aksepte pa palman an.
    • Moun ki eli akademisyen an avis of eksepsyon.
    • Pou rasanble tout richès ak konpetans aktè yo rekritman an ap fèt nan baz kritè konpetans sèten di ap gen eleksyon ki asire aspè demokratik.
  2. Ki mòd fonksyònman akademi an dwe genyen pou li jwe wòl li kòmsadwa ?
    • Pou li jwe yon wòl kòm sa dwa fòk li estrikti òganik la fòme konsa:
      1. Yon asanble jeneral akademisyen.
      2. Yon komite egzekitif.
      3. Yon komisyon syantifik ki divize an de: yon sèvis rechèch ki gen yon soukomisyon pwodiksyon ak yon komisyon piblikasyon.
      4. Yon obsèvatwa ki gen 4 komisyon
        1. Yon komisyon kontwòl.
        2. Yon komisyon fòmasyon.
        3. Yon komisyon pwomosyon.
        4. Yon komisyon jiridik.

Rapò Tab 2

Kesyon 1 e 2

  1. Ki mòd akademi nou bezwen?
    • Majoriite akademi lang ke le mond konnen, gen yon seri limit tankou : yo elitè paske yon gwoup moun ki nan yon elit, chita pou enpoze rès popilasyon an langaj yo.
    • Li ankouraje dominasyon kiltirèl yon gwoup sou yon lòt andan yon peyi.
    • Akademi kreyòl ayisyen an, pa dwe sanble ak dives akademi sa yo, nan sans sa, fòk li pran an kont pwopozisyon sa yo:
      • Fòk akademi an dwe demokratik, fòk li konsidere konpleksite (ak sosi) ki genyen nan sosyete a.
      • Li dwe yon enstitisyon otonòm ki genyen yon sipò legal.
  2. Ki divès responsabilite pou akademi an ranmase?
    • Genyen kat (4) gran responsabilite nou jije nesesè pou akademi a tap dwe ranmase.
      1. li dwe ede popilasyon an sèvi ak lang kreyòl la pi plis epi chache konnen sistèm lang nan pi byen.
      2. li dwe ankouraje moun ranmase konesans pèp ayisyen an nan tout domèn epi gaye konesans sa yo.
      3. veye pou leta tout enstitiyon kap fè sèvis popilasyon an sèvi ak kreyòl la jan konstitisyon 1987 la mande l la.
      4. akademi sa dwe travay pou li fini ak rapò miwo miba lang kreyòl la ap sibi depi lontan.

Rapò Tab 3

  1. Fedo Boyer
  2. Lydie Bruno
  3. Michel Desgraff (animatè)
  4. Yves Dejean
  5. Manno Eugène
  6. Ambeau Jean-Berniste
  7. Nirvah Jean-Jacques
  8. Jean-Robert Placide
  9. Raymond Symson

Ki mòd akademi nou bezwen ?

  1. Nou ba bezwen rete nan konsèp « Akademi franzèz » ak lòt akademi ki deja egziste. Chak peyi gen pwòp pwoblèm pa yo pou yo rezoud sou zafè lang ki fè, nou ka kreye pwòp akademi nou bezwen an.
  2. Konbyen moun pou akademi an genyen ? Nou dwe fè atansyon pou gen menm kantite fi ak gason.Nou dwe fè atansyon ak kote moun sa yo ap soti nan popilasyon an. Epi tou ki kalifikasyon, sou ki baz pou yon moun vin « Akademisyen » : Fòk « akademisyen » ta deja montre yo konn yon bagay sou lang ak sou kreyòl, fòk yo ta deja gen abitid pwodui an kreyòl.
  3. Akademi a ta dwe gen pèmanans, otonomi, otorite ak yon lokasyon fisik.
  4. An menm tan, Akademi dwe gen sipò leta ak sipò dives Ministè [Edikasyon, Lajistis, kilti…]
  5. Rapò GTEF la tout e planifye yon Akademi tou.
  6. Yon komite oswa yon komite tanporè ki gen yon misyon byen defini pou li reyalize pandan yon sèten tan. Komisyon gen pou tabli chapant Akademi ak objektiv, mwayen reyalizasyon.
  7. Kreye yon bisnis ki pral finanse rechèch an kreyòl pou kreyòl. Bisnis sapral ede nou pwodui plis materyèl an kreyòl, vann materyèl sa yo bay sèten enstitisyon. SA pral ban nou lajan pou nou fè plis maketing an kreyòl pandan n ap jwenn lajan pou nou kende otonomi nou. [Gamin, Digicel]

Ki divès responsabilite pou akademi an ranmase?

  1. Akademi a ta dwe pouse rechèch sou lang lan ak pwdiksyon nan lang lan.
  2. Te gen yon gwo pwoblèm nan kolòk la : Ayisyen ki pale kreyòl sèlman pa reprezante nan kolòk la e yo pa te reprezante pami òganizatè kolòk la. Akademi a dwe fèt ansanm ak pèp la. Nou dwe chache konenn aspirasyon pèp la. Se pèp la ki plis sèvi ak lang. Se li ki fè richès lang lan.
  3. Akademi a ta dwe an kontak ak reprezantan mas popilè a nan chak depatman. Avèk yo, n ap ka etidye mòd pale yo, n ap etidye mòd pale yo, ranmase vokabilè yo.
  4. Akademi ta dwe envite popilasyon pou li fè temwyaj sou pwòp esperyans li ak lang.
  5. Akademi a ta dwe defann revandikasyon mas pèp la. Men sa vle di : Akademi ta dwe kraze baryè lang lete ak lelit yo mete devan pèp la. Esplike pou ki sa lekòl ta dwe fèt an kreyòl. Akademi a ta dwe siveye pou yo respekte dwa lengwistik moun ki pale kreyòl sèlman yo.
  6. Akademi ta dwe sèvi ak medya yo [jounal, televizyon, reklam sou mi] pou esplike piblik la pou ki sa sa enpòtan pou lekòl ak tout lòt enstitisyon nan peyi a sèvi ak kreyòl kòm sa dwa. Se konsa pou Akademi a ta dwe pwomouva kreyòl devan leta, laprès, popilasyon an, NGO, elatriye.
  7. Akademi ta dwe idantifye resous ki la pou reyalize sèten travay sou kreyòl.
  8. Akademi ta dwe patisipe nan fè zouti ki gen rapò ak lang nan tout sektè sosyete a [materyèl lekòl, materyèl inivèsite, teknoloji, tradiksyon, elatriye]
  9. Akademi a ta dwe travay pou ogmante itilizasyon lang kreyòl nan domenn piblik ak nan sa mou nap ekri nan jounal. Nan administrasyon, nan tribinal.
  10. Akademi a ta dwe fèankèt pou konprann vi sosyal popilasyon epi pote temwayaj devan palmantè. Se ta dwe yon enstitisyon kap akonpaye popilasyon e ki ka pousuiv enjistis [Pa egzanp kont lekòl k ap mete elèv deyò paske ya pale kreyòl].

Manno Eugène :

Yves dejean te soulve pwoblèm popilasyon ki pa te nan kolòk la. Akademi a dwe kreye lyezon ant letre yo ak pèp la. Nou dwe chache aspirasyon pèp la. Se pèp la k ap kreye pwovèb, chan. Se pèp la k ap kreye oralite ki fè richès peyi a.

Yves Dejean :

Reprezantan mas popilè nan chak depatman. Finansman pou moun sa yo loje pòtoprens pandan 3 mwa. Avèk yo, n ap ka etidye mòd pale yo, ranmase vokabilè yo.

Nirvah Jean-Jaques :

Nou pa bezwen rete nan konsèp « Akademi fransèz » ak lòt akademi ki egziste. Chak peyi gen pwoblèm pa yo pou yo rezoud. Ki fè, nou ka kreye pwòp akademi nou bezwen an.

Epi tou, annou gade ki jan duvès enstitisyon chanje selon chèf yo di oswa sa ajans finansman yo di. Pa egzanp, Ministè Edikasyon Nasyonal.

N ap bezwen yon akademi ki ka rezoud pwoblèm oswa ki ka bay referans sou kesyon lang.

Akademi ta dwe la pou li ede bay pèp la valè li selon lang li pale.

Akademi pa bezwen fèmen sèlman sou zafè lang. Li ta dwe travay sou zafè konesans ki soti nan pèp la.

Ki divès responsabilite pou Akademi a ranmase ?

Ambeau Jean Berniste :

Akademi ki dinamik, k ap defann revandikasyon mas pèp la.

Lydie Bruno:

Envite popilasyon pou li fè temwyaj sou pwòp esperyans li ak lang ann Ayiti

Placide :

Rapò GTEF la tou te planifye pou yon Akademi.

Akademi a dwe gen bakòp leta, Ministè Edikasyon

Manno :

Li dwe gen yon kote fizik ki reprezante li ta lye a Inivèsite a [Sitou Lengwistik Aplike]. Pou lit a pèmanan. Li dwe gen yon otonomi.

Sèvis ankèt pou konprann vi sosyal popilasyon epi pote temwayaj devan palmantè.

Se tad we yon enstitisyon k ap akonpanye popilasyon e ki ka pousuiv enjistis [Pa egzanp kont lekòl k ap mete elèv deyò paske yo pale kreyòl].

Nirvah:

Zafè lang lan nan nannan kesyon. Men, se pa sèlman ak lang y ap toupizi timoun yo, y ap fè timoun yo pa santi yo moun.

Yon Akademi ta dwe reprezante depatman yo poum yo ede epanwisman moun nan peyi a.

Idantifye patrimwàn, fè pèp la santi li se yon bagay enpòtan

Ambeau :

Otonòm, otorite, fòk li ta regwoupe tout tandans.

Rapò Tab 4

  1. Bilton Bosse
  2. Auguste Louis-Frantz
  3. Ronald Paul
  4. Velis Sylvestre
  5. Vinesh Hookoomsing
  6. Adeline Magloire Chancy
  7. Israel Martinez Cordo
  8. Velis Sylves : akademi an, ak legal, enstitisyon leta sou ki baz yap chwazi moun sa yo ? li gen deja baz legal

Auguste Louis-Frantz, Ronal Paul

  • Li gen deja baz legal li ki se konstitisyon an.
  • Estrikti konsiltatif.
  • Li bezwen reflechi.
  • Fonksyon regilasyon obsèvasyon pwomosyon mande pouf fè respekte jan yo dwe ekri, pale.
  • Yo bezwen konsèy say ou espè ki pou bay dizon yo sou rechèch ak travay yo.

Vinesh Hookoomsing

  • Lalwa deja bali baz legal.
  • Li bezwen yon konsèy direksyon, prez, sek trez.
  • Manb ase konsekan, langwis kigen esperyans.
  • Bezwen yon kreyatè mo, atis, ekriven.
  • Akademi an gen dwa mete kanpe valè komite teknik li va gen bezwen pou yon bout tan.
  • Li gade prensip pouf fè renouvèlman.
  • Pase pa vòt pou chwazi prezidan (moun kap sòti na pati ki enterese).

Adeline Magloire Chancy

  • Ankouraje pwojè (estrikti)

Isabel Martinez

  • La discipline komite pou voye je sou :

Konsey politik (anndan palman) ki gen direksyon ak ako

  • Komisyon kontwòl nan edu-nat.
  • Plizyè komisyon rechèch.
  • Mete soup ye yon enstiti oubyen lekòl siperyè nan lang kreyòl.

Rapò Tab 5

Manm gwoup la :

  1. Emile Jean Baptiste
  2. Rita Barrela Pean
  3. Alexandre Lavaud
  4. Ronald Blain
  5. Leopold Cine (Rapporteur)
  6. Louis René Barlatier
  7. Chantal Noel
  8. Josette Clermont
  9. Reynald Trouillot
  1. Ki mòd akademi nou bezwen?
    • Avan nou pale de ki mòd akademi nou bezwen, nou dwe konnen kisa yon akademi ye : li la pou standardize yon lang veye nòm ak regleman yo tout aspè nòmatif yo an jeneral san li pa restriktif pou pa tiye lang nan, ni anpeche lang nan epanoui.
    • Ki mòd akademi yon aparèy pou akonpanye e pou konsigne evolisyoin lang nan.
    • Yon aparèy ka swiv tandans majorite a nan lang yo.
    • Yon aparèy ka pran an kont tout riches ak jenès lang kreyòl la.
    • Yon aparèy otonom (mèt tèt li) e ki lye ak inivèsite pou kesyon rechèch. Li dwe miks, ki gen plizyè òganizasyon ladann menm jan avèk komite inisyativ kòlòk la.
    • Se yon aparèy ki la pou kodifye ak inifye lang nan.
  2. Ki divès responsabilite pou akademi an ranmase?
    • Fè yon travay bilan tout zèv kreyòl ak tout òganism ki travay sou kesyon an.
    • Ankouraje pwodiksyon zèv an kreyòl tout jan (pwòz, pwezi, literati, elatriye) ak tradiksyon zèv fransè ki te la deja (tout lòt lang tou ki ka pote konesans a kreyòl.
    • Angaje responsabilite leta, inivèsite yo ak tout enstans etranje yo.
    • Ensite, ankouraje pwodiksyon avèk prim, pri, rekonpans, lajan, piblisite, fasilite piblikasyon zèv, ankadreman.

Rapò Tab 7

Men lis non moun yo:

  1. Marc Antoine Dorvil
  2. Francisque Harry
  3. Dieujuste Elison
  4. Rajouis Heccel
  5. Pinchinat D. Yvenice
  6. Bortholy Pierre-Louis
  7. Bonel Oxiné
  8. Marc Elid Julien
  9. Lyonel Sanon
  10. Martineau Nelson
  1. Ki mòd akademi nou bezwen?
    • Nan refleksyon tab sèt (7) la nou pito nan plas akademi kreyòl yon obsèvatwa nasyonal lang ayisyen (ONLA).
    • Pa genyen konsansis sou kesyon akademi an nan tab 7 la.
    • Nou pito obsèvatwa nan plas akademi an.
      1. Nati : Se yon estrikti de kòdinasyon, ranfòsman, vilgarizasyon lang kreyòl la.
      2. Misyon
        1. Kòdone tout aktivite kap fèt sou lang ak kilti kreyòl divès enstitisyon nan peyi.
        2. Ranfòse : fè swivi ak evalyasyon tout travay ki reyalize ak genyen pou reyalize sou lang kreyòl.
        3. Ankouraje ak fasilite rechèch sou lang kreyòl la.
        4. Fè fòmasyon lòt misyon (paj 33 A, 34 B, 34 Ch, 34 d)
  2. Ki divès responsabilite pou akademi an ranmase?
    • Reprezantan nan chak enstitisyon ki te la deja yo ak lòt moun ki deja angaje nan travay sou kreyòl (FLA, BNE, SEA)
    • NB : estrikti nap pale la pa gen pou fè rechèch ni pwodwi li menm.

Rapò Tab 8

Patisipan atelye tab 8 :

  • Etienne Woodginy G.
  • Jules Emmanuel
  • Pierre-Louis Jean Fritznel
  • Lataud Desgranges
  • Deer Bradley (Rapòtè)
  • Ticoit Fritzner
  • Lafortune Marc-Arthur
  • Blanc Wilio
  • Joseph Nelio
  • Paurris Jean-Baptiste
  • Marcel Rose Carmelle
  • Brevil Isaac

Kesyon 3 e 4

  1. Ki estrikti poul genyen pou li ka pèmanan. Epi rasanble tout richès ak konpetans aktè (moun ak enstitisyon) ki pou bali otorite syantifik li bezwen ?
    • Estrikti ta dwe yon asanble akademisyen kap rapòte modifikasyon kap pase nan lang ak komite egzekitif la.
    • Moun ak enstitisyon nap pran yo fòk nou veye pou li pa ta mete akademi sou lobedyans yon ideyoloji ki donk fòk li apolitik e non relijye.
    • Pou richès li ak konpetans fòk nou konsyan ke akòz dirijan dirijan nou yo fè ke lang sa a pa ekri ki donk fòk nou ta panse mete chante yo ladann.

Rapò Tab 9

Moun ki siyen pwopozisyon sa yo se :

  • Ketia Charles
  • Mirta Gilbert
  • Wilhelm-Sisley Cesaire
  • Cherilus Chedlor
  • Patterson Reginald D
  • Adelita Polynice (Rapòtè)
  1. Ki mòd akademi nou bezwen?
    • Nou ta renmen yon akademi ki apiye entegrasyon nasyonal yon manyè pou richès peyi a ka pataje pi byen pou gen jistis sosyal.
    • Epi yon akademi ki chita sou lang kreyòl la san nou pa mete de kote lòt lang yo tankou fransè anglè elatriye.
    • Nap chita sou de (2) aspè pou nou pale de mòd akademi nou bezwen an.
      1. Aspè teknik
        1. Pwodiksyon zouti aprantisaj lang la ak zouti referans nan lang lan tankou : zouti gramè, diksyonè.
        2. Pwodwi ak ankouraje dokiman syantifik nan lang.
        3. Nou pa vle yon akademi k’ap preskri moun sa pou yo di.
        4. Se pou nou fè rechèch sosyo-etno-lengwistik tankou : se pou nou travay sou divès nivo lang lan.
      2. Aspè politik
        1. Defini yon politik lengwistik epi fè pwopozisyon an ak otorite konsène.
        2. Tout dokiman kap sikile sou tout teritwa peyi a enstitisyon leta kou prive fèt pou sòti an kreyòl tankou : tout lwa daplikasyon, arête, tout kominikasyon ofisyèl dokiman achiv yo.
        3. Ankouraje de fason jeneral tout kalite piblikasyon an kreyòl sou zafè syans, teknik, botanik.
        4. Fòk tag en yon preparasyon pou lwa sou politik la.
        5. Akademi an genyen yon wòl enpòtan pouf è suivi kòlòk sa a yon manyè pou desizyon kap sòti la pa ta rete nan tiwa se pou yo tounnen yon aksyon an favè popilasyon an ak lang.

Rapò Tab 10

Pwodwi pa :

  • Lionel Blot
  • Kercelin Jeanty
  • Andre Yves Pierre
  • Fritz Gerald Louis
  • Mesidor Willy
  • Guerline Petit-Frere
  • Emmanise Petit-Frere
  • Ernst Wilson
  • Luc Merilier
  • Bohomme Janvier
  1. Ki mòd akademi nou bezwen ?
    • Nou vle yon akademi otonòm ouvè
    • Nou vle yon akademi entegre tout aktè lengwis ekriven tout depatman dwe reprezante, edidyan espesyalman nan FLA, etidyan patrimwan nan IERAH.
    • Nou bezwen yon akademi ki konn kote l ye e kote l vle rive donk yon akademi ki responsab.
  2. Ki divès responsabilite pou akademi an ranmase?
    • Kodifye lang kreyòl la, donk fòk moun yo lengwis.
    • Bay lang lan yon stati legal.
    • Kreye lwa e fè rekomandasyon enstans leta yo ki konsène.
    • Veye, asire, perenite, respè, entegrite lang kreyòl la.
    • Fè fòmasyon sou itilizasyon lang kreyòl la.
    • Kontwole e dinamize evolisyon lang kreyòl la.
    • Ankouraje, valorize tout pwodiksyon kap fèt nan lang kreyòl la, nou ka kreye yon pri pou n bay chak 6 mwa oubyen chak en (1 an) nan pou n ankouraje pwodiktè yo.
    • Rann lang kreyòl la standard.
    • Elabore yon politik pou kòb ka rantre nan kès akademi an.

Rapò Tab 12

Kesyon 3 e 4

  1. Agronome Marc-Antoine Jean Noel
  2. Professeur Albert James
  3. Innocent Shimann
  4. Dioro wilmann
  5. François Ricot
  6. Derosiers Tomson
  7. Pascal Audant
  8. Lionel Audant
  9. Me Seclait Romuald
  10. Peronville Saintilma Samuel
  1. Ki estrikti poul genyen pou li ka pèmanan. Epi rasanble tout richès ak konpetans aktè (moun ak enstitisyon) ki pou bali otorite syantifik li bezwen.
  2. Ki mòd fonksyònman akademi an dwe genyen pou li jwe wòl li kòmsadwa ?
    • Li ta dwe fonde estrikti an nwayo sa ki ta vle di an chak depatman jeografik peyi pou n pa di chak seksyon riral.
    • Ta dwe genyen tou aval leta tankou api, aksepte divèsite regional epi tou respekte chak seksyon oubyen komin.
    • Diferan ògan sa yo ta dwe rann sèvis tankou leksik, gramè, est il, son aspè teknolojik elatriye, anpil.
    • Tout etid sa ki gen pou fèt yo dwe baze sou materyo yo ranmase oswa tout sa ki trase la vi chak seksyon nan kwen peyi a.
    • Pou n fini chak pati nan akademi an ap trete yon done byen spesifik ki soti nan baz, sa nou ta rele akademi an.
    • Ta dwe gen yon retou ki fèt bò kote moun yo pou di yo men sa ki sòti sou tout pakèt travay ki sòt fèt nan lide pou fè yo konnen ke travay sa a wap fè a se pa pou pwòp satisfaksyon pan ou chache men pito yon satisfaksyon kolektif.

Rapò Tab 13

  1. Danio Siriac (rapòtè)
  2. Stevenson Ogzeus
  3. Emmanuel Benjamin
  4. Webert Arthus
  5. Willy
  6. Antoinnette Duclair

Kesyon 1 e 2

  1. Ki mòd akademi nou bezwen?
    • Se yon akademi ki ta dwe bay tèt li misyon fè pwomosyon lang la na tout dimansyon.
    • Yon akademi ki ka kap chèche konprann kouman pèp la pale.
    • Yon akdemi kap louvri je louvri zorey li pou tande kouman pèp la pale epi edel mete presizyon.
    • Yon akademi ki kap travay pou ramase tout divèsite ki gen nan lang la nan tout peyi a epi rekonèt yo.
    • Yon akademi ki kap fè pwomosyon pou kilti ayisyen an.
    • Yon akademi ki kap travay pouf fè kreyòl tounnen premye lang ansèyman nan lekòl fondamantal, segondè, inivèsite ak pwofesyonèl.
    • Yon akademi kap fè plaidoyer pou tout enstitisyon leta tankou prive respekte dwa mounn nan itilizasyon kreyòl pou fòse lajistis peyi a eksprime an kreyòl.
    • Yon akademi kap chèche konsilye fason popilasyon an pale kreyòl ak fason li ekri l.
    • Akademi an dwe chita sou eritaj sosyo istorik pèp la pou l ka mennen tou pwojè devlopman lengistik la.
  2. Ki divès responsabilite pou akademi an ranmase?
    • Se pou akademi an respekte tout divèsite kiltirèl yo nan lang la dapre jan moun yo pale nan rejyon se pou li pèmèt kreyòl ayisyen an kenbe yon idantite lokal nan globalizasyon nap viv jodi a.
    • Akademi dwe chèche bay tèt li zouti legal tankou ankouraje vote lwa nan palman poul ka vanse.
    • Akademi an dwe ankouraje pwodiksyon kreyòl ni na fason yap pale l, ni nan fason yap ekri l lid we ankouraje moun fè rechèch sou lang lan ak nan lang nan yon manyè pou anpil piblikasyon fèt nan lang kreyòl pou nivo lang nan ka leve menn jan ak lòt lang nan mond la.

Rapò Tab 14

  1. Eveline Sabin
  2. Iléus Papillon
  3. Alfred Anocerve
  4. Roberto Forestal
  5. Agathe Simon
  6. Schultz Simpssie Cazir
  7. Néhémie Boursiquot
  1. Ki mòd akademi nou bezwen?
    • Yon akademi ki ale kot popilasyon an, pou wè jan li palel rapòte l. nou pa vle yon akademi ap enpoze l.
    • Li dwe chita sou orijinalite lang kreyòl la pou li sèvi kòm viktim.
    • Yon enstitisyon endepandan ki ap reflechi sou lang nan. Li dwe gen otonomi li ni òganik, ni finansye san apatenans politik.
  2. Ki divès responsabilite pou akademi an ranmase?
    • Travay obsèvasyon nan evolisyon lang nan (nan tout kalte emisyon)
    • Ankadre pwodiktè yo nan kèlkeswa domèn yo menplis nan domèn syantifik.
    • Fè rechèch ki pral ede nou pwodwui  fè pwomosyon li epi valorize l.
    • Apiye travay enstitisyon leta konsène yo nan chèche ranplase yo.
    • Veye pou itilizasyon lang kreyòl la nan tout anbasad ak konsila nou yo.

Rapò Tab 16

  1. Latry Jean Dalio
  2. Florestal Pierre Richard
  3. Charles Christophe
  4. Mérès Weche (Rapòtè)
  5. Gertrude C. Sejour (Moderatè)
  6. Jean Lesly Préval
  7. Jean U. Coffy
  8. Tardieu Gerard Marie
  9. Claude C. Pierre
  1. Ki mòd akademi nou bezwen ?
    • Atik konstitisyon ki defini mòd akademi sa a. Nou rive reflechi sou wòl akademi an ki gen pou reflechi, oryante, estriktire lang lan, fè l chita sou baz li kòm granmoun lakay li, pou l rive kontribye lan devlopman pèp ayisyen an. Chanje pèsepsyon kay moun yo, rive gen yon akademi trè laj.
    • Akademi an dwe veye aske pa gen estigmatizasyon pou moun kap pale kreyòl. Fòk nou rive fè moun pa wont pale kreyòl. Wòl akademi an se rive retire fil arenyen lan tèt moun yo pou yo renmen pale lang matènèl la. Fè pwomosyon lang lan.
      • Akademisyen
      • Biwo egzekitif
      • Chèchè
      • SEA / FLA

Latry Jean Dalio : Nap pwopte lakay nou. Franse yo te fè sa nap fè la a lontan. Kay yo pwop. Nap travay pou akdemi kreyòl, pa pou akademi kreyòl.

  • Florestal Pierre Richard : Eske nou pa ta jwenn yon estati jiridik ladan-l poou n diskite lang.
  • Gertrude Séjour : Fondatrice centre Maurice Sixto
  • Tardieu Gerard Marie: Yon akademi kap amonize lang lang lan pou n bay tout moun plezi pale-l, pou n pa pè pwononse mo yo. Preval te bay egzanp yon moun ki malad lan tete e ki pè di tete, ki pito di sen.
  • Claude Pierre : Fò k akademi sa a tag en yon vizyon modèn kip a fòlklorik, fò l gen yon reyonnman entènasyonal, sousi standardizasyon, syntax, fonetik, otograf elatriye. Misyon kenbe sosyete a akonpaye l obligasyon rezilta, yon dokiman ki soti chack lane.
  • Dalio : Advèsè kap zonbifye lang lan. Yo mete yon baboukèt lan bouch lang lan. Obligasyon resilta. Soti ansiklopedi, renouvle lang lan, pran mo vokabilè, leksik òtograf. Fò w pè fè fot tou lè wap pale kreyòl. Fò n gen yon diksyonè ofisyèl, yon gramè ki fikse règ a swiv pou ekri lan. Pouvwa rechèch ak pwodiksyon: pwovèb, dikton, elatriye.
  • Charles Christophe : Mòd dezinyasyon manm lan 10 depatman pou reyini lan yon estrikti egzekisyon, lan yon enstans egzekisyon tankou fakilte lengwistik. Yon moso nan sekreteri deta alfabetizasyon, yon moso lan lengwistik. Nou lan lang, nou pa lan lengwistik. Kontakte tout moun ki konpetan lan domèn yo. Se pa yon akademi sèlman lan pòtoprens ak lan diaspora, men lan tout peyi-a. pwodiksyon, tradiksyon, rechèch, animasyon li lè li tan pou moun li konsène yo andan pwojè a. jodi a menm granmoun pa konn non flè, pyebwa, elatriye.
  1. Ki divès responsabilite pou akademi an ranmase?
    • Estrikti akademisyen egzekitan (doub fas)
    • 2 nivo : deliberatif, biwo pèmanan egzekitif.
    • Rapò òganik.
    • Fò k gen chèchè
    • Pwopozisyon 30 manm depatman / diaspora.
    • Avan pwojè lwa : nou gen yon antant avèk SEA pou nal travay sou li.

Rapò Tab 17

Genyen 7 moun ki te travay ladan l. Nou te travay pou 2 kesyon 5 e 6

  1. Walex Pierre
  2. Moise Eleus
  3. Casimir Jude
  4. Charles Tardieu
  5. Kiran Jayaran
  6. Bertho Conserol
  7. Jean Yves Blot
  1. Ki aksyon ki merite fèt pou swivi kòlòk la ?
    Apre komite swivi oubyen pilotaj la fin monte men pwopozisyon komite atelye 17 la pou komite swivi / pilotaj la fè :
    1. Piblikasyon ak kòlòk la nan yon tan kip a twò lwen. 3 mwa fòk li pa depase 3 mwa.
    2. Fè demach bò kote gouvènman an espesyalman Ministè kilti, Ministè Edikasyon Nasyonal ak Palman an pou sansibilize yo sou kesyon an. Palman pou vote yon lwa sou Akademi an.
    3. Rankontre ak MENFP pou nesesite pou gen plis liv ki ekri an kreyòl, fè tradiksyon epi pou nan 2 oubyen 3 premye ane lekòl yo fèt an kreyòl.
    4. Mete yon gwoup teknisyen pou akonpaye moun kap pwodwi liv an kreyòl, fè tradiksyon ak yon bank tèminoloji pou estandadizasyon jan nou ekri mo yo.
    5. Yon lòt kòlòk nan 1 an pou mete soup ye Akademi an.
  2. Ki estrikti nou pwopoze pou asire swivi kòlòk la epi kòman li kapab monte?
    1. Mete sou pye yon komite swivi oubyen pilotay k ap genyen ladan l komite inisyativ, òganizatè kòlòk la ak lòt enstitisyon piblik tankou prive ki enterese nan kesyon an (inivèsite prive yo, tout legliz yo).
    2. Rektora a dwe ebèje komite swivi a epi bay yon sekretarya ak lojistik pou li travay.
    3. K.S dwe gen yon delè 3 mwa pou bay rezilta tout swivi ki fèt yo pou mete anplas Akademi an.
    4. K.S li dwe fè yon rankont konsa bay rezilta travay li.

Rapò Tab 18—Atelye 29 oktòb 2011

Moun kit e sou tab sa a :

Nicolas André
Rachelle Doucet
Marie-Frantz Joachim
Linda Gélin
Frantz Grandoit
Rapotè : Rachelle Doucet

Keksyon yo :

  1. Ki estrikti pou l genyen pou li ka pèmanan epi rasanble tout richès ak konpetans aktè (moun ak enstitisyon) ki pou ba li otorite syantifik li bezwen ?
  2. Ki mòd fonksyònman akademi an dwe genyen pou li jwe wòl li kòmsadwa ?

Metodoloji :

  1. Brase lide :
    Nou tout bò tab la, nou pataje menm enkyetid sa yo :
    1. nou pa ta renmen travay sa a al chita nan tiwa.
    2. Nou pa ta renmen Akademi a se sèlman yon dekorasyon pou kèk moun al gonfle lestomak yo.
    3. Nou vle repete byen fò : Akademi a valab sèlman si li sèvi enterè mas pèp ayisyen an.
  2. Sijesyon sou sa ki dwe fèt anvan (en amont):
    Poutèt sa, nou wè gen kèk egzijans leta a ak popilasyon an ta dwe reflechi sou yo e deside respekte avan nou mete akademi a kanpe:
    1. Palmantè yo dwe asepte pou refòmile atik 213 la. (nan pwochen amandman yo).
    2. Leta ayisyen dwe respekte dwa lengwistik sitwayen yo;
    3. Leta ayisyen dwe adopte yon politik lengwistik klè ki deside bay kreyòl la ak popilasyon an tout respè yo merite. Leta dwe pran tout dispozisyon, fè lwa pou gaye kreyòl la nan administrasyon piblik yo, nan lekòl, depi tiklas jis rive nan inivèsite).
    4. Leta ayisyen dwe pran yon engajman klè pou li montre li deside apiye kreyasyon e fonksyonman Akademi kreyòl la tout bon vre.
    5. Sosyete sivil la tou dwè apiye keksyon kreyòl la.
  3. Sijesyon sou sa ki ta dwè fèt anapre:
    Pou nou ka resi jwen rezilta sou egzijans sa yo, KIMA ta dwe mete sou pye yon komite pou suiv keskyon sa yo.
    • Fòk komite sa a rankontre ak reprezantan leta yo (Palmantè, Egzekitif, etc.) pou remet yo kayedechaj Kolòk la, epi tou, pou mande yo pran yon angajman fèm pou apipye KIMA a.
    • Fòk komite a rankontre ak reprezante divès sektè nan soysete a pou yo fòme yon gwoup presyon pou fè vijilans sou keksyon kreyòl la ak akademi a.
  4. Apre nou mete nou dakò sou prensip sa yo, nou komanse reflechi sou chapant akademi a
    • Jan oganizatè yo te mande l, nou chita sou teks ANEKS la, “Pwopozisyon pou Diskisyon”, pp.32–36
    • Anvan nou antre nan chapant akademi a (nou pa vle sevi ak mo estrikti a), nou jije li te nesesè pou nou wè ki fonksyon akademi a ta ka genyen, paske tou le de, fonksyon ak chapant, dwe marye trè byen. Nou wè akademi a ta dwe chita sou 5 fonksyon sa yo ki pi enpotan:
      • Fè pwomosyon lang ak kilti kreyòl la e apiye moun ki ap travay pou sa.
      • Ankouraje rechèch sou kreyòl la, e ankouraje moun kap sèvi ak kreyòl la (prodiksyon an kreyòl).
      • Rasanble richès ki egziste deja : fè envantè e monte yon sant dokimantasyon sou kreyòl.
      • Ankouraje e gaye konans sou lizaj lang lan (ki dwe makonen ak lojik entèn lang lan epi tou lojik kilti ayisyen an).
      • Sèvi referans, fè vijilans sou koze lang kreyòl epi fè sijesyon pou amelyore bagay yo.
        • Gade kijan leta, enstitisyon piblik e prive respekte dwa lengwistik sitwayen yo.
        • Veye sou kijan lang lan ap devlope, gade ki jan yo sèvi ak lang lan, respekte lojik entèn lang lan ak matris kilti ayisyen an e wè si yo makonen byen.
        • Bay dizon Akademi an patikilye sou otògraf, gramè, vokabilè, nivo lang, etc.

5- Chapant akademi a

Men ki chapant akademi a ta ka genyen pou li ka ranpli fonksyon sa yo:

1-Manm yo :

  • Premye nivo : yon Konsèy Administrasyon (kap rasanble sektè piblik ak sektè prive : SEA, FLA, Edikasyon nasyonal an patikilye…)
  • Dezyèm nivo : yon Konsèy Egzekitif.
  • Twazyèm nivo : akademisyen yo.

Kijan pou nou chwazi manm yo :

  • Manm yo kapab oswa moun oswa entistitusyon.
  • Fòk ta genyen omwen 2 moun pa depatman jewografik.
  • Fòk moun yo oswa enstitisyon yo demontre yo angaje nan koze kreyòl la e fòk se de moun ki sèvi ak lang lang lan tout bon vre nan travay yo: ekriven, atis, tradiktè, korektè, avoka, animatè popilè, jounalis, edikatè, chèchè, moun kap travay nan syans, piblisite, kominikasyon, etc.

Si se enstitisyon, yo ka soti nan enstitisyon kap travay nan pote kole ak pèp la, tankou :

  • Legliz (katolik, pwotestan, vodou, mizilman, etc.)
  • Sendika
  • Medya
  • Lekòl
  • Asosyasyon kiltirèl, asosyasyon jèn, asosyasyon peyizan, asosyasyon fanm, etc.
  • Moun ki nan edisyon ak enprimi an kreyòl.

2- Konsèy Konsiltatif :

Li dwe gen anpil branch syantifik e literè, moun kap travay nan syans sosyal, etc. tankou:
Ekonomis, lengwis, agwonòm, doktè, avoka, antwopològ, sosyolog, enjenyè, istoryen edikatè, jesyonè, espesylalis medya ak moun ki fè piblisite, etc.

3- Sèvis Teknik :

  • Pou sèvis sa yo, Akademi a dwe tabli bon kalite relasyon avèk enstitisyon kap travay sou lang kreyòl la, tankou : FLA, SEA, Biwo Lang kreyòl, BNL, Biwo Etnologi, etc.
  • Li ta fèt pou konnen lwa òganik enstitisyon sa yo pou evite diplikasyon.
  • Li ka fè akò avèk yo pou Akademi ka resevwa etidyan, apranti, etc. ki pral travay nan divès sèvis sa yo.

Men sèvis teknik ki ta ka genyen yo :

  • Pwomosyon
  • Rechèch syantifik ak dokimantasyon.
  • Tradiksyon, koreksyon ak revizyon dokiman.
  • Pwodui zouti referans nan lang lan (diksyonè, gramè, òtograf)
  • Fòmasyon

Rapò Tab 19

Moun ki te nan atelye sa a :

  1. Marie-Ange Lauvenceau
  2. Carmel Fils-Aimé
  3. Watson Denis
  4. Martha Q. François
  5. Prophète

Ki swivi ki merite fèt apre kòlòk la

Apre kòlòk la la nou pwopoze pou ranfòse komite ki te la deja a ak kèk moun tankou:

  • Palmantè enterese yo.
  • Pwofesè Ayisyen k ap viv aletranje yo.
  • Reprezantan Ministè yo ak biwo leta yo e yo dwe pran angajman enstitisyonèl yo kòmsadwa.
  • Divès pèsonalite tankou :
  • Pwotektè sitwayen
  • SEA
  • Ministè kilti ak kominikasyon
  • Reprezantan divès òganizasyon ki te kòmanse travay sou lang kreyòl la anvan kòlòk la.

Ki aksyon ki merite fèt pou swivi kòlòk la ?

Nan sa ki konsène aksyon ki dwe fèt yo ?

  1. Komite swivi a dwe elabore yon pwojè lwa sou aplikasyon tout atik ki anndan konstitisyon an sou akademi lang kreyòl la epi depoze pwojè lwa sa lachanm.
  2. Sansibilize ak mobilize tout òganizasyon nan tout rakwen nan peyi a sou enpòtans lang kreyòl la nan edikasyon.
  3. Redije ak difize tout sa ki soti anndan kòlòk la nan radyo ak televizyon sitou nan radyo kominotè yo.

Rapò Tab 20

Non rapòte a : Frenand Leger
Non patisipan yo :

  1. Accime Leopold
  2. Jean Pierre Nzemba Wayi
  3. Desgranges Jonas
  4. Pierre Paul Peterson
  5. Dumas Maçon
  6. Valentina J. Morency
  1. Ki swivi ki merite fèt apre kòlòk la
    • Kreyasyon yon komite swivi;
    • Kreye yon sit web pou inisyativ sa a paske te dwe gen yon sit web deja pou kòlòk la;
    • Fòme yon fichye ak tout enfòmasyon yo pran nan akèy sou patisipan yo pou kap mete yo okouran de swivi kap fèt yo epi pou yo kap bay sijesyon pa yo;
    • Asire nou ke ak kòlòk la al jwenn moun sa yo;
    • Kreye yon paj facebook pou fè pwomosyon sa kap fèt la;
    • Chache jwenn kolaborasyon otorite yo nan ministè yo ak manm nan sosyete sivil la tankou mezon edisyon elatriye;
    • Idantifiye espesyalis nan yon seri de domèn e mande moun sa yo travay nan domèn yo; men pa nan domèn yo vle,pa egzanp syosoloji 
    • Chache konvenk yon seri de sektè nan sosyete a sou enpòtans koz bay kreyòl la jarèt 
    • Mediatize  fè pwomosyon sa kap fèt la; travay ki fèt nan kòlòk la;
    • Kanpay sansibilizasyon sou enpòtans kreyòl la nan radyo, televizyon ak afichaj;
    • Wè kouman komite òganizasyon kòlòk la kap kolabore ak biwo amenajman lengwistik la pou kreye espas refleksyon sistematik epi san rete (pa egzanp 2 fwa nan ane a).
  2. ki chapant nou ta pwopoze pou asire swivi a epi koman li kap monte
    • Fòme yon komite swivi pèmanan dapre konpetans ak eksperyans jouk akademi an kanpe, men fòk komite sa a ta gen ladann yon seri sou komite espesyalize pa egzanp nou ta bezwen yon komite syantifik pou travay sou piblikasyon ak kòlòk la  sou komite relasyon piblik 
    • Kouman komite swivi a ap jwenn finansman poul ka fonksyone 
    • Ak ki enstans leta komite swivi ap atache pou l kab kontinye travay yo  Ministè Kilti oswa Edikasyon ?
    • Reflechi sou kreyasyon yon lwa pou ta blije leta kreye yon bidjè pou fè pwomosyon ak valorizasyon.
Aller au sommaire de ce numéro de Tanbou/Tambour, Automne 2012–Hiver 2013

Page d’accueil  |   Sommaire de ce numéro  |   Contribution de Texte et de Courrier: Editeurs@tanbou.com