Aller au sommaire de ce numéro de Tanbou/Tambour, Été 2010

Page d’accueil  |   Sommaire de ce numéro  |   Contribution de Texte et de Courrier: Editeurs@tanbou.com



Pwezi ann ayisyen

Powèm pa Edner Saint-Amour

Libète rèv libète reyalite

Depi moun ti bebe fèt, li fèt ak tout lavi
Se pa li ki chwazi lavi, se lavi ki chwazi l
Nan sans sa a sa ta vle di lavi se libète
Nan sans sa a sa ta vle moun fèt ak tout libète
Dwa lavi se pi gwo dwa sakre moun genyen
Yon moun pa gen dwa retire lavi yon lòt moun
Moun pa konn fè lavi, se wè li wè lavi
Moun fèt ak tout lavi, lavi se libète
Tout moun dwe chèche fè kous libète
Tout moun dwe fè kous lavi nan libète

Libète sa a tout moun fèt ak li a
Se yon ti poul ki fèk kale soti nan ze
Se premye pa libète, libète ale pi lwen
Genyen anpil defi pou rive sou libète total
Sosyete mete prensib moral dwa ekri
Gen lè se lite pou lite pou gen libète

Gen libète rèv ki chita andedan koko lespri
Osinon ki chita sou fèy papye konstitisyon
Nan lespri kòm sou papye li rete yon rèv ideyal
Sa pran jès ak aksyon, fè konkrè, akonplisman
Pou fè rèv akòde ak reyalite pou di gen libète reyèl
Nan Kolosyen twa Apòt Pòl te anonse egalite tout moun :
Isit pa gen ni Grèk ni Juif, ni baba ni sid
Ni sikonsi ni ensikonsi ni esklav ni lib
Nan Galat Misye di ajoute fanm nan koze a tou
Pa gen Grèk ni Juif, pa gen esklav ni lib, ni fanm ni gason
Paske nou tout se yon sèl, nou tout se yonn nan Jezi Kri
Fòmil ki ta sipoze rejoui tout kè paske se ta egalite tout moun
Men se yon egalite libète ki te chita sou rèv ak fèy papye sèlman
Nan reyalite pat genyen vre ni egalite ni libète
Fanm pat genyen ni joui pyès dwa libète ak egalite
Paske Apòt Pòl te di nan 1 Korentyen katòz :
Tout fanm se fèmen dwòl yo nan ansanble legliz
Fanm pa gen dwa lapawòl li dwe rete nan soumisyon
Dapre jan lwa Bondye di li, dapre sa ki ekri
Si youn bezwen enstui tèt li sou yon kesyon
Se tann rive lakay pou poze mari li kesyon
Se maledve malseyan pou fanm pale nan legliz
Si yon moun kwè li se pwofèt osinon enspire
Li ta dwe rekonèt sa mwen ekri se kòmandman Bondye
Tout bagay sipoze dwe fèt nan byenseyans ak nan lòd

Si fanm pa gen pyès dwa lapawòl nan asanble legliz
Apòt Pòl kontre di pwòp tèt pa li nan pawòl li
Lè li di fanm kon gason nou tout se yonn nan Jezi Kri
Se nan boucha k nan rèv fanm genyen libète egalite
Men nan reyalite wòl fonksyon tach andedan legliz
Fanm pa genyen ni okenn dwa ni libète ni egalite
Se sèlman obeyisans soumisyon silans yon mande li
Mòd egalite espirtyèl frè ak sè nan Jezikri ki se yon rèv
Li pa chita sou pyès reyalite konkrè se yon veritab lejann
Li pa menm yon ilizyon ki se aparans reyalite li se yon fiksyon
Se lèv rèv ak reyalite bout ansanm rankontre fè yon sèl
Nan pawòl, jès, aksyon, ak, fè konkrè gen libète tout bon vre

Soti nan paj relijion tonbe nan paj politik
Ayiti te rive goumen pran Lendepandans
Ki te genyen pou rèv : libète, egalite, fratènite
Avèk yon trè bèl deviz ki se : linyon fè lafòs
Pou pa di koze kredi, an nou di se te e se egalite rèv
Apre Lendepandans lè te vin genyen pataje tè
Milat te pran pifò tè yo di se byen plantasyon papa yo
Afranchi nwa ak jeneral te pran bon valè kou pa yo tou
Kèk Krèyòl yo te reyisi jwenn yon timiyè lasibab tou
Bosal yo te chire, boul pa yo pa te asiste tiray
Desalin te rele anmwe di genyen fè kat la rebat
Tout nwa ki genyen papa byen lwen nan jouk peyi Lafrik
Yo ap soti san anyen soti blanch deran dan san anyen
Nan chèche fè verifikasyon tit tè yo fè konplo touye Desalin
Apre sa tout dirijan ki vini fèmen bouch sou koze pataje tè
Kat te mal bat mal bwase depi debi kreye michan inegalite
Se yon pati ki jwenn, yon lòt pati pa jwenn, yon gran eka
Egalite bwè luil, Egalite rèv, egalite bobin, egalite zonbi
Yo pase rèv egalite a anba plat pye, san pyès revandikasyon

Koulyeya kite chapite egalite pran chapite libète
Desalin se te yon Anpwè despòt diktatè li te ye
Ki te kenbe tout pouvwa pou li sèl, se li sèl ki dwe deside
Libète pa matche ak Anpi se nan demokrasi sa fonksyone
Rèv libète te vole gagè ale byen lwen rive bwa chat
Petyon te vin fonde yon Repiblik pou gouvène
Ki fè Ayiti rete nan listwa kòm premye Repblik nwa dimonn
Sa vle di Petyon ta rekonèt souverennte popilè
Men se te yon rejim lese fè lese grennen
Ki te menm gen pou modòd : plimen poul pa kite li rele
Plimen poul fè nou pase akote byen lwen rèv libète
Anri Kristòf ki se te Rwa batisè sivilizate chaje pwosperite
Nan diktatè misye poko janm genyen parèy. Li se chanpyon
Volonte Rwa se volonte Bondye tout moun dwe koube
Yo menm di se twòp presyon dirije sèl ki ba li maladi apopleksi
Volonte rwa fè nou pase byen lwen rèv libète
Rèv libète vole gagè ale byen lwen ale bwa chat

Nan Konstisyon 87 la Ayiti deklare tè li yon Repiblik demokratik
Ki chita sou pouvwa lejislatif, pouvwa egzekitif, pouvwa jidisyè
Okazyon pou nou ta vin konkretize rèv Lendepandans la
Ki se rèv libète, egalite, fratènite ak deviz linyon fè lafòs
Dayè demokrasi pi kadre ak ni Repiblik ni ideyal Endepandans la
Men jan pwovèb kreyòl di li : bayonèt se fè kostitisyon se papye
Nou tonbe nan rèv nan rèv, kochma sou kochma, chimè nan chimè
Libète ak egalite chita nan rèv ak sou fèy papye sèlman

Si moun gen dwa lapawòl, men moun analfabèt pa konn li ekri
Moun limite, moun pap kabap joui dwa lapawòl li
Si moun gen dwa lasante, men moun pa gen lajan pou achte medikaman
Si moun gen dwa lasante, men moun genyen lopital piblik pou konsilte
Moun limite, moun pap kapab joui dwa lasante li
Si moun gen dwa mobilite vwayaje, men moun pa gen lajan pou achte tikè avyon
Moun limite, moun pap kabap joui dwa mobilite vwayajè li
Si moun gen dwa lavi, men manman pa gen lajan pou bay pitit manje
Timoun ak mouri grangou ak anba tout vye maladi malnitrisyon kwatwòkò
Manman kon pitit limite, yo pap kapab joui dwa lavi
Si moun gen dwa travay, men sèchrès ak erozyon gate tout tè
Tout abitan plante pou anyen, pa gen rekòlt, tout moun tonbe nan grangou
Abitan limite, abitan pap kapab joui dwa tè yo
Si moun gen dwa pou travay, men moun pa genyen tè pou travay
Moun limite moun pap kabap jwui dwa travay, se yon dwa zonbi
Si moun gen dwa pou travay men moun pa kabap jwenn travay anba chomay
Moun limite, moun pap kabab joui dwa travay, se yon dwa maskaron
Si gen egalite fanm ak gason, fanm pa jwenn travay pou rive gen otomi
Egalite ant fanm ak gason se rèv bobin fanm pap kabap joui dwa egalite
Fanm ap toujou viv sou kont gason, gason ap toujou chèt mèt fanm
Menm lè gason sispann maltrete fanm, sispan bat fanm tankou tanbou vodou
Fanm ap toujou viv sou depandans gason, ap toujou viv sou kont gason
Pou reyalize rèv Lendepandans libète egalite fratènite linyon fè lafòs
Se lè genyen jès, aksyon, ak, fè konkrè, rèv ak reyalite vin jwenn ansanm.

Dife

Rèv, ideyal, fen, bi, objektif, destinasyon
Se alimèt gaz pou limen dife
Renome, selebrite, popilarite, repitasyon, lonè
Se lafimen dife

Pase, istwa, memwa, souvni, tradisyon, kilti, nostalji
Se sann dife
Vibwasyon, emosyon, santiman, lanmou, pasyon, kouray
Se chalè dife

Volonte detèminasyon, motivasyon, desizyon, devouman
Se flanm dife
Lavi, aksyon, travay, manje, transfòmasyon, zèv sosyal
Se dife

Reyalizasyon, aktyalizasyon, akonplisman, konkretizasyon
Se dife
Aktualite, manifestasyon, egzistans, ak
Se dife

Talan, metye, pwofesyon, pwodiksyon, komès biznis
Se dife
Mwayen, estrateji, plandaksyon
Se fwaye dife, se twapye dife, se kare dife

Dife bwapen, dife balèn, dife bouji
Se limen dife, dife se lavi
Dife bwa, dife chabon, dife recho
Se limen dife, dife se lavi
Dife fou gaz, dife fou elektrik
Se limen dife, dife se lavi

Ti lanp tètgridap, gwo lanp vè
Se limen dife, dife se lavi
Ti lanp tètbòbèch gwo lanp fanal
Se limen dife, dife se lavi

Toutan tèt pa koupe, genyen rèv
Se limen dife, dife se lavi
Lafimen dife monte anro pote mesay bay Bondye
Se limen dife, dife se lavi

Bondye ri kè Bondye kontan li nan lajwa
Se limen dife, dife se lavi

Lè dife limen, gen sann gen temwayaj souvni
Se limen dife, dife se lavi
Temwayaj lavi, temwayaj aksyon travay
Se limen dife, dife se lavi

Sann dife se gwo remèd, se bon remèd
Se limen dife, dife se lavi
Remèd kont konfleman timoun, kont ilsè granmoun
Se limen dife, dife se lavi

Sann dife se kalmason ki kite tras
Se limen dife, dife se lavi
Tenyen dife, jete sann dife, pase alimèt
Se limen dife, dife se lavi

Si dife pa limen, pa gen lafimen, pa gen sann
Se limen dife, dife se lavi
Lafimen pote nouvèl, sann pote temwayaj
Se limen dife, dife se lavi

Si pa gen rèv, pa gen alimèt
Ale chèche alimèt nan kat pwe kadino
Si pa gen alimèt mande vwazen prete alimèt
Se limen dife, dife se lavi
Moun fèt pou gen dife, dife dwe limen
Se limen dife, dife se lavi

Pa pase alimèt limen pou anyen, pa limen dife pou anyen
Pa kite bwa limen boule fè sann pou granmèsi
Moun dwe fè rezèv, demen wap genyen bezwen
Moun ki sere se li ki chofe, fè rezèv se sekirite
Manman poul ki kouve ze, se li ki kale tipoul
Je gade kote men sere, kote men kache plase
Gaspiyay pa bay, moun dwe aprann fè jeretyen

Pa limen lanp poufè maji
Sa mennen nan chemen lanmò
Pa limen lanp chandèl bouji dèyè moun
Sa mennen nan chemen lanmò
Pa limen lanp nan lespri pou voye move sò
Sa mennen nan chemen lanmò
Pa limen dife pou lanmò, limen dife pou lavi
Pa limen lanp bouji nan kalfou, se nan kwizin yo limen dife
Limen dife pou lanmò voye move sò maji
Se gaspiye lajan, pèdi tan koze kredi

Se nan dife byen pye lavi boujonnen
Se limen dife, dife se lavi
Maten midi swa lakay nan jaden
Se limen dife, dife se lavi

(18 juillet 2009)

Mèt

Primum vivere deinde philosophare
Pwovèb laten ki vle di : viv dabò, ansuit filozofe
An kreyòl yo di : sak vid pa kanpe
Olye ou travay ou chita wap ranse pale

Depi yon ti bebe fèt avan li pale li koumanse manje
Viv manje vini avan ni rale ni mache ni pale
Yon moun avan wou tonbe valè fè gwo diskou
Dwe chèche mèt pwòp mwayen egzistans pou atou

Sinon wap tonbe nan mande tanpri souple mèsi bokou
Se konpè chen ka va tranpe moso kasav pou wou
Lè wou mèt mwayen egzistans ou genyen libète otonomi
Ou chita dèyè volan wap kondui machin egzistans lavi

Menm jan moun pa kapab viv san manje
San ekonomi yon peyi pa ka fonksyone
Lap tonbe nan fayit grangou tout decheyans
Olye enpandans otonomi, nasyon tonbe nan depandans

Avan touchoz nasyon an dwe chwazi yon modèl ekonomi
Genyen anpil mak machin, ou dwe konnen ki mak, apre ouf è pri
Lè wou fin konsevwa pou peyi yon rejim modèl ekonomi
Apre sa se anvizaje mwayen nesesè pou li mache nan direksyon reyisit

Ekonomi yon peyi se tankou motè nan yon machin
Motè ki fè machin mache, san motè pa gen machin
Volan machin se lwa konstitisyon lwa nan yon peyi
Se volan ki dirije machin, si pa gen volan, lap lage w nan trou
Pa gen mwayen kontwòl volan kontwòl anyen wap fè aksidan nan kalfou
Moun ki fè machin mache san volan se yon moun fou

Anplis si genyen machin fò genyen rout
Si genyen rout fò genyen pou chofè yon kòd rout
Ki reglemante sikilasyon chofè yo sou rout la
Si konsiy kòd rout la pa respekte se aksidan dega

(18 juillet 2009)

Konsyans kouray fòs

Nan pwosesis reyalizazyon yon bagay
Premye kondisyon nesesè se lafòs
Si tach la depase fòs aktyèl la
Tipoul mouri nan ze, anyen pa ka fèt

Men lè fòs moun nan reponn pou tach la
Tout bagay kapab derape an mach
Nan chemen pwosesis pou reyalize dèchoz
Paske fòs ki nesesè ya vin disponib

Fòs pou kont li sèl pa sifizan
Fè travay san lespri pa patisipe
Ap distrè moun kap tonbe fè erè
Ki kapab mennen menm nan malè

Kan lespri prezan, konsantrasyon prezan
Moun nan gen konsyans sa li ap fè
Konsa li fè travay li san komèt fot ni erè
Nan akonplisman tach li dapre lè ki fikse

Si moun pa attache nan sa li ap fè
Fatig ap anvayi li nèt bout ra planche
Jouktan li tonbe nan enkapasite total
Pou kontinye, li abandone, travay pa fini

Kouray se fòs andedan kè osinon nanm
Ki pèmèt nou egzekite tach jiskobou
Kouray ki fè nou atache nan sa nap fè
Nan reyalizasyon bagay yo rive nan pòt siksè

Konsyans lespri se bousòl osinon eklerè
Kouray se estimilan fèman chalè
Fòs fizik sikolojik ou sosyal se motè
Se tout sa ki fè reyalizasyon ki fè moun aktè
Se sa mwen vle di tou lè mlouvri bouch sitou
Lè mwen pale de konsyans nan yon kè debou

(16 juillet 2009)

Lang san lang lang nan lang

Chak bebe fèt sou latè ak yon lang
Pou pouse son jete kri fè brui gwo eko
Bebe moun bebe bèt tout pouse son fè eko
Mizik natirèl amoni ou disonan tout se mizik

Lang san lang lang pou manje pou bwè
Lang san lang lang sans gou
Eritaj san manman ak san papa
Ine, eritaj byolojik ki chita nan jèn

Apeprè, depi laj dezan rive
Bebe moun sispann fè brui koumanse pwononse mo
Li repete sa manman di san menm konprann
Repete imite kopye aprann sa manman ak papa di

Lang nan lang paran transfere lang bay pitit
Bèl amoni senfoni gita akòde bèl mizik imen
Bebe moun vin konprann kominikasyon tabli ant paran ak pitit
Akizisyon, eritaj familial, kiltirèl osinon nasonal

Ki chita sou idantite mak siyati yon moun yon pèp
Kilti lang tounen yon dezyèm nati nesesè pou moun viv
Idantite koumande jèn, kilti koumande lang sans gou
Senbòl koumande son pou tabli kominikasyon

Nanm ak kè vibre anba kouran emosyon
Lide jayi nan lespri tankou yon mannivèl
Fè lang tounen nan bouch pale di mo fè pawòl fraz
Mistè senbòl lang sou kòmand lespri nan zo bwa tèt

Fè lang sans brase nan bouch gou bouje pale machin pawòl
Lang paran mete nan sen chak moun yon dezyèm nati
Mistè zantray santiman emosyon chita nan lang manman
Afimasyon swa ki se idantite chita nan lang manman

Efikasite ezans fasilite ekpresyon chita nan lang manman
Se nan lang manman yon moun gen mèt lapawòl
Se nan lang manman ak papa moun jan li vle san mamote
Se nan lang manman moun mèt lapawòl moun gen libète

Fout banm lang manman mwen fout lage mwen pou pale kreyòl
Toutan tout kote mwen ye, tout kote mwen pase
Nan chanm andedan lakay tankou deyè nan lari
Nan lakou lekòl tankou nan biro travay
Nan lakou fanmiy tankou nan lakou vwazen
Nan mès legliz tankou nan sou sèn cho teyat
Nan jwèt laoglago tankou nan fè vè powèm pwezi
Nan teritwa nasyonal tankou nan dyapora lemonn etranje

Pa gen manti pa gen mistè maji mistè mirak
Kreyòl pale kreyòl konprann zantray kreyòl vibre
Ke se pou pwezi pale kreyòl ekri kreyòl
Ke se pou filozofi pale kreyòl ekri kreyòl
Ke se pou literati pale kreyòl ekri kreyòl
Ke se pou teyoloji pale kreyòl ekri kreyòl
Ke se pou politik pale kreyòl ekri kreyòl
Ke se pou sosyoloji pale kreyòl ekri kreyòl
Ke se pou syans pale kreyòl ekri kreyòl
Ke se pou divèti pale kreyòl ekri kreyòl
Ke se pou kritike pale kreyòl ekri kreyòl
Ke se pou revandike pale kreyòl ekri kreyòl

Se kreyòl ki devlope kreyòl vini yon lang save
Kreyòl se paspò, paspò kreyòl pou tout lavi
Kreyòl gen pou misyon : transfòme kreyòl an lang save
Etranje pa ka fè pou nou se pou nou chaj responsabilite kreyòl
Kreyòl se lang bèl lang, lang imaje chaje pwezi mizik amoni senfoni

(4 août 2009)

—Edner Saint-Amour

Pwezi pa André Fritz Dossous (Papadòs)

Pa Kriye Nègès !

Pa kriye, pa kriye Nègès
lanati frape ou atè
pitit ou bite, kilbite
tonbe kou mango vèt
van siklòn fòse tonbe.
Pa kriye, pa kriye Nègès !

Chak epòk ki pèse, parèt
pote kakarèl pa-l pou ou
yè se te makou chat
jodi a lanati frape ou
yon bon fanm tankou ou
ou pa fè pèsonn anyen
Poukisa se ou, Manman ?
Pa kriye, pa kriye Nègès.

Istoryen bay nan tan lontan
ou te bèl, kokèt, joli, anfòm
ti non jwèt ou te Ispayola
ou te tètkoupe ak Lespay
Lafrans, Lespay, Langletè
te konn fè lesefrape pou ou
yo te rele-w « Perle des Antilles »
pou gwo randman ou te konn bay.
Pa kriye, pa kriye nègès !

Lontan, lontan Manman
pyebwa ou yo te konn donnen
bay tout kalite grenn bwa
pou ti tchovi ou yo bafle, manje
yo fin blaze, fennen, seche
timoun matchòkò ou yo
ap kriye, baye, kriye !
Pa kriye, pa kriye Nègès !

Ou te konn gen fil tout koulè
pou bwode woulèt karako ou
woulèt jipon swa, vlou ou.
M’ap gade wòb ou rabi
anranyon, pachiman, devore
w’a di chen anraje, bèt fewòs
tonbe sou ou Manman !
Pa kriye, pa kriye Nègès !

Ooo ou te pi bèl, pi joli
pase larènsolèy leve
Lasirèn, Labalèn pat ka parèt
depi kèk tan bouch ou flobop
pa yon ti fa, yon ti woujalèv
figi ou tounen tòtòt mango
yo fin prije, yo fin souse.
Pa kriye, pa kriye Nègès !

Lanati fache, frape ou fò
anpil piti ou ap dòmi ka Grann Brijit
Bawon Samdi bat bravo
galata li plen jibye
rivyè dlo sal desann nan je ou
tristès, chagren neye kè ou !
Pa kriye, pa kriye Nègès !

Ooo pa kriye, pa kriye Nègès
lemonn antye vin soutni ou
tout Nasyon ap plenyen sò ou
yo sonje ou se Manman Libète
ou te trase chimen lespwa
wout Diyite pou tout pèp !
Pa kriye, pa kriye Nègès !

Sa se gwo Verite ti mal
si ou konprann mwen manti
al mande nan Venezwela
pa ezite mande Miranda tou.
Manman-m te limyè k-ap klere
pou kraze, antere lesklavay !
Pa kriye, pa kriye Nègès !

Ooo pa kriye, pa kriye Nègès
pitit ou ak vwazen bay lanmen
lemonn antye kole zepòl
pou fòse Lavi reboujonnen
redonnen nan ke wòb ou
pou tout pitit ou viv byen !
Souri, souri, souri.
Fè yon ti souri Nègès !

—André Fritz Dossous (Papadòs)

Powèm pa André Fouad

Ki bò mwen ye

(pwezi sa yo dedye pou memwa Jacques Roche)

Yon lane pase
yon souvni kite yon gwo tach san nan memwa’m
yon vwa fele nan tèt mwen

KIBO MWEN YE
KI KOTE’M KANPE NAN RÈV SILA

Yon lane pase
la vi’m rete menm plas la
sou menm ban lekòl la

KIBO MWEN YE
KI KOTE’M KANPE NAN RÈV SILA

ti kal zetwal Bondye ba mwen yo chifwonnen
nan gwo dra ble syèl la
KIBO MWEN YE
KI KOTE’M KANPE NAN RÈV SILA

yon lane pase
la kwa douvan deye
nan mitan’m
se dyòl fenmen
KIBO MWEN YE
KI KOTE’M KANPE NAN RÈV SILA

Pòtoprens, jakmèl k’fou fèy
ti guy, ti jak, stephanie...
kalfou minnwit, yon bouzen ri lama petyonvil
yon karavache sou chandmas

lè menm krik ki pa janm krak
lè swivan la denye
machann pistach fanm gwo jipon
la belle capoise, madame de la rochelle,
voulez-vous danser ce soir.

Ote-toi que je m’y mette
yon lane kòm si sa te gen lontan lontan
tout pawòl mwen yo prale
nan fon lanme la penitans

KIBO MWEN YE
KI KOTE’M KANPE NAN RÈV SILA

(2009)

Lapli mizisyen

lapli lapli lapli
ap soufle banbou
sou yon vye tiwèl
la pli ap woule tanbou
sou dal beton

lapli lapli lapli
lapli ap jwe gita
sou yon fèy pye rezen

lapli lapli lapli
lapli ap jwe vyolon
sou galèt sous la gonav
lapli ap jwe kat twasèt

lapli ap jwe saksofòn
nan rèv plimeyank mwen

lapli lapli lapli
lapli lapli lapli

lapli pa sispann jwe kat twasèt
ak granmoun

panyen sou tèt san penyen
la pli mizisyen pra’l kase lèzo
lapli lapli lapli
ap jwe mizik lakansyèl.

—André Fouad

An orchid at the Marché aux Fleurs, Paris. —photo by David Henry.
Aller au sommaire de ce numéro de Tanbou/Tambour, Été 2010

Page d’accueil  |   Sommaire de ce numéro  |   Contribution de Texte et de Courrier: Editeurs@tanbou.com