Aller au sommaire de ce numéro de Tanbou/Tambour, Été 2010

Page d’accueil  |   Sommaire de ce numéro  |   Contribution de Texte et de Courrier: Editeurs@tanbou.com



Èske depasman fèt ?

—pa Doumafis Lafontant

A

pa risk sismik, gen oun risk nou ka depase nan bagay k’ap rive nan yon mond k’ap chanje.

Tout moun sonje, premye jou apre tranblemanntè a ann Ayiti, oun gran pati popilasyon an pran lari ak oun vizaj kolektif defigire, tandiske gouvènman peyi Ayiti te totalman absan. Li pran kèk jou avan leader yo, ofisyèl, e lòt aktè peyi a te repran kouraj. Jou apre 12 Janvye 2010, nou kapab tire konklizyon anpil Ayisyen te depase pa kataklis sismik lan.

Kesyon nou dwe reponn se : Èske li te posib pou sove pakèt moun ki mouri e destriksyon tout byen sa yo ?

Se pa oun kesyon ounsèl moun kapab reponn, n’ap senpleman note enjenyè Prepetit ak lòt fonksyonè Leta pat janm sispann sonnen alam, men gouvènman Ayiti pat tande yo. Dapre nou gouvènman an dwe mete sou pye oun komisyon pou etidye mank kominikasyon ki te anpeche li peye atansyon a previsyon tranblemanntè a ki ta kapab evite tout moun sila a yo mouri, e edike popilasyon an sou mezi prekosyon yo te dwe pran. Enperatif pou nou ale ann avan egzije oun meyè jesyon kominikasyon e enfòmasyon sitou teknoloji. San dout se pa kominikasyon n’ap rive estilize « Ayiti Cheri » pou lavi chanje.

Nou pa kapab peye liks iyore siyal avankourè lanati ap voye ban nou toutan. Byen avan tranblemanntè, lè lapli tonbe li pote tout sa ki sou pasaj li ; nou dwe ajoute eksplwatasyon san fren karyè sab yo, e pifò moun ap viv ak angwas akoz evantyèl eboulman/degrenngolad Mòn Lopital ak kay ki bati san kontwòl. Dapre nou Lekòl Ayisyen gen kòm objektif prensipal antame etid sou tandans bati kay, sekirite manje, sante e edikasyon piblik.

Anbrèf, konsyans de danje, peril, e defi majorite mas la dwe afwonte e rezoud, nou dwe ale dwat nan kan an pou nou lonje dwèt sou nati pasif Leta Ayisyen, e jefò gouvènman ap fè pou li eseye ratrape chanjman. Se pa oun sipriz pou pensonn dominasyon san fren, patikilyèman newoliberalis nwi kalite lavi ann Ayiti. Pa egzanp, n’ap mande kouman Leta pa kapab sispann debwazman ? San dout se paske gen gwo chabrak ki kache dèyè systèm sibjigasyon (kontwòl dominasyon) pa privatizasyon, tandiske peyizan toujou pa gen aksè a tè ; yo pa gen kòb, ni kapital, kèlkilanswa ekonomik, sosyal, elatriye. Fè enteresan, asosyasyon nan Komisyon Enterimè pou Rekonstri Ayiti (KERA), ke premye minis Ayiti Jean-Max Bellerive et ansyen prezidan Etazini Bill Clinton ap ko-prezide, tabli sou baz apèl òf. Nou vle di li nesesè pou majorite mas la konnen ki sa gouvènman, ak tout Palman Repiblik lan vann peyi a bay manb KERA sila a ?

Nou poze kesyon an. Men anfas reyalite sila a, gen oun tandans pou repete alavironnbadè « fòk sa chanje ». Selon rechèch ki fèt chanjman an dezòdone, menmlè li gen oun lòd kache ladan li. Li nesesè pou nou prezan toupatou, atikile valè pa nou, esplike karakteristik endepandans ant espas e tan, e kanpe sou prensip opozisyon kont kondisyon mizè majorite mas la ap viv ladann yo.

Pou sa fèt, n’ap pwopoze Depasman pa lòt bagay ke Pratik Pwochen nou. Si nou oze poze kesyon kiyès ki depase nou ? Nou kapab reponn se Pwochen nou.

Lè n’ap pale de Depasman, nou pa vle di jenerasyon pwochen kòmkwa nou pap wè ideyal nou espere, men pitit nou ap benefisye jefò nou fè, paske nou rete kwè imaj lespri oun tan indepandan de espas-tan.

Kidonk, Pratik Pwochen akonpli pa dedoubleman, oun pwosesis majorite mas la konnen trè byen. La ou wè apwòch sila a pa ale an liy dwat, tankou egzanp limyè sikilasyon ki pase de vè a rouj Laroche bay. De preferans gidans ak ekleraj majorite mas la itilize pou li gade objektif reyalite diferan de egzanp nou bay anwo la a. An nou konsidere Ayiti kòm ka etidye, nou wè Afriken yo konsevwa konsèp Nanginen, ki vle di, yo pase de Sendomeng a Ayiti san yo pa efase valè siyifikatif Afriken ki rete Nanginen. De bò isit a laba se menm (Laroche, 1984). Nanginen se Afrik’Ayiti.

Ayiti, osnon Nanginen se premye pitit fi Afrik. Obsèvasyon ou kapab entèprete li kòm metafò, nenpòt jan san ezite n’ap pale de praksis devlopman otonòm oun kilti e nasyon don sosyete imanis zansèt yo bay mond lan.

An konklizyon, nou kapab konsevwa Pratik Pwochen kòm sèvo lavi kalitatif poutèt sa Depasman diferan de chanjman kantitatif (Alexis, 1956), pa egzanp standard de vie, pwodui nasyonal brit, peyi pi rich, elatriye. Fason nou gade reyalite moun fè nou reviv souvni peyi nou ak peyizan li yo :

« Ayiti Cheri » pi bon peyi pase ou nanpwen. Fòk mwen te kite w pou m te kapab konprann valè ou. Fòk mwen te lese w pou m te kapab apresye ou…»

« Choukoun se t’oun marabou. Zye li klere kou chandèl. Mwen di syèl a la bèl moun. Li di m ou trouve sa. » « Ti zwazo nan bwa ki tap chante…»

Konkrètman, se nan memwa Konbatan Libète yo dwe antreprann rekonstriksyon Ayiti de fason pou konble vid ant moun e milye yap viv la. Kenbe ekilib ant fòs anndan e opòtinite dewò se kondisyon sine qua non pou kalite lavi total, karakterize pa lespri byen mennen mond lan ; ki vle di, inyon dwe baze sou jistis e ekite, mete fen ak tout fòm vyolans, e tabli relasyon siyifikatif ak Pwochen ou.

—Doumafis Lafontant

Aller au sommaire de ce numéro de Tanbou/Tambour, Été 2010

Page d’accueil  |   Sommaire de ce numéro  |   Contribution de Texte et de Courrier: Editeurs@tanbou.com