Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com



Itopi tankou posiblite : Ayiti e pwojè imen inivèsèl la

—Tontongi

Nan yon atik ki titre “The Underlying Tragedy” (« Trajedi Anbachal la ») ki parèt nan jounal New York Times jounen 14 janvye 2010, David Brooks blame kilti ayisyen kòmkwa li se lakoz povrete peyi a : « Kouwè tout nasyon pòv nan lemond, Ayiti soufri de yon latriye mongonmay ki reziste enfliyans kiltirèl pwogrè. Genyen enfliyans relijyon vodou a ki simayen mesaj lavi se yon bagay ki kaprisye eke planifye se pèdi tan. » Pou reponn a kesyon « Poukisa Ayiti pòv ? », misye konpare Ayiti a peyi kou Babedòs ak Repiblik Dominikèn ki gen, selon li, menm istwa avèk Ayiti : « [Ayiti] genyen yon istwa opresyon, esklavaj ak kolonyalism. Se menmman pou Babedòs, men Babedòs ap boule trè byen. Ayiti esperyanse diktatè sanginè, koripsyon e envazyon etranje. Menmman pou Repiblik Dominikèn, men Repiblik Dominikèn pote l konbyen fwa pi byen. » Lè w wè kòmantè sa a vini touswit apre kòmantè Pat Robertson lan ki denonse « kontra avèk Satan » Ayiti swadizan te fè kou lakoz kalamite l’ap soufri yo, yon moun sezi pa kalite rasism ogranjou ki dèyè tip de kòmantè sa yo (san menm pale de parès entelektyèl yo manifeste). Selon rezonnman Brooks la, pou yon moun rive about pwoblematik povrete a ann Ayiti, li annik dwe ranplase « kèp pati nan kilti lokal la pa yon kilti ki mande yon pakèt jefò, pa yon gwo doz entansif kilti akonplisman…»

Daprè aparans ou ta di Pat Robertson mete remak li a nan nivo espirityèl, men lè w gade byen nan esans li, mouvman konsèvatè misye a gen pwoblèm avèk enpak pratik revolisyon antiesklavaj ayisyen an te genyen sou sistèm plantasyon ki te ekziste Ozetazini an, e ki te koze fayit anpil enterè ki te baze sou kontinuite li. Se sa ki eksplike raj eritye ideolojik sistèm lan ki pa janm padone Ayiti pou peche sa a, paske yo kwè ke kolonizasyon, esklavaj ak politik enperyalis Etazini fè pati de « destine manifès » li, de raison d’être li.

Kritikè kouwè Mark Danner e Bill Moyers deja diskredite konparezon avèk Babedòs e Repiblik Dominikèn lan ; yo montre kokennchenn enpak negatif pliske yon syèk pèyman Lafrans enpoze sou Ayiti pou l rekonèt endepandans li, e yon demi syèk anbago pa Etazini kapab genyen sou pwojè devlopman Ayiti. Men li pa san enpòtans pou nou pote plis atansyon sou kontèks li.

Dega tranblemanntè a koze se konsekans nòmal yon moun ka atann de yon tranblemanntè 7.3 nan evalyasyon Richter ka genyen sou yon peyi tyèsmond ki gen yon tikras enfrastrikti ak pwoblèm jeolojik nan fayit plak tektonik li. Men etandone istwa espesayal Ayiti e plas anbivalan, deranjab, li genyen nan sansiblite peyi oksidantal yo, anpil lòt faktè vin antre nan jan moun gade tranblemanntè a. Pi gwo nan faktè sa yo se lefètke Ayiti se sèl peyi revòlt esklav te reyisi nan listwa imanite. Antanke istwa se yon resi ki enteresan e ki fè pati domèn lejand ak fab, men mwen pa kwè konpreyansyon li byen anrejistre nan gran piblik la, ni tou byen sezi li se yon istwa reyèl ki rive nan mond nou an pa gen twò lontan de sa.

Wi efektivman, si yon moun fè jefò pou l konprann kontèks povrete Ayiti a, sètadi klima istorik, jeopolitik e epistemolojik peyi a te pran nesans, li pa si difisil pou konprann movèz kondisyon ekonomik li ladann jodia : Rankin twa pwisans ewopeyen—Lafrans, Espayn ak Angletè—, youn nan yo enpoze sou li, anba menas envazyon, yon pèyman pou rekonèt endepandans li ki dire pliske yon syèk (de 1824 a 1947) ; yon lòt pwisans, Espayn, ki kontinye ap fè l lagè pou pèt koloni li (Repiblik Dominikèn) ; plis yon pwisans k’ap monte, Etazini, vwazen zòn nò li, ki enpoze sou li yon anbago kòmare ki dire senkant tan, paske li rayi l pou lefètke li bay « movèz ekzanp » e vin parèt yon menas pou ekonomi l ki toujou baze sou travay esklav. Pou Angletè limenm, menmlè li pat angaje aktivman nan sabotaj kont Ayiti, li te pratikman asepte tout sa lòt rival li yo t’ap fè kont li. Si ou ajoute sou sa anpil dekad okipasyon etranje e non-envestisman nan devlopman peyi a, e konplisite sousesan san fen ant bankye entènasyonal, boujwazi parazit e gouvènman tiranik, foto a vin pi klè. Natirèlman, pou moun kouwè Pat Robertson e David Brooks, se pito ideoloji, pa iyorans, ki motive rayisman yo pou Ayiti.

Nan repòtaj medya oksidantal yo sou tranblemanntè a yo pa janm manke ajoute litani ke Ayiti se « peyi ki pi pòv nan emisfè oksidantal la ». Kesyon yon moun dwe mande, tou dabò, se kouman yo defini « richès » an relasyon ak opoze li « povrete », e ki kalkilasyon degre ki fè yo deklare Ayiti peyi « pi pòv » ?

Si ou defini « richès » an tèm mezi kantitatif pwodiksyon ; an tèm konbyen bank ki genyen, konbyen moun k’ap travay, e konbyen moun ki vin rich so do moun pòv yo, ki ap vin pi pòv e pi pòv ; si ou defini « richès » an tèm konbyen moun ki gen kay gwosè chato ak kantite kare tè, an relasyon avèk plizyè milyon moun sa yo (nan yon popilasyon total de 9 milyon) k’ap viv nan bidonvil e nan kay pay ; an tèm konbyen moun ki manje selon jan yo vle e ki resevwa bon swen medikal lè yo malad, an relasyon ak lòt yo ki al dòmi grangou preske chak lannwit e ki mouri pa santèn de milye pa mank de enfrastrikti medikal e swen ; si ou defini « richès » an tèm de degradasyon anvironnman an, pwazonnaj li e frajilite lavi ; wi, si ou aplike tip estatistik sa yo e metodoloji meziraj sa a, Ayiti ap sètennman pòv, e plismenm « peyi pi pòv nan emisfè a », selon frazoloji a.

Men si okontrè ou defini « richès » pa yon diferan meziraj metodolojik e pèspektif epistemolojik, pa yon yon diferan estanda e kritè, pa yon diferan valorizasyon ontolojik de Genyen ak Ye, w’ap sètennman vin jwenn, lè ou evalye Ayiti, yon diferan valè grad. Paekzanp, konpare avèk laplipa peyi nan lemond, Ayiti istorikman genyen yon kantite ekstraòdinè de atis, ekriven, powèt, tirè-kontè, mizisyen, atispent, eskiltè, elatriye, parapò ak popilasyon li. Sa a se yon fè tout moun toujou obsève—e konplimante.

Si ou defini richès an tèm resous, debrouyadiz ak rezistans imen ; an tèm de validasyon e akonplisman entelektyèl e filozofik ; an tèm potansyèl imen e bèlte peyizaj peyi a (malgre deforestasyon ak polisyon tè a) ; si ou defini « richès » an tèm valè Revolisyon Ayisyen an nan fondasyon modènite nou an, an tèm de alafwa enpak dirèk Revolisyon genyen an sou tablisman eta-nasyon libere nan emisfè oksidantal la (èd sou fòm zam, lajan ak moun pou liberatè sid-ameriken Sebastian Francisco de Miranda an 1806, e Simón Bolívar an 1811), e referans senbolik li kay esklav sou plantasyon nan Etazini yo ; si ou defini « richès » an tèm de akizisyon, pa Acha Lwizyann lan, ki pèmèt Etazini akeri pliske mwatye tè li te genyen nan epòk 1804, yon lavant revolisyonè pro-endepandans e anti-esklavaj ayisyen te fòse Napoleon fè pou l te ka finanse lagè li t’ap mennen kont yo e kont Angletè ; si ou defini « richès » an tèm de pozisyon antikolonyalis Eta Ayisyen nan politik mondyal, ki benefisye anpil peyi nan lemond ki t’ap goumen pou endepandans yo, pami yo Grès ; si ou defini « richès » an tèm imanism e ospitalite pitit peyi a ; wi, si ou itilize okontrè meziraj sa a, Ayiti pami peyi ki pi rich nan lemond.

Erezman, gen ti richès bèlte lavi oun moun ka jwenn menm nan dekonstonbray trajik e menm nan reyalite ki montre rekonstriksyon an ap mande travay pèseverans k’ap dire dèzane : Pami richès bèlte sa yo se santiman pataj doulè ak solidarite imen reyèl, inivèsèl, tranblemanntè a fè soti. Lè w melanje l avèk volonte pèp ayisyen an pou li sèvi de tranblemanntè a kou yon opòtinite pou l rebati peyi a sou baz ki miyò e pi solid, solidarite entènasyonal—ou entèpèp—la, si li ret djanm jan l ye a, ka vin yon pwojè imen transandantal ki gen dimansyon inivèl. Yon pwojè pou bati yon bagay ki bon, ki bèl e ki leve grandèt moun nan debri fatra destriksyon, kawos e soufrans. Se te pwomès Revolisyon Ayisyen an.

Sa ka se itopi, men itopi osèvis byennèt ak elevasyon moun se pa yon move mo—ni yon move jefò.

—Tontongi mas 2010

Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com