Tanbou logo

Page d’accueil  |   Sommaire de ce numéro  |   Contribution de texte et Courrier: Redaksyon@tanbou.com



Rechèch lengwistik

Emmanuel Védrine se yon powèt, edikatè e leksikològ ayisyen k ap fè yon travay avangad pou devlopman e pwomosyon akademik lang ak kilti kreyòl la. Misye se otè yon diksyonè kreyòl, Dictionary of Haitian Creole Verbs/With phrases and idioms («Diksyonè Vèb Kreyòl Ayisyen/Avèk fraz e idyòm») ki te soti an 1992. Védrine ekri tou plizye tèz, powèm ak refleksyon sou pwoblematik lengwistik e kiltirèl lang kreyòl la. Védrine gen 5 liv li ki pral parèt nan sezon pwochen an e ki tout reprann enterè otè a pou patrimwann kiltirèl peyi Dayiti a. Genyen plizyè roman pami liv sa yo. Nan tèks misye ki pibliye nan nimewo sila a jounal la, Védrine vle…

Orijin kreyòl

—pa Emmanuel W. Védrine

Apa de peyi Dayiti, gen lòt kote tèlke Matinik, Gwadloup, Dominika ki pale kreyòl tou, yon kreyòl ki pi pwòch ak pa Ayisyen an. Mwen pa pral konsantre sou lòt kote sa yo men li enpòtan pou mete ou okouran de sa.

Kreyòl se lang natif-natal tout Ayisyen e se yon lang ki pran nesans nan peyi Dayiti. Se pa yon lang enpòte menm jan ak lang fransè a. Chak lang gen rasin oubyen sous kote li devlope. Pou kreyòl ayisyen an, rasin li se fransè, afriken, lang endyen, panyòl ak anglè. Plis ke 85% vokabilè kreyòl la soti nan lang fransè. Lè esklav yo te debake an Ayiti, yo te soti nan plizyè rejyon an Afrik; kidonk, yo te pale diferan lang. Se konsa nan lang kreyòl la, nou jwenn mo ki gen orijin lang afriken. Premye pèp ki te rete nan peyi a anvan Ewopeyen yo te kolonize l, se te Endyen yo. Se konsa nou jwenn mo nan kreyòl la ki soti nan lang endyen yo. Mo «Ayiti» a pa ekzanp, se yon mo ki soti nan lang Endyen yo e ki vle di: kote ki gen anpil mòn.

Lè nap pakouri Istwa Dayiti, nou wè ke Espayòl yo se te premye pèp ewopeyen ki te mete lapat sou Ayiti. Nan kreyòl ayisyen an, nou jwenn tou mo ki gen rasin lang panyòl la. Ayiti te gen relasyon tou ak Langletè nan tan kolonyal; se konsa gen mo anglè ki enfiltre lang kreyòl la. Anplis, nan koumansman syèk sa a, Etazini te okipe Ayiti pandan prèske ven ane sou pretèks ke se lòd yo tap vin mete nan dezòd nan briganday politik ke peyi a ye. Se konsa anpil mo anglè te vin kreyolize. Ak avansman teknoloji nan peyi enperyalis yo, anpil mo ap enfiltre lang kreyòl la tanzantan. Se yon fenomèn lengwistik o nivo entènasyonal. Sa kapab yon rezilta kolonizasyon, dominans politik, devlopman teknolojik lòt bò dlo ak dominans kiltirèl. Lang kreyòl ayisyen gen tout eleman ladan ki fè l tankou tout lòt lang. Li gen yon pèp ki pale l, epi li gen gramè pa l tou. Yon lang se pa lè li kouche sou papye ki fè l yon lang pou sa. Nan kèlkeswa peyi a, moun pale lang peyi a oubyen lang manman yo anvan ke yo aprann ekri l. Lang se yon mwayen pou kominike. Nan kèlkeswa rakwen peyi Dayiti yon Ayisyen soti, li pap gen pwoblèm pou kominike ak yon lòt paske toulede gen yon gramè similè nan tèt yo. Kreyòl ayisyen divize an dyalèktankou tout lòt lang. Mo dyalèk la, se yon mo ki soti nan lang grèk e ki gen rapò ak lang. Lè yap pale de dyalèk nan jounen jodiya nan jagon lengwistik oubyen syans ki etidye koze lang, sa vle di: varyasyon ke yon lang kapab genyen tèlke vokabilè ki itilize nan yon zòn epi ki pa itilize nan yon lòt oubyen tou, genyen kèk mo ki itilize nan yon zòn epi ki kapab genyen yon lòt siyifikasyon nan yon lòt zòn. Jan moun ki nan yon zòn pwononse mo yo yon fason diferan ke jan yo pwononse yo nan yon lòt zòn, sa rele dyalèk tou. Nan ekzanp fraz sa yo ki sinonim, nou kapab remake ke yo pa itilize nan menm zòn men nan konvèsasyon de Ayisyen, pa tèlman gen gwo pwoblèm pou youn ta konprann lòt.

  1. yon moun fisèl yon moun mètdam yon moun entelijan
  2. Map koupe latya ou, map fè ou fè respè ou, map fè ou rete trankil
  3. frè an m, frè an mwen, frè m
  4. Pa mete m nan zen, pa mete m nan akwochay pa mete m nan melimelo
  5. olevan/okouchan anwo/anba o nò / o sid
  6. bwatat bwa patat
  7. zoren kòd
  8. pataswèl sabò, souflèt kalòt, jif
  9. pran yon ti kanpo fè yon kanpe, fè yon ti poze

Ekzanp kèk mo ak fraz ki vin popilè (enfliyans politik nan peyi Dayiti) e kijan yo tou vin rete nan lang kreyòl la:

Atache, banbòch demokratik, bourik chaje, brasa wouj, dechoukay, dechouke, dechoukè, dizyèm depatman, eleksyon bidon, eleksyon fo mamit, eleksyon maskarad, eleksyon tèt chat, fo kòk, gouvènman lavalas, ipokrit yo sezi, ke makak, ke makak la kase, kòk kalite, lavalas, magouy, magouyè, manman poul la, mistè klin, pentad, pè lebren, rache manyòk, rechouke, se pa pou lajan non, ti wouj, voye Ayiti monte, woulo konpresè, zenglendo.

Atache: (n.) Papa Dòk te gen yon ekip solid ki tap fè yon travay pou kore gouvèlman l nan. Mesye sa yo te rele «makout». Mesye sa yo divize an gwoup tou. Pa ekzanp S.D (Sèvis Detache), se te yon seri makout lou sou Papa Dòk ak Janklod ke yo te detache nan de tan twa mouvman pou al fè yon misyon. Sou gouvèlman jal Avril la, li te gen nèg tou ki tap fè jan de travay ke makout yo tap fè sou Papa Dòk, men yo pa te rele yo «makout». Dabitid, makout yo te toujou gen abiman pa yo sou Papa Dòk; yo te toujou pote yon «gwo ble». Donk, li te fasil pou pèp la te rekonèt yo. Jal Avril vin itilize yon lòt estrateji: atache yo pat gen inifòm; sètadi anpil moun pa te rekonèt yo amwenke yo te nan menm klan ak yo. Mesye sa yo pa te manje anyen frèt; yo te fè tout posib yo pou teorize pèp la pou l te ka rete bouch fèmen sou sitiyasyon peyi a lè jal la te sou pouvwa. De atache fèk sot la a; yo dèyè yon moun.

Banbòch demokratik: (fr.) Jal Nanfi te itilize fraz sa a anpil fwa lè li te nan tèt pouvwa a. Pou blofe pèp la, li te toujou fè konnen ke se gouvèlman li an ki yon gouvèlman kote demokrasi reye. Byenke apre dechoukay 1986 la pèp la te fè yon ti respire pou l te kapab esprime l, sa pat vle di pou otan yon moun te ka pale jan li vle. Te gen yon estrateji bay pwasyon liy oubyen rale sou kòd pou te kapab kontwole medya a yon fason pi klasik. Banbòch tafya pa banbòch demokratik.

Bourik Chaje: (n.) Granmoun Ayisyen renmen pale an pawoli oubyen an daki; yo itilize «pawòl granmoun» anpil lè yap pale. Sa fè pati de kilti ayisyen nan. Tout Ayisyen tande pwovèb sa a: bourik chaje pa kanpe. Alvin P. Adams, yon anbasadè meriken an Ayiti, te di pwovèb sa a nan diskou li lè li te fèk rive Ayiti. Sa vle di ke li gen yon misyon ke l vin akonpli alò li pa nan pèdi tan. Tout moun konnen kijan klima politik la te ye nan ane katreven yo Ayiti. Toutan Bourik Chaje nan palè. Tèm bourik chaje a refere anpil fwa kounyeya a anbasadè meriken an Ayiti.

Brasa Wouj: (n.) kriminèl ki te antre nan Legliz Senjanbosko nan dat 11 septanm 1988 pou te boule legliz sa a. Yo ponyade, touye anpil moun ki te nan legliz la. Yo rele yo brasa wouj paske yo te gen yon brasa wouj pou lòt asasen parèy yo te kapab distenge yo. Gwo Chilè te youn nan brasa wouj yo.

Dechoukay: (n.) netwayay konplè (tèlke yon tè anvan yo koumanse plante l); pwòpte pou retire tout vye kras. Konbit la ap fè yon dechoukay nan tè a anvan yo koumanse plante. 2. mekontantman anpil Ayisyen nan dat 7 fevriye 1986 te derasinen anpil makout ki tap kraze-brize sou diktati apre Divalye (Janklod) te leve lank; youn nan fason ke yo te fè sa, se te «pè lebren» ke yo te ba yo. dechoukay la poko fini… (chante popilè sanba Manno Charlemagne). Fè yon dechoukay (fr. fam.)

Dechouke: (v.tr.) derasinen. s: rache. Yo koumanse dechouke tè a anvan yo koumanse plante. 2. revoke, kase yon moun nan travay. || rechouke, repran (yon moun ki te revoke, ki te kase nan yon travay). Yo dechouke yon dal anplwaye Kontribisyon ki te nan magouy. 3. fè yon dechoukay. Yo te dechouke anpil makout an 1986. dechouke yon makout (fr. fam.)

Dechoukè: (n.) mo sa a vin an vòg apre dechoukay 7 fevriye 1986 la. Mo dechoukè a refere a plizyè gwoup moun ki tap dechouke makout ak kay yo non sèlman nan kapital peyi a (Pòtoprens) men an pwovens tou. Se sèlman makout potovi dechoukè yo te dechouke.

Dizyèm Depatman: (fr.) Jeografikman palan, Ayiti divize an 9 depatman; dizyèm depatman an se yon fraz ki vin popilè nan diskou prezidan Jean-Bertrand Aristide pandan kanpay prezidansyèl li de oktòb a desanm 1990. Li itilize fraz sa a pou refere a tout Ayisyen kap viv lòt bò dlo. Yap viv lontan nan dizyèm depatman an. Aristide se premye prezidan ki te resevwa dizyèm depatman an nan palè. Dizyèm depatman an te koumanse voye Ayiti monte. Li gen dizan depi lap viv nan dizyèm depatman an.

Eleksyon Bidon: (fr.) refere a tout eleksyon magouy ki tap eseye fèt apre dat 7 fevriye 1986. Sòt de eleksyon sa yo pa janm an favè pèp ayisyen an men yon ti gwoup moun ki te sipòte ansyen gouvèlman an e ki renmen koripsyon pa ta janm renmen wè yon bon jan eleksyon lib fèt kote pèp la ta vote kandida ki nan gou l. Magouyè renmen eleksyon bidon.

Eleksyon Fo Mamit: (fr.). s: eleksyon bidon, eleksyon tèt chat. 2. Fraz ke K-Plim (Evans Paul) itilize anpil nan diskou l pou refere a eleksyon magouy. Se kandida magouyè sèlman ki pral pran pa nan eleksyon fo mamit la.

Eleksyon Maskarad: (fr.). Se yon fraz Roger Lafontant te itilize nan diskou li nan jounen 7 janvye 1991 pou l te refere a eleksyon demokratik 16 desanm 1990 la. Lwa te danse nan tèt li lefèt ke se te Jean-Bertrand Aristide ki te eli prezidan. Anpil lòt moun ki pa te patizan Titid vin itilize tèm sa a aprè pou montre ke eleksyon 16 desanm 1990 la pa te enpòtan. Anpil magouyè di ke eleksyon 90 la te yon eleksyon maskarad.

Eleksyon Tèt Chat: (fr.). s: eleksyon bidon, eleksyon fo mamit. Anpil moun di eleksyon 88 la te yon eleksyon tèt chat.

Fo Kòk: (n./fr.) Aparèy seksyèl ke yo fabrike e ki sanble ak yon vrè ògàn seksyèl. Lap jwe ak yon fo kòk. 2. fo kòk refere a yon seri de opòtinis pandan kanpay prezidansyèl Jean-Bertrand Aristide la. Fraz sa a vin itilize tou apre Jean-Bertrand Aristide te monte nan tèt pouvwa a kòm premye prezidan demokratik nan dat 7 fevriye 1991. Gwoup opòtinis sa yo kouri konvèti yo nan relijyon lavalas pou pa pèdi opòtinite yo. Yo parèt sou fòm demokrat tou pou pèp la ka kwè yo. fo kòk sa yo parèt pi lavalas ke Titid. Apre eleksyon 16 desanm lan, yon dal fo kòk konvèti nan lavalas. 3. Espyon lòt pati politik ki enfiltre kan lavalas la. Pa fè yo konfyans; se fo kòk yo ye! Fo kòk sa yo se yon dal opòtinis.

Gouvènman Lavalas: (fr.) refere a gouvèlman Jean-Bertrand Aristide la. Fraz sa a vin pran tou yon lòt dimansyon nan koumansman ane 1991 apre Aristide monte sou pouvwa: gouvèlman pèp, gouvèlman popilè. gouvènman lavalas la rekonèt yon «dizyèm depatman». Laprès pat gen baboukèt sou gouvènman lavalas la.

Ipokrit Yo Sezi: (fr.) Se youn nan eslogan ke Jean-Bertrand Aristide te ililize pandan kanpay prezidansyèl li ki te koumanse nan mwa oktòb rive nan mwa desanm 1990. Aristide fè referans a tout moun ki pat renmen li yo kòm yon aktivis ayisyen estraòdinè ki riske vi l pou yon chanjman nan peyi Dayiti. Li te itilize eslogan sa a tou pandan kanpay li nan dizyèm depatman an. Ipokrit yo sezi lè yo tande Titid kandida.

Ke Makak: (fr.) Li soti nan yon diskou ke Divalye (Janklod) te fè lè tansyon politik Ayiti a te monte de sèt wotè. Pèp la, depi anvan ane 1986, te koumanse bat chalbari dèyè Divalye pou l te bay pouvwa a brid sou kou. Makout yo tap kraze-brize lè yo te wè pèp la kanpe. Anpil bri tap kouri di Jankod ale. Lwa pèp la te monte nan tèt li e pou te kalme l, Bebe Dòk ak madanm li fè yon dènye vizit nan kapital la. Lè yo te rive Macheanba, pèp la te move kou yon kong. Yo tap voye eslogan monte; makout yo te fin dechennen. Diktatè a ak madanm li te di: «nou la pi rèd ke yon ke makak». Si se yon ke makak la kase… (chante popilè). Kou ke makak red se kaka li pral kaka (pwov.). Badnen ak makak, piga manyen ke l (pwov.)

Ke Makak La Kase: (fr.) Se yon fraz ki vin itilize apre dat 7 fevriye 1986 pou refere a Bebe Dòk ki kite pouvwa a sou presyon pèp souvren an. Se sèlman ke makak la ki kase (fr. fam.). Se ke makak la sèlman ki te kase.

Kòk Kalite: (n./fr.) Yon kòk kalite se yon kòk ki renmen batay. Kèlkeswa kòk ki parèt devaan l, li ta renmen fè yon dyèl ak li. Yap soufle tafya sou kòk kalite yo. Kòk kalite a bat «kòk kayèt» la ak «kòk zenga» a. 2. Fraz sa a vin pran yon lòt dimansyon pandan e apre kanpay elektoral 1990 la an Ayiti. Majorite pèp la ki te sipòte Aristide nan eleksyon 16 desanm 1990 la wè misye kòm yon kòk kalite ki pa janm pèdi yon pari e ki pote laviktwa nan gran batay sa a. Kòk kalite a bat «kòk choublak» la.

Lavalas: (n.) gwo dlo di desann ak fòs lè lapli tonbe oubyen lè gen move tan. Lavalas pase; li pa enpoze krapo kriye (pwov.). 2. Operasyon lavalas: mouvman politik ke Jean-Bertrand Aristide te tanmen e tap mennen pandan kanpay prezidansyèl li de oktòb a desanm 1990. Politikman palan, tèm lavalas la refere tou a «majorite», «espwa pou majorite pèp la». vòt lavalas (tèm ki itilize premye fwa pandan e apre eleksyon 16 desanm 1990 la). Titid ak nou se lavalas. «yon sèl nou fèb, ansanm nou fò, ansanm ansanm nou se lavalas» (fraz ke prezidan Jean-Bertrand Aristide toujou itilize nan fen diskou l.

Magouy: (n.) vye mannèv, nenpòt tenten, move piwèt pou atenn yon bi. Magouy yo kontinye ap fèt anba chal. Yo kontinye ap fè magouy. Misye se yon nèg ki pa nan magouy.

Magouyè: (n.) moun kap fè magouy; moun ki viv de magouy; moun ki renmen magouy; moun ki nan magouy. Gen anpil politisyen magouyè Ayiti. Pa okipe yo; se yon dal magouyè . Avantay magouyè se nan magouy.

Manman Poul La: (fr.) Li itilize pou refere a prezidan Ertha Pascal Trouillot. Se premye fanm Ayisèn ki rive monte chèfdeta nan Istwa Dayiti nan dat 10 mas 1990. Nan atanta Roger Lafontant (doktè men jele) pou l te bay yon koudeta (nwuit 6 janvye pou louvri 7 janvye 1991), Lafontant te deklare ke se pa yon koudeta men pito yon «pasasyon pouvwa». Pèp la vin konpare palè a ak yon kalòj kote yon manman poul kite yon pentad antre. Anpil moun di ke se pat yon vrè koudeta men se te yon koudèta. Manman poul la kite pentad la antre nan kalòj la. 2. manman poul la: chante popilè nan kanaval 1991 lan sou gouvèlman lavalas la. Ou tande tout moun ap chante manman pou l la apre kanaval. Tout moun rete ap tann cha manman poul la nan kanaval 91 lan.

Mistè Klin: (fr.) Se yon fraz ki gen rasin anglè: Mister Clean (mouche netwayaj). Fraz sa a itilize pou refere a Marc L. Bazin. Bazin te minis finans sou gouvèlman Jean-Claude la. Kèk moun di ke l te serye lè li te nan pòs sa a. Ti non jwèt sa a fè l sanble ak yon ti Jezi nan po krab pou montre inosans li. Mistè klin te kandida pou chèy boure a.

Pentad: (n.) zwazo, bèt volay. Pentad se yon bèt ki malen; pa konprann ou kapab kenbe l fasil. Chasè a fizye de pentad. 2. Sou gouvèlman Papa Dòk la, li vin chwazi pentad kòm yon zwazo enpòtan. Papa Dòk te itilize siy pentad nan plizyè bagay; pa ekzanp, moun te ka wè yon foto pentad sou lanbi nan anpil bagay ki an rapò ak gouvèlman li an. Apre atanta Roger Lafontant nan dat 6 louvri 7 janvye 1991 pou l te bay pouvwa a panzou, anpil Ayisyen de vin wè l kòm yon pentad (yon bèt malen). Anplis, tèm pentad la fè pati de «literati» makout yo e Lafontant te vin pi gwo chèf makout sou gouvèlman Janklod la. Misye tankou yon pentad (misye malen anpil).

Pè Lebren: (fr.) pè lebren se te yon tonton ki te konn fè reklam Ayiti pou bon kawotchou e kawotchou sa yo gen yon koulè bren. Anpil moun te konn wè reklam sa a nan televizyon Ayiti. Misye te toujou gen kawotchou nan kou l lè lap fè reklam. Nan dat 7 fevriye 1986, yo te boule anpil makout. Fason ke yo te fè sa sèke yo te foure yon kawotchou nan tèt yo, wouze l ak gaz epi pase alimèt. Se te yon sòt de revanj, yon fason pou moutre mekontantman yo kont tout abi ak zak malonnèt ke makout yo tap fè yo pase sou gouvèlman Divalye a. Pa te gen yon gouvèlman ki tap garanti yo jistis; donk, se konsa yo te fè jistis pa yo. bay yon moun pè lebren (foure yon kawotchou machin nan tèt yon moun pou boule l). Gwoup dechoukè a manke ba l pè lebren. bay yon makout pè lebren (fr. fam.)

Rache Manyòk: rache manyòk refere a rekòt manyòk lè manyòk la bon. Nan yon seri tè di, se fouye yo fouye manyòk, men nan tè mou oubyen tè sab, yo pa pèdi tan fouye manyòk la, yo rache l. Gen manyòk anmè, gen «manyòk dous» tou. Moun manje manyòk dous; yo gen dwa bouyi l (nan dlo oswa nan lèt) oubyen boukannen l pou manje. «Manyòk anmè» gen yon pwazon ladan l. «Manyòk matyotas», «manyòk ti Kiba» se manyòk dous yo ye. Si yon moun manje manyòk anmè, li ka touye l. Yo pa manje manyòk anmè a menm jan yo manje manyòk dous la. Lè yo fin rache oubyen fouye manyòk anmè a, yo graje l. Apre sa, yo tòde l pou retire dlo a ki yon pwazon. Lè yo vin tòde l, yo konn pase l solèy anvan yo fè bobori (pwès) ak li. Si se farin yap fè ak li sèlman, yo mete l seche. Manyòk anmè touye kochon. Dlo manyòk anmè touye kochon. «bwa manyòk.». Yo kapab itilize bwa manyòk pou plan. «lanmidon manyòk.» Yo sèvi ak lanmidon manyòk pou mete nan rad. Lè nap pakouri Istwa Dayiti, nou wè kijan manyòk te enpòtan pou Endyen yo. Se ak li yo te konn fè kasav (kasab), doukounou (bobori, pwès), bòy (dounmbrèy). Lè nap gade tou nan anpil rakwen an Afrik kote ki gen sechrès, manyòk la trè enpòtan kòm manje pou peyizan yo. Yo itilize l menm jan nou itilize l nan peyi Dayiti. Anpil kote Ayiti, se «farin manyòk» la yo itilize pou fè labouyi pou timoun. Jilyen ap fè yon kòve pou ede l rache manyòk la. Kochon an rache manyòk yo. 2. rache manyòk, tèm ki vin pran yon dimansyon politik apre dechoukay 1986 la. Monseyè W. Romulus (natif-natal Jeremi) te itilize l nan yon diskou; depi lè a, li rete nan lang kreyòl la. Li te fè referans a magouyè ki tap dirije yo pou te kraze sa. rache manyòk: netwaye tout sak pa bon; kraze kite sa. Apre, anpil moun te vin itilize fraz sa a. Se konsa li vin popilè. rache manyòk nan eleksyon. Fòk jal la rache manyòl li! Fòk magouyè yo rache manyòk yo nan eleksyon an!

Rechouke: (v.tr.) repran yon moun ki te revoke, kase nan yon travay. || dechouke. Ansyen direktè a te dechouke misye men nouvo a rechouke l. Yo rechouke anpil magouyè nan travay leta yo apre koudeta a.

Se Pa Pou Lajan Non: (fr.) Se youn nan eslogan ke Jean-Bertrand Aristide te itilize pandan kanpay prezidansyèl li ki te koumanse nan mwa oktòb rive nan mwa desanm 1990. Dabitid, lè gen kanpay elektoral Ayiti, anpil kandida konn ap eseye bay kòb anba pou pèp la vote yo. Depi Aristide te koumanse kanpay prezidansyèl li, majorite pèp la te gen tan sipòte l san ke li pat ba yo yon peni, diferan ke jan sa abitwe fèt. Malgre gen kèk kandida nan eleksyon 1990 la ki tap eseye achte konsyans pèp la ak lajan, pèp la te vin rekonèt magouyè sa yo. Yo panse yo te ka lolo pèp la ak kòb oubyen tafya. Se pa pou lajan non! Se pa pou lajan non!

Ti Wouj: (n.) non jwèt yo bay jal Nanfi. Misye se yon grimo tou. Ti wouj renmen ti gwòg li epi l toujou nan fi.

Voye Ayiti Monte: (fr.) Fraz ki vin popilè an 1991 Apre prezidan Jean-Bertrand Aristide pran pouvwa a. Peyi a te pran nan yon blokis finansye total-kapital. Anpil peyi ki te pwomèt ke yo ta pral bay èd pat kenbe kenbe pawòl yo. Pèp souvren an te voye eslogan sa monte pou te chofe dizyèm depatman an pou l te kapab pote tout konkou posib bay peyi Dayiti. Anpil komite V.O.A.M (Voye Ayiti monte) te kanpe nan dizyèm depatman an. Abreviyasyon V.O.A.M nan pwonse «vwam» ki vin ba li yon lòt siyifikasyon: se vwa pa m. Donk, Ayiti tande vwa chak moun ki voye l monte. Ayisyen konsekan ap voye Ayiti monte; Ayisyen magouyè ap voye Ayiti desann. Vwam se vwa pa m, se vwa pa ou, se vwa pa nou, se vwa tout dizyèm depatman an. Ann voye Ayiti monte pou l ka kenbe eskanp figi l!

Woulo Konpresè: (fr.) Li refere a kèk gwoup ekip solid ki tap dechouke apre 7 fevriye 1986. Woulo konpresè a deyò; se pa ni de ni twa se yon dechoukay yo pral fè. 2. woulo konpresè refere a ekip ameriken an ki tap jwe nan «konkakaf feminen» an Ayiti nan ane 1991 sou gouvèlman lavalas la. Ekip sa a bat tout lòt yo. Se li ki te chanpyon. Nanpwen yon ekip woulo konpresè a pat bat nan konkakaf feminen ki te fèt Ayiti a an 1991 lan.

Zenglendo: (n.) vòlè, ekip vòlè ame ak zamfannfwa, kriminèl, atoufè kap kraze-brize nan peyi Dayiti apre Divalye (Janklod) kraze rak. Se yon rezo san pitye, yon rezo byen moute ki difisil pou enfiltre. «Reseau sans pitié» se yon kokenn fim ayisyen sou zenglendo ke Patrick Jerome te moute. Zenglendo yo antre nan kay la se sa yo bliye yo pa fè. Sezon sechrès Ayiti se yon woman ki pale anpil de zenglendo.

Lis abreviyasyon:

||: kontrè, omonim
fr.: fraz
fr.fam.: fraz familye
n.: non
n./fr.: non ak fraz
pwov.: pwovèb
v.tr.: vèb tranzitif
s: sinonim

Tanbou logo

Page d’accueil  |   Sommaire de ce numéro  | Écrivez-nous à: Redaksyon@tanbou.com