Tanbou logo

Page d’accueil  |   Sommaire de ce numéro  |   Contribution de texte et Courrier: Redaksyon@tanbou.com



Liv, literati e mouvman kiltirèl

—pa Takodo

Z

ansèt se nouvo liv powèm Patrick Sylvain an, yon powèt, pwofesè lekòl e aktivis politik ayisyen k ap simayen pwezi nan Boston depi plis ke 10 zan. Depi Rèv pou yon Revolisyon ki te premye rekèy powèm Sylvain (tout moun rele l «Patrick» senpleman), misye te deja koumanse devlope yon pwezi «k ap rele Anmwe!» e ki pa menm ba w tan pou w reflechi. Li bonbade ou avèk vizyon, imaj, endiyasyon sou tout sa k ap pase; pi prensipalman sou enjistis sosyopolitik yo, sou kondisyon malsite yo, san konte lit fanm yo kont abi ak opresyon nan yon sosyete macho-patènalis malfezan—san manke sitou lit liberasyon pèp tyèsmond yo kont dominasyon enperyalis.

Nan dezyèm rekèy powèm Patrik la, Mazakwa, ki pibliye an 1992, mouche mete nan de paj, fas a fas, yon powèm istorik, «1492», ki se alafwa yon anti-komemorasyon Senksantenè envazyon kolon panyòl yo nan kontinan yo rele «nouvo mond» la, e yon rapèl sou estèminasyon vi ak sivilizasyon Awawak yo pa kolon ewopeyen yo:

«1492 ane flanm dife, ane deluj,
Tayno ak Awawak tounen pèl ak pikwa
yo fouye trou pou dezantere lò,
Panyòl antere mo, antere sivilizasyon,
antere 10,000 po wouj pa jou»

Patrik Sylvain fini powèm lan nan yon konsta ki kouwè yon akizasyon: «Mazakwa sivilizasyon, «Endyen» tounen istwa/zo yo ap tann etid Antropològ.» Nan paj sou kote a misye plase yon powèm, «Doulè Magarèt», ki limenm se yon sòt transpozisyon, nan yon kontèks lokal, imedyat, nan tan kounyea, doulè fanm domine, fanm y’ap vyole «fizikman oubyen mantalman»:

«Gade fanm nan ki chita k’ap trepase
sosyete a rechte l’ tankou po kann
on malandren monte sou li tankou foumi wouj
ki rantre nan zantray yon sak sik.»

Powèt la acheve powèm lan avèk yon ton ki, menm lè li konstate ke «Magarèt, ansyen fanm vanyan» vin tounen yon «zonbi», alaswit zak vyòl la, powèm lan kontinye parye sou lespwa, sou lavni:

«Kouraj, yon jou chimen la Jistis va louvwi
menmjan ak yon bouch k’ap vale dlo lapli
potay kontantman lavi va limen
e solèy lan va klere pou tout moun.»

Kouwè nou ka wè nan ekstrè ki pibliye nan nimewo Tanbou sila a, nan Zansèt Patrick pouse souf pwetik li nan yon nivo elevasyon ki etabli definitivman matirite powèt la. Souf, elan e politik pwetik la vin jwenn ansanm-ansanm—avèk plis konfyans ke nan de premye liv yo—pou l di yon verite. Kouwè Paul Eluard, Pablo Neruda ouswa Jacques Roumain, Sylvain anplwaye langaj pwetik la kou «yon zam de konba», kou yon enstriman militan, kote li pa kache endiyasyon li kont sistèm sosyopolitik malfezan an, kont «fòs madichon [k’ap] kloure tinèg sou poto lespwa/tankou mabouya sou tab veterinè.» Zansèt se yon liv pou tout Ayisyen ak Ayisyèn li. Se yon liv ki melanje pwezi, lanmò, lanmou, endiyasyon, lespwa ak revolisyon nan yon mannyè ki klarifye pèspektiv liberasyon an, yon mannyè ki konfwonte konsyans nou e ki ekzòte n pou nou pran chimen chanjman, yon chimen revolisyonè.

The Uses of Haiti, denye liv Paul Farmer fèk soti a ke nou ta ka tradwi sou tit Koutay ak Magouy sou Ayiti, se yon lòt liv pou tout moun ta li, patikilyèman nan konjonkti kriz politik jounen jodia. Liv la pa kache men l dèyè do l pou l voye wòch; li di kareman ke anpil tribilasyon ak kalamite pèp ayisyen an ap sibi kounyea «sòti direkteman» nan zantray tradisyon entèvansyonis ameriken ann Ayiti depi tan Endepandans zile a; yon tradisyon entèvansyonis ki vin entansifye e ki abouti a envazyon-okipasyon Ayiti an 1915–1934 pa nò-ameriken yo.

Farmer pa yon enkoni pou pèp ayisyen an. Misye se yon medsen e antwopològ blan ameriken ki refize admèt fason reziye e fatalistik Establishment ameriken ap prezante pwoblèm mizè nan peyi tyèsmond yo. Anvan menm lè li te diplome nan medsin, misye ede fonde plizyè klinik riral, gwoup kiltirèl e lekòl kominal an Ayiti nan Afrik e Ozetazini. Li adopte yon prensip ki di ke «kominote k ap soufwi yo dwe itilize resous peyi dominan yo pou yo fè grès kochon an bouyi kochon an.» Se nan pèspektiv sa a Paul Farmer plase travay militan li alafwa sou plan sante, antwopoloji e politik. The Uses of Haiti se dezyèm liv otè a, apre AIDS and Accusation: The geography of blame in Haiti, ki li se yon etid antwopolijik kritik sou kouman milye rasis ameriken yo itilize keksyon SIDA a pou yo blame e izole Ayiti.

The Uses of Haiti, prefase pa Noam Chomsky, yon lengwis repite nan inivèsite Massachusetts Institute of Technology (MIT) ke anpil moun konsidere kou pi gran mèt-pansè kritik vivan nan Etazini. Renome mondyal pou travay syantifik li nan lengwistik konpare, Chomsky pase preske tout tan li ap resanse e analize «malfezans ak ipokrizi» pouvwa gouvènman federal ameriken an nan relasyon enperyalis li avèk lòt peyi yo rele «peyi domine» yo. Misye kwè ke sistèm fonksyonnman e wòl sipèpwisans pouvwa gouvènman meriken an rann li «enposib» pou l gen yon politik etranje ki diferan de enterè ak objektif enperyalis sistèm lan. Misye bay ponyèt a Herbert Marcuse, yon filozòf radikal diran ane 60–70 yo, ki te di ke sistèm sosyopolitik oksidantal yo se yon sòt de sistèm «totalitè» paske yo kreye yon mond «inidimansyonèl», yon mond depaman yon sèl bò ki rejimante e nomalize an dousè alyenasyon, malfezans ak mal-viv jeneral tout moun ap soufwi yo. Chomsky rive pi lwen pou l di ke menm «rebelyon», opozisyon ouswa «dissent» ki anpare sistèm lan detanzantan se yon seri de «fabrikasyon» ke limenmenm kòlpote pou l jistifye fonksyonnman machin represyon li mete sou plas la. Nan prefas liv Farmer a, Chomsky pa fè l ankenn ilizyon sou konpleksite lit la, men li site Farmer limenm pou l espere ke liv la ka pouse «lektè yo pou yo rejte pwopagann klas dominan yo sou Ayiti» e chanje politik gouvènman yo an anvè Ayiti. Misye kwè ke anpil moun nan sa li rele «tyèsmond dezespere a nan Etazini menm» pataje rèv chanjman sa a. Anbrèf, liv The Uses of Haiti a se yon liv ki rekomande bay tout moun pou yo li.

* * * * * *

Nathan McCall, yon repotè nwa ameriken pou youn nan pi gran jounal Establishman ameriken an, The Washington Post, fè sòti yon liv ane pase a ki rele «Sa vle fèm rele anmwe!» (Makes me Wanna Holler), kote misye pale de anfans ak adolesans li nan Portsmouth, yon vil nan Virginia, nan sid Etazini, kote rasism, segregasyon, imilyasyon ak eksplwatasyon moun pòv ak moun po nwè te yon routin tout jou Bondye mete. Se te youn nan eta sidis meriken yo kote blan pwopyetè te ke gen tout pouvwa.

Menmsi liv McCall, la kouvwi prensipalman vi pesonèl li nan ane 1960–1970 yo, li se tou yon sòt «èd memwa» sou kondisyon alyenasyon oprime nwa ameriken yo ap viv Ozetazini. Yon kondisyon zonbifikasyon-alyenasyon ki fè tifi ak tigason nan epòk la—kouwè nou wè l jounen jodia—ap komèt tout jan zak malonnèt kont pwòp kominote y ap viv ladann lan. Yon sitiyasyon ki fè yo pafwa envante yon enmi imajinè pou sèlman montre ke yo ekziste, ke souf yo ap mache keseswa nan laterè, nan soumisyon oubyen nan rezistans.

McCall, se lanmè l ye, li pa sere kras. Li di tout koze, tout bagay, tout sekrè. Li pale de eksperyans kriminèl li tankou li pale de fanm li renmen e divòs avèk fanm ki rejte l. Li pale san fason de valiz li te konn volè, kay li te konn kase e de menm ti jèn fi nwa li te vyole nan gwoup kadejak ansanm avèk lòt ti malandren kouwè l. Misye te si tèlman move e aksyonè ke li tire yon eleman, yon lòt gwo ganstè kouwè l, nan mitan yon kanaval, paske eleman an te «derespekte» manman pitit misye. An Frans, an 1767, Jean-Jacques Rousseau te fè sòti yon liv ki te fè eskandal, Les Confessions, kote misye te pale de santiman entim li ak eksperyans malonnèt li te konnen nan sosyete aristokratik la. Rousseau, kouwè McCall nan Makes me Wanna Holler, te devwale kouman sosyete a trete òlalwa yo, kouman li jere e oganize lavi, sèks, komedi e trajedi.

Makes me Wanna Holler gen anpil bagay ladan l ki ka ofanse anpil moun, pami yo tout konbatan pwogresis feminis yo, pa ekzanp, ki pap renmen fason sanfason mouche pale de vyòl kolektif ti malandren yo fè kont ti jèn fi yo, yon fason ki trayi mank respè misye pou fanm. Genyen tou blan konsèvatè ameriken yo ki pa apresye fason l pale de «sistèm blan» an e kritik li sou «rasism enstitisyonèl» sosyete meriken an. Kouwè Otobiografi Malcolm X ki devwale kouman sosyete rasis la envante kriminèl ak delenkan, Makes me Wanna Holler gen anpil verite ladann; lektè yo ap aprann anpil sou kondisyon ti nèg nan peyi blan an; li montre tou rezistans ak fòs karaktè yo devan advèsite.

—Takodo

Tanbou logo

Page d’accueil  |   Sommaire de ce numéro  | Écrivez-nous à: Redaksyon@tanbou.com