Tanbou logo

Page d’accueil  |   Sommaire de ce numéro  |   Contribution de texte et Courrier: Redaksyon@tanbou.com



Pwezi Kreyòl


Powèm Angaje ki chita sou lakilti, istwa ak langaj

Chemen Lespwa

—pa Kwitoya

Solèy la tounen nan nich li
yon grenn zetwal pa leve
yon grenn koukouy pa reveye
e lalin vire tètanba kite syèl la
nan zile dantan
ap bouske bwapen ak alimèt

Solèy la tounen nan nich li
van voye kannòt lespwa fele
nan pye mòn lan
tan an fèmen
sou tout kanton an
timoun ap kriye nan blakawout
kwachòkò toufounen linosans
vantmennen degonfle pretansyon grandèt
lamizè dlololo larezone
lafanmi Dlo-nan-je gaye
nanpwen chandèl pou triye kouray

Kòk laras pèdi laklas
toro an nan pikèt
kay Tontonbab lòt bò lanmè

Men gen lavi nan bouk
se pa mwen sèlman k tande
plenn tyovi zannimo pyebwa
galopad granmoun k ap debat
pyafay timoun k ap kriye
rannisman bourik k ap dangoye
japman chen yo tizonnen
myawmyaw chat yo chode
tuitman rat yo pèlennen
e bri mato mannèv
k ap kole pyese kannòt

Sevre

movetan pouse bwafouye al fele
rèv lafanmi-san lafanmi-laklas espannta
Sevre tou
kouray kouve lespwa
pou movetan pase
Yon jou konsa
nan rapouswiv siyay bon rèv
lafanmi va deniche bwapen ak alimèt
tout jako sou branch bwa va di: nou wè
flonn briyant-solèy.

Yon demach

Pandan move van
ap fennen plant lavi
lawouze sevre boujon lespwa
chwal ayisyen pa tanpe
kidonk
kòmè Zokrit va leve galope
konpè Zeloray va kanpe voye zago
pliske yo fin wè rèl yo anfouraye
nan kapsil chanpay Akò Akwòkwò
fedatifis pou rankont pwenkadino

Adwat blokotow depatya silans
agoch pyè loray boule kannòt
nan mitan lapli tyake do kay tòl
anlè zèklè file dèyè Mònlopital
Ala yon michan konplo
pou foure mizèrere nan priyè Rezistan!
Anverite
ladwat se ladwat
lagoch se lagoch
tan ale tan vini
nèg lavil pa fouti trese riban
pou kòmè Dyela
se sèl lonbray ki rete fidèl
ak vwayajè pèseveran nan lonnay
dèyè yon bèl jou
Jou sa a
m ta rele l dimanch
ala m pa wè plim poul
ala m pa wè po pwa
ala m pa wè po bannann
ala m pa tande klòch katedral
M pa fouti di se lendi
ni madi ni mèkredi
ni jedi osnon vandredi
ala m pa wè timoun-lekòl
ala m pa wè kòmè Dyela
ala m pa wè konpè Apredye
ala m pa tande pistach-griye-tou-kale
Si m te wè moun ap monte desann
mwen ta di: se samdi… Sèlman
mwen tande yon jou k ap chire raje
anchantan

Anpil moun renmen chante jou sa
men kèk grenn Monpè ak Pastè
di: «se vwa satan-le-dyab»
kèk gangan di: «se vwa lwa dechoukè»
filozòf-dyondyon yo rele l: «anmèrdèrr»
mesye-ze-dam lagrann sosyete yo
deklare: «pito blan pran peyi an tan
pou zèl-sapat monte opalè»
Anverite
jou saaaaaaaaaaaaaa
gentan tounen yon Nonm-Senkant
yon Loko-basiye-tètanplas
yon papa Gede byen bande
ki fè kò ak tout Lanmourèz
pou yo pa sede yon pwèlyèm
nan kanton papa Desalin lan.

—15 jiyè 1994

Ede m di blan an fokyou

Gen twazan deja
m ap chache yon bèl e michan poèm
papa Desalin te ekri pou Mantoun
sou savann lakou Vètyè

M ap chache poèm lan
ansanm ak Andriyèz e Elyeze
pou n di l ann angle
ak yon woulman petwo sizonnen
avèk yon foule gede
devan mezonblanch nan wachintonn
devan loni nan nouyòk
devan kankwom nan mayami
epi trapde
gadò zonbi t ap konprann
li pa fouti demare lalo
Mantoun plòtonnen ak papa Gede

Annatandan m jwenn poèm lan
Elyeze vle roule tanbou
pou Andriyèz ede m di fèzè zonbi
«Fòkyou!»*

—23 jiyè 1994

*tèm angle anplwaye pou salopete yon moun krache kolè ou pou di non. Otè an prete lang blan, li ekri sonnen mo an pou l di blan k ap domine peyi li alevouzan! Lanmèd! osnon tou senpman «fòkyou».

6 boulay mi

-1-
7 Fevriye diznèfsankatrevensis
solèy fele sou tèt Kenskòf
chalè gaye nan kwabosal
zepi mayi vil Senmak
pa jetebab nan kwi lavi
men Lamèsi mete beny tann midi

-2-
29 novanm diznèfsankatrevensèt
konpoz 7 fevriye vante
malad la kouche plat
rènchantrèl anwo Mònkalvè
tanmen rele Makaya

-3-
16 desanm diznèfsankatrevendis
yon gòje dlo sale byen cho
dekaye san nan gòjèt zonbi
«Sonsonpipirit» leve tèt gade anlè
syèl lan tou wouj

-4-
sa k ta di
trant septanm diznèfsankatrevenwonz
lapli ta tonbe Mònlopital
Bwadchèn ta desann al fè majigridi
sou bèl-antre Pòtay-Leogàn

-5-
se pa jodi a zetwal ap tenyen
sou rara Gede kay Lamèsi!
anvan demen kwoke chapo l
sou tèt pyebwa
ala tray tyovi Grannbrijit yo
ap travèse!

-6-
sou payas zèb jòn
pandans lalin nan lagokache
ak lonbray zonbi
Lamèsi take sale san tyovi
jous li va midi tapan
pou Lèzany yo benyen toutouni
sou tèt Sitadèl Laferyè.

Vwayaj

vaksin tanbou kata
katap-katap youn-de-twa-kat
epi senk
epi si milyon
epi swasantsi milyon talon ak zòtèy
van-nòde fennen
ap danmen pousyè…
Se la
yon papiyon jònlò kwape kabicha m
ak yon bo solèy
je m yanyannen
pòtay kè m louvri
papiyon file zyedou ban mwen
epi l pran devan
vwayaj mwen kòmanse
M panko ka konnen non l pliske
latè panko jije plantè pwenkadino
latè panko konfese dyalòg-nòsud
latè toujou ap virewon sanrete
m pati sanrete dèyè papiyon
kenbe l nan zèl se yon rèv m ap fè
Chak fwa l poze sou flè-dizè
cheval rèv mwen danse
m keyi zanmann mete nan dyakout mwen
pliske m pa konnen lò na rive
men se sèten kon drapo lanmou yon fanm
monte nan je nonm li
apredmen ap flote nan jodi vwayajè
k ap lonnen wout san detou.

Istwa a dwòl

La bò pye mapou an
sizè dimaten te fenk sonnen
pè Afre gran papa Talis
te mete chenn nan kou Britis
e li te di l: «jevoubatiz
onondipè difis e disentespri»
pèsonn
panko konnen non vanyan Britis

La bò pye mapou an
midi te fenk sonnen
labe Pritayis papa Talis
kloure Tanis pitit Britis
sou tonm swe-pou-lasibab
e li te di l: «nannan an pou mwen
bòk lan pou ou»
pèsonn
panko konnen non vanyan Tanis

La bò pye mapou an
minwi sonnen
monseyè Papiyis gwo nanm Talis
arimen timoun Tanis yo
nan laposesyon senkyèm avni-gran-kapital
e li di yo: «se yon lwa lavi
lorikilè pi piti»
pèsonn panko konnen non pitit Tanis

La a bò pye mapou sa a
lò Talis va di ti-Tanis yo «se teworis»
Talis pap lwen kaba
kon lannwit solèy fè espannta.

Timoun-lespwa

san manman san papa
timoun-lamizè yo
trase chemen lanmou
sou tablo lamepriz

san manman san papa
timoun-tray yo chak jou
efase ak flanm je yo
malè vye granmoun ekri
sou memwa yo

san manman san papa
ak manman ak papa
timoun-lespwa chache wout sous
pou lave varèz adjipopo
san manman san papa
ak manman ak papa
timoun-lespwa ap lonnen bèl jaden
jous solèy kale ze jefò
nan plamen prentan.

—Kwitoya


Kòd lonbrik l’afrik

—Patrick Sylvain 1994

Gen yon tanbou k’ap kònnen nan tèt mwen
tankou fanm esklav k’ap kriye
pou rasanbleman nan Bwa-Kayiman
Danmbalaaaaaaaaaaaaaa
tanbou a mate, li ponpe,
li soufle, li woule
li refize kalma, li bat Petro
Yanvalou, Nago
Ibo, Shango, Kongo
tanbou a kònnen tankou lanbi libète
li pale pawòl danble
li kriye tankou esklav anba frèt kach
vwa l’ se vwa m’
se vwa n’
se vwa libète
ki te goumen kont la Frans
li kontinye tanmen pou n’ soufle
tankou papa Loko
k’ap pote nouvèl bay Agwee, nou se van
nou se lyann mòl
nou se rasin gran bwa
depi nou pale se tanbou ki frape
gòj nou se po bèf
fòk nou pale pou yo tande jan nou sonnen
Ginen toujou ap boujonnen nan tèt nou
pou libète ka klere je l’
sou po tèt moun nwa k’ap reve Lewòp.
Se konsa mwen danse Ibo
chak branch cheve m’ se yon kout tanbou
pa griyen dan ou ban mwen
chache konnen Lafrik
verite a se sou tanbou li kouche.
Se kreyòl mwen ye rasin Lewòp paka ban m’ tete
depi ki lè ou tande chyen rele chat manman
palto ki sou ou a twò gwo, chache gwosè ou.
Depi m’ pale tanbou frape
tout venn mwen pompe
tankou yo tchovi ki wè ak sen manman l’.

Pawòl Rasanbleman

Pafwa nou oblije vire
rèv nou devan dèyè,
souke l’ pou l’ pa ret kroke
nan tèt ki pran twòp kout kòs.
Fòk nou pa kite menwa n’
sote ponpe
pou nou pa bliye moun
ki senyen rèv nou anndan mitrayèt.
Gen mo nan tout lang ki kle
ki vo piplis pase lò
mo nou sipoze pote sou tèt lang nou
mennjan ak twokèt ki anba bokit dlo.
Mo tankou:
Ayiti
Lanmou
Devlopman
Jistis
Chanjman
Revolisyon
Veye yo
Bare yo
Kenbe yo
Dechouke
se vwa n’ ki pral brile zòrèy
ki bouche ak waks bouji,
se lang nou ki pral jije moun
ki konn boule n’ nan kann,
depoze n’ Titanyen, antere n’ nan rigòl,
se vwa n’ ki chante lavi
se vwa n’ ki mande yon Lavalas
pou n’ ranmase tout sa ki pou chanjman
se vwa n’ ki pral chante awoyo a minui
se vwa n’ ki pral ba yo tedeyòm
se vwa n’ Iwondèl te batize
se nou ki chante libète.

Mon Frè, pale ak fòs,
finalman pale
pran gou chak mo ki sot nan bouch ou
se lang nou ki paspò lajistis
pale pou n’ debouche zòrèy ki bloke ak lajan.
Revandikasyon se li ki Bib kotidyen n’
toujou chante chante Koralen:
«Lè n’a libere Ayiti va bèl.»
toujou chante chante Chalmay:
«Lajenès pa inosan fòk nou met men n’ nan san.»
toujou repete sa Titid toujou di:
«Tout moun arebò tab la.»
Pa kite rèv nou ret rabi nan pàntyè
dekroke l’,
souke l’,
fè l’ mache sou yo
menmjan ak Kapwa Lamò
anba boulèt fransè.
Pa kite rèv nou mande n’
kisa nou t’ap tann.
Dekroke l’,
montre l’ mekanik
pou l’ demonte yo pak-an-pak.
Se vwa n’ ki lanbi libète
soufle l’ pou yon rasanbleman
tankou yon men ki fèmen
pou n’ frape yo
menmjan ak vag lanmè
nan sezon tanpèt.
Se vwa n’ ki tronpèt
sonnen l’
pou ti bebe ranmase wòch galèt.

Mizik ak lanmou

M’ kouche sou kabann mwen
je m’ fèmen,
yon mizik ap boujounen
anndan m’. Mwen santi m’
dous- pi dous pase kann anana.
Mizik lan naje anndan m’
menmjan ou konn bo m’
dous, tou dous cheri
karese m’ pou mizik lan
mache san m’—
mache san m’ cheri
konsa konsa
mizik lan dous
ou dous
m’ santi m’ pa kapab kenbe
tèlman mwen santi m’ siwo.
Ayyi! kontinye ban m’ filing
pou jouk mizik lan sispann
mache san m’.

Powèm Patrick Sylvain nou ekstrè nan rekèy Zansèt la

Tanbou logo

Page d’accueil  |   Sommaire de ce numéro  | Écrivez-nous à: Redaksyon@tanbou.com