Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com



Pwezi ann ayisyen

Powèm pa Lenous Guillaume Suprice

Boula pou Yves Dejean

Jou n a rive imite bwa joumou, san n pa tounen kalbas pou sa, nan pote dlo eklerasyon ba tout branch nou, se pa de ni twa kontan, noumenm pèp, n a va kontan. Men, pou sa fèt, nou konnen ki sa sa mande : fòk gen travayèz ak travayè k ap sekle, balize, plante epi wouze pou bèl rekòlt lakonesans vin layite nan lespri ak nan memwa chak moun ki fèt oubyen ki pral fèt kote nou demere.

Pami bann moun ki (te) fè jefò, swe pase sa nou pa konnen, nan kòve louvri je pou Ayiti a, noumenm boulatyè ak boulatyèz, nou lonje dwèt respè nou sou Yves Dejean, gwo kiltivatè sou teren aprann li, aprann ekri, kidonk aprann konprann silabè manzè lavi, omoman li fin depoze pikwa, wou, sèpèt ansanm ak chak grenn lapli li t ap simaye sou jèm lespwa gason ak fanm peyi l, pou nou boula pou li.

Pou li, wi, nou deside boula yon bèl chante rekonesans k ap savalouwe l, nan lang nou konnen li te byen konnen epi te renmen an, sila a menm ki rekonèt misye pami youn nan pi gwo avoka l yo jiskaprezan. Nou deside boula, n ap kannale fè sa alantou bonnanj li, toutotan n kapab, pou di ki jan li se (te) yon travayè konsekan, yon nonm ki pa t nan konte lè… jisteman lè l t ap feraye nan konbit pou avansman pèp li. Lè yon bann ak yon dividal osen nou va fin byen aprann li, byen konn ekri pawòl pale sa a, limenm ki fè anpil anpil moun konprann ki sa respè ak diyite reprezante nan fondas yon nasyon, lè sa a, n a va ale trase chema bèl lèt nan mitan yon joli joli kouwòn lapawoli sou mi dènye kay kote pwofesè Dejean, san traka ni ankenn dezagreman kou nou ye a, ap pase letènite. Avèk anpil gratitid, alantou joli joli kouwòn nan (ba li bèl fòm : pa ba li fòm ki nan tyans oubyen ki rizib), n a va soufle lò sou chak grenn lèt pou di kon sa : « Isi a se repozwa yon gran alfabetizè, yon Nèg konsekan, yon kokennchenn lengwis ayisyen ! »

(Montréal, 8 avril 2018)

—Lenous Guillaume Suprice

Powèm pa Loubens Philippe

Bouch ou se lopital

Dra blan m nan
M anvi malad
Blese m ak po je w
Pike m ak pwent chive w
Bouskile m ak lòdè w
Nan savann nan
Fè lanjelis boukanen m
Fè van lanmè yo
Machinen m

Aprè
Wa fè ti van pou mwen
Ak de twou nen'w
Fè zorèy ou konsilte
Tout doulè
Ak esperans mwen yo
Aliyen m sou kabann nan
Fè dlo bouch ou
Tounnen sewòm mwen
Etène m sou lèv ou

Mwen lonje men m

Pou m pare pi bèl
Grenn lapli pou wouze
Jaden w manmi
Pote kè w nan je w
Lage l nan pla men m
Pou m benyen l
Foubi l
Vide pafen sou li

Vini ! Vini !
Ou mèt kwè m souple
Mwen pa tankou
Politisyen isi ba

—Loubens Philippe

Powèm pa Gary Daniel

lèt repiyans
m paka anvi tete
m pa p anvi tete grann kon
senatè
depite
politichyen tèt bika
ti malfwendeng kristal lasanble
nan lakou mizerab pèp
san kè sote kamwezay

m pa anvi manje kòn kabrit
gradoub trip bèf
lavi di lavilokan
san kan mazounbèl
san fè sepètfil

m gen anvi jongle sou lyann
bwa mare mòn wouj
san fòskouch revandèz
nan nich maswife akolit k-lanbè trese

kwape piki mil doulè kout lang
dimil pwent bras lanbe gang
sou plato emaye anvi visye galèt
fistibal pèdisyon lasanble magouyè.

GSD/NG vendejiyèdemildizuit
Okap, Ayiti

—Gary Daniel

Powèm pa Tontongi

Premye Prensip

Vi nou gen yon prensip vivan
ki mande pou n ale nan chimen
gran bonè ogranjou ; chimen
moun k ap lite pou lòt moun ka viv ;
chimen kominote ant fi, timoun,
granmoun ak ti gason san alyenasyon ;
moun k ap mennen lavi yo
pou rekreye lavi a chak enstan.

Nwayaj nan libète
nan respè pou lòt,
moun ki di senpleman
« cheri, mwen renmen w ».

Lè peyi nou ap soufwi
nan mizè kraze zo
lè moun ap mouri
nan grangou san lespwa
lè moun ap deperi
nan Pòtoprens oswa
nan nenpòt kwen sou latè
paske gen lòt k ap jwi
kou bourik malere bourike
pou grandèt grandon laplèn
se pa fòt lanati ni Bondye
se pa wonga zòt lakay Ozanfè.

Ayiti se pa sa ou di a, Misye Tèt-Mato *

Ayiti se nasyon zile a
ki pran nesans nan san nan travèse
tout longè lanmè Atlantik
pa yon pèp yo vann bay nan Latrèt.

Ayiti aktyalize siyifikasyon
alafwa sa moun ye e lavi l ap viv
epi li envante yon nouvo chimen
nan dyeksyon libète
ansanm ak yon nouvo fason
pou moun detekte pèvèsyon l
menm nan fon mitan lannwit.

Ayisyen te peye ak san yo
sou chan batay nan Savanah
brav konbatan yo kenbe defans
kont michan atak fòs angle
pou sove nesans Repiblik la
pou ede nasyon sa a pran lavi.

Ayiti se peyi ki te leve kanpe
menm devan danje ak malè
pou pwòp tèt pa li kont toupwisan
Lafrans, Espay ak Angletè
pou defann inalyenabilite Èt imen.

Ayiti se fondasyon modènite nou an,
Ayiti se manman engratiye Amerik Latin ;
Ayiti se kote Francisco de Miranda
ak Simon Bolivar te ale pran sewòm fratènèl
ak resous pou yo libere tout tè yo.

Ayiti adopte anpil kòz lòt peyi yo
ki t ap goumen pou libète kretyenvivan
ak pou lendepandans, tankou peyi Lagrès
nasyon ki pi helenik ki genyen sou latè.

Ayiti se pa sa ou di a, Misye Tèt-Mato ;
Ayiti se peyi ansyen esklave
pa t pè reziste opresyon,
peyi kote kouraj moun ki te defèt
fòs lame Napoleon yo te fòse l
vann teritwa li nan Lwizyàn,
ki ede double gwosè Etazini alepòk la,
yon sèvis yo remèsye li jodi a ak jouman.

Ayiti se peyi atizay,
kote ekriven, powèt, tirè kont,
mizisyen, atispent, eskiltè konstwi
nanm enfinitesimal Linivè nou an.

Ayiti pami nasyon ki pi rich nan lemond
lè n mezire l nan akonplisman jeni entelektyèl
ak jeni filozofik pèp li a
ansanm ak peyi ak kalte montay li yo
ki rete bèl malgre polisyon lèzòm kreye,
e ki ede e ankouraje pa sipò Meriken
bay diktatè kowonpi san konsyans.

Ayiti se pa sa ou di a, Misye Tèt-Mato ;
Ayiti te voye sou rad Amerik di Nò yo
plizyè milye doktè, chèchè, entèlektyèl,
ak pwofesè ki djanmen sèvo timoun yo,
anpil nan imigran li yo ap foubi planche kay
e pran swen malad ak tigranmoun ou yo,
Ayiti toujou trè bon pou peyi Etazini.

Ayiti se yon peyi yo te fòse peye
plizyè milya de fran lò
ak dola Bank Nasyonal City
paske li te pran libète li ;
yo te sèvi ak swè pèp la
pou adousi lavi bèl nan peyi Oksidan yo
pandan Repiblik Nèg la limenm
ap peri nan dèt ki apovwi l pi mal.

Ladesant nan labim tenèb sa yo,
remak degradan ki depresye moun sa yo
fè mal tankou yon epe ki penetre kè nou ;
sepandan nou pa dwe pè lanse mo,
nou dwe mete tout bagay ogranjou,
blayi yo toutouni nan nati eskandalèz yo,
san dout yo se siy yon maladi pi grav
ak yon santiman ki pi lajman pataje.

Menas rayisman k ap soti nan vwa
senbòl ki pi wo pouvwa peyi Etazini
sible jodi a Ayisyen
sible jodi a Afriken
sible jodi a Mizilman
sible jodi a Meksiken
sible jodi a Salvadoryen
sible jodi a Iranyen
sible jodi a Palestinyen,
li se menm ki te vize Jwif yo,
Sosyalis yo, Kominis yo,
Gypsy yo, Omoseksyèl yo,
Temwen Jewova yo,
moun ki mantalman
e fizikman andikape yo,
nou konnen byen sa ki te pase lè sa a.
Demen, menas la ap vize oumenm tou
ak tout moun ki pa parèt Nòvejyen… **

O Lafrik ! Bèso sivilizasyon
gason ak fanm ki envante limanite !
O Lafrik ! Tè Deklarasyon Mandé a
kote yo te premye fwa fè dwa moun sakre
yon jou nan trèzyèm syèk Mali,
jodi a ki denigre pa yon nonm tèt vid !

Imigran yo vin nan peyi imigran,
peyi kote pèleren, kretyen, vakabon,
ansyen prizonye, tout sòt pèsekite
vini pou jwenn refij ;
peyi kote ansyen sijè Otomann yo defèt,
ak sitwayen Alman pre-Nazi
vini pou yo vin rich,
kèk ladan yo kite dèyè
valè ki soude lyen komen èt imen ;
peyi kote Jwif, Kretyen, Mizilman,
Boudis, Taoyis, Vodouyis,
Ilandè, Japonè, Somalyen,
ak tout kalte moun ki defavorize
vini pou jwenn lapè yo
menm si akèy la pa toujou fèt ak flè.

Ou pa gen dwa refize ak lòt moun
sa ki sèvi fanmi ou si trè byen
e ki fè ou yon nonm ak siksè,
yon awogan nouvo rich ;
ou pa gen okenn dwa kèlke gwosè
richès malaki fanmi ou ta ye,
pou ou avili plizyè kontinan divès nasyon ;
ou se yon wont pou limanite.

Bagay nou ap wè jodi a
e ap viv nan tan reyèl sila a
pa annik blag ki inosan
lè gen gason, fanm ak timoun reyèl
k ap peye pi gwo pri pou sa.
Nou dwe desann nan lari a
pou klèwonnen a wot vwa
nesesite batay pou entegrite moun
si nou vle kenbe rèv nou yo anvi ;
komedi trajik sa a dire deja twòp.

Yon grenn blan supremasis
nan Mezon Blanch lan,
mwen p ap fè yon gwo zafè ak sa,
men yon sistèm ki pèmèt yon moun fou
detwi ideyal li, zanmi m yo,
se yon pwoblèm nou ta dwe tout kondane.

Mwen rann tout sistèm gouvènman an
nou konfye pou ankouraje amoni ak byennèt
e pou gide timoun yo nan dyeksyon pouswit nòb,
responsab pou pèmèt babaryen sa a antre nan pòt la.
Li lè pou nou estope pouvwa avaris yo
ansanm ak koripsyon nan enstitisyon n yo !

Lemond p ap janm bliye
veksasyon sila a kont desans èt imen,
ni tou mas Etazini yo padonne
andirans wont sila a.

Ayiti se pa sa ou di, Misye Tèt-Mato ;
Ayiti pa w la se yon refleksyon
alisinasyon defòme w yo ;
Ayiti pa nou an se gadyen limyè nou,
se sa ki fè nou tout ret imen ;
Ayiti pa w la se yon twou nwa
Ayiti pa nou an se yon estrikti deleuzyen
yon kote anpil dimansyon jwenn ansanm
pou kontinyasyon levasyon lavi nou
yon kote tout sòt mèvèyman rasanble.

(Boston, 13 janvye 2018)

* Powèm sa a te ekri an repons ak jouman Donald Trump yo lè li rele Ayiti ansanm ak tout kontinan Afrik la yon bann peyi « twou kaka ». Tèm « Tèt-Mato » jeneralman refere a yon moun ki pa konn sa l ap fè, yon moun iyoran.

** Alizyon ak remak Donald Trump la ki di se sèlman moun ki soti nan peyi tankou Nòvèj yo ta dwe pèmèt imigre nan peyi Etazini.

Liberation Poetry Collective poets Richard Cambridge (from the left), Patricia Frisela, Askia Touré, Tontongi and Jill Netchinsky at New Hampshire’s first poetry festival in 2015.

Gwoup montay pre Cange/Kanj, zòn Latibonit tou pre lopital Zanmi Lasante, 2002. —foto Tanbou

Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com