Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com



Ki lè nou ap tradui Aristòt an kreyòl [ayisyen] ?

—pa Marc-Kensen Cunvinglines

(Nou tire atik sa a de yon pòs sou Facebook)

Yon bon kanmarad entèlektyèl k ap goumen pou LANG LAKAY ki rele Fabian Charles II te poze kesyon sa sou paj Facebook li an : KI LÈ NOU AP TRADUI ARISTÒT AN KREYÒL ?

Mwen te reponn misye «ebyen frè m, pou ki sa ou pa koumanse fè l ?» aprè fin reponn zanmi an, mwen reyalize ke repons mwen ba li a aplikab nan ka pa m lan tou. Sètadi pou ki sa mwen pa koumanse l tou ? Se pou rezon sa a mwen koumanse li mwenmenm :

Yon ti rale sou Aristòt

Aristòt ak ansyen mèt li Platon

Aristòt ak ansyen mèt li Platon.

Se Aristòt ki envante tèm METAFIZIK lan. Li rele li «PREMYE FILOZOFI». Li distenge li de matematik ak syans natirèl yo tankou Fizik ak Biyoloji. Metafizik pou Aristòt se yon filozofi ki reflechi sou sa ke nou pa ka penetre ni obsève ak sans komen yo. Pou Aristòt, sa vle di ke Metafizik se yon filozofi ki gen pou wè ak lespri ou reyalite imateryèl—reyalite ki swadizan ale odela monn fizik lan sètadi Metafizik paske prefiks meta a siyifi «ODEL». Men sa Aristòt ekri nan Metafizik (1026a16) :

Si pa te gen lòt bagay ke bagay ki konbine nan lanati yo, etid fenomèn natirèl atò yo t ap sèl tiptay konesans ke nou t ap genyen ; men si gen yon bagay ki endependan de tout lòt bagay, ki pa jamè fè yon pa kita yon pa nago, konesans sou yon bagay konsa ap vin avan konesans sa ki nan lanati yo, ki p ap lòt bagay ke konesans k ap fòme yon PREMYE FILOZOFI, se nan sans sa a menm yon bagay konsa INIVÈSÈL paske li vin anvan. Li rantre nan tiptay filozofi sa ki etidye *SA KI SA : ki sa li ye ak an menm tan sa ki rantre nan li tou senpleman paske li se li.

Sibstans, potansyalite ak aktyalite :

Nan metafizik li an, Aristòt egzamine konsèp enpòtan sa yo : SIBSTANS ke li rele «Ousia» ak ESANS ke li rele «to ti ên einai» ki siyifi literalman «Jan li te dwe ye a». Nan setyèm liv lan (Liv VII), Aristòt fè konklizyon sila a : yon SIBSTANS PATIKILYE (yon bagay kèlkonk) se yon konbinezon matyè ak fòm ki se yon teyori filozofik ke yo rele «ILOMÒFISMAY=HYLOMORPHISME».

Nan menm liv sa a, Aristòt rele aspè materyèl sibstans sa a «SUBSTRATUM=SÒBSTRATOUM» ou matyè ki konpoze sibstans lan. Tankou pou yon blòk glas SUBSTRATUM lan se DLO. Nou ka pran ekzanp yon kay kote blòk yo, tòl yo, bwa yo, tout se matyè ki fè pati de POTANSYÉL KAY la pandan ke fòm kay la se KAY AKTYÈL la. Pou ki sa nou dwe fè diferans ant yon kay potansyèl ak yon kay aktyèl ? Li klè ke menm materyèl ke yo itilize pou konstui Kay K, yo te ka itilize yo tou pou konstui kay K’ kote ke K ak K’ pa menm kay ni nan menm lokalite. Sa ki vin fòm kay la nan yon lokalite patikilye sou fòm patikilye, Aristòt rele li «DIFFERENTIA=DIFERANSYA». Nan ekzanp kay la, se sa ki pémèt nou defini yon kay : yon estrikti ke nou itilize pou nou abrite nou, pou nou abite, pou nou leve fanmi nou. Lè n ap analize yon sibstans patikilye, tout sa ki koresponn ak aspè materyèl yo se SUBSTRATUM, tout sa ki konsène fòm (aplikasyon ak itilizasyon ladan l tou) rantre nan sa Aristòt rele DIFFERENTIA a.

Gen lòt konsèp tou Aristòt analize ki lye ak konsèp sibstans lan. Tankou konsèp chanjman an ke li rele «KINESIS» lan. Nan liv FIZIK li an, nan yon pati ki rele «SOU JENERASYON AK KORIPSYON», Aristòt esplike kòman chanjman rive fèt sètadi sa ki lakòz «KINESIS» lan :

  1. Devlopman ak diminisyon (lè yon bagay vin pi gwo ou vin pi piti) ki se chanjman nan kantite ;
  2. Lokomosyon (lè yon bagay sòti yon kote pou l ale yon lòt kote tankou lè n mache lakay pou ale lekòl) ki se chanjman nan espas ;
  3. Alterasyon (lè yon bagay chanje aparans li, fòm li, oswa kalite li tankou lè cheve yon moun blanchi lè l ap granmoun, oswa lè yon cheni tounen yon papiyon) ki se chanjman nan kalite.

Nan «KINESIS» lan pa gen aryen ki pèsiste (ki vrèman rete) men sa ki vin parèt lan se pito yon pwopriyete. Se nan menm ide kinesis sa a ke Aristòt entwodui konsèp POTANSYALITE (dynamis) ak AKTYALITE (entelecheia) ke li asosye yomenm konsa ak MATYÈ e FÒM. POTANSYALITE se sa yon bagay ka ye si tout kondisyon yo la. Ti grenn tomat yo (ki se jèm yon pye tomat) gen POTANSYALITE pou yo vin tomat si yo plante yo nan bon tè ki gen fimye, si yo jwenn dlo kou bon solèy, men si lòt faktè pa anpeche yo devlope tankou move tan, maladi oswa bouch bèt. Swa yon POTANSYALITE aji (Poiein) ou yo aji sou li (paschein) sètadi li devlope pou kò l (ine) oswa yo fè li develope (aprantisay). Tankou zye nou posede nan yomenm gen kapasite pou fè n wè. Yo pa aprann nou wè. Men yo ka aprann oswa nou ka aprann tèt nou jwe yon enstriman mizikal tankou gita oswa pyano. AKTYALITE a limenm se reyalizasyon sa ki te potansyèl lan. Tankou nan ekzanp ti grenn tomat yo, lè ti grenn tomat nou te plante yo vin tounen plant tomat ki pwodui tomat, sa reprezante objektif lan ki se aktyalite a.

Men ki jan Aristòt esplike ide a :

Pou ki rezon yon bagay la (to hou heneka), bi li, sa li vin tounen an se finalman sa li ye a, se pou rezon sa atò ke POTANSYALITE a la. Paske zannimo yo pa wè pou yo ka gen vizyon men pito yo gen vizyon pou yo ka wè.

Anndan epistemoloji Aristòt la nou jwenn «TEYORI KAT KÒZ YO» ki se yon teyori ki di ke pou yon moun konn yon bagay fòk li konnen sa ki lakòz bagay la, sètadi pou ki rezon bagay la jan li ye a. Aristòt konkli ke gen kat kòz prensipal : Kòz materyèl, Kòz fòmèl, Kòz efikas, Kòz final.

Kòz materyèl : Pati materyèl la, sa ki dèyè chanjman materyèl la. Tankou nan yon tab, planch bwa yo se kòz materyèl la si tab la se yon tab anbwa. Pou yon kannari kòz materyèl la ka yon materyèl tankou ajil.

Kòz fòmèl : Chanjman ki sòti nan fòm oswa aranjman oswa aparans yon bagay. Tankou lè nou woule yon pat pou nou fè plizyè fòm pen tankou kabich oswa pen tranche.

Kòz efisyan : Faktè oswa ajan ki inisye chanjman san ke li pa fè pati de sa ki ap chanje. Yon biren ke yon mason itilize pou kraze wòch pa fè pati de wòch ke mason an ap transfòme an gravye a.

Kòz final : Pou ki rezon bagay ki chanje a egziste. Tankou nan ekzanp kanari a, li egziste pou kenbe dlo pou moun bwè fre.

Li enpòtan pou nou rekonèt ke kat kòz sa yo pa nesesèman dekonekte (ni yo pa mityèlman eksklizif). Tankou si yon moun mande pou ki sa yon kannari konsa : Nou ka di ke li wouj epi li lou paske kannari a fèt ak ajil ki se yon tè wouj (kòz materyèl), li ka kenbe dlo paske li gen fòm gode (kòz fòmèl), you atizan fè kannari a nan atelye atizanal li (kòz efisyan, konesans ajan an ki se atizan), nou gen yon kannari pou kenbe dlo n ap bwè a fre (kòz final la ki se pou ki rezon pou genyen yon kannari).

................................................

*Sa ki sa=being as being=être en étant être.

PS : Nan tablo sa ki montre Aristòt ak ansyen met li Platon, jès men chak filozòf sa yo senbolize de teyori ki opoze : Platon leve men li anlè pou di ke verite a se anlè li ye, se nan konsèp ke nou konnen Apriyori yo ke nou jwenn manman verite a, fòm ideyal la (filozofi ideyalis la) pandan ke Aristòt limenm kite men li anba pou di ke eksperyans ak pèsepsyon noumenm moun sou latè ki mennen nou dekouvri verite a (filozofi anpirisis lan).

—Marc-Kensen Cunvinglines 2018

Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com