Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com



Deli sipremasis etazinyen ann Ayiti

Represyon miltifòm, tantativ dezistwarizasyon, dekiltirasyon ak destriksyon yon senbòl

—pa Jean-Benito Mercier

Nan imajinè anpil pèp ki angaje nan konbativite pou emansipasyon avèk respè dwa moun, Ayiti rive fòse pou sèvi tankou yon referansyèl pòs-kolonyal twomatik e pou maketing pwopagandis oksidantal jenitè yon diskou nòmatif reyaksyonè. Entansyonalite tip diskou modèn e globalizan sa a antann ilistre mefè mouvman pwogresis vè respè, libète e anfen diyite moun. Li tradwi atravè yon sistematizasyon eforik e miltilateral ki genyen reflè nan divès postila ki dezire nòmalize orè trafik transatlantik la. Fòm mitik e inivèsalizan vizyon neyokolonyal la antre nan konfli fwontal ak ideyal pwo-imen Ayiti okou disnevyèm syèk la. Sepandan pèpetiyasyon enkesyonab yon lekti lejandè reyalite sa a rann yon vizyon konsa inevitab e reyaktyalizab.

Annefè jefò pòs-kolonyal pou dekonstwi reprezantasyon senbolik Ayiti tankou lye nesans Lòm modèn kontrenn nou pou re-entèwoje predika paradigmatik sistèm ontolojik kolonyal yo nan rapò senbyotik yo avèk diskou pòskolonyal etazinyen an. Rapò espekilè ant de pi vye peyi nan Nouvo Monn lan vwale yon pwojè ki anrasine nan ideyal kenbe Ayiti nan yon fòm prenatalite sosyo-idantitè e sosyokiltirèl ki rann operab divès konsèp antinomik entresèk avèk mitasyon kontanporen diskou an. Konsa, Ayiti ta sitiye nan kontèkstyalite yon relasyon espekilè, fatalman delineyarize ak objektif okiltasyon totalite prezans yo. Faz pòs-kolonyal sa a, ki derive soti nan yon fasafas anpiriko-kiltirèl mòtèl, ta antisipe vityalizasyon e desibtansyalizasyon Ayiti nan memwa inivèsèl limanite. Ankonsekans Ayiti devni yon enonsyasyon senbolik, repwodiktè yon inivè kawotik e anachik sistematize.

Paradoksalman jefò e refi pou relokalize Ayiti nan yon nouvo kontèks kiltiwo-idantitè, dyakwonikman e epistemikman anrapò ak kesyon esans mounitidinal imen yo tankou sijè jiridik, reyaktyalize kontradiksyon ontolojik diskou neyokolonyal yo. Mitifikasyon panse dilemik yo vle diskilpe trafik transatlantik e oto-apwopriye Amerik Nwa yo. Fòm panse neyokolonyal yo nòmativman plante nan habitus kilti kolonyal la e yo fòse nou entèwoje tou byenfonde lyen entèsibjektif ant Ayiti e Etazini nan kad yon rapò espikilè pòs-kolonyal modèn1.

Nou antann eksplore dikotomi rapò espekilè ant Ayiti e Etazini ki ta rive dekri tankou fatal alarigè kont-pwodiktif, antikiltirèl e anti-istwarik swivan analiz divès kritik kontanporen. Paradòks yo pèmèt nou idantifye divès eleman analiz ki sipòte ipotèz ekzistans yon deli sipremasis etazinyen kont diskou mounizan Ayiti an.

Nou pa genyen pretansyon revize totalite miltifòm paradòks yo. Men li enpòtan pou endekse kèk nan pwoblematik tip rapò sa a soulve. Li egalman enpòtan pou demontre se atravè tentativ pou dekichoyifye kilti, peyi Dayiti e okilte prezans Ayiti, parafraze tankou yon pwojè relokalizasyon, ke manifestasyon deli sipremasis etazinyen an devni yon patèn e pran fòm yon patant kesyonab.

Andènye enstans, travay defounen anbivalans matrisyèl relasyon espekilè Ayisyen-etazinyen an ofri divès pèspektiv ethno-antwopolojik, sosyolojik e politik san konte analiz periferik ki ta dwe pwojte limyè sou konsekans enfrastriktirèl sipremasis etazinyen an ki anrapò dirèk ak aksyòm ki montre nou ke eleman enfrastriktirèl yo detèmine mantalite sipèstritktirèl yo e nou antann tou souliye kèk konfliyans ofiyamezi.

Orijin ideyolojik deli sipremasis etazinyen

Dekonstriksyon rapò espekilè ant de pi ansyen vwazen Nouvo Monn sa yo dirije tout refleksyon kritik vè yon ansanm baliz ki endike e karakterize tèz patoloji yon dominasyon inilateral etazinyen. Annefè nou dekri tankou deli sipremasis etazinyen se ekspresyon yon patoloji pòskolonyal ke estrikti nòmatif li chouke nan inivè rapò sosyal e siy elemantè ansyen sistèm kolonyal pase an e nan filozofi ki te ba li nesans an premye lye. Li ta rive soutni pa ranfòsman e sistematizasyon yon lyen ayistorik, medyatize e neyantizan, ki vizyalize dechozifikasyon prezans e kontribisyon Ayiti nan rekonfeksyon monn modèn lan. Deli sipremasis etazinyen an, nan pèfeksyònman rapò li ak Ayiti ta miltipliye fòm retorik e metodoloji sa yo ki se ekspresyon òganik yon sistèm ideyolojik neyokolonyal.

Annefè, kontektyalite dyalektik mouvman revandikatif yo, kèlkeswa patikilarism yo, ekzanplifye Ayiti pa rapò avèk yon modèl pòs-kolonyal atipik ke ansyen ideyoloji pwo-esklavajis e anpatikilye etazinyen renmen endekse yon mannyè anblematik. Diskou medyatik, espekilatif e ideyolojik etazinyen an transandatalman raple mizè pandemik Ayiti nan Emisfè Nò a san apwondi rasin okirans li yo. Pakonsekan sistematizasyon e inifikasyon miltilateral kont ideyal pwo-imen e anti-esklavajis Ayiti te adopte anlagan disnevyèm syèk la enplike reenvansyon mekanis rapò ak Ayiti yo sou baz nouvo kritè. Demach la pwodwi yon doub efè : youn ki mete anrelyèf pwosesis mitasyon kontni nouvo diskou apolojetik relatif ak trafik transatlantik2 la e lòt la ki modle divès kritè valè modèn ki vize kowolèman neyantizasyon istwarik Ayiti3. Odla dikotomi demach la, pèspektiv li rete similè e konsistan nan entansyonalite li. Lye ak rapò pwodiksyon esklavajis e pakonsekan negwofòb nan esans li, li tann pou valorize yon ansanm presedan ki sitiye Ayiti nan inilateralism yon dyalite espikilè doubman fantomatizan e fantasmatizan4 pou nou pawodye Edlyn Dorismond. Karakteristik andojèn relasyon espekilè an chèche nonsèlman okilte totalite prezans nan lyen entèkiltirèl yo e nye dwa ekzistans istwariko-kiltirèl Ayiti. Pirèd tip patikilye relasyon sa a enonse e presipoze paralèlman ke Ayiti pa dwe erite patènite yon retorik inivèsèl nan memwa e devni ontolojik monn lan. Fòm rapò sa a enplike espesyalman divès pwoblematik idantitè e lit pou otonomi kiltirèl e istwarik nan kontèks miltikiltirèl Amerik Nwa yo. Selon pwopo Denis Cuche konsèp Amerik Nwa a deziyen

…ansanm rejyon Nouvo Monn lan ki te kiltirèlman make pa prezans masif anpil esklav afriken e desandan yo. Ke se ann Amerik Dinò, ann Amerik Santral, ann Amerik Disido nan Achipèl Karayib yo, yon menm eritaj istwarik, esklavaj e sistèm plantasyon an, te abouti ak yon sèten inite, padla divèsite yo, Amerik Nwa yo, tankou sou plan sosyal ke kiltirèl5

Maud Lathier, nan yon modèl analitik trilojik—kontinyite, kreyolizasyon, alyenasyon—alokazyon revizyon yon apwòch sosyo-antwopolojik sou relasyon idantitè nan Amerik Nwa yo, te fè etadlye tematik alyenasyon an. Kwake se yon tematik ki konsènen espesyalman rapò Antiy fransè yo ak kolon ewopeyen yo, e nan ka sa a Ayiti sanse enkli, antouka pa analoji apwòch la kapab etann ak rapò pòskolonyal dyèl Etazini-Ayiti. Maud Laethier te reprann travay F. Affergan, ki te pwopoze yon analiz ki limenm te rive fòmile otou konsèp “dereyalizasyon”, nou ape parafraze, dereyalizasyon karakterize yon absans priz sou reyalite a, yon enkapasite pou yon kilti pozisyone tèt li nan yon istwa e pou konstwi li, ki kondwi ak “asosyalite.”6 Analiz fòm reprezantasyon e tipoloji referan kiltirèl yo ann Ayiti nonsèlman rete ann adekwasyon ak apwòch trilojik idantitè nan Amerik Nwa yo mentou li poze, nan ka Ayiti, ipotèz posibilizasyon yon sireyalizasyon idantitè nan sans ke Ayiti kreye lang li, li kreye pwòp relijyon li nan megad e asosyalite konplè kont kilti dominan sosyete neyokolonyal yo.

Baze sou presipoze sa yo, Ayiti ta dwe rete yon senbòl istorik oto-destriktif ki dweka kontinyèlman sèvi, kontrèman ak sa li ye, sètadi ranpa istwariko-kiltirèl kont demounizasyon, men paviyon dezas, kawo e anachi ekosistemik. Paradig sa yo pèmèt nou sezi ke kontradiksyon ontolojik diskou sivilizatè yo kontinye ape charye yon kote, eke yo te deja chouke nan “habitus” konseptyèl kilti kolonyal e yo vini idantite-rasin pisans pòs-kolonyal yo nan sans glisantyen tèm nan. Konsèptyalizasyon rapò Ayiti ak kilti neyokolonyal swivan pwennvi Bourdieu a devni enperatif pou sezi ipotèz deli sipremasis etazinyen an.

Annefè nou prete apwòch Pierre Bourdieu relatif ak teyorizasyon konsèp “habitus” la pou rasyonalize rapò dominasyon yo ant Etazini e Ayiti. Selon Bourdieu genyen de fòm rapò dominasyon, youn objektif e lòt la sibjektif. Lyen entekiltirèl ant etazini e Ayiti enkòpore konpleksite de fòm rapò yo.

Rapò Dyakwonik-istorik Ayiti-Etazini:

Ayiti e Etazini pataje divès analoji idantitè, antwopo-kiltirèl e istorik. Konsa retorik pòskolonyal e kritik yo idantifye yon menm filyasyon ontolojik ki fondamantalman poze ipotèz enseparabilite tout èt ak yon bonsans pèseptyèl ke toude agimante e ki te sèvi idefòs aksyomatik e rasyonèl mouvman emansipatwa yo. Sètènman kontradiksyon entresèk ak topografi politik de mouvman revandikatif yo enplike kontrèman Etazini e Ayiti nan gwo twokekòn ant sijè dominan e sijè domine yo, kolonizatè e kolonize yo, finalman kolonizatè e pòskolonize yo. Konsekamman pari pou rekaptirasyon esans ontolojik toude te evidamman louvri lespas yon nouvo vizyon dimonn e li te refokalize ideyalism kolonyal la nan yon nouvèl òd ejemonik pòs-kolonyal.

Klèman nan kouran dizwityèm syèk la, Etazini e Ayiti atravè ideyalizasyon yon konsèp similè te opere emèjans de tip sosyete ak de fòm idantite kiltirèl : youn ki bay nesans ak yon filozofi imanis limitatif e minimalis e ki wè èt imen anfonksyon yon griy valè etnosantrik e lòt la ki mete ann akizasyon kontradiksyon ontolojik ke estrikti òganik sistèm kolonyal la te rive rann sentomatik, e pilwen pwoklame inivèsèlman entegralite mounitidinal èt imen yo. Pakont nan poze nesesite remounizasyon limanite, Ayiti te paradoksalman agimante nesesite yon nouvo fòm panse ki nan mekanism, ideyoloji e filozofi li opoze yon panse tipikman neyokolonyal. Imankabman Ayiti te reenvante lemonn e listwa modèn nan mezi kote li te redefini tout èt tankou èt istorik e jiridik.

Pakonsekan devni kilti pòskolonyal etazinyen an ki se alafwa sentèz retwospektif jenèz e akeyoloji konesans kolonyal yo ke prejije etnolojik e etnografik, temwayaj etnosantrik e negwofòb yo te teyorize, te antre andezakò ak yon manifès tèlman radikal, ki te ape remèt an kesyon okiltasyon idantite nèg la nan pwojè resibjektivizasyon li tankou moun sètadi tankou eleman istorik e jiridik. Se nan menm liy panse sa a, Cheikh Anta Diop7 te pran sou limenm angajman pou remete nèg la nan kouran panse inivèsèl fondatè sivilizasyon e enmenmtan tou Frantz Fanon8 te entèwoje domaj entènalizasyon sibjektif estrikti kolonyal-pòskolonyal nan konfeksyon konsyans aktyèl idantite nèg la. Se swivan lojik sa yo tou, e anteryèman ak yomenm ke nouvo kòd sosyetal Ayiti te pozisyone tèt li. Dènye sa a devni kowolè inevitab renesans yon dilèm ke inivè oksidantal anti-ayisyanis la pa ka transande san yon rezolisyon patolojik e sakrifisyèl ki souse nan defigirasyon istwarik Ayiti atravè represyon miltifòm, relijye, sosyo-kiltirèl, politik, ekonomik e finalman ekosistemik. Randall Robinson remake:

Tankou pinisyon pou kreyasyon premye republik Lib nan Amerik la (lè 13 pousan moun ki ape viv Ozetazini se te esklav), nouvo repiblik Dayiti a te rive rankontre yon anbago ekonomik global enpoze pa Etazini e Ewòp. Anbago an te rive pi sere pa demand pi lwen bòkote Frans pou reparasyon finansye gwosomodo $21 bilyon dola (2004 dola) tankou konpansasyon nan men esklav nouvèlman libere yo paske yo te refize Frans plis benefis soti nan posede yo. Se ta premye fwa nan listwa ke reparasyon ta rive enpoze pa yon nasyon ki pran defèt sou yon lòt nasyon ki te teni li ann echèk.”(20)9.

Nouvo fòm rapò espikilè ak Ayiti a vize anblematizasyon yon mizanprezans ki favorize dezistwarizasyon, dekiltirasyon o destriksyon fòm objektif reprezantasyon senbolik Ayiti. Li tann pou redwi ak anyen Ayiti premye nasyon nwa anrebelyon kont yon inivè pwo-esklavajis e diskriminatwaman negwofòb o milato-blankosantrik.

Li te klè pozisyon anti-kolonyal Meriken yo te anjandre rekonfigirasyon rapò antwopolojik e jewopolitik yo. Li te imedyatman ekspoze tou feblès aspirasyon ontolojik yon gwoup imen odetriman tout limanite. Noam Chomsky nan Requiem for the American Dream10 te revize fonnman antipopilè, mentou pwo-esklavajis, deba ki te presede elaborasyon konstitisyon meriken an paske defans dwa pwopriyete makònen imankabman ak pwoteksyon dwa pwopriyete nan yon sistèm negwo-esklavajis. Lejislatè konstitisyon meriken yo te siyale: “Grandon yo ta dwe genyen yon pa nan gouvènman an, pou sipòte enterè inestimab sa yo e tyeke e balanse lòt yo. Yo ta dwe rive konstitiye yo yon mannyè pou pwoteje minorite opilan yo kont majorite a” (Noam Chomsky, Requiem for the American Dream). Referans chomskiyen an dweka pèmèt remonte evolisyon panse sipremasis meriken an, ki te chita fondamantalman sou trafik imen e ki soutann yon konpòtman deliran e obsesyon pou enploze Ayiti e minimalize imaj senbolik li.

Konsa li posib pou afime ke si se te sou baz respè dwa moun11 ke Etazini vini yon repiblik, kontradiktwaman se te sou baz devalorizasyon dwa moun ke Etazini te kontinye sistematize eksplwatasyon imen e se toujou sou baz nilifikasyon dwa moun ke deli sipremasis etazinyen an kontinye manifeste nan rapò li ak Ayiti. Andot tèm, nòmalizasyon ekzistans Ayiti, aseptasyon li tankou pyonye pwojè dekichoyifikasyon èt imen e remounizasyon li sou baz esans tipikman ontolojik e jiridik li, konstitiye yon menas ideyolojik ke Etazini antann dezamòse anfonksyon yon vizavi potansyèlman e resipwokman destriktif.

Rapò espekilè e asosyalite dereyalizan: Ayiti-Etazini

Lyen entèkiltirèl Ayisyano-etazinyen nan Nouvo Monn nan bay nesans ak yon panse dyalis ki poze lavi ann Ayiti, yon mannyè antitetik, tankou kondisyon òganik lanmò Etazinyen. Kowolèman li enplike yon sik sivivans fatalman endepasab : Ayiti pa kapab viv san Etazini e envèseman Etazini pa kapab viv san Etazini. Vizavi fatal Ayiti-Etazinyen sa a jwenn fòm korespondans analitiko-kritik nan konsèp “habitus” Pyè Boudye a. Annefè, selon Boudye, “habitus” se yon sistèm kategorizasyon, pèsepsyon, panse, aksyon e apresyasyon. Se li ki fè devan yon menm sitiyasyon de moun prale wè diferamman, prale konstwi reyalite a diferamman…habitus sa yo se pwodwi enkòporasyon, somasyon estrikti objektif yo12.

Konsa Etazini e Ayiti wè monn lan nan sans opoze odepa : yon peyi ki pwoklame imanism inivèsèl e yon lòt ki reklame yon imanism rasis, selektif. Se alalimyè pèsepsyon ideyolojik rasis e swivan entansite fòm objektif e sibjektif dominasyon yo ke sipremasism etazinyen an rive inisye e sistematize. E se tou sou baz yon retorik ki ranfòse fòm objektif e sibjektif dominasyon li yo ke Etazini rive pouse vè devlopman yon mekanism paranoyiak defans e estriktirasyon dominasyon an. Nan lòd lide sa yo Etazini pase soti nan lizay itilitè fòm objektif e sibjektif dominasyon vè estriktirasyon e enstrimantalizasyon anpirik fòm dominasyon yo13. Li devlope konsyans pouvwa dominasyon e enpoze li tankou nesesè. Nan kad retorik dominasyon sa a, apwopriyasyon idantite istwariko-kiltirèl Ayiti rive poze tankou lanmò onto-ideyolojik e onto-istorik etazinyen. Pèseptyalizasyon enplikasyon antetik sa a, sètadi si Ayiti siviv Etazini ape mouri a, rann posib pwojè relokalizasyon e transfigirasyon istwarik Ayiti ki ilistre grasak deleryòm ejemonik etazini14 nan miltifòmite. Otmandi estriktirasyon e konkretizasyon fòm pliralize dominasyon etazinyen an, epitou, menmsi enkonsyamman, enkòporasyon li e entènalizasyon sichik li pa vwa divès mekanis sibjektif tann pou danmen pèspektiv deli sipremasis la bòkote Ayiti. Konsa deli sipremasis etazinyen an se kowolè habitus enperyalis, atribitif ak rapò espikile Ayiti-Etazini yo ki anretou rann Ayiti yon kilti asosyal e dereyalizan.

Kont retorik ejemonik etazinyen an, yon retorik ki akse sou entènalizasyon sibjektif mekanism fòm objektif e sibjektif dominasyon yo nan ka Ayiti, Noam Chomsky te atake ideyolojizasyon li e mefè li sou panse entelektyèl ki enkane estrikti mantal sa yo. Noam Chomsky te denonse kwayans etazinyen kote meriken yo konprann ke yo se èt patikilye ki esansyalize yon tip vèti preske selès nan rapò ak lòt yo. Noam Chomski te vanse : “Panse e fòtin nou se yon omaj vèti nou, e nou se, petèt plis ke janmè, fa libète, demokrasi, mache e tout bagay mèveye”15 Konsa etazini ta wè tèt li tankou kilti espesyal detantè yon misyon.

Sou baz kwayans nan vèti espesyal etazinyen an, tout moun pa moun e nan sans sa a Chomsky te antreprann pou entèwoje entèpretasyon ideyalize listwa ki vwale kontradiksyon yo nan reyalite pòs-kolonyal la e kesyone entansyonalite ki kache dèyè vwalman fòm panse sa yo. Li te rapousiv : “Nou erite soti nan yomenm nonsèlman divès fri krim yo mentou lachte moral ki se akonpayman estanda konkèt, ki enkli kapasite mèveye pou oto-adilasyon kèlkeswa orè viktwa yo te kite nan siyaj yo e amwari entelektyèl pou asire ke anyen pa rive aprann sou sa yo te fè yo.”16

Se vre ke Chomsky te angaje tèt li nan yon mayetik tankou nonsèlman sijè konsyan yon memwa kolektif etazinyen e anmenmtan tou tankou sijè kritik defòmasyon ideyolojizan kontni memwa kolektif sa a. Klèman pwosesis ensinerasyon listwa a, nan ka Etazini-Ayiti, kontribiye pou, nan yon tan, defigire listwa mentou pou reyaktyalize li nan yon lòt kad, yon kad enperyal ki se ranfòsman ejemoni pòs-kolonyal etazinyen swivan yon filozofi bonsamaritanis. Konsa atravè retorik reyafimasyon entegrite antwopolojik limanite nan totalite li, Ayiti te pwosede avèk yon travay demitolojizasyon e demistifikasyon kilti etazinyen an, anpatikilye tankou vizavi sivilizatè yon monn primitif, sovaj ke linivè pre e pos-esklavajis la, nan r/estriktirasyon e r/estratifikasyon li reprezante.

Pakonsekan, entansifikasyon fòm objektif e sibjektif dominasyon etazinyen nan rapò dyèl li ak Ayiti tann pou enkilke nan lespri monn lan yon vizyon twomatik, sosyetal e enfra-imen premye kilti nèg endepandan nan Nouvo Monn lan. Pratik sa a mache men nan men ak yon jefò kontinyèl pou enstrimantalizasyon metafò medyatik yo nan pèspektiv elimine memwa istwarik reyèl e senbolik Ayiti. Estrateji reyifikasyon fòm patikilye dominasyon sa a destine pou alyene konsyans Ayiti atravè defigirasyon idantitè yon kote e finalman destine pou destriktiralize e distansye tout fòm panse rasyonalis favorab ak repozisyònman Ayiti nan yon kontèks jewo-kiltirèl pozitif tankou kilti negwoafriken.

Andotmo, reyifikasyon rapò Etazini-Ayiti dwe konvèje vè yon presipoze konstan : premye nasyon nwa endepandan monn lan ki pwoklame esans ontolojik limanite ape imèje nan yon inivè enfra-imen ki se yon deni total tout kalite mounitidinal èt imen an.

Pirèd rasyonèl pou dezistwarize listwa antanketèl grasak minimalizasyon, kontrefaksyon e alarigè neyantizasyon divès evènman istwarik pran rasin nan pwogresyon dyakwonik Listwa menm. Annefè, pa presipozisyon, si Etazini reyisi nan pwojè li, pou dechouke Ayiti nan tan e nan lespas, efori yon siksè konsa ta sipoze mennen nan yon dediksyon enkontounab, asavwa nesesite rebatizasyon etiko-jiridik Etazini antanke kilti milti-idantitè. Fòmalizasyon ipotèz prensip dominasyon alalimyè kategori Bourdieu yo enplike Etazini nan yon lojik manyak e obsesyonèl. Tankou li devni evidan, Ayiti viktim yon ideyoloji etazinyen ki anrasine nan listwa kolonyal la e ki pèsiste nan modènite pòs-kolonyal la. Nan faz senbolik li grasak reyifikasyon e sibjektivizasyon, li enpoze Ayiti yon doub postila dyametralman opoze : youn ki rann li vizib nan kalamite imen ak katwostòf natirèl e lòt la ki rann li envizib nan tan kalmi ak endiferans listwa dimonn kote li ta se nesesèman pwopis pou repanse prejije, rasism o monnwoyism radikal etazinyen anvè li. Rapò Etazini-Ayiti, ke nou kalifye fagotwofik, se entènalizasyon yon konstans antisenbolik tou. Li se parèyman re-emèjans yon retorik anti-ayisyanis vwale nan ilistre yon patèn entèmitan ki rive sibstansyalize alafavè evenman makwotwofik e miltifòm nan inivè kiltirèl Ayisyen an.

Anfèt, bilan katastwofik e apokaliptik tranblemanntè lane 2010 Ayiti a te sèvi kataliz pou de tip analiz trajik, sètadi youn reyèlman imen kote bilan apwoksimatif yo pwovoke yon kri imen preske planetè e yon lòt ideyolojikman medyatik e antwopofajik analojikman nan sans entèpretasyon konseptyèl Oswald de Andrade18 a. Nan kad revolisyon kiltirèl brezilyen Andrade te defini antwopofajik tankou yon doktrin nwizans ki jwenn satisfaksyon iltim li nan destriksyon avèk neyantizasyon lòt la. Otmandi, efè difraksyonèl katastwòf natirèl Ayiti a te kolateralman koze pwopagasyon syans enfiz e te devwale etik e kòd deyontolojik e yon pratik ideyolojiko-medyatik, kristik e menm mitiko-divinatwa.

Kwake li pa enpòtan pou pase an revi ansanm entèpretasyon anti-imen nan okazyon trajedi Ayiti a e anpatikilye pèsepsyon aryeris Reveran Pat Robinson nan19, yon alizyon sipefisyèl ak vizyon Robinson nan pèmèt degaje de ipotèz : dabò entanke yon enperyalis kretyen, tout fòm diskou li inevitableman sipoze asosye ak yon otodoksi demagojik e direkteman lye ak posiblite makzimizasyon kapital ekonomik e kiltirèl. Konsa genyen yon rapò triptik medya-dominasyon-pwofi ke Robinson te mete anvalè. Answit, deklarasyon li a anrasine nan swit lojik divès tematik etnografik anti-ayisyen ki se apandis deli sipremasis e monnwoyis la.

Konsa, karakterizasyon ideyolojik fòm dominasyon etazinyen an pa vwa medyatik e deriv patojèn ki esansyalize yo, imankabman rete konnatirèl ak istwa Ayiti kòm premye eta nèg endepandan. Demakasyon pou andikape re-oryantasyon sosyopolitik Ayiti konstitiye yon tantativ izipasyon ke Etazini pa kapab rekipere nan nòmalizasyon dyakwonik listwa. Pwosesis devitalizasyon nan kad nouvèl òd relasyon patikilye Etazini devlope ak Ayiti, sitou atravè enpozisyon san fen e tantiv fòse dezistwarizasyon Ayiti, parèt pi evidan apre lekti ansanm kriz prefabrike gouvènman meriken ann Ayiti.

Konsa Ayiti, ki te poze dwamoun tankou esans fandamantal tout pwojè imen, te devni yon kataliz pou predasyon, bòykotaj ak arasman peyi Etazini. Nan kontèks rekalibrasyon retorik sinik, anti-imanis e fonsyèman anti-ayisyen, yon ideyoloji nan limenm pro-esklavajis o neyokolonyal, se ta temerite Ayiti ki se koz fondamantal reyalite asosyal li. Nan etid li, ki entitile «Jefferson and Haïti», Tim Mattewson note ke «Pandan dizan anvan yo, lèt Jefèsonn yo te rezime divès mannyè ke revolisyon esklav yo te menase eta esklav yo nan Sid la. »21 Yon lòt kote, Nadege T. Clitandre nan reyanalyze ansanm retorik e difamasyon narasyon ki te ann èv apre kataklis natirèl Ayiti a, te rapòte :

Anamenmtan ke medya yo te mentni fokis sou narasyon Ayiti tankou yon peyi apovri atravè anpil imaj kò nwa toutouni e blese, entèlektyèl ayisyen yo ak espesyalis etid ayisyen yo te rive rapidman entèvni pou ekspoze divès mannyè ladan yo narasyon pa degradasyon sa a prezante pa medya yo efase yon long istwa. Ki se listwa lesklavaj, migrasyon e deplasman envolontè ; listwa kolonyalism lan, entèvansyon etranje, izolasyon fòse ak eksplwatasyon ekonomik. Li efase tou konpleksite kilti ak kwayans relijye Ayiti yo.22

Andot tèm, Ayiti te toujou rete plase anba rada e eskanè jewopolitik etazinyen ki vize efase atravè manipilasyon sibjektif e enpozisyon lòt prensip vizyon, memwa kiltirèl, istwarik Ayiti nan yon jefò pèmanan pou evite filyasyon e transmisyon vre kapital kiltirèl e istwarik li. Kapital istwarik e kiltirèl Ayiti ta rete yon fenomèn eksepsyonèl ki te pwodwi anmaj limanite e ke limanite pa dwe enkòpore nan konsyans li.

Jefò pou dekonstriksyon literati ewoyik reyèl Ayiti tabli kantite komonalite ak filozofi mannwoyis e revele nati omojèn yon fòm pèvèti deli Sipremasis etazinyen an. Tim Mattewson te ekri sou pèsonaj la :

Pirèd, li okazyonèlman denigre Nwa yo, paekzanp, nan rele yo «kannibal repiblik tèrib yo» e konpare yo ak asasen. Paske Etazini se te pi gwo peyi pwopriyetè esklav nan monn lan, nan genyen yon popilasyon ozanviwon 900.000 sou yon total popilasyon de 5.3 milyon, pè li yo te sanble jistifye, espesyalman nan Joji ak peyiba Kawolin Sid ak Mare Vijini an, kote Nwa yo an pi gran nonm pase Blan yo. Revolisyon esklav yo se te yon menas ideyolojik, yon ekzanp esklav yo ki reyisi deplase mèt yo.23

Pozisyon jefèsonnyen, ki te afiche, vizavi Ayiti, depi pwoklamasyon endepandans Ayiti an 1804, pa sanble dyakwonikman depaman ak ideyoloji establishmenn modèn etazinyen aktyèlman. Nan kad yon seri negosyasyon amikal, senkyèm prezidan Etazini an James Monroe, te adrese Kongrè etazinyen an nan pwopo sa yo : « …okazyon an te rive jije apwopriye pou afime, tankou yon prensip ladan li divès dwa ak enterè Etazini yo rive enplike, ke Kontinan ameriken yo, grasak kondisyon lib e endepandan ke yo te asime e mentni, dezòmè pa sipoze konsidere tankou sijè ankenn kolonizasyon fiti nan men ankenn pisans ewopeyen.»24

Annefè, monnwoism la se yon prensip entèdiksyon kont entèvansyon pisans ewopeyen yo nan esfè jewopolitik Kontinan Lamerik Nò an. Sepandan, pilwen ke prensip anti-entèvansyonis sa a, ta genyen tasitman re-afimasyon yon enperyalism rejyonal ke Etazini delibereman chwazi asime. Men paradoksalman, prensip entèdiksyon pwoteksyonis, ki ta, pa vrèsanblans, favorize amoni ak respè mityèl, ta pito afime apwopriyasyon envyolab yon pòsyon leyonyen etazinyen. Konsa, Etazini te redefini yon nouvo kad entèvansyonis etnosantrik ki globalman konsidere peyi limitwòf yo tankou ekstansyon aryèkou li nan kad vasalizasyon fòse rejyon an. Redefinisyon nouvèl òd jewopolitik sa a, te bije Etazini direkteman entèvni Omeksik, Sendomeng, Ayiti e nan peyi Nikaragwa25 pa senp envokasyon e antisipasyon yon vyolasyon posib prensip aksyomatik Monnwoism li a.

Konsekamman Etazini, pou anpeche devlopman ekosistemik Ayiti pratike de fòm ostilite anti-imanis : youn kiltirèl, ki nonsèlman te eksprime atravè destriksyon senbòl afwokiltirèl yo ki te pran fòm pandan okipasyon meriken e diran kanpay rejte a e lòt la ekonomik ki kontinye ranfòse atravè pwopagann devlopmantal yo ki abouti pitou ak privatizasyon Ayiti e pwoliferasyon òganizasyon nongouvènmantal yo. Sou ang pèspektiv sosyokiltirèl la, Lewis Ampidu Clormeus, konstate ke « Ansòm, kanpay anti-sipèstisye a tradwi yon pwoblèm rekonesans rasyonalite relijye e kiltirèl yo ki konpoze peyizaj sosyo-relijye an ann Ayiti.»26

Pa rapwòchman, senbòl relijye ak kiltirèl sa yo chouke nan yon inivè reprezantatif o idyosenkratik tipikman negwoafriken e li genyen tou, sou plan fòmèl, an grann pati, pou veyikil lengwistik elitis frankofoni o frankomani an. Reyalite sosyolojik sa a reyisi yon fragmantasyon e dikotomizasyon sosyete ayisyen an swivan yon dyalite tiboujwa-peyizan ki poze kilti kreyolofòn anfas kilti frankofòn. Kontrèman ak doktè Clorméus, ki itilize konsèp « État missionarariste» pou etidye fenomèn sosyolojik sa a, ki ta petèt parèt yon tikras nebile o twò fliyid, nou ta refere pito ak yon oligachi entèlektyèl misyonaris. Atravè yomenm, yon ideyoloji deklas, alafwa relijye e lengwistik, ta rive charye nan tout kò sosyete a e ki kontinye jouk jounen jodiya temwaye alejans ak divès fòmasyon enstitisyonèl soti Kanada, pase Etazini pou rive Lafrans. Si se vre ke peyizaj ideyoloji relijye a pliryèl, men li rete inifòm e konvèjan nan èn similè kont kwayans, tradisyon ak kilti tradisyonèl ann Ayiti, orezime kont tout reprezantasyon negwo-afriken ann Ayiti.

Nan lojik rapòdfòs lengwistik sa a, entelektyèl yo, emisè oksidan yo nou ka di, pozisyone tèt yo sou yon pyedestal piwo pa rapò ak rès sosyete a e yo itilize ezans nan manipilasyon lang franse a tankou kritè e sistèm valè global sosyete a, e pakonsekan yo rive fè valwa yon dwadsite ak yon estati sitwayen nonsèlman espesyal men siperyè. Leon-Francois Hoffman fè remake : « Klas dirijan nouvo Leta te pèpetye etadchoz sa a nan pwòp pwofi li, nan fè ansòtke nan fil jenerasyon yo kantite analfabetis fonksyonèl mentni otou 90% popilasyon an, kantone nan sèl vènakilè kreyòl la.»27

Si nou kwè ak konviksyon e rete nan obsesyon debaz nou an, ke yon lang se yon mwayen kominikasyon esansyèl e enkontounab e ke se garanti pi elemantè sivivans espès imen an menm, nou dwe rekonèt anmenmtan tou ke yon lang tou kapab sèvi andedan sosyete yo tankou enstriman dominasyon e lanbi pou veyikile ideyoloji klas tankou li rive fèt ann Ayiti. Pakonsekan, remak Hoffmann lan pote yon jè limyè anplis sou ajisman oligachi entelektyèl la ann Ayiti

Kanta Etazini, atravè yon pragmatism trangleman, atravè tou, rekiperasyon e koripsyon fòs ak eleman reyaksyonè sosyete ayisyen an, li abouti ak, sou plan ekonomik e swivan entansifikasyon yon seri estrateji dostilite kont pèp ayisyen, dezanpayman kapasite ekonomik Ayiti. Pa antremiz estratajèm jewopolitik sa yo, ki esansyèlman vize Ayiti, li rive mennen nan yon fòm depandans miltisektoryèl ki vilnerabilize Ayiti, yon mannyè si pwofon, ke kataliz la kreye yon sitiyasyon kriz mildimansyonèl. Ayiti devni yon Leta anfayit ; yon Leta ki ape sibi aso yon piratri sistematize, alafwa sou plan entra-estriktirèl lye ak yon dezòd administratif siklik paske Leta san pye ni tèt e sou plan enfrastriktirèl nan benefis eksklizif, yon mafya endistriyèl e komèsyal ki mare sosis li ak yon mafya entènasyonal, yomenm ki jwenn fonnman etiko-legal yo nan konpwomi anbatab òganizasyon rejyonal ak entènasyonal yo.

Annefè, nan lane katrenvendis yo, grasak yon ansanm aksyon pragmatik, ansòm mimetik pou dejwe enfliyans malfezan fòs antipwogresis yo, anpil jefò te rive tise andedan òganizasyon debaz e paralèlman nan ti kominote legliz, alalimyè mouvman emansipasyon sosyal ke Legliz katolik te ape pwomouvwa. Grasak vèsyon pi imen ke filozofi sosyal, teyoloji liberasyon te senbolize an, pèp ayisyen te reyisi tantativ demajinalizasyon tèt li pa vwa demokratik. Nan optik sa a, pèp ayisyen te vize pou rekaptire sitwayennte li e replase tèt li nan kad yon rapò ekilibre, jiridiko-politik ki ta prale ilteryèman fikse dwa ak devwa li yo kòm konpozant sosyete sivil la e klèman delineyarize responsablite Leta vizavi li. Ekperyans sosyo-politik nasyonal e popilè sa yo te retwouve yo konplètman netralize nan yon fasafas ak yon estrikti pòs-okipasyon etazinyen preetabli ki limenm chita sou yon aparèy represif ke Lame d’Ayiti te enkane.

Pirèd, rezistans, kont eksperyans nasyonal sa a, te rive sitou ranfòse nan kad similitid li ak teyori e filozofi jefèsonnyen an vizavi Ayiti. Antouka, monnwoyism siksesif gouvènman etazinyen annapre yo pa janmè lage teyori ak filozofi sa yo dikote. Gouvènman siksesif etazinyen kontinye, anmenmtan tou, prete alejans ak fobi patolojik e rayisman ekzekrab Esklavajis sidis yo te afiche nan detèminasyon yo pou kokobe emansipasyon, devlopman e evolisyon reyèl Ayiti.

Etadfèt sa a swiv yon pakou asansyonèl, paralèlman ak evolisyon monn lan e chanjman onivo diskou valorizasyon etiko-imanis etazinyen yo ki genyen fiksasyon preske paranoyiak sou divès idefòs tankou demokrasi, dwa moun, libète…elatriye. Relekti, tèks Tim Mattewson sou konpòtman Tomas Jefèsonn fasak Ayiti, pèmèt sezi eta despri, nonsèlman ki te anime premye fondatè Leta etazinyen an e anpatikilye Sidis pwo-esklavajis yo epitou eklèsi rasyonale dèyè liy enchanje politik Etazinyen an nan relasyon li ak Ayiti. Konsa, Mattewson te rapòte : « Plizyè mwa apre ekspedisyon Leclerc la te evakye il la, Jefèsonn te chavire règ jwèt yo nan kad relasyon komèsyal ak Ayiti»28 e li te kontinye analize ke : « Menm anvan deklarasyon endepandans ayisyen an, reviman Jefèsonn lan te aparan lè Jeneral Desalin te ekri pou endike amitye li pou Meriken yo e dezi li pou solidifye lyen komèsyal yo.»30 Revizyon analitik ilteryè sibstans rapò Etazini-Ayiti sou plan dyakwonik pa janmè revele ke li depaman ak ideyoloji pwo-esklavajis ki te karakterize Sidis etazinyen yo nan peryòd kolonyal la. E, jouk jounen jodiya, se sivivans diplomasi rezidyèl sa a ki sèvi kòm twalfon e jistifikatif relasyon entè-etatik ant Etazini ak Ayiti. Mattewson te ajoute :

Koutgidon Jefèsonn nan règ jwèt la te pran pye soti nan divès konsiderasyon domestik e nan kontèks sa a rekonesans ke Ayiti pa pou konsidere ; men sijè kle a se te desten komès meriken ak Ayiti ke Jefèsonn ak divès lòt pòtpawòl te lontan gade tankou sibvèsif pou sosyete esklavajis.31

Pilwen, vizyon monn sa a te reflete ankò nan okipasyon fizik etazinyen de teritwa ayisyen an. Anpil kritik fè kwè ke kawodamyen jewopolitik nan peryòd la te motive meriken yo debake pou pwoteje enterè mèkantilis e trezorye Etazini. Si dediksyon sa a rete yon presipozisyon, antouka li pa rive demanti nan ankenn mannyè rapò tradisyonèl ki te etabli anvan yo e li pa pitikilyèman enfime kouman Sid la e Jefèsonn limenm te entèprete ekzistans Ayiti tankou yon nasyon nèg.

Okipasyon etazinyen Ayiti a demontre pito ke li te vize yon misyon espesifik ki se te restriktirasyon sosyete ayisyen an pou fasilite menmiz elit milat la sou aperèy etatik e administratif nan kad kontrekare jesyon e monopolizasyon gouvènmantal nwaris ki te siksede youn apre lòt yon kote. Se te tou pou enfiltre yon tradisyon antikonstitisyonèl nan mòd jesyon Leta ayisyen pou maksimize e sekirize privilèj ekonomik e eksklizif Etazinyen yo. Anmenmtan se te pou jistifye paramilitarizasyon estriktirèl sosyete ayisyen an e kosyone enpozisyon gouvènman defakto tankou yon balans kont tout pouvwa sivil e demokratik. Anfen se te pou garanti soumisyon pouvwa sivil anba sedisyon militaris ke zak senbolik etazinyen, pou remèt pouvwa peyi a bay Jandamri ayisyen, te klèman ilistre.

Chwa pou transfere otorite e pase pouvwa men nan men bay Jandamri ayisyèn se te ekspresyon divès fòm objektif dominasyon etazinyen sou Ayiti. Se yon siy apokaliptik ki ta prale drape desten ak devni Ayiti yon mannyè fonsyèman senbolik. Se te yon chwa ki te volontèman ekskli tout demach demokratik reyèl pou apwopriyasyon pouvwa e konsa san patisipasyon efektif sitwayen nan pwosesis la. Si nan entansyonalite fòs okipasyon dalò sa a, youn nan rasyonèl yo, pou kowobore inisyativ e desizyon pou anvayi Ayiti pa fòs epi vyolans, se te pou ranfòse kapasite estriktirèl e sekiritè ann Ayiti, osinon si se te tou pou kwape mouvman esporadik anachik ke yon kote Pikè nan Sid oswa Kakò nan Nò te konnnen mennen, li rete yon fèt ke okipasyon etazinyen an te plis reyisi nan restriktirasyon e enstitisyonalizasyon yon sistèm anachik, kawotik Leta a pa santralizasyon, epi konsantrasyon pouvwa reyèl e efektif peyi a nan men yon gwoup nonreprezantatif elit milat e anba lobedyans Jandamri d’Ayiti. Andot tèm, dekakotizasyon ak depiketizasyon pratik politik yo te kondwi, atravè yon fèsanblan konstitisyonèl ak legalizasyon, vè yon pouvwa ki chita sou pwent bayonèt ke règ lalwa. Solon Menòs, nan liv entitile « L’affaire Luders » li a, nan rechèch pou eksplisite orijin okipasyon meriken an, te fè remake ke : « Deli sipremasi a manisfeste tèt li sou anpil fòm si tèlman etranj ke nou pa ta fè ke medyokman prete atansyon ak panse de yon anperè ki ta entwodwi li nan nouvo Levanjil li a, « Levanjil men ak gan an»32 (3).

E nou kapab reprann ankont mizopwen Menòs la a, pou ranfòse ipotèz ekzistans deli sipremasis etazinyen ki pran divès kontou ke sèten evenman sosyopolitik ta fasilite eliside. Annefè, osterite mezi diplomatik e kowoperasyonèl yo drese tèt esansyèlman kont demajinalizasyon majorite sivil la ann Ayiti, anpatikilye nonsèlman kont peyizan ayisyen yo e pirèd, yon mannyè pi sinik, manyak e obsesyonèl, kont mas popilè iben politize yo. Etandone ke mobilizasyon pou transfòmasyon pwofon andedan sosyete ayisyen an, dwe inevitableman pase pa vwa politik, sètadi nan ranfòsman kapasite imen e politik tout sitwayen yo alawonnbadè, Etazini kontinye, nan obsesyon li pou alyene fòs chanjman yo, fòse grasak yon pratik konstan vyolans senbolik divès fòmil demokratik kontradiktwa pou pèpetye prensip yon vizyon dimonn kontrè ak aspirasyon sosyetal Ayiti.

Men, paradoksalman, menm fòmil sa yo kontredi valè demokratik ke Etazini limenm ape pwone yo. Otmandi Etazini itilize idefòs inivèsalis ki jistifye anmenmtan pwòp dominasyon li pa estrikti dominasyon li ape ranfòse yo. Nan lòd fè sa yo, pratik koudeta e zak parakonstitisyonèl yo mete Etazini fasafas ak idefòs ki senbolize pouvwa dominasyon li yo e jere atitid manyak pou kontinye enpozisyon irasyonèl yo nan wè yo tankou rasyonèl. Rechèch pou aktyalize estrikti objektif e sibjektif dominasyon yo enpoze tèt yo sou Etazini yon tèl mannyè kote Etazini rive manipile limenm nan enkòporasyon estriktire fòm dominasyon e reprezantasyon jwèt senbolik pouvwa a.

Nan manifestasyon pouvwa dominasyon li sou Ayiti, Etazini kontrenn Konsèy Sekirite Onizyen pou vote rezolisyon 1542. Entèpretasyon semyolojik kontni tèks rezolisyon an vize antre Ayiti nan yon Leta kontinyèlman tranzitwa, enkapab pou tranzite soti nan eta lavè anba kontwòl eleman parazitè sosyetal yo, pou enkli elit entelektyèl alyene an, boujwazi ti komès, fraksyon paramilitè yo ak estil banditis e westènyen an vè yon Leta estab ki retwouve konsekrasyon li andedan nòm etiko-sosyal e jiridik fonde sou prensip fondamantal lalwa. Rezolisyon an ki se yon ekzanp senbolik objektif dominasyon etazinyen, nan pretansyon metaforik li, eliside pwoje «MINUSTAH» a ki site : «Asire yon klima estab ak sekirite… restore lalwa, sekirite piblik kòm lòd piblik… pwoteje popilasyon sivil ki ape konfwonte menas vyolans fizik imedya lè li kapab fè sa…veye epi bay rapò sou moun sitiyasyon dwamoun…33 Estipilasyon Rezolisyon an tann pou resantralize yon dyalite dilemik, sètadi remakoutizasyon oswa remilitarizasyon kont demokratizasyon patisipativ sosyete sivil Ayiti.

Alalimyè analiz sa yo, tout lekti kontekstyèl Ayiti fòse pou pran ankont estriktiralizasyon ak re-entèpretasyon rapò istwarik ki lye Ayiti ak Etazini nan rejyon emisferik la. Pandan peryòd kolonyal la, Ayiti te reprezante yon sous inepizab richès, men anmenmtan tou, swit ak endepandans li, li te reprezante yon sous anti-kapitalis menasan ki te mete ankoz ekonomi esklavajis Sidis etazinyen yo an patikilye. Mattewson te rapòte pwopo senatè John W. Eppes, moun Vijini, nan peryòd kolonyal la, ki afime ke Etazini genyen enterè « deprime e peze kou » Ayiti e pawòl senatè Joji a, James Jackson, nan moman an, ki pa te kache nonplis enn wouj li kont Ayisyen yo lè li te deklare ke « gouvènman il malere a dwe rive detwi. »34 Pasyon pou detwi Ayiti a se pa yon senp ipotèz espekilatif e aksidante Etazini. Se te, anlagan, yon filozofi politik ki te poze ekzistans Ayiti ann opozisyon ak sivivans Etazini. Konsa pa analoji Ayiti dwe mouri istwarikman, kiltirèlman vejete pou Etazini viv senbolikman e Mattewson korelativman rezime konsa :

Endepandans Ayisyen an se te rejeksyon irezistib lejitimite lesklavaj la e mòdvi nan Sid la, ki te lese pwopriyetè esklav yo ak reyalizasyon ke yo pa ta janmè kapab santi yo konfyan ankò nan reklamasyon ke esklav yo te kontan nan lyen yo. Yon istoryen te sijere ke Sid la ta chèche pou « bani reyalite Sendomeng lan.35

Konsa, evolisyon lyen, ant de pi ansyen nasyon nan Emisfè Nò a, dekri yon trajektwa konsistan ke, andepi de avantaj bademoustach, mouvman emansipasyon Nwa Ayiti yo pote pou konkèt ak konsolidasyon Etazini, anyen pa resipwokman chanje. Prensip vizyon dimonn etazinyen an konsènan Ayiti, toujou rete enfliyanse pa zak rasis, opòtinis e destriktè sistèm ejemonik etazinyen an. Desizyon politik sa yo tou aparante sereman ak enperyalism predatè ke Sidis esklavajis yo te toujou eksprime kont avansman nouvo repiblik nwa sa a. Tanjansyèlman, se te yon estrateji pèsyazif nan kad yon vas antrepriz pou teworize mouvman revolisyonè alepòk yo ki ta sanble vle menase rejim esklavajis la nan tèritwa sidis yo. Antouka, se menm lojik sa a ki motive, tout pwopòsyon konsidere, jounen jodiya ankò, lespri rapò dyèl Etazini-Ayiti nan miz sou pye mekanism dominasyon senbolik miltifòm pou reyisi dezistwarizasyon e dekiltirasyon, sètadi desibtansyalizasyon kapital kiltirèl e istwarik Ayiti nan pwofi yon prensip dominasyon senbolik, objektif e sibjektif etazinyen.

Bibliyografi

“Amnisti entènasyonal Ayiti Dezameman ki pa fèt lakòz lajistis pa aplike.” Amnisti Entènasyonal, International Secretariat, 2005. margueritelaurent.com/campaigns/campaignone/human_rights_reports/downloads/amnesty.pdf.

Ibid., pp. 209–248.

Ampidu, Clorméus Lewis. Entre l’État, les élites et les religions en Haïti : redécouvrir la campagne anti-superstitieuse de 1939–1942. ETHESS, 2012.

« Haïti : Revisiter la campagne anti-superstitieuse de 1939–1942 » Ed. française. Le Nouvelliste, 6 Septembre 2012.

BAUDRILLARD, Jean, Alain BRUNN, Jacinto LAGEIRA. « MODERNITÉ », Encyclopædia Universalis. En ligne. 26 mai 2016. URL : universalis.fr/encyclopedie/modernite.

“Bourdieu Pierre—Capital cultural” Youtube youtube.com/watch?v=cJ4ru3tOEFM

Chomsky Noam. “Requiem for the American Dream. “Trailer. Youtube youtube.com/watch?v=zI_Ik7OppEI.

Cuche, Denis. « Les Amériques Noires dans l’anthropologie et la sociologie française depuis les Amériques Noires de Roger Bastide » Bastidiana, 1996.

“Pat Robertson: Haïti ‘Cursed’ By ‘Pact to The Devil’” Video Ed. Dir. The Huffington Post. 03/18/2010. huffingtonpost.com/2010/01/13/pat-robertson-Haïti-curse_n_422099.html

«Declaration of Independence » Larousse. archives.gov/exhibits/charters/declaration_transcript.html, larousse.fr/encyclopedie/divers/D%C3%A9claration_des_droits_de_lhomme_et_du_citoyen/117119

Diop, Cheikh Anta. Nations nègres et Culture. Présence Africaine, 1979.

Dorismond, Edlyn. « L’ethnologie Haïtienne : le vodou et la paysannerie. L’« obsession » d’une discipline en terre Haïtienne. » Production du savoir et construction sociale. L’ethnologie en Haïti. Ed. Jhon Picard Byron, Editions l’Université d’État d’Haïti, 2014.

Fanon, Frantz. Les damnés de la terre. La Découverte, « Petite collection Maspero », 1961.

Glissant, Édouard. Tout-Monde. Paris : Gallimard, 1993 ; Le discours antillais. Paris : Gallimard, 1997.

Gobineau, Arthur de. « Essai sur l’inégalité des races humaines » 1853. UQAC. classiques.uqac.ca/classiques/gobineau/essai_inegalite_races/essai_inegalite_race.html

Hoffmann, François-Léon. « La langue française et le danger états-unien en Haïti. Francophonie et identités culturelles. » Karthala, 1999, pp. 49–58.

Laëthier, Maud. “Des Amériques Noire à la diaspora noire dans les Amériques. A propos des lectures socio-anthropologiques. » Production du savoir et construction sociale. L’ethnologie en Haïti. Ed. Jhon Picard Byron. Port-au-Prince : Editions l’Université d’État d’Haïti, 2014, p. 202.

Mattewson, Tim. “Jefferson and Haïti,” The Journal of Southern History vol. 61, no. 2, 1995, pp. 209–248. jstor.org/stable/2211576

“A Century of Lawmaking for a New Nation: U.S. Congressional Documents and Debates, 1774–1875” Annals of Congress 1696, (Senate, 18th Congress, 1st Session) 13 & 14.

Menos, Solon. L’Affaire Luders. Imprimerie J. Verrollot, 1898; gallica.bnf.fr/ark:/12148/bpt6k61352401/f10.image

Montesquieu. « De l’Esprit des lois. XV, 5 : “De l’esclavage des nègres,1748. » Gallica. expositions.bnf.fr/montesquieu/themes/esclavage/anthologie/montesquieu-lesprit-des-lois-de-l-esclavage-des-negres.htm » ;

“Monroe Doctrine (1823), Milestone Documents.” The National Archives and Records Administration, 1995, pp. 26–29. ourdocuments.gov/doc.php?flash=true&doc=23.

KDV. “Okipasyon meriken 1915–1934.” Batay ouvriye, September 19, 2015. batayouvriye.wordpress.com/2015/09/19/entere-popile3/

Robinson, Randall. Haïti, From Revolution to the Kidnapping of a President. An Unbroken Agony, Basic Civitas Books, 2007.

Andrade, Oswald de, Production du savoir et construction sociale. L’ethnologie en Haïti. Ed. Jhon Picard Byron, Éditions l’Université d’État d’Haïti, 2014, p.191.

Notes

1. Nou itilize konsèp modèn nan pa nan sans rapò semantik li ak yon ansyen, tradisyonèl. Men pito nan esans enperyal li nan kontèks pòskolonyal la. Li genyen yon sans plis itilitaris nan kontèks kominikasyon nou an ke etiko-etnolojik pou nou evite konfizyon dikotomik diskriminasyon, rasism e prejije te jenere nan syèk pase yo. Wè : BAUDRILLARD, Jean, Alain BRUNN, Jacinto LAGEIRA. « MODERNITÉ », Encyclopædia Universalis [en ligne. Consulté le 26 mai 2016. URL : universalis.fr/encyclopedie/modernite/
2. Montesqieu. De l’Esprit des lois. XV, 5 : “De l’esclavage des nègres”, 1748. Texte intégral sur Gallica : Paris, Firmin Didot frères, fils et Cie, 1857. expositions.bnf.fr/montesquieu/themes/esclavage/anthologie/montesquieu-l-esprit-des-lois-de-l-esclavage-des-negres.htm ; « Les deux variétés inférieures de notre espèce, la race noire, la race jaune, sont le fond grossier, le coton et la laine, que les familles secondaires de la race blanche assouplissent en y mêlant leur soie tandis que le groupe arian, faisant circuler ses filets plus minces à travers les générations ennoblies, applique à leur surface, en éblouissant chef-d’œuvre, ses arabesques d’argent et d’or. » Gobineau, Arthur de. Essai sur l’inégalité des races humaines, 1853 ; classiques.uqac.ca/classiques/gobineau/essai_inegalite_races/essai_inegalite_races.html
3. Nou itilize konsèp istwarik e istorik pou fè alizyon ak yon demakasyon ke Édouard Glissant te chèche sènen nan kad travay li sou kesyon kreyolizasyon. Selon Glissant ta genyen de fòm istwa ki refere ak de rasin idantitè : youn atavik e lòt la konpozit. Youn ki bay nesans ak yon istoi lineyè, yon istoi ki jwenn jwisans nan eksklizyon e minimizasyon prezans entèkiltirèl yo ; e lòt la, istwa, ki pran jèvrin nan kadastre presans yo e valorizasyon kontribisyon yo tout. Wè nan sans sa : Glissant, Édouard. Tout-Monde. Paris: Gallimard, 1993 ; Le discours antillais. Paris : Gallimard, 1997.
4. Dorismond, Edlyn. « L’ethnologie haitienne : le vodou et la paysannerie. L’«obsession » d’une discipline en terre haitienne. » Production du savoir et construction sociale. L’ethnologie en Haiti. Ed.Jhon Picard Byron. Port-au-Prince : Éditions l’Université d’État d’Haïti, 2014.p. 242.
5. Cuche, Denis. « Les Amériques Noires dans l’anthropologie et la sociologie fraçaise depuis les Amériques Noires de Roger Bastide » Bastidiana. Tradiksyon nou “…ensemble des régions du Nouveau Monde qui ont été culturellement marquées par la présence massive d’esclaves africains et leurs descendants. Que ce soit en Amérique du Nord, en Amérique centrale, en Amérique du Sud ou dans l’Archipel des Caraïbes, un même héritage historique, l’esclavage et le système de plantation, abouti à une certaine unité, par-delà leur diversité, des Amériques noires, tant sur le plan social que culturel (Cuche, 1996, p.119)
6. Laëthier, Maud. “Des Amériques Noires à la diaspora noire dans les Amériques. À propos des lectures socio anthropologiques. Production du savoir et construction sociale. L’ethnologie en Haiti. Ed. Jhon Picard Byron. Port-au-Prince : Éditions l’Université d’Etat d’Haiti, 2014.p. 202.
7. Wè Diop, Cheikh Anta. Nations nègres. Paris: Présences africaines,
8. Wè Fanon, Frantz. Les damnés de la terre. Paris : La Découverte, « Petite collection Maspero », 1961.
9. Robinson, Randall. Haiti, From Revolution to the Kidnapping of a President. An Unbroken Agony. New York, Basic Civitas Books, 2007. “AS PUNISHMENT FOR CREATING THE FIRST FREE republic in the Americas (when 13 percent of the people living in the United States were slaves), the new Republic of Haiti was met a global Economic embargo imposed by the United States en Europe. The embargo was strengthened by a further demand from France for financial reparations of roughly $21 billion (2004 dollars) as compensation from the newly freed slaves for denying France the further benefit of owning them. It would be the first time in history that reparations would be imposed by a defeated nation on the nation that had defeated it”(20)
10. Chomsky, Noam. “Landholders ought to have a share in the government, to support these invaluable Interests and to balance and check the other. They ought to be so constituted as to protect the minority of the opulent against the majority” in “Requiem for the American Dream”, trailer on YouTube : youtube.com/watch?v=zI_Ik7OppEI
11. “Declaration of Independence” archives.gov/exhibits/charters/declaration_transcript.html
12. Bourdieu, Pierre. « Habitus » Feb 22, 2012 youtube.com/watch?v=SH8yT7M8fag
13. Okipasyon meriken 1915–1934
14. Patisiapsyon Etazini nan destabilizasyon sistèm politik e pwojè demokratik Ayiti atravè manipilasyon dirèk e endirèk nan divès pwopesis elektoral, pre-elektoral e pòs-elektoral kont volonte popilè nasyonal anlokirans koudeta 1991 e 2004 kont pouvwa lejitimman eli pa sitwayen yo. Pilwen envazyon tantakilè Ayiti pa yon lame òganizasyon nongouvènmantal se yon lòt fòm ekspresyon fòm objektif dominasyon etazinyen an.
15. “Our power and fortune are a tribute to our virtue, and we are, perhaps more tan ever, the beacon of freedom, democracy, markets, and all wonderful things” p.13
16. “We inherit from them not only the fruits of their crimes but also the moral cowardice that is the standard accompaniment of conquest, including the wondrous capacity for self-adulation whatever horrors the victors have left in their wake and an intelectual armory to ensure that nothing is learned from what they have done.”, p.16.
18. Andrade, Oswald de. « L’Anthropophagie fonderait un nouveau rapport des ecrivains et intellectuels avec ce qui est de chez nous et ce qui est de l’etranger. Se rapportant au rituel de l’anthrophagie chez les Tupinambás, Oswald de Andrade instaure la “devoration de l’autre”, sa deglutination a l’oringine de la culture bresilienne. Comme métaphore, l’anthropophagie est la devoration, la deglutination et l’incorporation des elements étrangers qui peuvent servir à l’aventure de l’invention du peuple et de la culture bresilienne », p.191
19. Danny Shea. Editorial Director, The Huffington Post: “Televangelist Pat Robertson said Wednesday that earthquake-ravaged Haiti has been “cursed” by a “pact to the devil.” “Something happened a long time ago in Haiti, and people might not want to talk about it,” he said on Christian Broadcasting Network’s “The 700 Club.” “They were under the heel of the French. You know, Napoleon III, or whatever. And they got together and swore a pact to the devil. They said, we will serve you if you’ll get us free from the French. True story. And so, the devil said, okay it’s a deal.” Robertson said that “ever since, they have been cursed by one thing after the other” and he contrasted Haiti with its neighbor, the Dominican Republic. “That island of Hispaniola is one island. It is cut down the middle; on the one side is Haiti on the other is the Dominican Republic,” he said. “Dominican Republic is prosperous, healthy, full of resorts, etc. Haiti is in desperate poverty. Same island. They need to have and we need to pray for them a great turning to god and out of this tragedy I’m optimistic something good may come. But right now we are helping the suffering people and the suffering is unimaginable.”
21. Mattewson, Tim, “Jefferson and Haiti,” The Journal of Southern History 61, no. 2 (May 1995): 209–248, jstor.org/stable/2211576 “During the previous decade, Jefferson’s letters outlined the many ways that the slave revolution threatened the southern slaves states.” p. 245.
22. Ibid., “While the media maintained its focus on the narrative of Haiti as impoverished country through images of naked and wounded black bodies, Haitian scholars and scholars of Haitian Studies were quick to intervene to expose the ways in which this narrative of degradation presented by the media effaces a long history. That is, the history of enslavement, involuntary migration and displacement; the history of colonialism, foreign intervention, forced isolation, and economic exploitation. It also effaces the complexities of Haiti’s culture and religious beliefs.”, p. 146. Unless otherwise noted, all translations are my own
23. Ibid., “Furthermore, he occasionally disparaged the blacks, for example, calling them the “Cannibals of the terrible republic” and comparing assassins.19 Because the United States was the largest slaveholding country in the world, having a slave population of about 900,000 in a total population of 5.3 million, his fears seemed warranted, especially in the Georgia and South Carolina lowcountry and the Virginia Tidewater, where blacks outnumbered whites. The slave revolution was an ideological threat, an example of slaves successfully displacing their masters.” p. 217.
24. “A Century of Lawmaking for a New Nation: U.S. Congressional Documents and Debates, 1774 – 1875” Annals of Congress 1696, (Senate, 18th Congress, 1st Session): 13 & 14. “… the occasion has been judged proper for asserting, as a principle in which the rights and interest of the Unites States are involved, that American continents, by the free and independent condition they have assumed and maintain, are henceforth not to be considered as subjects for any future colonization by any European Power.”
25. “Monroe Doctrine (1823),” Milestone Documents, (Washington, DC: The National Archives and Records Administration,1995) : 26–29. ourdocuments.gov/doc.php?flash=true&doc=23.
26. Clorméus Lewis Ampidu, Entre l’État, les élites et les religions en Haïti : redécouvrir la campagne anti-superstitieuse de 1939–1942 (Paris : ETHESS, 2012). « Haïti : Revisiter la campagne anti-superstitieuse de 1939–1942» (Port-au-Prince, Le Nouvelliste, 6 septembre 2012), Ed. française. « En somme, la campagne anti-superstitieuse traduit un problème de reconnaissance des rationalités religieuses et culturelles qui composent le paysage socio-religieux en Haïti. »
27. Hoffmann Francois-Leon, “La langue française et le danger états-unien en Haïti.” Francophonie et identités culturelles.(Paris : Karthala, 1999) : 49–58. « La classe dirigeante du nouvel État perpétua cet état de choses à son profit, faisant en sorte qu’au fil des générations la cote d’analphabétisme fonctionnel se maintienne autour des 90% de la population, cantonnée dans le seul vernaculaire créole. » p. 5.
28. Ibid., “Several months after the Leclerc expedition had evacuated the island, Jefferson reversed policy on US trade with Haiti,” p. 232.
30. 10. Ibid., “Even before the Haitian declaration of independence, Jefferson’s reversal was apparent when General Dessalines wrote to indicate his friendship for Americans and his desire to strengthen com-mercial ties,” p. 232.
31. Ibid., “Jefferson’s shift in policy arose from domestic considera-tions, and, in this context, recognition of Haiti was out of the question; but the key issue was the fate of American trade with Haiti, which Jefferson and many southern spokesmen had long regarded as subversive of slave society” p. 232.
32. Menos, Solon. L’Affaire Luders. Port-au-Prince : Imprimerie J. Verrollot, 1898.
33. Amnisti entènasyonal. “Amnisti entènasyonal Ayiti Dezameman ki pa fèt lakòz lajistis pa aplike,” (United Kingdom: International Secretariat, 2005). margueritelaurent.com/campaigns/campaignone/human_rights_reports/downloads/amnesty.pdf.
34. Ibid., pp. 209–248.
35. “Haitian independence was a compelling rejection of the legitimacy of slavery and the southern way of life, which left slaveholders with the realization that they could never again feel confident of their claims that slaves were contented with bondage. One historian suggested that the South sought to “banish the reality of St. Domingo,” p. 237.
Interconnection, un tableau par Nixon Léger.

Interconnection —tablo pa Nixon Léger

Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com