Aller au sommaire de ce numéro de Tanbou/Tambour, Automne 2008

Home page  |   Table of Contents  |   Send your writings and e-mail to: Editors@tanbou.com



Pwezi ann ayisyen

Powèm pa Emmanuel Védrine

Ki kote Ayiti ye?

Adoption —pa Fontenelle Pointjour

Nan gran ventyèm syèk,
Yo poze m kesyon sa a
Gen moun sou latè
Ki poko konnen nou ankò

Malgre yo konsidere nou kòm Jwif eran,
Nou genyen yon santiman.
Ayisyen, yo met tout chay sou do nou
Nan kontinan sa a?

Reveye Ayisyen!
Nan gran ventyèm syèk w ap dòmi.
Ou te konn leve
Anvan kòk chante
Reveye, solèy leve!

Kote m te fèt

Mwen ta ka fèt lòt kote nan Amerik la:
Amerikdinò
Oubyen
Amerikdisid
Mwen ta ka fèt tou ann Afrik,
Ewòp oubyen Azi
Men mwen fèt Ayiti.
Yon tè ki gen yon istwa byen long
Yon istwa ki toujou nan tèt mwen
Yon kote mwen kòmanse respire,
Kote mwen kòmanse obsève
Sa moun sou latè bezwen…

Lafrechè

Yon dam byen anfòm ap fè vayevyen
Yon samdi swa nan zòn Mache Anba
Depi dezèdtan l ap paweze la
L ap chache lavi anba magazen

Kamyonèt Site rete pou pran li
Li pa monte pase l pa pasaje
Mache fè l swe tankou pitit Bouki
Podyab, e dat lwaye pa lwen rive

Twa timoun pou bay manje, abiye
Lekòl pou peye ak liv pou achte
Nan yon peyi kote pa gen travay
Metye lafrechè egal esklavay

Lè yon ti lafrechè ap paweze
Pa konprann se pa li jis ap make
Se yon nesesite k pouse l fè sa
Se pa pou plezi l ap taye banda.

Lè Ayiti te Ayiti

Lè Ayiti te Ayiti,
Yo te rele l «La Perle des Antilles»
Lè Ayiti te Ayiti,
Yo te konn respekte Ayisyen.
Lè Ayiti te Ayiti,
Reken yo pa t konn fete.
Lè Ayiti te Ayiti,
Ayisyen te ti prens aletranje.
Lè Ayiti te Ayiti,
Zòt te konn sezi
Yo pa t konn meprize n
Yo te konn respekte n.
Lè nou al lòt bò dlo,
Nou pa t konn pran ti bato
Pou al peri nan dlo.
Tout kote n pase yo te konn bat bravo.
Lè Ayiti te Ayiti,
Ayiti Cheri te bèl nègès
Li pa t mèg
Men l te gen ti grès.
Lè Ayiti te Ayiti,
Moun te konn al Bisantnè
Pou al pran ti lè.
Lè Ayiti te Ayiti,
Yo te konn rele n
Premye Nwa ki trase chemen libète,
Premye Nwa ki konjige vèb libere,
Premye Nwa
Ki pote laviktwa
Nan batay pou libète,
Pèp Nwa ki bwòdè
Ki mache tèt anlè.

Lè Ayiti te Ayiti,
Ayisyen pa t konn pati
Al pran imilyasyon lòt peyi.

Montre m pito

Pechè, m abitwe ak ou.
Pa fè m kado ti grenn chak kou.
Ou sèmante
Pou pa montre m peche.
Ou refize
Montre m ranje privye
Ou ban m al plen kalbas
Men ou pa montre m tann nas.
Ou mennen m al achte
Men ou pa montre m plante.
Pechè, p ap ban m ti grenn chak jou
Men montre m kenbe tou!
Pechè, p ap ban m sèlman al plen kalbas
Men montre m tann nas!
Pechè, p ap annik mennen m nan mache
Men montre m plante

Pitit ak manman adoptif li

Pitit, manman sa a te adopte ou
Men ou konn vrè manman ou,
Yon lòt te adopte ou
Byen lontan
Men yo toujou gen yon rezon

Yon timoun pa ka gen
De manman
An menm tan.
Ti minè, timoun adopte, timoun gate!
E ki konplètman esplwate!

Gade frè ou yo kounyeya!
Van bwote yo
Timoun adoptif, yo te konn respekte lontan
Ini nou kounyeya!

Poukisa se Ayisyen?

Premye Pèp Nwa endepandan nan lemonn
Premye pitit Ewòp ak Afrik
Poukisa ou kote ou ye a kounyeya?
Poukisa se sou do ou yo lage tout chay?
Poukisa frè m yo ap mouri nan dlo?
Poukisa y ap maltrete yo Gwanntanamo?
Poukisa se nou yo di ki pote sida?
Poukisa yo pa vle san nou?
San nou ki te koule
Pou bay lòt libète
Poukisa se Ayisyen yo meprize?
Poukisa se nou yo bay vye chay pote?

—Emmanuel W. Vedrine tire de koleksyon Kri pou liberasyon

Powèm pa Doumafis Lafontant

Fam-G

Lion Imaginaire —pa Fontenelle Pointjour

Sanba sou wout ale achte oun bouke
Rive l rive
L ale nan pigran boutik la
Rezon an se si lap gen pi bèl flè
Kado l te panse bay
Sole ala bèl flè
Youn pi bèl pase lòt
Kouman pou l fè chwazi
Li douvan problèm grav chwa
Yo di rose pi bèl
Men li pike
Kanasyon pi chè
Men li pi bèl
Kanta pou lili
Pa gen fanm ki pi bèl pase li
Li klere
W ta di soud
Se blan
Agaman tout koulè
Fas a divèsite li pap janm gen ase
Si se flè l ap souse
Youn pi dous pase lòt
L ap ale de flè an flè
Janmè satisfè
L ap voye flè

Olye Sanba voye oun bouke
Aranje ak flè tanporè
Dire kout
Dayè, bouke mande tan
Atansyon
Dlo
Sole
Malgre sa lap fane
Anyen pa pi lèd pase flè san odè
Se pou sa l ale nan jaden
Nan Ginen
Jaden oun chan siyifikasyon
Lavi senkwonize
Tout moun se moun
Tout moun gen valè entrensèk
Nan oun sans,
Etranj
Ginen nan li siyifi enfini
Kont rakonte
Tout moun konnen tire kont
San kòmansman,
San fen
Fè kè panse vid
Leje
Pou kò pa neye nan jalouzi

Olye oun bouke flè
Fas lavi, lanmò
L ap ofri jaden senbolik Franginen
Verite k ale nan fon
Epitou Dawome
Yowouba
Gedevi
Inyon pèdi reparèt
Lang madichon ranvèse
Kont te sispann kontinye
Si pat gen Ginen
Se t ap separasyon
Konfizyon
Divizyon
Pat ap gen valè nan li
Pawoli tap san valè
Fam-Ginen cho
Sanba chante flanm yo
Je klere kou bòbèch
Sole ala bèl Fam-G
Fòk w fè lanmou ak oun Fam-G
Pou w konnen gou dyòl w
Fam-G gen oun vire ren
La grand pwisans
Otofonik pa sonnen pi dous
Se pou Fam-G kè Sanba jwe

—Doumafis Lafontant 2008

Powèm pa Clenier Guillaume

Lavi Nouyòk

Lavi Nouyòk se griyen dan
Lavi Nouyòk se depaman
Lavi Nouyòk konn fè moun fou
Lavi Nouyòk pap ret ak nou.
Tout moun gen foli vin Nouyòk
Menm sa kap plante manyòk.
Anpil nan frè n yo pran kanntè
Yo di yo bouke travaye tè
Yo nwaye nan gwo dlo
San yo pa menm gen tan wè rèv yo.
Gen lòt ankò ki vin ak viza
Nan lòd pou respekte lalwa
Di yo vin vizite
San yo pa menm mande ale.
Yo vin anpile pil sou pil
E mete sou tèt yo gwo chay bil
Kap fè yo fè move aksyon,
Sa fè m mal pou monnasyon
Yon bagay mwen pa ka konprann
Eske lavi Nouyòk pou vann?

—Clenier Guillaume

Powèm pa Guamacice Delice

Fafa

Sa w wè a se lannwit
Li pat janm lòt bagay
Pèsonn pat gen tan wè dife nan nen bèf

Bato a pat janm jete lank
kouman pou n ta pale de lage kòd
Tout neptin gen pou fè nofraj
Nan fouk Miragwàn
Tout la Belle Gonaïvienne gen pou peri
andedan fant zòtèy Port-au-Prince

Ni latibonit ni twarivyè
Pa menm lagrandans
Pa pale de laravin

Sa w wè a se fènwa
Li pat janm lòt bagay
Se pa jodi dominiken ap foure men
Andedan lalwèt latibonit
Pou rale trip li bout pa bout
Se pa jodi bourik pa ranni ankò
Lè solèy rive nan plenn syèl
Men rèv ak reyalite pa makònen pou sa
Chen toujou ap tranpe kasav bay lavi
Men sa pa vle di tou manti vin pi fon pou sa

Nan memwa m gen yon twouyin
Ki pa kite anyen chape
Souvni pa m se yon vòlkan
Erezman l pa an aktivite
Depi yon tranblemanntè
Te fè fon ak vil Cap-Haïtien

Saw wè a rele lannwit
Li la depi yon van tanpèt te grennen
Tout reyon solèy midi jete yo nan fon lanmè
Li la depi Saint-Joseph te rale
Boulevard Jean-Jacques Dessalines tankou yon lyann
Jete l devan kochon
Li la depi yo te boule batistè
Aewopò François Duvalier
Jodi a se gras ak yon akbatèm lap debat

Bò lakay Yo di lanbouchi
Se lè lanmè kole bouch bò kòt latè
Pou l souse san l

Ginode ak Maro ap kale kann
Men yo pa janm goute siwo
Zilblan ak Dlo Bouyi ap kale kòk pou po
Lagrandans menm ap banboche nan gòlf la Gonave
Kouman pou lavi pa gen migrenn

Fanm pa m se yon bouji toulimen
Chak swa l jape nan tèt mwen avan l tenyen
M pa gen pou m panse ak zetwal
Ki al kouche san di m babay
M pa gen pou m okipe m de lalin
sil fè yon pitit chak mwa
Antouka se pa mwen kap gwòs li

Saw wè a se pa menm lanjelis
se pa pwoblèm pa m si se mèt minwi
Bato a pat ni akoste ni lage kòd
Vi prive l sil ta koule dèyè do laverite

Ou pa wè kantite tach ki gen sou figi syèl la
Zanj yo pa wè nesesite ankò pou wete soulye
Lè yo sot valkande.

Je t’ai rencontré comme un malheur
J’en garde un volcan comme souvenir
Tantôt il explose tantôt il dort

—Guamacice Delice

Powèm pa Fred Edson Lafortune

Ann al lazil...

ann al lazil cheri
ann al gade plezi lavi
ann al gade kantite rèv
k'ap mi sou pye
arebò galèt rivyè Sèpan

na jouke lavi bò granchimen
na gade lavi nan je
nou pap pale
nou pap di anyan
nou pap fè tèktègèdèk

ann al lazil cheri
na monte mòn Oko
na kase fèy kouvri malè
na tire lobe
na ouke zanj nan dlo
na trase vèvè
na danse marinèt
na vole lougawou
na mare lapli nan pwent jipon
pou nou ka pran lannwit daso

ann al lazil cheri
posesyon zetwal pral kòmanse
kay grann Milo se repozwa

ann al avè m tanpri
na oule sèso
na bwè kokoye wole
na kouri byen lwen
tankou de timoun fwonte
chache lanmou nan fetay kay

na voye pikwa
na bite tè
konsa konsa na bwote dlo
pou nou wouze biskèt solèy

na plante pwadchous
na dòmi reve je klè
nou prale byen lwen
na kache dèyè yon touf powèm rak bwa
tankou de moun fou
pou n voye wòch
kase tèt lanmou

paske mwen renmen
jan ou rayi
mwen renmen
jan ou renmen

ann ale vit cheri
na tire kont ak sa n pa wè yo
na jwe marèl
ak flè dizè
na jwe titato
ak mouche loray
na fè bagay ak konsyans nou
na lanbe bouda rèv nou

ann al lazil cheri
lazil se peyi manman m
se la timoun yo twoke rèv yo
ak douvanjou
pou yo ka pran lalin nan pyèj

se la depi nan tan benbo
bayawonn pouse bò gran chimen
pou resevwa larèn chantrèl

lazil se peyi solèy
se la m sere souvni danfans mwen
se la m sere sekrè foli m

men...
dèyè do lanmè
yon kannòt chavire

—Fred Edson Lafortune Ekstrè nan rekèy Pwenvigil, Pari, 5 novanm 2007

Powèm pa Tontongi

Pwezi libète, libète pwezi

(dedikase pou Frank Larak)

Pwezi se libète lespri
ak vagabonday santiman
pwezi se yon toubiyon
anba nwaj pou sove klate
janjanbrèt nan lendi maten
siwomyèl sou kabann lopital.

Li se libète pou di sa ou vle
rele anmwe devan Palè Nasyonal
mande pou Leta respekte lalwa
rele pou Lachanm sot nan antichanm
pou koukou sispann klere pou je pa yo
lè toupatou ap grennen bay avèg.

Pwezi se silans bouk anvan solèy leve
ze bouyi ak pwason nan Vandredi Sen
Chalmay Peralt ki pran zam
Defile ki pran rès kò Desalin
Kapwa Lamò ki rele «En Avant».

Pwezi se banbòch nan Rivyè Fwad
gouyad nan rara Leogàn
peche konfesyon monseyè
devwale anba limyè sou Chandmas.

Pwezi se libète lespri
kontenjans espèmatozoyid
defi bay kapris destine
kokobe ki pran highway
abitan ki fè panzou sou Bisantnè
vivi chay nan do ki pran losti
jekwazandye ki bay lesperans.

Pwezi libète se libète lespri
plonjman temerè nan zafè k regade l
delivrans madichon anba zèsèl lachans.
Li se rebelyon kont lavi chè
laglwa bannann mi ki tronpe dan pouri.

Libète pwezi se leve-kanpe
kont pri gazolin ak yon mamit mayi
se kwelekwekwe pou silans pa genyen
nan kwaze epe avèk mès Jakalyè
se laviwonnbadè lespri nan van lib
jwisans nan lespas zèl zwazo vole.

Pwezi libète se renmen yon moun
pou sa li fè oubyen sa li di
pou lanjelis louvri jou lapli
pou nanm li sove de giyon dezesperasyon
pou rizyè li plantè pou kwape grangou.

Pwezi libète se pwezi jou leve
pwezi je klere pou siyale kribich
pwezi libète se renmen yon moun
pou kalite zèv li olye pou ak kiyès li kouche
pwezi libète se pa fè latriyay ki koze
ki merite lansman sou lotèl endiyasyon
se limen bouji tout kote ki fè nwa
se louvri tout pòt malfini met sou kle
pwezi libète se pwezi pou libète pa mouri.

Kwizin kreyòl pou lajwa nan lapenn

Desè janjanbrèt
apre mayi moulen
kuit ak lwil doliv
mawonnen nan aransò
degiste ak zaboka
plis sòs kalalou nan poul,
se te koupedwèt, mezanmi!

Nou te bwè tou dlo kokoye
nan yon tibouk nan Leogàn
koupe anba je swaf gozye
se te yon lanjelis
ant dènye klate jou kouche
e envazyon Mèt Lannwit.
Rive lakay lanbi boukannen
nan pikliz fin kwafe jwisans.

Se te jou lantèman manman m
moman kè dezole t’ap chache
yon nanm jwaye pou layite
yon ti lesperans anba kontenjans.

Jill ak Jonah te la tou
Zanmi Malèb ak Lèlèn te la tou
ansanm ak tout pitit an yo
anvan yo dekwape yo lòtbòdlo
ti inosan san fason.
Nou kondi anba vant mòn Jakmèl
e retounen pou n al lakay
anba zèsèl swadizan sekirite
okipan LONI relaksan
je yo kale kou yon mistè danje
Ayiti ant de tan
ant fo pwoteksyon sekirite
ak dezolasyon jou lapenn.

(Ayiti, 28 novanm 2004)

Nouvo konsepsyèl, nouvo koze rèl

(dedye pou Wilner Auguste)

Se yon nouvo konsepsyèl
Nan kè Nwouanglanndè
Pitit Pè Toma ou ka wè
K’ap selebre valè eritaj yo
Pa yon sèl jounen
Men dire tout yon mwa
Pa nan yon sèl ti bouk
Men nan tout kè dyaspora.

Nan Gouvènè Sanntè
Anba vant vil Boston
Rive nan Blu Hil
Nan tèt Matapann Skwè
Ble e wouj simayen anpenpan
Tankou jipon Freze nan jou nòs
Monte sou ma anba solèy briyan
Benyen alinison nan chan patriyotik
Parad twonpèt, bagèt, senbal ak bas
Cha kwafe avèk rèn ak rwa
Donasyon mezondkomès an fèt
Defile sitwayen dèyè gwo bandròl
Ofisyèl sou podyòm diskou bèl okazyon
Se yon laglwa toudmèm
Pou yon pèp deplase
Rasin li simayen nan tout kwen latè
K’ap chache sans koutpye malfezans.

Se yon nouvo konsepsyèl
Nan kè dyaspora lòtbòdlo
Botpipol sousezo apre zo kraze
Pou wè mwa eritaj yon nasyon
Kolon te chache efase sou latè
Lamizè ak kout baton te kwape.

Sa te fè plezi pou te wè
Jèn fi ak jèn jan k’ap chante
«Pour le pays mourir est beau»
Se te yon laglwa pèp vanyan
Nanm yo te vle detache de kò yo
Regwoupe pou chante e rele
«Demain la gloire d’Haïti».

Se yon nouvo konsepsyèl
Ki bon pou zòt ta ka vin rekonèt
Ke valè pèp vanyan reklame ki pa li
Yon grenn mwa se sèlman yon degi
Pou yon esplandè ki enspire byenfè.

Se yon nouvo konsepsyèl
Pou predestinasyon tounen aksidan
Pou Mèsidye gen mo pa l
Pou tant Matid mouri nan vye jou l.

Se yon nouvo konsepsyèl
Pou Obama kandida ki ka la
Menmsi manmzèl Hilary di se tou pa l
Menmsi kouzen l toujou ka tounen toupi
Anba men gwo bacha vestonnen Washington
Ki pa kwè nan Vox Populi Vox Dei.

Se yon nouvo konsepsyèl
Pou ginen retounen pou kombit
Sitou pou sa yo ki paka la.
Se yon nouvo konsepsyèl
Pou Latibonit vin bay diri jasmen
Pou malere malerèz jwenn mayi
Ki pat gentan tounen gazolin tèt nèg
Sou mache koupe tèt ki pa gen
Zaboka, pitimi, pwazon wouj, poulaye
Pou konbat klorox grangou madichon te kite.

Se yon nouvo konsepsyèl
E sa fè plezi pou w te wè
Gen sa yo ki t’ap chante
«Pour le pays mourir est beau»
Se te laglwa dyaspora ke nanm yo
Regwoupe pou chante e rele
«Demain la gloire d’Haïti»
Demen laglwa yon pèp libere
Ki mande pou tout manm reyini
Tounen yon sèl ansanm nan solidarite.

Se yon bon devlopman konsepsyèl
Pou moun ki grangou desann nan lari
Pou premye minis tonbe anba rele anmwe
Pou prezidan di yon mo nan koze k regade l
Pou abitan replante sou mòn po tèt kalbas
Pou tout peyi a ap mande repanse lavni li
Kou yon chimen manch long pou lavi miyò.

Se yon bon konsèp koze rèl
Pou pawòl yo pale ogranjou
Pou diri ak ti wòch mennen byen
Nan frechè lasous kou sou tab gwo bacha.
Se yon bon retounman linivè kosmotik
Pou mayi ak pwa nwa pouse ann Ayiti
Pou solèy leve sot nan Dominikani
Pou zonbi goute sèl
Pou chan debwaze rebwaze
Pou langèt manman pa tounen jouman
Pou tibebe souri san pedi inosans
Pou moun sove lòt
Pou lavi vin gen vi.

—Tontongi jiyè 2008, ekstrè de Powèm ak esè pou rezistans e pou lape, ki gen pou l parèt nan ivè 2008

Powèm pa Edner Saint-Amour

Mèt dije

Ayisyen ap fè lachas
ayè se te makout
jodiya se lavalas
ribanbèl deran sou rout
2
Ayisyen ap fè lachas
letranje ap jwe kontrebas
chaje tèt pouse men
pou fè maskarad tenten
3
Poukisa yo pa mete tèt ansanm
mete kanpe yon sistèm jidsyè djanm
Poukisa yo pa sispan pouvwa malis
aplike lalwa pou simen lajistis
4
Poukisa yo pa desann envesti lakay
kreye travay desann mòn to chomay
konsa lespwa ta louvri je kon solèy
zonbi ta sispann pran roulib nan sèkèy
5
Moun tounen balon ron zôt af fè pas
makak fistibal revolve pou fè lachas
dan pou dan je pou je
letranje sèl mèt dije
6
Grenn je m kale kon lalin mas
ap gade zòt kap fè lachas
yon jou pou chasè, yon jou pou jibye
konsa anyen pap janm rive chanje

(jwen 2006)

Toro

Mwen konnen ou se toro gason
Nan ranvèse pouvwa madichon
Mwen konnen ou se toro chanpyon
Nan dechouke pouvwa represyon.
2
Nou te dechouke blan kolon
Ki vole gaguè bout lòt kanton,
Ekri non nou nan kaye limanite an gran jan
Kòm premye repiblik nwa endepandan.
3
Mwen konnen ou se toro lanfè
Ki ranvèse dechouke rejim militè
Ki tap fè de bò bounda jwe jon
Anba koko makak kout baton.
4
Pouvwa monte pouvwa desann
Ayisyen toujou ap pran gagann
Pouvwa ale pouvwa vini
Vyolans represyon pa janm fini
5
Se lè pou chita fè yon ti refleksyon
Mete lespri nou nan lòt direksyon
Bwase kat pwoblèm yon lòt fason
Nan rout lojik pou jwenn solisyon

Jistis bann lougarou

Nan yon ti bouk ki pat gen anpil abitan
Yon lè tout moun te kanpe sou deran
Bri nouvèl la nan tout katye te gaye
Yon ti fi douzan yo jenn gason te vyole.
2
Nan mennen anpil gwo ankèt
Sou zak vyòl la ki te fèt
Yon jenn gason venn senkan te akize,
Jan te anba kòd minote arete.
3
Jou misye tap jije nan tribinal
Mezanmi se pat ti eskandal.
Tribinal te chaje moun kon leba
Menas kout je te fè Jan rete gaga.
4
Brijit di se Jan menm ki te vyole li.
Jan menm di jou sa a mwen pat isit.
Konsa jij te voye ka a devan medsen
Pou fè tès ADN ki vle di tès sangen.
5
Rezilta revele se pa misye
Konsa Jan te lage libere.
Kòm Brijit kenbe menm mo se misye
Yon bann moun te pran lari rele anmwe.
6
Nan lapremidi, sou yon galeri, Jan te kanpe
Yon pil moun vin parèt, rale misye, mete dife.
Tout kò Jan te boukannen tankou taso
Pyès lòt moun pa te kapab di yon mo.
7
Twa mwa apre zak sa a verite ya te revele.
Yon nonm te ale legliz pou konfese peche
Misye di: Monpè, mwen te vyole yon ti fi
Sa ki lakòz menm gen lòt moun ki mouri.
8
Lè lafòs popilè pi fò ke lajistis
Pafwa sa ka kondui nan lenjistis.
Lanmò Jan ki te mouri anba dife
Se yon prèv tout moun ka temwaye.

Deus ex machina

Pawòl monte fè pil sou pil
Aksyon menm zerobare nil.
Yo chita tann avèk espwa
Yo kwè nan: Deus ex machina.
2
Pawòl monte ap fè bann
Aksyon pran rout desann.
Yo chita tann avèk espwa
Yo kwè nan: Deus ex machina.
3
Pawòl monte bit sou bit
Aksyon pran rout chire pit.
Yo chita ap tann avèk espwa
Yo kwè nan: Deus ex machina.
4
Pou viv moun dwe aji
Nan dlo moun naje pou soti.
Aide-toi le ciel t’aidera
Lavi chita nan men debouya.
5
Aksyon se motè yon peyi
Lalwa se volan yon peyi
Pou viv moun dwe aji
Nan dlo moun naje pou soti.

(20 février 2004)

Lachte

Politik pakoti de grenn gòch
Pou patat tout moun ap voye ròch
Politik zandò devandèyè
Pou patat tout moun ap kwaze fè
2
Devan vant vid tèt chaje kolik
Politik tounen mistè biolojik,
Anba tonèl gwo rasanble
Diskou dis kòb nan pòch pou manje
3
Tout bagay sa yo se pa nouvo
Depi dikdantan nou konnen yo.
Divalye te ban nou gwo leson:
Twa B, baton, bouyon, bwason.
4
Baton pou lennmi
Bwason pou zanmi
Bouyon pou moun pa
Politik se konsa.
5
Moso pen ki bay pouvwa kanzo
Moso pen ki mennen nan tonbo.
Nou konnen Papa Dòk te ekri
Revolisyon manje pwòp pitit li.
6
Yo mande poukisa poukisa
Pouvwa pouvwa fonksyone konsa.
Papa Dòk di nan lang blan franse:
La reconnaissance est une lâcheté
7
Lòm se yon enstriman politik
yo itilize pou atenn objektif,
apre yo jete nan fatwa pay
san lapenn san pitye san lizay.
8
Yo mande poukisa poukisa
Pouvwa pouvwa fonksyone konsa.
Papa Dòk di nan lang blan franse:
La reconnaissance est une lâcheté

(9 jwen 2005)

Nouvo Testaman

Pou mwen mizisyen palè
fòk mwen pale anglè
Pou mwen yon nonm debyen
se pou mwen meriken
2
Meriken mwen vle konnen kouman
eske se yon nouvo koudmandman
Meriken di mwen non kouman
ou pral mete m Presidan
3
Meriken mwen vle konnen kouman
eske se yon nouvo koudmandman
Eske mwen se pakpala
ou pral kouronnen rwa
4
Meriken mwen vle konnen kouman
eske se yon nouvo koudmandman
Eske mwen se las koupe dis
ou pral mete mwen minis.
5
Meriken mwen vle konnen kouman
eske se yon nouvo koudmandman
Eske mwen se kandida prefere
ou pral mete depite
6
Meriken mwen vle konnen kouman
eske se yon nouvo koudmandman
Eske mwen se grenn kandida
ou pral nonnmen majistra
7
Meriken mwen vle konnen kouman
eske se yon nouvo koudmandman
Eske mwen se lòm pwodij
ou pral kouronnen jij
8
Meriken mwen vle konnen kouman
eske se yon nouvo koudmandman
Eske mwen se gran seyè
ou pral kouronnen senatè

(1 jiyè 2005)

Ansyen testaman

Menmsi nou pa gen menm san
nou tabli sou yon menm kontinan
menmsi nou pa gen menm desten
nou pa lennmi nou se vwazen
menmsi zetwal nou pa parèy
nou kalewès sou menm solèy
menmsi Ayiti nan karayib
nou benyen nan lamè pasifik
menmsi antre nou gen zizani
fè w konnen nou pa lennmi
menmsi pase separe nou
prezan ak fiti nou ini nou
si ou pat nan ego ki ba ou lògèy
ou tap wè ak de je anpil mèvèy.

Pou lapatri

Kòm mwen se moun arebò lisyè
mwen te la kòm senp obsèvatè
ap suiv tout kotidyen aktyalite
nan kout chapit nouvèl ki tonbe
2
Mwen pa te genyen modepas
pou mwen te manm Lavalas.
Mwen pa genyen seri ni kle
pou mwen te manm MPP.
3
Yo mare frape batay goumen
tout moun te kanpe sou zen
Yo tonbe frape goumen batay
tout moun te kanpe sou gogay.
4
Moun sou deran nan chak kan
ap suiv blakawout lespri klan
dans rabòday frè toupizi frè
dans ribanbèl sè toupizi sè
8
Papa menm kraze djòl manman
rive menm rache de grenn dan
Parenn bat marenn ak kout sandal
mennen l menm sou kabann lopital.
9
Yo te pèdi bonnaye nan lespri pati
yo pat janm wè ni Peyi ni Patri!
Letranje profite roulib envasyon
Ayiti tonbe anba roulèt okipasyon.
10
Koulyeya yo rele: Patri nan danje
an nou kole tèt ansanm fè ronble.
Jodi sòlda letranje kouri soti
demen konfyolo lespri pati.
11
Mesye, goumen men sonje demen
mesye, batay men sonje demen.
Lespri klan pa dwe rann avèg deje
nan pwen pou vann Patri nan mache.
12
Si nou te ka rive kwè nan lwa
ki bay chak moun yon moso dwa
Ayisyen tap respekte Ayisyen
Patri tap gen yon meyè demen.

Mizik Sida

Danse kita danse nago
apre dans tanbou lou
Danse kita danse nago
apre dans tanbou lou
2
Se konsa nan katye senmichèl
yon jennonm tape pale sèl
Misye tap mache ale vini
devan yon arè otobis
3
Mwen proche bò kote li, mwen di
monchè, koze pa gate zanmi
men kisa ki pase
gen lè tèt la chaje
4
Misye mete koze atè
li te di mwen, monchè
se avèk yon ti jenn manmzèl
mwen tap pran plezi ribanbèl
olye li jwe mizik sou SI DO
li jwe mizik pa li sou SIDA

—Edner Saint-Amour

Powèm pa Jean-Dany Joachim

Tan Lontan

M sonje yon tan lontan, pa twò lontan
Moun kafou te konn ri tanzantan
Sa pa vle di se te bon tan
Men se te yon jan pou chache kè kontan

Madan Manno machann pwason
Ti matant ap vann tranpe
Madan Gabriyèl, machann Wayal
Tikout ap promennen kokonèt
Labapen cho se kay grann Siya
Lamveritab pa al nan mache
Bòs Masèl se chapant
Ton Pòl ap repike gougous
Ti Bòs pase sètifika
Tiwil apranti mason
Altagras ap taye pakoti
Mèt Jewòm se direktè
Madan Preval machann akasan
Kay madan Piwon gen limonad
Penti, lakrè, siman, pil
Lèt nan bwat, tout se kay pè Lejis
Grann Sina ap mande charite
Chak dimanch li bay lakòlèt
Mèt Jan se pastè
Gwolanmè se gangan
Ladouskivyen, zaboka mi, wowoli,
Mango fransik, madan blan
Tout bagay sanble ta prale
Nanpwen tan pou men nan machwè

Yon tan montan, pa twò montan
Moun kafou te konn ri tanzantan.

Leta

Onè leta
Respè leta
Chapoba leta
Jouk atè leta
Pou toutan leta
Chita
Chita chita w leta
Jouk kilè leta?
Ou pa ret ak moun leta
Ou pa dwe moun leta
Ou pa dwe pèsonn leta
M mèt pale leta?
Souple leta
De mo leta
Kisa m ka di leta?
Mèsi
Mèsi anpil leta
Wi lita
Kilè leta?
Avozòd leta
Lajounen tou leta?
Oke leta
Pouki leta?
O eskize leta
Fè pa m leta
M fè kwa leta
Jamè leta
Jouk m al anba tè leta
Non leta
Pa gen dezòd leta
Anpil diskou leta
Bravo leta
Yo kontan leta
Ki mele w leta
Ou gen pouvwa leta
Anpil jistis leta
Fizi leta
Mitrayèt leta
Lafimen leta
Baton leta
Yo kanpe leta
Ya chita leta
Men wi leta
M tande leta
Ou nan konplo leta
Janbe fil leta
Panzou leta
Paspò leta
Kamouflay leta
Se vre wi leta
Men non leta
Pa mare min ou leta
Se demokrasi leta
Yo dwe pale leta
Jisteman leta
Yo gen dwa sa leta
Se pitit kay leta
Pa gen bosal leta
Pa fè sa leta
Lage rara leta
Manje chè leta
Pran san ou leta
Pa fè erè leta
Wa pike leta
Pa manyen m leta
Ou gen fanmi leta
Tan an pare leta
Li twò ta leta
De may
De may leta
M bouke atò
Konprann ou leta
M pat manje pwa leta
M fout granmoun leta
M ka anraje leta
Pran men ou leta
Pa gen tire leta
Debride m leta
Abi
Abi leta
Souple leta
Bèl gason leta
Dakò leta
Se sa leta
Oke leta
Yas leta
Kalma leta
Doula leta
Dou
Tyoule kò w leta
Fwenk.

—Jean-Dany Joachim

Powèm pa André Fouad

Alafoli foli m

Mwen kole mo m
Ak lanmidon tan an
Yon ti tan anjanmdebwa antoutboulin
Sou fil gita anbwa m
Nan tout lodyans granmoun
Nan tout K-7 mizik mwen tande

Alafoli foli m
Foli m alafoli foli m
Foli m

Yon lanp ki doubout san gad dèyè
Yon plas dlo pou n pase alafoli
Foli m alafoli
Nan chak très cheve m:
Foli m

Fènwa

Ou tenyen souvni m
Nan labrenndiswa lanmou
Mwen bite yon lòt kote
Depi jou sila
Kote mètrès lanmè
Rantre nan kokiy li

Retay

Kè sote
Pawòl fè vlen
Sou etajè solèy mache anba
Kè m pran koule
Nan grèp kat sezon

Dèyè mòn

Dèyè mòn toutouni
Foumi brase nan ladoudous je fèmen
Pandansetan
Lalin ap file lang li
Bay latè

Vire tounen

Vire tounen
Sou menm tenpo a

Tout zwazo vole jan yo vle
Tout kavalye lage pa
Jouk bouk sentiwon yo klere kou dife

Vire tounen
Mwen gade toupatou lavi
Nan kwen je l
Se yon ti lari Pòtoprens sans inik
San poto elektrik
Ki kouri di m bonjou
Ak yon bann ling solèy midi
Sou ti kadav kò li

Sou wout lapli

Yon ti farinay lapli
Danse nan tout kò m
Yon ti gout lawouze
Reyini dlo nan fon kè m
Mwen chèche peyi m
Mwen pa fouti wè pòtre l
Mwen chèche yon ti kantik dantan
Mwen pa fouti tande yo ankò

Yon ti farinay lapli yon mizè anplis
Yon boul nyaj
Yon ti farinay lapli yon pawòl anmwens
Yon ti souvni yon gwo souvni
Yon ti farinay lapli
Mwen chèche rèv lèzòm
Pou m ta bay legzistans chak flè sou latè
Yon rezon pou viv
Pou lavi fiti
Yon ti farinay lapli yon chans anmwens
Yon ti farinay lapli
Gen yon bann pawòl sekrè sekrè
Lari pa janm kite n konnen
Yon ti farinay lapli
Yon chimen anplis

Tras

Debri zetwal yo

Rete nan glaje m

Ti tak san

Ti tak foli m

Ti tak debri

—André Fouad tire de Etensèl mo m yo, 2007

Aller au sommaire de ce numéro de Tanbou/Tambour, Automne 2008

Tanbou Home Page  |  Table of Contents  |  Send your writings and your letters to: Editors@tanbou.com