Aller au sommaire de ce numéro de Tanbou/Tambour, automne 2008.

Page d’accueil  |   Sommaire de ce numéro  |   Contribution de Texte et de Courrier: Editeurs@tanbou.com



Prensip separasyon pouvwa nan Atik 158 Konstitisyon an

—Remon Jisten

«Que chaque bourrique braie dans son pâturage!» —Nissage Saget

D

emach nèf (9) Senatè ki egzije Prezidan Repiblik la anile arete li pran ansanm ak Premye Minis lan pou nonmen manm nouvo kabinè minteryèl la mande pou nou fè yon kout je kole kole sou Atik 158 Konstitisyon 87 la nan pèspektiv prensip separasyon pouvwa ki konsakre nan Atik 59 ak 60 yo.

Li fasil pou konprann poukisa Senatè yo sou kiviv, sitou lè nou sonje kijan Konstitisyon an pa gen bèl lè ak Prezidan Rene Preval ki tanzantan ap tchwipe li, twaze li, ba l pote chay li pa reskonsab. Toutfwa, Atik 158 la pa sanble pi difisil pou moun konprann pase sa, ni an fransè ni an kreyòl. Anfèt, atik la pa te kab pi klè lòske, anlagan, li di an fransè: «Le Premier Ministre en accord avec le Président choisit les Membres de son Cabinet Ministériel et se présente devant le Parlement afin d’obtenir un vote de confiance sur sa déclaration de politique générale.»

Nan fraz sa a, nou ka mete aksan sou twa gwo pwen. Premye pwen, se de (2) grenn moun sèlman Konstitition an bay dwa chwazi manm Kabinè yo: Premye Minis lan avèk Prezidan an. Dezyèm pwen, se apre Premye Minis lan fin chwazi manm Kabinè li yo (remake pwonon posesif «li» a), li prezante devan Palman an; kidonk Kabinè a okonplè fin monte nan moman Premye Minis lan parèt devan Palman an. Anfen twazyèm pwen, vòt konfyans Premye Minis lan al chache nan men Palman an se sèl pou deklarasyon politik jeneral la, se pa pou manm Kabinè li yo. Palman gen dwa apwouve oswa dezapwouve politik jeneral la; li pa gen dwa di Premye Minis lan li pa vle tèl ou tèl minis. Atik 60 lan klè sou pwen sa a: okenn nan twa pouvwa yo pa ka wete yon tiyen nan travay li dwe fè pou bay lòt yo fè l pou li, ni anpyete sou reskonsabilite lòt pouvwa yo piske chak pouvwa sèl reskonsab zak li poze. Sekifè, Atik 158 la bay ni Pouvwa Ekzekitif la ni Pouvwa Lejislatif la wòl yo chak apa nan posesis mete Gouvènman an sou pye. Se vre li toujou posib pou kèk palmantè fè chantaj sou Egzekitif la, menase pou yo vote kont politik jeneral la si Kabinè a gen tèl minis yo pa vle oswa pa gen tèl minis yo vle, men sa a se yon vyolasyon karebare Atik 60 Konstitisyon an, pwiske palmantè sa yo anpyete san vègòy sou privilèj Egzekitif la.

Kanta pou vèsyon kreyòl Atik 158 la, se dlo kokoye. Li kase premye fraz fransè a fè de bout dekwa pou li dezantòtye de diferan lide ki anndan l yo: chwazi manm Kabinè yo ki se privilèj Premye Minis lan avèk Prezidan an, epi apwobasyon politik jeneral la ki se privilèj Palman an. Nan tout demokrasi, prensip separasyon pouvwa egzije mòd fòm demakasyon sa yo. Pou verifikasyon, men sa vèsyon kreyòl Atik 158 la di: «Nan konsantman li genyen avèk Prezidan an, Premye Minis lan va chwazi manm Kabinè li yo. Li va prezante devan 2 Chanm yo pou li chache jwenn konfyans yo sou deklarasyon politik jeneral li vle mennen.»

Si nou dakò Konstitisyon an bay Egzekitif la plen dwa pou l chwazi manm Kabinè li yo san entèferans bòkote lòt pouvwa yo, li rete mwèt sou kilè egzakteman arete nominasyon an dwe pran fòs. Sa ki valab pou nominasyon Premye Minis lan (paske Konstitisyon an separe reskonsabilite chwa sa a egal ego ant Palman an ak Prezidan an) li pa valab pou manm Kabinè Ministèryèl yo paske se Premye Minis lan ak Prezidan an sèlman ki gen reskonsabilite chwazi yo. Agiman nèf (9) Senatè yo konmkwa se Palman an ki bay Gouvènman an egzistans legal la, li pa chouke okenn kote nan Konstitisyon an. Okontrè, Gouvènman an, antanke youn nan de (2) pati Pouvwa Egzekitif la (Atik 133), pran sous legalite li dirèk dirèk nan Manmanlwa peyi a. Anplisdesa, pou agiman sa a ta valab fòk dèke yon Gouvènman ta fin resevwa vòt mefyans nan men Palman an li ta sispann fonksyone legalman. Sepandan nou wè Atik 165 Konstitisyon an bay Gouvènman an dwa rete anplas pou li fè travay ki pa kab tann yo.

Kidonk tout jan jan ou vire li, arete prezidansyèl ki nonmen manm Kabinè yo pa yon vyolasyon Konstitisyon an pwiske Prezidan an ak Premye Minis lan pa gen obligasyon konstitisyonèl pou yo gen apwobasyon Palman an anvan yo rann chwa manm Kabinè yo definitif. Okontrè, Palmantè kap mande fòk Prezidan an anile arete nominasyon an se yo kap chache anpyete sou wòl Pouvwa Egzekitif la nan vyole prensip separasyon pouvwa Konstitisyon an konsakre nan Atik 59 ak 60 yo ki vin kore pi rèd toujou nan Atik 158 la. Se sa ki fè, anfinal, nap mande: eske nap kouri pou lapli tonbe nan rivyè?

—Remon Jisten Brockton MA, 30 Dawout 2008 rljisten@yahoo.com

Aller au sommaire de ce numéro de Tanbou/Tambour, automne 2008

Page d’accueil  |   Sommaire de ce numéro  |   Contribution de Texte et de Courrier: Editeurs@tanbou.com