Aller au sommaire de ce numéro de Tanbou/Tambour, Automne 2004

Page d’acceuil  |   Sommaire de ce numéro  |   Contribution de Texte et de Courrier: Editeurs@tanbou.com



Sou langaj ak idantite

—pa Tontongi

E

ske ou ka fonde yon idantite nasyonal lenguistik oubyen kiltirèl nan yon relasyon dominasyon yon lang pa yon lòt? Nan premye chapit liv sila a ki titre La problématique et son historique («Problematik la ak istorik li»), mwen montre foste ki kache dèyè idantite «frankofòn» yo kole sou non Ayiti ansanm ak ekriven ayisyen ki ekri an franse. Nan ka Ayiti, ekspresyon «peyi frankofòn» oubyen peyi ki fè pati de «Frankofoni» ki pretann Lafrans se «manman patri», yon pwisans bon samariten, ki pwoteje w e ki ap pote ba w «inivèsalism», se yon jebede, yon mistifikasyon. Reprezantasyon romantik yo fè de Lafrans ansanm ak kilti fransè a kòm swadizan yo se faktè ki lejitime lòt pèp, se yon wonga poud-nan-zye klas dominan Ayiti ak Lafrans yo met sou pye pou kontinye yon sipè-reyalite neo-kolonyal (nan sans marxis de yon sipè-estrikti) ki la pou mentni yon Ayiti endepandan sou dominasyon.

Echo du Lambi
«Freedom Dream», huile sur canvas, par Fritz Ducheine, 2000. Tirée de la collection poetry-painting Revolution / Revolisyon / Révolution… www.livlakay.com

Anplis, nou rejte avèk fòs nosyon ke ou ka fonde idantite nasyonal yon peyi—keseswa yon idantite politik, etnik oubyen lenguistik—apati de senk ak dis pou san de popilasyon peyi a. Se kòm ou ta rele Etazini yon peyi «espayofòn», «sinofòn» ouswa «arabofòn» paske gen yon minorite fò nan popilasyon l lan ki pale espayòl, chinwa oubyen arab. Se kouwè Yves Dejean di: «Pa gen ankèt ki pèmèt nou wè vrèman konbyen moun ann Ayti k’ap babye ann anglè e ann espayòl sèlman ap degaje yo nan lang sa yo, oubyen pale yo kouramman. Men ankenn obsèvatè ki gen bon sans pap ka deklare lang pèp ayisyen an se anglè, espayòl oubyen franse, sof nan dènye ka franse a kote yo jwe sou yon konfizyon ant yon lang ou batize ofisyèl e legal daprè volonte yon ti ponyen de sitwayen (Konstitisyon 1918 la, atik 24; e sa 1987 la, atik 5) e yon lang tout moun ki fèt e elve ann Ayiti pale (7 a 8 milyon). [tradiksyon pa nou de franse]1»

Se sèl yon reflèks neo-kolonyalis ki ka esplike deziyasyon Ayiti ak ekriven ayisyen yo ki ekri an franse antanke «frankofòn» olyede «kreyolofòn» kan ou konnen nonsèlman totalite popilasyon ayisyen an pale kreyòl, men tou plis ke katrevenkenz pou san ekriven ayisyen ki ekri an franse pale kreyòl kòm lang matènèl yo pale nan lavi chak jou.

Natirèlman, itilizasyon yon lang nan limenm pa bay idantite, men ou pa ka gen yon idantite literè ou lengwistik otantik nan yon sitiyasyon kote lang matènèl yon pèp oubyen yon ekriven entèdi, devalorize oubyen siprime. Idantite se pa tou yon senp deziyasyon oubyen idantifikasyon avèk yon reprezantasyon senbolik dominan. Li dwe genyen tou sa Jean-Paul Sartre rele yon «otantisite», sètadi yon estaj nan konpletid yon kretyenvivan k’ap viv libète l nan chwa li genyen.

Epitou, nan sans kache tèm «frankofòn» lan, li siyifi non inikman oun moun ki pale oubyen ekri franse, men tou yon antite lenguistik, kiltirèl e politik ki patisipe nan pwojè ejemoni kiltirèl e jeo-estratejik peyi Lafrans. Li siyifi adezyon nan «mission civilisatrice» neo-kolonyalis Lafrans, nostalji anvè glwa pase li, fwa nan yon kilti «klasik» siperyè, antouka, poze l kou yon altènativ, yon lòt «pèspektiv kilti» pou kontrekare itilitarism, materyalism ak globalism kilti dominan anglo-saksonn lan2.

Lang yon pèsonn oubyen yon pèp se pa sèlman bann son, siy, imaj e enfleksyon vwa; li se tou e sitou reprezantasyon de fonksyon, ran, klas oubyen pouvwa moun lan oubyen pèp lan ekzèse nan relasyon endividyèl, sosyal oubyen entènasyonal li genyen ak lòt moun oubyen ak lòt pèp.

Fondman teorik ak presedans

Tankou Jenèz Labib montre, saj ak mistik nan Loryan yo te deja dekouvwi sekrè relasyon dyalektik ki genyen ant langaj, pèsepsyon e konesans. Plis ke yon senp manifestasyon fizyolojik e sansoryèl, langaj gen yon alterite ontolojik, plizyè dimansyon absoli: li ka di bèl pawòl pou lapè, oubyen tou pou lagè, li ka deklare lanmou oubyen simen lapenn, li ka chante lespwa oubyen yon konsepsyon sinik sou lavi, elatriye. Donk langaj ka yon avantaj oubyen yon pyèj, yon afimasyon oubyen yon alyenasyon.

Nan liv li ki rele Langaj e konesans, filozòf Adam Schaff site Johann Gottfried Herder (1744–1803) ansanm ak Wilhelm von Humboldt (1767–1835) nan rechèch li pou li jwenn yon teori konsistan sou langaj ansanm ak «wòl aktif e fòmatè li jwe nan pwosesis konesans moun». Misye te pi patikilyèman enterese nan sa Herder vle di lè li di «sistèm lang nasyonal yon pèp fòme vizyon sou lemond manm nasyon an genyen». Schaff site tou Humboldt ki di «genyen nan chak lang yon vizyon mond la». Misye di: «Tout fason sijektif nou wè objè yo pase nesesèman pa nan jan nou chapante e itilize langaj. (…) Kouwè nou konnen sijektivite toujou makonnen ak yon pèsepsyon objektif, nou ka deja konsidere, endepandan de lang lan, tout endividyalite imen tankou yon pwendevi pwòp pou yon vizyon sou mond lan. Men vizyon sa a vin ranfòse pa langaj, paske koulyea mo a limenm vin tounen yon objè parapò avèk nanm moun lan, e li vin pote yon patikilarite siplemantè ki distenge l de sijè a si tèlman ke gen twa bagay ou wè nan konsèp lan: anprent objè a, fason sijè a resevwa li, e efè mo a pwodui antanke son lenguistik. Efè sa a mo a pwodui a nesesèman domine nan chak lang pa yon analoji konstan; e kou nou konnen tou nan chak nasyon gen yon sijektivite omojèn ki deja ekzèse aksyon li sou lang lan, genyen donk nan chak lang yon vizyon sou mond lan (…) Divèsite ant lang yo se pa divèsite son ak siy, men yon divèsite ant diferan vizyon sou mond lan.3»

San reponn yo konplètman, Schaff poze tout keksyon enpòtan ki jwenn ak dyalektik relasyon ant langaj ak idantite, jan relasyon pote-m-m-pote-w yo genyen youn ak lòt: «Eske yon sistèm lenguistik detèmine enfliyanse yon fason defini pèsepsyon ak konesans? Si wi, nan ki pwopòsyon sa rive?» Schaff mande. Misye anplifye keksyon sa a ak de lòt nan menm liy ide a: «Eske fason yon moun pèsevwa mond lan endepandan de fason li panse, kididonk sistèm lenguistik done nan ki moun lan panse a? Eske «fè brit», fè ki ekziste nan yomenm vrèman ekziste nan eksperyans, nan sans endepandans sansasyon pa rapò ak lòt eleman vi mantal oun moun, langaj pi patikilyèman? Si langaj enfliyanse pèsepsyon, pa konsekan totalite konesans imen, eske sa pa vle di diferan sistèm lenguistik bay diferan pwosesis konesans? Eske sa ka diferansye yon ‘vizyon natirèl sou mond lan’ sosyete a bay tèt li an menm tan l ap anseye manm yo yon lang?4»

Sa ki vrèman enterese nou koulyea, se pa rezoud deba sou relasyon ant langaj avèk panse e konesans, men jan de dega yon lang yo prete w oubyen yon idantite lamayòt, fiktif (fiktif nan sans idantite «frankofòn» yo bay Ayiti a) ka genyen sou ekilib mantal ak otantisite idantitè yon endividi oubyen yon nasyon. Edward Said, ki ekri anpil sou pwoblematik dominasyon kiltirèl ant kolonize ak kolonizatè, pa di anpil sou faktè langaj nan troma ak lapenn fè kolonyal koze. Nan liv li Kilti e enperyalism, yon liv trè enfliyan, Said pa konsakre ankenn chapit sou pwoblematik langaj, ou ta menm di li pa ekziste; li plase li de preferans nan kad jeneral dominasyon kiltirèl enperyalis: «Gwo lekòl kolonyal yo, pa ekzanp, Said di, te konn anseye a plizyè jenerasyon boujwazi natif-natal verite enpòtan sou listwa, lasyans e kilti. Yo tire de ansèyman sa yo konesans fondamantal sou lavi modèn, sepandan yo rete tèt soule depandan de yon otorite ki baze andeyò de yomenm.» Said di «ekriven post-kolonyal» yo (yon tèm nou pa trouve ki kòrèk) gen pou devwa pou yo «konsève pase yo» e anvizaje pratik ak «vizyon revize sou pase» pou yo ka met sou pye yon «fiti post-kolonyal» kote «natif-natal yo te fè fè silans yo vin pale e aji sou yon teritwa rekonki, nan kad yon mouvman rezistans jeneral kont kolonizatè.5»

Frantz Fanon, limenm, te rekonèt touswit nan koumansman liv li, Peau noire, masques blancs, nan yon chapit ki titre «Moun nwa e langaj» ke: «Pale se anplwaye yon sèten sentaks, metrize mòfoloji tèl ou tèl lang, men sitou se asime yon kilti, sipòte pwa tout yon sivilizasyon.» Apre l te obsève ravaj-dega «desounman» Antiyè yo nan metropòl Lafrans, Fanon di: «Nwa a ap santi l pi blan, sètadi pi prè yon moun tout bon, plis li adopte lang franse a. (…) Yon moun ki posede yon langaj posede anmenm tan an mond ki eksprime e enplike pa langaj la». (…) Antiyè nwa a, keseswa kiyès li ye [e kouwè tout kolonize] toujou sitiye tèt li parapò ak yon langaj.»

Fanon kontinye: «Nwa ki te frekante metropòl la te kouwè yon demi-dye», sejou l an Frans «transfòme l radikalman». Pou boujwazi nan Antiy yo limenm, Fanon di «li pa vle anplwaye kreyòl, sof nan rapò l avèk domestik li yo. Nan lekòl tijèn Matinikè a aprann meprize lang kreyòl la e manman yo rele timoun yo «tibanbann» lè yo itilize kreyòl. Wi, Fanon kontinye, fòk mwen prete atansyon ak jan mwen pale, se apati de limenm y ap vin jije mwen… Y ap di de mwen, avèk anpil mepri: li pa menm konn pale franse»—n ap ka ajoute tou ekspresyon Léon Damas lan, site pa Fanon, li pa menm konn pale «le français de France / le français du Français / le français français.6»

Fanon ekri preske tout zèv pibliye li yo an franse, obsèvasyon l yo pa soti donk de yon santiman anti-franse, men de preferans de yon ekzamen psichik an pwofondè an kalite psikyat Fanon te ye. Kontrèman ak «kreyolitis» yo jounen jodia7, ki fè de lang franse a yon fetich, Fanon itilize li tankou yon enstriman, men misye pat pèdi lòlòy li pou sa: «Pale yon lang, misye di, se asime yon mond, yon kilti. Antiyè a ki vle blan ap vin plis santi l blan plis li apwopriye enstriman kiltirèl lang blan an.» Fanon prezante objeksyon kont mo André Breton te anplwaye pou li te felisite Aimé Césaire nan entwodiksyon Breton te ekri pou liv Césaire a Cahier d’un retour au pays natal. Breton te ekri: «Misye se yon Nwa ki manye lang franse a pi plis ke nenpòt kèl Blan.» Fanon te trouve mo sa yo trè patènalis, pwodui yon rasism enkonsyan, paske li pat wè poukisa Breton te wè paradoks lakay Césaire poutèt bèl franse li ekri alòske misye te agreje nan Inivèsite.

Fanon sezi pwoblematik ki gen nan lang moun pale nan tout konpleksite epistemolojik li, li diseke tou maladi nan anatomi li e destabilizasyon li kreye lakay yon oprime. Echèl valorizasyon etnik e sosyal la te si tèlman desounen nanm oprime yo yomenm, ke yo analize Antiyè ki retounen sot nan metropòl la avèk anpil atansyon pou wè sil ka pale franse san fot oubyen si misye si yon blofè, Fanon obsève: «Lefètke pou Nwa ki retounen an vin adopte yon lang diferan de sa kolektivite li te fèt la pale te montre te gen yon dezoryantasyon, yon klivaj.» An metropòl echèl valorizasyon an pouse anpil Nwa yo itilize trikaj pou yo ka chanje plas, Fanon te lamante: «Lè yon Senegalè aprann kreyòl pou l fè tèt li pase pou yon Antiyè: mwen di sa se alyenasyon. Si Antiyè yo ki wè sa fè blag sou misye: mwen di sa se mank de konpreyansyon.8»

Konsènan «chwa» lang fanse a, anpil ekriven e pansè pwogresis ki anplwaye l motive pa yon estrateji endividyèl delibere pou sèvi de sa Jean-Paul Sartre rele «aparèy-a-panse ansyen mèt la» pou idantifye, denonse, devwale aryè-panse, malfezans ak alyenasyon kolonizasyon. Men kouwè Sartre di tou, tout bagay sa yo se «kaka nan zye» paske kolonizatè a «fè yon jan pou li rete yon medyatè avi» nan tout zaksyon kolonize a. Anplis, eske yo te vrèman gen chwa nan yon sitiyasyon kote altènativ la se anplwa yon lang non-ewopeyen ki ka kondane yo nan ekzil, nan yon ghetto entelektyèl nan sen pwòp peyi yo?

Ann di tou, pou defans yo, ke anpil nan ekriven ak pansè sila yo te enfliyanse pa metodoloji materyalis marxis la ki privilejye rapò pwodiksyon e echanj olyede medium kominikasyon ki anplwaye nan rapò sa yo. Kritik Karl Marx sou sipèestrikti kapitalis e kolonyalis la pa enkli ladann l dominasyon lenguistik; li jije ide ak konsepsyon ki fonde e jistifye eksplwatasyon pi enpòtan.

Men pèp domine e eksplwate yo ki gen yon lang matènèl domine e ki oblije «kominike» nan yon lang etranje yo enpoze sou yo, pa viv pwoblematik la en tèm inikman de rapò pwodiksyon; yo viv li tou nan sa mwen ta rele yon desounman mantal e meta-sosyal, yon dezekilib psichik, yon depèviman ki demoli tout chans yo ta genyen pou yo vin yon moun ki konplè, tout chans pou yo vin viv richès bèlte zèl vole lavi, paske ravaj-dega dominasyon langajyè te antre nan zantray reprezantasyon idantite yo, e koze anpil troma ki anvayi santiman yo genyen de ki moun yo ye nan vi chak jou yo, sa yo pèsevwa e sa yo ta renmen ye. E moun sa a ki pèdi lapawòl vin pèdi nanm li tou paske li entènalize byenfonde kolonizasyon, e beni pwòp dekiltirasyon li tankou yon entèvansyon Lapwovidans ki te vin rann nesesè akoz de bezwen swadizan sivilizasyon ak pwogrè.

Konsènan sitiyasyon patikilye ann Ayiti, nou tout konnen wòl senbolik e pratik e predominans pwisans reprezantasyonèl pale franse genyen nan sosyete ayisyen an. Jean-Jacques Dessalines, ki pa te konn pale franse, te pwononse diskou endepandans la an kreyòl, men touswit aprè Boisrond Tonnerre te wè li nesesè pou l te pwononse Ak Endepandans la an franse. Daprè Maximilien Laroche zak sila te endike yon devyasyon enpòtan, yon kasaj, yon chanjman desizif parapò premye zak senbolik Desalines te fè lè li te chanje non franse Saint-Domingue pa non endyen Ayiti.

Pou lontan ann Ayiti, si ou pat pale franse ou pat konsidere anyen nan dinamik relasyon pouvwa reyèl nan sosyete a. Nou sonje tou lè nou louvri bouch nou nan klas e mèt oubyen madmwazèl lekòl la fè kè nou sote anba entèjeksyon: «Exprimez-vous!», yon entèjeksyon ki te fè nou santi tankou nou pat yon moun total-kapital paske nou pat gen dwa alapawòl, sètadi a pawòl pa nou, e non pa yon pawòl tronke, enpoze. Menm apre monte opouvwa Franswa Divalye ak tontonmakout yo, kote reprezantasyon pouvwa a te yon ti jan chanje ran oubyen klas sosyal oun moun, kote kèk moun te gen dwa de vi e de mò sou lòt moun, fòs senbolik e reprezantasyonèl pale franse pat janm chanje. Avèk tou preponderans pwisans global angle ak kilti anglo-saksonn lan vin pita genyen nan reprezantasyon pouvwa reyèl ann Ayiti, relasyon ant lang ak idantite patisipe nan yon relasyon de pouvwa nan nonsèlman relasyon dominan-domine ki genyen ant franse ak kreyòl, men tou nan relasyon dominan-dominan ant franse ak angle ki pataje espas entelektyèl ayisyen, e ki aktivman angaje nan travay enferyorizasyon ak zonbifikasyon lang ak kilti afro-kreyòl ayisyen yo. Diran de syèk lekòl ann Ayiti te fèt inikman an franse, men nan lis matyè ki enseye yo ou te wè lang laten, grèk, angle e espayòl; men ankenn mansyon pat janm fè de kreyòl, ni ekri ni oral.

Relasyon ant lang ak idantite nan yon sitiyasyon dominasyon lenguistiko-kiltirèl se alafwa pwodui yon melanj konfli, antagonism e kontradiksyon anmenm tan yon ansanm-ansanm nan rapò dyalektik e afimativ, sètadi yon volonte, yon desizyon delibere e detèmine pou afime dwa ak preogativ lang ak kilti domine a. Pa ekzanp relasyon dominan-domine ant laten ak franse diran premye tan devlopman lang franse a, e desizyon Kadinal Richelieu pran finalman pou tabli Akademi Franse a. Sepandan, deliberasyon ak detèminasyon ki te desizif yo, se kouraj ekriven yo te genyen e sakrifis yo te konsanti fè pou yo ekri e pibliye an franse men lè milye entelektyèl dominan yo pat anfavè yo.

«Kreyolite» oubyen kreyòl kou matyè premyè?

Nan premye chapit liv sila a mwen montre movèz fwa, manti ak mistifikasyon ki chita dèyè deziyasyon Ayiti tankou yon peyi «frankofòn», manm apaantyè de «Frankofoni», klib neo-kolonyal Lafrans ak ansyen koloni li yo met sou pye pou kontinye dominasyon kiltirèl fransite.

Yon lòt pratik nou denonse nan chapit sa a, se itilizasyon lang kreyòl la pa sèten ekriven ayisyen e antiyè tankou matyè premyè oubyen materyèl brit pou pèfeksyone bèl chelèn chedèv an franse; se kouwè kondisyon zonbi a ki fè tout travay sou chan an men ki pa gen ankenn dwa ni reprezantasyon nan lakou bòkò a. Pratik sa a ann Ayiti, byennantandi, dire preske tout disnevyèm syèk la e mwatye ventyèm syèk la. Li reparèt jounen jodia ka anpil ekriven an Matininik e Guadeloup sou nouvèl lekòl «kreyolizasyon» oubyen «kreyolite» prekonize pa ekriven kouwè Aimé Césaire, Edouard Glissant, Jean Bernadé, Patrick Chamoiseau, Raphaël Confiant, elatriye. Byenke nou dwe felisite Bernadé, Chamoiseau e Confiant pou jefò yo deplwaye anfavè ekriti ak pwomosyon lang kreyòl ann Matinik e Guadeloup, konsèp «kreyolite» yo pwomouvwa a pa depase itilizasyon lang kreyòl tankou materyèl brit e ajou folklorik nan elaborasyon liv chelèn ki ekri an franse. Aranjman sa pa ede anyen avansman lang ak kilti afro-kreyòl antiyè yo, pwiske li kenbe yo nan menm wòl enferyè yo ba yo nan yon rapò pouvwa ki benefisye lang-kilti dominan an. De plis, nou pa wè kouman pale de patrimwàn ak emosyon afro-kreyòl nan bèl chedèv franse ka ede devlopman, pwomosyon ak valorizasyon lang ak kilti afro-kreyòl yo.

Natirèlman, anplwa yon lang nan limenm pa ka bay oubyen siyifi yon idantite. Antanke medium kominikasyon ak siyifikasyon, yon lang se dabò yon enstriman; men lè yo plase li nan yon plan senbolik e reprezantasyonèl, li vin gen lòt siyifikasyon, sitou nan relasyon pouvwa ant klas sosyal yo (ki vin reflekte nan rapò endividyèl diran echanj chak jou yo). Rapò pouvwa sa yo toujou rive nan sitiyasyon «diglossique» kote genyen yon relasyon enferyorite ant de lang (tankou nan ka laten parapò ak lang lokal yo, franse parapò ak lang pèp kolonize yo oubyen nan sen klas dominan Ewòp yo).

Nou konnen genyen yon ògàn ki franse nan manman kò kilti ayisyen an, yon ògàn ki rich ak grann kalite chedèv literè e atistik nivo mondyal ki remonte depi fondasyon nasyon an. Se yon fè istorik ankenn moun pa ka denye. Sepandan, se sèlman apeprè senk a dis pou san popilasyon total peyi a ki gen aksè ak e absòbe kilti franse a, katrevendis pou san rès yo pa gen aksè e pa konnen lòt kilti ke kilti afro-kreyòl oral la.

Esklizyon pati afro-kreyòl kilti ayisyen an remonte depi premye jou nesans peyi a, lè nouvo dirijan e nouvo klas dominan yo te vle fè pwisans kolonyalis etranje yo wè yo pat yon bann «barbares» e «sovaj», pale franse e anbrasman kilti franse a te la donk pou prouve yo te «sivilize».

Te gen esklizyon, men te genyen tou polarite, paske lòt kilti domine a tap kenbe reziste e chache afime l diran tout istwa peyi a. Poutan, mistifikasyon an kontinye rete djanm. Lè, pita, avèk mouvman endijenis la, yo te vin rekonèt e revandike pati afro-kreyòl la, boujwazi elitis anti-afrokreyòl la te fè yon jan pou yo sèvi de li tankou senpleman yon matyè brit fòlklorik, oubyen kòm amizman pou touris. Lè yo te vin evantyèlman fè kreyòl la youn nan de lang ofisyèl peyi a (ann adisyon ak franse), se te yon gwo pa ann avan sou plan senbolik, men yo sanble te fè sa yon fen nan limenm olye yon kòmansman.

Polarite, dualism de kan ant sa Idi Jawarakim rele «francolonisés» yo e afro-kreyòl yo—ansanm ak mas analfabèt monoleng kreyòl yo—se yon eksperyans yo viv nan kontradiksyon paralèl, sètadi kontradisyon ki menm lè eleman yo ap monte youn kont lòt, yo pa chanje anyen nan estati quo a paske yo senpleman suiv vwa paralèl yo, paske tou de kontradiksyon yo pataje menm kwayans nan premis fondamantal fè kolonyal la, sètadi ke lang ak kilti franse a siperyè de lang ak kilti natif-natal afro-kreyòl la.

Ant frankolonize e afro-kreyòl yo gen menm aseptasyon premis sipèestriktirèl kolonyalis yo ki sipoze ke franse a, antanke lang «entènasyonal» e «ewopeyen» dwe domine lang ak kilti afro-kreyòl ayisyen an. Se jisteman la kote pwoblèm lan ye, paske ou senpleman pap ka genyen yon afimasyon idantitè otantik si ou kwè lang ou pale a ak kilti ou genyen an enferyè de yon lòt lang ak kilti. Gen moun ki evoke lefètke kreyòl la se yon lang «à base lexicale française», sètadi ki baze sou vokabilè franse, pou di ke li enferyè a franse. Dabò, si se vre kreyòl la gen baz leksik franse, nou konnen tou estrikti ak sentaks li afriken. Epitou, byenke nosyon «base lexicale» la sipoze yon relasyon ki gen baz kolonyalis, li se yon trè komen nan tout lòt lang nan lemond ki toujou derive de youn oubyen enfliyanse pa plizyè lòt lang. Kouwè pa ekzanp franse ki gen baz leksik laten oubyen lang kap-vèdyen an ki gen baz leksik pòtigè. Se tout sòt prejije, fo premis ak movèz konsepsyon sou kreyòl sila yo nou dwe jodia remèt an keksyon. Se tout yon paradigm, se tout mantalite fondatris la nou dwe chanje, e retounen nan kòmansman kazye zero pwoblematik la.

Pou yon bilengism tout bon

Depi lontan y’ap eskamote keksyon revandikasyon lang pèp ayisyen an sou pretèks kreyòl la pat yon lang. Apre li te vin prouve, espesyalman pa lenguistik jenerativ Noam Chomsky vin popilarize a, ke kreyòl la se yon lang total-kapital ki pale pa milyon moun nan yon milye jeografik detèmine, avèk yon legalite peyi souveren, yo di, eh byen, wi li ka se yon lang, men ou ka sèlman di pwezi ak tirekont ladann, ou pa ka fè lasyans oubyen pale de «bagay serye» ladann l. Defi pou nou leve jounen jodia, se pa sèlman prouve ke ou ka fè lasyans e di bagay serye an kreyòl; defi a se montre ke nou ka fè tout bagay sa yo, e avèk anpil lòt bagay, kou pa ekzanp lanse yon kanpay alfabetizasyon an kreyòl, anseye matyè onivo elemantè, primè, segondè ak inivèsitè an kreyòl, ekri ansiklopedi kreyòl, konstwi biblotèk kreyòl, e sitou ekri e pibliye an kreyòl.

Kouwè istwa lang franse a limenm montre parapò ak laten, ansyen lang dominan, ekri e pibliye an kreyòl gen yon enpòtans kapital pou plizyè rezon. Dabò, paske pwodiksyon nan yon lang se meyè fason pou promouvwa, valorize e konsève lang lan. Epitou sèl fason pou chanje kondisyon enferyorite, esklizyon ak ravaj-dega emotif monoleng ayisyen esperyanse nan relasyon dominasyon li genyen ak lang e kilti franse a, se kapab montre li gen pwòp lang ak kilti pa li ki kapab kreye bèl bagay nan at, lèt ak lasyans, nan espresyon ak kominikasyon; kreye e valorize yon lang ki konplè e ki otonòm, men ki louvri tou anvè lòt lang ak lòt kilti yo, ki gen kiryozite anvè avanti e destine lòt pèp yo. Yon lang valorize, pou yon pèp lib e diy.

Nòt

1. Li etid Yves Dejean an, «Créole, école, rationalité», revi Chemins Critiques, 2002 / Revi Tanbou
2. Poukisa ou pa two tande pale de yon «anglofoni» oubyen «espanofoni»? Se petèt paske, dabò, fòk ou ta pale tou de «amerikanofoni». Epitou, akoz de sipèpwisans Etazini, angle vin de fakto yon lang dominan global; li pa donk nesesè pou li dekrete yon «anglofoni» ki ka two pwente dwèt sou enperyalism global meriken an. «Frankofoni» fè nou panse ak yon reyaksyon neo-kolonyal an fas pèt enfliyans yon ansyen anpi kolonyal ki toujou gen anbisyon dominasyon mondyal.
3. Tcheke Langage et connaissance, pa Adam Schaff, Edisyon Anthropos, Pari 1969. Se otè a ki souliye pwen sa a.
4. Ibid…
5. Wè Edward Said, Culture and Emperialism, Edisyon Knopf, Nouyòk 1993.
6. Wè liv Frantz Fanon an, Peau noire, masques blancs, Edisyon Seuil, 1952
7. Nou vle di pa neolojism sila a ekriven nan Antiy yo e lòt kote ki prekonize yon «créolité» nan istil pou ekri bèl chelèn literè franse, ki pa gen anyen a wè ak ekriti kreyòl.
8. Frantz Fanon, Peau noire, masques blancs…
Aller au sommaire de ce numéro de Tanbou/Tambour, Automne 2004

Page d’accueil  |   Sommaire de ce numéro  |   Contribution de Texte et de Courrier: Editeurs@tanbou.com