Aller au sommaire de ce numéro de Tanbou/Tambour, Été 2004

Page d’acceuil  |   Sommaire de ce numéro  |   Contribution de Texte et de Courrier: Editeurs@tanbou.com



Revi: Kòmantè sou tèks Felix Moriso-Lewa ki rele «Sa m di nan sa Depestre»

—pa Michel-Ange Hyppolite

J

odi a entansyon nou se mete nou bab pou bab ak de lèz nan youn tèks Moriso-Lewa ki rele «Sa m di nan sa Depestre» Tèks sa a se younn pami dènye tèks pwezi Moriso-Lewa te ekri yo. Alaverite, tèks ki rele «Sa m di nan sa Depestre» la long anpil, men nou pa dwe kite longè li fè nou pè. Nou pa dwe panse nonplis nou pral jwenn nan tèks sa a pawòl ki pral fè ekzibisyon imajis. Poudayè, se pa estil travay Moriso-Lewa, ni tou se pa konsa mounn te konn ekri pwezi kreyòl nan epòk sa a. Sepandan, nou dwe suiv pito elan lide ki ap deplòtonnen nan tèks pwezi ki rele «Sa m-di nan sa Dépestre» la. Se youn veritab leson sou nesesite pou save kou Dépestre yo konprann, vrè lanng ki dwe sèvi pou pwodiksyon literè anndan Ayiti, mwen di li byen anndan Ayiti, se lanng kreyòl la. Nan tèks ki rele «sa m di nan sa Depestre» la, Moriso-Lewa monte tribin ak plim li pou li defann lanng kreyòl la. Se youn lalam pou demontre ekriven nou yo, vrè mounn ki dwe resevwa mesaj yo ap ekri nan liv yo ap pibliye yo, se Ayisyen parèy yo dabò, apresa mounn ki renmen Ayiti yo va pran travay nou nan lanng natifnatal la epi yo va abiye li nan lanng pa yo. Alaverite, Moriso-Lewa pa kwè Ayisyen nan rasin peyi a ap janm rive pwofite de sòm travay ekriven nou yo pwodui nan domèn literati nou an. Se poutèt sa, li sèvi ak youn tèks kou «Sa m-di nan sa Dépestre» pou li denonse konpòtman Lafrans lan epi ankouraje yo devlope travay literati yo nan lanng kreyòl la.

Echo du Lambi
«L’écho du lambi», huile sur canvas, par Rose-Marie Desruisseau, 1986. Tirée de la collection poetry-painting Revolution / Revolisyon / Révolution… www.livlakay.com

Nan fen ane 1980 yo, nou te remake youn jenerasyon ekriven ayisyen ki te kòmanse suiv konsèy Moriso-Lewa yo. Mesye sa yo te deside monte sou teren kreyòl la ak plim kreyòl yo byen banda. Men, soti nan nan fen ventyèm syèk la rantre nan venteyinyèm syèk la, nou remake, mizapa JòJ Kastra, ekriven sa yo kanpe nan wout. Yo vin pran abitid ekri youn liv an franse ak kèk grenn tèks kreyòl anndan li epi se tout. Pou noumenm nan Koukouy Kanada, jenerasyon ekriven ayisyen sa yo ap mache ak de bouji. Se kòmsi yo pè louvri sou pwòp tèt yo, paske yo ap pandye tann youn men etranje ki pou bat bravo pou yo, rantre yo nan jounal yo, di yo inivèsèl eksetera. Kalite konpòtman sa a ta vle di, nou pa kab gen jounal pa nou ki pou sikile toupatou anndan peyi a pou pwòp pèp nou an konnen defil-an-egui tout bèl travay ekriven nou yo. Nou ap viv youn sitiyasyon, kote jèn Ayisyen yo konnen zèv ekriven etranje yo pi byen pase yo konnen zèv ekriven ki nan peyi a. Èske se nòmal? Nou ap di kategorikman non! Si sa rive konsa, se paske nou pa mete ase tan pou nou fè pwomosyon ekriven nou yo. Kant, nou genyen youn mache ki genyen plizyè milye mounn ki ap tann nou bouch anfarinen, men nou pa fè pwomosyon zouti ki pare yo kòrèkteman, youn fason pou tout mounn ta jwenn mezi lajan yo nan plamen yo. Nou genyen «liv an foli». Se trè byen, men aktivite sa a dwe simaye nan kat kwen peyi a, paske Ayiti se pa senpman Pòtoprens. Ayiti se tout lòt vil ki genyen anndan peyi a.

Lè «liv an foli» va tounen foumi fou toupatou sou tè Ayiti, nou va wè kantite ekriven nou genyen, ki pral pran nan kouran pwodiksyon liv pou Ayisyen ak nan lekti liv ekriven natifnatal. Kalite foli sa a pa pe janm ka tounen reyalite si se etranje nou ap tann ki pou fè li pou nou. Nanpwen pyès mounn sou latè ki ap janm vin ede youn lòt gwoup mounn, si li pa wè pwòp enterè pa li nan aksyon swadizan èd nou li vle fè kwè li ap bay la. Epitou, ki lè koukou ap janm fè pitit pou li rele li frizelya. Si Moriso-Lewa te chita ap tann youn kèlkonk men etranje pou valorize travay li ekri an franse nan literati Ayiti a, li ta kab kontinye ap tann jouk jounen jodi a.

Pou Moriso-Lewa te defann kòz lanng kreyòl la, devan ekriven Ayisyen ki chwazi ekri an franse anndan peyi a, nou di li byen anndan peyi a, li te pran men mesye-dam ki ekri an franse yo, epi li te mennen yo jwenn zansèt ki louvri premye gwo batay ki mennen nou nan lendepandans lan, kote li di yo: «M mande Boukmann ak Desalin nan ki lanng ekriven yo dwe ekri?» Apresa, li mande manman li, li mande tant li, li mande matlo abò batiman yo, li mande machann yo, kisa yo di nan sa? Si nou gade byen, nou va remake se ak pèp la Moriso-Lewa te adrese li. Nou vle di, 80% peyi a, ki pa vrèman ap fwote ak koze frankofoni an.

Pi devan nan menm tèks la, Moriso-Lewa fè youn menas. Li di:
«Lè-w tande younn, de, twa, san,
Ou tande san, de san, twa san, mil,
Tande mil, de mil, twa mil, milyon.
Bon! Tout ti nèg bouke, fache nèt,
Ou Konnen: bouke ranni pou chwal galonnen
Tout bèt nan bwa an kòlè, move sa l-fè-l fè
Ou monte nan balkon ak mesye a yo
Pou-w gade laba, lwen, lwen, briz la
Tanpèt la k-ap vini ak lapli loray la
Ou sou yon balkon wo ak mesye a yo
Pou-w gade pèp souvren‚ k-ap prale pase
W-a di-m, atò, se pou di-m ti frè
Nan ki lang ou santi bagay sila a.
Ou pa wè se an kreyòl l-ap vini!»
Dyakout 1,2,3 (1983), p.113

Se pa menas senpman Moriso-Lewa pote nan tèks sa-a. Li pote tou youn bren
lespwa. Lespwa, kote ak youn travay byen fèt, tout mounn va manche
diksyonè yo pou yo tradui travay nou nan tout kalite lanng etranje.
Poudayè, Moriso-Lewa te deja viv sitiyasyon sa a anvan li te vwayaje nan
peyi san chapo, paske tèks kreyòl Moriso-Lewa yo te tradui nan plizyè lòt
lanng etranje.

Koute pawòl Moriso-Lewa:
«Fè bagèt la yo limen tanbou ban mwen.
Ride sa-k vle klere chimen yo pou n-pase
Ban-m kout lanbi ki pou travèse lanmè a.
W-a wè kote tout moun ap manchte diksyonnè
Pou yo mete-w an franse
Pou yo mete-w an angle
Pou yo mete-w an ris
Pou yo mete-w an chinwa
Pou yo mete-w an panyòl».
Dyakout 1,2,3 (1983), p.114

Pou noumenm nan Koukouy Kanada, vrè pwoblèm ekriven ayisyen ki anndan peyi a, sèke yo poko janm pran desizyon fè youn literati pou Ayisyen ki ap viv nan peyi a. Se sa menm, mesye-dam ekriven nou yo poko pran desizyon sa a anndan peyi a. Paske, lejou yo va deside ekri pou pèp ayisyen, 80% popilasyon an Moriso-Lewa mansyone nan tèks li a, se an kreyòl mesye-dam ekriven nou yo va ekri. Se lè sa a tou nou va kreye youn pon pou nou louvri lavwa bay tout jeni nou genyen ki ap viv toupatou nan tout rakwen peyi a. Rèv la bèl, wout la lonng, mèzalò pyèsmounn pa kab konstui youn peyi si yo sispann dòmi reve tout kalite bèl zetwal ki gen pisans mennen yo nan sous ozanana.

—Michel-Ange Hyppolite (kaptenn koukourouj) Ottawa. Kourye elektronik: Michel-Ange_Hyppolite@ocdsb.edu.on.ca

Nòt Editè / Konparezon Mo:

Youn = Yon
Mounn = Moun
Lanng = Lang

Aller au sommaire de ce numéro de Tanbou/Tambour, Été 2004

Page d’accueil  |   Sommaire de ce numéro  |   Contribution de Texte et de Courrier: Editeurs@tanbou.com