Aller au sommaire de ce numéro de Tanbou/Tambour, Automne 2002

Page d’accueil  |   Sommaire de ce numéro  |   Contribution de Texte et de Courrier: Editeurs@tanbou.com



Pwezi ann ayisyen

Powèm pa Denizé Lauture

Des escargots sur une fleur de cactus à Malte. —photo par David Henry.
Kalmason nan kaktis —foto pa David Henry, 2002

Vye Pèp

Vye pèp!
Pèp vèmin!
Vèmin kè nwè!
kè nwè wòchapyè!
Vye pèp!

Yo fout lage
Yon gwo chen
dèyè m.

Gwo chen yan
Mòde m.
Li fouye yon gwo twou
Nan janm mwen,
Kròk dan li
Pèse de bò dèyè m.
Pèse de bò bounda m.

Poukisa?

Poutèt yo wè m
Ak yon bèl fanm.
Yon bèl fanm
Ki damou pou mwen.
Yon bèl fanm
Mwen damou pou li.

Vye pèp!
Pèp kè lanfè!
Vye pèp!

Vòlè Zonbi Bèl Powèm

Yo antere m
Drèt doubout
Nan youn simityè
Nèg bèl lespri.

Zonbi yon bèl powèm
Ki pèdi plas li
Ak pwomennen nan simityè a
Tankou oun papiyon madichon.

Li sòti nan youn tèt mò
Li antre nan youn lòt tèt mò
Jis li vin antre
Nan tèt pa mwen.

Mwen pran zonbi powèm lan
Mwen fèmen l nan govi kè mwen.
Se sak fè toutan
Nanm mwen ap pwonmennen
Nan pi bèl jaden powezi.

Sonje Ti Mimich!

Nou te nan lakou grann ou
Grann ou Marenn Timiya
Fanm say ki te resevwa m
Lè m te sòti nan vant manman m.

Mwen te chita sou yon dodin
Ou te chita sou mwen
Ou te yon ti pitit
Ki te genyen m kwè
Twa ou kat rekòt kafe
Ansanm nou tap dodinen.

Sou tèt nou te genyen
Yon bèl pye lorye
Yon pye lorye
Chaje ak flè blanch
Chaje ak flè wòz.
Sou tèt yon pye kokoye byen wo
Nan mitan lakou a
Te genyen yon ti toutrèl vwa klè
Yon ti zwazo mizisyen jis nan zèl
Ki tap chante.

Pi wo, nan mitan syèl ble a
Solèy midi te souri
Yon ti souri dore
Depi lè sa a li te pase
Tout reyon picho li lòd
Pou yo toujou chofe
Ti kè ou ak kè mwen ansanm.

Ansanm nou tap dodinen.

Mereng yon fanm-sanba

Anakaona ou te yon sanba
Ki te genyen tèt Simbi nan dlo
Yon sanba ki te genyen je dous ti pijon damou
Yon sanba ki te genyen bouch bon jan siro myèl.
Move nanm yo te fè kadejak sou ou
Ak yon gwo kwa malediksyon blanch
Yo te simen san w sou tout fèy bwa tè zansèt nou an
Men fout san w tounen lèt wouj yon volkan lavi
Kap koule nan rasin yon michan pye plan lanmou.
Wi lanmou ak lavi-lavi ak lanmou
Vlope nan sèt koulè lakansyèl
A danse mereng ou sou tèt Mòn Lasèl!

Ou te yon sanba ki te genyen gòj wosiyòl
Yon sanba ki genyen bèl vwa toutrèl gra
Yon sanba ki te genyen bèl ti souri lalin.
Dyab lanfè yo te fè kadejak sou ou
Ak yon gwo kwa madichon blanch.
Yo te simen san w sou tout branch bwa tè zansèt nou an
Men fout san w tounen lèt wouj yon volkan lavi
Kap koule nan rasin yon michan pye plan lanmou.
Wi lanmou ak lavi-lavi ak lanmou
Vlope nan sèt koulè lakansyèl
A danse mereng ou sou tèt mòn Lasèl!

Anakaona ou te yon sanba ki te genyen kènanmen
Yon sanba ki te genyen lonbray gwo pye figye
Yon sanba ki te genyen dwèt souf apremidi lanmè.
Lame dyab lo te fè kadejak sou ou
Ak yon gwo kwa move giyon blanch
Yo te simen san w nan kò tout pye bwa tè zansèt nou an
Men fout san w tounen lèt wouj yon volkan lavi
Kap koule nan rasin yon michan pye plan lanmou.
Wi lanmou ak lavi-lavi ak lanmou
Vlope nan sèt koulè lakansyèl
A danse mereng ou sou tèt Mòn Lasèl!

Ou te yon sanba ki te genyen tete ji kòwosòl
Yon sanba ki te genyen vant lanm lanmè trankil
Yon sanba ki te genyen ren pye palmis danti.
Bann zobop lo te fè kadejak sou ou
Ak yon gwo kwa ranvòy blanch
Yo te simen san w sou tout rasin nan tè zansèt nou an
Men fout san w tounen lèt wouj yon volkan lavi
Kap koule nan rasin yon michan pye plan lanmou
Vlope nan sèt koulè lakansyèl
A danse mereng ou sou tèt Mòn Lasèl.

Anakaona ou te yon sanba ki te genyen demach
Tout zèb nan van sou do mòn
Yon sanba ki te genyen kò li bèl
Tankou bwa kajou bon ebenis poli
Yon sanba ki te genyen jarèt ne pye bwadchenn
Atoufè yo te fè kadejak sou ou
Ak yon gwo kwa move wanga
Yo te simen san w sou tout dan wòch tè zansèt nou an
Men fout san w tounen lèt wouj yon volkan lavi
Kap koule nan rasin yon michan pye plan lanmou.
Wi lanmou ak lavi-lavi ak lanmou
Vlope nan sèt koulè lakansyèl
A danse mereng ou sou tèt Mòn Lasèl!

Ou te yon sanba ki te genyen zòtèy nan tè
Tankou rasin gwo pye mapou
Yon sanba ki te marinen ak lonbray lèzansèt
Tankou lyann marinen nan kò pye figye.
Yon sanba ki te konn kase ti bwa nan zòrèy lalin
Kouwè ti jennfi kap bay dlo klè istwa lanmou yo.
Gwo demon yo te fè kadejak sou ou
Ak yon gwo kwa pwazon twa degout
Yo te simen san w sou tout do mòn tè zansèt nou an
Men fout san w tounen lèt wouj yon volkan lavi
Kap koule nan rasin yon michan pye plan lanmou.
Wi lanmou ak lavi-lavi ak lanmou
Vlope nan sèt koulè lakansyèl
A danse mereng ou sou tèt Mòn Lasèl!

Anakaona ou te yon sanba ki kon swiv solèy
Depi kòk chante jislè poul moute jouk
Yon sanba ki te konn fè lago ak tout zetwal fou nan syèl
Yon sanba ki te konn kòde kòd pou akwe kòn toro lanmò
Yon sanba ki te konn tòde rasin ak fèy
Bon pòsyon lanmou ak lavi.
Demon wouj yo te fè kadejak sou ou
Ak yon gwo kwa lanmò blanch
Yo te simen san w nan nannan zantray tè nou an
Men fout san sanba w la tounen lèt wouj yon volkan lavi
Kap koule nan rasin yon michan pye plan lanmou.
Wi lanmou ak lavi-lavi ak lanmou
Vlope nan sèt koulè lakansyèl
Genyen pou yo danse-danse mereng dous ANAKAONA
Sou Tèt Mòn Lasèl!!!

–Denizé Lauture Tanbou, ete-otòn 2002

Pwezi pa Barbara Victomé

Dedikas

Pou tout ti konkonm
Ki kontinye ap goumen
Pou yo sa gen rezon
Devan berejèn
Pou ti grenn pitimi
Ki pa ka twouve respè
Devan grenn diri
Pou tout ti wòch ki bouke tann
Diri monte chodyè
Anvan l resi goute grès
Pou ti zandolit ki fatige
Ap kouri pou kout zeklè
Tout ti poul ki kenbe lespwa
Yon jou y ap pouse dan
Pou tout sa yo ki konprann
Yo kapab kache kle douvanjou
Nan dyakout pouvwa yo
Ki panse
Paske yo fè bourik janbe dlo
Yo ka fòse l bwè dlo
Sila yo ki kenbe pasyans
Kontinye ap chache zizye foumi
Pou tout sa yo
K ap lite pou solèy libète
Kapab klere sou move zèb rayisman

Delivre lanmou anba chenn malfezè
Avèk tout lapenn mwen
Tout kontantman m
E tout chimè m
Koze sa yo
Se pou nou.

Randevou Nan Labrin

Lè solèy preske kouche
Pase dèyè kay la
Rale ti chèz ba
Franchi baryè a
Pran ti bout mòn lan pou ou
Desann nan chan mayi a
Janbe ti rivyè a
Pase anba pon an
Lè w rive devan yon ti kay pay
Antre san di “bonswa toutous”
Lonje nan ti koridò a
Anba yon gwo pye bwatchenn
Ki blayi kò l nan mitan lakou a
Se la tout timoun va reyini
Fè yon wonn bò kote yon lepè
Ki va rakonte w
Istwa l
Istwa m
Istwa n
Mistè lalin, zetwal
Lè yo kase randevou
Nan labrin…

Eskiz

Solèy midi monte
Sou yon pye mapou
Li tonbe kalonnen kretyen vivan
Ak galèt leta

Mouch ak fomi
Tanmen yon eskandal piblik
Pou wè kilès
Ki va pote laviktwa
Sou kadav yon vye rat pouri
Vè fin ravaje

Tankou yon zonbi
L ap degringole sou tèt mòn lan
Ak yon talon kikit k ap kale l
Figi l make ven-jen-kat-avril

Li abiye ak yon rad wouj
Yon pete sere
L ap fòse desann chak segonn
Pou wè si peche l ka rete kache
Fanm lan fre kou konpè kòk
Ou ta di se ak mèt midi
Li pral nan dine

-Onè
-Respè

Eskize m madanm
Si mwen vin nwi sante w
Nan yon solèy lanfè, kraze kè
Mwen vini mande w yon favè
Depi nan lanjelis mwen kòmanse mache
Pa ofri m chèz
Paske m pa ka rete
Se yon bagay mwen vin chache
Kwè m si w vle
Mwen pa ka pati san li

Madanm lan pran gade l
Ak yon figi mò pete sou li
Pou nan eta li pa konprann

Koute madanm
Mwen genyen dizan
Depi kè m ap deseche
Kou fèy bannann
Poutèt yon moun mwen renmen

Madanm
Si w te konn nonm sa
Ou pa ta bezwen posede okenn byen
Nan lavi w
Si w te wè l
Ou t ap konprann poukisa
Lespri m antere nan yon boutèy
Li pa ka fè wonn pòt

Malerezman madanm
Se nanm mwen ase k ap deperi
Misye pa t chwazi m

Rezon ki mennen m devan pòt ou
Se pou m mande w pèmisyon
Pou m danse ak mouche w

Mwen konnen
Li mete bag nan dwèt ou
Lanmou l ap pataje ak ou
Mwen pa gen lajan pou m achte l
Mwen pa p janm posede l
Se reve ase mwen kapab reve l

Chak fwa mwen sote
Sou je l nan je w
Bra l nan bra w
Tout linivè m chavire

Lespri m pati nan yon lòt monn
Kote li te konn kase
Ti bwa nan zòrèy mwen
Lè li te gen abitid
Keyi ti grenn zetwal
Pou l mete nan cheve m
Li te rele m larèn solèy
Mirak lanati

Madanm,
An nou kite priyè
Pran kantik
Mwen anvi danse ak mari w
Kite mouch ak marengwen
Jwe mizik pou nou
Nan mitan solèy la

Li eksplike m
Li pa ka twonpe w
Alò mwen vin mande w pèmisyon
Pou kè m ka reprann sous
Pou lavi m ka resi vanse
Ak ti jenonm nan vwazinaj lan
Ki gen plis pase dizan
Ap fè jako pye vèt bò kote m

Prete m nèg la
Pou de minit madanm
M a sonje yon jou
Mwen te yon fi nòmal
Soulye a te byen chita nan pye m
Mwen te twouve bouchon boutèy mwen
Fwomaj pen m, kinan m
Nèg pa m lan vre…

Fanm lan kontinye ap depale
Li reveye lè madanm lan
Voye yon vaz pise
Sèt jou nan figi l
Sentaniz t ap pran makak
Nan maten
Poutèt li bliye jete l
Epi mèt kay la
Frape pòt la sou manmzèl

Pise a kòmanse depi nan cheve l
Desann tout nan soulye l
Rale yon kòtèj mouch
Ki t ap degaje yo
Nan kò yon vye rat pouri
Vè fin ravaje

Tankou yon zonbi
L ap redi grenpe mòn lan
Nan mitan yon solèy dife
Ak yon talon kikit
K ap kale l
Yon ratafal mouch ap swiv li
Bouch li ap balbite
Eskiz, pèmisyon,
Eskiz madanm
Se lanmou
Ki te trennen m devan pye w.

Zanmi Lalin

Minit kontinye ap degringole
Tankou grenn lapli
Nan yon ti tan ankò
Konpè minwi pral parèt sou nou
Sanzatann

Dyaz la kòmanse frape
Chak chaken chache chakin
Mizik moun damou pral tanmen

Sou yon bout mi
M ap gade chak koup ak yon nostalji
Je m toupatou ap triye
Chache ki kote
Grenn pa m lan va sòti

Zanmi lalin,
Pou di li pa bliye m?
E si yon bagay mal rive l?

Move panse nan tèt mwen
Tonbe fè mikalaw
Laperèz pran anvayi kè m

Ti kras pa ti kras
Zanmi lalin etale rad li
Men lajè nan syèl la
Ap gade m
Kòmsi li te konprann

Zanmi lalin m ap sipliye w
Ale di sila a
Ki kenbe kle pòt kay la
Ti poulèt ap mouri nan seren
Lavalas prèt pou pati ak li

Laperèz fin tabli nan lespri m
Chagren kòmanse devore nanm mwen
Men bal la tanmen
Tout soulye byen chita nan pye mèt yo
Zago m nan lari
Ap goumen ak moso boutèy
Ak kilès m a va danse?
M san lè tounen dwategòch
Mizik kontinye frape
Dènye moun pran yon kawo

Lè m resi twouve ti grenn pa m lan
Nan mitan latriye moun
Mwen vole al rankontre l
Tout anndan m pran chante “men li”
Souf mwen vanse koupe

Mwen rakonte l mizè lanmou m
Li eksplike m li te fin bliye
Lalin lan fè l sonje

Zanmi lalin fè m twouve
Bouchon boutèy mwen
Fwomaj pen m
Mezi zago m
Kounyeya mwen pare pou m fete
Pou m pran mwatye yon kawo
Jouk solèy leve.

Pawòl (1)

Moun ki pase mati
Se moun ki konn gou doulè
Nan bout kwi traka.

Pawòl (2)

M anvi vole
M anvi pati
Tanpri zwazo
Prete m zèl ou
Pou m chape
Tanpri pijon
Fè m kado de twa plim
Pou lavi m pa pran nan pèlen.

Pawòl (3)

Si nou te konnen
Sou ki linivè
Pòt bonè n
Te va louvri
Nou t ap pati
Granm maten
Al sènen l
Nan mitan chemen.

—Barbara Victomé tire de Randevou Nan Labrin, Edisyon Linivè Kreyòl, NouYòk, 2002

Powèm pa Edner Saint-Amour

Deblozay

Tout bourik mèt li ap plede bat
Gen yon jou pou l tire kout pat
Kraze brize tout vye brid renn
Ki fè li esklav mare nan chenn.

Tout eskav yo te rasanble
Fè yon sèl bann anraje.
Règ jwèt la te chanje,
Dega tan an te anonse.

Tout esklav te kanpe sou kout zam
Pou di Sendomeng se tè pa n
Nap kite moso tè sa a pou ou
Lè kout fizi fè zantray nou fè trou.

Swè fòs nou se sèl angrè
Ki fè mayi pouse anba tè
Chak kout frèt, blan fè dèt
Yon jou pou esklav vin mèt.

Nan gwo kokennchenn lagè
Kote blan ak nèg tap kwaze fè
Voye kout manchèt tire kout ponya
Lane milluisankat esklavay te kaba.

Se konsa esklav yo te jete tout chenn
Kite mare yo byen rèd anba chenn
Nan lesklavay travay kou mal bourik
Kolon blan tap souse nou kon grenn tik.

Demilkat

Mwen sonje lè Boukman
Te fè yon rasanble bann
Nan fon Bwakayiman
Pou revòlte kont blan.

Mwen sonje Louvèti
Lè li te konvèti
Bann esklav an lame
Pou goumen kont blan franse.

Mwen sonje Desalin
Lè li te retire chemiz
Pou goumen kou on toro
Ak mesye kolon blan yo.

Mwen sonje Kapwa Lamò
Lè li te nan djòl lanmò
Annavan pa gen aryè,
Kout boulèt se pousyè.

Mwen sonje Anri Kristòf
Lè blan mande l pou kite zòn
Lè li te di map ban nou vil la se vrè
Lè li fin tounen sann ak pousyè.

Mwen sonje tout gran ero
Kite goumen troke kòn yo
Pou ban nou yon Lendepandans
Kise pou nou se jou Ladelivrans.

Demilkat
Men yon dat
Tout Ayisyen ta dwe selebre
Avèk anpil diyite fyète.

Sèl mèt

Nou te mare nan chenn lesklavay
Tout lajounen nou tap pase tray
Nou te travay anba gwo solèy
Rale bremann kou toro bèf bwèy.

Wi se konsa nou fè twasan zan
Nan gwo bokit nou tap vomi san
Chak jou Bondye mete sou latè
Pou Ayisyen se te yon kalvè.

Men an disètsankatreven-onz
Nou te rele dènye lwa mondong
Nou rasanble nan Bwakayiman
Pou gwo revòl kont tout kolon blan.

Se konsa an dizuisankat
Nou frape pye tire kout pat
Kita vle di nan fè gwo lagè
Tout blan franse te vole gagè.

Apre anpil lane nan soufrans
Nou te rive gen Lendepandans
Apre Bondye nan syèl sèl gran mèt
Sou tè Dayiti nou menm se sèl mèt.

—Edner Saint-Amour septanm 2000

Aller au sommaire de ce numéro de Tanbou/Tambour, Automne 2002

Page d’accueil  |   Sommaire de ce numéro  |   Contribution de Texte et de Courrier: Editeurs@tanbou.com