Aller au sommaire de ce numéro de Tanbou/Tambour, Automne 2002

Page d’accueil  |   Sommaire de ce numéro  |   Contribution de Texte et de Courrier: Editeurs@tanbou.com



Anba Bòt Kwokodil

Tèks sa a se chapit 25 ki se dènye chapit nan roman istorik sou menm tit la; istwa a dewoule nan Leyogàn sou rejim François Duvalier a.

—Patrick Sylvain

D

epi antèman Rafayèl ak Bòs Masèl la, militè ak makout toujou ap eskalade, espyone nan zòn nan. Si se pa t’ pou mesye Onora, ki se parenn nòs Jozafa, e ki anmenmtan an tou se kòmandan kò VSN lan nan Leyogàn, Jozafa ak tout fanmi li t’ap gentan pase nan paswa. Swafte vanjans chita nan kwen bouch makout yo ki antyoutyout pou yo kabaye ak mitraye. Kanta pou militè yo, yon lafyèv entèwogasyon ak foli anprizonnman pran yo, lafanmi Bwanèt la dwe peye pou lanmò Lyetnan Rafayèl. Isiba, Jozafa konnen ke jistis pa gen je klè, tafya diktati soule l’ depi nan tan Lakoloni.

“La grande composition,” huile sur papier —par Wilfredo Lam, 1949
“La grande composition” huile sur papier —par Wilfredo Lam, 1949

Fanmi Bwanèt la vin rekonèt ke diktati aktyèl la vin pran yon lòt grad, li vin plante tèt li an pèmanans nan peyi a. Nonsèlman Franswa Divalye nonmen tèt li prezidan-avi, mentou li fè bwachat tout eleksyon; epi, li fè ekri pwòp Katechism pa l’ pou tout timoun lekòl ka resite. Menm Jozafa ki te rasine ayisyanite li nan tè nasyonal la, kòmanse wè verite ki genyen nan pawòl Malèn yo ki te toujou ensiste pou y’al viv lòtbò dlo. Menmjan ak Ezila, Malèn pat janm te gen konfyans nan avni peyi a ni nan pawòl nwaris-maske ke Prezidan Divalye te konn pwopaje yo. Anplis, Jozafa kòmanse santi grif pouvwa gouvènman an aprè Rejinal te pran lekzil pou Etazini. Vin jwenn ankò, pyès moun poko ka jwenn ni lakòz ni moun ki responsab zak sasinay ki fèt sou Bòs Pengal nan lannuit 8 septanm ’64. Tout bouch rete be, moun save ki kont diktati a kòmanse mare pakèt yo pou peyi etranje avèk lespwa pou yon alemye. Malere k’ap viv kòt-a-kòt ak makout oblije danse menm dans ak sa ki gen fòs lanmò nan men yo. Yon dous, yon cho, tout moun ap zikap lespwa anba bòt kwokodil k’ap sifoke, pyetinen, pilonnen tout restan dwa ak respè ki rete nan kòtòf teritwa a.

Pandan antèman an, kwake Ezila te ap soufri, manmzèl te jwenn kouraj pou l’ simayen lapawòl devan yon gwoup militè, milisyen ak abitan ki ret nan kanton an. Nan diskou pènolojik li a, Ezila fè yon seri deklarasyon nan yon vwa dyanm ke Dèlfis pa tande depi kèk tan, yon ton vwa ki fè l’ santi fyète, devouman ak kouraj Ezila.

Ezila monte kanpe sou yon bit tè ki te plase nan mitan twou kavo Rafayèl ak Bòs Masèl yo. Pou yon dam ki nan mi-senkantèn li, Ezila kenbe souplès ak elegans li, epi li kanpe dwat tankou yon palmis an teni dèy: Chapo-vwale, wòb nwa, soulye nwa. Li mete dyanmte fanm li sou li pou li ka adrese tout moun ki te pote respè yo bay de mesye sa yo ki grandi nan Leyogàn e ki te prèske fanmi tèlman defen Bòs Masèl te rantre nan sen fanmi Bwanèt la depi misye te jèn gason. Dayè, se Bòs Masèl defen ki te montre Rafàyèl ak Jozafa teke mab. Nan yon elòj ki pa sere kras, nan yon vwa fanm ki gen doulè nan matris e ki mande tout zòrèy atansyon yo, manmzèl louvri bwat pawòl li tankou yon moun ki te bliye pwa senkant represyon an t’ap peze sou do nasyon an. Manmzèl pale nan yon vwa mouvmante, yon ton doulè ki siwote nan lanmou e ki mwele ak gras:

«M’ pa konn pou nou, men mwenmenm mwen fatige asiste antèman jèn gason ki ka itil peyi a nan agrikilti, edikasyon ak nan medsin. Li lè li tan pou dyab la sispann danse nan tèt moun ki renmen tire dife, nan tèt moun ki renmen kòche moun tankou kabrit. Mwen pa kwè m’ kapab kontinye viv konsa, kote kadav tounen moniman piblik pou mouch vizite, kote kout zam chante pi mal pase vonvon nan zòrèy bèf. Zo m’ yo kòmanse fèb, m’ pa kabab viv pou chak moman mwen oblije ap eskive lanmò. Dènyeman la a se te konpè m’ Bòs Pengal, jodi a se pitit gason m’ ak Bòs Masèl, demen se va tou kiyès? Mwen ta renmen konnen. Aaaa! Se sa! Lè towo a kase kòd, pinga nou di l’ mechan… Mwenmenm mwen fin granmoun, nou mèt sène m’ pou n’ ban m’ baboukèt; men, jodi a m’oblije vide doulè k’ap wonje m’ nan fon kè. Mwen fatige ak vye vi sèkèy-madoulè sa a, mwen fatige viv sou yon lòt Lokipasyon nan pwòp peyi m’, mwen fatige wè frè ak sè m’ k’ap sasinen youn lòt pou yon lasisin pouvwa. Alò mwen mande nou pou nou bay Granmèt la chans li pou li voye Jeneral Lanmò pase pran nou lè lè a rive pou li pran nou. Mwen fatige, franchman mwen fatige wè kòman inifòm ap pran plas fanmi, kote grad sou zepolèt degrade amitye ak respè pou lavi. M’ap sipliye nou, bay lavi chans li pou li fleri… Rafayèl ak Bòs Masèl, etandone nou nan lye verite nou, m’ap swete nanm nou jwenn plis repo, plis lanmou ak mwens touman; on fason, pou si nou ta tounen sou latè sou yon fòm oubyen yon lòt, pou nou ka viv ak respè avèk lavi. Repoze n’ nan lapè, e di Papa a ba nou lapè.»

Lè Ezila te fin pale, silans te anvayi tout moun. Men, te gen detwa jèn militè gwo ponyèt ki te jete kèk plòt krache atè a pou manisfeste mekontantman yo pou mòd pawòl sibvansif Ezila te pwononse an. Etandone siperyè jèn militè yo te nan antèman an, yo pa te kapab bondi sou Ezila.

Kòm rekonpans, yon mwa aprè ensidan Rafayèl ak Bòs Masèl la, te gen yon dizèn pami jèn gason ki te aplodi pènoloji Ezila a ki te jwenn ak lanmò yo. Je wè, bouch be. Lajistis ret kanpe rèd tankou yon monmi devan lalwa bayonèt k’ap kòche ekzistans ak esans lavi nan yon chodyè malsite. Jozafa rekonèt ke balans lavi a pèdi ekilib li pou pèp ak pou moun ki renmen jistis. Kòm eksplikasyon ak jistifikasyon pou lanmò jèn mesye sa yo, Leta ba yo etikèt sibvansiv ak kominis pote; se sa ki alamòd.

Tèlman san te kòmanse koule nan peyi a, yon atmosfè mòribon, zonbibannmannan enstale l’ an kwa sou lestomak teritwa a, kote menm sa ki te konn brave danje ak sa ki te pote non Kapwa Lamò, te desann chwal yo pou yo kase tèt tounen. Pou nenpòt ti krik, nenpòt ti krak, Lapolis, Lame, Makout, Fiyètlalo oubyen Choukètlawouze, kouri desann dèlye pou yo fè bale-wouze. Jozafa ak fanmi l’ konstate jan machin represyon an chaje ak dan; pèp la tounen bannann mi, anvan anyen, entèl te gentan disparèt osnon l’ap manje siman nan yon kacho pami divès kazèn k’ap barikade konsyans peyi a.

Pafwa, lè machin represyon an ap boulinen, menm mache nan Leyogàn yo, ki dabitid toujou chaje, oblije rete blanch. Tanzantan gen yon kouvrefe ki dekrete—toujou gen yon ankèt sou yon atanta k’ap menmen. Tout moun sispèk, tout moun inosan, tout moun se kamoken, tout moun se Divalyeris. Pyès moun pa janm konnen pozisyon yon lòt. Ayisyen pran jwe jwèt chat ak rat, pandanstan, diktati Divalye a gentan mèt kat kalfou.

Lè mouvman ak sikilasyon Jozafa te kòmanse kontwole e limite, misye bouti nan reyalizasyon ke si li lèse sitayasyon an depase l’, epi anglouti l’, l’ap vin tounen yon zonbi, yon bourik donte ki paka lèse patiraj mèt li. Etandone komès la te rapòte l’ anpil, li te arive ekonomize yon gwo pòsyon nan pwofi li te fè pandan dènye sizan ki sot pase yo. Misye reyalize li te ka gen plis kòb toujou si li pa te konn kontribye bèt ak lajan nan mouvman alfabetizasyon ak revolisyon Rejinal ak Kalanri yo. Men, etan yon nèg ki rezone e ki refize pou l’ lèse lepase andikape l’, misye eseye sèvi ak eksperyans li fè avèk mesye yo kòm yon kichòy pozitif ki pral ranfòse matirite l’ pou li ka konprann sa k’ap pase peyi a. Sa ki rive ayisyen parèy li ki tounen drakila nan gran jounen.

De mwa aprè antèman an, lè Jozafa fin fè bonjan kontwòl e li fin reflechi sou tout opsyon li; li leve yon vandredi maten,optijou, l’ale nan simityè sou kavo parenn li, li depoze yon gode kafe, yon mòso kasav ak twa tèt mayi, epi li pase sou tonm Bòs Masèl la, li jete twa kout kafe, twa kout kleren ak yon boukè flè kanasyon blan. Lè li janbe sou kavo Rafayèl la, li depoze yon bouke flè woz-wouj, yon plat diri blan ak mayi griye, yon plat vyann kochon griye ak yon boutèy wonm Babankou. Li ret kanpe devan kavo Rafayèl la pandan yon bout tan, li rale yon mouchwa wouj nan dèyè pòch li pou li siye kriye ki te kòmanse koule sou jou li; lè li fini li fè siy-lakwa, epi li fè jès salitasyon kat-kafou epi li kraze dènye boutèy wonm ki te nan sak nwa ki te nan men l’ lan. Fini misye fini l’ale dirèkteman nan pak bèt li yo pou li fè yon lòt moman refleksyon.

Vè twazè nan aprèmidi, lè tout moun reyalize ke Jozafa pase tout yon jounen san li pa pale ak pyès moun, Malèn mande Ezila ak Dèlfis pou y’al pale ak Jozafa. Men, san yo pa te atann, Jozafa rantre nan atelye anndan an pou l’ mande yon reyinyon-dine fanmi pou dimanch aprèmidi. Fanmi Malèn ak fanmi pa l’. Anplis, li voye mande pou prezans mesye Onora. Tout moun dakò san yo pa menm mande Jozafa dekiprevyen reyinyon an. Dayè, yon mwa edmi de sa, lè tout moun t’ap fete katriyèm anivèsè marasa yo, Jozafa pa t’ bay siy ke li te gen okenn lòt pwoblèm andeyò prijman diktati a.

De jou pita, lè tout moun te fin rasanble bò tab la pou dine-reyinyon an, Jozafa pa t’ janm te vle fè okenn anons. Sa ki parèt pi dwòl pou tout moun, Jofaza mande manman li pou li ranje tab la ak tout pi bèl fayans ak kouvè li genyen. Ezila sispèk, men li pa t’ vle gate sipriz osnon pawòl kachèt sa a ke Jozafa bezwen anonse a. Ezila konnen koze sa a enpòtan, men li pa konnen a ki nivo enpòtans li rive pami tout desizyon Jozafa genyen pou l’ pran yo.

Jou sa a, 25 novanm 1964, tout moun abiye byen fen tankou moun ki pral nan yon tedeyòm nan legliz pawas Leyogàn la. Dariyis, papa Malèn, mete yon vès gri fonse sou li, chemiz blan, kravat nwa ak pantalon nwa. Depi lè misye rantre nan papòt antre kay la, Jozafa di Dariyis ke li abiye tankou yon senatè. Dariyis te ri ak fyète. Kanta pou Madoun limenm, manmzèl te toujou konn anbeli kò l’ pou li ka byen kache laj jèn-vyeyès li. L’abiye ak yon rad koulè krèm twal koton ki plake sou tòso li epi ki lejèman elaji avèk pli akòdeyon ki kòmanse nan senti e ki rive jouk nan babout jip la a nivo tibya l’. Bouk-dòrèy dore nan zòrèy li vin aksantye rafinman kou l’ avèk yon kwafi chou. Mesye Onora limenm, te pran yon teni sivil, òmdevil: veston-kwaze ak pantalon pòch kavalye ki fèt ak twal kaki-mens ki prèske bay sou koton koulè nannan kachiman, chemiz blan, kravat bèj-jonat, sentiwon ak soulye an kui mawon. Nan pwanyè goch li, misye gen yon mont Omega braslè lò ki gen de egwi dyaman. Jozafa avèk fanmi l’ konnen ke mesye Onora gen kòb, men yo pa janm kesyone kòman misye fè lajan l’.

Pandan diz-an depi fanmi Bwanèt la byen avèk mesye Onora, misye te toujou yon fonksyonè Leta. Dayè, Ezila menm sispèk ke se misye ki t’ap diskrètman rekrite jèn gason ak hougan nan zòn lan pou yo ka ede nan simantasyon Divalyerism. Epitou, si Rafayèl pa t’ gen rantre nan lame onz-an de sa, petèt Onora t’ap rale misye sou kòd pou l’ ka sèvi kòm yon ofisye-milisyen. Ezila te toujou gen pwoblèm ak Rafayèl poutèt misye te gen foli chèf. Etandone pyès pawòl pa t’ ni vante ni deklare sou aktivite Onora yo, verite ret kache nan mwèl tèt; lamitye pa fele.

Toujou bò tab la, avan tout moun te pran plas yo, Ezila t’ap rakonte Onora istwa yon kabare ajantre ki plase nan mitan tab la, e ki gen yon imaj èg angrave ladan l’. Apèn manmzèl te fin pale, Dariyis ak Madoun fè l’ konpliman pou fason li abiye ak pou akèy chalerez e sosyab li, menmlè li nan lapèn. Ezila te mete yon jip fouwo nwa ki lejèman depase jenou li, avèk yon kòsaj blan kou-kolan ki bwode ak yon chema rektangilè an nwa, lajè yon kaye senkant kòb, ki desann jouk sou mitan pwatrin li; epi, nan mitan rektang lan, te gen kat bouton metalik won, semi-bonbe, ki fèmen devan kòsaj la.

Pou Dèlfis ak Jozafa menm, toulède te kostime an konplè koulè gri-sann, chemiz blan kolye pwent boutonnen, kravat saten nwa. Yon sèl diferans ki te genyen nan kostim de mesye yo, sèke twal pa Jozafa a te gen plis swa ki fèl parèt pi briyan. Malèn limenm, kòm li te ansent, li te mete yon moumou-arabèsk blan, manch pagòd, ki fèt avèk twal koton ki double sou deyò avèk yon fabrik krèp ki meche fen tankou tuil sou devanti moumou an. Pwatrin li lejèman ekspoze, manmzèl botifye kou l’ avèk yon ti kolye ivwa longè-matine ke Dr. Rejinal te fè l’ kado pou zetrèn maryaj li, ansanm ak yon pè zanno ivwa ki gen fòm silend.

Nan kwen agoch avan sòti salamanje a, men pa twò lwen tab prensipal la, Dèlfis ak Jozafa te ranje yon ti tab pou Mari ak marasa yo, ki, yomenm tou, te abiye avèk bèl teni dimanch yo. Sitou pou Ayida, ki tèt koupe ak manman l’ e ki te penyen ak ti très kòdron ki fè l’ parèt prèske anjelik. Marasa yo pat idantik, paske Ogoul limenm se avèk Jozafa li sanble. Ogoul te gen sou li yon salopèt nwa do-fèmen ak yon chemiz ble fonse manch long. Avrèdi, yo chak timoun yo te pote yon trè kikonk pou lòt paran an ke yo pat fin twò sanble an. Nan ka Ayida, se zye ak sousi papa l’ li te genyen. Pou Ogoul limenm, se bouch ak fòm danti manman l’ ke li pran. Men, toulède, pou gran satisfaksyon Malèn, pran koulè ak ten cheve Jozafa.

Mari limenm, youn nan sèvant yo, ki te grandi avèk fanmi Senpyè a, te prèske yon fanmi pou yo; sitou pou Malèn. Yon wòb-de-mezon koulè ble-digo san manch chita sou li, e ki sentre avèk yon senti wouj gwo bouk. Yon soulye-sandal eskapen nwa, an kui, byen klere nan pye l’. Manmzèl ak timoun yo pa te ka tann pou yo te savoure manje yo ki te deja enstale sou tab grandèt yo: diri ak pwa frans, pwason woz nan sòs zonyon ak tomat ti Joslin, chou bouyi, bètraj, kawòt rache, lamveritab nan sòs, siwokann bouyi, yon po ji grenadin ak yon boutèy anizèt. Awòm manje a te tèlman anvayi kay la e li te tèlman zatiyèt apeti mesye Onora, ke lè yo te resi chita, e anvanmenm pou Dèlfis te beni tab la, misye te deja lanse swè bòn-apeti l’ bay tout moun.

Pandan Dèlfis t’ap beni tab la epi bay remèsiman li pou chans yo genyen ke y’ap kontinye bay brasay nan lanmè lavi, Ezila te rete tèt bese pou l’ te ka kache emosyon ak pèn li ke li santi te ka deklannche yon sous kriye. Pou l’ bay tèt li fòs e pou l’ te soutni Dèlfis ki te kòmanse gòjesifye kèlke mo. Dabitid, Dèlfis pa fin twò renmen devwale emosyon ak vrè santiman l’ andeyò fanmi l’; men, etandone entuisyon l’ kòm papa fè li santi ke dine-reyinyon sa a kapab se dènye fwa ke yo ka rankontre konsa, misye reziyen l’ vèse sa ki nan fon kè l’. Menm Onora ki se yon defansè doktrin Divalye a, sekwe tèt e soupire tèlman li te touche avèk pawòl Dèlfis yo—espesyalman lè Dèlfis te pwononse mo sa yo: «…Nou ri pou nou ka kache doulè, nou danse pou nou ka konbat foli, nou rele pou nou ka repouse depresyon k’ap kwaze lehuit avèk sèvo n’; alò, jodi a, kwake nou nan pwòp mizè pa nou, an nou soutni kè n’ nan selebre e remèsye tout zanyèt ak tout lespri ki kenbe n’ anvi e ki toujou ini nou…»

Premye kout fouchèt chak moun te pran, te parèt lou. Se kòmsi yo t’ap sekrètman fè fòs kont yon leman ki t’ap rale fouchèt yo desann nan asyèt yo. Men, kanmenm, pèn ak tristès yo youn pa te kapab reziste prezantasyon, awòm ak gou diferan pla ki t’ap tann pou satisfè palèt yo. Antoulèka, dimoman Mari te fin sèvi marasa yo, Ogoul pat gen pèn pou l’ te yanm yanm bètrav ak kawòt yo. Alòske Ayida limenm, se pwazon dechose a li te mande Mari pou l’ kraze nan diri a pou li. Aprè chak kout kiyè, Ayida te fèmen zye l’, mouvmante dwèt li epi fredone kontantman l’ pandan l’ap byen savoure manje a. Ezila ak Malèn souri.

Bouche aprè bouche, tout moun vin lèse tèt yo nan gou irezistib manje yo ki te byen balanse avèk epis ki fè lang mande pou bis. Avan lontan, asyèt te gentan vid epi reranpli. Nan panse Jozafa, misye te kontan ke diferan pla yo avèk anbyans la te fè Onora sispan poze l’ kesyon sou sa li gen nan dyakout pawoli li. Avèk anpil souri e kèk blag pwòp pou kenbe atmosfè kay la leje e detann, Jozafa te arive atenn bi li—Pou li te ouvè dyakout koze l’ aprè tout vant te fin plen. Misye konnen ke kè sere pa ka manje. Epitou, li te vle pou tout moun vin degiste kuizin boul-loulouz, kuizin koupe-dwèt, kuizin kreyòl kòdon-ble manman l’.

Lè Dariyis fin siye bouch li epi konplimante epi rekonplimante Ezila pou pla fòmidab sa yo, Jozafa oblije kouri leve pou Madoun pa fè jalouzi; paske, li konnen ke manmzèl gen ratman nan depatman sa a. Misye kanpe avèk de men l’ nan pòch li, li gade tout moun pou yon bon moman epi li pase men dwat li sou zèpòl dwat Malèn, manmzèl limenm apiye tèt sou hanch misye. Avan misye kòmanse pale, li grate gòch li epi li pran pale nan yon ton ki detèmine, kalm, trè rasyonèl:

«Li pran m’ anpil tan pou m’ arive pran desizyon sa a, men mwen sèten ke se meyè desizyon ke m’ kapab pran kounye a…» san Jozafa pa menm gentan pou li elabore, Ezila, Dèlfis, Onora ak Madoun, yo tout poze l’ menm kesyon an prèske an inison: «De kisa w’ap pale Jozafa? Ki desizyon?» Vwa yo make ak enkyetid, Malèn limenm li rete an silans paske li te deja diskite sispisyon li avèk Ezila. Avan Jozafa repran pawòl li pou li deplòtonnen sa ki nan lide l’, li mande avèk jantiyès pou pyès moun pa entèwonp li. Aprè tout moun fin fòseman dakò, misye retire men l’ sou zèpòl Malèn, li pran boutèy anisèt la, li vide de kou nan yon vè likè, li mouye bouch li ak yon ti goute, li depoze vè a sou tab la epi li remete men l’ sou zèpòl Malèn avan li repran lapawòl.

«Pou m’ byen eksplike rezon dèyè desizyon m’ lan, fòk mwen di nou ke se depi aprè zak sasinay sou diz mesye yo nan lakou Janbatist la, mwen te pran desizyon an, epi mwen te fè tout posib mwen pou m’ te kache sa ki te rive m’ jou aprè masak la… Se pa t’ tonbe mwen te tonbe, men se youn nan makout ki konn nan avan-pòs Gresye a ki te maspinen m’ ak kòs fizi pou l’ te ka fè m’ respekte chèf,» (tout moun met men sou bouch yo pou yo ka kontwole sezisman yo) «si mwen pa t’ janm te di anyen se pou m’ te evite plis pwoblèm ak konfwontasyon avèk Leta. Alò, etandone malediksyon peyi a sòti pou l’ fè n’ tounen kanibal e nou pa menm kapab jui pwòp peyi n’, mwen finalman asepte limyè verite ke Malèn t’ap klewonnen devan je m’ lan depi kèk tan. Anplis, avèk timoun yo k’ap grandi prèske sou chans pou yon demen ki ka miyò. Mwen deside disi sis mwa pou m’ janbe dlo ak fanmi a.»

Yon silans anglouti salamanje a; sou figi chak moun genyen yon diferan ekspresyon ki make. Pou Fanmi Senpyè a, se plizoumwen sa yo t’ap tann tèlman yo te konsène sou sekirite Jozafa ak tout rès fanmi a. Pou Onora, kwake li parèt kontan, se potko solisyon an sa. Ezila limenm, li te pran wonje dan l’ pou li te kapab absòbe nouvèl piman sa a ke li rekonèt nesesè, men ki te kanmenm chokan. Kanta pou Dèlfis limenm, se pou Ezila li vrèman konsène. Misye konnen Jozafa se yon nèg ki debouya e ki pap janm pran yon desizyon san li pa ekzamine tout aspè, tout chema posib.

Toudenkou, sanzatann, nan yon vwa patènèl, lejèman militè, konsène e ki san dout, mesye Onora leve kanpe nan lòt bou tab la pou l’ konseye Jozafa: «Olye pou w’ ta pati nan sis mwa, l’ap preferab pou w’ pati nan twa mwa. An reyalite, si Malèn pa t’ gen uit mwa gwosès, mwen t’ap mande ou pou pati pli vit ke posib,» tout moun gade Onora nan yon rega ki on tijan sispèk, men ki pè mande plis kesyon. Lè misye retounen chita, Jozafa fikse rega l’ sou Onora epi li grate mitan tèt li pou l’ montre konfizyon l’. Men, lè li wè Onora pa ofri okenn klarifikasyon, misye oblije dakò avèk sikjesyon Onora a.

Aprè yon bon moman, lè Ogoul ak Ayida te kòmanse mande kote papa yo prale, Jozafa pa t’ konnen kòman pou li te reponn timoun yo san li pa t’ soulve plis kesyon ak konfizyon. Men, etandone Malèn abitye rakonte yo kont sou diferan peyi, Jozafa mande Malèn pou l’ esplike yo pito. Manmzèl dakò, men li di timoun yo ke l’ap rakonte yo yon bèl ti istwa avan y’al dòmi. Malèn pot ko vle reponn paske limenm poukont kò l’ patanko konnen tout detay yo. Yon sèl bagay ki te sèten, se pa an Frans yo t’a prale, plito se Nouyòk nan peyi ameriken yo pral fè kèk tan.

Kote Ezila chita bò tab la, yon siklòn panse ak vizyon pase nan tèt li. Enkyetid pran l’ pou fason li sonje kòman marin ameriken yo te konn trete Ayisyen; anplis, manmzèl okouran sou represyon k’ap fèt sou moun nwa ak sou posibilite lavi ka ofri pou Ogoul ak Ayida. Nan yon bò, manmzèl ap kontanple diktati sanginè sou tè natal la, e nan yon lòt bò, manmzèl ap ekzamine rayisman kont moun nwa nan peyi etranje—Manmzèl mande tèt li kiyès pami de sitiyasyon malouk sa yo ki pi vivab, kiyès ki ka bay plis lougal. Aprè tout refleksyon l’ yo, li finalman leve tèt li pou l’ mande Jozafa plis detay sou vwayaj la. Enpasyans ak enkyetid li te fè l’ kase kòd silans pou li ka rasire l’ ke Jozafa konnen san yon dout sa k’ap tann li nan Etazini, peyi blan ki te vin kraze Kako epi rasine yon lame-fannfwa.

«Jozafa, Etazini se pa ayiti! Blan an pa pral desann matla li pou li ba ou ladesant. Pa bliye ke moun blan nan sid pa vle wè moun nwa; anpil nan marin yo se nan sid yo te sòti e se yon peripèsi yo te fè n’ pase. Alò, m’ap swete w’ap gen de kwa pou viv jiskaske ou jwenn yon travay! Ki plan ou e ki moun ou konnen lòt bò a ki ka ba ou sipò pou jiskaske ou fin etabli ou?»

Tout moun souke tèt yo pou yo montre ke yo dakò e yo pataje enkyetid Ezila a. Tout je ret fikse sou Jozafa, y’ap rettann repons misye. Yo konnen janbe dlo pa menm bagay ak demenaje de yon kay a yon lòt, osnon yon pwovens a yon lòt. Pou ajoute nan dife enkyetid la, mesye Onora, ki te kòmanse gen yon tèt leje tèlman li amize l’ nan anizèt la, foure yon lòt eleman pikan nan koze a. «Mwen konprann nesesite pou ou pati; men, mwenmenm m’ap rete fyè ke nou gen pwòp nasyon nwa pa nou avèk yon prezidan ki ba nou fyète nan fason l’ap pwoteje teritwa nasyonal la kont etranje ki gen foli rekontwole n’. Mwen pa di ke tout bagay an woz, men yon nèg tankou Maten Litè King (Martin Luther King, jr) pa t’ap janm ap chyente, ap monte kalvè sa a nan pye blan. Si li te ayisyen, li t’ap fèt ak tout libète l’ epi li t’ap jwenn tout respè l’ nan men nasyon an. Alò, m’ap ba ou yon dènye konsèy Jozafa… Pa kite okenn blanmannan betize ak ayisyanite ou, pa janm fè tèt beze devan pyès moun. Se pitit Tousen ak Desalin ou ye. Vive notre nation libre

Anba pawòl frètkach sa yo, Jozafa santi yon konbèlann kouran ki jegwifye mwèl tèt li epi desann nan kolòn vètebral li. Jozafa mòde po bouch li, gade ekspresyon figi chak moun, epi san li pa rekonèt pwòp fòs ponyen li, li prije misk lateral zepolèt Malèn—manmzèl soupire, epi nan yon jès byen trankil, li foure men goch li nan men dwat Jozafa pou li ka fè misye santi ke li t’ap peze zepòl li. Lè Jozafa rekonèt sa ki pase, li bwose zepòl Malèn ak men l’ epi li mase misk manmzèl. Kanmenm, tèlman deklarasyon Onora a te ckokan, misye te bay Onora yon rega manchèt ki te fè l’ santi foste ak ekjerasyon pawoli misye Onora yo. Kòm repons non-vèbal, Onora retounen rega Jozafa a kòmsi li vle fè misye konprann ke li pa wè sa ki dwòl nan sa li sot di la a. Aprè detwa echanj rega fitil, Jozafa deside pou li reponn Onora ak respè, men avèk fèmte:

«Mesye Onora, Parenn nòs mwen, pa di ke se frekan ni radiyès m’ap fè. Men, mwen pa kwè ou reyalize nan ki founo, nan ki kondisyon aganman, sitiyasyon ke pwason n’ap viv. Konbyen Maten Litè King pwòp pa nou ke sistèm lan ap pilonnen pou li ka pwoteje pwòp enterè l’. Pa bliye Doktè Jak-Estefèn Aleksi ke yo asasinen, tout zanmi m’ yo ki kounye a ap viv nan ekzil oubyen k’ap manje baton nan diferan prizon. Poukisa yon natif-natal tankou m’ oblije lèse peyi m’ ak fanmi m’ pou m’al viv nan peyi etranje ak pwop fanmi m’? Kisa mwen fè pyès moun? Èske se pa yon kras verite sou miray dan lavi ke n’ap eseye dekòtike pou nou ka griyen dan nou bay solèy? Kanta pou Maten Litè King, ayisyen ou pa, depi se moun k’ap revandike pou pèp, li t’ap toujou jwenn ak lanmò l’. Wèli, lavi se yon lit ant David ak Golyat, men nan vèsyon modèn lan, nan vèsyon reyèl la, se Golyat ki toujou genyen. Antouka, mèsi pou konsèy ou yo, m’ap monte ayisyanite m’ byen wo sou ma-drapo konsyans mwen pou Tousen Louvèti ak Chalmay Peralt ka ede m’ derasine tout move lawon k’ap gagannen peyi a nan boutèy nasyonal.»

Lanmò sibit ak kòchri kretyen-vivan pa te ka make sezisman konsa sou figi Madoun ak Dariyis ki pa t’ vle kwè zòrèy yo. Bouch lejèman ouvè, batman kè rapid, yo vire tèt yo nan direksyon Onora pou yo konnen sa ki pral fèt. Malèn limenm, li zongle Jozafa pou misye ka mete dlo nan diven l’. Manmzèl konnen ke makout, menmlè yo tankou fanmi ou, depi yo grangou osnon angaje, se pwòp enterè ak kòz yo ke yo pral defann. Lè Jozafa santi doulè penchen Malèn lan anlè jenou goch li, misye chita epi li repran vè li a pou l’ fin bwè rès anizèt la. Onora limenm ki te etone e lejèman dekontwole, eseye rekonpoze atitid li. Lè misye fin byen metrize l’, li leve kanpe, li eskize l’ pou li ka lèse tab la, aprèsa li mache byen dousman pou l’al kanpe dèyè do Jozafa. Ezila fèmen je l’, li mete men l’ tankou yon sen pou li priye nan kè l’. Mari ansanm ak marasa yo vire chèz yo an pou yo ka gade. Yo youn pa di anyen. Kwake yo pa fin twò konprann sa k’ap pase, yo presanti malè. Yo pran suiv avèk atansyon entèraksyon ant papa yo ak mesye Onora. Enstenktivman, youn lonje men bay lòt epi yo mare ti dwèt yo ak pa lòt la. Mari gade yo san li pa di yon mo, li konnen marasa gen pwòp langaj pa yo.

Jozafa ki pa konn kisa pou l’ atann de Onora, depoze men l’ sou janm Malèn epi li gade papa l’ pou li pa pèdi kontwòl li. Li konnen ke pawòl li yo te fwase Onora ki se yon defandè wouj doktrin Divalyeris la. Byen kalm, tèt li toujou nan direksyon Dèlfis, Jozafa santi souf Onora dèyè kou li. Nan yon vwa trankil, konpoze e ki file tankou jilèt bouyi. Mo Onora yo fè po Jozafa fè chèdepoul. Se nan moman sa a tou, misye wè rezon ki fè Onora mande l’ pou li lèse peyi a pli vit ke posib. Onora di l’ konsa:

«Se pa malen ou malen ni se pa paske ou gen bon kè ak bèl figi ki fè ou la a toujou. Pa janm bliye, menm nan lanfè gen moun pa. Si mwen pa t’ onore e respekte valè amitye fanmi an avèk tout sa Ezila soufri nan men ameriken, mwen pa t’ap oblije pase eponj sou yon pakèt pawòl sibvèsif ak aktivite kominis ke w’ap menmen. Se nayifte ou ki mete ou la a. Ki kote ou pase pou tande malere fè revolisyon ak bouch. Aprann sa yon fwa pou tout, konsyans boujwa a, konsyans klas dirijant peyi a se nan pòch Divalye li ye. Lajan egal pouvwa. Avèk entèlijans ou, devouman, e pasyon ou, ou ta ka rive lwen Leyogàn. Petèt, lè lavi nan peyi meriken kòmanse matonnen ou w’a wè jan ayiti dous,» Onora retire kò l’ dèyè do Jozafa, li foure demen l’ nan pòch li, li soupire epi li gade plafon an. Pandan tout moman sa a, tout moun, esepte Ezila ak Jozafa, te fikse je yo sou Onora. Se premye fwa yo wè misye parèt boulvèse e touche emosyonèlman konsa.

Kwake Malèn te rete an silans pandan echanj ant Jozafa ak Onara a, manmzèl santi li ta devore Onora pou fason l’ap fè leson moral bay Jozafa ak nan fason li fè Jozafa tounen yon mayengwen k’ap anmède dòmi moun de byen. Ensolans ke Onora demontre a fè Malèn wè rezon ki fè Ezila pa vle wè chèf. Andepi santiman Malèn, manmzèl fè tout posib li pou emosyon l’ pa pwochte sou figi l’.

Pandan kèlke segond Onora fè ap mache monte-desann nan salamanje a san li pa di yon mo, parèt yon etènite. Briskeman, kòmsi yon lespri pote langaj li tounen pou li, misye vire lòt bò tab la pou l’al kanpe dèyè do Ezila ki te toujou gen je l’ fèmen. Misye kanpe fiks tankou yon enspektè k’ap tann yon repons, oubyen k’ap tann yon moman kle pou li pote yon dènye jijman. Lè misye reyalize ke Jozafa pap ni wete ni mete yon yota pawòl sou deklarasyon li yo, misye di Jozafa konsa:

«Se konnen ou pa konnen jan mwen konsène pou byennèt ou! Petèt vwayaj sa a kapab fè anpil byen pou ou, e lè ou pare pou retounen w’a va konprann reyalite peyi a pi byen. Antouka, dènye pawòl m’ap di ou, sèke: Ayiti pap tounen yon lòt Kiba. Sistèm lan gen ase ranfòsman pou n’ mete tout moun sou kontwòl. O!… Pou m’ pabliye. M’ap fè ou jwenn paspò ak viza yo pli vit ke posib… Mwen ta renmen wè ou kite Ayiti ak tout plim sou do ou. Bon, mesyedam, Ezila, mèsi pou yon dine fòmidab e remontan. Jozafa, pase wè m’ lè ou pral fè papye yo… Je m’excuse et je me retire

Mesye Onora sòti nan salamanje a tankou yon lanmò sibit ki sot vale souf yon tchovi ki toujou nan tete. Tout moun se men sou bouch. Pa gen yon divinò nan Leyogàn ki te ka predi siklòn imen sa a ki fè kè bat tanbou laperèz. Lè Jozafa gade manman l’ k’ap ouvè je l’ li wè de ran dlo k’ap file desann sou jou li tankou de ti koulèv madlèn ki poko chanje po. Jozafa santi yon ponya nan flan kè li poutèt pèn ak doulè sa a li ajoute sou fado manman l’ ak poutèt li santi l’ fèb kont sistèm ki achte konsyans moun ki swadizan renmen lavi. Lè misye gade tout moun bò tab la epi li gade marasa yo, li santi yon kaskad lanmou koule anndan l’. Kounye a, san yon may dout, misye konnen ke osito Malèn akouche, y’ap mare pakèt yo pou yo kite tè natal la. Jozafa soupire, li bo madanm li epi li leve pou l’al bò kot manman l’ ak papa l’. Lè li pase dèyè do Dèlfis, li akolade l’ epi li panche tèt li avèk tout afeksyon l’ pou li bo Ezila sou je l’. Gou kriye Ezila yo ret sou bouch li tankou premye bo li te pataje ak Malèn.

—Patrick Sylvain oktòb 2002
Anba Bòt Kwokodil, dènye chapit nan yon roman istorik ki gen pou parèt trè byento

Aller au sommaire de ce numéro de Tanbou/Tambour, Automne 2002

Page d’accueil  |   Sommaire de ce numéro  |   Contribution de Texte et de Courrier: Editeurs@tanbou.com