Tanbou logo

Page d’accueil  |   Sommaire de ce numéro  |   Contribution de texte et Courrier: Redaksyon@tanbou.com



Pwezi ann ayisyen

Intwodiksyon powèt Emmanuel Védrine

—pa Kesler Brezault (Keslèbrezo)

«Le compatriote Paul Laraque prophétisait quelque temps déjà qu’une ère nouvelle s’ouvrira sans doute dans la littérature haïtienne quand elle sera faite par des écrivains qui auront appris non seulement à parler mais à écrire en créole (Haïti Progrè, 25 au 31 mars 1987). Emmanuel W. Védrine est écrivain et chercheur d’origine haïtienne. Il se coiffe de chapeaux assez divertifiés dans le domaine de l’écriture. Linguiste de formation, il a exploré jusqu’ici presque toutes les facettes de la langue créole. Ses œuvres en témoignent. Les vingt titres enregistrés jusqu’ici au nom de l’auteur partent d’un dictionnaire de 246 pages (Dictionary of Haitian Creole Verbs With Phrases and Idioms), passant par le roman Sezon sechrès Ayiti comme charnière et s’ouvrent sur les «lomeyans» ou poèmes haïtiens dans Ti powèm ayisyen oktosilab. Au cœur de son œuvre, on compte également [entre autres] les titres qui suivent: 23 Poèmes en français et en haïtien, Un stylo international, Petit lexique du créole haïtien, Poetry in Haitian Creole, Koze lanmou, Dis powèm sou lanati, Manyèl pou anseye seminè kreyòl ayisyen, Kri pou liberasyon, Nap aprann pwovèb ayisyen, Peyi m rele Ayiti, Yon koudèy sou pwoblèm lekòl Ayiti, Ti istwa kreyòl: Short stories in Haitian Creole, Di yon vèb tire yon kont, Materyèl edikatif pou bileng ayisyen, Ide pou kreye yon High School Ayisyen prive nan Boston., Gramè Kreyòl Védrine. Un dernier receuil vient coiffer cette liste. Il est cette fois-ci question d’actualité-culturelle. En effet, Men l anlè a lap vini; c’est plus qu’un titre, c’est une chanson, un refrain populaire mis en prose par notre compatriote E. W. Védrine…»

—Kesler Brezault Rédacteur-en-chef, revue Soleil des îles

Powèm Védrine sa yo ekstrè nan koleksyon: Koze lanmou (dezyèm pati):

Koleksyon Tipowèm Ayisyen Oktosilab (echantiyon)

File se yon lotri

Lanmou o pliryèl

File se yon lotri k dwòl Lanmou o pliryèl
Dèfwa w jwe l ou soti Vle di mwen ak ou
Dèfwa w jwe l ou pèdi Kòkòt ak Figaro
Men sa k bon ladan l Romero ak Jilyèt
Sèke w pa bezwen peye Lanmou o pliryèl
Boul yo anvan tiray Se lè m ap panse avè w
Tout jwè ka pran chans yo. Wap panse avè m
Son w lotri k dwòl: Len reve lòt je klè
Ou pa konnen lè wap soti Kou nan dòmi
Ou pa konnen lè wap pèdi De gran espri kap kominike
Men fò w jwe l pou genyen Kèlkeswa kote yo ye
Tyala file dwòl, Lanmou o pliryèl
Li ka reze w. Se lè m te fèk wè w
Ou ka reve bèt volay, Ou te fèk wè m
Ou jwe vennkat Epi kè n tap palpite
Epi karannde fè lo Menm lè n potko menm pale.
Ou pa janm konnen ki boul kap
fè Premye, dezyèm, twazyèm lo.   

Koleksyon Tipowem Ayisyen Oktosilab (echantiyon)

Tranpòtasyon an Ayiti

Peripesi yon ti pèp nwa

Yon sektè k pa janm kontwole Pèp ki soti depi Lafrik
aksidan kote ou pase E ki ateri Amerik
Leta pa janmen di anyen Yo ki kase chenn lesklavay
Se kòmsi vi moun pa anyen Pou ka fini ak yon gwo tray 
Plen enjenyè ki diplome Pèp nwa ki premye fè listwa
Menm kannal yo pa ka fouye Zòt te di se yo k pot sida
Vwa pou konstwi wout devlopman    Yap lage pichon dezinyon
San ke yo pa rele yon blan. Men fò nou pa pran nan presyon. 

Kote kochon kreyòl yo?    

Pòv kap mande nan Pòtoprens

Zòt soti kote l soti, vin Yo bò koridò Marengwen
Di nou yo gen lafyèv Pòsin Wap wè pòv yo nan tout rakwen
Yon konbinezon matyavèl Wap wè yo nan zòn Bwavèna
Pou peyizan, move nouvèl. Si w al Mache Anba. 
Yo ban nou kochon grimèl yo Yo grangou, yo bezwen manje
Pou n toujou rete esklav yo Se rezon ki fè yap mande
Se vre yo di n analfabèt
Men nou konnen ke nou pa bèt.
Ak yon ti kwi kenbe nan men
Yap mande moun tout lajounen.

Jounen Entenasyonal Felix Morisseau-Leroy

O non tout kreyolis kote solèy la pa janm
Fèmen je l
O non tout moun ki pale kreyòl
Tribò-babò anba syèl ble a
Nan tout rakwen
Kote kretyenvivan respire
Sou latè beni
Kote tout moun sou latè ap goumen
Pou pwoteje kilti natif-natal yo
Ak lang matènèl yo
O non tout moun nan kat pwenkadino
K ap goumen pou chanjman
Pou yon demen miyò lakay yo
Pou demokrasi boujonnen toupatou
Pou chak moun rive souse yon zo
Goute ti moso nan pen lenstriksyon
O non tout timoun Ayiti Tonma
Ki ta renmen ekri ti dedikas sa a
Sou yon kaye kenz kòb pou Ton Moriso
O non REKA
O non Papa Desalin
Ki fè m fyè lè m ap pale, lè m ap ekri an kreyòl
O non pitit li yo
Ak lespri zansèt yo
M ap deklare 28 Oktòb 1998
Jounen Entènasyonal Felix Morisseau Leroy
Ensiswatil!

—Emmanuel W. Védrine
(dènye powèm sa a inedi)

A hillside farm on the island of Gomera, in the Canaries archipelago. —photo by David Henry, 1997
A hillside farm on the island of Gomera, in the Canaries archipelago. —photo by David Henry, 1997

Powèm pa Roberto Gibral-Tarik

yon tradiksyon an kreyòl pa E. Védrine

One in a Million
Messages from the Historic Million Man March

“Dr. Roberto Gibral-Tarik is a modern day Jack-of-all-Trades, master of a few. He is guru with an incredible bedside manner and impressive credentials to boot. He graduated from SUNY College at Buffalo, New York, with a B.A. in Spanish; received credits toward a M.A. in Bilingual Education from the Instituto de Filología Hispánica in Coahuila, Mexico; obtained a M.A. in Spanish with a concentration in Hispanic Civilization and Culture, and a Ph.D. in Education Administration both from the University of California, Santa Barbara.

Roberto’s Professional career hails from instructor/teaching assistant in the Departments of Spanish/Portuguese and Black Studies at UCSB, to research consultant at the Rand Corporation in Santa Monica, CA.

Dr. Gibral-Tarik captures the spirit that infused this vast assembly in such a way as to make those of us who did not attend bold enough to imagine that we were there.”

—Dr. Chris McAuley Associate Professor of Black Studies

Excerpt from One in a Million

translated to Creole by Emmanuel Védrine

In the Americas, We See…   

Nan Amerik, Nou wè…

As we look back Lè n gade dèyè
’cross the rivers lòtbò rivyè yo
valleys mountains vale yo mòn yo
oceans continents oseyan yo kontinan yo
the times… epòk yo…
we see kings queens nou wè wa rèn
cultures civilizations kilti sivilizasyon
families religions love fanmi relijyon lanmou
we see… nou wè…
tribes animals grasslands tribi zannimo plèn
manhood sincerity trust gason senserite konfyans
white creatures and ships blan ak bato
we see… nou wè…
shores weapons violations rivay zam vyolasyon
disease death suicide maladi lanmò suisid
pain whips and sails doulè fwètkach ak vwal
we see… nou wè…
slaves slaves slaves esklav esklav esklav
As we look back Lè n gade dèyè
’cross the rivers lòtbò rivyè yo
valleys mountains vale yo mòn yo
oceans continents oseyan yo kontinan yo
the times… epòk yo…
we see… nou wè…
bananas cane bamboo plantasyon bannann kann banbou
tobacco melons tabak melon
coffee beans and cotton kafe ak koton
we hear… nou tande…
songs Deep River chante Deep River
Ma Teodora, Day-O Ma Teodora, Day-O
Kende Ayere, Blues Kenbe Ayere, Blues
we feel… nou santi n…
strong strong strong fò fò fò
As we look back Lè n gade
’cross the rivers lòtbò rivyè yo
valleys mountains vale yo mòn yo
oceans continents… oseyan yo kontinan yo…
the times… epòk yo…
we see escapism nou wè mawonay
FREEDOM segregation LIBÈTE separasyon
discrimination subjugation deskriminasyon esklavay
we see… nou wè…
inequality demonstrations pwotestasyon kont inegalite
uprising riots leve-kanpe
marches Black Voices mach Vwa Nwa yo
we hear… nou tande…
L’Ouverture, Bolívar, L’Ouverture, Bolívar,
Douglas, Martí,“ Douglas, Martí,
DuBois, Garvey, DuBois, Garvey,
Malcolm, King Malcolm, King
As we look back Lè n gade dèyè
’cross the rivers lòtbò rivyè yo
valleys mountains vale yo mòn yo
oceans continents oseyans yo kontinan yo
the times… we see… epòk yo… nou wè…
—Roberto Gibral-Tarik

tradui an kreyòl pa Emmanuel Védrine

Powèm pa Gary S. Daniel

tradui an angle pa Jack Hirschman ak Boadiba

koukouy

fireflies

lò ou leve granmtimaten when you get up the early morning
solèy tanmen kale dèyè mòn bwonze the sun’s hatching behind the bronze mountains,hey
pafen kafe vwazen monte hay! the aroma of the neighbor’s coffee is rising
ouvè twou nen vonvon’w opening your nostrils’ pores
reveye tout tipwèl anvi’w waking all the little hairs of your need
sou lantouray mande at the fence of asking for
tenbal lodè a cup of smells
pouse w limen pushes you to light up
yon zing poy «comme il faut» a tiny butt of “comme il faut” cigarettess
pou dechaje boulèt kalbas memwa w and fire the calabash-bullet of your memory
soulaje kè nwè yè oswa gou fyèl. to relieve your heart of last night’s bad taste
lò ou chita granntimaten when you sit up in the early morning
solèy ape leve pentire lonbray the sun rising is painting the shadow
kay pay dore, hey! of the golden thatched house—hey,
rele ti machann lèt kaye call the vendor of curdled milk,
machann dlo kokoye the vendor of coconut water
pistach griye ake twade roasted peanuts and peanut butter
k ape pase fè w latitin bètin that will pass by enticing you:
achte si ou kapab buy if you can,
mande si ou pa kapab ask if you must,
ke nenpòt kijan ak yon ti souri mari no matter what you decide with an innocent
ti machann lan ape dekouvri layo l smile the little woman will uncover her sell
boure ak lyann lamitye full of love-connection heat
pou l sonde bòl bibap kè w. and sound your bowl of heartbeats.
lò ou kanpe granmtimaten when you stand in the early morning,
panyen w sou do w pwal nan mache a basket on your you’re going to market
mare senti w twa ne your sash tied with three knots
madanm menm penich li konte! madame counts even the pennies!
koutay pa ekziste; shortchanging doesn’t exist,
lalwèt ret sèk throat stays dry,
koridò limon gòjèt pa tranpe that mossy swallow-corridor doesn’t get wet
platfòm byèl lestomak pa grese nor the front of the chest get greasy
e, gras a tifreng kòd pèpè and, thanks to a pile of used clothes,
ti trip soutni gwo trip little guts can support the big ones
jouk chodyè desann twapye dife. til the cooking pot comes off the fire’s three-rock feet
lò l midi pik, chalè solèy ensipòtab at exactly noon, the hot sun unbearable,
ensipòtab chalè the heat intolerable,
chalè twapye dife mayimoulen kole the heat of the three-rock fire of sticky grits
timoun ape lange, granmoun ape niche the kids are tonguing and the grownups licking
tikras … pa genyen pou demen. crumbs… there’s hardly any for tomorrow.
jouva jouvyen lò l katrè mwen tikras days come and go and a little before 4 pm
lòtbò lakou grenn zaboka sèvi boul in the neighbor’s yard an avocado seed serves as ball
timoun vant plen ape choute well-fed kids are kicking,
sitwon vèt gaye resèt jwè bakoulou a green lime nullifies a trick play,
gòl pati, tèt zòtèy chire a goal is made a big toe smashed,
fil arenyen mare zòbòy bitè. a spider web’s tie the scorer’s bunion
solèy leve, solèy tanmen kouche the sun rises, the sun starts lying down
nan kalfou lyann lamitye kit swèl on street corners of sweet and supple friends,
sou laplas, sou boulva in the center of town on the boulevards
bò lanmè along the shoreline
sou tèt meridyen galita up to the very attic-tops
jouk nan mitan lorizon syèl ak lanmè all the way out to the horizon of sky and sea
lalin voye yon ki kout je the moon’s taking a gander
gade lèzamoure bradsi bradsou stealing a peek at lovers holding hands
ke rosiyòl ape chame ak yanvalou. charmed by the nightingale’s dance.
koukouy klere, zetwal gaye fireflies glow, stars scatter,
pòt klete, granmoun ape ronfle doors click shut, folks soon are snoring,
marengwen ap zwingzifye mosquitos buzzing
sou granchimen grenn pwonmennen along the paths of the vagrants
grenn pa grenn chen ape jape one after another dogs are yapping,
chwèt ape chante: se lè l pou l trase vèvè.    owls hootings: it’s time for drawing vevers.
timoun dòmi reve zòtèy rache a sleeping kid dreams of torn-off toes,
lagè pete, boulèt kòken gaye war breaking out, traitor bullets scattering,
nwasè demen tomorrow’s in the dark
pliske l pa konnen sou ki pye because he doesn’t know which foot
li pra l leve. he’ll rise up on.

veye

watch

peyi a vire ron the country’s going ’round in circles
tankou boulje ron like round eyeballs
grangou malere of poor people’s hunger
sou dan wòch Cyvadier on the teeth of the rocks at Cyvadier
mwen ale mwen wè I go around watching
mwen wè nwa I see blacks
mwen wè blan I see whites
mwen wè nwè I see the dark
nwa ak blan blacks and whites
men m pa kwè zòt pa bwè pwa. but I don’t think the others are giving up.
Malere pèdi bondye bon the poor lose good god
konprann li bon najè thinking it’s easy swimming
nan dyare dyòlalèlè in the diarrhea of loose talk
anfouraye nan nwasè bèbè losing its way in mute darkness
mwen mache I’m walking around
mwen tande I’m listening
mwen tande machpye I hear footsteps
sou planch Kalbwa on the boardwalk of Kalbwa
nan lakou plas fènwa in the courtyard’s darkened area
mwen mache kè poze I walk without fear
tout moun sòt filozòf plim all dumbbells, are big philosophers
nan tonnè monte desann konpè pan in the rising and falling thunder of stuffed shirts
«Sur la queue de Smith, Quatherine»   “on the tail of Smith, Quatherine”
istwa yon okipasyon fòse pran the story of an occupation forced on us
pèp veye lakou people watch the courtyard
pou l pare kou to avoid getting hit
sou kou ti kou sou klou on the neck, whack after whack,
tout kou se kou all whacks are whacks
ka maske kou ki kou masking shots that’ll be shots
nan lakou san koukou in the courtyard without hoot-owls.
peyi a ap vire ron the country’s going ’round in circles
sou iant lavi sanfren on the wheels of life without brakes
pou sa k genyen toujou genyen so that those who always have will go on
nan lafimen grenn pwonmennen in the smoke-wisps of vagrancy
dòmi pèdi nan jetrèt sleep is lost in a cross-eyed head,
pèdi sèk tras kout tèt a lost circle of traces of head-butts
nan dodomeya vant pase in the ease of the diarrhea
pou kouvri demen pye kase to cover the broken foot of tomorrow
doulè san koule moun ak soulye the colorless pain of people with shoes
moun ak sapat san bòtsanlye people with sandals and not big army boots.

jan mapou jan

the way of the Mapou tree*

siklòn ale hurricane goes
siklòn vini hurricane comes
li kanpe king he stands firm
rasin li ponyen tè a his roots clutch at the earth
tankou men kouzen like lwa Kouzen’s hand
nan sak mayi grennen down in a bag of cornseeds
siklòn! siklòn! hurricane! hurricane!
se pa de, se pa twa not just two or three
siklòn david hurricane David
siklòn azèl hurricane Hazel
siklòn endwou hurricane Andrew
siklòn nan sid, siklòn nan nò hurricane in the south, hurricane in the north
siklòn fè mikalaw hurricane in bunches
se pa youn sèl ki kanpe it’s not just one that stood up
pa youn sèl ki chape not just one who survived
ou ki krè l pa de you think it isn’t two
m pa ta krè l twa I wouldn’t think it’s three
mwen di ou se youn nan youn gwo savan     I’m telling you there’s just one in the vast savannah
youn gwo pyebwa a tall tree
de twa pil branch with lots of branches
youn voum rasin and many roots
rasin nan nò roots in the north
rasin nan sid roots in the south
nan lès ak lwès in the east and in the west
youn sèl gwo bwa a single tall tree
ak bon jan van with a great breeze
jan bay lespwa the kind that brings hope
jan jodi jan demen for today and for tomorrow
nenpòt kijan youn sèl jan anyway there’s only one way
jan mapou the way of the mapou
mapou jan the mapou way
pa gen kon jan there’s nothing like it
youn sèl pyebwa the only tree
ak bonjan van kreyòl with the loveliest Creole breeze
kreyòl pale kreyòl konprann Creole’s spoken Creole’s understood
siklòn pase siklòn ale hurricanes come hurricanes go
lonbray gaye kont ap tire shadow scatter, stories are told
timtim bwa sèch come gather round
vin pou n koute come listen up
genyen pou tout moun there’s enough for all
anba mapou under this mapou tree
gen bonjan van there’s the swellest sort of breeze
pou tout tan. for every season.
—Gary Daniel / English translation by Jack Hirschman and Boadiba
* The title JAN MAPOU JAN is a play on both the name of the mapou (ceiba/oak) tree
and Jan Mapou, the noted Haitian poet and creolist.

Pwezi pa Denizé Lauture (Lotu)

  Bawon Lakwa. —photo pa Blondèl, 1994
  Bawon Lakwa. —photo pa Blondèl, 1994

Madichon Sanmba / Dlo Nan Sensè A

Tout grann sanmba a
Benyen nan Dlo Nan Sensè.

Papa sanmba a
Manman sanmba a
Benyen nan Dlo Nan Sensè.

Fanmsay ki te koupe lonbrik sanmba a
Marenn ak parenn sanmba a
Benyen nan dlo Nan Sensè.

Kouchèt sanmba a
Rad sanmba a
Lave nan dlo Nan Sensè.

Chak jou dimanch
Sanmba a tal plonje tèt anba
Nan tout gwo basen Dlo Nan Sensè.

Kè sanmba a pa fouti pa sensè».

Yon lè yon lè konsa

Yon lè yon lè yon lè konsa
Yon jou yon jou konsa
Yon tan yon tan konsa
Mwen kwè
Mwen swete
Na sonje
Na règrèt
Yon tè yon peyi yon nasyon
Yon tè nou te pase kòd nan kou l
yon peyi nou te mare pwa 50 nan pye l
Yon nasyon nou te fouye fòs
Nou te antere je ouvè
ak tout souf li
Vivan.

Na sonje nou te pran gwo pèl
Pou voye tè sou li
Nou te mennen gwo traktè
Vin konble l ak wòch
Nou te rele achitèk ak move jeni lanfè
Pou bati tonm li.
Yon lè konsa
Yon jou konsa

Yon tan konsa
Mwen swete mwen kwè
Yon ti limyè klè
Yon ti pwent zetwal
Yon ti kal lalin
Yon ti klate solèy
A danse douvan boul je wouj nou.
Lè sa a jou sa a tan sa a
Tankou Defile kap ranmase ti moso kò Dessalines
Na pwomennen chache
Tout ti kal twèl ble
Tout ti kal twèl wouj
Pou nou fè rad nou
Menm jan nou te konn pote
Flannèl devosyon
Ak kolye grenn wari
Pou pwoteje nou kont move maladi
Kont maldyòk move moun.

Lè sa a jou sa a tan sa a
mwen kwè mwen swete
na fè yon pa annavan
Na mache sou pinga nou
Pou nou al fè zo jenou n wouj
Wouj bò tonm tè a
Wouj bò tonm peyi a
Wouj bò tonm nasyon an
Yon tè nou fòse pote chay
Moun pa bay move milèt
Yon peyi nou krache nan figi
Yon nasyon nou pise nan komisyon l
Yon nasyon youn nan nou
Pa chache fèy melis ak kòsòl
Fèy tibonm ak mant
Fèy sitwonnèl ak zoranj
Pou nou bay yon ti beny santi bon
Yon nasyon nou tout ap pouse nan fon latrin.

Men fout jou va jou vyen!
Yon lè konsa yon jou konsa yon tan konsa
Lè tout venn kò nou koumanse kokobe
Anba kout lang frèt zèl move zè pol nò
lè vrè Tonton Nò a
Zòtèy blanch dwèt blanch
Pye blanch men blanch
Janm blanch ponyèt blanch
Kò blanch tèt blanch
San kè san san san pitye
Souse tout san nou
Chifonnen kò nou jous nou tounen mafwezi
Jous nou tounen enmonstre
Vye nyaj blan an
Move si pi mal pase malozye a
A sòti nan nawè je nou
Na mande kote mi kay grapapa nou
Na mande pou demanbre grann nou
Na reve na sonje na mande pou lakou lakay
Ak yon sous dlo nan chak grenn je nou.

Men lè sa a adye!
Twò ta ap deja bare nou
Lannuit ap pran nou nan chimen
Mèt Minui ap deja manje kè tout frè nou
Ak tout sè nou
Mèt Minui ap gentan fin pran
Zonbi lakou lakay
Tankou lonbray yon move pyebwa
Ki detounen rekòl yon bèl jaden.

Wi se sèlman yon tonm na jwenn
Yon tonm move pitit pa janm sekle
Yon tonm move fanmi pa janm blanchi
Yon tonm move ras kite fin kanni
Anba zèl frèt Minuit.

Tankou estati na kanpe douvan tonm nan
Kouwè moun fou nan tonbe fè wonn tonm nan
Menm jan ak zonbi yo pini sou graj
Na rete a jenou douvan tonm nan.

Lè sa fout!
Jou sa a fwenk!
Tan sa a tonnè!
Labaras vant nou ak gwo venn kè nou
Mwèl zo nou ak mwèl tèt nou
A goute dan moulen dechennen
Kokenn chenn lawont
A goute dan moulen dechennen
Nannan grenn chaplè move krim.

Beny kò nasyon an
Ak antèman kò nasyon an
Ak dennyè priyè nasyon an
Tout pou fè wonn
Nan mwèl zo nou
Douvan grenn je nou
Nan mitan kalbas tèt nou
Tankou timoun fwonte
Kap jwe nan lakou fènwè
Lè pa genyen ni lalin ni zetwal
Tankou yon move rèv lougawou
Ki dire tout lannuit.

Vyèy timenm mwen!
Jou sa a ayayay!
Boul je m wouj wouj dife
Boul je m ap danse
Tankou 2 bò bounda
Yon bèl hounsi kanzo
Kap woule kout tanbou rada
Zansèt nou yo
Yon jou 2 janvye.

Bò tonm nasyon an
Ki pral fè nou tounen
Koulèv timoun madichon kase ren
Je wouj Nanchon nan Ginen m yo wè
Wè nou tout tounen chwal
Move lwa Danbala moute
Wè nou tout fòse marinen tèt anba
Ak pye istwa pikan kwenna peyi a
Adye! Wi doulè nou se anpil move kout ponya
Nan mitan kè mwen.

Je dife wouj Nanchon nan Ginen m yo wè
Zo tout ti bèt
Tout ti lèzanj
Tout vivan
Nou te fè tounen zonbi
Nou te lonje 2 pye long
Sou tè byen dous nou an
Nou fè tounen yon gwo Twou Foban an
Tounen pikan zegwi fwenn
Tounen ponya razwè manchèt
Pou filange move kè rèd nou.

Zo ti pwason je dou
Ti kribich bèl tye
Ak krab bouch anba vant
Met tèt ansanm
Pou filange men nou ak pye nou
Sou pye istwa pikan kwenna peyi a.

Zo ti zòtolan inosan
Ti toutrèl gòj dore
Ak ranmye plim kayimit vyèlèt
Kole zèpòl pou kloure janm nou ak ponyèt nou
Sou pye istwa pikan kwenna peyi a.

Zo pipirit bèl klòch lè maten
Rosiyòl mèt sanmba nan flanm solèy
Ak pèdri bouch dous solèy nan dòmi
Fè mera pou fwennen kwis nou
Sou pye istwa pikan kwenna peyi a.
Zo koulèv vèt touf malanga

Zo koulèv nan dòmi sou branch figye
Ak woulong nan twou wòch
Fè konbit pou pèse lestomak nou
Sou pye istwa pikan kwenna peyi a.
Zo chen grangou nou touye ak kout wochapyè
Zo ti kabrit nou kòche ak moso boutèy
Ak zo vye bourik pye krab do maleng
Fòme asosye pou krisifye kou nou
Sou pye istwa pikan kwenna peyi a.

Zo tout timoun nou depoze sou lotèl Twou Foban
Zo tout jenn moun nou fè tounen lantouray Fòdimanch
Ak zo tout granmoun nou fè tounen bagèt manman tanbou
Fè kòve pou anchennen tèt nou
Sou pye istwa pikan kwenna peyi a
Wi je dife wouj Nanchon nan Ginen m yo wè!

Lè sa a jou sa a tan sa a
Yon ray ka fè nou begle
Begle pi fò pase towo bèf
Kouto Nonk Norivil pike
A sakaje kalbas tèt nou.

WOOOOOY!
Jou sa a tout trip nan vant nou a kòde
Tout fyèl ble nou a sòti nan bouch nou
Nan twou dyòl wouj nou
Twou dyòl anmè nou
Twou dyòl plen bav nou
Pawòl mande padon a resi tonbe
Resi tonbe tankou yon pitit
Ki resi sòti nan vant manman li
Apre yon move tranche.

Tan sa a jou sa a lè sa a
Na tounen chwal dosil
Yon bon lwa Danbala
Tèt anba na mare ak istwa tris
Byen tris la
Na pwonmennen ak panyen ranmase flè flanbwayan
Pou n al simen sou fòs Titanyen
Nan mitan lanmè Jeremi
Nan batey Nanpanyòl ak Lanmè Florida.

Na mache penpennen flè lorye
Pou n al depoze douvan legliz Lasalin
Bò tout mi simiyè
Nan kafou Machatè.

Na bouyi fèy melis ak kòsòl ak tibonm
Pou nou lave tout ti kay ak tout chimen
Tout kafou ak tout tèt mòn
Ak bon dlo santi bon.

Na ale nan chak pye zèb
Nan chak pye bwa peyi a
Pou n pran yon ti rasin
Yon ti branch
Yon ti fèy
Yon ti flè
Na ranje 4 papa bouke flè
4 manman bouke flè rekonesans
Youn pou tout moun ki te pote non KAKO
Youn pou tout GASON ak FANM VANYAN 1804
Youn pou tout men ki te limen flanm dife 1791
Youn pou tout premye AYISYEN
Ki te pentire kò yo, tèt yo, nanm yo
Ak koulè LAVI KAONABO.
Wi tan sa a jou sa a lè sa a

Nanm nou a tounen chwal dou yon bon lwa Danbala
Kò nou a tounen lyanm pye istwa nasyon nou an
Dlo klè larivyè Nan Sensè
A antre nan tout fant zòtèy nou
A karese tout janm nou
Tout longè kò nou
La rafrechi anba zèsèl cho nou
La rafrechi tèt cho nou
La benyen tout venn kò nou
La antre anndan nannan nanm nou menm.

—Denizé Lauture (Lotu); inedi/premye piblikasyon

Powèm pa Berthony Dupont

Yon apresyasyon de Tontongi pou liv Berthony Dupont an, Pliye Pa Kase, pibliye an 1997

«Liv powèm tètchaje sila a, Pliye Pa Kase, se dabò yon temwayaj kritik sou tout listwa opresyon,lamizè ak krazezo pèp ayisyen te konn e ap kontinye sibi jouk jounen jodi. Epitou, se yon liv pwezi pou lespwa, pou pèseverans nan lit la, pou miltipliye jefò pou sove lavi; yon pwezi, kouwè powèt la di a, ki «ekri ak bayonèt/pou degepi baboukèt/ sou bouch lasigal». Anplis, Pliye Pa Kase se kouwè yon konsèvatwa richès bèlte pwezik pale òdinè lang kreyòl la. Berthony Dupont anplwaye mo, ekspresyon ak imaj moun itilize chak jou pou l di tout sa l wè e santi, pou l kominike yon malè, yon angwas, yon repiyans—pou l rele pou yon «toubiyon van» vin detounen movezè yo, «pou flè solèy ak flè pèp/ leve pi bèl». Se, sitou, yon pwezi pou solidarite ant tout pèp sou latè e ak tout militan k ap konbat pou lavi miyò.

Pliye Pa Kase enpoze l kou yon vwa dyanm nan nouvo mouvman pwezi liberasyon—ann Ayiti kou an dyaspora—k ap limen tòch aspirasyon pou libète, diyite ak jistis sosyal pèp ayisyen an, yon pèp k ap pliye men ki pap kase. Se yon liv pou tout pwoletè kenbe byen fò anba zèsèl.»

—Tontongi

Ekstrè / Yon ti moso nan liv Pliye Pa Kase,

pa Anthony Dupont

Loray kale

Lapli

Mwen s’on loray kale Yon jou lapli tap tonbe
mwen pa kab rete bouch fèmen.    Lapli tap tonbe
san rete
Yon loray te gwonde san pran souf
lanmè kaselezo moun bwè dlo nan nen.
li kale m tou wouj Lapli mache sou moun
nan mitan Pòtoprens. moun mache prese,
Yon Pòtoprens papa viteprese,
ki toujou myèl moun kouri ak tout boulin
ak miray tank makout anba yon lapli manchlong
makout an vètoliv yon lapli ki pa rete ak lapli
makout an sivil lapli a tonbe, li tonbe
makout an kakijòn li pa janm bouke.
pou fè moun pè
al chache Loray gwonde tonbe
kot lari fè kwen. zèklè file desann
Nouyòk mouye antranp,
Mwen s’on loray kale tout pyebwa wete rad yo
Mwen pa kab rete bouch fèmen. pou yo benyen
pou yo lave nan lapli.
Se pou nou pran lari
pou dan pouri yo dlo desann tankou Chalan
konprann li ranmase vye debri
nou se bannann mi. tout ti fatra
Se pou nou pran lari ki tap fè eskonbrit,
pou n revandike ponpesote nan kwen lari,
nou pa pitimi san gadò. dlo kondi yo tankou vòlè
Ann desann sou boulva al fèmen yo nan tou rego.
kote labou ak fatra
ap vann Dlo rantre toupatou
ti mamit, gwo mamit nan tou zòrèy
pou piyay. nan tou nen
Kote mouch ap jwe marèl, dlo monte otè tèt mwen
ap fè lago dlo kouri nan je m
sou bak chenjanbe. lò m sonje Laplenndinò
Lakil ak Savann Dezole
Se pou nou pran lari kote moun de men nan tèt
an bandisyon ap rele anmwe lasechrès
rasin nou fon mayi pa kab pouse
pa pè goumen moun pa kab plante
kont lamizè lapli pa janm tonbe.
fò l sispann donnen
tankou dyondyon Yon jou lapli tap tonbe
nan kwen kay malere. ak kè kontan
nouvèl di se yon benediksyon
Mwen sºon loray kale yon lapli dlo benit
Mwen pa kab rete bouch fèmen. lapli a tonbe li tonbe
men l pa farinen Latibonit
Se nan mitan lari li pa degoute Lagonav.
pou n gonfle
tankou yon bann rara
tankou yon jou kanaval
pou n manifeste
jouk sa kaba.

Menmman Parèyman

Patannte    (pou Willy Félix)
Lapli tonbe Ayiti! Sou po dèyè l.
menmman Ayiti! Kouche sou do
lavalas desann nan Sanatoryòm,
parèyman ak yon maladi touse
menm kabrit tomazo yon maladi lavichè.
yo pa pote anyen Peyi a fin detripe
pa pip pa tabak demachwele
pa menm yon pòy sigarèt. peyi a blanch
tout branch cheve l
Malere trip kòde fin rache.
ki tap tann tout branch cheve l
tounen pwatann fin rache.
anba tab la.
Pa yon voum Tout vil yo
pa yon pwèt lamègzo
yo pa ba yo santi. eskelèt zo
yap pase
Lapli tonbe trepase
menmman anba yon medsin chwal
lavalas desann yon konplo neyoliberal
parèyman demokrasi pote
menm kabrit tomazo soti ann egzil.
yo pa pote anyen
pa menm yon ranyon chanjman   Merinkò meriken sèl doktè
pa menm yon malèt lespwa yo nan tout bwa
yon ti klou gagit lajistis nan tout raje
pou kloure sèkèy Mizo. nan tout mòn tankou mòmon
yap mache chache
Sa ki mouri yap fouye chache kichòy
mouri pou tou je yo tout anba lanmè,
Sa kap jwi yo yap chache fèy
chita bò tab la fèy o! Tout te yo bay peyi a
kouto fouchèt alamen se patannte
yap chante: tout vitamin yo ba li
Mwen pa vin isit se F.M.I ak vitamin BM.
pou m betize
Mwen vin isit Reyèlman vre!
pou m dekoupe. Se pou touye peyi a
malfèktè te ba l bwè
anbago nan paswa.
Nou nan tan rekòmanse
rekòmanse a zewo
nou nan tan kolonizasyon
peyi nou kolonize!
Gade yap privatize solèy
yap privatize lavi
gade yap privatize lalin
yap privatize lari
pou yo nasyonalize lamizè
pou yo nasyonalize èd alimantè.

Presizyon

(pou Winnie Mandela)

Si m ap chèche
yon monn nouvo
yon sosyete nouvo
pou m chante laverite
lalibète ak ladiyite
se paske li vivan.

Si map viv
Si map goumen
pou libere lavi
se paske li nan kè m.

Sosyalis pa mouri!

Li vivan tankou Desalin
vivan kouwè Che
vivan tankou Lenin
gran kouwè lanmè ak latè.
Li pot lajwa sou latè
sou latè tout kote
maladi opresyon gaye
limyè lanmou etenn
baryè lespwa fèmen.

Tankou yon chandèl bwapen
lap klere popyè je ouvriye.
Li nan konsyans travayè
lamizè ap dechire.
Li nan rèv peyizan pòv
espekilatè ap peze kou
prije kou sitwon.

Sosyalis pa mouri!

Gen yon blòk glas ki fonn
anba chalè founo yannki.
Gen yon miray ki tonbe
nan lanmè kapitalis.
Yon miray krache te kole.
Men sosyalis pa mouri!
Lap benyen nan lawouze Kiba
lap penyen tèt listwa
pou flè solèy ak flè pèp
leve pi dyanm!
pou flè solèy ak flè pèp
leve pi bèl!
pou flè solèy ak flè pèp
leve pi wouj!
Sosyalis pa mouri!

—Berthony Dupont Pliye Pa Kase, Edisyon Zemès, 1997.
Liv la prefase pa Cauvin Paul e desine pa Margarita Aguilar e Fraka.

Powèm pa Patrick Sylvain

Doulè lanmou

Depi ou pati silans nichifye
nan vi m, e sèvo m vin ansent
ak imaj ou. Nan pwofondè lannuit solitid
ou tounen yon vag lanmè touman kap souflete
bato-ekzistans mwen. Mwen bezwen respire.
Doulè absans ou fòse m pou m deplante ou
nan jaden kè m. Memwa ou tankou yon rasin
san bout. Men, depi kelke mwa m ap andire
lanmou ou tankou yon posesyon fineray
chak fwa mwen panse avè ou
bouch mwen gen gou
zoranj si ak luil fwadmori.
M’anvi vomi ou
nan konsyans mwen.
Malerezman pou kounyen an
ou kloure ak klou beton
nan plafon lanmou m.

Rwa gouyadè

Gede Nibo, mèt kalfou
nan pla men ou lavi desine
ou nan lavi ou nan lanmò
men se nan ren ou lavi fleri
tankou flè flanbwayan.

Rwa gouyadè
moun foli-debyen je-drandran
mèt twaze ou jouk retsezi,
nan mond natirèl la, san gouyad
pa gen repwodiksyon. Yon dous, yon cho.
Gede Nibo, kapitèn dousè, rwa gouyadè
ou kolon pase poban nan bouch granmoun,
ou dous pase siwo kann nan boutèy Dantò
kote ou pase ou sou twa pye
tout fanm matire ofri ou tete
pou tchovi ka grandi potorik.

Yon dous, yon cho
fanm resevwa nan toubiyon gouyad,
oumenm ou monte yo ak gouyad kosmik;
planèt yo fè woulawoup nan ren ou.
Gede Nibo, se ou ki gen sekrè plezi,
se ou ki pimante lavi nan boutèy Ginen ou,
se ou ki bay syèl la gouyad pou yon lapli dechay
ka kannale nan sous fanm kote lavi bay payèt.

Dezyèm Dyaman (pou M.A.)

Dous pase chokola
e menm pi sikre pase mango
ou kouche sou mwen san rezèv,
po karamèl satine
ou fè m reve tankou fè
lang ou tounen plim poul
kap pensote pwatrin mwen.

Tèt mwen se yon tanbou kap pran son
youn dranble, youn siwote.
Mwen sonje, mwen bliye
anndan m tranble lè m sonje
jan ou te fè m kriye anba yon rigwaz dousè
lè dwèt ou te fin jwe tout nòt nan gita m.
Konbyen fwa ou fè m reyakòde? Mizèrikod!

Dous pase chokola,
Dyaman Kreyòl,
fanm etensèl ki briye nan rèv mwen,
ou dous tankou Ezili,
bouch ou se yon boutèy dòja
mwen ta gagòte ou pou m siwote kè m
ki nan dezawa tank li grifete;
kanmenm, tipa-a-tipa lanmou ou zikap mwen
pou kè m ka jèmise ladousè.

Menmjan ak René Depestre
mwen te fè jeyolibètinaj pa m,
e chak kontinan, chak peyi
ban m kadans ak sekous pa l.

Dyaman Kreyòl,
kanta pou ou mwen koube
pou m salouwe Dantò af Freda
kap kongosifye nan ren ou.
Mwen fonn tankou sik nan kafe cho,
lanmou ou tounen pasyon m
kap satiyèt anvi m.
Akwaksa, laperèz kadnase kè m.

Mwen dòmi reve ou.
Lè m reveye, yon pyano mizikal
enstale bò bouch mwen.
Kwak dousè ou anvi fè m naje
nan lanmè afeksyon ou, laperèz ban m kranp
akoz yon alyans-nòs ki sikatrize dwèt mwen.

Dyaman Kreyòl,
dous pase chokola,
nannansifye pase mango,
sous myèl lanmou ou siwote venn amè m
pou l rechte move eksperyans.
Kout-ba, kout-lang.

Dyaman Kreyòl,
zye pistach kale,
bouch siwo dòja, mwen mande ou pasyans
pou m dekristalize kè m.
Laperèz ak krent fè lanmou m tounen evantay.

—Patrick Sylvain (inedi/premye piblikasyon)

Powèm pa Idi Jawarakim

Men sa’m vle

(Wou Li ki gen tout pouvwa; mèsi pou lavi, mèsi pou solèy la ak latè ki nouri lavi, mèsi pou entèlijans ki prezève lavi, mèsi pou lasajès ki apresye lavi, mèsi pou lanmou ki bay lavi koulè, mèsi pou lanmò ki renouvle lavi)

Si se bèt ki manje-m si m’peri nan dife
Si m’ta disparèt san n’pa konn sa k’pase
Si n’wè m’pa evite-l fò n’pa kwè se sa m’vle
Nou mèt kriye si n’vle men nou pa oblije
Si nou ri m’pap fache
Sizoka se nou k’la sèvi-m temwen souple
Lè mwen ak lavi ap mare koupe fache
Lè sa-a kòm mwen pap ka fè selon jan m’ta vle
Tande-m! Pa fè eksè men sa se m’ap mande:
Men sa m’vle

Mwen ta renmen ale menm jan ke m’te vini
San chapo san soulye san pyès seremoni
Fè-m yon dènye plezi lè tout bagay fini
Yon bon pwochen souple antere-m toutouni
Se sa m’ vle
M’ te vin de men-m de pye-m se konsa m’vle tounen
Fè-m konfyans m’pa kwè m’ap gen bezwen anyen
Li mèt lajan-m se vre men m’kwè l’ka fè plis byen
Si n’ depanse-l pou yonn ki vrèman nan bezwen
Men sa m’ vle

M’pap bewzen plis ke on twou kont pou mwen repoze-m
M’a di-n sa pou n’plante lè nou fin depoze-m
Se latè k’ te manje-m se latè k’ pral manje-m
Mwen ak latè n’ se youn pa rantre nan koze-n
Ban-m di nou ki sa m’vle
M’ta swete antere yon kote m’fè zanmi
Pou se ak ponyen tè pou kadav mwen kouvri
Si n’ta wè m’vin byen mal pa pran wout lopital
Si toutfwa m’ta deyò anvan de je-m fèmen
Nan premye okazyon retounen-m lakay mwen

Si toutfwa se kadav mwen n’wè
Ogranchimen rale-l mete li akote
Fouye pòch mwen, fouye yon tou
N’te mèt woule-m
Lè n’fin kouvri-m plante zèb-la
M’ta vle itil yon dènye fwa
Men sase m’vle.

Mèsi anpil

Mèsi anpil nou k’kwè n’te oblije imilye-m
Lè se nou-menm ki t’ap ede-m
Mèsi anpil nou k’te konn met kò-n sou kote
Lè n’kwè m’ pral mande-n charite
Mèsi chak fwa m’te anvi mande-n
Lè m’vin sonje n’pa t’ap tande-m
Sa te voye-m al fè jefò
Sanble sa ap mennen-m yon kote
M’ap di-n sa n’gen dwa pa dakò
Apre m’fin di mèsi Bondye
Fòk se nou-menm pou m’remèsye
Mèsi anpil mèsi on pakèt

Mèsi anpil nou k’te toujou twò okipe
Pou n’tande-m lè m’te anvi pale
Mèsi anpil sa ki pat la pou konsole-m
Lè mwen te gen bezwen kriye
Mèsi sa fè lè m’ gen pwoblèm
Lè m’ vin sonje n’ pa t’ap tande-m
M’aprann diskite yo nan kè-m
Nan abitid pale ak tèt mwen
M’fin pa wè sa k’ap fè-m byen
San rankun si n’pa pwofite-m
Omwen n’pa arive gate-m
Mèsi anpil mèsi on pakèt:

Mèsi anpil nou-menm ki te gen de mezi
Youn pou gran nèg youn pou piti
Mèsi anpil lè m’te gad fason nou trete
Moun sikonstans t’ap maltrete
Sa fè nan vi pa-m m’sèmante
Pou m’pa janm di-n tanpri souple
Se pa ke m’ pi renmen laglwa
Men n’ montre-m lajan se pouvwa
M’konnen kè-m chaje ak bonte
Sèl jan pou m’gen imilite
Fò m’f’on jan pou n’ka respekte-m
Ak yon talan m’ka devlope
Mèsi anpil tout sa k’te wè m’ ka rive lwen
Ankourajman-n yo fè-m du byen
Mèsi anpil tout sa k’te pote-m move kou
M’aprann sispann aji an moun fou
Si jodi-a m’moun ke mwen ye
A se paske wout nou kwaze
M’ ap sèlman di mèsi Bondye
M’pat aprann pou mwen bliye
Si m’pa site non-n fè-m konfyans
Se paske se on ti bout chante
Kwè-m se pa yon endiferans
Mèsi anpil mèsi on pakèt
Obrigado, Arrigato, Danke Schön
Muchas Gracias, Molto Grazie
Tadaraba, Asante Sana, Spasiba, Merci beaucoup
Mèsi oun pakèèèèèèèèèèèèt.

Degèpi

Bay kou bliye
Pote mak sonje
Bay kou mèt fè sa l’vle
Pote mak ap toujou sonje
Adje!
Si m’pa mande padon
Pou yon mal m’pa fè
Kouman m’pral padonnen
Yon mal yo fè yon lòt.

Opinyon politik

(haiku)
Aba Divalye!
Kilè m’ap janm ka di viv?
Aba Lavalas!

—Idi Jawarakim

NDLR / Nòt Editè: Idi jawarakim te ensiste pou nou pibliye poèm kreyòl li yo avèk ponktuasyon li chwazi yo; se konsa pa ekzanp nou ka wè itilizasyon apostròf ak tirè nan poèm sa yo. Byenke nou panse fòk nou elabore e deside pou yon fason definitif kouman pou n anplwaye òtograf ak ponktuasyon ekriti kreyòl la, nou deside pou n respekte dezi Idi a.

Powèm ki sòti nan

Antoloji Powèt Ayisyen nan Massachusetts

Powèm pa Edwald Delva (Konpè Zòf)

Pwason fre

Se pandan m tap chache
Youn kichòy pou m manje
M al tonbe nan yon nas
Yo te tann ak odas
Tout sa m fè pou m sòti
Mwen pa jwenn wout lavi
Dlo nan je m ap kriye
Mwen pa janm jwenn pitye

Yal vide m nan you kivèt
Transpòte m sou bouwèt
M te santi map toufe
Mwen pat ka respire
Senk minit pa pase
M te gen tan trepase
Se kadav mwen ki tande
Y ap rele m pwason fre

Yo fè pri, machande
Diskisyon moun joure
Se kòmsi Kwabosal
Mwen tande tout mo sal
Sa k ofri degouden
Machann nan di yon pyas
Lè m bouke fin trennen
Yo foure m anba glas

Nan demen yo tranche m
Met epis salanbe m
Map mande sa m te fè
Pou pechè sou latè
Twouve pran yon recho
Ap fri m nan yon luil cho
Apre sa yo di m bon
Yo ban m tit: «Bon pwason»

Yo bliye m te gen san
Dechire m ak kout dan
Yap manje m, y ap pale
Yap rele m pwason fre
San yo pa wè mizè m
San yo pa wè doulè m
Kot pitit mwen yo ye
Jous kilè yap sevre.

—Edwald Delva (Konpè Zòf)
(Ekstrè nan Antoloji Powèt Ayisyen nan Massachusetts)

Powèm pa Oreste Joseph (Orès Jozèf)

Krik krak

Kondisip
Koute
Koze

Konpè
Krapo

Kache
Kote
Kochon
Kouche

Konnen
Konsekans
Kaptenn
Kabrit

Kite
Kay
Kraze
Konmè
Kristin

K al
Kay
Krikèt

Kòmanse
Konte
Krik
Krak
Kolonèl
Kapwa

Ki
Konnen
Konbyen
Konplo
Kolon
Krake

Kont
Kotibanama
Krache
Kòlè

Ki
Kote
Kouto
Kwoke

Krik?
Krak!

Kaptenn
Kabrit
Kouri

—Oreste Joseph
(Ekstrè nan Antoloji Powèt Ayisyen nan Massachusetts)

Powèm pa Tontongi

Peryòd gri-vèt
Pwezi mistè, pwezi latè

Akansyèl la briye
pou lavi jèminen
pou latè donnen
lòt sezon mistè
akansyèl la briye
anlè potomitan
pwèl cheve kokoye
nwaye dram lamizè
anba dlo lanmè Jeremi.

Se te yon pwezi dous
kombit tout fanmi reyini
pou selebre nourisman latè
mande poukisa kay chato
pa respekte kay lacho
poukisa fè-nwa dire lontan
mande pou nwaj yo eklesi
menm kadav anbatè.

Akansyèl la briye
lè solèy te kouche
timoun ap jwe lago
nan jaden sou lapli
se te yon pwezi dous
pwezi kouraj kè mare
pwezi frechè nan sechrès
piwèt banda nan rara
lanmou sou tichèz ba.

Akansyèl la briye
sou kabann lopital
nan kacho Fò-Dimanch
nan jefò pou lavi miyò.

Akansyèl la briye
pechè tounen sen Vatikan
bonmask temwaye inosans
lanfè vin pave ak bonte
akansyèl la briye
lè jou pat janm leve
lè bato tap nwaye.

Se te yon pwezi dous
rejwisans nan govi
Mandela prezidan Sid-Afrik
ginen yo retounen nan Kongo
Zapatista rele Abraham sètase
vanipye ki mande plas sou tab.

Se te yon pwezi dous
bonjou sou tout bouch
pwomnad bò plaj lanmè
pwezi ti chòbòlòt manman m
kap souri ak tipati papa m
pwezi nan dezè biwo klimatize
pwezi mòn san pye bwa
pwezi refijye san papye
pwezi lanjelis nan kan Krome
pwezi kalbas kap fè kwi
pwezi moun kap chanje lavi.

Akansyèl la briye
lajenès te vin potekole
lekzil vin yon revelasyon
sou plantasyon zespri desounen

akansyèl la briye
nan zafra malere yo kwape
akansyèl la briye
pou bèlte blayi nan lakou.

Akansyèl la briye
pou lòt koze pale
menm lè moun yo dekouraje
akansyèl la briye anbatè
nan enfinite inivè envizib
nan zantray malè sou latè.
Akansyèl la briye
pou sikre pwezi latè
pou moun yo ret anvi
pou goumen pou lavi fleri
akansyèl la briye
pou klere simityè Titanyen
pou ban n fòs pou n respire
akansyèl la briye
pou pwezi simayen
akansyèl la briye
pou lit la kontinye
jiskaske jou leve.

—Tontongi
(Ekstrè nan Antoloji Powèt Ayisyen nan Massachusetts)

Powèm pa Serge-Claude Valmé

Senksanzan

Senksan zan nou fè ap rakle
Anba tretman move sijè
200 zan nou pran lendepandans
Lawouze tonbe, chaplèt!
Labrim sonnen, chaplèt!
Chenn nan men
Chenn nan pye,
Nou la n ap tann
Nap tann kisa?
Pou chenn nan kase pou n libere.
Je nou klè kou lalin
Nou tankou koukouy
Fènwa pa fè n pè.
Blan Franse, blan Panyòl,
Blan Angle, blan Meriken
Oum!
Nou konn sa yo peze
Yo konn sa nou ka fè
Nou pa nan sousou
Ak okenn souflantchou.

Sonje plan zansèt yo:
Bwa Kayiman! Konba de Vètyè!
Kako! Pikèt! Krètapyero!
Je yo pral fè djan djan!
Nap ba yo sak tyan-tyan
Yap di padon chèf!
Andedan kou deyò
Nap dechouke
Dechikte pak an pak
Nan nèf depatman
Ann met tèt ansanm
Senksanzan nap fè joujou
Ann sispann kalbende.

Gade anwo, gade anba
Avanse, pote-kole
Manchèt file, nou byen kore
Kòk benezwèl san mwèl, met zèl
Paske pral gen rèl.
Pa kriye, pa babye, pa rele.
Ak dis dwèt yon fanm saj
Te ban nou pasay
Nou pat pè pot chay.
Zagribay! ah, ah, ah!
Ou pral kadav tande
Nou fèt nan lanp tètgridap
Nou pa pè fè nwa.

Nou kanpe nan bon kan
Ak san san vanyan
Malveyan! Ou pral kite frekan tande.
Nou pap bliye twasanzan,
Sa nou pase, chay nou pote.
Zagribay! manyòk ou rache!
Nou pral toufounen ou,
Pyetinen ou, moulinen ou
Pou’n kadanse, bouloze,
Bayile, plezire
Men…! pandan se tan,
Bann moun sa yo ki chita la
Yo fè tankou yap tande
Manyen avanse!

—Serge-Claude Valmé
(Ekstrè nan Antoloji Powèt Ayisyen nan Massachusetts)
Quatre poètes et artistes haïtiens à Boston. Photographie de Charlot Lucien
Quatre poètes et artistes haïtiens à Boston. De gauche à droite: Tontongi, Danielle Legros-Georges, Blondèl Joseph et Patrick Lacroix. —photographie de Charlot Lucien
Tanbou logo

Page d’accueil  |   Sommaire de ce numéro  | Écrivez-nous à: Redaksyon@tanbou.com