Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et courrier: Redaksyon@tanbou.com



Arts/Littérature/Débat
At/Literati/Diskisyon

Nou li liv Edwidge Danticat a,
Travay Tè Pou Zo

—pa Takodo

Dènye liv Edwidge Danticat a, The Farming of Bones («Travay Tè pou Zo») se yon roman nou ta rekòmande pou tout Ayisyen ak Dominiken ta li (si yo ta tradui li an kreyòl e panyòl), paske Danticat montre yo kouman istwa yo ak desten yo makonnen ansanm nan yon angrenaj de rapò pèsonèl, istorik, sosyal, ekzistansyèl chaje ak konfli, malantandi, prejije, men tou yon rapò ki ranpli avèk bonte, jenewozite, solidarite nan anpil lòt kote. Yon rapò ki endike yap viv yon lagè sivil familyal ke klas dominan nan chak de peyi yo enpoze sou yo, keseswa nan rapò pwodiksyon koupe kann nan sistèm batey la, nan rapò restavèk ak jeran lakou avèk gwo zotobre yo, oubyen nan rapò avèk gwo fonksyonè yerachi sivil e militè nan peyi Dominikani. E chak rapò sa yo gen yon sòt de «sou-rapò» ki ta kòmkwa «reyaliyen» rapò a sou yon lòt dimansyon, yon dimansyon moun ak moun.

Edwidge Danticat ekri roman an nan yon istil ki balanse dewoulman konolojik, kontini, «lineyè» istwa Ayisyen kap koupe kann («travay tè pou zo») nan plantasyon kann nan Dominikani, avèk, antrekoupe nan istwa sa a, repwodiksyon rèv pèsonaj kap rakonte istwa a, Amabelle, yon jèn ti fi ki pèdi manman l ak papa l nan nwayad nan Rivyè Dajabón lè yo tap chache janbe frontyè a; òfelen, li vin twouve l restavèk ka yon gwo fanmi zotobre dominiken, lafamiy Ignacio.

Amabelle leve depi lè l te timoun avèk fiy inik fanmi Ignacio a, Señora Valencia. Istwa a koumanse lè Valencia te fin deja marye avèk yon jèn ofisye anbisye lame dominiken, Señor Pico Duarte, e manmzèl te angwosès. Amabelle kontinye ak sèvi fanmi an antanke bòn. Metrès fanmi an te mouri, men koup la kontinye ap viv nan kay la avèk papa Valencia, Don Ignacio—ki gen tinon Papi—yon expatriye espayòl ki ap vyeyi e ki pase tan li ap tande depèch radyo sou lagè sivil espayòl ki tap fè dega nan tan dewoulman roman an (1938). Papi se yon pèsonaj ki trè enteresan nan roman an. Yon ansyen gèrye nan lagè Espayn kont Etazini (1898), li gen anpil remò sou patisipasyon li nan tiye moun; sa fè li kenbe yon sòt de detachman ekzistansyèl sou bagay kap rive nan lavi nòmal, kotidyen, alantou li; yon detachman ki pèmèt li tou «transande», avèk konpreyansyon ant moun ak moun, rapò de klas yo.

Jou akouchman Valencia, Amabelle ede li delivre de ti jimo, paske doktè fanmi an pat ko rive lè tranche pran Valencia. Mari li, Señor Pico, te nan kazenn nan kapital la lè timoun li yo te fèt. Nan prese pou l al wè ti nouvo ne yo, djip Pico tap kondui a frape Joël, yon koupè kann ayisyen ki te sot nan travay akonpaye pa de zanmi, Sebastien e Yves. Machin lan voltije Joël jete nan ravin ki kotwaye wout la. Papi, ki te nan djip la avèk Señor Pico, mande pou yo chache viktim lan pou wè si li ta bezwen èd, men ofisye a te tro prese pou l pèdi tan e yo kontinye ale. Lè Amabelle aprann istwa aksidan an, li enkyete, panse ke se mennaj li, Sebastien, machin lan te frape a paske li pat fè akdeprezans nan yon randevou yo te genyen. Men li rive ke se pat Sebastien, men bon zanmi li, Joël, ki te mouri nan aksidan an.

Dram sa a vin konekte roman an avèk yon pakèt lòt pèsonaj enpòtan liv la, pa ekzanp papa eleman ki mouri nan aksidan an, Kongo, ki te si enkosolab lè l aprann lanmò pitit li a ke l al chache l e pran l limenm pou l antere l, san konesans ankenn lòt moun. Papi, ki gen remò sou jan aksidan an te koze a, mande Amabelle pou l al fè l rankontre ak Kongo pou l ofri èd li pou bati yon tonb pou defen an; men Kongo refize, diyite l anpeche l pou l al nan konkonnay avèk fanmi zotobre ki koze lanmò gason l lan. De pèsonaj sa yo (Papi ak Kongo) vin rejwenn ansanm evantyèlman nan yon touni nan liv la ki trè remakab. Touni sa a, se dram lanmò youn nan de ti jimo yo, Rafael, ti gason an, ki rive apeprè menm lè lanmò Joël nan aksidan an. Lanmò tibebe a vin kòmkwa re-imanize sitiyasyon an, e olyeke li bay Kongo yon santiman revanj pou lanmò pwòp pitit li, li okontrè raproche l avèk Papi.

Natirèlman, pi gwo trajedi ki okazyone e enspire liv Danticat a, se tribilasyon masak sistematik koupè ak koupèz kann ayisyen pa rejim diktati militè Géneralissimo Rafael Troujillo a. Plizyè milye Ayisyen ak Ayisyèn peri nan masak la an 1938. Men, la a tou, sa Danticat montre nan roman an, se dimansyon pèsonèl trajedi a, kouman viktim yo te viv li, kruyote masakrè yo, bonte anpil Dominiken privilejye ki pran pozisyon kouraje kont masak la e ki ede sove anpil viktim make, pa ekzanp, wòl Don Gilbert ak Doña Sabine, de aristokrat ki kache nan pwòp vila yo yon pakèt Ayisyen pou sove yo kont lanmò. Te gen epitou, sitou, kouraj ak fòs volonte anpil viktim make yo te montre. Dewoulman masak la vin rive jiskalafen, nan kat-senkyèm liv la, men li plase tout keksyon yo nan pèspektiv yo.

Alafen, Amabelle, rakontèz istwa a, vin sove, men apre anpil tribilasyon, dezolasyon e dezilizyon, kote li te preske pase limenm, e kote anpil lòt moun ki pre l te peri, kouwè mennaj li Sebastien, ki pa janm reparèt nan vi li apre Amabelle te gen randevou pou l te al wè l nan yon reyinyon nan yon legliz ki te òganize pou fè sove kèk Ayisyen ki te menase pa lòd masak la. Yo masakre yo e arete Pè Romain, Pè Vargas ak anpil lòt òganizè sekou dominiken.

Roman sa a, se yon roman ki trè enpòtan pou sa nou rele a rekonpozisyon memwa estropye yon pèp. Danticat di sa limenm lè li di de Pè Romain ki te òganize yon kongregasyon koupè kann yo: «Li toujou fè tout moun yo sonje sa yo gen an komen: lang, manje, istwa, kanaval, mizik, kont, e priyè. Kredo li se te memwa, kouman sonje sa k te pase—menmlè li fè mal—ka fè ou vin fò». Anplis, sa ki bèl nan roman an, se lefètke pèsonaj Danticat yo viv dram ak trajedi lavi yo nan diyite; yo kenbe tèt yo wo menm nan mitan yon malouk dyabolik. Liv la chaje ak ekzanp kouraj e diyite: Kouwè pè dominiken an, Vargas, ak pè ayisyen an, Romain, ki konfronte lanmò, prizon ak lafoli pou ede sove anpil viktim make; oubyen Amabelle ki retounen wè Señora Valencia apre trajedi a e ki kenbe tout sans kritik li; amitye ant yo vin enposib apre konesans wòl mari li Pico Duarte te jwe nan masak la; relasyon Amabelle avèk Yves, zanmi Sebastien, ki pase tout trajedi yo avèk yon atitid konfusyanis, nòb, e ki ede Amabelle anpil e ke Amabelle respekte e renmen, men ki pa lese l tonbe nan yon relasyon fanm-ak-nonm pou sèlman redevans anvè li.

Sa fè nou anpil plezi ke liv The Farming of Bones lan tradui koulyea an franse, La récolte douce des larmes, (Grasset, 1999), men nou espere la va yon jou tradui tou an kreyòl pou tout Ayisyen nan vil kou nan kanpay ta li l. Liv sila a se yon chelèn literé ki plase Danticat kou youn nan pi gran romansyèz nan lemond jounen jodia.

—Takodo

Pour plus d’informations sur la traduction française du livre d’Edwidge Danticat, La récolte douce des larmes, aller sur le site des «littératures insulaires»: http://perso.clubinternet.fr/jacbayle/livres/Femmes/Danticat.html

Mizik e angajman sosyal

Yon sware kiltirèl nan New Jersey

Branch New Jersey Asosyasyon Medsen Ayisyen an te òganize nan samdi 21 novanm 1998 yon gran festival trè remakab nan auditorium Jersey Pac nan Newark. Festival la te sèvi pou kolekte lajan pou ede viktim devastasyon siklòn George yo ann Ayiti, e pou prezante yon Pri Ekselans bay de ti jèn jan ayisyen nan New Jersey ki travay byen lekòl. Prezantatè festival la te felisite bèl ekzanp sipò pou viktim siklòn lan tabli pou travay kolektif, e li te espere kominote ayisyèn nan dyaspora ap kenbe yon «patisipasyon kintinyèl» nan potekole zepòl ak zepòl avèk Ayiti. Byenke pri dantre festival la te san dola ($100) pa tèt, te gen plis ke twa san moun ki te fè akdeprezans.

Festival la limenm te yon sòt de reyinyon istorik e senbolik ant ansyen talan mizikal ayisyen yo avèk nouvo talan yo: Edner Guignard, Guy Durosier, yon bò, Emeline Michel, Beethova Obas, Robert Durosier, yon lòt bò. Se te bèl pou te wè sou yon menm sèn de generasyon diferan e de sansiblite mizikal diferan k ap pèfòme nan yon fizyon, yon ansanm-ansanm, yon anbyans banbòch ki montre pwofondè kontinuite eritaj miziko-kiltirèl pèp ayisyen an. Guy Durosier, ke prezantatè a te konsakre kou «maestro» festival la, fè yon pèfòmans ki te rann piblik la trè emosyonèl. Li prezante bay piblik la pitit li Robert Durosier, yon chantè ki gen yon vwa diferan de papa l, men ki tou trè bèl; yo chante ansanm yon vèsyon rekonpoze mizik «Dodo ti pitit manman l», ki te trè touche piblik la. Durosier chante tou nan plizyè lang (angle, franse, espayòl, rus, israelyen, etc.) chanson «O Ayiti, se oumenm mwen renmen». Edner Guignard Limenm fè pyano a chante kou yon rosiyòl nan repwodiksyon plizyè mizik fòlklorik ayisyen. Prezantatè festival la te prezante Durosier ak Guignard kou de zanmi lwayal ki ret zanmi pandan plis ke senkant tan.

Lè Emeline Michel parèt sou sèn lan, prezans li te kreye yon maji toudisman piblik la te viv kou yon revelasyon. Bèlte engajman vwa Emeline Michel, chanjman san tranzisyon nan entonasyon ritm vwa a, fason li genyen pou l fè yon imaj sou lavi penib ann Ayiti oubyen sou yon ti plezi senp, vin tounen yon avanti kosmik, te fè piblik la vole-ponpe. Emeline Michel deja enpoze jeni atistik li nan menm tradidsyon gran chantez ayisyèn yo kouwè Lumanne Casimir, Martha Jean-Claude, Toto Bisainthe, Farak Juste, Anaïka, Sò Anne, Carole Demesmin, elatriye. Group ki te akonpaye l la se te yon ansanblay de gran mizyen ritm popilè: Rigaud Simon sou bas, Konga sou tanbou, Frederik Lasfargeas sou pyano, e Robby sou batri.

Lè Beethova Obas te finalman rive sou sèn lan, piblik la te deja kondisyone pou li tande bèl bagay. Kou li toujou fè tout kote li chante, Beethova kominye ak piblik la nan yon fason blagè, fason «moun lakay» ki fè tout dan griyen; lè ou jwenn sa avèk mizik «retro-avangad» li yo, ki gen yon enfliyans afriken, brezilyen, cha-cha-cha ayisyen, ou gen yon melanj pèfòmans, yon eksperyans mizikal ki inoubliyab.

An rezime, se te tout festival limenm ki te kreye «eksperyans mizikal inoubliyab» sa a; yon eksperyans ki ba nou mizik, solidarite, fyète nasyonal ak kè kontan nan yon sèl moman. An brèf, se te yon moman powetik ki fè sonje avèk notalji plizyè moman vi nasyonal pèp ayisyen, yon moman otantisite kiltirèl nan peyi lòtbò dlo.

—Takodo

A road going down to the sea on the island of Gomera in the Canaries archipelago. —photo by David Henry, 1997

A road going down to the sea on the island of Gomera in the Canaries archipelago. —photo by David Henry

Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Écrivez-nous à: Editeurs@tanbou.com