Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et courrier: Redaksyon@tanbou.com



Yon liv antoloji Pòl Larak: «Œuvres Incomplètes»

Yon powèt nan Nouyòk

—pa Tontongi

Pòl Larak (Paul Laraque) pibliye nan mwa avril 1999 la yon antoloji tout zèv pwetik li nan lang franse sou tit, Œuvres Incomplètes, edisyon CIDIHCA. Liv la gen 330 paj e li kouvri plizyè epòk nan pwodiksyon pwetik Larak: Apati de sa frè li, Frank Larak, ki prefase liv la, rele «epòk tantasyon sireyalis», an pasan pa epòk «opsyon marxis» la, jiska epòk «dènye sezon» an. Chapit ki titre «La dernière saison» an, ki konpile tèks misye ekri nan dekad ane ’90 yo, se yon sòt «koudèy entrospektif e retrospektif» misye voye sou vi li e dewoulman istorik lit, katastròf ak espwa pèp ayisyen an. Ti powèm kout (1992) ki rele «Que reste-t-il» la devwale prèske tout Larak:

Sur les débris du songe
triomphe crime et mensonge
l’espoir crucifié
la flèche au cœur de la liberté
que reste-t-il
de notre avenir
sinon ressusciter

Nan debri rèv nou tounen
krim ak manti triyonfe
espwa sakrifye sou lakwa
flèch pyese kè libète
ki sa ki rete
pou avni nou
si se pa resisite    
(tradiksyon pa nou)

Piblikasyon antoloji a vini nan yon moman trè difisil nan vi prive Pòl Larak. An novanm 1998, misye te pèdi madanm li, Marcelle Pierre-Louis, ki te gen ti non jwèt «Mamour». Mamour te trepase apre de zan doktè te dyayostike kanse nan li. Koup la te ansanm depi karant-twit tan, maronnen youn ak lòt nan peyi lakay kou dèyè dlo. Lè w te wè yo ansanm, menm nan koumansman vyezaj yo, ou ta di se te de ti jèn pijon ki tap viv lanmou nan sezon prentan. Apre ekzil koup la e debakman yo nan Etazini, Marcelle te vin yon fonsyonnèz nan ONI (Oganizasyon Nasyon Ini) . Kontrèman ak powèt-revandikatè mari li, ki ap toujou panse ak lit pèp e rele pou revolisyon, Marcelle te yon moun trè senp, ke w pap tande pale de li, men ki ap fè travay yo mache korèkman. Li te poto-mitan fanmi an, «baton vyeyès» Paul, daprè Max Manigat, jiskaske maladi kansè atake l an 1996. Natirèlman, Larak te enkosolab. Pou l te sipòte lapenn li, li ekri nan Haïti-en-Marche yon temwayaj sou «Mamour» ki se youn nan pi bèl memoryal yon vèf ka fè sou lanmò madanm li: «Toi qui fus en Mars celle qui m’a délivré».

Youn nan gran merit antoloji a se lefètke li mete tout zèv pwetik an franse Larak nan yon sèl sak; men sa kite tou yon ti gou anmè nan bouch, paske nou ta renmen wè anmenm tan an antoloji zèv an kreyòl misye ansanm ak lòt ekri politik misye (ke editè yo anonse pou yon lòt tan e se sak fè yo rele antoloji a «Zèv enkonplè»). Nan prefas Frank Larak la, misye kapte esans Pòl Larak kan li di anpil moun admire «la permanence de l’intégrité et du patriotisme de Paul». Frank karakterize lavi Pòl tankou yon «double dépassement: dépassement poétique et dépassement idéologique». Depasman ideolojik la vle di jefò Pòl fè pou li ale kont enfliyans milye boujwa li te leve a; depasman pwetik la limenm, se kominyon souf pwetik misye avèk ideyal libète nan revandikasyon popilè yo; kouwè Frank di, lakay Pòl «demeure entier le droit à la création sans aucun contrôle bureaucratique de leaders en mal de pouvoir absolu et tyrannique». Frank panse ke enfliyans ekriven revolisyonè kouwè André Breton, Jean-Paul Sartre, Jacques Roumain oubyen Frantz Fanon anpeche marxism lan vin tounen yon «dogm rijid kap asepte vyole dwa moun».

Rosemary Manno, ki tradui liv bileng misye a, Camourade (1988), pran Larak pou youn nan pi gran powèt kap viv; e lè mwen te mande Jack Hirshmann, yon gran powèt meriken tradiktè pwezi kreyòl ki prefase livCamourade la, sa li panse de Larak, Hirshmann reponn menm bagay li di nan prefas la: Larak se youn nan pi gran powèt ayisyen e etranje kap viv. Misye ap viv la a, nan Queens, Nouyòk. Kisa ki fè donk non Larak pa sou bouch tout moun kouwè non «Sweet Miky», Tino Rossi, Victor Hugo oubyen Frank Sinatra?

N ap viv jounen jodia nan yon tan antwopològ yo rele yon tan «memwa tronke», sètadi se bagay bonmas medya gwo peyi kapitalis yo ban nou ke nou pran pou bagay ki gen enpòtans. Selon mistifikasyon sa a, pèp ayisyen an ka tande pale de Madonna, Frank Sinatra, Michael Jackson, Brigitte Bardot, Monica Lewinsky oubyen O.J. Simpson, men yo pa gen ankenn ide kiyès Pòl Larak, Félix Morisseau-Leroy oubyen Cauvin Paul ye.

Premye fwa mwen rankontre Pòl Larak se te nan Nouyòk, an 1977, nan yon fèt komemorasyon swasantdizyèm ane nesans Jacques Roumain. Jou sa a, misye mawonnen konesans li de Roumain ak konesans dyalektik istorik marxis la nan yon pasyon pwetik ki rann sal la tranble ak aplodisman. Sa ki te tou remakab nan prezantasyon misye a, se lefetke li plase bèl diskou istorik la nan kontèks sa ki tap pase nan tan komemorasyon an, sètadi opresyon pèp ayisyen an tap sibi sou diktati krazezo divalyeris la, ke l te denonse ansanm avèk konplisite enperyalism meriken e franse nan sistèm malsite a.

Nan yon pòtre literè mwen ekri sou misye nan Haïti-Progrès an 1984, mwen pale de li kou youn nan gwo gladyatè literè ventyèm syèk la, sou menm pyedestal kouwè Mayakovsky, Jacques Roumain, Jacques Stephen Alexis, Aimé Césaire, Pablo Neruda, Jean Brière, Félix Morisseau-Leroy, Paul Eluard, René Dépestre, Nicolás Guillén, Langston Hugues, Louis Aragon, René Bélance, elatriye. Pou yon moman Larak te antre an kontak avèk gwo palto mouvman pwetik sireyalism lan, Ezra Pond, André Breton, Paul Eluard. Diran vwayaj Andre Breton ann Ayiti an 1946, Breton te enpresyone pa raj revolisyonè powèm Larak yo. Li ekri misye pou li di l «mwen renmen powèm ou yo e mwen gen lafwa nan ou». An 1979, Larak te resevwa Pri La Casa de las Americas pou powèm li yo Les armes quotidiennes / Poésie quotidienne. Pri sa a se pi gran pri literè nan Kiba sosyalis; nan yon lèt Haydée Santamaria, yon konpayèl Fidel Castro nan Moncada e nan Sierra Maestra, ekri misye li lwanje zèv la kou yon zèv «pleine de valeurs humaines et artistiques [qui] ouvrira de nouvelles perspectives pour l’interéchange qui nous unit à toute la région caraïbéenne».

Pòl Larak koumanse pibliye pwezi depi lè li te yon ti jèn jan nan Jeremi, «ville de lune et d’ouragans entre la montagne et la mer (…), ville martyre livrée aux couteaux des tueurs à lunettes noires». Jèn ofisye nan Lame Dayiti nan zane 1950 yo; li te itilize non-de-plim «Jacques Lenoir» pou l te ka kamoufle kritik li sou opresyon ak enjistis pèp la tap sibi anba sistèm eksplwatasyon an. Genyen moun ki keksyone lefètke Larak te yon ofisye siperyè (kolonèl) nan lame malouk la ansanm ak wòl li antanke kapitèn diran epòk kritik 1956–1957 la. Gen kèk movèz-lang ki menm ensinye, pou yo difame misye, ke Larak te yon ti jan ta reskonsab de lanmò Jacques Stephen Alexis paske li te nan lame divalyeris la. Alòske verite keksyon an sèke Larak te gen tan retrete nan lame a (fen novanm 1960) e te deja menm ann ekzil nan Pòtorico kay René Bélance (mas 1961) kan Alexis debake nan Mòl-Sen-Nikola ak kat kanmarad li an mi-avril 1961 pou l mennen lit ame kont rejim la; kèk jou apre asasen divalyeris yo kaptire mesye yo e touye Alexis (22 avril 1961).

Sou keksyon kriz politik ki te tabli nan peyi a diran evenman 25-me 1956 yo, yon kriz ki te atize pa rivalite ant fòs maglwaris, jumelis, dejwaris, fiyolis e divalyeris nan sen lame a (Armand, Cantave, Kébreau, elatriye), Larak di li pat pran pozisyon pou ni youn ni lòt paske li pat wè ankenn nan yo te adrese koz fondamantal kriz la: ki te lit ant klas dominan yo pou mentni e kontrole sistèm opresyon anti-pèp ki ekziste a. Diran grèv etidyan nan ane 1960 yo, gen rimè ki te sikile grevis yo te gen senpatizan nan lame a, e tout moun te konnen Larak te youn ladan yo. Li te gen zanmi pami etidyan grevis yo ke l te konn frekante pèsonèlman. Rossini Pierre-Louis, ansyen depite Benè, ke Divalyeris yo te akize de trayizon, se tonton madanm misye. Larak di li deside pou l pran lekzil apre arestasyon Rossini Pierre-Louis; li te vin yon kat make.

Larak di nou lapenn li sèke menm lè li te ofisye siperyè nan lame a, preske tout asiyman li se te travay sou biwo; li pat gen kòmandman ankenn detachman ame. Sa te rann li difisil pou l te enfliyanse evenman yo, menm lè senpati li te pou opozisyon an. Kontradiksyon sa a vin ranfòse konfli avèk pwòp tèt li, sitou lè l reyalize li se sèlman youn nan «zwazo ra» nan lame a ki pa konronpi pa pouvwa. Sitiyasyon sa a, plis mefyans diktati divalyeris la anvè li, deside l asepte òf retrèt lame ba li a, e pran lekzil.

Kèlkeswa difamasyon dilatwa reyaksyonè yo ka simayen sou wòl Pòl Larak nan Lame Dayiti, e kèlkeswa erè li oubyen frè l Frank Larak te ka komèt, nou vle lese keksyon an bay listwa ak istoryen yo pou yo jije. Sa noumenm nou konnen ki sèten e ki eksplike admirasyon nou pou de frè yo, sèke yo toujou kenbe yon pozisyon dyanm, konsekan, pro-popilè, sou tout kriz politik ki konfronte pèp la diran karant dènye ane ki sot pase yo. Nan yon sans, powèt angaje ak militan Larak pran lepa sou ofisye-pasif Larak. Finalman, akoz pozisyon kritik (ansoudin) misye sou etadchoz madyòk nan peyi a, gouvènman Divalye a te pouse l nan lekzil. E depi lè sa a misye kenbe dyanm pami militan enbatab nan Dyaspora a ki kenbe flanbo pwotestasyon «pou lavi chanje» ann Ayiti.

Diran prè karant zane jouska jounen jodi a, misye, ansanm avèk frè li Frank Larak (yon ansyen ofisye lame, kounyea pwofesè nan Inivèsite Nouyòk, otè yon esè, La Révolte dans le Théâtre de Sartre e yon trete ekonomi politik, Défi à la Pauvreté), ap mennen yon travay politik de mouda: youn se sa nou ka rele travay akademik ak literè a, ki se yon travay edikasyon ak konsyantizasyon pou fè zonbi goute sèl; lòt la se yon travay angajman dirèk, yon praxis konba pratik, avèk yon optik revolisyonè, nan travay kap mennen chak jou pou kontrekare, demantibilile e chanje sistèm eksplwatasyon ak opresyon pèp ayisyen an e lòt pèp peyi tyèsmond yo ap sibi. Pandan plizyè dekad jouska jounen jodi a, de frè sa yo depanse enèji yo nan yon militans politik dinamik pou koz yo rele a «Dezyèm Endepandans» peyi Dayiti. Yon lòt frè yo, Guy Laraque, yon gran powèt romantik, te asasine pa rejim militè fachis la diran peryòd koudeta anti-Aristid la.

Anvan e apre lanmò Marcelle, Larak te pase tan li ant ekri pwezi, òganize zèv li, entimite avèk pitit-pitit li e entèvansyon detanzantan sou keksyon literati ak keksyon politik kap konfwonte epòk la. Misye ekri yon pakèt zèv literè, pwetik e kritik, men malerezman gen sèlman yon ti trokay zèv li ki konnen nan ti piblik letre a, pami yo Fistibal / Ce qui demeure / Les Armes quotidiennes / Solda Mawon / Camourade. Epitou, malgreke zèv sa yo koni nan Kanada, nan Kiba, an Frans e Ozetazini, yo pa koni nan pami pèp la ann Ayiti. Nou espere sòti an antoloji zèv Larak yo ap vin konble vid sa a.

Yon jou diran maladi Marcelle la, mwen mande Pòl kouman li ak Marcelle ap boule e sa li panse de pwòp mòtalite li, misye reponn an sitan Morisseau-Leroy ki te di l gran powèt ak gran batisè-batisez nan lemond yo ka «imòtèl» men yo pa «enmourab», eke l itilize dizon sa a pou l simonte pwoblèm pèsonèl li—«mourabilite» li—menm jan li abòde pwoblèm Ayiti, sètadi menm lè reyalite pwoblèm yo ta vle pouse l nan dezespwa, li kenbe espwa l dyanm nan posiblite chanjman e nan rèv li ke lavi ka pi bèl. Li di sa ba l fòs poul kontinye viv chak jou, apresye sa ki bèl nan lavi e kenbe konba a. Ane 1999 la fè Pòl Larak 79 van. Li reyisi jounen jodia yon eksplwa, yon fè ki ra nan istwa politik ayisyen: kote yon nonm kenbe konviksyon ideolijik li dyanm jiska laj 79 van—malgre tout chanjman konjonkti istorik yo, kote li viv denonsyasyon anti-stalinis Koutchyèv yo, demolisyon Inyon Sovyetik, pas difisil Kiba, espwa 7-fevriye 1986 e eleksyon Aristid te pote, e trayizon aspirasyon popilè a.

Pwezi e konsyans kritik nan zèv Larak

Nou ka karakterize zèv Pòl Larak kou yon jefò wonga alchimis pou marye bèlte atistik pwezi avèk konsyans kritik sosyal, sètadi bouyi souf emosyon l ansanm avèk konviksyon l pou tabli mèvèyman lavi nan sans pwojè liberasyon nasyonal pèp ayisyen an. Sa ki remakab tou ka Larak, e kontrèman avèk anpil lòt powèt ki rele tèt yo angaje, misye pa sakrifye bezwen mèvèyman souf pwetik la sou lotèl koz politik la: li fè yo jwenn ansanm-ansanm nan yon men-kontre dyalektik ki rann yo difisil pou youn viv san lòt.

Kouwè majorite ekriven ayisyen, Pòl Larak te prensipalman ekri an franse; men kontrèman ak majorite ekriven ayisyen jenerasyon li, li fè anpil jefò pou l ekritou an kreyòl, ekzatteman apati ane 1970 yo. Kou nou ka wè nan powèm nou pral site la yo, misye ekri nan yon franse kòrèk ki gen enfliyans sireyalis nan plizye touni, men ki kenbe souf sansiblite latino-ameriken an yo rele «reyalism mèveye» a, ansanm avèk yon orijinalite nou ka rele «larakyen». Nan powèm «Glèbe» e «La porte ouverte» ki pibliye nan liv bileng Camourade (tradiksyon angle pa Rosemary Manno, 1989), Larak leve bèlte atistik ak keksyonnman ekzistansyèl pwezi li nan nivo gran powèt literati mondyal la. Ann site nan powèm «Glèbe» la:

«Conspiration des éléments
La pluie met à nu
L’os que blanchit le soleil
Sur le ciel haut
Pur comme un défi
L’homme noir jette sa voix
Clameur de vent
Ma sympathie résonne des protestations
Qui éclatent l’heure
Echo de mille lambis
Sauvés du grand silence blanc des lointains (…)»

«Lanati konspire
Lapli dezabiye
Zo solèy la blanchi
Sou plafon syèl la
Kon yon defi san malis
Nèg ginen leve vwa l
Van kap rele anmwe
Senpati m rejwi nan pwotestasyon
K ap fè tout lè rete
Eko mil lanbi k ap sonnen
Kont silans blan nan peyi pèdi (…)»  
(tradiksyon pa nou)

Larak louvri powèm «La porte ouverte» la pa yon vè ki eklate ak pwezi:

«le glaive de feu a transpercé la nuit
et celui qui vient du cœur ténébreux de la terre
écarte doucement le lour rideau des ombres
la lumière se lève comme l’herbe dans les prés (…)»

«Epe dife a dechalbore lannwit
temerè a ki soti nan kè tenèb latè
pouse douseman gwo rido lonmb yo
pou solèy la leve kouwè zèb nan preri (…)»  
(tradiksyon pa nou)

Misye fini powèm lan pa yon metafò ki rekreye mèvèyman an, sètadi maryaj kosmik ant dans nibo ak pwezi siro-myèl ak konsyans sosyal nan yon alawonnmannan:

«mon rève a pris racine dans le sol du réel
et ma voix pour t’aimer parle à l’univers (…)»

«rèv mwen se rasin zantray lavi
e vwa m mande linivè pou l ban mwen men ou (…)»  
(tradiksyon pa nou)

Nan powèm «Une seule voie», dedye pou memwa Jacques Roumain, misye di:

«tu me dis liberté
je vois cooperatives et charrues
usines et syndicats ouvriers
l’eau qui coule dans les champs
le peuple gagnant les rues
des écoles pour nos enfants

je vois la ville tendre au village
un bras nu comme un visage
une à une
les campagnes s’allument (…)»    
(Revue Optique, août 1955)

«ou nonmen non libète
mwen wè koumbit ak machin agrikòl
izin ak sendika ouvriye
dlo k ap koule nan chan
pèp ki desann nan lari
lekòl pou tout timoun

mwen wè vil la lonje bay vilaj la
yon ponyèt drese kon yon visaj
youn apre lòt
tout kanpayn yo limen (…)»    
(Revi Optique, dawout 1955, tradiksyon pa nou)

Nan yon lòt powèm, «Le sable de l’exil», pibliye nan revi Actes an 1983, Larak abòde keksyon ekzil konpatriyòt ayisyen yo avèk sa nou ta ka rele yon «pasyon tris» sou peripesi Ayiti:

«île abandonnée
sur les ailes écumantes des ouragans
chevaux affolés de l’apocalypse
les radeaux branlants de l’espoir
emportent tes enfants hallucinés
vers les nouvelles rives du malheur (…)»

«yo abandone zile a
sou tèt zèl plen limon ouragan
chwal nan laperèz apokalips
kanntè kap degrenngole ak lespwa
ki vire je pitit zile a nan jebede
nan nofraj sou nouvo plaj malè (…)»  
(tradiksyon pa nou)

Nan tristès Larak douvan «sab lekzil» pèp ayisyen tonbe a, misye lonje dwèt sou Ayiti pou l di li «gen ase» de tout «rat mizè w yo / move-jan laperèz ou a / koulèv maji ou a / kòbo dezespwa w la / krapo malswen reziyasyon ou an / krab kap devore n nan lekzil». Se domaj, nan powèm sa a, Larak mete lwa vodou yo nan kategori malediksyon «ki lese anprent yo sou pousyè lavi m». Men sa te konpreyansib nan kontèks kolè ak rejè total lekzil fè misye resanti sou tout sa ki pat prevni degrenngolay pèp ayisyen an nan «frontyè ak lanmè / kouri kou moun fou de lanfè ak lanfè». Sepandan Larak pa nonm k ap kite dezespwa fin pran lepa sou lespwa. Nan fen powèm lan, li mande pou «kolè vin sekwe / (…) tout vètij èpòk asasen yo / sou tè revolisyon vin lave / k ap fleri pye bwa nouvo sezon an».     (tradiksyon pa nou)

Kouwè nou di piwo a, Pòl Larak ekri tou an kreyòl. Se domaj nou pa gen anpil travay misye an kreyòl; men li gen admirasyon nou pou lefètke li se youn nan ra ekriven jenerasyon li ki wè enpòtans pwodiksyon kreyòl ekri nan literati ayisyen. Li gen de liv li ekri toutantye an kreyòl, Fistibal, 1974 e Solda Mawon, 1987. Genyen tou yon Fistibal 2 ki se yon edisyon bileng (kreyòl-angle) ki tradwi an angle pa Jack Hirschmann. Ann site powèm «Larenn Solèy» tire nan Solda Mawon:

«larenn solèy leve
m mande kote l prale
solèy pa fanm
solèy pa gason
li gason
lè li konpè jeneral solèy
li fanm
lè li larenn solèy (…)
solèy fèmen je l
pou n sa reve
solèy louvri je l
pou n sa kanpe
pou kò n li pote chalè
pou lespri n li pote limyè
Larenn solèy leve
nou konn kote l prale (…)»

Ann site powèm titre «Solda Mawon» an:

«Lè Blan fin touye Endyen
Lè Blan fin touye Afriken
Nèg kòmanse touye Nèg
m kontre ak Moyiz neve Tousen
ke Tousen li menm touye
m kontre Chal ak Sanit Bèlè
ke Desalin touye
m kontre ak Desalin
ke Kristòf ak Petyon touye
m kontre ak Chalmay Peralt
ke Konze ak Yanki yo touye
m kontre ak Benwa Batravil
ke jandam meriken ak ayisyen touye
m kontre Aleksi ak Brison
ke Divalye ak Meriken touye (…)
sa ki konte
se batay esklav kont mèt
boule kay koupe tèt
se batay tout esplwate tout koulè
kont tout esplwatè sou latè (…)»

Ann site tou «Tanbou libète» yon powèm misye ekri an 1993, dedye pou otè pwofil sa a, ki tradwi an angle pa Hirshmann sou tit «Liberty drum»:

«Men n ap bat tanbou
men n ap frape solèy
dwèt nou se bagèt
chak kout tanbou se limyè
van ap soufle
loraj ap gwonde
chak kout tanbou se zèklè (…)

tanbou loraj ap gwonde
tout nèg mawon kanpe
tout fanm vanyan ap danse
tanbou sila a
se dife lan chan kann
tanbou sila a
se tanbou revolisyon
se tanbou
libète».

Si pwisans pwetik powèm sa yo diferan de anpil lòt powèm Larak, e si ou wè li gen yon ton «didaktik» se pa ekriti kreyòl la ki koze l—dayè ekriti a trè bèl e senp—sa ki rann powèm yo si «mesajik», se ekzijans konjonkti politik la an 1987, kote rejim fachis militè Henri Namphy a te kontinye ap masakre pèp la nan lit pou demokrasi ak jistis sosyal nan peyi a. Larak te mande pou nouvo «solda mawon» yo vin pran plas Espatakis, Kaonabo, Anakaona, Makandal, Boukman, Oje ak Chavàn, Tousen, Desalin, Peralt, elatriye, pou kontinye revolisyon an. Solda Mawon, se yon powèm «zam konba dirèk», yon powèm pou konfrontasyon, yon powèm pou lagè revolisyonè. Powèm «Tanbou libète» a, pibliye nan revi Tanbou an janvye 1994, te ekri nan moman menm putchis FRAPH yo tap masakre pèp lavalas la. Pou Larak pwezi pa gen wòl li nan lavi sil pa ka sèvi tou, lè moman an ekzije l, kou yon bayonèt ak ank. Ann remake tou kouman anpil powèt nouvèl jenerasyon an, patikilyèman nan literati kreyòl nan Dyaspora a—kou paekzanp Denizé Lauture, George Castera Fils, Patrick Sylvain, Maude Heurtelou, Kiki Wainright, Nounous, Kwitoya, Berthony Dupont, elatriye—ap kontinye pwojè maryaj pwezi ak libete Larak chante e sakre nan tout zèv li.

Max Manigat se òganizatè-editè prensipal Oeuvres Incomplètes la. Lijwenn avèk kèk kanmarad kou Jack Hirshmann, ansanm ak près CIDIHCA pou mete li deyò. Oganizatè yo te oblije fè yon vant solidarite ann avans pou finanse depans yo. Fòk nou di tou, sa fè mal apre preske de san zan lendepandans, Ayiti pa gen enfrastrikti edisyon, pwodiksyon e sikilasyon pou ankouraje ekriven yo (oubyen tout lòt atis ayisyen yo) pwodui zèv yo san ke nonsèlman lajan an pa sot nan pòch yo—ki souvan pi apovri yo—men sitou ki pote pwofi pou yo.

Nan yon sosyete ki si alyene nan povrete, eksplwatasyon, soudevlopman e zonbifikasyon; nan yon epòk ak «sivilizasyon» kote yo vle fè nou pran kaka chwal pou gato, kote tout sa nou adore, ki fè nou byen oubyen ki anbeli lavi nou vin devalorize nan sistèm bonmas kapitalis la; nan yon depèdisyon generalize kote lavi limenm se yon peripesi, kote eksplwatè yo vle dezimanize majorite espès imen an, jefò pou konsèvasyon e pwopagasyon zèv liberasyon lespri ak idantite nasyonal pèp yo se yon zam konba ki trè estratejik.

Kouwè Pòl Larak kontinye di, pwojè pou Dezyèm Endepandans peyi Dayiti a se yon pwojè total-kapital ki ekzije pou goumen an mennen sou tout diferan fron pwoblematik opresyon an montre fas li. Pwojè liberasyon an mande pou pèp la kenbe pèsevere defann nanm je-klere li, sètadi goumen pou dwa nonsèlman pou l gen manje pou l manje ak kay pou l abite, men tou dwa pou l manifeste idantite esans sa l vle, sa l kwè e sa l ye. Se youn nan pi gran viktwa yon pèp ka konkeri.

—Tontongi © jen 1999, Boston

Paul Laraque avec sa petite-fille Kisha Saldana

Paul Laraque avec sa petite-fille Kisha Saldana. —photo par Tanbou, 1999

Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Écrivez-nous à: Redaksyon@tanbou.com